Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa yo rele maladi nan sistèm iminitè?


Sistèm iminitè a - se sistèm defans ki anpeche kò w tonbe malad - li fèt ak kèk ògàn, ak tisi, ak selil, ak san epi ak lòt likid ki travay ansanm pou ede kò yon moun konbat mikwòb. Mikwòb yo se bakteri oswa viris ki ka fè kò a mal. Se mikwòb yo ki fè nou tonbe malad lè nou trape yon grip oswa nou fè yon enfeksyon. Sistèm iminitè sa a konplike anpil epi li kapab rekonèt plizyè milyon ènmi diferan kò a genyen. Li ka sèvi ak kèk selil epi kèk sekresyon espesyal pou l jwenn epi detwi ènmi sa a yo. Kèk fwa nou konte sou sistèm iminitè kò nou, lè nou kore l ak medikaman tankou antibyotik, pou l elimine mikwòb ki lakòz enfeksyon. Gen moun ki fèt ak sistèm iminitè ki gen defo. Maladi sistèm iminitè sa a yo (yo rele kèk fwa Maladi Iminodefisyans) se lè sistèm iminitè a pa defann kò a nòmalman, maladi sa a ka aji sou nenpòt pati nan sistèm iminitè a.


return to table of contents

Ki sa ki pi kouran lè yon moun gen maladi nan sistèm iminitè?


Ou kab sispèk maladi sistèm iminitè si pitit ou gen omwen youn nan pwoblèm sa yo:
  • Uit oswa plis enfeksyon nan zòrèy nan yon ane.
  • De oswa plis enfeksyon sinis nan yon ane. (Sinis yo se kote lè a pase anndan zo jou yo, zo fwon yo oswa zo machwè yo.)
  • De oswa plis ka nemoni nan yon ane.
  • Lè l bezwen antibyotik an sewòm pou l konbat enfeksyon yo. (Medikaman yo ale dirèkteman nan venn pitit ou yo nan yon lopital.)
  • Fanmi an gen anpil ka pwoblèm sistèm iminitè.



return to table of contents

Ki sa mwen ka fè pou ede pitit mwen an?


Se yon premye pa enpòtan ou fè lè ou li plis enfòmasyon sou maladi sistèm iminitè. Ou kapab pale ak lòt paran timoun ki gen pwoblèm ak sistèm iminite yo. Paran yo deja pase anba sa w ap pase a, petèt yo ka ede w. Gwoup sipò ak defans pou paran yo tankou Parent to Parent of Miami kapab ede w tou. Rechèch montre nou plis nou kòmanse ede timoun bonè, plis gen bon rezilta pou timoun nan ak fanmi l.



Pi ba a, genyen kèk lis pou ede pitit ou a. Pa bliye, ou pa pou kont ou.

BAGAY MWEN KA FÈ POU M EDE PITIT MWEN AK MALADI SISTÈM IMINITÈ


Pou kòmanse

NAN ETA FLORID LA:
 Fè yo tcheke (teste) zòrèy pitit mwen an:

Si pitit ou a gen jiska 3 zan epi li sanble li gen yon pwoblèm pou l tande, pale oswa aprann, yon gwoup espè kapab evalye pitit ou a nan pwogram Early Steps  la gratis. Pitit ou a kapab kalifye pou l resevwa sèvis gratis. Kontakte yon sant ki tou pre lakay ou.



Si pitit ou a gen ant 3 a 5 an epi li gen pwoblèm pou l tande, pou l aprann, pou l pale, pou l jwe, pou l wè epi/oswa pou l mache, li kapab resevwa tès gratis nan Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South). Yo fè tès tou pou pwogram edikasyon espesyal yo. (Si pitit ou deja nan Sistèm Lekòl leta Miami-Dade la, se lekòl leta ki dwe teste timoun nan.)



Kontakte Sèvis Medikal pou Timoun yo (CMS): Kèk fwa, biwo lokal CMS yo refere timoun bay sant medikal k ap travay ak CMS. Yo bay sèvis pou pran swen timoun ki andikape, timoun ki bezwen swen espesyal oswa timoun ki gen gwo pwoblèm medikal. Sèvis sa a yo kapab soti depi nan pwogram entèvansyon bonè yo tankou "Early Steps" rive nan sèvis pou yon kondisyon medikal espesyal.



