Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa enfeksyon VIH/Sida a ye?


VIH la (ann angle HIV oubyen Human Immunodeficiency Virus) se yon maladi ki atake sistèm ki pwoteje kò a . Sistèm pwoteksyon sa a la pou l ka pwoteje kò a pou maladi pa antre son yon moun. Si sistèm pwoteksyon an pa mache byen, yon moun ka vin gen gwo enfeksyon ki ka touye l, moun nan ka gen kansè tou.

Yon moun ki enfekte ak VIH pa vle di li gen SIDA pou sa. Sa vle di sistèm moun nan andomaje e se sa ki ap fè li vin gen SIDA

U.S. Department of Health and Human Services, 2004


return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Lè w li anpil enfòmasyon sou VIH ak SIDA, ou deja fè yon gwo pa ann avan. Lòt etap ou ka pran se pale ak paran yon timoun ki gen ADHD. Yo pase anba sa w ap pase la a kounye a epi yo kab nan pozisyon pou yo ede w. Ou kab jwenn anpil sipò nan men gwoup tankou gwoup ki ap defann dwa timoun kon sa ak gwoup tankou Parent to Parent of Miami. Pi bonè ou kòmanse ede timoun nan, plis li pi bon pou timoun nan ak rès fanmi an.



Men kèk lis bagay ou ka tcheke pou w ede pitit ou. Pa bliye, se pa ou sèl ki nan sitiyasyon sa a.

NAN ETA FLORID:
 Kontakte Sèvis Medikal pou timoun(ann Angle Children's Medical Services oubyen CMS) pou w jwenn sèvis sante pou pitit ou:



 Kolabore ak moun ki pran ka pitit mwen: Moun ki pran ka pitit ou yo se pedyat la, yon odyolojis, pwofesè lekòl li yo, direktè lekòl la, travayè sosyal yo ak lòt pwofesyonèl ki travay ak pitit ou a menm. Pa bliye, ou konn pitit ou pi byen pase tout moun epi se wou ki gen plis enfliyans sou lavi li. Moun ki la pou pran ka pitit ou yo, yo la pou ede w ansanm ak pitit ou. Men kèk konsèy sou kouman ou kab pale ak moun ki pran ka pitit ou yo :
  • Ou pa bezwen pè poze keksyon oubyen di sa ki nan lide w. Pa gen moun ki konn pitit ou pi byen pase w. Bay presizyon sou sa ou konnen sou pitit ou ak sa ou vle fè pou li. Fò w onèt nan sa ou ta renmen ki fèt, di ki enkyetid ou kab genyen, oubyen mande enfòmasyon sou nenpòt sa ou pa konprann.

  • Si w kwè timoun ou an bezwen yon bagay espesyal kontinye mande sa jouk yo ba wou li, oubyen jouk fè w konnen pou ki sa sa ou mande a pa nesesè.

  • Travay ansanm ak pwofesyonèl nan lekòl pitit ou a pou prepare yon Plan edikasyon endividyèl pou piti ou a, yo rele sa IEP ki vle di ann Angle (Individualized Education Program). Plan sa dwe konsidere sa li bezwen ak sa li kab fè. Asire w yo mete sèvis sa yo nan plan an: sèvis yon espesyalis nan afè pale, sèvis yon terapis fizik, ak sèvis yon terapis pou aprann li okipe tèt li, si pitit ou bezwen sèvis sa yo. Pa bliye fè yo sèvi ak Teknoloji espesyal pou ede timoun nan nan plan an.
Pran plis ransèyman: Ale nan plis sit entènèt. Li liv. Gade yon videyo sou VIH ak SIDA. Fè pitit ou ak fanmi w patisipe. Pale ak yon lòt paran. Parent to Parent of Miami  ka ede w jwenn ak lòt paran, li ka ede w jwenn anpil sèvis tou.





 Fè pitit mwen an pote yon brasle medikal nan bra li: Kon sa, pitit ou a gen enfòmasyon enpòtan sou li nan ka ta gen yon ijans.

