Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa pwoblèm aprantisaj ye?


Tèm pwoblèm aprantisaj la kouvri tout yon seri pwoblèm moun k ap aprann genyen. Pitit ou ka gen difikilte pou l aprann fè youn oubyen plizyè nan bagay sa yo:
  • Li.
  • Ekri.
  • Eple.
  • Koute.
  • Pale.
  • Matematik.
  • Syans sosyal.
  • Motrisite ak koòdinasyon (fè mouvman ak kò li epi fè aktivite tankou atrap yon boul oubyen sote kòd).
  • Pòte atansyon epi òganize afè li.
  • Pran egzamen.
  • Fonksyònman sosyal (aji jan l dwe aji pami lòt moun oubyen lè li nan yon gwoup tankou nan klas oubyen nan yon fèt).
Moun k ap fè rechèch kwè se diferans nan fason sèvo yon moun mache ki lakòz li gen pwoblèm aprantisaj. Sèvo a gen difikilte pou l dechifre sa timoun nan wè, sa l tande epi pou l konprann sa li wè ak sa li tande. Timoun ki gen pwoblèm aprantisaj pa "sòt" ni non plis yo pa "parese." An reyalite, yo gen yon entelijans nòmal oubyen yon entelijans siperyè (kapasite pou yo panse ak pou yo rezone). Men sèvo yo pa kapte enfòmasyon menm jan ak sèvo lòt moun. Sa yo wè ak sa yo li kapab diferan de sa lòt moun li.

Pa egzanp, yon pwoblèm aprantisaj ki kouran se lè yon moun vire lèt ak chif. Yon timoun ki gen andikap sa a, kab kwè li wè lèt "a" "d" oubyen "p" lè yo montre l yon lèt "b". Oubyen yo kab wè chif "6" epi yo panse se yon "9". Timoun nan ka melanje lèt yo nan menm jan li ka vire yo tèt anba. Yon timoun k ap li mo "pots" kapab di "stop" oubyen "post". Sa a se yon egzanp pwoblèm aprantisaj; n ap diskite lòt kalite andikap pi devan.


return to table of contents

Ki sentòm moun ki gen pwoblèm aprantisaj genyen leplisouvan?


Yo rele pwoblèm aprantisaj yo "andikap envizib" paske yo pa fasil pou detekte tankou pwoblèm wè oubyen pwoblèm tande. Timoun ki gen pwoblèm aprantisaj konn gen tout yon seri ladrès ak tout yon seri difikilte. Pa egzanp, yon timoun gen dwa gen pwoblèm aprann li, pwoblèm pale ak lòt moun, pwoblèm ekri, men li travay byen nan matematik, nan mizik ak nan syans.

Pwoblèm aprantisaj afekte chak moun yon fason diferan. Gen pwoblèm aprantisaj ki pa twò grav epi genyen ki grav anpil. Gen moun ki gen plis pase yon pwoblèm aprantisaj.

Pwoblèm konpòtman ak pwoblèm atansyon se bagay ki kouran lakay timoun ki gen pwoblèm aprantisaj. Men kèk nan pwoblèm yo konn genyen yo. (Klike sou chak mo ki souliyen yo pou w ka jwenn plis enfòmasyon.)

  • Ipèaktivite: Timoun nan pa ka chita an plas pou lontan, li toujou ap souke kò li, l ap deplase tout tan oubyen l toujou ap foure tèt li nan pwoblèm.


  • Li pa ka pòte atansyon. Li pa ka suiv yon bagay pou lontan. Li pa ka rete trankil. Li toujou distrè. Li sanble l ap reve je klè tout tan.


  • Defisyans pèseptyèl: Li gen pwoblèm pou l konprann jan moun santi yo dapre jan l wè figi yo, dapre jès yo fè, dapre ton vwa yo oubyen lòt siyal moun bay pou fè konnen sa yo santi. Li difisil pou yo devine ki gwosè yon bagay ye, ki lajè li ye ak ki distans bagay la ye. Se yon bagay yo konn rele pwoblèm aprantisaj non-vèbal (sa vle di timoun yo pa gen pwoblèm ak mo). An jeneral, timoun ki gen andikap sa a kab li epi yo kab pale byen. Yo gen bon jan vokabilè tou (yo konn anpil mo epi yo konn sèvi ak mo sa yo) epi yo gen bon memwa.


  • Yo fristre fasil epi yo pa konn kouman pou yo reyaji lè yon bagay pa pase jan yo ta vle a.


  • Pwoblèm pou regle bagay nòmal: Tankou salye moun oubyen monte otobis lekòl la oubyen aktivite ak sitiyasyon toulejou.