Travay ak moun kap ede pitit mwen an: Moun ki bay pitit ou sèvis yo se kab pedyat la, se kab yon doktè zòrèy, yon pwofesè, yon direktè lekòl, yon travayè sosyal oswa nenpòt ki pwofesyonèl. Pa bliye ou konn pitit ou pi byen pase apil lòt moun epi se ou ki pi gwo enfliyans nan lavi li. Moun k ap ede yo, yo la pou ede w avèk pitit ou a. Men kèk ide pou w ka pale ak moun k ap pran swen pitit ou :
  • Pa neglije poze kesyon epi fè kòmantè. Pa gen moun ki konnen pitit ou a pase w. Bay presizyon sou sa ou konnen sou pitit ou a epi sou sa w vle ak sa w bezwen pou li. Se pou w onèt lè w ap di sa w ap atann, sa ki enkyete w oswa nenpòt bagay ou pa konprann.


  • Si w panse pitit ou a bezwen yon bagay espesyal, kontinye mande sa pou li jiskaske w jwenn li oswa jiskaske w konprann pou ki sa li pa bezwen l.


  • Travay avèk pwofesyonèl fè entèvansyon bonè oswa pwofesyonèl ki nan lekòl la pou ekri plan edikasyon endividyèl pou pitit ou a ki rele IFSP oswa IEP pou montre sa pitit ou bezwen ak kapasite li genyen. Asire w gen sèvis patoloji langaj, terapi fizik epi terapi okipasyonèl, si pitit ou a bezwen yo. Sonje gen teknoloji ki kab ede tou.
 Chèche plis enfòmasyon: Vizite plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou dezòd sistèm iminitè. Fè l ansanm ak pitit ou epi fanmi ou. Pale ak yon lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w jwenn ak lòt paran epi resevwa sèvis. Aprann tout sa ou kapab sou pwoblèm pitit ou a. Epitou poze kesyon sou nenpòt ki efè segondè medikaman doktè a ap bay pitit ou a ka genyen.





 Fè pitit mwen an pote yon braslè "Medic Alert": Nan ka ijans, yo ka jwenn enfòmasyon enpòtan sou pwoblèm pitit ou a.

 Pale souvan ak pwofesè a: Li enpòtan pou w kenbe pwofesè pitit ou a okouran kondisyon medikal pitit ou a. Men kèk bagay ou ka mande pwofesè pitit ou a fè pou l fè tan pitit ou a bay plis rannman nan travay lekòl li. Mande pwofesè a pou l:
  • Si timoun nan gen pwoblèm ak devwa li, diminye kantite yo ba li.
  • Etabli yon woutin pou devwa ak travay mezon yo ale vini nan lekòl la.
  • Mande lekòl la pou l ta rakousi jounen lekòl pitit ou a si sa ta nesesè.
  • Mande lekòl leta kote pitit ou a ye a pou yo fè lekòl pou li nan lopital la oubyen lakay li (si l ap fè oswa si li pral fè 15 jou oswa plis san l pa al lekòl).
  • Mande lekòl la fè lòt aranjman pitit ou a ka bezwen.
 Chèche konnen ki sa Plan Sèvis Endividyèl pou Fami (IFSP) a ye: Ou menm ak lòt pwofesyonèl ki bezwen travay nan pwogram entèvansyon bonè pou pitit ou a lakay li dwe nan ekip IFSP a.

  Devlope yon Plan Edikasyon Endividyèl (IEP): Nan ekip IEP a ta dwe genyen ou menm, pitit ou a epi pwofesè yo ak terapis yo k ap bezwen jwe yon wòl nan lavi piti ou a lekòl.

 Sèvi ak teknoloji ki ede nan IEP a lè sa nesesè: Klike la a pou w jwenn kèk fòm teknoloji ki fèt pou ede ki fè prèv yo deja.

 Ede pitit mwen an evite mikwòb pou l pa trape enfeksyon: Montre pitit ou a lave men l souvan epi lave men l byen avèk yon savon ki touye mikwòb. Asire w li bwose dan l omwen de fwa pa jou. Asire w pitit ou a gen yon rejim ki balanse pou l ranfòse kapasite l nan konbat enfeksyon epi kenbe sistèm iminitè l djanm. Pa kite pitit ou kote moun ki gripe oswa ki fè lòt enfeksyon. Pa kite pitit ou kote ki gen foul moun, espesyalman nan sezon grip.

