Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa yo rele maladi kè oswa maladi kadyak?


Maladi kè, yo kon rele maladi kadyak tou, se yon domaj nan kè a. Mo kadyak la vle di li gen rapò ak kè. Maladi kè oswa kadyak se lè bout vyann yo rele kè a pa ka pote oksijèn byen epi lòt eleman esansyèl bay lòt ògàn yo ak lòt tisi yo. Genyen anpil lòt pwoblèm ki ka mache ak maladi kè. Kè a ponpe san nan tout kò a pou l pote oksijèn ak manje bay tout selil kò a.


return to table of contents

Ki siy ki pi kouran pou maladi kè yo?


Men kèk siy ki kouran:
  • Pitit ou a bouke fasil oswa li gen pwoblèm pou l respire.

  • Pitit ou a genyen kriz ipoksik (timoun nan vin tou ble, li vin pal oswa li vin gri epi souf li kout, li vin fèb oswa li pèdi konesans).


  • Lè ka a grav, timoun nan kapab gen doulè lestomak, vètij epi/oswa kè l ka sispann bat.

  • Si pitit ou a gen yon estimilatè epi li sispann fonksyone kòm sa dwa, li ka pèdi konesans, li kab plenyen li kab gen vètij, mal tèt, li ka bouke fasil oswa dòmi ka pran l. Si pitit ou a ap plenyen pou nenpòt nan bagay sa yo epi li ben yon aparèy pou ede kè l bat, al kay doktè tousuit.
Adapted from Krajicek et al & Fletcher-Janzen & Reynolds



return to table of contents

Ki sa mwen ka fè pou m ede pitit mwen an?


Se yon premye pa enpòtan ou fè lè ou li plis enfòmasyon sou maladi kè oswa maladi kadyak. Pale ak lòt paran timoun ki gen maladi kè ki viv sa w ap viv kounye a, petèt yo kab ede w. Gwoup sipò paran yo kapab ede w tou. Klike pi ba a pou w jwenn yon lis gwoup sipò pou maladi kè ki nan lokalite w la.

Gwoup sipò lokal pou kè 


Remember that the more you know about your child's heart condition, the better you can help your child. Below are some checklists of things to help your child. Remember that you are not alone.

Sonje plis ou enfòme sou kondisyon kè pitit ou a, ou kapab ede l pi byen. Men yon lis bagay ou kapab fè pou w ede pitit ou a. Sonje ou pa pou kont ou.


An nou derape

NAN ETA FLORID LA:
 Fè yo tcheke (teste) zòrèy pitit mwen an:

Si pitit ou a ant jou l fèt la avèk 3 zan epi li sanble li gen yon pwoblèm pou l tande, pale oswa aprann, yon gwoup espè kapab evalye pitit ou a nan pwogram Early Steps  la gratis. Pitit ou a kapab kalifye pou sèvis gratis. Kontakte yon sant ki tou pre lakay ou.



Si pitit ou a genyen ant 3 a 5 an epi li gen pwoblèm pou l tande, pou l aprann, pou l pale, pou l jwe, pou l wè epi/oswa pou l mache, li kapab resevwa tès gratis nan Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South). Yo fè tès tou pou pwogram edikasyon espesyal yo. (Si pitit ou a deja nan Sistèm Lekòl Leta Miami-Dade la, se pou yo pase pa lekòl la pou yo teste l.)



Kontakte sèvis medikal pou timoun yo (CMS): Kèk fwa, biwo lokal CMS yo refere timoun yo bay sant medikal k ap travay ak CMS. Yo bay sèvis pou pran swen timoun ki andikape, timoun ki bezwen swen espesyal oswa timoun ki genyen gwo pwoblèm medikal. Sèvis sa a yo kapab soti depi nan pwogram entèvansyon bonè yo tankou Early Steps pou rive nan sèvis pou yon kondisyon medikal espesyal tankou pwoblèm kè.



