Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa ki pwoblèm metabolis?


Yon pwoblèm metabolis se yon bagay ki rive lè kò yon moun pa kab kraze manje pou fè l desann nan kò a, fason sa ta dwe fèt. Sa kab vin lakòz gen yon depo materyo danjere ki fòme nan kò a oubyen kò a kapab gen twò piti nan kantite materyo li bezwen pou l fonksyone a. Sa kab mete timoun nan sitiyasyon pou l vin gen anpil pwoblèm sante, tankou reta mantal, koma e menm lanmò ka mete pye.

Lè tès yo fè pitit ou pou pwoblèm metabolis la pozitif, premye devwa ou kòm paran oswa reskonsab swen sante (devwa ki pi enpòtan an), se suiv dayèt ak rekòmandasyon doktè oswa espesyalis nan koze nouriti bay pou yo suiv yo. Yon espesyalis nan kesyon nouriti kapab travay ansanm avè w ak pitit ou a pou timoun nan ka fè yon dayèt k ap rezoud pwoblèm li.


return to table of contents

Ki siy ki pi komen ki fè moun rekonèt pwoblèm metabolis?


Siy ki ka fè moun rekonèt pwoblèm metabolis yo kapab diferan youn de lòt. Tèlman gen plizyè fòm nan maladi sa a, se pa yon sèl gwoup sentòm ki genyen pou yo. Fason ou ka dekouvri si pitit ou a gen youn nan ra maladi sa yo, se fè tès pou li (Pale ak doktè oubyen pedyat fanmi an). Divès siy pitit ou a ka prezante nan ka sa yo:
  • Reta nan devlòpman.
  • Reta mantal.
  • Yon ti tèt piti ki pa nòmal.
  • Pwoblèm wè byen.
  • Tande di.
  • Vomisman oswa dyare.
  • Yon odè ki pa nòmal nan pipi oswa nan kò.
  • Kriz.
  • Feblès oswa difikilte pou fè egzèsis.
  • Fatig ase souvan.



return to table of contents

Ki sa m kab fè pou m ede pitit mwen an?


Ou fè yon premye pa enpòtan deja, dèske ou li plis enfòmasyon ki genyen sou pwoblèm metabolis. Yon lòt pa ou kab fè, se pale ak lòt paran ki twouve yo gen pitit yo ki gen pwoblèm metabolis. Yo te pase sa w ap pase kounye a e yo gen dwa an mezi pou ede w. Epitou ou kab jwenn anpil èd nan men gwoup paran ki kreye pou kore moun ak lòt gwoup ki la pou bay konsèy, tankou Parent to Parent of Miami. Gen rechèch ki montre nou plis nou kòmanse ede pitit nou pi bonè, se plis n ap jwenn pi bon rezilta pou timoun nan.


Pi ba a w ap jwenn kèk lis pou n tcheke sou bagay ou kab fè pou w ede pitit ou. Sonje sa: ou pa poukont ou.

Fè premye pa a

NAN ETA FLORIDA:
 M ap fè evalye pitit mwen an: Si yo dekouvri pitit ou a gen pwoblèm metabolis, espesyalis sipoze evalye li pou wè si pa gen reta nan devlopman li. Evalyasyon an gratis epi l ap ede w konnen si pitit ou a bezwen sèvis espesyal. Sèvis sa yo kapab se kòdinasyon sèvis pou fanmiy, terapi fizik, terapi sou diferan aktivite pou timoun nan, sèvis sou plan edikasyon oswa terapi pou kesyon lapawòl.

Pou timoun ki fenk fèt rive laj 3 an, w ap jwenn klinik Early Steps yo nan chak konte nan Florida. Pou kab jwenn klinik Early Steps ki nan zòn pa w la, pale ak pedyat la oswa ale sou sit entènèt sa a:


Si pitit ou gen ant 3 a 5 an, Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS) ap fè evalyasyon gratis pou li.



