Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa sa vle di: Domajman sèvo yon moun sibi oswa domajman sèvo yon chòk lakòz?


Domajman sèvo yon moun sibi se lè yon moun pran nenpòt domajman sanzatann ki fè sèvo li sibi yon domajman swa pou yon tan swa pou toutan. Lè se yon gwo frap ki lakòz domajman nan sèvo a, yo rele sa Domajman sèvo yon chòk lakòz. Yon domajman kon sa vle di se yon gwo gwo frap moun nan pran nan tèt tankou si l tonbe epi l frape tèt li atè oubyen si l frape tèt li nan yon aksidan machin.

Gargiulo, 2001 & Fletcher-Janzen, & Reynolds, 2004

Pou w ka konprann sa k pase lè sèvo yon moun sibi domajman, fò w panse a sa ki fòme yon sèvo ki an sante epi sa sèvo a fè. Sèvo a fèmen anndan zo tèt la. Zo tèt la sèvi kòm pwoteksyon pou kouvri sèvèl mou a. Sèvo a fèt ak newòn (selil pou nè yo). Newòn yo kreye wout oubyen koridò toupatou nan sèvo a, wout sa yo sèvi pou pote mesaj ale vini nan diferan pati nan sèvo a. Sèvo a sèvi ak mesaj sa yo pou fè kèk travay, tankou respire, fè kè a bat, kontwole tanperati kò a ak valè manje pou kò a pran. Mesaj yo kontwole jan n panse, mouvman kò nou fè, pèsonalite nou ak konpòtman nou. Se sèvo nou tou ki kontwole tout senk sans nou yo (wè, tande, pran gou, pran odè ak manyen). Chak pati nan sèvo a gen travay pa l pou l fè; chak pati nan sèvo a konekte ak lòt pati nan sèvo a pou yo fè travay ki pi konplike.

Brain Injury Association of America 2005

Lè yon moun gen yon domajman nan sèvo, sa aji sou travay newòn yo, wout ki nan sèvo a oubyen sa aji sou kèk pati nan sèvo a menm. Newòn oswa wout nan sèvo a ki sibi konsekans domajman yo gen dwa pa kapab pote mesaj pou di sèvo a sa pou l fè oubyen yo kapab gen difikilte pou yo fè sa. Sa ka chanje fason yon moun panse, fason li santi tèt li ak fason li fè mouvman ak kò li. Domajman nan sèvo ka chanje fason kò a travay, li ka aji sou tanperati kò a, bay pwoblèm tansyon oswa chanje fason yon moun konn ale o kabinè. Chanjman sa yo se kab chanjman ki dire yon ti bout tan oubyen yo gen dwa dire tout lavi. Kalite domajman sa yo kab lakòz kèk chanjman fèt oubyen yo kab lakòz moun nan pa kab fè yon bagay li te konn fè anvan.

Brain Injury Association of America 2005


return to table of contents

Ki siy ki komen ki fè konnen yon moun gen yon domajman nan sèvo oubyen yon moun gen domajman sèvo yon chòk lakòz?


Konsekans domajman nan sèvo varye anpil tou depan sa ki lakòz domajman nan sèvo a; moun nan gen dwa pa gen pwoblèm ditou oubyen li gen andikap ki grav. Nan ka kote yon moun gen yon ti domajman nan tèt, men ki ti pwoblèm li ka genyen:
  • Fatige pi souvan.
  • Pwoblèm pòte atansyon oubyen konsantre sou yon bagay.
  • Pwoblèm memwa oubyen kapasite pou sonje.
  • Mouvman mis yo vin ralanti sa ka dire kèk semèn oubyen kèk mwa e menm kèk ane.
Nan ka kote yon timoun gen domajman nan sèvo ki grav oubyen ki grav depase, yo kab entène l lopital pou kèk jou, epi l ap bezwen terapi espesyal ak tretman pou l ka reprann ladrès li pèdi.

Anpil timoun ki gen domajman grav nan sèvo kab an koma lè yo al lopital la (sa vle di yo pa konn sa k ap pase e yo pa kab revini a yo menm). Timoun sa yo kab vin reprann kèk ladrès nan kapasite yo te deja genyen ti pa ti pa, apre yon sèten tan. Gen timoun ki gen dwa andomaje pou tout rès vi yo.