 Tcheke pitit mwen an pou m wè si l gen reta nan devlopman l: Kèk fwa, yon pwoblèm kè oswa yon operasyon pou korije sa kapab bay pitit ou a yon "reta nan devlopman l." Yon reta kon sa ka fè pitit ou a pran plis tan avan l mache, avan l pale oswa avan l aprann ekri. Pitit ou a ka menm gen pwoblèm pou l aprann.

 Travay ak moun k ap ede pitit mwen: Moun k ap ede pitit mwen se kapab doktè yo, enfimyè yo, pwofesè yo, travayè sosyal yo oswa nenpòt ki pwofesyonèl. Sonje ou konn pitit ou a pi byen pase nenpòt ki moun epi se ou ki pi gwo enfliyans nan lavi pitit ou a. Men kèk ide pou w ka pale ak moun k ap pran swen pitit ou a:
  • Pa neglije poze kesyon epi fè kòmantè. Bay presizyon sou sa ou konnen sou pitit ou a epi sou sa w vle ak sa w bezwen pou li. Se pou w onèt lè w ap di sa w ap atann, sa ki enkyete w oswa bagay ou pa konprann.

  • Si w panse gen yon bagay espesyal pitit ou a bezwen, kontinye mande l jiskaske w jwenn li oswa jiskaske w konprann pou ki sa li pa bezwen l.

  • Si pwoblèm kè pitit ou a grav, ou kab oblije mande pou sèvi kote yo fè lekòl pou timoun lakay yo, pou w ka fè edikasyon pitit ou.
ISi pitit ou a lekòl, li ka bezwen yon plan edikasyon Seksyon 504 pou asire w yo kouvri tout bezwen edikasyon ak sante li yo. Seksyon 504 se yon pati nan Lwa Reyabilitasyon 1973 la. Lwa federal sa a pèmèt timoun ki andikape ki kalifye yo resevwa sèvis oswa sipò espesyal nan lekòl yo. Pou plis enfòmasyon sou Seksyon 504 la, gade sou sit entènèt sa a: http://www.hhs.gov/ocr/504.html.

Pitit ou a kapab kalifye pou plis sèvis nan pwogram IDEA a. Mande enfòmasyon nan lekòl pitit ou a. Pou plis enfòmasyon sou IDEA, gade sit entènèt sa a: http://www.nichcy.org/idea.htm

 Jwenn plis enfòmasyon: Vizite plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou maladi kè. Fè l ansanm ak pitit ou epi fanmi ou. Pale ak yon lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w jwenn ak lòt paran epi resevwa sèvis.





 Resevwa fòmasyon nan bay premye swen CPR (yon teknik dijans pou w ede yon timoun rekòmanse respire ankò) epi nan AED (pou w sèvi ak yon aparèy yo rele defibrilatè ki ka fè yon kè ki kanpe rekòmanse ponpe): Tout granmoun ou bay voye je sou pitit ou - ni ou menm tou - ta dwe resevwa fòmasyon sou ki jan pou bay CPR (ki vle di rezirèksyon pilmonè) epi AED (ki vle di defibrilatè ekstèn otomatik) paske kè yo ka genyen pwoblèm nenpòt lè, yo ka bezwen trètman tousuit.

 Fè pitit mwen an pote yon braslè "Medic Alert" Sa enpòtan paske nan ka ijans, yo ka jwenn enfòmasyon enpòtan sou pwoblèm pitit ou a.

 Bay tout pèsonèl lekòl la ak tout moun kap pran swen l nimewo telefòn mwen: Se pou w bay tout granmoun k ap ede epi k ap pwoteje pitit ou a nimewo telefòn ou, nimewo telefòn madanm ou ak nimewo telefòn doktè pitit ou a.

 Pale ak pwofesè pitit mwen an (yo). Mande pwofesè a pou l pale avè w souvan sou ranman pitit ou a nan lekòl. Yon fason ou ka rete enfòme se lè w sèvi ak yon kaye kap ale vini ant lekòl la ak lakay ou. Ou ka rete enfòme pa imel oswa kout telefòn tanzantan tou. Asire w pwofesè a konnen tout chanjman nan kondisyon pitit ou a ki kapab afekte travay lekòl li oswa aprantisaj li.