Si w bezwen plis ransèyman sou pwoblèm aprantisaj pou timoun anbazaj (jiska laj 4 an) tcheke sit wèb Asosiyasyon pou timoun anbazaj ki gen pwoblèm aprantisaj. Nan sit sa a, w ap jwenn enfòmasyon sou fason yo evalye timoun ki gen pwoblèm aprantisaj, epi gen egzanp pratik ki montre w kouman ou kapab ede pitit ou. Men adrès la: http://www.ldaamerica.us/aboutld/parents/early_childhood/index.asp.


return to table of contents

Ki sa ki pa yon pwoblèm aprantisaj?


Lè pitit ou gen pwoblèm nan lekòl la, sa pa vle di li gen yon pwoblèm aprantisaj. Se kapab yon lòt pwoblèm. Elimine tout lòt rezon ki fè pitit ou gen dwa pap travay byen lekòl tankou rezon sa yo:
  • Pwoblèm emosyonèl ak pwoblèm fanmi, pa egzanp, yon move divòs oubyen lanmò nan fanmi an.
  • Timoun nan manke yon bagay. Pa egzanp, pitit ou gen dwa pap manje sa ki bon pou sante li (ase manje ki bon pou sante li) oubyen li enkyete paske li pa santi li an sekirite lakay li.
  • Li pa wè byen (li gen pwoblèm je).
  • Li pa tande byen.
  • Pwoblèm motrisite tankou enfimite motris serebral (Li gen difikilte pou l deplase oubyen pou li kontwole mis li yo).
  • Defisyans koyitif ak defisyans entelektyèl tankou retadasyon mantal (pwoblèm rezònman oubyen timoun nan manke entelijan).



return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Ou deja fè yon gwo pa ann avan paske w li enfòmasyon sa a sou pwoblèm aprantisaj. Lòt bagay ou ka fè se pale ak paran yon timoun ki gen menm pwoblèm ak pitit ou a. Yo pase anba sa w ap pase la a kounye a epi yo kab nan pozisyon pou yo ede w. Ou kab jwenn anpil sipò nan men gwoup ki ap defann dwa timoun tankou Parent to Parent of Miami. Dapre rechèch ki fèt, pi bonè ou kòmanse ede timoun nan, plis li pi bon pou timoun nan ak rès fanmi an.

Men yon lis bagay ou ka fè pou w ede pitit ou. Pa bliye, se pa ou sèl ki nan sitiyasyon sa a.

MEN LIS KÈK BAGAY MWEN KA FÈ POU M EDE PITIT MWEN

NAN ETA FLORID:
Fè yo evalye pitit mwen an (fè yo teste l):
Asire w pitit ou gen yon pwoblèm aprantisaj. Tcheke si se pa lòt rezon ki fè timoun nan anreta nan sa l ap aprann, rezon ki pa gen anyen pou wè ak pwoblèm aprantisaj. Sant ki teste timoun ki rele Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South) fè evalyasyon pou pwogram edikasyon espesyal.



Kolabore ak moun k ap bay pitit mwen an sèvis yo: Yon moun k ap bay sèvis se nenpòt moun k ap pran swen pitit ou a tankou yon pedyat, yon terapis fizik, yon pwofesè lekòl, direktè lekòl la, yon travayè sosyal oubyen nenpòt lòt pwofesyonèl. Pa bliye, ou konn pitit ou pi byen pase tout moun epi se wou ki gen plis enfliyans sou lavi li. Men kèk konsèy ki ka ede w pale ak tout moun ki ap pran ka pitit ou a:
  • Mete w alèz pou w poze keksyon epi pou w di sa w panse. Ou dwe dirèk, klè sou sa w konnen sou pitit ou a, sou sa li bezwen ak sou sa ou vle pou pitit ou a. Ou dwe di tout sa w ap atann yo fè pou pitit ou a. Di tout sa ki enkyete w ak tout sa w pa konprann.


  • Si w kwè timoun ou an bezwen yon bagay espesyal (tankou yon plas espesyal oubyen teknoloji espesyal) kontinye mande sa jouk yo ba wou li, oubyen jouk ou rive konprann pou ki sa sa w mande a pa nesesè vre.