Gargiulo, 2001, Heller et al., 1996 as cited in Gargiulo, 2001 & Educating Educators about ABI


Men kèk nan sentòm ki pi komen timoun konn genyen lè yo gen domajman nan sèvo:
  • Yo kab pèdi konesans apre domajman nan sèvo a.
  • Yo kab pèdi memwa yo apre domajman nan sèvo a, lè yo revini a yo menm apre yo te fin pèdi konesans. (yo rele sa amnezi apre yon chòk).
  • Pèsonalite yo ka chanje (sa vle di yo p ap aji oubyen reyaji menm jan yo te konn abitye fè sa anvan).
  • Y ap pèdi nan sa yo te deja konnen (ap gen yon chanjman nan kapasite pou yo panse ak pou yo reflechi). Chanjman yo ka varye anpil paske tout domajman nan sèvo pa menm.
  • Pati nwa ki nan mitan je a vin laj epi li pa ratresi lè li nan limyè (yo rele sa pipiy dilate).
  • Yo bouke fasil epi yo bouke souvan.
  • Yo pa pale byen (yo gen pwoblèm pou yo pale menm jan yo te konn pale anvan; yo kab pèdi lang yo te konn pale a oubyen yo gen dwa pa ka sonje kèk mo).
  • Yo kab vin gen pwoblèm konpòtman. Yo renmen fè deblozay oubyen yo renmen fache.
  • Yo pa kab travay byen lekòl oubyen yo pa fè bon nòt lekòl.
  • Yo kab pa ni grandi ni devlope nòmalman. Yo kab pran tan pou yo gen kèk ladrès oubyen yo gen dwa pa devlope ladrès sa yo menm.
  • Sa pran anpil tan pou yo rekipere yo; sa ka pran jiska senk an.
  • Yo pa menm ak lòt timoun ki gen menm laj avè yo. Sa vin pi klè plis tan ap pase, epi yo pa kab rive nan menm nivo ak lòt timoun parèy yo.



return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Lè w li anpil enfòmasyon sou domajman nan sèvo, ou deja fè yon gwo pa ann avan. Lòt etap ou ka suiv se pale ak paran yon timoun ki gen domajman nan sèvo. Yo pase anba sa w ap pase la a kounye a epi yo kab nan pozisyon pou yo ede w. Ou kab jwenn anpil sipò nan men gwoup tankou gwoup ki ap defann dwa timoun tankou "Parent to Parent of Miami". Dapre rechèch ki fèt, pi bonè ou kòmanse ede timoun nan, plis li pi bon pou timoun nan ak rès fanmi an.


Men lis kèk bagay ou ka fè pou ede pitit ou. Pa bliye, ou pa poukont ou.

"POU KÒMANSE"
MEN KÈK BAGAY MWEN KA FÈ POU M EDE PITIT MWEN KI VIN GEN DOMAJMAN NAN SÈVO OUBYEN KI GEN DOMAJMAN SÈVO YON CHÒK LAKÒZ


NAN ETA FLORID:
 Kontakte biwo Sèvis medikal pou timoun (Children's Medical Services (CMS)) pou w jwenn swen medikal pou pitit ou


 Travay ansanm ak reskonsab sèvis y ap bay pitit mwen an: Yon reskonsab sèvis se moun sa a k ap travay avèk ou ak pitit ou a, tankou pedyat, terapet fizik, pwofesè, direktè, yon ajan sèvis sosyal oswa nenpòt lòt pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay de pitit ou pase nenpòt ki lòt moun, e se oumenm ki prensipal moun ki kab enfliyanse lavi pitit ou. Men kèk pwen ou kab pale avèk reskonsab sèvis la::
  • Mete w alèz pou poze kesyon oswa bay lide pa w. Pèsonn pa konn pitit ou pi byen pase w. Pale klè dirèk de sa ou konnen sou pitit ou a, ak sa ou ta renmen konnen oubyen ou bezwen pou li. Pale fran sou sa w ap atann, sou tout enkyetid ou ta kab genyen oswa sou nenpòt bagay ou pa ta konprann.


