Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa Sendwòm Dawonn (Down Syndrome) ye?


Moun ki genyen Sendwòm Dawonn nan se moun ki genyen yon kwomozòm anplis. Kwomozòm fè pati nwayo selil la epi yo gen enfòmasyon ki detèmine ki moun yon moun ye. Moun ki genyen Sendwòm Dawonn genyen 47 kwomozòm olye pou yo ta genyen 46 kwomozòm ki se kantite nòmal kwomozòm yon moun dwe genyen. Yon timoun nòmal gen de kopi kwomozòm 21. Timoun ki genyen Sendwòm Dawonn gen twa kopi kwomozòm sa a, ki lakòz chanjman nan devlopman kò a ak sèvo a. Si ou bezwen enfòmasyon ki pi detaye, tanpri ale nan seksyon ki rele "ki sa ki fè sa rive?"


return to table of contents

Ki siy ki pèmèt nou rekonèt yon moun gen Sendwòm Dawonn?


Men bagay ou kapab remake lakay yon timoun ki genyen Sendwòm Dawonn.
  • Yo gen je chire epi kwen je yo plise.
  • Men yo kout epi yo laj. Yon genyen yon sèl pli nan mitan pla men an.
  • Pon nen a plat
  • Zòrèy yo kout epi yo ba
  • Kou yo kout
  • Tèt yo piti
  • Lang yo lonje deyò
  • Pye yo laj, zòtèy yo kout
  • Tonis miskilè yo fèb sa lakòz mis yo lage
  • Nivo retadasyon mantal la varye selon timoun lan.



return to table of contents

Ki sa m kapab fè pou m ede pitit mwen an?


Se yon pa enpòtan ou fè lè ou deside li enfòmasyon sou Sendwòm Dawonn nan. Yon lòt pa ou kapab fè se pale ak lòt paran ki gen timoun ki gen Sendwòm Dawonn nan. Yo te nan menm sitiyasyon ak ou, petèt yo kapab ede ou. Gwoup solidarite ant paran ak gwoup k ap defann dwa moun tankou òganizasyon ki rele "Parent to Parent of Miami" (Paran pou paran nan Mayami) kapab ede tou. Dapre rezilta rechèch pi bonè ou kòmanse ede timoun nan pou li kapab grandi epi pou li kapab devlope, se plis rezilta yo ap pi bon pou timoun nan ak fanmi li.



Anba a gen kèk lis ou kapab itilize pou ede w ak pitit ou a. Sonje ou pa poukont ou.


return to table of contents

Lis sa mwen kapab fè pou m ede pitit mwen an si li gen Sendwòm Dawonn:





SA M KAPAB FÈ POU M EDE PITIT MWEN AN SI L GEN SENDWÒM DAWONN:

Pou kòmanse

NAN ETA FLORID:
 Fè yo teste pitit mwen an:

Si pitit ou a gen mwens pase twazan, genyen espesyalis ki kapab teste li gratis nan pwogram Early Steps la. Pitit ou a kapab elijib pou sèvis gratis. Kontakte youn nan sant ki pi pre lakay ou yo.



Si pitit ou a genyen ant 3 ak 5 an epi li genyen pwoblèm pou li aprann, pou li pale, pou li jwe, pou li wè, pou li mache oubyen pou li tande, yo kapab ba li yon tès preliminè nan pwogram "Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South)". Yo teste timoun pou pwogram edikasyon espesyal tou. (Si pitit ou a nan sistèm lekòl leta Miami-Dade la deja, se lekòl kote li ye a ki dwe teste li.)



Kontakte Sèvis swen medikal pou timoun "Children's Medical Services (CMS)" CMS bay sèvis nan biwo lokal li yo epi li konn voye timoun nan sant medikal ki travay ak CMS. Genyen sèvis pou timoun ki gen andikap, timoun ki gen bezwen espesyal oubyen gwo pwoblèm medikal. Sèvis sa yo kòmanse ak pwogram entèvansyon bonè tankou "Early Steps" pou rive sou sèvis pou pwoblèm medikal ki espesifik.