 Pale ak pwofesè pitit mwen an souvan: Li enpòtan pou w toujou fè pwofesè pitit ou konnen ki jan sante pitit ou ye. Men kèk bagay ou ka mande pwofesè yo pou ede pitit ou aprann pi byen lekòl:
  • Fè pitit ou a jwenn yon kote pou l chita alèz, bay timoun nan tan pou l repoze l lè li bezwen sa.
  • Gade ki jan timoun nan suiv nan klas la.
  • Fè l fè mwens tan nan lekòl si sa nesesè.
 Ede pitit mwen an si l gen pwoblèm fè zanmi ak lòt timoun: Si pitit ou a pa kapab fè zanmi paske l gen VIH/Sida, men kèk bagay ou ka fè pou w ede pitit ou:
  • Mande kèk zanmi ak fanmi ede timoun nan pou l konnen sa pou l fè, ki jan pou l konpòte l pami lòt timoun. Ede timoun nan pou l konn ki jan pou l boule ak lòt moun. Youn nan bon fason pou w fè sa se fè kòm si timoun nan nan sitiyasyon kote l nan mitan lòt timoun.

  • Montre timoun nan ki jan pou l byen konpòte l lè l nan mitan lòt moun tankou: salye moun, ki jan pou l pale ak moun, kouman pou l sèvi ak kèk pwovèb, ki jan pou l montre li enterese, ki jan pou l fè yon moun pòte atansyon a li ak ki jan pou l pran plezi li ak zanmi l.

  • Ou dwe dirèk nan sa w ap di a san w pa jije jan li konpòte li.
 Asire pitit ou gen yon granmoun li fè konfyans li ka pale avè l: Anpil fwa timoun yo konn pi fasil pataje santiman yo ak moun sa yo pase yo pale ak fanmi yo oubyen ak manman yo oubyen papa yo. Sa rive pou plizyè rezon. Anpil fwa se paske timoun nan pa vle bay manman l ak papa l tèt chaje pote. Anpil fwa pitit ou ka pale kèk pawòl ak yon sikològ, yon terapis oubyen yon pwofesè lekòl, li pa ta janm pale avè w.

 Fè pitit mwen patisipe nan tout sa m ap fè pandan jounen an: Ankouraje pitit ou patisipe nan plezi fanmi an ap pran, nan fè aktivite pou pran plezi, ak jwèt ki pa gen danje. Li ka jwe, li ka kouri, li ka bay blag. Tout sa yo se bon plezi yo ye.

 Planifye yon moman pou w jwe ak pitit ou a chak jou : Eseye pase yon ti tan ap pale epi ap jwe ak timoun nan chak jou. Sa ka pa fasil pou yon fanmi ki gen anpil timoun e ki okipe anpil anpil men si w ta ka fè sa sa tap fè ni ou ni pitit ou a plezi anpil. Ou ka ale nan sit entènèt www.Parenthood.com pou w jwenn kèk lide sou ki jan w ka jwe ak pitit ou.

 Mete mizik nan lavi pitit mwen: Koute mizik ansanm se yon bon fason pou w pase yon moman ak yon moun. Eseye l nan machin nan e l ap pote bon plezi. Gen anpil kasèt timoun kote tout moun ka chante ansanm. Mizik ka kalme timoun, li ka menm pote gerizon. Dapre rechèch ki fèt yo dekouvri lè timoun koute mizik klasik sa ankouraje sèvo yo devlope.

 M ka aprann fè masaj pou tibebe si pitit mwen an yon tibebe toujou. Sa a se yon gwo mwayen pou w vin pi konekte ak pitit ou a. Se yon aktivite ki ka kalme ni ou ni pitit ou a. Sa ap montre pitit ou gen plezi nan lavi epi tout bagay pa oblije enkonfòtab pou li oubyen li p[a oblije nan doktè tout tan.


return to table of contents

Ki jan m ka boule ak tout koze sa yo?


Premyèman ou dwe pran swen tèt ou.

Lè w gen yon timoun ki gen VIH/SIDA, se yon djòb ki di anpil epi sa lakòz anpil tèt chaje. Gen moman ou amize w ak pitit ou a, gen moman ou oblije serye ak pitit tou. Li fasil pou w santi traka yo twòp pou ou.

Ou ka pote yon gwo diferans nan lavi pitit ou lè w travay avè l epi ak moun ki bay swen yo, ak doktè yo, ak pwofesè yo. Men ou dwe pran swen tèt pa w anvan ou kab pran ka lòt moun. Sa pa vle di ou egoyis pou sa lè w pran swen tèt ou men sa nesesè. Ou pa kapab ede pitit ou a si w gen twòp travay pou w fè oubyen si w gen twòp chay sou do w.