 Travay ansanm ak reskonsab sèvis y ap bay pitit mwen an: Yon reskonsab sèvis se moun sa a k ap travay avèk ou ak pitit ou a, tankou pedyat, terapet fizik, pwofesè, direktè, yon ajan sèvis sosyal oswa nenpòt lòt pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay de pitit ou pase nenpòt ki lòt moun, e se oumenm ki prensipal moun ki kab enfliyanse lavi pitit ou. Men kèk pwen ou kab pale avèk reskonsab sèvis la:
  • Mete w alèz pou poze kesyon oswa bay lide pa w. Pale klè dirèk de sa ou konnen sou pitit ou a, ak sa ou ta renmen konnen oubyen ou bezwen pou li. Pale fran sou sa w ap atann, sou tout enkyetid ou ta kab genyen oswa sou nenpòt bagay ou pa ta konprann.


  • Si ou panse pitit ou a gen yon bagay li bezwen an patikilye (tankou yon evalyasyon sou kapasite lapawòl li oswa teknoloji pou èd espesyal)... kontinye mande sa jiskaske yo reponn ou oswa jiskaske ou rive konprann rezon ki ta ka fè sa pa nesesè.


  • Travay ak bon jan pwofesyonèl pou pran bonè ak timoun nan, oswa nan lekòl li pou kab ekri IFSP oubyen IEP timoun nan yon fason pou sa koresponn ak bezwen timoun nan ansanm ak sa l kab fè. Asire w nan tout bagay sa yo, sèvis tankou patoloji sou devlopman langaj ladan tou, ansanm ak terapi fizik oswa terapi sou aktivite ki dwe fèt, si pitit ou a ta bezwen bagay sa yo tou.
 M ap fè teste pitit mwen an pou dekouvri maladi ki ra yo, si sa nesesè: Bon, ki jan m ka konnen si m dwe mande pou yo fè tès pou pitit mwen an? Pale ak responsab swen sante pitit ou a sou kalte tès sa yo:
  • Èske gen lòt timoun pami pitit ou yo ki gen yon pwoblèm metabolis?
  • Èske gen moun nan fanmi w ki gen pwoblèm metabolis oswa kèk lòt pwoblèm?
  • Èske gen swa tibebe oubyen timoun pitit nan fanmi w ki te mouri epi doktè te panse se ta kab pwoblèm metabolis ki te lakòz?
  • Èske w gen nenpòt ki lòt rezon ki ta fè ou enkyete pou pitit ou ta gen yon maladi?
(kidshealth.org, 2005)


Yo fè tès san pou tout bebe lè yo fèt. Doktè a pike tibebe a nan talon. Li pran yon ti gout san bebe a epi li teste l pou plizyè kalte pwoblèm posib. Yo rele sa yon tès inivèsèl. Nan Florida, yo teste bebe pou 30 kalte pwoblèm metabolis. Yo ka teste bebe ki fèt pou plis pase 50 maladi ki ra. Pri tès anplis sa yo ka koute se ant $30 ak $90.

M ap chèche jwenn plis efòmasyon: Vizite plis sit Entènèt. Li yon liv. Gade yon dokimantè videyo sou pwoblèm metabolis la. Fè sa avèk pitit ou ansanm ak lòt manm fanmi an. Pale ak lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w rankontre ak lòt paran epi li kab ede w jwenn sèvis w ap chèche a tou.