 Ede pitit mwen an evite bagay ki ba l yon reyaksyon alèji: Ekri tout bagay pitit ou a fè alèji avèk yo nan yon kaye. Pa kite pitit ou a pwoche pre yo.

 Asire m pitit mwen gen yon granmoun de konfyans pou l pale: Kèk fwa, timoun pale pi byen ak granmoun ki pa paran yo. Sa rive pou plizyè rezon. Dabitid se paske yo pa ta vle paran yo enkyete. Timoun bezwen yon granmoun pou yo pale tout bagay avèk li. Yon terapis, yon sikològ oswa yon pwofesè souvan gen kèk konvèsasyon ak pitit ou, pitit ou pa ka pataje avèk ou.

 Rantre pitit mwen an nan tout pati lavi mwen chak jou. Ankouraje pitit ou patisipe nan plezi fanmi a ap pran, nan aktivite jwèt ki pa gen danje ladan. Ri, kouri, pale anpil bon epi enteresan. Fè jounen ap pale ak pitit ou a sou nenpòt sa w ap fè menm avan l aprann pale.

 Planifye yon moman jwèt chak jou jis pou nou ka ansanm: Pase tan chak jou ap jwe epi ap pale ak pitit ou. Sa ka difisil pou w planifye lè gen anpil moun nan fanmi w oswa lè orè w chaje men sa ka fè nou toulède santi nou pi byen. Pou w ka jwenn ide sou ki jan pou w jwe ak pitit ou a lè l piti, ale nan www.Parenthood.com

 Mete mizik nan lavi pitit mwen: Mizik se yon bon fason pou pataje tan ansanm. Eseye l nan machin nan. Gen anpil kasèt timoun kote nou tout ka chante ansanm. Pitit ou a ka tou pwofite pou l aprann kèk mo. Mizik kapab kalme moun epi rechèch montre mizik kapab geri tou. Yo panse mizik klasik ankouraje devlopman sèvo a.

 Si pitit mwen an toujou yon tibebe, m ap aprann ki jan pou m fè Masaj Tibebe: Se yon bèl fason pou w konekte ak tibebe w la epi se yon aktivite ki ka kalme nou toulède. Epi sa montre tibebe w la tou lavi a kapab dous tou. Li pa toujou oblije santi l pa konfòtab oswa "medikal".


return to table of contents

Ki lòt fason nou ka dekri maladi nan sistèm iminite yo?


Gen plizyè kalite maladi nan sistèm iminitè ki kapab afekte kò yon timoun plizyè fason. Ou ka tande doktè w la oswa lòt moun ap site mo sa a yo:
  • Iminodefisyans Primè: Nan maladi nan sistèm iminitè ki pi mal la, timoun nan manke yon pati oswa tout sistèm iminitè l. Kòm se li ki prensipal defans yon timoun kont maladi ak kò pa bon, sa kab yon gwo danje. Nan ka sa a, yo di timoun nan genyen iminodefisyans primè. Kèk fwa yo rele pwoblèm sa a PI. Genyen plis pase 70 PI diferan. Sentòm yo enpe diferan nan chak tip selon pati ki pap travay nan sistèm iminitè a. Gen PI ki grav epi ki menase lavi timoun nan men genyen lòt ki lejè. Tout dezòd PI genyen yon bagay an komen - yo ouvri pòt pou plis enfeksyon antre yon sèl kou. Enfeksyon sa a yo ka grav, yo ka dire epi yo ka mal pou geri.

    Timoun ki an sante kapab gen grip, tous ak mal zòrèy souvan. Pa egzanp anpil tibebe ak jèn timoun ki genyen yon sistèm iminitè nòmal genyen ant youn ak twa enfeksyon zòrèy nan yon ane. Timoun ki gen PI kapab genyen enfeksyon youn aprè lòt. Oswa yo kapab genyen de ou twa enfeksyon ansanm. Kèk fwa enfeksyon an dire oswa li ale vini. Enfeksyon kwonik sa a fè timoun nan fèb. Timoun nan ka pa ka gwosi oswa li ka an reta nan kwasans li ak devlopman l.