  • Si ou panse pitit ou a gen yon bagay li bezwen an patikilye (tankou yon evalyasyon sou pawòl li oswa teknoloji pou èd espesyal), kontinye mande sa jiskaske yo reponn ou oswa jiskaske ou rive konprann rezon ki ta ka fè sa pa nesesè.


  • Si domajman nan sèvo pitit ou a grav anpil, ou kab oblije sèvi ak lopital lekòl leta nan zòn ou an oubyen ak pwogram ki vin fè lekòl pou timoun lakay yo pou w enstwi pitit ou a.
Pitit ou a gen dwa bezwen yon plan edikasyon seksyon 504, yon fason pou kab sèten ni pwoblèm edikasyon l ni pwoblèm sante l, y ap travay sou tout. Seksyon 504 la se yon pati nan Ak 1973 la yo remete kanpe. Lwa federal sa a pèmèt timoun ki kalifye, ki gen yon andikap, pou yo resevwa sèvis espesyal oswa sipò nan lekòl kote yo ye. Si w bezwen plis enfòmasyon sou Seksyon 504 la, ale sou sit entènèt sa a: http://www.hhs.gov/ocr/504.html

 Pran plis ransèyman: Tcheke plis sit entènèt. Li yon liv. Gade videyo sou domajman nan sèvo. Fè pitit ou ak lòt moun nan fanmi an gade videyo yo ansanm avè w. Pale ak lòt paran. Òganizasyon Parent to Parent of Miami ka ede w rankontre ak lòt paran epi ede ou jwenn anpil lòt sèvis tou.





 Pitit mwen an ap gen pou l mete yon braslè Alam medikal: Si l ta gen yon pwoblèm ijan, ap gen enfòmasyon enpòtan sou maladi pitit ou a nan braslè sa a, aladispozisyon moun ki ka ba l swen sante.

 Ankouraje pitit mwen pou l kab di kouman li santi l: Lè pitit ou ap pale, koute sa l di. Fè l konnen ou enterese nan sa li santi. Pitit ou bezwen pale sou santiman li genyen yo pou kondisyon li ka amelyore.

Asire w gen lòt granmoun ki renmen pitit ou a e ki la pou ede l. Terapet yo, konseye lekòl yo, sikològ yo, yo tout kapab rive fè yon timoun di yo kèk bagay yo gen dwa p ap vle di w oumenm. Timoun yo konn pè pou yo pa di paran yo kèk bagay pou paran yo pa fache oubyen pou paran yo pa gen tèt chaje. Lòt granmoun pitit ou fè konfyans yo kab koute yo lè kon sa.

 Kominike ak pwofesè pitit mwen an souvan: Mete pwofesè lekòl okouran kondisyon sante pitit ou a. Lè pitit ou lekòl, fò pwofesè a konnen epi fò l konprann kalite domajman nan sèvo pitit ou a genyen an ak ki konsekans sa ka genyen sou jan pitit ou travay lekòl. Mete pwofesè pitit ou okouran kondisyon sante timoun nan ak kouman li timoun nan retabli li. Pale ak pwofesè lekòl pitit ou a souvan epi pale tout bagay avè l.

 Mande lekòl pitit mwen an ransèyman sou sèvis terapi yo genyen ak lokal espesyal yo genyen: Kab gen konseye ak terapet ki disponib nan lekòl pitit ou a. Mande ki sèvis lekòl la genyen ki disponib.

 Aprann kouman pou w defann kòz pitit ou: Òganizasyon paran ki rele "Parent to Parent" ofri fòmasyon gratis tou sou kouman ou kab defann koze sou afè edikasyon epi yo gen manm ki kab al nan reyinyon lekòl yo ansanm avè w. Ou deja aprann kouman pou w defann kòz pitit ou a nan afè medikal li. Ou kab oblije fè menm kalite demach sa yo nan afè lekòl li. Kolabore ak pwofesè lekòl pitit ou a pou nou tabli sa nou ta vle pitit ou fè kòm travay nan lekòl la epi pou nou prepare yon plan edikasyon ansanm ki bon pou pitit ou a. Gen kèk lwa ak règleman espesyal ki kab ede w jwenn sa ki nesesè pou pitit ou. Chèche konnen sa lwa sa yo ak règleman sa yo ye.

