Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Kisa yo rele defisyans mantal?


Defisyans mantal se yon kondisyon kote piti ou gen pwoblèm nan kapasite li genyen pou l panse oswa aprann. Souvan, timoun ki gen defisyans mantal gen pwoblèm ak matyè tankou matematik ak lekti. Defisyans mantal afekte jan yon moun fonksyone nan lavi li chak jou tou, pa egzanp, jan l abiye ak jan l manje. Lè yo jwenn bon jan sipò nan men fanmi ak pwofesyonèl, timoun ka aprann mache, pale epi li, men yo ka pran plis tan pou yo aprann fè sa.

Se tès pou doktè fè pou yo konnen si yon timoun gen defisyans mantal. Tès IQ a (longè entèlijans yon moun) mezire entèlijans epi li bay yon nòt ki montre pèfòmans yon moun genyen nan aprann epi panse. Se pa toujou yon bon metòd pou mezire entèlijans yon moun, men se pi bon metòd doktè yo rive jwenn.

Defisyans mantal vini sou plizyè fòm - li ka lejè, modere, grav oswa depase. Mezi IQ yon timoun kapab mezire degre defisyans mantal li. Yon timoun ki gen yon defisyans mantal lejè genyen yon IQ ki pi wo epi li ka aprann pi vit pase yon timoun ki gen yon defisyans mantal grav.


return to table of contents

Ki siy ki pi kouran ki montre yon moun gen yon defisyans mantal?


Kèk nan siy ki pi kouran ou ka wè nan pitit ou:
  • Li kominike avèk ou san li pa pale, li fè w siy oswa li manyen ou.
  • Li pran plis tan pase lòt timoun pou l fè kèk bagay - aprann chita, aprann rale, aprann mache.
  • Li gen pwoblèm manje epi netwaye tèt li.
  • Li gen difikilte sonje yon bagay epi rezoud yon pwoblèm.
  • Li gen pwoblèm fè zanmi oswa antann li ak timoun menm laj avè l.



return to table of contents

Ki sa mwen ka fè pou ede pitit mwen an?


Se yon premye pa enpòtan ou fè lè ou li plis enfòmasyon sou defisyans mantal. Ou kab pale ak lòt paran timoun ki gen defisyans mantal. Yo te viv sa w ap viv kounye a yo epi petèt yo ka ede w. Gwoup sipò ak defans pou paran yo tankou Parent to Parent of Miami kapab ede w tou. Rechèch montre nou, plis nou kòmanse ede timoun bonè, plis gen bon rezilta pou timoun nan ak fanmi l.


Pi ba a, genyen kèk lis pou ede pitit ou a. Sonje, ou pa pou kont ou.

BAGAY MWEN KA FÈ POU EDE PITIT MWEN KI GEN DEFISYANS MANTAL

An nou derape

NAN ETA FLORID LA:
 Fè yo tcheke (teste) pitit mwen:

Si pitit ou gen jiska 3 zan, yon gwoup espè kapab evalye pitit ou nan pwogram Early Steps la gratis. Pitit ou kapab kalifye pou sèvis gratis. Kontakte yon sant ki tou pre lakay ou.


Si pitit ou genyen ant 3 a 5 an epi li gen pwoblèm pou l tande, pou l aprann, pou l pale, pou l jwe, pou l wè epi/oswa pou l mache, li kapab resevwa tès gratis nan Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South) . Yo fè tès tou pou pwogram edikasyon espesyal yo. (Si pitit ou deja nan Sistèm Lekòl Leta Miami-Dade la, se pou yo pase pa lekòl la pou yo teste l.)


Kontakte Sèvis Medikal pou Timoun yo (CMS): CMS gen biwo lokal epi, pafwa, yo refere timoun bay sant medikal k ap travay ak CMS. Yo bay sèvis pou pran swen timoun ki andikape, timoun ki bezwen swen espesyal oswa timoun ki genyen gwo pwoblèm medikal. Sèvis sa a yo kapab soti depi nan pwogram entèvansyon bonè yo tankou Early Steps pou rive nan sèvis pou yon kondisyon medikal espesyal.


Kontakte Ajans pou Moun Andikape  yo: Pou m enskri pitit mwen an pou l ka jwenn sèvis. Si piti ou gen 3 zan oswa plis laj pase sa epi si li genyen yon IQ ki 69 oswa mwens, li kab aplike pou l jwenn sèvis. Men kèk sèvis pitit ou ka kalifye pou yo:
  • Yon souf: Yon moun ki bay swen vin lakay ou pou ba w yon souf pou w ka al fè makèt, al vizite zanmi ou, fanmi ou oswa pou w fè yon sòti nan yon sware.
  • Sèvis konpòtman: Yo montre pitit ou ki jan pou l jere pwoblèm toulejou yo.
  • Sipò lakay: Èd nan swen pèsonèl, konpay, sèvis travay anndan lakay.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sèvis yo epi pou w konn jan pou w aplike, tanpri klike la a.