  • Travay ansanm ak pwofesyonèl nan lekòl pitit ou a pou prepare yon Plan edikasyon endividyèl pou piti ou a. Yo rele plan sa a IEP ann angle (Individualized Education Program). Plan sa dwe konsidere ki sa pitit ou a bezwen ak ki sa li kab fè. Plan sa a dwe ofri lòt sèvis tankou teknoloji espesyal pou ede timoun (se zouti yo fè pou ede moun ki gen andikap). Timoun ki gen pwoblèm aprantisaj kapab sèvi ak teknoloji espesyal sa yo. Yon seri bagay tankou liv ki pale pou timoun ki gen pwoblèm li oubyen yon kalkilatè espesyal pou ede timoun ki gen pwoblèm ekri chif. Si w bezwen jwenn plis egzanp sou fason kalite teknoloji sa yo kab ede pitit ou, tcheke sit wèb sa a: http://www.gatfl.org/ldguide/default.htm.
Pitit ou a ka bezwen plan edikasyon Seksyon 504 ki pou pèmèt li jwenn swen medikal ak edikasyon li bezwen. Seksyon 504 fè pati Lwa 1973 la sou reyabilitasyon (Rehabilitation Act 1973). Lwa federal sa a pèmèt timoun andikape ki elijib jwenn sèvis espesyal oubyen sipò nan lekòl yo. Ou ka ale nan sit entènèt sa a pou w jwenn plis enfòmasyon: http://www.hhs.gov/ocr/504.html.

Pitit ou kab byen kalifye pou l jwenn plis sèvis dapre IDEA. Tcheke nan lekòl pitit ou a.

 Kominike ak pwofesè pitit mwen an: Mande pwofesè lekòl la pou l kominike avè w souvan pou li fè w konnen kouman pitit ou ap boule lekòl la. Si pitit ou gen pwoblèm ak travay lekòl li, mande pwofesè lekòl la:
  • Pou l bay pitit ou orè travay klas yo davans ak zouti ki ka ede l kenbe ak travay lekòl li.
  • Pou l fè modifikasyon oubyen chanjman nan kourikoulòm nan. (Pitit ou ka byen kalifye pou l jwenn èd sa yo dapre Lwa "IDEA" a oubyen dapre Seksyon 504 yo mansyone anwo a.) Pa egzanp, made pwofesè lekòl pitit ou a pou l ajiste valè travay li bay pitit ou a oubyen pou l fè chanjman nan jan li esplike pitit ou travay li gen pou l fè.


Pran plis ransèyman: Tcheke plis sit entènèt. Li yon liv, gade yon videyo sou pwoblèm aprantisaj. Pale ak lòt paran. Òganizasyon Parent to Parent of Miami ka ede w rankontre ak lòt paran epi ede jwenn anpil lòt sèvis tou.






return to table of contents

Ki jan m ka sèvi ak sa mwen fè chak jou pou m ede pitit mwen an?


Gen anpil fason pou w sèvi ak aktivite toulejou pou ede pitit ou devlope. Lè se lè benyen, lè manje, lè pou w al achte, lè n al an vwayaj nan machin oubyen lè fanmi an ap flannen, tou sa se bon lè pou fè kèk aktivite ak pitit ou. Gade pi ba la a pou jwenn kèk sijesyon epi klike sou sit wèb sa a: Parents Are Their Child's First Teachers  (paran se premye pwofesè pitit yo) pou w kab jwenn plis detay sou kouman ou kab sèvi ak sijesyon sa yo.

Pale ak pitit mwen regilyèman: Fè fraz kout ki gen mo senp lè w ap pale ak pitit ou. Kon sa, l ap ka imite ou. Montre pitit ou kouman pou l pale byen. Montre l kouman pou l fè fraz yo byen ak kouman pou l pwononse mo yo. Pa egzanp, si pitit ou di, "Ball baybo," ou kab reponn li, "Yes, the ball is under the table" (Wi, boul la anba tab la). Se yon fason pou montre pitit ou kouman pou l di yon bagay kòrèkteman san sa pa sanble w ap "korije" li.

 Li pou pitit mwen: Li istwa pou timoun nan lè li pral dòmi. Se yon aktivite ki ede w fè zanmi ak timoun nan epi sa fè nou pase bon moman ansanm. Nan demen, ou kab poze l keksyon kon sa kon sa sou istwa ou te li pou li a pou w wè si l te konprann istwa a. Tcheke lis done òganizasyon "National Dissemination Center for Children with Disabilities" pibliye sou kesyon Lekti ak pwoblèm aprantisaj pou w pran plis ransèyman sou ladrès nan domèn lekti ak timoun ki gen pwoblèm aprantisaj. Men sit wèb la: Reading and Learning Disabilities.

 Chante ak pitit mwen: Ansyen chante timoun yo enteresan pou tout moun. Wee Sing  gen yon koleksyon chante timoun ki vin ak yon liv ki gen foto ladan. Pati odyo a pèmèt timoun yo aprann nouvo chante ak ansyen chante timoun. Chante sa yo bon pou lè nou nan machin oubyen lakay. Koleksyon CD sa a Little Language Songs for Little Ones  se yon seri chante Laura Dyer ekri pou li ede timoun devlope kèk ladrès espesifik nan langaj.