    Yon pwoblèm ki kouran lakay timoun k ap soufri PI yo se sinizit kwonik. Sinizit kwonik la se yon enfeksyon sinis, pasaj ki bay lè a pase nan zo jou yo, zo fwon yo ak zo machwè yo. Li kwonik paske l ap ale vini oswa li pa janm ale. Yon lòt pwoblèm kouran ankò se bwonchit kwonik, yon enfeksyon pasaj lè ki mennen nan poumon yo epi kap ale vini. Souvan sa fè yon timoun toujou ap touse epi kou l kòmanse touse li pa ka sispann.


  • Maladi Otoiminitè: Yon lòt gwoup maladi sistèm iminitè rele maladi otoiminitè. Maladi otoiminitè yo rive lè sistèm iminitè a kòmanse detwi tisi nòmal nan kò a. Maladi otoiminitè a fè sistèm iminitè a reyaji pou sa l pa ta dwe reyaji. Nòmalman, sistèm iminitè a ka fè diferans ant sa k pou kò a ak sa k pa pou li.

    Nan timoun ki genyen tip dezòd sa a, sistèm iminitè a vin san kontwòl. Pase pou l atake mikwòb ak bakteri, li atake tisi ak ògàn ki an sante. Kò a vire kont tèt li. Souvan, atak sa a yo mennen lòt pwoblèm sante oswa lòt pwoblèm medikal.

    Nan kèk ka Maladi otoiminitè, sistèm iminitè ki gen pwoblèm nan atake yon sèl kalite selil oswa tisi. Pa egzanp, lè yo atake globil san an yo, sa ka koze anemi. Anemi se lè yon timoun ap pèdi globil wouj nan san li epi sa rann li fèb anpil. Lè se selil ilèt ki nan pankreyas la yo atake, sa ka koze dyabèt.

    Kèk lòt fwa, sistèm iminitè a kapab atake plizyè kalite selil ak tisi. Sa kapab lakòz pwoblèm tankou atrit oswa kansè. Sa kapab bay pwoblèm nan kèk pati byen presi nan kò a. Li ka bay pwoblèm nan atikilasyon, nan nè, nan po, nan vyann, nan ren oswa nan plizyè lòt ògàn pitit ou a.

    Genyen plis pase 70 maladi otoiminitè. Kèk nan sa ki pi kouran yo se:
    • Atrit rimatoyid.
    • Dyabèt tip 1.
    • Maladi Grev la.
    • Loupous.
    • Maladi Kwòn nan.
    • Sklewodèmi.
    • Sklewoz miltip.

  • Maladi Sistèm Iminitè moun Trape: Nan kèk ka, yon timoun kapab pran oswa "trape" yon maladi sistèm iminitè. De sa ki pi kouran yo se VIH ak SIDA. Viris iminodefisyans imèn (VIH) nan ka enfekte epi detwi selil iminitè yo pou l bay SIDA. Sendwom imino defisitè yo trape a (SIDA) se yon maladi ou genyen lè ou enfekte avèk viris VIH la. Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou VIH ak SIDA.



return to table of contents

Èske gen anpil timoun ki gen maladi sistèm iminitè?


Nou pa konnen kantite egzak moun ki genyen PI. Espè yo estime mwatye nan timoun ki al wè doktè pou enfeksyon ki rive souvan yo nòmal. Yon lòt 30% ka gen alèji epi 10% gen yon lòt kalite maldi grav. Se 10% sèlman yo vin dekouvri ki genyen yon maladi iminodefisyans primè oswa segondè. Genyen anviwon 400 timoun ki fèt chak ane Ozetazini ak yon PI grav.


return to table of contents

Èske gen remèd pou maladi sistèm iminitè?


Pa twò lontan de sa, pa t gen anpil bagay yo te ka fè pou geri yon dezòd sistèm iminitè. Jodi a, chèchè yo devlope plizyè mwayen pou ranfòse defans iminitè yon timoun. Se pa tout apwòch yo ki mache pou tout tip oswa nan tout ka. Malgretou, lè nou konsidere tout tretman sa a yo ansanm, yo bay lavi timoun espwa.


return to table of contents

Ki sa yon maladi sistèm iminitè ka fè lasante pitit mwen an?


Kèk fwa yo ka pran medikaman pou ede yo elimine sentòm yo. Chak timoun gen yon sistèm iminitè ki inik epi tretman kapab diferan pou chak timoun. Pwoblèm ki pi kouran nan maladi PI yo se gwo feblès paske enfeksyon yo vini souvan.