Al pran ransèyman sou Plan endividyèl pou fanmi an ki pote non Angle "Individualized Family Support Plan (IFSP)". Ekip IFSP a dwe fòme avèk ou menm ansanm ak tout lòt pwofesyonèl ki dwe fè pati ekip pou pwogram ki pran ka timoun bonè lakay yo.

Prepare yon Plan edikasyon endividyèl sa yo rele ann Angle (Individualized Education Plan (IEP)). Men ki moun ki dwe nan ekip "IEP" a: ou menm ak pitit ou a, ansanm ak moun ki travay ak pitit ou nan lekòl la, pwofesè lekòl yo ak terapet la.

Mete Teknoloji pou èd espesyal nan plan IEP a depi sa apwopriye. Klike la a pou wè yon lis kèk Teknoloji ki ka ede timoun ki nan ka sa yo.

 Kreye kèk aktivite ki amizan pou ede pitit mwen an sonje enfòmasyon ki enpòtan: Sèvi ak pawòl ki fòme rim tankou nan pwezi, ak chante, ak aktivite ki gen mo pou ede pitit ou sonje enfòmasyon ki enpòtan. Yon lòt aktivite ankò ki amizan epi ki ede memwa a detann li se yon seri teknik yo sèvi pou ede memwa a. Teknik sa yo se yon seri fòmil ki pèmèt moun sonje yon seri bagay. Men yon egzanp: HOMES -- Huron, Ontario, Michigan, Erie ak Superior - pou fè yon moun sonje non senk Gran Lak yo.

 Tabli kèk woutin pou timoun nan pou sa l gen pou l fè chak jou epi suiv woutin yo: Si pitit ou gen woutin pou l suiv, sa ap ede li anpil paske li konn sa l gen pou l fè epi woutin li yo regilye. Prepare yon lis ki gen etap li dwe suiv pou l konplete yon bagay li gen pou l fè ki konplike. Woutin ede memwa. Plis pitit ou kab prevwa sa k gen pou fèt ak sa l ap atann, l ap gen mwens tèt chaje.

 Ankouraje pitit mwen souvan epi devan tout moun: Gen kèk bagay ki kab pa fasil pou pitit ou fè. Kle a se ankourajman, sa ede l ogmante konfyans li gen nan tèt li. Chak fwa l konplete yon etap nan yon bagay l ap fè, di li "bravo" epi mande l "Ki sa w ta fè kounye a?" Ba l bagay pou l ki fasil pou l reyisi. Melanje aktivite ki difisil ak aktivite ki fasil oubyen ak aktivite li renmen fè.

 Poze anpil kesyon sou domajman pitit mwen an: Kolabore ak ekip medikal la pou w ka konprann domajman pitit ou a ak plan yo fè pou trete li. Ou pa bezwen pè poze kesyon. Di ekip la sa w konnen ak sa ou panse. Fè kèk sijesyon.

 Suiv ki kalite tretman yo fè pou pitit mwen: Si ou gen yon katab, sa ka ede w klase dosye sou tretman pitit ou a. Ofiramezi pitit ou a ap amelyore, lè ou rankontre ak plizyè doktè, enfimyè ak lòt moun k ap pran swen li, make tout sa yo di w. Mete tout dokiman yo ba wou nan katab la oubyen mete yo nan bwat ou gen pou sa a. Si w ta vle montre yon lòt moun dokiman sa yo, fè fotokopi yo. Pa bay moun kopi orijinal ou genyen yo.

 Pran repo tanzantan: Sa ka pran anpil tan pou pitit ou a refè. Ou kab ede pitit ou a pi byen lè ou byen repoze w ak lè ou kab reflechi klè. Bay tèt ou yon repo. Si w bezwen bay tèt ou yon repo sa pa vle di ou se yon move paran pou sa. W ap ka fè travay ou kòm paran pi byen si ou byen repoze w.

