Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa tande di ye?


Tande di se lè yon timoun pa rive tande jan pou l ta tande. Kèk fwa yo kab geri sa ak tretman medikal, kèk fwa timoun nan ka vin soud nèt. Tande di ka vle di plizyè bagay. Sa ka vle di pa fin ka tande byen, sa ka vle di pa ka tande ditou (soud). Pi fò pwoblèm tande tonbe nan kategori sa a (tande di).

Gen anviwon 1,000 tibebe ki fèt ak pwoblèm tande. Sa fè pwoblèm sa a se youn nan pi gwo pwoblèm yon tibebe genyen lè l fèt. Kèk timoun ki pa tande byen gen lòt gwo pwoblèm tou. Yon timoun ka vin pa tande lè l vin pi gran akòz frappe l ka frape, maladi oubyen aksidan k a fè sa tou.


return to table of contents

Ki efè pwoblèm tande di a fè sou pitit mwen an?


Tande timoun ou an pa tande byen an pa vle di li pa ka aprann pale byen oubyen li pa ka aprann pale ditou pou sa. Ou ka sèvi ak aparèy pou l tande pou w ede l. Lang siy yo melanje ak pawòl epi aprann li mouvman bouch yon moun lè l ap pale ak lòt fason yon moun ka pale se plizyè lòt mwayen yon moun kapab sèvi pou l "pale" ak yon lòt moun. Kòmanse bonè. Se depi nan premye ane yon timoun fèt li kòmanse aprann kominike.

Ladrès pou aprann pale devlope rapid nan premye twa ane yo. Chache konnen si timoun nan gen pwoblèm tande bonè dekwa pou w ka kòmanse ak tretman yo menm kote a. Pwoblèm tande di a ka fè timoun nan pa ka aprann byen, sa ka fè l toujou move epi sa ka fè tout moun nan fanmi an chagren.


return to table of contents

Ki jan m ka fè yo fè tès tande pou pitit mwen an?


Pa gen timoun ki twò piti pou l fè tès. Nan Florid, yo fè tès pou tout timoun ki fèk fèt nan lopital pou yo konnen si yo pa gen pwoblèm tande. Men sa ka rive yon timoun vin gen pwoblèm tande lè l vin pi gran. Yon tès tande p ap fè timoun nan mal, sa dire 10 minit senpman. Si w kwè pitit ou a gen pwoblèm tande mennen l al wè yon òdyològ (espesyalis ki okipe pwoblèm tande) oubyen mennen l nan yon sant kote yo fè egzamen sa yo. (Gade lis paran Getting Started la pou w jwenn yon sant kote yo fè tès gratis pou timoun. Sa depann ki laj timoun nan ak ki pwoblèm li genyen.

Dial 211 for a list of Audiologists

return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Li w ap li sou pwoblèm tande a se gen tan yon premye pa enpòtan ou fè. Ou ka pale ak lòt paran ki gen timoun ki tande di oubyen ki pa tande ditou. Yo pase sa w ap pase kounye a. Yo ka ede w. Ou ka jwenn èd ak sipò nan gwoup paran tankou Parent to Parent of Miami. Moun ki fouye keksyon an fon montre nou lè nou pran pi bonè pou n ede timoun nou jwenn pi bon rezilta pou timoun nan ak fanmi li.


Anba a gen yon lis kèk bagay ou ka fè pou ede pitit ou a. Sonje ou pa pou kont ou.


return to table of contents

Men sa m ka fè pou m ede pitit mwen ki gen pwoblèm tande:







SA M KA FÈ POU M EDE PITIT MWEN KI GEN PWOBLÈM TANDE

Kòmanse

NAN ETA FLORID:
 Fè yo fè tès tande pou pitit mwen an:

Si pitit ou gen jiska twa zan epi l gen pwoblèm tande, pwoblèm pale, oubyen pwoblèm pou l aprann, ou ka jwenn yon ekip espesyalis ki ka gade sa l genyen san w pa peye anyen pa mwayen pwogram Early Steps la. Pitit ou ka jwenn sèvis gratis. Kontakte yon sant ki tou pre kote w rete a.



Si pitit ou gen 3 an rive 5 an epi l gen pwoblèm tande, pwoblèm pale, pwoblèm pou l aprann, pou l jwe, oubyen pwoblèm pou l wè ou ka jwenn kote pou yo fè egzamen pou li gratis pa mwayen hild Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South) Gen tès tou pou pwogram edikasyon espesyal (si pitit ou deja nan sistèm lekòl leta Miami-Dade la, li dwe fè egzamen sa yo nan lekòl la.)