Fè yo teste pitit ou a pou yo wè si li gen pwoblèm ki gen rapò ak Sendwòm Dawonn nan. Gen pwoblèm ki kouran anpil kay timoun ki gen Sendwòm Dawonn. Suiv timoun nan, fè teste li pou wè si li gen pwoblèm sa yo.
  • Pwoblèm kè (ekokadyogram lè li fèk fèt)
  • Enfeksyon respiratwa
  • Pwoblèm wè
  • Pwoblèm tande
  • Pwoblèm tiwoyid
  • Apne somèy (lè yon moun gen difikilte pou li respire nan dòmi)
  • Doulè nan kèk kote nan pye
*Li enpòtan anpil pou yo fè yon ekokadyogram pou tout timoun ki fèk fèt ak Sendwòm Dawonn pou yo kapab wè si yo gen gwo pwoblèm kè. Yon ekokadyogram se yon tès ki itilize iltrason pou egzaminen kè a. Se yon tès ki fèt san doulè e ki pa egzije yo fè yon moun operasyon.

Travay ak moun k ap bay pitit ou a sèvis: TSe kapab yon pedyat, yon kineziterapet, yon pwofesè, yon direktè/direktris, yon travayè sosyal, oubyen nenpòt lòt pwofesyonèl. Sonje ou konn pitit ou pi byen pase nenpòt lòt moun epi se ou ki gen pi gwo enfliyans nan lavi pitit ou. Men kèk konsèy pou lè w ap pale ak moun k ap travay ak pitit ou.
  • Ou dwe santi w lib pou poze kesyon epi pou fè kòmantè. Se pou w di moun k ap travay ak pitit ou egzakteman sa ou konnen de pitit ou, sa ou vle ak sa ou bezwen pou pitit ou a. Se pou ou onèt apwopo sa ou espere, enkyetid ou, oubyen nenpòt bagay ou pa konprann.

  • Si ou panse pitit ou a bezwen yon bagay an patikilye (tankou terapi pou langaj oubyen asistans teknolojik), kontinye mande sa ou vle a jiskaske ou jwenn li oubyen jiskaske ou konnen pou ki sa sa pa nesesè.

  • Travay ak pwofesyonèl nan pwogram entèvansyon bonè a (early intervention) oubyen nen lekòl la pou prepare yon Plan edikasyon endividyèl ki rele IFSP oubyen yon IEP pou pitit ou a ki reflete sa pitit ou a bezwen ak sa li kapab fè. Asire ou dokiman sa a genyen sèvis sa yo ladan: terapi langaj, kineziterapi (physical therapy), ègoterapi (occupational therapy) si pitit ou a bezwen sèvis sa yo. Pa bliye teknolojik ki kab ede yo tou.

Chèche plis enfòmasyon: Ale sou plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou Sendwòm Down lan. Fè pitit ou a ak fanmi ou patisipe ak ou. Pale ak lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w rankontre ak lòt paran epi yo kapab pèmèt ou jwenn sèvis ki nesesè yo.





Ede pitit mwen an nan fè mouvman fizik ak nan devlopman li: Fè li patisipe nan aktivite lwazi fanmi an, nan lòt aktivite divètisman, nan jwèt ak nan tout pati nan lavi toulejou. Timoun nan gen Sendwòm Dawonn men sa pa vle di ou dwe rete aleka. Ankouraje timoun nan aprann epi pou l devlope bon mouvman ak pi bon kontwòl mis yo. Si ou bezwen yon lis aktivite an plen è pandan ete, gade pi ba a.

Dial 211 for a list of recreation areas and programs


Ankouraje pitit ou fè mouvman ak kò li: Fè sa ou kapab pou fè pitit ou fè mouvman ak kò li. Paregzanp, mete yon jwèt li renmen yon kote li pa kapab rive fasil, oubyen eseye danse ak pitit ou, jwe ak li, woule atè ak li oubyen balanse ak li. Ankouraje pitit ou pran plezi l.