 Fè pitit mwen patisipe nan sa k ap fèt chak jou: Ankouraje pitit ou pou l patisipe nan aktivite fanmi an ap fè ki amizan, jwèt y ap jwe kote pitit ou ka patisipe san pa gen danje nan sa. Li kab ri, li kab kouri, li kab fè ti konvèsasyon, tout aktivite sa yo enteresan epi yo bon pou li.


return to table of contents

Èske gen anpil timoun ki gen domajman yo pran nan sèvo oubyen domajman nan sèvo yon chòk lakòz?


Domajman moun pran nan sèvo oubyen domajman nan sèvo yon chòk lakòz se pwoblèm ki plis fè yo entène timoun lopital. Se domajman nan sèvo ki touye plis timoun. Timoun ki gen 10 a 14 an ak jèn moun ki gen 15 a 24 an se yo ki pi vit gen domajman nan sèvo yo. Gen apeprè 100,000 timoun pa ane ki entène lopital poutèt domajman nan sèvo. Gen yon lòt 100,000 timoun ki pa al dèyè tretman oubyen yo pran ka yo nan yon sant sante epi yo kite yo ale.

Fletcher-Janzen, & Reynolds, 2004



return to table of contents

Ki konsekans domajman nan sèvo kab gen sou sante pitit mwen an?


Sèvo yon timoun se yon ògàn ki toujou ap devlope. Sa vle di, plis timoun nan ap vin pi gran, li kab gen nouvo sentòm ki prezante plizyè ane apre domajman nan sèvo a. Gen kèk lòt timoun ki ka gen sentòm ki pa janm ale oubyen sentòm ki tounen tanzantan. Timoun ki gen domajman nan sèvo toujou ap plenyen di yo gen tèt fèmal, se bagay ki anpeche yo pòte atansyon a sa y ap fè oubyen ki fè yo pa ka konsantre sou sa y ap fè.

Dabitid premye sa doktè yo ak enfimyè yo fè pou kòmanse yon tretman, yo asire yo timoun nan respire byen, kè li bat nòmal, epi tansyon li nòmal. Premye bagay yon doktè fè, se chèche estope tout senyman ki ta ka genyen; apre sa, doktè yo konsantre sou chèche geri blesi yo.

Kou timoun nan rive nan yon pwen kote kondisyon medikal li san gwo danje, majorite timoun bezwen reyabilitasyon anvan yo retounen lekòl. Sa ka vle di timoun sa yo oblije suiv tretman espesyal oubyen terapi pou ede yo rekòmanse mennen aktivite yo te konn mennen anvan. Sa kab pran jiska senk an pou yon timoun fè mye oubyen pou l reprann aktivite li. An jeneral, se nan premye ane a timoun nan fè plis pwogrè. Ladrès pou l sèvi ak mis li yo, ladrès ki pèmèt li fè mouvman ak kò li, se yo ki retabli an premye. Lòt ladrès ki an rapò ak entèlijans li ki nan yon nivo ki pi wo (tankou kapasite li pou l reflechi, pou l rezone epi pou l pale nòmalman) se yo ki retabli an dènye.

Egzamen yon newològ fè (pou teste kapasite pitit ou pou l reflechi epi pou l rezone) kab ede planifye ki tretman yo kab fè pou li. Terapi pou jan l pale, terapi pou l mennen aktivite l, ak terapi fizik, anpil fwa terapi sa yo fè pati tretman li dwe suiv. Kapab gen lòt terapi nan tretman an tou tankou: sikoterapi pou timoun nan ak fanmi li, terapi pou ede l ak fason li aji ak terapi pou konpòtman li nan mitan moun.


return to table of contents

Ki sa domajman sèvo genyen kòm konsekans sou entèlijans timoun nan ak sou fason l ap aprann?


Chak domajman nan sèvo gen konsekans pa yo. Timoun ki gen domajman nan sèvo kab gen pwoblèm ki aji sou kapasite yo pou yo aprann ak kapasite yo pou yo rezone. Timoun sa yo kab bezwen moun ede yo lè yo fèk tounen lekòl apre yo te fin gen yon domajman oubyen apre yo fin fè yon operasyon. Valè èd y ap bezwen ap depann de degre domajman an, epi sa ka depann tou de ki valè tan yo genyen depi yo pa t al lekòl.