 Ede pitit mwen konsantre sou sa l ap fè epi evite sa ki ka distrè li: Evite bagay ki fè bri oubyen ki gen limyè k ap limen tenyen. Pa egzanp, pitit ou pa dwe gen yon televizyon oubyen yon radyo ouvè pandan l ap fè devwa li.

 Fè pitit mwen suiv yon orè ki regilyè: Bay pitit ou lè pou l leve nan kabann, lè pou l manje, lè pou l jwe, lè pou l fè devwa li, lè pou l gade televizyon ak lè pou l al dòmi. Diskite orè a ak pitit ou epi ekri l yon kote. Mete l sou yon tablo oubyen yon lòt kote kon sa.

 Montre pitit mwen kouman pou l òganize l: Montre pitit ou kouman pou l separe gwo travay li gen pou l fè an ti moso. Sa ede timoun nan pou l pa fristre oubyen pou l pa sou tansyon epi sa ap ede l fini sa l gen pou l fè a. Sa fè pitit ou wè li reyalize yon bagay lè l fini ak yon pati nan sa l ap fè a epi sa ankouraje l kontinye ak sa l ap fè a.

 Toujou konsistan nan sa w ap fè: Bay timoun nan règleman ki klè epi ki jis pou li suiv epi fè l konnen aklè sa k pral pase si l pa suiv règleman yo. Fè pitit ou konpliman lè l aji byen. Pa ba l jwèt, manje oubyen lajan pou w fè l konpliman. Tan ou ak afeksyon ou se pi gwo kado timoun nan kab resevwa.


return to table of contents

Kouman m ka degaje m ak tout koze sa yo?


Lè yon moun gen yon timoun ki gen pwoblèm aprantisaj, sa mande anpil travay. Sa kab parèt etranj, men gen paran ki santi yo pi mal si yo dekouvri pitit yo gen pwoblèm aprantisaj pase si yo ta dekouvri pitit yo gen yon andikap fizik oubyen yon andikap mantal. Rezon an se paske paran timoun ki gen andikap fizik oubyen andikap mantal dekouvri sa pi bonè - anpil fwa yo deja konn sa depi timoun tibebe. Yon timoun ki gen pwoblèm aprantisaj gen dwa pa sanble li gen pwoblèm jiskaske li antre nan preskolè oubyen nan klas ki pi avanse.

Se pwofesè klas preskolè oubyen pwofesè klas primè ki konn premye dekouvri timoun nan gen yon pwoblèm. Dabitid, lè yo mete paran yo okouran pwoblèm pitit yo genyen, yo pa vle kwè sa. (Si w bezwen plis ransèyman sou efè pwoblèm aprantisaj gen sou paran, klike sou paj entènèt sa a : Child Development Institute .)

Lè yo fè w konnen pitit ou gen pwoblèm aprantisaj, sa kab deranje w men se premye pa nan wout pou w ede pitit ou. Lè ou kòmanse fè sa ki nesesè pou w ede pitit ou, sa bay pitit ou konfyans nan tèt li. Men anvan ou ka kòmanse pran ka lòt moun, fò w pran ka tèt pa wou. Lè yon moun pran ka tèt li se pa yon aksyon ki egoyis, se yon aksyon ki nesesè. Ou pa kab ede pitit ou si w ap travay twòp epi si tèt ou twò chaje.

Kalkile kouman ou pral regle sa ou bezwen pou tèt pa w. Pwochèn fwa yon zanmi oubyen yon fanmi mande w "Ki sa m ka fè pou m ede w?" kite yo voye je sou pitit ou oubyen kite yo ede w pou w ka gen yon ti moman pou tèt pa w. Men kèk bagay ou kapab fè pou ou "reprann fòs ou":
  • Fè on aktivite ki fè kè w kontan: Ou kab al soti ak yon moun ou renmen oubyen ak yon zanmi, ou kab pran yon bon beny oubyen ou kab fè yon pwojè ki kreyatif.


  • Fè egzèsis se yon bagay ki enpòtan pou kò w, pou lespri w ak sèvo w. Ou gen dwa mache pandan yon bon bout tan, ou kab leve fè, ou kab monte bekàn oubyen ou kab fè egzèsis fizik. Asire w ou pran plezi nan sa w ap fè a.


  • Pale ak paran timoun ki gen andikap. Òganizasyon "Parent to Parent of Miami" se bon kote pou w tcheke an premye. W ap jwenn bon jan konsèy, y ap ankouraje ou epi y ap ba w anpil kouraj.

  • return to table of contents

    Èske pwoblèm aprantisaj se yon bagay ki rive souvan?