Jwenn fason ki enteresan e ki nòmal pou ankouraje pitit ou sèvi ak ti mis li yo (tankou mis ki nan dwèt li ak nan figi li). Paregzanp:
  • Kite timoun nan sèvi ak dwèt li pou l manje.
  • Ankouraje timoun nan pou li fè penti ak dwèt li, fè diferan bagay ak pat a modle.
  • Pratike fè grimas ak figi nou oubyen itilize men nou ak/oubyen figi nou pou nou fè jwèt.
Teknoloji ki fèt pou ede moun kapab itil pitit ou a: Mande pwofesyonèl ki evalye pitit ou kouman teknoloji ki ede kapab itil pitit ou. Men kèk egzanp teknoloji ki kab ede:
  • Konpitè ki gen ekran pou kominike.
  • Yon kiyè ki gen manch espesyal pou pitit ou a kapab bay tèt li manje (tankou sa ki a dwat yo)
  • Yon ekipman espesyal ki pou kenbe rad timoun lan pou li kapab mete li sou li.
Chèche konnen plis sou sa ou kapab fè pou pitit ou a: Poze anpil kesyon sou kouman ak ki sa ou kapab fè pou ede pitit ou a reyalize tout potansyèl li pandan w ap viv pwòp vi ou. Nan fè aktivite toulejou tankou manje, benyen, ale nan magazen, vwayaje nan machin, ak nan fè tout aktivite ak fanmi an w ap bay timoun nan okazyon pase pi bon moman ki kapab fè yon diferans nan kapasite li.

Ede pitit mwen an devlope ladrès nan langaj li:
  • Pale ak pitit ou: Lè ou pale ak pitit ou sa ankouraje devlopman ladrès langaj li. Paregzanp, lè w ap achte nan boutik ou kapab mansyone non chak bagay ou achte avan ou mete li nan charyo a. Pale avè l sou koulè ak fòm. Pitit ou aprann pale nan koute sa ou di.

    Si pitit ou ap eseye pale ak ou, ba li tan pou l reponn. Pitit ou kab gen anpil bagay pou l di, men sa kab pran tan pou li di sa li gen pou li di.

  • Jwe ak pitit ou: Pase tan chak jou ap jwe ak pitit ou, ap pale ak li. Ou kapab gen difikilte pou ou fè sa si ou gen yon fanmi ki gen anpil moun oubyen si lavi ou chaje anpil, men sa ap ede. Tep mizik timoun nan kapab pase pou li chante chante yo ansanm ak tep yo kapab bay bon rezilta.

  • Li ak pitit ou: Pandan w ap li idantifye sa ki nan desen yo pou ede devlope langaj timoun nan.

  • Mande terapet langaj timoun nan ki sa ou kab fè ak li lakay ou: Fè yo teste ladrès pitit ou a nan langaj. Pa enkyete ou si timoun nan poko nan laj pou l pale. Terapet langaj kapab teste timoun ki tou piti, menm ti bebe. Li pa janm twò bonè pou ou teste langaj timoun nan, espesyalman ti bebe oubyen yon timoun piti ki kapab genyen difikilte motris oral. (Sa vle di pwoblèm nan pale, mòde, moulen, vale akoz timoun lan pa gen kontwòl lang li, bouch li, ak de bò figi li).



return to table of contents

Kouman pou m degaje m nan sitiyasyon sa a?


Toudabò ou dwe pran swen tèt ou.


Lè yon moun genyen yon timoun ki gen yon andikap se yon gwo travay. Gen moman kè kontan ak selebrasyon, gen moman lapenn tou. Li fasil pou sitiyasyon sa a bay yon moun tèt chaje.

Si ou travay ak pitit ou, ou travay ak terapet li, doktè, pwofesè pitit ou, w ap fè anpil diferans nan lavi li. Men fòk ou fè tèt ou plezi tou. Sa pa vle di ou egoyis, men sa nesesè. Ou pa kapab ede pitit ou si ou travay depase epi ou toujou sou tansyon.

