Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa grèf yon ògàn ye?


Lè doktè retire yon ògàn nan kò yon moun pou l mete l nan kò yon lòt moun, yo rele sa transplantasyon oswa grèf ògàn. Yo fè transplantasyon pou yon moun lè ògàn pa l sibi yon domaj oswa li sispann fonksyone. An jeneral, sa ki konn lakòz se maladi oswa gwo blese, men tou yon move kondisyon medikal ka fè yon timoun fèt ak pwoblèm nan oubyen gen yon defòmasyon depi li fèt.

Se pa yon bagay ki fasil ditou pou timoun ki gen bezwen pou yo fè yon grèf ògàn pou li. Anvan pou yon fanmi rive jwenn moun ki ka bay yon ògàn, se bagay ki lakòz anpil emosyon ak anpil estrès. Lè fini gen chans pou lòt pwoblèm sante ki pa an rapò ak transplantasyon an vin devlope apre operasyon grèf la. E timoun ki bezwen yon ògàn, souvan yo malad anpil anpil oswa lavi yo an danje, anvan grèf ògàn sa a.


return to table of contents

Ki diferan fòm grèf ògàn ki genyen?


Men non grèf ògàn ki pi komen yo:
  • Fwa.
  • Ren.
  • Pankreya.
  • Ren/pankreya (transplantasyon sa yo kapab fèt ansanm).
  • Kè.
  • Poumon.
  • Kè/poumon (transplantasyon sa yo kapab fèt ansanm).
  • Trip.



return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Ou fè yon premye pa enpòtan deja, dèske ou li plis enfòmasyon ki genyen sou grèf ògàn. Men tou ou kab pale ak lòt paran ki twouve yo gen pitit yo ki te sibi yon grèf ògàn. Yo te pase sa w ap pase kounye a e yo gen dwa an mezi pou ede w. Epitou ou kab jwenn bon jan èd nan men gwoup paran ki kreye pou kore moun ak lòt gwoup ki la pou bay konsèy, tankou Parent to Parent of Miami. Gen rechèch ki montre nou plis nou kòmanse ede pitit nou pi bonè, se plis n ap jwenn pi bon rezilta pou timoun nan ak fanmi li.



Pi ba a w ap jwenn kèk lis pou w tcheke sou bagay ou kab fè pou w ede pitit ou. Sonje sa: ou pa poukont ou.

"KÒMANSE"
BAGAY MWEN KAB FÈ POU M EDE PITIT MWENKI SIBI YON GRÈF ÒGÀN


NAN ETA FLORIDA:
 Kontakte Children's Medical Services (CMS) pou kab jwenn swen medikal pou pitit ou:


 Fè evalye pitit mwen an: Evalye kapasite pitit ou a genyen pou l aprann (entelijans li) ansanm jan sèten kote nan kò l fonksyone, tankou memwa l, kapasite pou l swiv yon bagay, ladrès ki mache ak mouvman pou gade, ak devlopman langaj li. Se swa yon newosikològ oubyen yon sikològ ki gen esperyans nan travay ak timoun ki gen pwoblèm medikal espesyal, ki ka fè evalyasyon sa a pi byen. Sikològ la ka teste pitit ou a tou pou gade ki lekòl ki bon pou li oswa ki klas ki nivo li.

Timoun ki gen pwoblèm medikal grav anpil fwa yo an reta nan devlopman kapasite yo pa rapò ak lòt timoun. Si pitit ou a te gen yon maladi grav oswa yo te fè yon grèf ògàn pou li, li kapab resevwa èd espesyal anplis pou ede l ratrape li.

Si pitit ou a genyen ant 0 ak 3 an, yon ekip espè kapab evalye li gratis, atravè pwogram Early Steps  la. Pitit ou a gen dwa kalifye pou l resevwa sèvis gratis.


Si pitit ou a genyen ant 3 ak 5 an, kontakte Child Find/Florida Diagnostic ak Learning Resources System (FDLRS/South)  pou ede w nan evalyasyon yo ak verifikasyon. FDLRS kapab pale w tou de ki pwogram edikasyon espesyal ki genyen nan sèten lekòl leta. If your child is 3-5 years old, contact Child Find/Florida Diagnostic ak Learning Resources System (FDLRS/South)  for help with evaluations and assessments. FDLRS also can tell you about special-education programs in the public schools.