Pou timoun k ap soufri avè PI, enfeksyon yo ka rive souvan epi yo ka grav, yo ka dire epi yo ka difisil pou geri. Gen timoun ki gen PI ki enfekte ak mikwòb nenpòt sistèm iminitè ki an sante tap kapab reziste. Yo rele enfeksyon sa a yo "enfeksyon opòtinis" paske mikwòb yo pwofite atake kò a paske sistèm iminitè a fèb. Yon enfeksyon ki pa rive fasil tankou sa a kapab yon siy ki montre gen yon pwoblèm nan sistèm iminitè a.

Enfeksyon grav, espesyalman enfesyon bakteryèn, kapab fè yon timoun al lopital tanzantan. Premye objektif trètman an se elimine nenpòt ki enfeksyon ki la. Lè medikaman yon timoun ka pran lakay li pa kapab trete yon enfeksyon, doktè a ka bezwen entène pitit ou a nan yon lopital. Yo ka ba li antibyotik epi lòt medikaman nan venn li, sa vle di nan sewòm.

Pou enfeksyon kwonik yo, genyen yon varyete medikaman ki ka ede redui sentòm yo epi ki ka anpeche enfeksyon an vin pi grav. Pami medikaman sa a yo nou jwenn aspirin oswa ibipwofèn ki ka kalme lafyèv ak doulè nan kò. Yo ka sèvi ak medikaman ki debouche nen pou desann tisi ki anfle nan nen, nan sinis oswa nan gòj. Kèk fwa, pitit ou a ka bezwen touse fò pou l netwaye poumon l. Lè sa a y a ba li ekspektoran pou fè larim ki bouche pasaj nan nen l yo koule.


return to table of contents

Ki sa yon maladi sistèm iminitè ka fè nan entèlijans epi nan aprantisaj pitit mwen an?


Timoun ki genyen Maladi Sistèm Iminitè, Maladi Sistèm Iminitè yo Trape oswa Maladi Sistèm Otoiminitè, ap wè kèk chanjman nan jan yo aprann lekòl. Genyen ki kapab pa gen anpil chanjman oswa yo pa gen chanjman ditou. Kèk lòt timoun kapab wè chanjman amezi tan ap pase. Souvan, se anpil absans nan lekòl akoz maladi ki lakòz chanjman sa a yo. Konpòtman timoun yo ka chanje tou akoz plis enkyetid ak plis depresyon yo genyen. Lè yon timoun ap viv ak maladi a, sa ka afekte pèsonalite l oswa jan li antann li ak zanmi l. Se pou paran yo veye efè dirèk oswa endirèk maladi a genyen sou timoun ak sou aprantisaj yo.


return to table of contents

Èske pitit mwen an ap kapab ale nan gadri, nan preskolè, nan lekòl oswa nan pwogram aprè lekòl?


Anpil paran ap mande tèt yo si pitit yo a ap kapab al lekòl. Se pou nou konnen tout timoun gen dwa pou yo resevwa edikasyon yo bezwen an gratis nan men leta. Pou timoun ki gen VIH oswa SIDA, sa vle di pitit ou a gen dwa pou l al lekòl menm jan ak tout lòt timoun. Pitit ou a ka bezwen sipò kèk pwogram bay tankou klas edikasyon espesyal, aranjman Seksyon 504 oswa pwogram lekòl nan lopital/lakay.

Avan pitit ou a gen laj pou l al nan kindègadenn, gen pwogram ki ka ede l devlope. Nan chak eta oswa kominote, genyen yon pwogram entèvansyon bonè. Yon pwogram entèvansyon bonè se pou timoun depi nesans yo jiska 3 zan. Nan Miami-Dade County pwogram sa a rele Pwogram Early Steps. Pwogram sa a ede ou detèmine, jwenn epi òganize tout sipò pitit ou a ap bezwen bonè. Kon sa tou, y ap ede w jwenn epi fè aranjman pou tout bezwen sipò, bezwen enfòmasyon ak bezwen fòmasyon fanmi w ka genyen.


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè anpil diferan espesyalis swen lasante. Pa egzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun.

Pedyat Ematològ: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen maladi san oswa maladi sistèm iminitè.

Pedyat Iminològ: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen maladi nan sistèm iminitè yo.

Pedyat sikològ: Yon pwofesyonèl k ap teste kapasite pitit ou genyen pou l aprann epi rezone. Lè yon sikològ kalifye fè yon evalyasyon (tès) jeneral, li kapab di si maladi sistèm iminitè a afekte kapasite pou pitit ou aprann. Yon evalyasyon san doulè epi li pa pran tan.