Chèche yon jan pou ou pran swen tèt ou. Pwochenn fwa zanmi w oubyen fanmi w mande w "ki sa m kapab fè pou m ede w?" ba yo gade timoun nan pou ou oubyen fè yo ba w yon kout men pou ou kapab gen yon ti tan pou tèt ou. Men kèk bagay ou kapab fè pou ou rechaje batri ou:

  • Fè yon bagay ki fè kè w kontan: Se kapab yon ti soti ak yon moun ou renmen, oubyen zanmi, se kapab pase plis tan nan douch oubyen yon pwojè ou imajine.


  • Egzèsis enpòtan anpil pou sèvo a, kò a ak lespri a. Ale mache pou yon bon bout tan, fè espò, al monte bekàn oubyen ale nan klas dans ayewobik --kèlkanswa sa ou pran plezi ladan li a.


  • Pale ak lòt paran ki gen timoun ki gen yon andikap: Òganizasyon "Parent to Parent of Miami" se yon bon kote pou ou kòmanse, w ap jwenn kèk bon konsèy la, pi yo kapab distrè ou epi ba w bon kouraj.


  • Pa pèdi espwa: Powèm ki rele "Welcome to Holland" lan rekonfòte anpil paran. Klike la a pou ou kapab li powèm "Welcome to Holland".


return to table of contents

Ki lòt fason yo kapab dekri Sendwòm Down?


Gen twa kalite Sendwòm Dawonn. Ou kapab tande doktè oubyen lòt moun k ap itilize mo sa yo. Pou plis enfòmasyon sou sa ki lakòz Sendwòm Dawonn nan, ale nan sit entènèt sa a "Your Genes, Your Health" nan adrès sa a Your Health website at http://www.ygyh.org/ds/whatisit.htm.

  • Trizomi 21: Se lè gen yon kowmozòm 21 anplis nan selil ovilè manman yon timoun oubyen selil spèmatozoyid papa yon timoun. Plis pase 90% timoun ki gen Sendwòm Dawonn eritye yon kwomozòm 21 anplis nan youn nan paran yo. Lè sa rive, se raman paran yo fè yon dezyèm timoun ki gen Sendwòm Dawonn.


  • Translokasyon: Sa rive lè genyen yon pati nan kwomozòm 21 ki sou yon lòt kwomozòm tankou kwomozòm 14. Yon moun ki gen Translokasyon trizomi 21 se yon moun ki gen 46 kwomozòm men li gen materyèl jenetik 47 kwomozòm. Moun ki gen Translokasyon trizomi 21 ap genyen menm karakteristik ak yon moun ki genyen Trizomi 21 estanda paske yo genyen twa kopi kwomozòm 21. Apeprè 5% timoun ki genyen Sendwòm Dawonn genyen yon translokasyon. Nan ka sa a, paran kapab fè yon dezyèm timoun ki gen Sendwòm Down.


  • Mozayis: Se lè yon moun genyen selil ki melanje kòmkwa sèten ladan yo genyen 46 kwomozòm epi gen lòt ki gen 47 kwomozòm. 2% a 5% timoun ki genyen Sendwòm Dawonn yo genyen Mozayis. Yon moun ki gen Sendwòm Dawonn mozayik kapab genyen tout karakteristik sentòm Sendwòm Dawonn oubyen yo kapab genyen kèk ladan yo oubyen yo kapab pa genyen okenn sentòm Sendwòm Dawonn yo, sa depan de pousantaj selil ki genyen kwomozòm siplemantè a ak ki kote selil sa yo ye.

return to table of contents

Èske anpil timoun ki genyen Sendwòm Dawonn nan?


Sendwòm Dawonn se youn nan konplikasyon jenetik (yon maladi paran kapab pase bay pitit) ki pi kouran ki lakòz retadasyon mantal. Apeprè 4,000 timoun fèt ak Sendwòm Dawonn oz Etazini chak ane. Yon tibebe sou 1,000 fèt ak Sendwòm Dawonn.

