Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa ki eskolyoz la?


Eskolyoz se pa yon maladi, se plis yon mo ki esplike kondisyon kolòn vètebral (zo rèl do) yon moun ye lè kolòn nan fè yon koub ki fè l kwochi anpil anpil. Gen kèk koub ki nòmal nan kolòn vètebral la. Kèk kote nou abitye jwenn koub sa yo se nan nivo kou a, nan pati anlè nan do a ak nan pati anba nan do a. Nou bezwen koub sa yo nan kolòn nan pou ede pati anlè nan do a kenbe yon ekilib. Men koub ki nan kolòn vètebral la ki swa adwat swa agoch, se yo ki pa nòmal, e yo rele yo eskolyoz.

Yon timoun kapab fèt ak eskolyoz. Yon timoun kapab devlope pwoblèm koub adwat oubyen agoch sa a ofiramezi pandan l ap grandi. Nou pa konnen ki sa ki lakòz pi fò ka eskolyoz ki genyen. Kolòn ki devlope eskolyoz la kapab gen yon sèl koub ki fè l vin pran fòm yon C oswa de koub ki fè l vin pran fòm yon S.


return to table of contents

Ki siy mwen kab rankontre lakay pitit mwen an ki fè m konnen se yon ka eskolyoz?


Pi fò paran rive remake pitit yo gen do koube oswa kò a pa parèt dwat tou de bò (yon kote sanble pi wo pase lòt oswa timoun nan parèt panche). Men kèk bagay pou n veye byen:
  • Li mache ak tèt li yon bò.
  • Zo omoplat la (yon zo ki nan do zepòl la) parèt soti twòp.
  • Zo anch lan panche oswa yon bò nan anch lan oswa nan zepòl la parèt pi wo pase lòt kote a.
  • Li apiye sou yon bò plis lè l kanpe oswa lè l ap mache.



return to table of contents

Ki sa m kab fè pou m ede pitit mwen an?


Ou fè yon premye pa enpòtan deja, dèske ou li plis enfòmasyon ki genyen sou eskolyoz. Men tou ou kab pale ak lòt paran ki twouve yo gen pitit yo ki gen eskolyoz. Yo te pase sa w ap pase kounye a e yo gen dwa an mezi pou ede w. Epitou ou kab jwenn bon jan èd nan men gwoup paran ki kreye pou kore moun ak lòt gwoup ki la pou bay konsèy, tankou Parent to Parent of Miami. Gen rechèch ki montre nou plis nou kòmanse ede pitit nou pi bonè, se plis n ap jwenn pi bon rezilta pou timoun nan ak fanmi li.



Pi ba a w ap jwenn kèk lis pou w tcheke sou bagay ou kab fè pou w ede pitit ou.

BAGAY MWEN KAB FÈ POU M EDE PITIT MWEN

 Fè premye pa a:

Fè teste pitit ou a pou wè si l pa gen eskolyoz: Ou ta dwe fè teste pitit ou a pou wè si l pa gen eskolyoz, si ou ta remake nenpòt siy ki enkyetan. Suiv sitiyasyon an pou w kab sèten eskolyoz pitit ou a pa vin pi mal ofiranmezi tan ap pase. Lè fini tou ou kab byen bezwen pou wè espesyalis ki ka ede pitit ou a. (Gade seksyon sou Pwofesyonèl yo pou ka jwenn yon lis konplè.)

NAN ETA FLORID:
 Kontakte Children's Medical Services (CMS): pou kab jwenn swen medikal pou pitit ou:



 Travay ansanm ak moun k ap ede pitit mwen an: Moun k ap ede pitit mwen an yo se moun k ap travay avèk ou ak pitit ou a, tankou pedyat, terapet fizik, pwofesè, direktè, yon ajan sèvis sosyal oswa nenpòt lòt pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay sou pitit ou pase nenpòt lòt moun, se ou ki gen plis enfliyans sou lavi pitit ou. Reskonsab sèvis swen yo la pou ede w ak pitit ou. Men kèk pwen ou kab pale avèk reskonsab sèvis la:
  • Mete w alèz pou poze kesyon oswa bay lide pa w. Pale klè dirèk de sa ou konnen sou pitit ou a, ak sa ou ta renmen konnen oubyen sa ou bezwen pou li. Pale fran sou sa w ap atann, sou tout enkyetid ou ta kab genyen oswa sou nenpòt bagay ou pa ta konprann.