Kontakte Sèvis Medikal pou timoun ( ann Angle CMS): Kèk fwa moun ki travay nan biwo lokal CMS yo ka voye pitit ou an nan sant medikal ki travay ak CMS. Sant sa yo bay sèvis pou timoun ki gen pwoblèm nan kò yo, timoun ki gen bezwen espesyal oubyen timoun ki gen gwo pwoblèm doktè. Sèvis yo bay yo ka kouvri premye pwogram tankou Early Steps pou rive nan sèvis ki la pou yon kondisyon medikal egzat.



Travay ak moun ki ap bay pitit mwen an sèvis yo: Yon moun k ap bay sèvis kapab yon pedyat, yon odyològ, yon pwofesè, yon direktè lekòl, yon travayè sosyal oubyen nenpòt ki lòt pwofesyonèl. Sonje ou konn plis detay sou timoun ou pase nenpòt lòt moun. Sonje se ou ki gen plis enfliyans sou lavi pitit ou. Moun ki bay sèvis yo la pou yo ede ou. Men ki jan ou ka pale ak yo:
  • Mete w alèz pou w poze keksyon epi pou w di sa w panse. Ou dwe dirèk nan sa w ap di sou pitit ou a, sa w vle ak ki sa pitit ou a bezwen. Ou dwe onèt sou sa w ap tann, sou sa ki ka ap fatige lespri w ak tout sa w pa konprann


  • Si w kwè pitit ou a bezwen yon bagay espesyal (tankou yon tès pou yo gade ki jan timoun nan pale oubyen yon nouvo aparèy pou l tande) kontinye mande jiskaske ou jwenn sa w bezwen an oubyen jiskaske ou wè ou pa bezwen l vre.


  • Travay ak pwofesyonèl yo ki nan pwogram timoun yo oubyen ak sa k nan lekòl pitit ou a pou yo prepare plan edikasyon endividyèl IFSP oubyen IEP pou pitit ou a ki montre sa l bezwen ak sa li ka fè. Ou dwe sèten ou pale sou sèvis ede timoun nan nan langaj li ak lòt swen li ta ka bezwen. Pa bliye pou w pale sou sèvis teknoloji ki ka ede w tou.
 Gen plis enfòmasyon: Vizite plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou pwoblèm tande a. Fè timoun nan ak tout fanmi an gade l. Pale ak yon lòt paran. Parent to Parent of Miami ka ede w jwenn lòt paran ak lòt sèvis.





 Ede pitit mwen lakay:

Ou kab melanje aktivite ki kab ede pitit ou devlope ak anpil nan aktivite ou gen pou w fè pandan jounen an. Etan l ap benyen, lè l ap manje, lè n al achte, lè nou nan machin, ak lè nou soti se bon okazyon pou w fè sa. Gade kèk lide anba a.

Patisipe nan plezi fanmi an ap pran, Aktivite amizan, jwe jwèt, ak tout lòt bagay moun fè chak jou: Pa tande byen, pa vle di li timoun nan pa ka pran ti plezi l nan jounen an. Gen anpil aktivite timoun ki gen bezwen espesyal ka fè sou lakou. W ap jwenn yon lis aktivite ak pwogram anba a.

Dial 211 for a list of recreation areas and programs

Pale ak timoun nan fè siy pou pale avè l pandan w ap mennen aktivite w toulejou, sa ankouraje devlope langaj li. Lè w ap pale, pale klè, pa pale twò vit. Kite pitit ou a wè bouch ou, kon sa li ka wè sa w ap di. Fè sa lè w ap fè ti travay òdinè. Pa egzanp, lè w pral nan mache, di non chak bagay etan w mete yo nan panye. Pale sou koulè yo, sou jan yo fèt, ak pou ki sa yo la. Si pitit ou a eseye pale, oubyen fè siy, ba li tout tan li pou l reponn.

Mande espesyalis langaj la plis bagay pou w ta ka fè.

 Help my child's speech and language skills: Ede pitit mwen ak ladrès li pou l pale: Pale ou pale ak pitit ou sa fè l anvi pale tou epi sa ede l devlope ladrès pou l kominike. Etan w ap achte, pa egzanp, di non sa chak sa w achte a etan w ap mete l nan panye. Pale sou koulè l ak jan l fèt. Pitit ou a aprann pale etan l ap tande w.