Plis laj yon manman ta genyen lè l pral akouche se plis chans li genyen pou l fè yon timoun ki gen Sendwòm Dawonn. Paske fi ki pi jenn fè plis timoun pase fi ki pi granmoun, 75-80% timoun ki gen Sendwòm Dawonn se pitit fi ki gen mwens pase 35 an. Risk pou fi ki gen 20 an fè yon timoun ki gen Sendwòm Dawonn se 1 sou 1,600 nesans. Risk pou yon fi ki gen 35 an fè yon timoun ki gen Sendwòm Dawonn se 1 sou 365 nesans. Risk la pou yon fi ki gen 40 an fè yon timoun ki gen Sendwòm Dawonn se 1 sou chak 100 nesans. Si ou gen yon timoun deja ki gen Sendwòm Dawonn, posiblite pou ou fè yon lòt timoun ki gen Sendwòm lan se 1 sou 100 oubyen 1%. Li kapab pi wo tou depan laj manman an ak si se translokasyon ki lakoz Sendwòm Dawonn nan.


return to table of contents

Ki sa sa vle di pou entelijans timoun ak kapasite pou yo aprann?


Lè yon timoun gen Sendwòm sa a, sa pa vle di li pa kapab aprann menm bagay ak lòt timoun. Men kantite sa yo aprann ansanm ak ki vitès yo aprann li kapab diferan. Pitit ou a kapab bezwen sipò espesyal ak plis tan pou li aprann. http://www.ygyh.org/ds/whatisit.htm.

Lè yon sikològ teste timoun nan li kapab di w nan ki pwen Sendwòm Dawonn lan afekte kapasite timoun nan genyen pou l aprann. Se yon evalyasyon san doulè e ki pa pran anpil tan.


return to table of contents

Èske genyen tretman pou Sendwòm Dawonn?


Pa gen tretman pou sendwòm sa a. Yo kapab egzamine yon kwomozòm ki rele karyotyòp pou yo konfime dyanostik Sendwòm Dawonn nan. Chak ka se yon ka espesyal. Men anpil entèvansyon (terapi, operasyon, oubyen medikaman) kab ede pitit ou a grandi epi devlope nan tout kapasite li. Men kèk nan entèvansyon yo:
  • Kineziterapi ede timoun devlope ladrès misk yo ki pèmèt yo sèvi ak gwo mis ki nan kò yo pou aktivite tankou chita ak mache. Terapi enpòtan pou amelyore fizik pitit ou a. Kòmanse terapi osito ou kapab.

    Yon kineziterapet dwe teste pitit ou a. Yon kineziterapet kapab montre ou ki egzèsis ou menm ak pitit ou kapab fè nan kay la. Yo kab sijere kèk aparèy ki pou ede pitit ou a ak pwoblèm li genyen nan fè mouvman.

  • Ègoterapi ede timoun ki gen pwoblèm ak jwenti yo ansanm ak mis yo aprann fè aktivite toulejou tankou manje, abiye epi benyen.

    Yon ègoterapet ede pitit ou a devlope ti mis nan kò li. Yo kapab fè li mete aparèy ki kab ede li tankou aparèy òtopedik, atèl oubyen plat.

  • Teknoloji ki kab ede ubyen ekipman yo fè pou ede moun ki gen yon andikap oubyen yon bezwen espesyal. Genyen anpil ekipman ki kapab ede pitit ou a fè bagay yon timoun nòmal kapab fè. Men kèk egzanp:
    • Konpitè ki genyen yon ekran taktil oubyen yon klavye ak lèt pou ede pitit ou a kominike.
    • Yon kiyè gwo manch pou ede pitit ou a manje.
    • Yon aparèy òtopedik oubyen yon ekipman pou ede pitit ou a mache.
Yon espesyalis nan teknoloji ki ede kapab ede w chwazi ekipman oubyen materyèl pou ede pitit ou a.
  • Terapi langaj kapab ede pitit ou a si li gen pwoblèm pou li pale, pou li kominike ak lòt moun oubyen pou li vale. Yon terapet langaj ki lisansye, pafwa yo rele yo patolojis, ap evalye pitit ou a epi l ap kapab ede li si li gen pwoblèm pale.



return to table of contents

Ki espesyalis pitit mwen an kapab gen nesesite pou li wè?