Pwoblèm timoun ki gen domajman nan sèvo pa menm ak pwoblèm timoun ki te fèt ak konplikasyon nan sèvo yo oubyen ak reta nan devlopman yo. Timoun ki gen domajman nan sèvo gen dwa gen kèk ladrès yo pa pèdi, menm apre yo fin gen domajman an. Paregzanp, yon timoun gen dwa kapab li ak ekri, men li gen dwa pa kab sonje sa l li. Gen kèk ladrès li genyen ki gen dwa sanble yo rete byen; gen kèk lòt ladrès ki kab pa fin anfòm nèt oubyen ki disparèt nèt.

Premye sa ki dwe fèt pou ede pitit ou a, se evalyasyon yon sikològ oubyen yon newosikològ ki kalifye (pou teste kapasite timoun nan pou l aprann, pou l reflechi epi pou l rezone). Evalyasyon sa a pral ede moun wè ki fòs pitit ou a genyen ak ki pwoblèm li genyen epi sa kab ede moun pran desizyon sou ki tretman ak ki sipò nan lekòl la k ap bon pou ede pitit ou a.

Fletcher-Janzen, & Reynolds, 2004



return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen kab bezwen al kote yo?


Pitit ou ka bezwen al kote plizyè kalite espesyalis nan afè sante. Paregzanp:

Pedyat: Se yon doktè ki espesyalize nan tretman timoun.

Pedyat pou devlopman ak konpòtman: Se yon doktè ki espesyalize nan fè dyanostik epi fè tretman pou timoun piti ki gen pwoblèm nan sistèm pou nè santral la, nan sèvo, nan kolòn vètebral epi nan zòn alantou sistèm pou nè yo.

Pedyat newochirijyen: Se yon doktè ki espesyalize nan fè operasyon pou timoun nan sèvo yo, nan kolòn vètebral yo, ak nan lòt pati nan sistèm pou nè yo.

Pedyat iwològ: Se yon doktè ki espesyalize nan maladi nan ògàn irinè (se pati nan kò a ki pwodui pipi, ki ranmase li, epi ki jete pipi a) pou fi ansanm ak ògàn irinè ak tout sèks gason.

Pedyat otolarengolojis: Se yon doktè ki espesyalize nan fè tretman pou pwoblèm nan zòrèy, pwoblèm nan nen ak pwoblèm nan gòj timoun.

Espesyalis domajman nan sèvo pou timoun: Se yon doktè, yon enfimyè ak lòt pwofesyonèl ki gen fòmasyon espesyal pou yo pran swen timoun ki gen domajman nan sèvo.

Pedyat sikyat: Se yon doktè ki espesyalize nan fè dyanostik epi trete timoun ki gen difikilte nan fason yo reflechi, ak jan yo santi yo oubyen ak konpòtman yo ki aji sou yo ak fanmi yo.

Pedyat sikològ: Se yon doktè ki teste kapasite pitit ou pou l aprann epi pou l rezone. Yon sikològ ki kalifye ki fè yon bon jan evalyasyon kapab fè w konnen si domajman pitit ou a te genyen nan sèvo li aji sou kapasite li pou l aprann. Evalyasyon sa a pa lakòz okenn doulè epi sa pa dire lontan.

Pedyat newosikològ: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan kapasite timoun nan pou l antann li ak lòt moun, nan konpòtman timoun, nan ladrès sèvo timoun. Newosikològ pou tibebe oubyen Newosikològ pou timoun fè tès ak tretman pou timoun ki gen pwoblèm devlopman mantal, pwoblèm mantal, pwoblèm sikolojik, ak pwoblèm nan nè yo.

Espesyalis nan analiz konpòtman: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan gade kouman timoun konpòte yo epi chèche jwenn ki fason pou timoun nan elimine konpòtman li genyen ki pa bon oubyen ankouraje l lè l gen bon konpòtman.

Terapet pou konpòtman: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan fòme granmoun ki gen timoun sou responsablite yo pou yo prepare yon plan pou konpòtman timoun nan. Plan sa a se pou yo swa elimine konpòtman ki pa bon nan timoun nan, swa ankouraje bon konpòtman lakay timoun nan.