Si pitit ou a ap eseye reponn ou ba li tan l pou reponn. Pitit ou a ka gen anpil pou l di men sa ka pran l ti tan poul mete yo deyò.

Jwe ak pitit ou a: Eseye pase tan chak jou ak pitit ou ap jwe avè l, ap pale avè l. Sa ka difisil pou w fè si fanmi an anpil epi gen anpil bagay pou ki fèt, men anpil fwa sa ede timoun nan. Kasèt mizik lè timoun nan ka chante ak kasèt la konn ede tou. Mache nan kay la oson d lamizik se bèl aktivite plezi.

Li ak pitit ou, montre l imaj nan liv la ka ede l devlope langaj li tou.

Mande espesyalis nan koze pale ki sa w ka fè lakay: Se pou w fè yo fè tès pale pou pitit ou a. Pa bay tèt ou pwoblèm si pitit ou a twò piti pou l pale. Espesyalis nan koze pale konsilte timoun piti, menm tibebe yo konsilte.


return to table of contents

Ki lòt fason nou ta esplike sa tande di a ye?


Gen kat kalite pwoblèm tande: Kondiktiv, sansoryèl, nè, ak pwoblèm tande santral. Gen timoun ki gen plis pase youn nan pwoblèm yo. Ou ka tande doktè w, oubyen odyològ la (espesyalis nan koze tande), oubyen lòt moun pale sou youn nan fason sa yo.

  • Kondiktiv Ou jwenn pwoblèm sa a lè gen yon pwoblèm nan mitan zorèy la oubyen nan pati deyò zòrèy la. Anpil fwa se yon bagay ki rive bloke tande nòmal pitit ou a. Pa egzanp se kapab yon enfeksyon nan zòrèy, yon pi nan zòrèy la, oubyen yon dlo nan mitan zòrèy la (yo konn rele sa zòrèy bouche). Anpil fwa ou ka regle pwoblèm sa a ak medikaman.


  • Sansoryèl Pwoblèm tande sa a rive lè yon pati nan zòrèy la yo rele kokleya pa travay (kokleya a se yon ti pati ki gen fòm yon ti kalmason ki anndan zòrèy la). Kèk timoun fèt ak pwoblèm sa a (yo rele sa tande di konjenital), e gen kèk timoun ki konn rive genyen l lè yo pi gran nan maladi tankou menenjit oubyen maladi Menyere. Timoun ou an ka tande pi fò son, kèk son, oubyen l ka pa ka tande ditou.


  • Pwoblèm tande sa a rive lè gen yon pwoblèm pou kokreya a konekte ak sèvo a. Nan ka sa a fil ki pou ta voye mesaj soti nan kokreya rive nan sèvo a pa travay.


  • Pwoblèm sans ak nè se yon fason yo rele pwoblèm tande lè yo pa ka fin konnen si se pwoblèm sans oubyen si se pwoblèm nè yo. Yo mete de non yo ansanm e l vin bay non sans ak nè a.


  • Pwoblèm tande santral Pwoblèm sa a rive lè sèvo a gen pwoblèm pou l konprann son l tande yo. Lòt non ou ka tande pou pwoblèm sa a se pwoblèm pou w konprann son, defisi son, sistèm son k pa byen fonksyone, etc. Anpil fwa yo pa konn ki sa k bay pwoblèm sa yo. Anpil fwa timoun ki gen pwoblèm sa yo gen lòt maladi tou.
Kèk fwa pwoblèm sansoryèl ak kondiktiv yo konn parèt ansanm. Yo rele sa melanj tande di.


return to table of contents

Ki sa pwoblèm pa tande byen vle di pou entèlijans ak lekòl pitit mwen an?


Timoun ki gen pwoblèm tande ka aprann sa lòt timoun aprann men yo ka rete dèyè tou. Kèk fwa yo panse yon timoun ki pa tande byen gen pwoblèm pou l aprann. Si pitit ou a pa travay byen lekòl, ranje w ak lekòl la oubyen ak pwofesè timoun nan pou w wè ki jan ou ka ede l pou l pa rete dèyè.