Pitit ou a kapab genyen pou li wè diferan espesyalis. Paregzanp:

Pedyat: Yon doktè ki trete timoun.

Kineziterapet: Se yon pwofesyonèl ki se yon espesyalis nan ede timoun amelyore fizik yo, amelyore fleksibilite jwenti nan bra yo, pye yo ak lestomak yo.

Pedyat Ègoterapi: Se yon pwofesyonèl ki se yon espesyalis nan ede timoun amelyore kondisyon jwenti yo ak mis yo. Terapet kapab ede paran timoun konprann enpak pwoblèm timoun genyen nan jwenti yo ak mis yo nan aktivite timoun yo fè chak jou, tankou abiye, manje. Ègoterapet kapab desine ekipman asistans pou timoun nan, li kapab fè sijesyon sou sa ki apwopriye.

Pedyat Òtofonis: Se yon pwofesyonèl ki se yon espesyalis nan evalye timoun, ak trete timoun ki gen pwoblèm kominikasyon (pwoblèm langaj) ak pwoblèm vale . Yo konn rele yon patolojis langaj terapet langaj oubyen patolojis langaj.

Pedyat Odyològ: Yon pwofesyonèl ki se yon espesyalis nan evalye timoun ki pa tande byen ak timoun ki gen lòt pwoblèm balans (vestibilè) ak tentman (zorèy kònen). Yo ede moun ki gen pwoblèm nan tande yo.

Pedyat Sikològ: Yon pwofesyonèl ki teste kapasite timoun pou yo aprann ak pou yo rezone. Lè sikològ la fè bon jan egzamen pou pitit ou a li kapab di w si Sendwòm Dawonn afekte kapasite pitit ou a pou li aprann. Egzamen sa a se yon egzamen san doulè e ki pa pran anpil tan.

Pedyat kadyològ: Yon doktè ki trete timoun ki gen pwoblèm kè.

Travayè sosyal ak konseye: Se pwofesyonèl ki bay fanmi timoun ak timoun sipò ak konsèy, li kapab ede kowòdone sèvis tou.

Kowòdonatè swen: Yon moun ki responsab pou li travay ak ajans yo pou li kowòdone sèvis ou dwe resevwa epi li kapab sèvi kòm kontak pou ede ou ak fanmi ou jwenn sèvis ak asistans.

Pwofesè edikasyon espesyal pou timoun anbazaj/ pwofesè edikasyon espesyal: Yon pwofesè ki gen fòmasyon pou l travay ak pitit ou a. Li konsantre atansyon li sou devlopman timoun lan epi nan travay ak ou pou li montre ou teknik pitit ou a kapab pwofite de yo.

Konseye jenetik: Yon pwofesyonèl nan domèn lasante ki ede moun k ap konsidere tès jenetik, k ap eseye adapte yo ak rezilta tès yo ak lè y ap konsidere tès depistaj ak mezi prevansyon.

Jenetisyen: Yon doktè oubyen yon konseye ki ede paran nan chèche konnen si pitit yo genyen yon maladi jenetik ou pa ki lakoz retadasyon mantal. Yon jenetisyen oubyen yon konseye jenetik ede fanmi konprann si gen posiblite pou pitit yo gen Sendwòm Dawonn oubyen retadasyon mantal.

Espesyalis sou teknoloji ki kab ede: Yon moun ki travay ak moun ki gen andikap pou li ba yo teknoloji ki kab ede yo rezoud pwoblèm yo genyen. Teknoloji pou ede moun oubyen aparèy ki ede moun ki andikape ak aktivite toulejou yo. Sa vle di manje, pale, deplase, travay, jwe. Yon espesyalis nan teknoloji ki ede okouran diferan opsyon pou ede pitit ou a viv lavi li. Mediked peye pou sèten ekipman.

Pedyat newològ: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan relasyon ki genyen ant ladrès timoun, konpòtman yo ak kapasite mantal yo. Pedyat newològ bay timoun egzamen epi yo trete timoun ki gen pwoblèm tankou pwoblèm nan devlopman, pwoblèm mantal, pwoblèm sikolojik, pwoblèm newolojik ak lòt kalite pwoblèm.


return to table of contents

Nan ki sit entènèt m kapab ale pou m sa konnen plis sou Sendwòm Dawonn?