Gade ki jan w ka pran swen tèt ou. Pwochèn fwa yon zanmi oubyen yon moun nan fanmi w mande w "Ki sa m ka fè pou m ede w?" Kite yo rete ak pitit la pou ou oubyen kite yo ba w kout men, kon sa w a gen yon ti tan pou tèt ou. Men kèk bagay ou kab fè "pou w reprann ou:"
  • Fè yon bagay ki fè kè w kontan- petèt ou ka fè yon ti soti ak you moun ou renmen, ak yon zanmi, oubyen ou ka pran yon bon beny, oubyen ou ka fè yon bagay ki fè w plezi.


  • Egzèsis fizik enpòtan anpil pou sèvo a, pou ko a ak pou lespri a - petèt ou ka fè yon ti mache pou yon bon bout tan, ou ka leve fè, kouri bekàn, oubyen ale nan klas egzèsis. Nenpòt sa w fè, asire w se yon aktivite ki amizan.


  • Pale ak lòt paran ki gen timoun ki gen maladi grav, oubyen yon maladi ki atake sistèm pwoteksyon an. Òganizasyon (Parent to Parent of Miami se yon bon kote ou ka kòmanse). Lòt paran ka ede w jwenn bagay pratik ou ka fè, yo ka ankouraje w, yo ka la pou yo ba ou sipò.


  • Pa pèdi espwa.



return to table of contents

Ki sa ki lakòz VIH/SIDA?


Fason ki pi fasil pou yon timoun gen enfeksyon VIH la se si l pran l nan manman l oubyen nan kèk aktivite ki riske.

Katreven onz pousan timoun pran VIH/SIDA a nan manman yo lè manman an deja genyen l. Yo ka pran enfeksyon an anvan yo fèt etan yo nan vant manman yo oubyen lè y ap pran tete. Gen kèk medikaman ak tretman ki ka ede yon timoun pou l pa pran VIH la etan li nan vant manman l anvan l fèt. Kon sa valè timoun ki fèt ak VIH bese.

Yon lòt fason pou yon timoun oubyen jenn timoun gen VIH oubyen SIDA a se lè yo tonbe nan kèk dezagreman tankou itilize sereng ki enfekte pou yo pran dwòg oubyen nan fè sèks san kapòt. Timoun oubyen jenn moun ki pran dwòg ak sereng ki enfekte ka pran VIH/SIDA nan san enfekte. Youn nan lòt fason pou jenn moun pran VIH/SIDA se lè yo tonbe nan fè bagay san kontwòl tankou lè yo pa sèvi ak kapòt oubyen lè yo pa itilize kapòt byen, oubyen lè yo pa rete san yo pa fè bagay.

Brown, 1999



return to table of contents

Ki sa VIH/SIDA a vle di pou sante pitit mwen?


Enfeksyon VIH la pa afekte tout timoun menm jan. Gen timoun ki gen sentòm maladi a byen bonè depi sou premye ane yo fèt la; gen lòt timoun ki ka montre siy yo malad byen ta lè yo pi gran. Laj timoun nan genyen lè sentòm yo kòmanse parèt se yon siy enpòtan pou w konnen ki jan enfeksyon an kab aji sou sante timoun nan.

VIH la fè sistèm ki pwoteje kò timoun nan vin fèb anpil e sa ka fè li difisil pou l konbat enfeksyon oubyen kansè epi sa kab fè pitit ou pi fasil pran lòt maladi. Kèk fwa sa ka menm fè li fè kriz tansyon. Medikaman yo sèvi pou trete VIH kapab lakòz anpil konplikasyon. Medikaman sa yo ka ede men yo pa ka geri maladi a. Men kèk lòt konplikasyon medikaman sa yo ka lakòz:
  • Lafyèv.
  • Noze oubyen vant bouyi.
  • Fatig, yon fatig ki vin souvan epi ki vin fasil.



return to table of contents

Ki sa VIH/SIDA a vle di pou entèlijans ak lekòl pitit mwen an?


VIH/SIDA a ka aji yon fason diferan sou jan chak timoun aprann. Timoun ka gen pwoblèm pou yo aprann epi pou yo reflechi byen. Kèk fwa li ka pa fasil pou timoun nan pale byen oubyen pou l konpòte l byen nan mitan moun. Gen kèk timoun ki gen VIH oubyen SIDA konn pa gen oken pwoblèm. Yon sikològ espesyalis ka tcheke byen pou l wè si VIH oubyen SIDA a fè pitit ou a pa ka aprann konpòte l kòmsadwa nan mitan moun.