  • Si ou panse pitit ou a gen yon bagay li bezwen an patikilye (tankou terapi fizik oswa terapi sou yon aktivite kòm okipasyon), kontinye mande sa jiskaske yo reponn ou oswa jiskaske ou rive konprann rezon ki ta ka fè sa pa nesesè.

  • Pitit ou a gen dwa bezwen yon plan edikasyon seksyon 504, yon fason pou kab sèten ni pwoblèm edikasyon l ni pwoblèm sante l, y ap travay sou tout. Seksyon 504 la se yon pati nan Ak 1973 la yo remete kanpe. Lwa federal sa a pèmèt timoun ki kalifye, ki gen yon andikap, pou yo resevwa sèvis espesyal oswa sipò nan lekòl kote yo ye. Si w bezwen plis enfòmasyon sou Seksyon 504 la, ale sou sit wèb sa a: http://www.hhs.gov/ocr/504.html
 Chèche jwenn plis efòmasyon: Vizite plis sit Entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou pwoblèm eskolyoz la. Fè sa avèk pitit ou ansanm ak lòt manm fanmi an. Pale ak lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w rankontre ak lòt paran epi li kab ede w jwenn sèvis w ap chèche a tou.





 Toujou atantif pou ou koute: Ankouraje pitit ou did kouman li santi l. Koute byen sa pitit ou ap di lè l ap pale. Fè l konnen sa l santi yo reyèl.

 Pale ak pwofesè pitit mwen an: Esplike pwofesè a ki sa eskolyoz pitit ou a genyen an ye, epi ede pwofesè a konprann ki sa ki kab fèt pou ede pitit ou a. Pale souvan ak pwofesè a sou ki jan pitit ou a ap travay lekòl. Travay men nan men ak pwofesè a pou n ede pitit ou a reyisi nan etid li.

 M ap mande pwofesè pitit mwen an pou l:
  • Ni siveye ni aprann konnen siy ki montre pitit mwen an gen doulè oswa li fatige.
  • Pèmèt li fè yon poze, lè sa nesesè.
  • Pase men nan orè travay pa timoun nan si sa nesesè.
 Si pitit mwen an te fè operasyon epi l te fè yon tan li pa t al lekòl, prepare yon plan ak pwofesè a sou fason pou l retounen lekòl: Lè ou prepare pitit ou a ak kanmarad klas li yo pou sa, retounen l lekòl la ap pi fasil epi timoun nan ap jwenn sa amizan. Timoun kapab an reta nan travay lekòl la. Yo kab enkyete lè y ap reflechi ki fason lòt timoun ak gade yo ak ki fason y ap trete yo. Pale ak pwofesè a sou fason pou n rann sa pi fasil pou timoun nan. Men kèk bagay ou kab fè:
  • Pale souvan ak pwofesè a sou travay lekòl la ak devwa yo.
  • Sèvi ak yon kaye oswa ak bwat imel ou, pou w kab resevwa devwa timoun nan gen pou l fè ; kon sa l a fè yo lakay li oubyen nan lopital la, selon kote li ye a.
  • Mande pwofesè pitit ou a pou l esplike tout klas la ki esperyans pitit ou a fenk sot fè, ak ki sa ki kab fèt pou ede timoun nan rete sennesòf.
  • Mande pwofesè pitit ou a pou l kite timoun nan esplike kanmarad li yo sitiyasyon l ye a, limenm.