Timoun ki pa tande byen ka gen lòt pwoblèm tou. Si pitit ou a gen lòt pwoblèm oubyen si w sispèk li ka gen lòt pwoblèm fè yo fè yon tès pou li. Yon sikològ espesyalis ka di w si timoun nan gen pwoblèm pou l aprann. Yon ti tès pou timoun nan pap fè l oken mal e sa pa p pran anpil tan pou yo fè tès la pou li. Ou ka fè yo fè tès la pou timoun nan yon kote oubyen plizyè lòt kote.

Mande yon odyològ pou l ede w chwazi ki sa timoun nan bezwen pou l tande ansanm ak lòt aparèy ki ka ede timoun nan pale. Kèk odyològ gen aparèy fanmi yo ka prete pou yo eseye yo anvan menm y achte yo (gade kote ki pale sou kèk modèl aparèy yo.)


return to table of contents

Ki sa ki lakòz timoun gen pwoblèm tande?


Kèk fwa yon timoun kab eritye pwoblèm pa tande byen nan manman l oubyen nan papa l. Maladi oubyen aksidan ka lakòz sa tou. Kèk fwa yo kab pa konnen sa k fè yon moun gen pwoblèm tande. Apeprè 90% timoun ki fèt ak pwoblèm tande, paran yo pa gen oken pwoblèm kon sa.

Kèk fwa yon maladi manman an genyen nan gwosès la ka fè tibebe a fèt tande di oubyen soud nèt - pa egzanp ribela (lawoujòl Alman).

Lòt bagay ki ka fè yon timoun fèt pa tande byen se lè li frape nan tèt oubyen enfeksyon tankou menenjit, lawoujòl ak saranpyon. Gen kèk medikaman tankou antibyotik streptomisen ka fè yon timoun vin pa tande byen tou. Enfeksyon nan zòrèy ka fè yon timoun pa tande byen pou yon ti tan. Anpil enfeksyon ki pa trete ka domaje zòrèy la nèt. Gwo bri tankou esplozyon ka fè timoun nan pa tande pou yon ti tan oubyen sa ka fè l vin soud.


return to table of contents

Èske gen tretman pou tande di?


Pa gen tretman pou pwoblèm tande ki atake sans ak nè yo. Gen kèk bagay ou ka fè ansanm ak kèk aparèy ou ka jwenn ki ka ede pitit ou a ak pwoblèm pa tande byen li genyen an. Asosyasyon yo rele ann a href="http://www.nichcy.org/idea.htm" target="_blank">Angle Individuals with Disabilities Education Act (IDEA) la pou l ede timoun ki pa tande byen jwenn bon pwogram pou ede yo san yo pa bezwen peye anyen lè yo fenk fèt rive 3 an rive menm lè yo gen 21 an.

Kèk aparèy ki ka ede yo tande:
  • Aparèy ki ede tande: Yo fè son yo vin pi fò. Yon aparèy kon sa ka ede pitit ou a tande tou depan sa l genyen ak sa l bezwen. Timoun piti 4 semenn kon sa ka gen ti aparèy sa yo. Se vre yon tibebe pa ka di w si ti aparèy la mache byen oubyen si w bezwen chanje l. Se poutèt sa ou ap bezwen fè yo fè plis tès pou yon timoun k ap grandi pou sèten aparèy kab mache ak gwosè zòrèy timoun nan ansanm ak sa l bezwen

    Ou petèt ka ede peye pou ti aparèy tande pitit ou a. Gen kèk plan medikal prive ki kab peye pou sa. Medicaid peye pou ti aparèy yo ak sèvis yo pou timoun ki kalifye.


  • Grèf Kokleya: Sa yo pa menm ak ti aparèy tande yo. Yo la pou yo ranplase pati ki domaje anndan zòrèy la. Yo pa la pou yo senpman fè son yo vin pi fò tankou sa ti aparèy tande yo fè yo. Lè w tande ak grèf kokleya a li pa sonnen menm jan si w ta tande nòmal, men sa ede anpil moun tande byen ase lè y ap pale ak yon moun fasafas oubyen lè yo nan telefòn. Sa k fè grèf la pa menm ak ti aparèy la se paske yon moun oblije fè operasyon pou mete l frèf la nan zòrèy li.