Pedyat Newosikològ: Yon pwofesyonèl ki espesyalize nan etidye relasyon ki genyen ant kapasite, konpòtman epi kapasite mantal nan timoun. Pedyat Newosikològ (oswa pou timoun) yo teste epi trete timoun ki gen pwoblèm tankou pwoblèm devlopman, pwoblèm mantal, pwoblèm sikolojik epi lòt pwoblèm newolojik.

Terapet atis owa mizikal: Yon pwofesyonèl ki fòme pou l sèvi ak talan atis oswa mizik pou l bay sipò emosyonèl ak konsèy.

Travayè sosyal epi konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy ak sipò emosyonèl pou timoun ak fanmi yo epi ki ka ede kowòdone sèvis tou.

Kowòdonatè swen: Yon moun ki responsab pou òganize detay ant diferan ajans epi ki sèvi w kontak pou ede ou menm ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.


return to table of contents

Sou ki sit entènèt mwen kapab aprann plis sou maladi sistèm iminitè yo?


The Immune Deficiency Foundation http://www.primaryimmune.org/ Òganizasyon sa a gen yon rezo gwoup sipò ou ka jwenn sou sit entènèt sa a. Se yon òganizasyon nasyonal ki pa la pou fè lajan men k ap chèche amelyore dyanostik ak tretman pasyan ki genyen iminodefisyans primè nan fè rechèch epi edikasyon.

National Institute of Child Health and Human Development http://www.nichd.nih.gov/publications%5Cpubs/PrimaryImmunoBooklet.htm Yon ti liv sou Iminodefisyans Primè.

NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/autoimmunediseases.html Yon sous lyen ki detaye, se yon sèvis Bibliyotèk Medikal Nasyonal Ameriken epi Enstiti Nasyonal Lasante.

KidsHealth.org http://kidshealth.org/parent/general/body_basics/immune.html Se yon bon sit kote w kab jwenn bon jan ransèyman sou maladi timoun ak konplikasyon yo konn genyen.

Bandaids and Blackboard www.faculty.fairfield.edu/fleitas/contents.html Se yon bèl sit pou timoun, jèn timoun ak paran timoun ki gen gwo pwoblèm medikal.

Early Steps www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Fouye paj akèy Pwogram Entèvansyon Bonè Florid la pou nou jwenn lis anpil resous pou granmoun.


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen kab li ak pitit mwen?


The Magic School Bus Inside Ralphie: A Book About Germs se Stan Berenstain epi Jan Berenstain ki ekri l. Ralphie malad epi li pa kab al lekòl. Kidonk madmwazèl Frizzle ak klas la pran yon Bis Lekòl Majik pou yo ale nan chanm Ralphie a. Yo vin tou piti, yo antre anndan kò li epi yo vwayaje nan san l jiskaske yo rive nan gòj fè mal li a. Timoun yo vin wè sa ki fè Ralphie malad la epi yo wè globil blan li yo kap konbat bakteri yo nan yon goumen ki fewòs. Ralphie sou wout genyen batay la! Men gen yon pwoblèm. Kounye a, globil blan yo panse Bis Lekòl Majik la se yon mikwòb. Ki jan klas la pral sove la a? (Pou timoun 4 an jiska 8 an)

Bill Nye the Science Guy's Great Big Book of Tiny Germs se Bill Nye, Kathleen W. Zoehfeld epi Bernard Bryn ki ekri li. "Syantis" televizyon sa a fè prezantasyon klè epi tou kout pi fò timoun ap renmen. Nye esplike ki sa bakteri ak viris ye epi li montre ki jan mikwòb yo vwayaje epi atake moun. Li esplike sistèm iminitè a, istwa fyèv lavewòl la, lòt epidemi epi kèk ti maladi. Li montre ki jan yo te dekouvri mikwòb, vaksen, antibyotik, HIV ak SIDA. Li montre ki jan pou nou evite trape mikwòb epi pou ki sa nou renmen epi rayi mikwòb. Gen aktivite nan fen chak chapit. Esperyans etap-pa-etap sa a fini avèk yon ti esplikasyon sou kòman, ki sa, pou ki sa, ki lè epi ki kote. (2èm 5èm ane lekòl)


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.