    Sou chak 5 moun ki abite o Zetazini, gen youn ki gen pwoblèm aprantisaj. Gen apeprè 6 milyon moun (6 a 21 an) ki gen yon kalite pwoblèm aprantisaj e ki resevwa edikasyon espesyal lekòl. Nan ane 2001, 1% timoun blan ki pa panyòl ak 2.6% ti Nwa Ameriken tap suiv kou edikasyon espesyal pou timoun ki gen pwoblèm aprantisaj, dapre done ki soti nan Konsèy ki fè rechèch o nivo nasyonal (National Research Council).

    Plis pase mwatye nan timoun ki resevwa edikasyon espesyal gen yon pwoblèm aprantisaj, dapre done Depatman edikasyon o Zetazini (U.S. Department of Education). Done sa yo pa konte timoun ki nan lekòl prive ak timoun ki nan lekòl relijye oubyen timoun yo anseye lakay yo.


    return to table of contents

    Ki sa ki lakòz pwoblèm aprantisaj?


    Espè yo pa konnen egzakteman ki sa ki lakòz pwoblèm aprantisaj. Pwoblèm aprantisaj se pa maladi. Men kèk bagay ki lakòz pwoblèm sa a:
    • Eredite : Anpil fwa se nan fanmi pwoblèm aprantisaj la soti. Anpil fwa gen yon paran oswa yon moun nan fanmi an ki gen menm pwoblèm nan.


    • Pwoblèm pandan gwosès oswa pandan akouchman: Maladi yon manman soufri oubyen chòk li pran pandan gwosès li kapab lakòz pwoblèm aprantisaj. Si manman an tap pran dwòg oubyen li tap bwè anpil, si timoun nan te twò piti lè te fèk fèt, si l te manke oksijèn, oubyen si l te fèt anvan lè, tou sa kab lakòz pwoblèm aprantisaj.


    • Pwoblèm apre akouchman: Frakti nan tèt, pa manje byen epi kontak ak pwodui chimik tankou plon, tou sa kab fè yon timoun gen pwoblèm aprantisaj.



    return to table of contents

    Ki lòt fason yo ka dekri pwoblèm aprantisaj?


    Below are the main learning disabilities. Click on the underlined name for more information and tips on how to help a child with this type of learning disability. You may hear the terms below from your doctor or others.
    • Disleksi:: Se yon pwoblèm nan pale ak yon pwoblèm nan li. Lèt, mo ak chif parèt devan dèyè oubyen tèt anba devan je timoun nan. Oubyen timoun nan li nan yon nivo ki twò ba pou laj li. Timoun nan kab gen movèz ekriti tou.


    • Akalkili: Se yon pwoblèm ki anpeche moun fè pwoblèm matematik oubyen ki anpeche yo konprann lide ki dèyè sèten kalite matematik.


    • Disgrafi: Se lè li difisil pou li ekriti yon timoun.


    • Dispraksi (also known as a Sensory Integration Disorder): Pwoblèm ak mouvman tankou mache, kouri oubyen manje. Sa kab sanble tankou moun nan maladwa.


    • Pwoblèm tretman oditif santral (Central Auditory Processing Disorder) : Se yon pwoblèm kote timoun nan gen pwoblèm konprann oubyen sonje sa yo di l fè. Pa egzanp, ou di pitit ou pou li fè yon bagay epi li fè tankou li pa sou bò ou oubyen li vire do l ale. Li sanble li gen tan bliye sa ou fèk mande l fè a.


    • Pwoblèm aprantisaj ki pa vèbal: Se lè yon timoun gen pwoblèm konprann kominikasyon ki pa vèbal - tankou yon timoun ki pa konprann jan yon moun santi l lè li gade figi moun nan oubyen jès moun nan fè ak kò li. Pwoblèm kowòdinasyon ladan tou (tankou kapasite timoun nan pou l sote kòd oubyen pou l atrap yon boul). Sa kab sanble pitit ou a yon jan mare.


    • Defisyans vizyèl pèseptyèl/motrisite vizyèl (Visual Perceptual/Visual Motor Deficit): Se lè yon timoun vire lèt li wè tèt anba oswa devan dèyè oubyen li gen difikilte pou li kopye sa ki ekri sou tablo a. Timoun sa yo ka gen difikilte pou yo suiv tèks y ap li a sa yo pa pèdi plas yo oubyen yo gen dwa plenyen je yo ap fè yo mal oubyen je yo ap grate yo.


    • Pwoblèm langaj (Afazi/Disfazi): Se yon pwoblèm kote timoun nan gen difikilte pou l pale oubyen pou l konprann sa moun di. Timoun sa yo sanble y ap blabla oubyen y ap di mo yo devan dèyè oubyen yo pa sèvi ak mo yo dwe sèvi yo. Lè timoun sa yo tande yon bagay, li pa gen sans pou yo. Sa ba yo pwoblèm pou yo konprann sa yo li.



    return to table of contents

    Ki efè andikap pwoblèm aprantisaj yo gen sou pitit mwen an?