 M ap suiv tout rekòmandasyon responsab swen pitit mwen an bay pou swen timoun nan: Yon fwa yo dekouvri pitit ou a gen pwoblèm, ou dwe chita ansanm ak pedyat la pou nou pale de tout medikaman, sipleman pou dayèt, dayèt espesyal oswa tretman ak terapi pitit ou kab bezwen.
  • Suiv tout rekòmandasyon byen detaye yo bay, tout sipleman pou dayèt, medikaman ak terapi doktè a mande.
  • Lè ou suiv tout sa doktè pitit ou a rekòmande, sa kab diminye oswa anpeche konsekans pwoblèm ka vin lakòz.
  • Patisipe nan tout terapi yo, epi suiv tout sijesyon terapet yo oswa edikatè yo bay. Ou kab pratike anpil aktivite terapet la oswa edikatè a prezante san se pa pandan sesyon terapi yo.
 M ap fòme tout fanmi an nèt, yon fason pou yo ka ede: Fòme pitit ou a byen bonè, pou l kab konnen pou ki sa yo dwe fè anpil atansyon nan manje y ap manje. Bay tout lòt manm fanmi an posiblite pou yo patisipe. Pinga ou annik konsantre sou sèl timoun sa a epi w bliye tout lòt moun.

 M ap ede pitit mwen an nan sa l ap aprann ak fason pou l kominike ak lòt:
  • Li liv oswa gade desen nan liv chak jou ak pitit ou a. Nou chak fè tou pa nou, nan pale de desen oswa foto ki nou wè oswa de sa ki vin apre nan istwa a.
  • Pale souvan ak pitit ou a: Di timoun nan ki sa w ap fè epi dekri sa w ap fè a: "M ap pliye rad pwòp yo. Yon chemiz wouj. Men yon chosèt ble ; men yon lòt grenn chosèt ble. Mwen gen de chosèt ble." Pale de ki sa w ap achte nan boutik la: "Yon bwat sereyal. De bwat sereyal. Men kèk fig jòn la a, ak kè pòm wouj. Nou bezwen lèt ak yon bon valè ze."
  • Ankouraje pitit ou a pandan l ap aprann pale oswa fè jès. Fè timoun nan di mo oswa fè jès pou l di w sa l ap di w la. Sa ede l devlope kominikasyon an. Si pitit la ap eseye reponn ou, ba l tout tan l bezwen pou l reponn. Li gen dwa gen anpil bagay pou l di, men sa kab pran anpil tan pou l soti.
  • Jwe avèk pitit ou a: Pase tan chak jou ap jwe oswa pale ak pitit ou. Aranjman sa a kab di pou fanmi ki gen yon mòd lavi aktif. Men sa ede anpil fwa. Kasèt mizik kote timoun nan ka chante pandan kasèt la ap jwe, sa ka bay bon jan rezilta.
  • Mande responsab sèvis swen pitit ou a ak terapet li ki sa ou kab fè lè n lakay.

return to table of contents

Ki jan m kab debwouye m ak tout bagay sa yo?


Tou dabò, ou bezwen pou w pran swen tèt ou!


Lè ou gen yon timoun ki gen yon andikap, se yon bagay ki rèd. Wi, gen moman kote nou kab kontan n ap fè fèt, men gen lòt moman kote nou gen kè n k ap rache tou. Se yon bagay ki fasil pou w kite sitiyasyon an depase w.

Men wi ou ka rive fè yon diferans nan lavi pitit ou a, lè ou travay avè l ansanm ak terapet li, doktè li oubyen pwofesè li. Men anvan ou okipe w de nenpòt ki lòt moun, ou bezwen janti ak pwòp tèt. Lè ou pran swen tèt ou, sa pa vle di ou egoyis, men pito se yon bagay ki nesesè. Ou pa kab ede pitit ou a si ou fè twòp simenaj epi ou kite estrès ap touye w.

Pran swen pwòp bezwen pa ou yo. Pwochèn fwa zanmi w oswa fanmi w mande w : " Ki sa m ka fè pou m ede ? " kite yo rete ak timoun nan oswa kite yo bay yon koutmen, yon fason pou ou ka jwenn yon ti tan pou tèt ou. Men kèk bagay pi ba a ou kab fè, pou w kab " rechaje batri w ":
  • " Fè yon bagay ki ka fè kè w kontan. Se kapab yon ti soti avèk yon moun ou renmen oswa yon zanmi, oubyen ou pran yon douch byen long oswa fè yon pwojè kote w ap envante nenpòt sa w vle.