 Travay ansanm ak reskonsab sèvis y ap bay pitit mwen an: Yon reskonsab sèvis se moun sa a k ap travay avèk ou ak pitit ou a, tankou pedyat, terapet fizik, pwofesè, direktè, yon ajan sèvis sosyal oswa nenpòt lòt pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay de pitit ou pase nenpòt ki lòt moun, e se oumenm ki prensipal moun ki kab enfliyanse lavi pitit ou. Reskonsab sèvis swen yo la pou ede oumenm ak pitit ou. Men kèk pwen ou kab pale avèk reskonsab sèvis la:
  • Mete w alèz pou poze kesyon oswa bay lide pa w. Pale klè dirèk de sa ou konnen sou pitit ou a, ak sa ou ta renmen konnen oubyen ou bezwen pou li. Pale fran sou sa w ap atann, sou tout enkyetid ou ta kab genyen oswa sou nenpòt bagay ou pa ta konprann.


  • Si ou panse pitit ou a gen yon bagay li bezwen an patikilye (tankou yon evalyasyon sou kapasite l genyen pou l aprann), kontinye mande sa jiskaske yo reponn ou oswa jiskaske ou rive konprann rezon ki ta ka fè sa pa nesesè.
Travay ak bon jan pwofesyonèl pou pran bonè ak timoun nan, oswa nan lekòl li pou kab ekri IFSP oubyen IEP timoun nan yon fason pou sa koresponn ak bezwen timoun nan ansanm ak sa l kab fè. Asire w nan tout bagay sa yo, sèvis tankou patoloji sou devlopman langaj ladan tou, ansanm ak terapi fizik oswa terapi sou aktivite ki dwe fèt, si pitit ou a ta bezwen bagay sa yo tou.

 Chèche jwenn plis efòmasyon: Vizite plis sit Entènèt. Li yon liv. Gade yon dokimantè videyo sou grèf ògàn. Fè sa avèk pitit ou ansanm ak lòt manm fanmi an. Pale ak lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w rankontre ak lòt paran epi li kab ede w jwenn sèvis w ap chèche a tou.





  Pitit mwen an ap gen pou l mete yon braslè Alam medikal: Si gen yon ijans, bon jan enfòmasyon sou kondisyon timoun nan dwe disponib.

 Koute pitit mwen an souvan: Ankouraje pitit ou a pou l pale de sa l santi. Koute l lè l ap pale. Rekonèt sa l santi yo se bagay reyèl. Anpil timoun kapab pè yon grèf ògàn e nou ka konprann sa. Timoun nan ka santi yon laperèz oswa yon kriz depresyon apre transplantasyon an. Chita pale ak pitit ou sou sa l santi epi koute l toutbon.

 Bay pitit mwen an chans pou l pale ak yon granmoun li fè konfyans: Gen kèk fwa, timoun yo konn anvi pale de kèk bagay yo pa vle pale ak paran yo. Yo gen dwa panse sijè a kapab fè w gen lapenn oswa fè w pè. Yo gen dwa panse ou pral kwè yo estipid. Pitit ou a gen dwa gen pwoblèm sou ki jan pou l degaje l ak tout bagay apre grèf ògàn nan. Anpil fwa, yon terapet oubyen yon sikològ kapab fè yon timoun santi l alèz ase pou l pale de sijè sa yo avè l. Timoun gen dwa bezwen yon lòt granmoun yo fè konfyans pou ede yo ak sa yo santi.

 Pwoteje pitit mwen an kont solèy: Gen yon seri remèd ki kab lakòz timoun nan vin frajil pou solèy. Pwoteje pitit ou. Ekran pou solèy, chapo ak chemiz se bagay pou w itilize pou timoun nan lè n ap soti nan solèy.

 Montre pitit mwen bon teknik pou lave men l: Youn nan fason pou w ede pitit ou rete an sante, se fè l aprann pou l kenbe men l pwòp pou evite jèm mikwòb. Jèm yo lakòz enfeksyon. Montre pitit ou ki jan pou l lave men l ak savon ak dlo. Montre l pou l lave men l apre l sot nan twalèt, anvan l al manje epi nenpòt ki lè li fin manyen yon bagay ki pa pwòp oswa si li yon kote ki gen jèm. Pratike teknik lave men an. Fè l byen pou pitit ou kapab kopye sou ou. Montre tout moun nan fanmi a sa epi fè yo konnen pou ki sa.