    Tou depan nan ki pwen pwoblèm nan rive. Timoun aprann lè yo jwenn enfòmasyon ak lè yo konprann enfòmasyon yo jwenn nan. Yo ba yo nòt lekòl pou sa yo ka montre yo konprann ak sa ka montre yo sonje, lè yo pran egzamen, lè yo ekri rapò ak lè yo fè pwojè yo. Lè yon timoun gen pwoblèm aprantisaj, sa ka rann anpil bagay difisil pou li. Pitit ou kap santi li poukont li  oubyen li izole   parapò ak lòt timoun. Pwoblèm aprantisaj kapab lakòz pitit ou pa gen konfyans nan tèt li. Sa kab lakòz pitit ou gen plis chans pou li kite lekòl. Kèk fwa, sa kab fè yo santi yo deprime oubyen sa ka fè yo fè dezòd oubyen zak ki pa legal tankou yo antre nan afè dwòg ak alkòl.


    return to table of contents

    Pou ki sa pwoblèm aprantisaj konn lakòz pwoblèm konpòtman?


    Timoun ki gen andikap ki anpeche yo aprann, anpil fwa yo gen pwoblèm konpòtman. Nivo entèlijans yo gen dwa yon nivo mwayèn oubyen yon ti kras pi elve pase sa, malgre sa yo gen difikilte pou yo aprann sa lòt timoun aprann fasil. Timoun kon sa gen dwa fristre epi yo fè kòlè sou lòt moun.

    Dapre rechèch ki fèt, yo dekouvri timoun ki gen andikap ki anpeche yo aprann konn gen ADHD tou, sa yo rele ann angle "attention deficit hyperactivity disorder (ADHD)". Pwoblèm sa a fè l pa fasil pou yo konsantre sou yon bagay oubyen sou yon travay y ap fè. Yon timoun ki gen tou de pwoblèm sa yo, andikap ki anpeche l aprann ak pwoblèm pou l konsantre sou sa l ap fè, fò yo trete timoun sa pou tou de pwoblèm sa yo.


    return to table of contents

    Èske gen tretman pou pwoblèm aprantisaj?


    Pa gen anyen ki ka geri pwoblèm aprantisaj paske lè pitit ou a gen pwoblèm sa a, sèvo li pa "wè" enfòmasyon menm jan ak sèvo lòt timoun. Men gen anpil tretman ak aparèy ki ka ede pitit ou a aprann.

    This country has a law that says children with disabilities must get free, appropriate (right for them) public education. The Dapre lwa peyi a, timoun ki gen andikap fèt pou yo genyen edikasyon piblik gratis, sa vle di yon edikasyon ki bon pou yo. Lwa sou Edikasyon moun ki andikape (Disabilities Education Act (IDEA)) mande pou yo bay pitit ou sèvis pou pwoblèm aprantisaj nan lekòl kote li ye a. Yo kab bay timoun sèvis sa yo kòmanse depi yo gen 3 an jiskaske yo gen 21 an si sa nesesè.

    Fason yo ede chak timoun kab diferan anpil:
    • Medikaman:  Doktè preskri sèten timoun medikaman pou kalme yo epi pou ede yo konsantre sou sa y ap fè. Medikaman kab ede timoun evite konpòtman ki danjere oubyen li kab ede yo evite aji san yo pa reflechi. Medikaman an kab ede yo kalme yo pou yo pa santi yo dwe toujou an mouvman. Lè kon sa, yo pa ka chita anplas lè yo lekòl (hyperactivity).

    • Teknology ki kab ede:  Kalite teknoloji sa yo amelyore anpil epi gen plis kalite teknoloji sa yo nan jounen jodi a. Vin gen pi plis aparèy kounye a pou ede moun ki gen tout kalite andikap. Teknoloji sa yo kab ede yon timoun vin pi endepandan. (Liv ki sou kasèt ak liv ki pale, tou sa se egzanp devlopman teknoloji ki kab ede timoun.)


    • Akomodasyon/modifikasyon nan lekòkl pitit ou a Akomodasyon se chanjman yo fè nan anviwònman kote timoun nan ye a oubyen fason pwofesè a travay ak pitit ou pou l ede l aprann. Men kèk egzanp: yo bay pitit ou a plis tan pou l fini devwa li oubyen yon egzamen l ap pran, kite l travay sou òdinatè oubyen kite l tape devwa l yo. Yo lòt egzanp: kite l pran yon egzamen aloral olye pou l ekri repons yo. Lòt egzanp: fè pitit ou a sèvi ak gid d etid (study guides), sèvi ak liv ki sou kasèt, oubyen sèvi ak yon liv ki gen plis foto.