 Mwen dwe asire m pitit mwen an jwenn yon granmoun li fè konfyans pou l ka pale: Kèk fwa timoun yo pi fasil anvi pale ak yon granmoun ki pa paran yo. An jeneral, se paske yo pa vle paran yo enkyete. Timoun nan bezwen yon granmoun pou l pale lib. Anpil fwa, yon terapet, yon sikològ oswa yon pwofesè kapab fè ti konvèsasyon ak timoun nan, konvèsasyon li gen dwa p ap fè avè w.

 Fè pitit mwen an yon pati nan tout aktivite lavi toulejou: Ankouraje timoun nan pou l patisipe nan amizman fanmi an ap fè, nan aktivite ak jwèt ki kab fèt san okenn danje. Se bon bagay ki amizan lè moun ap ri, kouri, epi amize yo ansanm. Pale ak pitit ou a pandan tout jounen an sou nenpòt ki bagay w ap fè, menm anvan li kòmanse aprann pale.

 Si pitit mwen an se yon tibebe, m ap aprann kouman pou m fè masaj pou tibebe: Se fason solid pou gen bon jan koneksyon ant oumenm ak pitit ou a epi se yon aktivite ki fèt ak dousè. Sa bon pou ni bebe ou a ni pou ou e sa montre bebe a lavi kapab bèl tou, tout bagay pa oblije enkonfòtab oubyen an rapò ak swen medikal.


return to table of contents

Ki lòt fason ki genyen pou dekri eskolyoz?


Ou kab tande tèm ki pi ba yo swa nan bouch doktè w la oswa nan bouch lòt espesyalis:

Fòm eskolyoz ki pi komen an, se eskolyoz idiopathic, sa vle yo pa konn sa ki lakòz li. Anviwon 80% timoun ki gen eskolyoz idiopathic se fòm eskolyoz idiopathic pou jenn timoun yo genyen. Se yon eskolyoz ki devlope lakay jenn timoun nan moman yo pral fòme.

Gen divès kalte eskolyoz idiopathic, dapre laj timoun nan te genyen lè yo remake eskolyoz la:
  • Enfantil yo dekouvri sa ant lè yon tibebe fèt rive laj 3 an.
  • Jivenil yo dekouvri sa lè timoun nan nan laj 3-9 an.
  • Jenn moun yo dekouvri sa lè timoun nan nan laj 10-14 an, nan epòk kote li pral fòme.
  • Granmoun, apre kò yon moun sispann grandi.
Eskolyoz la kapab chita nan pati anlè nan do a (yo rele l toraksik) oswa nan pati anba nan do a (yo rele l lonbè), men an jeneral li devlope ant de pati sa yo.

Fletcher-Janzen & Reynolds, 2003, Scoliosis.com


return to table of contents

Èske gen anpil timoun ki gen eskolyoz?


Espè yo fè konnen gen 3 moun sou chak 100 moun ki gen eskolyoz nan yon nivo oubyen nan yon lòt. Mwens pase 1 pou san nan ka sa yo bezwen èd medikal. Sou chak 1000 timoun, gen 3 a 5 ki devlope yon koub nan kolòn yo ki ase gwo pou yo panche sou ka a epi pou chache tretman.

Eskolyoz atake 500 000 jenn timoun nan peyi Etazini. Eskolyoz parèt pi souvan lè timoun nan nan laj 10-13 an, lè timoun nan grandi yon sèl kou byen vit. Eskolyoz lakay tibebe ak timoun ki gen mwens pase 3 an, se yon bagay ki ra anpil.

Kòm eskolyoz kapab yon bagay familyal, yon timoun ki gen paran l, frè l oubyen sè l ki gen eskolyoz, se pou medsen fanmi an tcheke l regilyèman pou wè si li p ap devlope eskolyoz.

Fletcher-Janzen & Reynolds 2003



return to table of contents

Èske gen tretman pou eskolyoz?