 M pa pral mande pitit mwen an pou l okipe l de bèt nou gen lakay nou: Enfeksyon yo danjere anpil pou yon timoun apre yon grèf ògàn. Kòm kay chen, chat oswa kalòj zwazo ak bwat ki gen fatra gen anpil jèm, pa mande pitit ou pou l netwaye yo. Li kab gen yon chat oubyen yon chen, li kab konn ansanm avèk bèt la, men asire w li lave men l byen tanzantan.

 Pale ak pwofesè pitit mwen an: Pale souvan ak pwofesè pitit ou a epi asire w li o kouran kondisyon medikal timoun nan. Mande èd. Pwofesè timoun nan ak lekòl la kapab ede timoun nan kenbe nivo li nan lekòl la.

 Aprann plis bagay sou sèvis nan lopital oswa lakay: Dapre lalwa, lekòl piblik dwe ba w pwofesè pou vin jwenn pitit ou a nan lopital li ye a oswa lakay li, depi timoun nan pase anpil tan yo pa wè l lekòl, akòz pwoblèm sante li. Nan sèvis ki an rapò ak lopital oswa lakay la, timoun nan kapab jwenn terapet pou fè terapi pou li swa lakay li swa nan lopital kote li ye. Aprann ki jan pitit ou a kab kalifye pou sèvis sa yo. Parent to Parent of Miami oubyen lòt gwoup ki konn bay konsèy kapab ede w si w bezwen sa.

 Fè plan pou pitit mwen an pou l kab tounen lekòl: Travay ak pwofesè, konseye oswa ajan sosyal sou yon plan pou pèmèt pitit ou tounen lekòl (pou timoun ki pi piti ki gen dwa se premye antre lekòl yo, li enpòtan tou pou w travay ak lekòl la). Gen kèk timoun ki ka gen laperèz lè pou yo tounen lekòl apre yon maladi ki te dire anpil tan. Timoun nan ka bezwen pou l fè zanmi yon lòt fwa ankò. Ede kanmarad lekòl pitit ou a konprann ki sa ki grèf ògàn nan : mande pwofesè a pou l esplike yo sa. Oswa yon bagay ki ta pi bon toujou, si pitit ou a vle sa, mande pwofesè a pou l bay timoun nan pèmisyon esplike klas la sa, limenm.

 Prepare pitit mwen an pou kesyon lòt timoun ava mande l: Oumenm ansanm ak pwofesè pitit ou a kapab sigjere kèk repons senp pou kesyon timoun yo va mande. Fè yon ti pratik ak pitit ou a, pou ka ede l fè sa. Fè kòm si ou se yon kanmarad lekòl epi poze l kesyon yo.

 Si se yon bebe, mwen kab aprann ki jan pou m fè masaj pou li: Se yon bon jan mwayen fò pou w kab tou konekte ak bebe w la epi se yon aktivite soup pou nou tou de. Sa montre bebe w la tou lavi kapab gen bon moman tou, e sa pa toutan l ap santi l malalèz, l ap santi doulè oswa l ap anba " medikaman ".

 Fè pitit mwen patisipe nan tout bagay: Ankouraje pitit ou pou l patisipe nan aktivite fanmi an ap fè pou yo amize yo ak jwèt tout moun kab jwe san danje. Se bon bagay ki amizan lè moun ap ri, ap kouri ap pale tout koze. Pale tout jounen ak pitit ou konsènan bagay w ap fè, menm anvan timoun nan kòmanse pale.

 Planifye yon lè chak jou pou mwen menm ak pitit mwen jwe ansanm: Eseye pase yon tan chak jou pou jwe, pale ak pitit ou. Aranjman sa a gen dwa pa fasil pou fanmi k ap mennen yon mòd vi ki mouvmante, men l ap ede nou tou de santi nou pi byen. Pou kab jwenn lide sou fason ou kab jwe ak pitit ou, ale sou sit www.Parenthood.com

 Fè mizik vin yon pati nan lavi pitit mwen an: Mizik se yon gran mwayen pou nou pataje kèk moman ansanm epi li ban nou plezi. Eseye l nan machin nan. Gen anpil kasèt pou timoun kote tout moun ka chante ansanm. Pitit ou a ka aprann pawòl chante yo, an menm tan. Mizik kapab kalme, li kapab geri. Yo kreye mizik klasik pou fè devlopman sèvo fèt pi rapid.


return to table of contents

Èske yo fè grèf ògàn pou anpil timoun?