    Anpil fwa grèf Kokleya a ede granmoun oubyen timoun ki vin pa tande byen nan ta. Yo ka ede timoun piti tou. Pi bon laj pou fè grèf la se pi piti pase 3 an. Pi fò timoun ki fè grèf la gen ant 12 mwa ak 6 an
Tande/Oral:
Pwogram sa yo aprann timoun yo ki jan pou yo sèvi ak nenpòt ki aparèy tande yo genyen oubyen grèf kokleya dekwa pou yo ka li bouch yon moun k ap pale pou yo wè sa l ap di (yo rele sa li bouch, gade anba a pou w jwenn plis esplikasyon) an menm tan y ap aprann pale. Fason sa a pa oblije timoun nan konn pale lang siy yo. Sa ede timoun nan travay epi viv nan yon sosyete kote pi fò moun ka tande.
  • Suiv bouch moun: Sa a se aprann wè sa yon moun ap di nan gade sa y ap di menm si pitit ou a pa ka tande l. Anpil moun soud oubyen moun ki tande di vin fò nèt nan suiv sa moun ap di lè yo suiv bouch k ap pale yo. Kon sa pitit ou a ka konprann moun ki pa sèvi ak siy. Sa ede pitit ou a devlope kapasite pou l pale tou. Timoun ki ka gade jan moun pale epi konprann sa yo di ka vin pale yo menm tou.
Tande - Pale:
Nan ka sa a pitit ou a ak fanmi w travay sere sere ak yon espesyalis ki la pou l ede pitit ou a pou l konte sou ti aparèy tande yo oubyen grèf kokleya a. Sa a pa menm ak tande/oral la paske timoun nan pa bezwen ap suiv bouch moun pou l wè sa yo di, li pa bezwen sèvi ak okenn siy non plis. Espesyalis sa a travay ak fanmi timoun nan pou yo ede l devlope bon jan kapasite pou l tande. Anpil fwa, tretman sa a ede pitit ou a adapte l pi byen epi byen rapid nan yon klas regilyè.

Siyal pale:
Sa a ede pitit ou a ak fanmi w sèvi ak fason ou suiv bouch moun nan ak kèk siy ki fè l konprann sa moun k ap pale a ap di. Sa a pa menm ak aprann lang siy nan paske se 8 fòm men senpman ki nesesè pou timoun nan konnen - yo chak montre timoun nan ak ki konsòn (lèt nan alfabè a ki pa a", "e", "I", "o" oubyen "ou") moun k ap pale a sèvi. Yo sèvi ak metòd sa a lè gen konsòn ki difisil pou konn sa yo ye lè w ap suiv bouch moun nan k ap pale. Pa egzanp "p" ak "b" oubyen lòt tankou "k" kote ou pa bezwen po bouch ou pou w fè yo. Yo sèvi ak sa pou timoun ki pa tande byen menm menm lè yo gen ti aparèy tande yo.

Kominikasyon Total:
Yo rele l "kominikasyon total" paske li melanje plizyè kalite estil. Li gen yon yon lang siy yo rele ann angle SEE (Signed Exact English). Li pa yon lang vre men li suiv kèk menm règ ou jwenn ann angle ak nan lang siy ameriken an. Li byen fasil pou w aprann byen vit. Metòd sa sèvi ak eple sou dwèt tou, ak li sou bouch moun nan pou w wè sa l ap di ansanm ak ti aparèy tande yo. Sèvi ak tout bagay sa yo ede pitit ou a aprann pale pou moun tande.

Lang Siy Ameriken (bileng//2 kilti):
Sa a rete sou lide zye yon moun se pati ki pi enpòtan pou yon moun ki pa tande byen. Lang siy sèvi ak men ak fòm dwèt, ak pozisyon ak mouvman kò a ak jan figi a ye. Se kon sa yo sèvi ak lang siy. Yo sèvi ak diferan lang siy nan plizyè peyi oubyen nan plizyè kote.

Pitit moun soud ki sèvi ak lang siy aprann siy yo menm jan ak timoun ki tande aprann pale. Kon sa lang siy ameriken vin premye lang pou yo epi angle vin dezyèm lang. Nèf timoun sou dis se pitit moun ki pa gen pwoblèm tande. Paran k tande ki chwazi aprann lang siy aprann ansanm ak pitit yo anpil fwa. Klike sou sit entènèt sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou lang siy yo: http://www.nidcd.nih.gov/health/hearing/asl.asp