Timoun ki gen VIH oubyen SIDA konn gen pwoblèm pou yo konpòte yo byen kèk fwa. Yo ka santi yo deprime, figi yo ka parèt blèm, sanble anyen pa di yo anyen. Pa jwe ak pwoblèm sa yo. Si ou wè konpòtman sa yo ap plede parèt, ou mèt mennen pitit ou a wè yon sikològ espesyalis pou l wè ki jan timoun nan ap boule.

Moun ki fouye fon wè timoun ki malad anpil ak VIH la gen pwoblèm sa yo:
  • Yo pa ka konsantre pou yo fè yon bagay.
  • Yo pa ka di sa yo santi oubyen yo pa ka pale ak lòt moun sou sa yo santi.
  • Yo aji kòm yo te pi piti pase laj yo.
  • Yo pa ka sonje yon bagay menm lè sa fèk fin pase.
  • Yo pa ka bay yon moun esplikasyon pou al yon kote, yo pa ka suiv esplikasyon pou yo ale yon kote.
  • Yo pa ka suiv yon bagay ak je yo oubyen yo pa ka wè lè limyè chanje.
  • Yo pa ka suiv, yo pa ka aprann epi aji vit lè yon bagay chanje twò vit.
Brown, 1999; Hittelman et al., 1993; Roelofs et al., 1996; Cohen et al., 1991; Boivin et al., 1995; Diamond et al., 1987



return to table of contents

Èske pitit mwen an ap kapab ale nan gadri, nan lekòl anfantin, nan lekòl regilyè oubyen nan pwogram apre lekòl?


Tout timoun gen dwa pou yo ale lekòl leta gratis ki bon pou yo. Sa vle di pitit ou a ki gen VIH oubyen SIDA ka ale lekòl nòmalman menm jan ak tout lòt timoun. Pitit ou a ka bezwen sipò pa mwayen klas edikasyon espesyal, Seksyon lwa 504 pou akomode timoun nan oubyen pwogram lekòl/lopital la.

Genyen anpil pwogram ki la pou ede pitit ou a grandi nòmal anvan menm li ale nan jadendanfan. Gen yon pwogram pou timoun piti nan tout kominote, pou tibebe rive sou timoun 3 an. Yo rele pwogram sa a Pwogram premye pa yo (ann angle The Early Steps Program ) nan Miami-Dade Konnti. Pwogram sa a la pou l ede w konprann sa pitit ou bezwen. Li la pou l ede w jwenn sèvis ak ki jan ou ka òganize yo. Pwogram nan la pou l ede w jwenn sipò pou fanmi an, ki jan pou w ranje yo, ak ki kote ou ka jwenn enfòmasyon.


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou ka bezwen al kote plizyè kalite espesyalis nan afè sante. Paregzanp:

Pedyat: Se yon kalite doktè ki espesyalize nan trete timoun.

Pedyat alèji/iminolojis: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen alèji ak pwoblèm nan sistèm pwoteksyon kò yo.

Pedyat ematolojis: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen pwoblèm nan san yo.

Pedyat endokrinolojis: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen pwoblèm nan òmon yo.

Pedyat espesyalis VIH/SIDA: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen enfeksyon VIH/SIDA.

Pedyat sikolojis: Yon pwofesyonèl ki espesyalize nan fè tès ak tretman pou pwoblèm konpòtman ak pwoblèm emosyon yon timoun ka genyen. Sikològ yo ka fè tès pou yo konnen ki jan yon timoun ye tou.

Pedyat fizyatris: Yon doktè ki la pou l fè kèk pati ki pa fonksyone nan kò timoun akòz yon maladi oubyen yon aksidan, rekòmanse fonksyone.

Terapis ki trete jan timoun pale: Yon pwofesyonèl ki gade pwoblèm pale yon timoun ka genyen ak pwoblèm vale.. Kèk fwa yo rele yo espesyalis nan koze pale oubyen yon patolojis nan afè pale.

Terapis ki sèvi ak travay atis oubyen ak mizik: Yon pwofesyonèl ki konn ki jan pou l sèvi ak mizik oubyen ak bèl travay atis pou l ede nan sipòte jan yon moun santi l oubyen nan bay konsèy.