      Modifikasyon, se chanjman ki fèt nan sa yo vle pitit ou a aprann. Yo sèvi ak modifikasyon sa yo, nenpòt lè gen posiblite pou yo fè sa. Se lè pwoblèm aprantisaj yo pi grav yo sèvi ak modifikasyon. Yon lòt egzanp se fè chajman nan plan leson pwofesè a pou l ka pi fasil pou pitit ou a aprann. Yo ka fè chanjman ki nan materyèl ki sèvi nan klas la pou yo fè yo vin pi kout; oubyen yo kab mande pitit ou a pou l fè mwens travay nan klas la. Yon lòt egzanp se si yo pa ta oblije pitit ou a pran egzamen ofisyèl yo.

      Akomodasyon ak modifikasyon kab pi enpòtan toujou pou timoun ki pi gran yo.
    Terapi:
    • Terapi pedagojik: Se yon plan ki fèt pou mache ak fason pitit ou a aprann. Plan an ka gen akomodasyon oubyen modifikasyon pou ede l ak diferan pwoblèm. Men kèk egzanp:

      • Kou lekti preliminè ak fason pou pwononse sèten mo.
      • Montre pitit ou kouman pou l aprann sèten enfòmasyon pakè ak kouman pou l òganize enfòmasyon yo; pa egzanp, fè l sèvi ak teknik memorizasyon oubyen lòt teknik ki pèmèt li sonje enfòmasyon
      • Fè l sèvi ak òdinatè pou ede l ak difikilte li genyen yo. Pa egzanp, fè l tape devwa l yo olye pou li ekri yo.
      • Fè l pran egzamen l yo awotvwa olye li pran yo sou papye.
      • Si w bezwen plis ide sou estrateji ou ka sèvi pou timoun ki gen pwoblèm aprantisaj, ale sou sit sa a http://www.gatfl.org/ldguide/default.htm.

    • Terapi relaksasyon: Terapi ki kab ede pitit ou rilaks. Sa bon pou timoun ki gen pwoblèm konpòtman. Yon terapis ap montre pitit ou kouman pou l fè kèk egzèsis pou l aprann respire epi pou l rilaks kèk pati nan kò li. Sa bay pitit ou yon pi bon chans pou l kontwole fristrasyon li ak kòlè li.

    • Terapi pou kontwole konpòtman : Nan terapi sa a, yo fè antrenman ak timoun nan sou fason li konpòte l an sosyete (kouman pou boule ak lòt moun). Yo ba l konsèy epi yo ede l jwenn fason pou l kontwole pwoblèm konpòtman li genyen.



    return to table of contents

    Ki pwofesyonèl pitit mwen kab bezwen al wè?


    Pitit ou ka bezwen al kote plizyè kalite espesyalis nan afè sante. Pa egzanp:

    Pedyat: Se yon kalite doktè ki espesyalize nan tretman timoun. Lè mo pedyat la parèt devan yon tit pwofesyonèl, sa vle di moun sa a pran swen timoun.

    Newològ pedyat: Se yon pedyat ki espesyalize nan trete timoun ki gen pwoblèm nan sèvo ak pwoblèm nan sistèm nève yo. Se jan sèvo a pran enfòmasyon ak jan li trete enfòmasyon ki lakòz sèten pwoblèm aprantisaj. Yon newològ pedyat kapab ede timoun nana k pwoblèm sa a.

    Sikyat pedyat: Se yon kalite doktè ki espesyalize nan fè dyanostik epi trete timoun ki gen difikilte nan fason yo reflechi, ak jan yo santi yo oubyen ak konpòtman yo.

    Pedosikològ: Se yon kalite doktè ki espesyalize nan evalyasyon timoun, nan tretman pwoblèm emosyonèl ak pwoblèm konpòtman ak nan tretman lòt kalite pwoblèm timoun genyen.

    Travayè sosyal ak konseye pedagojik: Se yon pwofesyonèl ki la pou l bay konsèy ak sipò emosyonèl ni pou timoun nan ni pou fanmi an, epi li kab ede kowòdone tou sèvis y ap bay timoun nan ak fanmi l.

    Kòdonatè swen: Se yon moun ki la pou kowòdone tout detay ant diferan ajans k ap sèvi timoun nan ak fanmi li epi kòdonatè a la tou kòm yon kontak pou ede ni wou ni fanmi ou jwenn sèvis ak èd nou bezwen.

    Pwofesè edikasyon espesyal: Se pwofesè lekòl ki resevwa fòmasyon espesyal pou yo konsantre sou devlopman pitit ou a epi yo travay pou yo ede w aprann kèk teknik ki pou pèmèt ou ede pitit ou.


    return to table of contents

    Ki sit wèb ki ka ban m ransèyman sou pwoblèm aprantisaj? about learning disabilities?