A nenpòt ki moman, ou kapab jwenn plis pase 80 000 timoun ak granmoun k ap tann yon grèf ògàn. Children's Organ Transplant Association. Anpil timoun ki ta kab gen tan mouri depi kèk lane deja akòz ògàn yo te sispann travay, jounen jodi a, yo kab viv yon vi konplè.

Children's Hospital www.childrenshospital.org



return to table of contents

Ki sa yon grèf ògàn reprezante pou sante pitit mwen an?


Anpil bagay, tankou ki ògàn yo fè grèf avè l la ak ki laj timoun nan, kapab aji sou jan yon timoun ye apre yon grèf ògàn. Kondisyon medikal timoun nan fè yon diferans tou sou ki jan timoun nan ye apre yon grèf ògàn. Pi fò timoun vin santi yo trè byen epi yo kab ale lekòl e yo mennen yon lavi nòmal, konplèt.

Sanble timoun gen plis konplikasyon ak plis rejè pase granmoun. Enfeksyon ak rejè se pi gwo danje pou pitit ou, nan ka sa yo. Lè kò timoun nan "rejete" nouvo ògàn nan, kò a pa kab fonksyone nòmalman. Sa enpòtan anpil pou w aprann ki fason ou kab kontwole timoun nan epi pou ba li remèd k ap anpeche rejè a. Lè ou ede pitit ou a evite kontak ak jèm oswa ak lòt moun ki malad, sa diminye fòs enfeksyon an. Lè fini tou, gen move chans pou l devlope kèk pwoblèm sante apre yon grèf ògàn, e pwoblèm sa yo gen dwa pa menm gen rapò dirèk ak nouvo ògàn nan. Ou dwe konsyan de pwoblèm sante sa yo:
  • Kè kase ak depresyon.
  • Dyabèt.
  • Pwoblèm lestomak.
  • To kolestewòl ki wo.
  • Tansyon ki wo.
Pou plis ransèymnan sou pwoblèm sante apre yon grèf ògàn, ale nan sit wèb Transplant Living souple. Se: http://www.transplantliving.org/afterthetransplant/default.aspx

Kè kase ak depresyon: Timoun yo ansanm ak fanmi yo vin fè fas ak yon nouvo mòd lavi, apre yon grèf ògàn - yon nouvo mòd lavi ki ka vini ak yon sitiyasyon malalèz, laperèz ak depresyon. Gen timoun ki enkyè pou fason yo kwè moun wè yo epi yo pèdi konfyans nan tèt yo. Gen lòt menm ki konn rete pafwa yo gen move jan. Genyen ki gen pwoblèm pou rete ak zanmi yo. Gen pwofesyonèl ki ka ede w ak pitit ou a pou n travay sou pwoblèm yo. Met sou sa, anpil timoun vin pè mikwòb anpil. Mande èd si ou ta remake pitit ou enkyè anpil oswa li fè depresyon.

Dyabèt: Medikaman kont rejè se medikaman yo bay timoun nan pou kò l pa "rejete" nouvo ògàn nan. Gen kèk medikaman kont rejè ki konn lakòz nivo sik nan san yon moun vin wo. Dyabèt se kondisyon lè nivo sik la vin wo nan san an men an jeneral, se yon sitiyasyon ki pa dire anpil tan. Ou rankontre ka sa a pi souvan lakay moun ki te deja gen manm nan fanmi yo ki te dyabetik ak moun ki twò gwo. Doktè kapab bay mwens medikaman kont rejè a oswa li ka chanje medikaman an, timoun nan tap pran an.

Pwoblèm lestomak: Se pwoblèm ki an rapò ak lestomak ansanm ak branch trip yo. Se yon pwoblèm moun souvan plenyen de li apre yo fin fè yon grèf ògàn. Timoun ki ap pran medikaman kont rejè konn fasil devlope maladi ilsè. Ilsè se tankou maling ki anndan lestomak la oswa nan trip yo, epi sa ki lakòz li se asid sou lestomak ki vin ogmante twòp. An jeneral, doktè ap gen pou l bay yon timoun ki gen pwoblèm nan lestomak li ak branch trip li remèd pou pèmèt kò a pwodui mwens asid.