 Travay ak moun k ap ede pitit mwen: Moun sa a se nenpòt moun k ap travay avèk mwen epi ak pitit mwen tankou pedyat la, yon terapis fizik, yon pwofesè, yon direktè lekòl, yon travayè sosyal oswa nenpòt ki pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay sou pitit ou a pase nenpòt ki moun epi se ou menm ki pi gwo enfliyans nan lavi pitit ou a. Men kèk ide pou w ka pale ak moun k ap pran swen pitit ou a:
  • Pa neglije poze kesyon epi fè kòmantè. Pa gen moun ki konnen pitit ou a pase w. Bay presizyon sou sa ou konnen sou pitit ou a epi sou sa w vle ak sa w bezwen pou li. Se pou w onèt lè w ap di sa w ap atann, sa ki enkyete w oswa nenpòt bagay ou pa konprann.


  • Si w panse gen yon bagay espesyal pitit ou bezwen (tankou yon tès langaj oswa teknoloji ki fèt pou ede), kontinye mande sa jiskaske w jwenn li oswa jiskaske w konprann pou ki sa li pa bezwen l.


  • Travay avèk pwofesyonèl nan entèvansyon bonè yo oswa nan lekòl ou a pou w prepare plan edikasyon endividyèl IFSP oswa IEP pitit ou a pou montre bezwen l ak kapasite l. Asire w li gen sèvis patoloji langaj, terapi fizik epi terapi okipasyonèl, si pitit ou a bezwen yo. Sonje teknoloji ki fèt pou ede yo la tou.
 Chèche plis enfòmasyon: Vizite plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou defisyans mantal. Fè l ansanm ak pitit ou epi fanmi ou. Pale ak lòt paran, òganizasyon Parent to Parent of Miami kapab ede w jwenn ak lòt paran epi resevwa sèvis.




 Ede pitit mwen travay sou fakilte adaptasyon l: Timoun ki gen defisyans mantal ap bezwen travay sou fakilte yo pou ede yo viv epi travay pou kont yo. Pwofesè ak lòt pwofesyonèl kapab ede ak fakilte sa a yo epi ou menm ak fanmi w kapab pratike yo lakay. Pami fakilte timoun yo ka bezwen nou jwenn:
  • Pran swen tèt yo: Manje pou kont yo, abiye pou kont yo epi fè twalèt yo.
  • Li ak ekri.
  • Fakilte sosyal: Jwe an gwoup, savwaviv, antann ak lòt timoun.
  • Kominikasyon: Règ konvèsasyon, pale ak yon lòt moun epi konprann li.
  • Sa yo dwe fè lakay: Ranje tab la, netwaye kote yo fin sèvi yo.
  • Tout kesyon sante ak sekirite.

return to table of contents

Ki sa ki lakòz defisyans mantal?


Genyen defisyans mantal lè sèvo a gen yon domaj oswa gen yon bagay ki anpeche l devlope. Sa ka rive pandan tibebe a ap grandi anndan vant manman l oswa aprè l fin fèt. Gen kat kategori prensipal ki mennen nan defisyans mantal:
  • Pwoblèm pandan gwosès la; Lè tibebe a pa byen devlope anndan vant manman l. Yon manman ka gen enfeksyon ki afekte kwasans tibebe a anndan vant li. Si yon manman bwè alkòl oswa pran kèk kalite dwòg, li ka domaje tibebe l la, epi sa ka koze defisyans mantal.


  • Pwoblèm nan nesans: Si yon tibebe pa jwenn ase oksijèn pandan lap fèt la, sa ka koze defisyans mantal.


  • Yon bagay li pran nan manman l oswa papa l: Nou chak genyen yon modèl ki moun nou ye anndan nou. Modèl sa a ekri nan yon kòd yo rele ADN. Lè yo kòde yo ansanm, ADN nan konpoze sa nou rele jèn yo. Se jèn yo ki pèmèt paran yo transmèt trè tankou koulè po ak wotè. Jèn papa a ak jèn manman an kapab melanje ansanm jiskaske timoun nan vin genyen yon defisyans mantal.


  • Pwoblèm sante/aksidan: Maladi tankou menenjit epi lawoujòl kapab koze defisyans mantal. Aksidan machin, manke neye epi lòt domaj sèvo yo pi kouran toujou kòm koz defisyans mantal



return to table of contents

Èske defisyans mantal kouran?


Prèske 3 sou chak 100 moun Ozetazini genyen yon defisyans mantal. Anviwon 613.000 timoun ant 6 ak 21 an genyen yon nivo defisyans mantal epi yo bezwen èd espesyal nan lekòl.