    ERIC Clearinghouse on Disabilities and Gifted Education http://ericec.org/faq/ld-faq.html Sit sa a bay yon ide jeneral sou pwoblèm aprantisaj.

    National Center for Learning Disabilities http://ncld.org/LDInfoZone/InfoZone_FactSheetIndex.cfm Sit sa gen diferan paj ki gen done sou diferan tip pwoblèm aprantisaj.

    NICHCY (National Dissemination Center for Children with Disabilities) http://www.nichcy.org/index.html Sit sa a gen paj done ak bon jan enfòmasyon sou andikap lakay tibebe, timoun piti ak timoun ki gen ant 10 an a 19 an. Yo gen materyèl sou koze legal ak koze edikasyon tankou IDEA (lwa ki otorize edikasyon espesyal la). Yon lòt sèvis yo bay se "eNews Foundations". Se yon sèvis imel gratis ki bay enfòmasyon tout tan sou sijè ou chwazi.

    Council for Learning Disabilities http://www.cldinternational.org/Infosheets/Infosheets.asp Sit sa a gen enfòmasyon sou teknoloji ki ede moun ki andikape, enfòmasyon pou enskri nan inivèsite, enfòmasyon sou kesyon lekti ak rechèch sou pwoblèm aprantisaj.

    LDOnline http://www.ldonline.org/parents.htm Sit sa gen enfòmasyon pou paran ak pwofesyonèl. Se yon sit kote paran kab separe enfòmasyon yo genyen ak lòt paran, yo kab poze kesyon, yo ka bay konsèy epi yo kab pran konsèy.

    Asosiyasyon pou pwoblèm aprantisaj ann Amerik (Learning Disabilities Association of America) http://www.ldaamerica.org/ Yo fè konferans ak kou pou paran ak pwofesyonèl ki travay ak timoun ki gen pwoblèm aprantisaj, epi yo bay enfòmasyon nan domèn sa a tou. Yo ofri solisyon ki pratik ansanm ak tout yon rezo resous ki okipe pwoblèm sa a.

    SwabLearning.org A Parents Guide to Helping Kids with Learning Disabilities http://www.schwablearning.org/articles.asp?g=4&r=488 Sit sa a se yon gid pou paran ki bay enfòmasyon sou teknoloji ki ede timoun ki gen pwoblèm aprantisaj. Sit wèb sa a ofri kèk estrateji pou ede timoun reyisi lekòl. Sit sa a gratis.

    Pwoblèm aprantisaj ak teknoloji ki ede timoun ki gen pwoblèm sa a (Learning Disabilities and Assistive Technologies) http://www.gatfl.org/ldguide/default.htm. Sit wèb sa a byen òganize epi li ofri paran kèk bon lide ak estrateji sou difikilte pitit yo genyen ak lekti, matematik, ekri epi ak pwoblèm sosyal.

    LD Resources Online http://www.ldresources.com/ Sit wèb sa a se yon kominote ki gen ladan paran ak moun ki gen pwoblèm aprantisaj. Yo pale sou istwa lavi pa yo. Yo bay lis lòt sit wèb ak nouvèl sou pwoblèm aprantisaj.


    return to table of contents

    Ki liv ki popilè sou kesyon pwoblèm aprantisaj?


    Sa se kèk ladan yo. Tcheke bibliyotèk piblik nan zòn ou, ale nan libreri epi al sou sit entènèt ki make anwo yo tou pou w ka jwenn plis sijesyon.

    Reading David: A Mother and Son's Journey Through the Labyrinth of Dyslexia by Lissa Weinstein, Ph.D. Se istwa yon manman ak pitit gason l. Pitit la aprann li epi li rive gen laviktwa sou pwoblèm aprantisaj.

    Learning Disabilities: A To Z: A Parent's Complete Guide To Learning Disabilities From Preschool To Adulthood by Corinne Smith and Lisa Strick. Liv sa a gen teknik espesyal ladan pou ede detekte byen bonè pwoblèm aprantisaj epi liv la pale sou sa ki lakòz pwoblèm aprantisaj ak fason pou devlope pwogram edikasyon pou timoun ki gen pwoblèm sa a.

    Family Guide To Assistive Technology by Katharin A. Kelker. Gid sa ede paran konprann ki sa teknoloji ki fèt pou ede timoun ki gen pwoblèm aprantisaj ye ak kouman teknoloji sa yo ka ede timoun. Gid la ofri kèk sijesyon tou sou kouman pou w jwenn ak kouman pou w peye pou diferan kalite teknoloji sa yo.


    return to table of contents

    Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


    We're always here for you: 211
    Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
    Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.