To kolestewòl ki wo: Lè yon timoun gen anpil kolestewòl, veso kote pou san an pase yo vin bouche. Men sa ki nan ògàn yo transplante a kapab vin bouche. Si veso pou san pase yo bouche, san an pa ka sikile fasil fasil e pwoblèm sa a ki ralanti sikilasyon san an kapab aji sou nouvo ògàn nan. San an, se li ki pote oksijèn nan nouvo ògàn nan ak bagay ki pou nouri l. San yo, ògàn nan p ap kab rete an sante. Anpil medikaman kont rejè kapab fè kolestewòl la monte, epi sa vin aji sou anpil timoun ki fè grèf ògàn. Lè kolestewòl la twò wo a, sa kab antrene maladi kè tou.

Tansyon ki wo: Tansyon ki twò wo, se bagay ki komen tousuit apre yon grèf ògàn. Sèten medikaman kont rejè, ak maladi timoun nan soufir a, kapab lakòz pwoblèm tansyon wo a. Doktè pitit ou a kapab bay timoun nan medikaman pou trete tansyon wo a. E plis yo diminye kantite medikaman kont rejè a, tansyon an bese tou. Y ap kite medikaman kont rejè a nan yon dòz ki ba men k ap sifi pou fè kò a pa rejte ògàn nan, yon fason pou timoun nan rete an sante epi pou elimine kondisyon maladi yo.

United Network for Organ Sharing

return to table of contents

Ki sa yon grèf ògàn reprezante pa rapò ak entelijans pitit mwen an oswa kapasite l pou l aprann?


Si pitit ou a fenk sibi yon grèf ògàn, dènye mwa yo kapab te bay ni oumenm ni limenm anpil laperèz - ak anpil fatig tou san dout, pou tout fanmi an. Men kounye a, bagay yo dwe vin pi byen. Kòm pitit ou a kòmanse fè mye, ou kapab bezwen pou wè gran gran amelyorasyon. Anpil timoun ki gen yon grèf ògàn ap viv nòmalman e yo fè tout aktivite yo. Men pral gen plis bagay pou oumenm ak fanmi w fè, pou n aprann tou. Pitit ou a dwe al nan vizit doktè souvan, e w ap gen pou ou veyatif anpil avèk kesyon move efè ki ka genyen akòz medikaman kont rejè yo.

Anpil timoun ki ak yon grèf ògàn pa gen anyen ki jan nan nivo entelijans yo (kapasite pou yo rezone, pou panse) oswa nan kapasite pou yo aprann. Men gen kèk timoun piti oswa jenn timoun ki kab vin ralanti nan fason yo aprann, apre yo fin fè yon transplantasyon. Sa ka gen rapò ak tan timoun nan fè malad, kote l pa t grandi ni devlope menm jan ak lòt timoun.

Anplis sa, gen kèk medikaman pitit ou a konn ap pran apre yon grèf ògàn ki kab rann li lou lè l ap suiv yon bagay oswa l mal pou l konsantre l. Sa kab aji tou sou kapasite timoun nan pou l kontwole ti misk nan kò l (tankou dwèt li lè l ap ekri). Sa kab fè l parèt kòm si l te gen pwoblèm pou l aprann.

Si w remake kèk difikilte kon sa, pale ak doktè timoun nan. Anpil fwa, timoun yo gen gwo amelyorasyon fizik e yo kòmanse santi yo byen. Menm pou aprann sèten teknik, yo amelyore tou, e yo vin travay pi byen lekòl. Kon sa tou vin gen yon amelyorasyon nan kapasite l pou l antann li ak lòt timoun epi jwe ak lòt timoun.

Pandan yon sèten tan, apre grèf ògàn nan, pitit ou a ap gen enfeksyon fasil fasil, yon "mikwòb" oswa yon grip. Gen sèten paran ki diminye chans pou sa ta rive, paske yo kenbe pitit yo lakay yo, lwen lòt timoun, ann atandan yo vin pran fòs. Gen paran ki chwazi pou yo fè lekòl pou timoun nan lakay. Kèlkeswa sa w chwazi fè a, kenbe pitit ou lwen moun ki malad.


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ta kab bezwen pou konsilte li?


Pitit ou a gen dwa bezwen diferan espesyalis swen lasante konsilte li. Tankou:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan tretman pou timoun.