The Arc, 2001, Twenty-fourth Annual Report to Congress, U.S. Department of Education, 2002



return to table of contents

Ki sa sa ka fè nan entèlijans epi nan aprantisaj pitit mwen an?


Timoun ki genyen defisyans mantal kab aprann anpil men yo fè sa nan vitès yo kapab. Anpil timoun ki gen defisyans mantal bezwen moun ede yo devlope fakilte adaptasyon. Fakilte sa yo ap ede yo travay epi jwe pou kont yo. Yo kapab aprann fakilte adaptasyon sa a yo nan terapi tankou terapi fizik oswa terapi okipasyonèl.

Lalwa bay yon timoun ki gen defisyans mantal dwa pou l al lekòl leta. Lekòl la responsab pou l ede ni ou menm ni pitit ou a jwenn vrè pwogram li bezwen pou l aprann nan. Yon timoun ki gen defisyans mantal kapab aprann pi byen nan yon klas edikasyon espesyal. Anpil timoun ki gen defisyans mantal bezwen èd espesyal nan men pwofesè. Nan klas edikasyon espesyal yo, yo aprann pwofesè yo kòman pou yo anseye timoun ki pa ka aprann menm jan ak lòt yo.


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè anpil diferan espesyalis swen lasante. Pa egzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun.

Pedyat devlopman: Yon doktè ki genyen yon fòmasyon espesyal nan kwasans fizik ak kwasans mantal pitit ou epi ki ka kenbe l an sante. Li gen esperyans tou ak timoun ki genyen defisyans mantal.

Pedyat Sikològ: Yon pwofesyonèl ki bay tès IQ ak lòt tès pou l wè si yon timoun genyen defisyans mantal. Kon sa tou, li ka ede paran montre timoun konpòte yo byen.

Terapet langaj: Se yon pwofesyonèl ki ede pitit ou a devlope son ak langaj epi, kèk fwa, ki ede avèk kèk pwoblèm manje epi vale. Pwofesyonèl sa a ap montre pitit ou a kominike epi lap ede l pale kòrèkteman ak lòt moun.

Terapet fizik: Se yon pwofesyonèl ki ede timoun ak mouvman kò yo. Terapis fizik yo ede timoun yo aprann fè travay chak jou yo pou kont yo.

Terapet okipasyonèl: Se yon pwofesyonèl ki ede pitit ou a pran bagay epi kenbe yo ak men l. Terapis sa a ap ede pitit ou a rezoud pwoblèm ak senk sans li yo - wè, touche, santi, mouvman epi tande.

Travayè sosyal epi konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy epi sipò emosyonèl pou timoun ak fanmi yo epi ki ka ede kowòdone sèvis tou.

Kòdonatè swen: Yon moun ki responsab pou òganize detay ant diferan ajans epi ki sèvi w kontak pou ede w ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.

Espesyalis teknoloji kab ede: Se yon moun ki travay ak moun pou l bay yon seri solisyon teknoloji ki fèt pou ede ki ka ede nan tout domèn. Teknoloji ki fèt pou ede oswa ekipman ki fèt pou yo ede moun andikape fè nenpòt travay toulejou, pa egzanp manje, pale, monte desann, travay, jwe. Yon espesyalis teknoloji ki fèt pou ede abitye avèk plizyè chwa ki ka ede pitit ou a viv lavi l omaksimòm. Genyen kèk sèvis epi kèk ekipman ki fèt pou ede Medicaid ka peye pou yo.

Pedyat Newològ: Yon doktè ki travay ak sèvo a pou l chèche konprann pou ki sa yon timoun gen yon defisyans mantal. Doktè sa yo trete timoun ki fè kriz tou.

Jenetisyen: Yon doktè oswa konseye ki ede paran yo konprann si pitit yo gen yon pwoblèm jenetik ki lakoz defisyans mantal la. Yon jenetisyen oswa yon konseye jenetik ede fanmi konprann tou si lòt tibebe yo va fè riske genyen yon defisyans mantal.

Sikyat pou timoun: Yon doktè ki ka ede lè pitit ou a gen depresyon, enkyetid oswa kòlè. Sikyat yo kapab preskri timoun medikaman lè timoun genyen pwoblèm rete an repo oswa kontwole emosyon yo, oswa timoun ki agresif anpil oswa menm ki pèdi kontwòl.


return to table of contents

Sou ki sit entènèt mwen ka ale pou m aprann plis bagay sou defisyans mantal?


American Association on Mental Retardation (AAMR) http://www.aamr.org/ Sit sa se yon resous ki bay aksè rapid nan enfòmasyon sou defisyans mantal epi andikap.

The Arc of the United States http://www.thearc.org/ Òganizasyon sa a la pou l fè pwomosyon epi amelyore sipò ak sèvis pou moun ki gen defisyans mantal ak fanmi yo.