Travayè sosyal ak konseye: Yon pwofesyonèl ki bay timoun ak fanmi yo sipò moral ak konsèy yo bezwen. Li ka ede yo òganize sèvis yo tou

Òganizatè swen: Yon moun ki reskonsab òganize detay diferan sèvis yo. Li ka ede ou menm ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.

Pwofesè espesyalis nan travay ak timoun piti/ pwofesè edikasyon espesyal: Yon pwofesè espesyalis pou travay ak pitit ou a. Li la pou l suiv jan timoun ou an ap grandi, li ka ede w aprann kèk bagay ki ka bon pou pitit ou a.


return to table of contents

Ki sit entènèt kote m ka li plis sou VIH/SIDA?


Enfòmasyon sou SIDA/AIDS http://www.aidsinfo.nih.gov Se yon sèvis Depatman sante ak Sèvis pou pran swen moun nan peyi Etazini bay sou tretman sou prevansyon ak sou rechèch VIH/SIDA, .

AIDS.ORG http://www.aids.org Sit entènèt sa a la pou l montre moun sa pou yo fè, pou l kenbe moun okouran, epi pou l ede kominote yo grandi. Li gen plis pase 50 paj enfòmasyon ki gen tout kalite koze sou maladi a.

Fondasyon SIDA Elizabeth Glaser http://www.pedaids.org Bay enfòmasyon dirèk sou timoun ki gen VIH/SIDA.

The Merck Manual, Dezyèm edisyon sou entènèt. www.merck.com Enfòmasyon medikal sou entènèt. Se Konpayi "Merck Pharmaceutical Co." ki bay enfòmasyon sa yo.

Premye pa/ Early Steps www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Chache paj entènèt Premye pwogram entèvansyon eta Florid la pou w jwenn anpil enfòmasyon pou paran.

NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/aids.html Yon bon sous pou w jwenn lòt sit entènèt, sa se yon sèvis Bibliyotèk nasyonal Medsin ak Enstiti nasyonal Sante bay.

Bandaids and Blackboard www.faculty.fairfield.edu/fleitas/contents.html Yon bon jan sit pou timoun, pou jenn timoun ak pou paran timoun ki gen pwoblèm sante.


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen ka li pou pitit mwen an?


You Can Call Me Willy: A Story for Children About AIDS (hardcover) by Joan C. Verniero, Verdon Flory Willy Jones gen 8 an. Li renmen bizbòl, li rete ak granmè li, li gen SIDA. Willy pale sou maladi l la, li montre anpil fòs ak kouraj etan l ap aprann viv ak sentòm yo ak jan medikaman yo aji sou li, ak timoun lekòl li k ap fawouche l, ansanm ak ki jan li jwenn plezi ak zanmi. (Pou timoun 4-8 an).




Be a Friend: Children Who Live With HIV Speak (hardcover) by Lori S., Ph.D. Wiener, Philip A., M.D. Pizzo. Plizyè desen ak pawòl jenn timoun ki gen VIH nan Enstiti Nasyonal Kansè. Timoun sa yo ki gen 5 a 19 ki gen VIH/SIDA fè wè se moun yo ye tou. Sa timoun sa yo ap mande se pou moun asepte yo, se pou moun byen aji ak yo. Nan seksyon "I often wonder," moun ki ekri yo poze keksyon, yo pale sou rèv yo, sou sa k fè yo pè, yo pale sou lanmò. "Viv ak VIH" pale sou eseye kenbe chak jou san w pa konn sa ki ka rive, san w pa ka fè tout bagay, nan doulè, ak lapenn, nan ale kay doktè ki pa janm fini. "Family, Friends, and AIDS" pale sou ki jan sosyete a pè, ki jan yo mete moun ki fè SIDA yo sou kote. Kèk timoun eseye fè moun k ap li yo konnen yo pa bezwen pè ti kontak senp ak moun ki gen maladi a, timoun yo mande pou moun pa bezwen panike kon sa. Gen yon timoun 10 an ki ekri sou iyorans nan gade lòt moun mal nan yon ti koze sou "ki jan pou w trete moun ki gen SIDA."

We Have AIDS (Watts, 1990), by Elaine Landau. Pale sou istwa lavi kèk jenn timoun ak enfòmasyon medikal. (Pou timoun 8 an ak sa ki pi gran)


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.