  • " Egzèsis se bagay ki enpòtan pou sèvo w, kò w ak lespri w. Fè kèk egzèsis - tankou kèk pwomnad ki long, leve altè, kouri bisiklèt oswa suiv yon kou ayewobik. Depi w wè ou kab amize w nan aktivite sa yo.


  • " Pale ak lòt paran ki gen pitit ou ki gen andikap tou: (Parent to Parent of Miami se yon bon kote pou w kòmanse. Yo kab ede w ak kèk konsèy pratik, y ap byen akeyi w, yo kab yon rekonfò pou ou tou.)


  • Pa dezespere: Anpil paran rive jwenn rekonfò nan powèm sa a:"Welcome to Holland" (Byenveni nan peyi Lawolann). Klike la a pou kab li Welcome to Holland.



return to table of contents

Èske pwoblèm metabolis se yon bagay ki komen?


Se maladi ki ra moun pa rankontre souvan. An tou, lè yo pran tout kalte fòm pwoblèm metabolis ki genyen, se 1 moun sou chak 4000 moun ki egziste, ki gen youn pwoblèm sa yo.


return to table of contents

Pou ki sa sa rive?


Pi fò pwoblèm metabolis yo se maladi timoun eritye, sa vle di se paran yo ki transmèt yo maldi a. Sa fèt atravè enfòmasyon ki genyen nan selil yo ki rele jèn. Pwoblèm metabolis la parèt, lè toulede paran yo genyen jèn ra sa a epi yo transmèt li nan pitit yo. Se pa t yon bagay manman an te fè oubyen l te manje oswa l te bwè pandan l te ansent. Kesyon ki enpòtan pou n mande kounye a, se :"Ki sa m dwe fè kounye a pou sante pitit mwen an?"

Li pi posib pou yo fè pitit ou a fè yon dayèt espesyal oswa pou l pran medikaman espesyal, yon fason pou kenbe kantite materyo kò timoun nan bezwen an nan nivo yo dwe ye. Sa ap ede l evite yon twò wo nivo materyo danjere kò a pwodui, oswa yon twò ba nivo materyo kò a bezwen. Si nivo materyo ki nan kò pitit ou a vin pa gen kontwòl akòz ou pa suiv tout lòd doktè a oswa ou pa bay timoun nan sipleman yo preskri li, sa kab danjere pou sante pitit ou a.

Si responsab swen sante pitit ou pa gen kontwòl sou pwoblèm metabolis li genyen an, jan sa ta dwe fèt, pwoblèm sante grav oswa menm lanmò ka mete pye. Se poutèt sa, nou dwe suiv tout sa doktè mande pou timoun nan fè. Si ou gen kèk gwo enkyetid oswa kèk kesyon enpòtan, sou sante pitit ou a nan nenpòt ki nivo, chèche swen medikal ki apwopriye, san pèdi tan


return to table of contents

Èske gen yon tretman pou sa?


Pa gen okenn tretman pou pwoblèm metabolis la ki ta kab fè l diaparèt nèt nan lavi pitit ou a. Medikaman ak dayèt espesyal kapab kontwole sèten sentòm. Gen diferan tretman pou chak kalte maladi.

Nan sèten ka, w ap bezwen pou fè anpil atansyon nan kontwòl dayèt pitit ou a ap fè a. Nan sèten lòt ka, timoun nan dwe sibi yon grèf ògàn, yon fason pou yo kab wete ògàn ki pa travay byen an epi pou yo ranplase l ak yon lòt ki pi bon. Sa ki enpòtan anpil, se rive dekouvri si pitit ou a gen pwoblèm metabolis, pi bonè posib. Kon sa n ap evite plis pwoblèm.


return to table of contents

Ki sa sa vle di pa rapò ak sante pitit mwen an?