Pedyat terapet fizik: Se yon pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon pou ede moun gen plis fòs nan mis yo epi pou yo ogmante kapasite mouvman nan jwenti bra yo, jwenti janm yo ak lestomak yo pou rann yo pi soup.

Pedyat pou aktivite okipasyon: Se yon pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon pou ede timoun ak jwenti yo ak mis yo. Terapet sa a ede kalkile konsekans sa yon timoun ap fè chak jou genyen sou kò li paregzanp, mouvman li fè pou l abiye, ak lè l ap manje. Lè fini tou, terapet la kapab ni prepare ni sijere kèk aparèy pou èd espesyal.

Pedyat terapet pou lapawòl ak langaj: Yon pwofesyonèl ki ni evalye ni trete twoub kominikasyon ki genyen (pwoblèm pale) ak pwoblèm pou vale yon bagay. Pafwa yo konn rele yon patolojis pou lapawòl ak langaj terapet pou lapawòl oswa patolojis pou lapawòl.

Ajan sosyal, konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy, ki sèvi kòm sipò sou plan emosyonèl pou timoun nan ak fanmi an, epi ki kapab fè kòdinasyon sèvis yo tou.

Kòdonatè pou swen yo: Yon moun ki reskonsab pou òganize tout detay atravè tout liy ajans yo epi ki kab sèvi tou kòm kontak pou ede w ak tout fanmi w jwenn sèvis ak èd nou bezwen.


return to table of contents

Ki sit entènèt ki ka ban m ransèyman sou domajman nan sèvo?


National Institute of Neurological Disorders and Stroke http://www.ninds.nih.gov/disorders/coma/coma.htm Sit entènèt sa a se sit Enstiti Nasyonal swen sante "National Institute of Health".

NICHCY http://www.nichcy.org/pubs/factshe/fs18txt.htm Sit sa a gen lis enfòmasyon sou gwo domajman nan sèvo.

NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/headandbraininjuries.html Sit sa a se yon bon jan lyen ki gen adrès lòt sit entènèt sou afè sante, se biwo Bibliyotèk medsin Ozetazini (U.S. National Library of Medicine) ak Enstiti nasyonal sou afè sante (National Institutes of Health) ki bay sèvis sa a.

Bandaids and Blackboard www.faculty.fairfield.edu/fleitas/contents.html Se yon bon sit entènèt pou timoun ant 10 a 14 an ansanm ak paran timoun ki gen pwoblèm sante.

Brain Injury Association of America Sit entènèt sa a gen anpil resous ak anpil enfòmasyon http://www.biausa.org/Pages/home.html


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen kab li ak pitit mwen an?


The Elephant Who Forgets: Nouvèl dezyèm edisyon Heather Snyder ak Susan Beebe (Desinatè), 2005. Se yon bèl liv timoun ki pale de yon ti elefan ki rele "Èlvenn," ki te gen yon branch bwa tonbe sou tèt li. Li pa kab konte fig li yo ankò, lè l al lekòl tèt li bouye, epi li pa kab antann li ak zanmi l. Li ale kay yon newològ se lè sa yo fè l konnen li pa yon move ti elefan, men li gen yon domajman nan sèvo kounye a. Liv sa a se pou timoun nan kindègadenn ak timoun nan klas primè.

All About Me (Liv sa a an Panyòl tou) Roberta DePompei & Bob Cluett, 1998. "Stupid," "weird" ak "dorky" se mo angle zanmi ak kondisip klas timoun sèvi pou rele sa ki gen domajman nan sèvo. Lè yon timoun ki gen domajman nan sèvo bezwen moun pou ede li plis, se lè sa a zanmi yo kab disparèt, yo kab anmède li, oubyen yo chare li. Liv sa a se yon liv ki fè timoun patisipe nan kèk aktivite pou ede yo konprann sa sa vle di lè yon moun gen domajman nan sèvo.

Timoun nan aprann kouman pou l dekri ki kalte kout men li bezwen lekòl, li sèvi ak yon lis epi li reponn kèk kesyon. Sa se yon bon zouti pou bay timoun leson epi pou terapet, pou pwofesè ak fanmi sèvi.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.