Kominikasyon Ogmante ak kominikasyon Altènatif:
Sa vle di lòt fason pou w pase yon mesaj soti kote yon moun al jwenn yon lòt. Nou tout sèvi ak sa kèk fwa. Pa egzanp si w ap eseye pale ak yon moun yon kote ki gen anpil bri kote nou youn pa ka tande lòt byen, ou fè siy ak figi w, ou fè jès ak men w, ou ka menm ekri. Gen kèk aparèy espesyal yo fè pou moun ki pa tande byen e ki nan sitiyasyon kon sa. Tablo kominikasyon (kèk fwa yo rele yo tablo lang) se yon egzanp. Yo sèvi ak desen, mo, fraz, senbòl oubyen yo melanje tou sa ansanm pou yo pale sou kèk bagay. Kèk aparèy konpitè se fòm avanse pou pale yo ye kote konpitè a ka ba w repons sou keksyon w te tape oubyen yon bouton w te peze sou klavye a. Pa bay tèt ou pwoblèm si pitit ou pa ka tape oubyen l pa ka peze bouton. Gen lòt fason pou w fè tablo yo mache

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou tablo kominikasyon sa yo oubyen lòt fason pou w kominike ale nan sit entènèt sa a: http://www.asha.org/public/speech/disorders/Augmentative-and-Alternative.htm


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè plizyè pwofesyonèl lasante tankou:

Pedyat: Se yon doktè espesyalis nan trete timoun.

Pedyat odyològ: Yon pwofesyonèl ki konnen ki jan pou l evalye (teste) si yon moun tande byen oubyen si l gen lòt pwoblèm kon sa tankou èske moun nan pa gen pwoblèm tande, nan ki zòrèy li tande pi byen oubyen èske l gen ti bri k ap fèt nan zòrèy li.

Pedyat otolarengològ: Se yon espesyalis ki gade ki pwoblèm pale yon ti moun genyen e li trete pwoblèm pale timoun nan ka genyen ansanm ak pwoblèm vale timoun nan genyen. Kèk fwa yo rele yo terapet pale oubyen patolojis pale.

Yon espesyalis nan tande ak nan pale: yon espesyalis ki la pou l ede timoun nan pale. Li ede yo devlope bon jan abitid pou yo tande ak ki jan pou yo sèvi ak ti aparèy tande yo. Li la pou l ede timoun nan lakay li pou timoun devlope kapasite l pou l tande ak pou l pale.

Terapet pou tande ak pale: Yon terapet ki montre timoun kouman pou yo kominike, li ede yo aprann koute byen epi kouman pou yo sèvi ak aparèy ki ede yo tande. Terapet la ede fanmi an tou kouman pou l aprann travay ak yon timoun nan kay la pou yo gen ladrès pou yo koute ak ladrès pou yo pale.

Travayè sosyal ak konseye: Yon pwofesyonèl ki bay timoun nan ak fanmi li sipò ak konsèy yo bezwen. Li ka ede yo òganize sèvis yo tou.

Kòdonatè swen: Yon moun ki reskonsab òganize detay diferan sèvis yo. Li ka ede ou menm ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.

Yon espesyalis edikasyon timoun ki tou piti/pwofesè edikasyon espesyal: Yon pwofesè ki konnen ki jan pou l travay ak pitit ou a. Li suiv jan timoun nan devlope epi l travay avè w pou w aprann teknik ki ka ede pitit ou a.


return to table of contents

Ki sit entènèt kote m ka aprann plis pou m ede pitit mwen an?


Alexander Graham Bell Association for the Deaf and Hard of Hearing http://www.agbell.org Sa a se youn nan pi gwo òganizasyon manm ki bay enfòmasyon sou pwoblèm tande.

National Institute on Deafness and Other Communication Disorders Information Clearinghouse http://www.nidcd.nih.gov Sit entènèt sa a bay enfòmasyon sou sante, li gen anpil paj enfòmasyon ki gen tout kalite koze ki itil pou fanmi yo.

Hearing Loss Association of America http://www.hearingloss.org Information, Li gen paj enfòmasyon ki gen tout kalite koze sou pwoblèm tande di a.

National Association of the Deaf http://www.nad.org Bay enfòmasyon sou travay rechèch ki ap fèt sou pwoblèm tande di ak pwoblèm soud la, li bay enfòmasyon sou gwoup k ap travay sou sa ak kondisyon maladi a.

HandSpeak™ http://www.handspeak.com Yon bon sit plezi ki montre mouvman men yo nan lang siy yo. Klike sou mo yo pou w wè mouvman men yo.