Pedyat chirijyen: Yon doktè ki espesyalize nan opere timoun.

Ekip pedyat pou grèf: Yon gwoup doktè, enfimyè ak lòt pwofesyonèl lamedsin ki espesyalize nan fè grèf ògàn pou timoun. Yo pran swen timoun nan tou menm apre grèf la fin fèt.

Pedyat sikyat: Yon doktè ki espesyalize nan dekouvri pwoblèm ki mare ak kesyon sa timoun ak fanmi yo panse, sa yo santi oswa jan yo konpòte yo. Li pote tretman pou pwoblèm sa yo.

Pedyat sikològ: Yon pwofesyonèl ki va teste kapasite pitit ou a pou l aprann oswa pou l reflechi. Yon evalyasyon (tès) byen apwofondi, yon sikològ ki kalifye fè, ap kapab di w si yon maladi ki dire anpil oswa yon grèf ògàn aji sou kapasite pitit ou pou l aprann. Sikològ la kapab teste pitit ou a tou pou konnen ki lekòl ki pi bon pou yo mete l ak nan ki nivo. Evalyasyon an pa gen oken doulè ladan e se yon bagay ki fèt byen vit, an jeneral.

Ajan sosyal, konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy, ki sèvi kòm sipò sou plan emosyonèl pou timoun nan ak fanmi an, epi ki kapab fè kòdinasyon sèvis yo tou.

Kòdonatè pou swen yo: Yon moun ki reskonsab pou òganize tout detay atravè tout liy ajans yo epi ki kab sèvi tou kòm kontak pou ede w ak tout fanmi w jwenn sèvis ak èd nou bezwen.


return to table of contents

Ki sit entènèt ki ka pèmèt mwen aprann ki fason m ka ede pitit mwen?


United Network for Organ Sharing http://www.unos.org/ Yon sit ki itil anpil, ki ofri resous moun kab telechaje. Pami materyèl sa yo, gen yon ti liv 10 paj ki rele "Organ Transplants: What Every Kid Needs to Know." Klike sou "Transplant Living" ki anlè sou bò dwat ekran an, pou kab jwenn enfòmasyon sou moun k ap viv ak yon grèf ògàn.

NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/cerebralpalsy.html Yon sous lyen detaye, se yon sèvis Bibliyotèk nasyonal medsin ak Enstiti nasyonal lasante nan peyi Etazini.

Bandaids and Blackboard http://www.lehman.cuny.edu/faculty/jfleitas/bandaides/sitemap.html Yon gran sit pou timoun, jenn moun ak paran timoun ki gen pwoblèm medikal.

Children's Organ Transplant Association http://www.cota.org Asosyasyon ki rele "Children's Organ Transplant Association" bay èd lajan yo rasanble pou timoun oswa jenn moun ki bezwen yon grèf pou sove lavi yo, epitou li ankouraje moun pou bay ògàn, mwèl ak tisi ki nan kò a.

Early Steps www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Rechèch sou efòmasyon ki espesyal nan Florida.

Donate Life http://www.organdonor.gov/ Sit sa a bay enfòmasyon sou jan yo bay ògàn epi li mennen sou lòt sit ak resous lokal oswa ki depann de Leta, pou kesyon bay ògàn.


return to table of contents

Ki liv espesyal ki genyen mwen ka li ansanm ak pitit mwen an?


To the Edge and Back: My Story from Organ Transplant Survivor to Olympic Snowboarder Chris Klug ak Steve Jackson. Liv la rakonte istwa yon atlèt ki te bezwen yon grèf ògàn. Istwa a mache dapre jan fanmi ki te bay ògàn nan ak moun ki resevwa l te viv sitiyasyon an. (Pou jenn moun ak granmoun)

Now Caitlin Can: A Donated Organ Helps a Child Get Well yon liv Ramona Wood, ekri ki chita sou yon istwa ki vre. Liv la pale de yon timoun ki rele Caitlin e se dapre jan frè li Freddie te viv sitiyasyon an, istwa a mache. (Pou timoun laj 4 a 8 an)

Organ Transplants: What Every Kid Needs to Know. Liv sa a se United Network for Organ Sharing ki pibliye l epi ou ka jwenn li gratis pou telechaje nan http://www.unos.org/SharedContentDocuments/Childrens_Brochure(1).pdf


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.