Men kèk chwa oumenm ak doktè a kapab fè ansanm pou trete eskolyoz:

Aparèy (yon aparèy nan do a), oswa operasyon: Aparèy nan do a anpeche plis lòt koub vin devlope nan kolòn vètebral timoun nan ki deja gen koub kwochi grav nan kolòn li. Doktè mezire koub yo. Si yon timoun gen yon koub ki fè ant 25 ak 40 degre, yo konsidere se yon pwoblèm grav. Si timoun sa a poko fin grandi, nan ka sa a, yo chwazi mete aparèy pou li nan do a an jeneral. Paran an dwe konprann aparèy la pa pral fè koub la vin pi piti ni li pa pral fè l ale, men li itil pou evite koub sa a devlope plis.

Operasyon an, yo fè l lè eskolyoz la grav anpil anpil (koub la mezire plis pase 45 degre) ak lè aparèy pa kab fè anyen pou koub la. De premye rezon ki fè y ap fè operasyon an se (1) pou bloke koub la pou l pa devlope plis, yon fwa timoun nan vin gran epi (2) pou fè koub la vin pi piti. Men kèk bagay enpòtan nou dwe konnen pou operasyon an:
  • " Tan timoun nan ka pase lopital, an jeneral se 4 a 7 jou.
  • " Timoun nan ka kòmanse fè mouvman sou 2-3 jou kon sa, apre l fin fè operasyon an.
  • " An jeneral, timoun nan ka tounen lekòl sou 2 a 4 semenn apre operasyon an.
  • " Pitit ou a dwe al dousman, ann atandan zo yo ap pran (sa vle y ap grandi ansanm).
  • " Timoun nan dwe evite bese, leve chaj, tòde kò l pandan twa premye mwa apre operasyon an.
  • " Sèten timoun gen dwa bezwen yon aparèy òtopedik apre operasyon an.
  • " Pitit ou a dwe evite tout jwèt brital pandan 6 a 12 mwa apre operasyon an.
  • " An jeneral, pitit ou a ap gen randevou doktè souvan ak radyografi y ap fè pou li pandan yon ane oswa de ane apre operasyon an. Yon fwa zo yo byen pran, timoun nan pap oblije fè lòt tretman.
Yon timoun ki gen yon koub nan kolòn vètebral li ki mezire 70 degre, anvan operasyon.   Menm timoun nan apre operasyon. Koub la mezire 17 degre. Pou w kapab li istwa timoun sa a, klike la a.



return to table of contents

Ki sa eskolyoz vle di pa rapò ak entelijans pitit mwen an ak kapasite l pou l aprann?


Eskolyoz pa aji dirèkteman sou kapasite timoun genyen pou y aprann ni sou fason yo kab aprann, men li aji sou kalite lavi yo, e kon sa sa aji sou travay yo lekòl. Timoun ki gen eskolyoz ki grav anpil oswa ki te genyen li nan piti (0-3 an) kapab santi doulè, li kab pa rive respire nòmalman, epi sa limite li nan aktivite fizik li. Tout bagay sa yo mache ansanm pou bese konfyans timoun nan ta dwe gen nan tèt li epi sa aji sou sante emosyonèl li. Paran yo ak granmoun k ap pran swen yo kapab ede yo si yo toujou ba yo tan pou koute yo epi ede yo tou nan sitiyasyon gwo doulè ak fatig. Pwofesè yo kapab chanje orè lekòl li yo ak devwa y ap ba l lekòl la. Gen timoun ki bezwen terapi sou aktivite okipasyon oswa terapi fizik nan lekòl la.

National Scoliosis Foundation


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ta kab bezwen pou konsilte li?


Pitit ou a gen dwa bezwen diferan espesyalis swen lasante konsilte li. Tankou pa egzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan tretman pou timoun.

Pedyat òtopedis: Yon doktè ki espesyalize nan tretman timoun ki gen pwoblèm maladi zo, misk ak jwenti.

Pedyat chirijyen òtopedis: Yon doktè ki espesyalize nan opere timoun ki gen pwoblèm maladi zo, misk ak jwenti.