Hearing Exchange http://www.hearingexchange.com Pou paran timoun ki tande di ak pwofesyonèl ki travay ak yo.

DB-Link on Deafness and Blindness http://www.tr.wou.edu/dblink/index.htm Enfòmasyon nasyonal pou timoun soud oubyen avèg.

Open Directory Project - Links on Hearing Loss http://dmoz.org/Health/Conditions_and_Diseases/Communication_Disorders/Hearing/Deafness/ Yon bon sous pou w jwenn lòt sit entènèt ki pale sou anpil lòt sijè (ki jan pou w leve timoun, santiman, gwoup ki ka ede w, teknoloji, edikasyon) ki mache ak pwoblèm tande di a.

National Institute on Deafness and Other Communication Disorders, National Institutes of Health http://www.nidcd.nih.gov/health/hearing/coch.asp Bay enfòmasyon sou grèf kokleya a.

Sign With Your Baby http://www.signingbaby.com Sit sa a gen enfòmasyon sou kouman ou kab sèvi ak siy pou pale ak tibebe ou genyen.

March of Dimes http://www.marchofdimes.com/pnhec/4439_1232.asp Sis sa bay kèk enfòmasyon tou kout sou afè tande di a.

NICHCY Deafness and Hearing Loss http://www.nichcy.org/pubs/factshe/fs3txt.htm Sit sa se yon ti lis done ki soti nan Sant National ki distribiye enfòmasyon sou timoun ki andikape.

Early Steps http://www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Search Florida's Se sit Pwogram "Early Intervention" kote gen anpil resous pou paran.

Teachnology: The Web Portal for Educators http://www.teach-nology.com/teachers/special_ed/disabilities/hearing Sit sa gen lis lòt bon jan sit ki gen bon jan enfòmasyon pou pwofesè lekòl sou afè tande di.

Gallaudet University http://www.gallaudet.edu Lekòl sa se yon lekòl ki Wachintonn, D.C., li pran etidyan ki fèk ap antre nan kolèj ki gen pwoblèm pale ak pwoblèm tande.

Florida School for the Deaf and Blind http://www.fsdb.k12.fl.us Se yon lekòl Leta pou elèv ki kalifye ki gen pwoblèm wè ak pwoblèm tande, soti depi nan klas pre-eskolè rive nan 12èm ane. Fanmi ki abite nan Eta Florid pa bezwen peye pou mete pitit yo nan lekòl sa a. Lekòl sa a fonde depi 1885, li bay diplòm espesyal ak prim espesyal epi li prepare elèv ki diplome yo pou yo travay nan tout yon seri pwofesyon ak metye. Chak ane 70% nan etidyan ki diplome yo kontinye etid yo nan inivèsite ak lekòl metye.

Family Guide To Assistive Technology (online publication) http://www.pluk.org/AT1.html by Katharin A. Kelker, Roger Holt and John Sullivan (2000). Gid sa a la pou ede paran aprann kouman kèk teknoloji kab ede yon timoun. Paran kab ede pitit yo pi byen si yo patisipe nan planifikasyon teknoloji ki pral ede pitit yo.

American Speech-Language-Hearing Association http://www.asha.org se yon sit ki fèt pou espesyalis nan pwoblèm tande (odyològ), espesyalis nan afè pale, ak save nan afè lang and tande kote yo kab kontinye renouvle lisans yo epi pran kou resiklaj nan domèn yo. Sit sa ede paran chèche moun ki nan branch lan ki kab ede yo.

American Academy of Audiology http://www.audiology.org/consumer Enfòmasyon pou paran.


return to table of contents

Ki liv espesyal ki genyen mwen ka li ansanm ak pitit mwen an?


Liv pou paran:


Can't Your Child Hear? A Guide for Those Who Care About Deaf Children by Roger D. Freeman, Clifton F. Carbin and Robert J. Boese.

You and Your Deaf Child: A Self-Help Guide for Parents of Deaf and Hard of Hearing Children by John W. Adams.

Kid-Friendly Parenting With Deaf and Hard of Hearing Children: A Treasury of Fun Activities Toward Better Behavior by Daria J. Medwid and Denise Chapman Weston.

Liv pou timoun:

Jordan Has a Hearing Loss by Jillian Powell and Gareth Boden.

A Button in Her Ear by Ada Bassett Litchfield.

Elana's Ears, or How I Became the Best Big Sister in the World by Gloria Roth Lowell and Karen Stormer Brooks.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.