Pou timoun ki gen pwoblèm metabolis, sa enpòtan anpil pou w suiv tout rekòmandasyon chak doktè oswa lòt responsab swen sante fè pou pitit ou a.

Rekòmandasyon sa yo ap ede pitit ou a rete an sante pi plis posib. Si nou pa suiv tout, kapab vin gen yon depo materyo danjere ki fòme nan kò a oubyen kò a kapab gen twò piti kantite materyo li bezwen pou l fonksyone a. Nan toulede ka sa yo, sa kab vin tounen pwoblèm sante ki pa bon ditou ditou.

Pitit ou a pral bezwen swen medikal espesyal, kon sa pale klè, yon fason onèt ak reskonsab swen sante timoun nan. Sa enpòtan pou toujou a lè nan tout randevou yo. Kon sa timoun nan ap jwenn yo fè tout tès ki enpòtan yo pou li ak èd responsab swen an kab ba li.


return to table of contents

Ki sa sa vle di pa rapò ak entelijans pitit mwen an ansanm ak kapasite l pou l aprann?


Konsekans pwoblèm metabolis la sou kapasite pitit ou a pou l aprann depann de plizyè bagay. Timoun ki gen pwoblèm metabolis kapab twouve yo ak yon nivo entelijan ki ba rive nan yon kapasite pou aprann ki nòmal.

Kon sa, se pou yo pote plis atansyon sou bezwen pitit ou a, nan edikasyon l ap resevwa. Se pou ou patisipe nan edikasyon pitit ou a. Veye pou wè si pa gen okenn difikilte pitit ou a ta kab rankontre nan lekòl li. Pou nenpòt ki ti enkyetid ou ta kab genyen, chita pale ak edikatè espesyal timoun nan oubyen ak pwofesè klas li a.


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ta kab bezwen pou konsilte li?


Pitit ou a gen dwa bezwen diferan espesyalis swen lasante konsilte li. Tankou pa egzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan tretman pou timoun. Mo "pedyat" la kòm tit devan non yon espesyalis vle di se ak timoun espesyalis sa a travay.

Pedyat terapet fizik: Yon pwofesyonèl ki fòme pou ede timoun rann misk kò yo pi fèm epi rann jwenti bra yo, janm yo ak pwatrin yo pi soup. Sa ede timoun nan devlope kapasite fizik li pi byen.

Pedyat terapet pou aktivite okipasyon: Yon pwofesyonèl ki fòme pou ede timoun ak kondisyon jwenti li ak misk li. Li ede tou nan dekouvri ki pwoblèm jwenti sa yo ak misk sa yo kapab koze nan aktivite toulejou timoun nan, tankou abiye, manje, eks. Lè fini tou, pwofesyonèl sa yo kapab ni prepare ni sijere kèk aparèy pou èd espesyal pou amelyore kote ki gen pwoblèm yo.

Pedyat terapet pou lapawòl ak langaj: Yon pwofesyonèl ki ni evalye ni trete twoub kominikasyon ki genyen (pwoblèm pale) ak pwoblèm pou vale yon bagay. Pafwa yo konn rele yon patolojis pou lapawòl ak langaj terapet pou lapawòl oswa patolojis pou lapawòl.

Pedyat sikològ: Yon pwofesyonèl ki va teste kapasite pitit ou a pou l aprann oswa pou l reflechi. Yon evalyasyon pa gen oken doulè ladan e se yon bagay ki fèt byen vit, an jeneral.

Ajan sosyal, konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy, ki sèvi kòm sipò sou plan emosyonèl pou timoun nan ak fanmi an, epi ki kapab fè kòdinasyon sèvis yo tou.

Kòdonatè pou swen yo: Yon moun ki reskonsab pou òganize tout detay atravè tout liy ajans yo epi ki kab sèvi tou kòm kontak pou ede w ak tout fanmi w jwenn sèvis ak èd nou bezwen.