National Down Syndrome Society www.ndss.org Se yon sit yo kreye an 1979 pou yo kapab bay piblik la enfòmasyon sou Sendwòm Dawonn, pou ede fanmi satisfè bezwen pitit yo lè yo fèt ak yon maladi jenetik; yo sipòte rechèch syantifik, yo ankouraje rechèch syantifik.

National Down Syndrome Congress www.ndsccenter.org Yon òganizasyon nasyonal pou defann moun ki gen Sendwòm Dawonn, li jwe wòl lidè nan tout domèn ki gen rapò ak Sendwòm Dawonn.

National Association for Down Syndrome www.nads.org Yon òganizasyon ki pa egziste pou fè pwofi paran ki te gen timoun ki gen Sendwòm Dawonn te fonde nan Chikago an 1961. Paran yo te vle kreye yon pi bon anviwònman ki te kapab pote konpreyansyon pou moun ki gen Sendwòm Dawonn.

Down Syndrome: For New Parents http://www.downsyn.com/ Yon sit entènèt entènasyonal paran ki gen timoun ki gen Sendwòm Dawonn kreye.

National Dissemination Center for Children with Disabilities http://www.nichcy.org/pubs/factshe/fs4txt.htm Se yon sant nasyonal enfòmasyon ki bay enfòmasyon sou andikap ak pwoblèm ki gen rapò ak andikap nan peyi Etazini. Sant lan konsantre sou timoun ak jenn moun.

Family Village http://www.familyvillage.wisc.edu/ Enfòmasyon, resous ak opòtinite pou kominikasyon nan inivèsite Wisconsin pou moun ki gen andikap koyitif ak lòt andikap.

Down Syndrome: Understanding the gift of life http://www.nas.com/downsyn Yon lis òganizasyon atravè lemonn, gwoup sipò ak katalòg jwèt pou timoun ki gen bezwen espesyal.


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen kapab li ak pitit mwen an?


Books for Parents:

Understanding Down Syndrome: An Introduction for Parents Se Cliff Cunningham ki ekri liv sa a. Liv sa a kouvri dènye metòd tretman yo, konsèy sou swen timoun piti ak granmoun, enpòtans konsèy pwofesyonèl ak teknik evalyasyon pandan gwosès.

Early Communication Skills for Children with Down Syndrome Se Libby Kumin ki ekri liv sa a. Liv sa a konsantre sou devlopman langaj kay timoun depi lè li fèk fèt jiskaske li kapab fè fraz ki gen twa mo nan laj 5 oubyen 6 an, sa kapab rive pi ta tou.

The Down Syndrome Nutrition Handbook: A Guide for Promoting Healthy Lifestyles Se Joan E. Medlen ki ekri liv sa a. Liv sa a konsantre sou bay tibebe lèt tete ak ba yo manje nan bibwon, nitrisyon de baz ak fizyoloji, maladi selyak, dyabèt, terapi altènatif, nitrisyon ak lekòl, kontwòl pwa, egzèsis, prepare manje ak planifikasyon meni, aktivite edikasyon.

A Parent's Guide to Down Syndrome Se Seigfried M. Pueschel ki ekri liv sa a. Liv sa a kouvri anpil sijè tankou dyanostik prenatal pou estimile devlopman gwo mis, ti mis, langaj timoun lan soti nan laj preskolè rive nan adolesans epi kontinye nan laj granmoun.

Babies with Down Syndrome Se Karen Stray-Gundersen ki ekri liv sa a. Liv sa a konsantre sou pwoblèm medikal ki gen rapò ak Sendwòm Dawonn, pran swen tibebe a, lavi fanmi an, kouman tibebe ou a ap devlope, entèvansyon bonè, edikasyon ak dwa legal.

Medical and Surgical Care for Children with Down Syndrome: A Guide for Parents. (1995). Men sijè ki nan liv sa a: pwoblèm kè, pwoblèm andokrinyen, pwoblèm po ak pwoblèm gastwoentestinal.