Florida's Voice on Mental Retardation http://www.fvmr.org/ Yon òganizasyon fanmi ak zanmi moun ki gen defisyans mantal ki kouvri tout eta a.

The President's Committee for People with Intellectual Disabilities http://www.acf.hhs.gov/programs/pcpid/index.html Komite sa a se yon komite konsèy federal kap konseye Prezidan an sou tout kesyon ki konsène moun ki genyen andikap entelektyèl.

National Institute of Health http://www.nih.gov/ Se yon pati nan U.S. Department of Health and Human Services, se premye ajans federal nan zafè sipòte epi fè rechèch medikal.

National Association for the Dually Diagnosed http://www.thenadd.org/ Se yon asosiyasyon ki pa la pou fè lajan kote pwofesyonèl, moun k ap bay swen epi fanmi yo kapab enskri. Li fè pwomosyon pou bay sèvis epi konprann moun ki gen andikap nan devlopman yo epi ki gen bezwen sante mantal.

Speaking for Ourselves http://www.speaking.org/ Li montre piblik la bezwen, swè epi potansyèl moun ki gen andikap. Division on Developmental Disabilities http://www.dddcec.org/ Li konsantre sou moun ki gen defisyans mantal/andikap pou aprann, otism oswa lòt kalite andikap parèy yo.

National Information Center for Children and Youth with Disabilities http://www.nichcy.org/pubs/factshe/fs8txt.htm Ale sou sit la epi chèche yon referans rapid epi yon lis enfòmasyon sou kondisyon an.

Family Network on Disabilities of Florida, Inc http://www.fndfl.org Se yon resous lokal ki louvri pòt pou sipò, edikasyon, enfòmasyon, resous epi defans ki sòti bò kote paran yo menm.

Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South) http://fdlrs-south.dade.k12.fl.us/ Li bay dyanostik epi sèvis sipò edikasyon pou pwogram edikasyon elèv esepsyonèl nan distri yo epi pou fanmi elèv ki esepsyonèl yo.


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen kapab li ak pitit mwen an?


Liv pou timoun:

Someone Special Just Like You se Tricia Brown ki ekri liv sa a. Liv sa a montre timoun andikape k ap jwe anpil epi k ap aprann. Liv sa a se pou timoun ki genyen - oswa ki panse epi aji tankou timoun - 3 oswa 4 an.

Don't Call Me Special se Pat Thomas ak Lesley Harker ki ekri liv sa a. Liv sa a montre timoun yo ki jan pou yo viv ak lòt timoun ki andikape. Li kouvri pwoblèm emosyonèl ki genyen nan sa epi fason sa afekte fanmi yo. Liv sa a bon pou timoun preskolè jiska kindègadenn.

A Boy Called Hopeless se David Merton ki ekri liv sa a. Istwa sa a pale sou yon ti gason ki gen yon domaj nan sèvo l epi ki pa tankou tout moun. Ti gason sa a ede frè ak sè konprann sitiyasyon youn lòt. Timoun yo vin abitye ak tretman an epi yo aprann kijan yon timoun andikape santi l.

What's Wrong with Timmy? Se Maria Shriver ki ekri liv sa a. Ket te wè Timi gen yon pwoblèm paske l pa t ni jwe ni pale menm jan ak tout moun. Lè manman Ket fin prezante l bay Timi, gen yon zanmitay ki kòmanse. Liv sa a pale ak timoun sou timoun ki andikape epi li montre kòman de timoun sa a yo te rete zanmi. L ap ede timoun vin pi alèz ak kesyon moun andikape. (Pou timoun depi 4 an pou rive 10 zan)

Books for parents:

Understanding Mental Retardation se Patricia Ainsworth and Pamela C. Baker ki ekri liv sa a. Liv sa a etidye pwoblèm moun ki gen defisyans mantal yo rankontre nan lavi chak jou epi montre ki jan pou yo evite yo. Li montre ki jan pou nou ede fanmi ki genyen yon pitit avèk defisyans mantal. Kon sa tou, liv sa a esplike kesyon sèvis yo ak kesyon legal yo byen klè. Li bay koz defisyans mantal yo epi li bay diferan fòm yo ka genyen. Li bay yon bèl lis resous gouvènman an mete a dispozisyon fanmi yo.

The Mental Retardation and Developmental Disability Treatment Planner se Arthur E. Jongsma Jr., Kellye Slaggart, epi David J. Berghuis ki ekri liv sa a. Liv sa a gen tout plan ki nesesè pou trete yon moun ki gen defisyans mantal. Liv sa a pale sou pwoblèm kouran tankou jalouzi frè ak frè, levasyon yon timoun ak lòt konfli familial. Liv sa a pwofite kouvri kèk lòt pwoblèm sante ki ka genyen. Pou chak degre defisyans mantal, liv sa a bay yon objektif ak yon terapi kout oswa long pou atenn objektif sa a.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.