Edikatè espesyal pou kòmanse bonè ak timoun/pwofesè pou edikasyon espesyal: Yon pwofesè ki fòme pou travay ak pitit ou a, kote l ap veye sou devlopman timoun nan, epi l ap travay avè w pou ou kab aprann teknik ki va yon avantaj pou pitit ou.

Espesyalis teknoloji pou èd espesyal: Se yon moun ki travay ak chak moun ki gen andikap pou l ka fè yo jwenn yon solisyon ki chita sou teknoloji pou èd espesyal, nan zòn kote pwoblèm nan ye a. Teknoloji pou èd espesyal oswa aparèy pou èd espesyal ede yon moun ki gen andikap, nan aktivite lavi toulejou li, tankou manje, pale, deplase, travay, jwe. Yon espesyalis teknoloji pou èd espesyal konnen diferan chwa ki genyen pou ede pitit ou viv lavi l nan tout mezi posib. Chèche plis enfòmasyon sou ki kalte teknoloji pou èd espesyal ki disponib. Gen sèten sèvis ak aparèy pou èd espesyal Medicaid kouvri.


return to table of contents

Ki lòt fason ki genyen yo kab dekri pwoblèm metabolis la?


Ou kapab tande tèm ki pi ba yo nan bouch doktè w oswa lòt reskonsab swen sante:

Metabolis se yon bagay ki rive nan tout selil ki nan kò yon moun. Se fason manje ou manje tounen enèji ak materyo kò ou bezwen. Enèji sa a ak materyo sa yo, yo sèvi apre sa pou tout bagay, tankou fè kò a grandi, fè l fè mouvman, panse oswa reflechi (kidshealth.org, 2004).

Sipleman pou dayèt se yon medikaman oswa yon vitamin ki bay kò a materyo li bezwen men li pa kab pwodui. Men kèk egzanp pwoblèm metabolis:

Phenylketonuria (PKU): Yon pwoblèm kote kò a pa ka kraze yon matyè ki nan anpil manje, pou fè matyè a desann nan kò a. Matyè sa a rele phenylalanine (fenilalanin). Si yo pa dekouvri pwoblèm sa a pou yo trete l tousuit apre yon timoun fin fèt, sa kab vin lakòz anpil pwoblèm sante apre, ak reta mantal tou. Se yon maladi yo ka trete ak yon dayèt doktè oswa espesyalis nan koze nouriti va devlope pou timoun nan pa pran bagay ki gen twòp pwoteyin (Baylorhealth.com, 2003).

Mikovisidòz se yon maladi kote selil ki nan kò w yo pa kab distribiye klorid (yon matyè yo jwenn nan sèl) nan diferan pati nan kò a. Sa lakòz yon glè vin fòme ki pwès epi ki kole. An jeneral, timoun ki gen mikosividòz konn gen difikilte pou yo respire byen, yo gen pwoblèm pou yo fè dijesyon apre yo fin manje, epitou yo pa grandi byen, yo manke devlope (kidshealth.org, 2004; Baylorhealth.com, 2003). Sa anpòtan anpil anpil pou n suiv tout sa doktè mande pou n fè nan ka sa a. Timoun nan gen dwa bezwen terapi pou respirasyon, diferan kalte medikaman ak vizit kay doktè yon fason regilyè (Baylorhealth.com, 2003).

Anemi falsifòm se yon maladi nan san ki lakòz selil san yo gen yon move fòm. Olye pou selil sa yo ta won, yo gen yon "fòm kouto digo" (fòm lalin), yo di epi yo pwenti. Selil sa yo kapab al anpile nan ti venn ki nan tout kò a. Sa ka lakòz doulè oswa domajman kèk ògaàn, paske san an vin pa ka koule nan zòn kote selil yo anpile a. Pami kèk sentòm ki anonse pwoblèm sa a, nou ka jwenn moun nan gen difikilte pou l respire, li bouke fasil, l ap pèdi pwa epi li souvan gen enfeksyon nan poumon li (nemoni). Jan yo ka trete maladi sa a, se fè transfizyon san, oswa grèf mwal zo pou timoun nan (kidshealth.org, 2005; Baylorhealth.com, 2002).


return to table of contents

Nan ki sit entènèt mwen ka aprann plis bagay sou pwoblèm metabolis la?


NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/cerebralpalsy.html Yon sous lyen detaye, se yon sèvis Bibliyotèk nasyonal medsin ak Enstiti nasyonal lasante nan peyi Etazini.

KidsHealth.org http://www.kidshealth.org/parent/system/medical/newborn_screening_tests.html Information about newborn screening.

Children's Medical Services (Florida) http://www.cms-kids.com/InfantScrning1.htm Se yon sit entènèt pou Eta Florida. Ou kab jwenn enfòmasyon sou tès pou tibebe ki fenk fèt ak enfòmasyon de baz sou sante timoun.

Bandaids and Blackboard www.faculty.fairfield.edu/fleitas/contents.html Yon gran sit pou timoun, jenn moun ak paran timoun ki gen pwoblèm medikal.


return to table of contents

Ki liv ki genyen mwen ka li ansanm ak pitit mwen an?


Sarah and Puffle: A Story for Children About Diabetes Linnea Mulder and Joanne H. Friar. Liv sa a ekri pou timoun. Li ede yo konprann ki pwoblèm yo genyen nan kò yo ak pou ki sa yo blije swa pran vaksen oubyen piki chak jou. (Laj: 4-8 an)


The Dinosaur Tamer : And Other Stories for Children with Diabetes Marcia Levine Mazur, Peter Banks ansanm ak Andrew Keegan. Liv sa a se yon konpilasyon 25 istwa ki pa reyèl konsènan tout sitiyasyon nou ka rankontre nan lavi yon timoun ki fè sik. (Pou jenn timoun)

Everybody Has Something Margaret Domnick. Liv sa a montre timoun yo nou tout nou gen yon bagay ki espesyal. Okenn nan nou pa menm moun nan oswa yon moun "nòmal" vrèman. Liv sa a pale de diferans ak fason yon timoun asepte diferans sa yo. (Pou tout laj)

Someone Special Just Like You Tricia Brown ak Fran Ortiz. Yo ka sèvi ak liv sa a pou ede timoun konprann ki sa ki andikap, ak ki sa sa vle di. (Laj: 4-8 an)



Taking Cystic Fibrosis to School Cynthia S. Henry ak Tom Dineen. Liv sa a kapab itil pou esplike timoun ki nan klas pitit ou a pwoblèm mikovisidòz li genyen an. Li ede timoun yo konprann ki sa mikovisidòz la ye, nan yon fason ki amizan. (Laj: 4-8 an)


return to table of contents

Ki liv espesyal ki genyen mwen ka li (pou paran)?


Diabetes: An Emotional Journey Renea Jo Zosel. Yon liv ki ekri pou paran ak timoun ki fè sik. Liv sa a ede paran tou konn ki jan pou yo kontwole emosyon yo ak sa yo ka santi nan pwoblèm yo

Cystic Fibrosis: A Guide for Patient and Family David M. Orenstein, M.D. Liv sa a ekri pou paran ki gen pitit yo ki gen mikovisidòz. Li bay konsèy epi li esplike ki tretman ki genyen ak fason pou yo jere pwoblèm sa a.

Apples to Zucchini: Collection of Favorite Low-Protein Recipes Virginia Schuette ak Dorothy Corry. Yon liv resèt ki devlope, pou moun ki gen PKU. Resèt yo sèvi ak fwi ansanm ak legim ki pa gen anpil pwoteyin natirèlman. Gen enfòmasyon sou kalite nourisan chak resèt genyen.




return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.