Liv pou frè ak sè:

Be Good to Eddie Lee Se Virginia Fleming and Floyd Cooper ki ekri liv sa a. Manman "Christy" toujou di li pou li aji byen ak Eddie Lee, yon timoun sou katye a ki gen Sendwòm Dawonn. Men Christy renmen kouri, li renmen jwe. Li pa enterese trennen Eddie dèyè li. Yon jou li te fè cho anpil pandan, Eddie Lee te bay Christy yon gwo leson. (Laj 4-8)

How Smudge Came Se Nan Gregory ki ekri liv sa a. Se istwa yon jenn madanm ki rele Cindy e ki genyen Sendwòm Dawonn. Yon jou li jwenn yon ti chen. Men yo pa asepte pou moun gen chen nan lokal kote li rete a. Kon sa, li oblije kache Smudge nan chanm li. (Laj 5-8)

Our Brother Has Down Syndrome: An Introduction for Children Se Shelley Cairo, Jasmine Cairo ak Tara Cairo ki ekri liv sa a. Liv sa a esplike Sendwòm Dawonn pou jenn timoun, espesyalman frè ak sè. (Laj 4-8)

We'll Paint the Octopus Red Se Stephanie Stuve-Bodeen ak Pam Devito ki ekri liv sa a. Lè Emma, yon timoun, tande li pral genyen yon ti frè a oubyen yon ti sè, li kòmanse panse sou tout aktivite l ap kapab fè ak ti bebe a. Men ti frè li a, Isaac, fèt ak Sendwòm Dawonn. Papa li esplike l ap toujou kapab fè tout aktivite li te imajine yo, men Isaac kapab bezwen plis tan, plis pasyans, ak plis èd pou li kapab fè yo. Genyen enfòmasyon sou Sendwòm Dawonn nan fen liv la. (Laj 4-8)

What's Wrong with Timmy? Se Maria Shriver ak Sandra Speidel ki ekri liv sa a. Liv sa a rakonte istwa Kate, yon timoun 8 an, ki remake, Timmy diferan. Yo pa mansyone Sendwòm Dawonn nan liv la, men yo dekri Timmy kòm yon timoun ki lan epi ki gen figi plat. Kate fè zanmi ak ti gason an. Men istwa a pa rete la. Dènye pati liv la konsantre sou Kate k ap poze Bondye kesyon sou pou ki sa li fè lavi di pou sèten moun, kouman paran Timmy santi yo akoz yo gen yon timoun tankou Timmy, epi ki jan yon moun santi li lè moun pase yo nan rizib. (Laj 5-9)

Where's Chimpy? Se Berniece Rabe, Kathleen Tucker ak Diane Schmidt ki ekri liv sa a. Foto an koulè yo ak istwa a konsantre sou jounen yon ti fi ak papa li. (Laj 4-6)

Videos for Children:

Baby Mozart. Yo rele li "the Mozart Effect,". Se lide ki fè kwè lè yo fè timoun tande mizik Mozart ak mizik lòt mizisyen klasik sa amelyore kapasite vèbal yo, entelijans espasyal yo, kreyativite yo, ak memwa yo.

Teletubbies: Nursery Rhymes. Pitit ou a ap renmen koute mizik King Pleasure ak mizik Biscuit Boys pandan y ap chante "The Duke of York" ak "Hickory Dickory Dock."

Sesame Street featuring Elmo. Pitit ou a ap renmen gade ekip Sesame Street la, espesyalman "Elmo's World."

Baby Bach. From the makers of "Baby Mozart." Pitit ou a ap renmen mizik la ak imaj yo.

Videos for Parents:

Down Syndrome: The First 18 Months. Se Will Schermerhorn ki fè videyo sa a. Videyo sa a se yon entwodiksyon ki ankourajan e ki reyalis sou lajwa ak defi timoun ki gen Sendwòm Dawonn bay paran yo nan premye peryòd kritik ki ant 18 ak 24 mwa.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.