Enfimyè òtopedik: Yon enfimyè ki resevwa fòmasyon espesyal pou ede doktè nan tretman pou timoun ki gen pwoblèm maladi zo ak jwenti.

Pedyat terapet fizik: Yon pwofesyonèl ki itilize egzèzis ak mouvman pou ede timoun rann misk kò yo pi fèm epi pou rann jwenti yo pi soup.

Pedyat terapet pou aktivite okipasyon: Yon pwofesyonèl ki fòme pou ede timoun ak kondisyon jwenti li ak misk li. Li ede tou nan dekouvri ki pwoblèm jwenti sa yo ak misk sa yo kapab koze nan aktivite toulejou timoun nan, epi li sigjere egzèzis ak kèk aparèy pou èd espesyal.

Pedyat sikològ: Yon pwofesyonèl ki espesyalize ni pou evalye ni pou trete yon timoun ki gen pwoblèm emosyonèl, pwoblèm konpòtman ak lòt twoub. Lè fini tou, sikològ la kapab fè tès sikolojik ak evalyasyon pou timoun nan. Yon pedyat sikològ kapab bay konsèy epi li gen dwa se granmoun pitit ou a bezwen pou l fè konfyans lan.

Ajan sosyal, konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy, ki sèvi kòm sipò sou plan emosyonèl pou timoun nan ak fanmi an, epi ki kapab fè kòdinasyon sèvis yo tou.

Kòdonatè pou swen yo: Yon moun ki reskonsab pou òganize tout detay atravè tout liy ajans yo epi ki kab sèvi tou kòm kontak pou ede w ak tout fanmi w jwenn sèvis ak èd nou bezwen.

Espesyalis teknoloji pou èd espesyal: Se yon moun ki travay ak chak moun ki gen andikap pou l ka fè yo jwenn yon solisyon ki chita sou teknoloji pou èd espesyal, nan zòn kote pwoblèm nan ye a. Teknoloji pou èd espesyal oswa aparèy pou èd espesyal ede yon moun ki gen andikap, nan aktivite lavi toulejou li, tankou manje, pale, deplase, travay, jwe. Gen sèten sèvis ak aparèy pou èd espesyal Medicaid kouvri.


return to table of contents

Ki sit entènèt ki genyen kote m ka li plis bagay sou eskolyoz?


iScoliosis.com http://www.iscoliosis.com/ Sit ki pale sou eskolyoz pou timoun.

Scoliosis Research Society http://www.srs.org/ Se yon sit entènèt pou "Scoliosis Research Society", yon òganizasyon ki p ap travay pou fè lajan ki konsakre l nan edikasyon, rechèch ak tretman moun ki gen defo nan kolòn vètebral yo.

National Scoliosis Foundation http://www.scoliosis.org/

Mayo Clinic http://www.mayoclinic.com/health/scoliosis/DS00194 Konesans jeneral sou eskolyoz.

NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/scoliosis.html Yon sous lyen detaye, se yon sèvis Bibliyotèk nasyonal medsin ak Enstiti nasyonal lasante nan peyi Etazini.

Bandaids and Blackboard Yon gran sit pou timoun, jenn moun ak paran timoun ki gen pwoblèm medikal. www.faculty.fairfield.edu/fleitas/contents.html

KidsHealth http://www.kidshealth.org/kid/health_problems/bone/scolio.html Yon gran sit pou timoun ak jenn moun kapab konprann maladi yo genyen an pi byen.


return to table of contents

Ki liv espesyal ki genyen mwen kab li pou pitit mwen an?


There's an "S" on My Back: "S" Is for Scoliosis by Mary Mahony. This book will go a long way toward showing any child faced with wearing a new scoliosis brace what it's like to have scoliosis and what to expect. Told in the first person from a fifth-grade girl's point of view, the book takes you through the process from diagnosis to treatment.

Stand Tall, Harry (Paperback) by Mary Mahony, Susan Pasternack (Editor), Catherine Larkin (Illustrator). This is recommended for young readers ages 9-13.




return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.