Si pitit ou a genyen pwoblèm ak travay lekòl li akoz absans oswa lòt pwoblèm, mande pwofesè pitit ou a pou l:
  • Bay orè oswa zouti davans pou ede pitit ou a suiv kote l prale
  • Diskite sou kèk aranjman/modifikasyon * oswa chanjman nan kourikoulòm nan ak lekòl pitit ou a. (Pitit ou a ka kalifye pou sa a yo nan Seksyon 504 nou diskite pi wo a.)
Kèk aranjman ki ka bon pou pitit ou a se:
  • Ba li yon tan repo si pitit ou a bouke twò vit oswa souf li vin wo.
  • Ba li kèk liv lekòl lakay li. Pote valiz liv ki lou kapab difisil pou pitit ou a.
  • Planifye epi diskite longè jou klas la avan pitit ou a al lekòl. Yon jounen lekòl ki twò long kapab twò fatigan.
  • Rann li fasil pou pitit ou a ale nan twalèt. Kèk medikaman kapab fè pitit ou a ale nan twalèt souvan.
  • Planifye lòt bagay pou pitit ou a fè pandan edikasyon fizik (aktivite fizik altènatif). Rete sou kote ap gade, se pa yon bon chwa pou pitit ou a. Si pitit ou a ap pran medikaman k ap dilye san l, sonje di pwofesè a sa pou l fè pitit ou a evite espò kote l ap frape ak lòt moun. Timoun nan ka blese nan aktivite espò sa yo.
 Anseye pitit mwen an kèk estrateji pou fè kè l bat pi dousman: Kèk nan estrateji ki diminye oswa rete batman rapid yo, se respire fò, fè zòrèy ou debouche oswa bwè yon bwason gazez ki byen glase.

Strategies from the Children's Heart Federation, 2005

Rantre pitit mwen nan aktivite mwen mennen chak jou. Ankouraje pitit ou patisipe nan plezi fanmi a ap pran, nan aktivite rekreyatif epi nan tout jwèt ki pa gen danje ladan.

Pou w ka jwenn ide sou ki jan pou w jwe ak pitit ou a lè l piti, ale nan www.Parenthood.com


return to table of contents

Kòman mwen ka jere tout bagay sa a?


Dabò se pou ou pran swen tèt ou!
Se yon bagay ki estresan lè ou genyen yon timoun ki genyen yon pwoblèm medikal grav. Li fasil pou w santi sa twòp pou ou.

Sonje ou dwe pran pasyans ak pwòp tèt ou avan ou ka pran swen nenpòt moun. Se pa yon bagay ki egoyis lè ou pran swen tèt ou, o kontrè li nesesè. Ou pa ka pran swen pitit ou si w twò fatige nan travay ou oswa si w twò estrese.

Kalkile jan pou w pran swen pwòp bezwen ou. Pwochèn fwa yon fanmi w oswa yon zanmi w di, "Ki jan m ka ede w?" kite yo voye je sou tibebe a oswa kite yo ba ou yon kout men pou w ka gen yon ti tan pou tèt ou tou. Men kèk bagay ou kapab fè pou w "reprann ou:"
  • Fè yon bagay ki fè kè w kontan, pa egzanp fè yon sòti ak yon zanmi w oswa yon moun ou renmen, pran yon beny long nan yon basen oswa antreprann yon pwojè kreyatif.


  • Egzèsis tou se yon bagay ki enpòtan anpil pou panse w, kò w ak lespri w - pa egzanp pwomnad ki long, leve fè, monte bekàn oswa yon kou jimnastik. Eseye asire w sa enteresan.


  • Pale ak lòt paran timoun ki genyen menm pwoblèm nan. (Parent to Parent of Miami se yon bon kote pou w ta kòmanse.) Lòt yo kapab ede w ak teknik pratik, yo kapab ankouraje w epi yo kapab ba w fòs.


  • Pa pèdi espwa. Daprè Asosiyasyon kadyak Ameriken, "Si pitit ou a fèt ak yon pwoblèm nan kè jodi a, gen plis chans pase avan pou pwoblèm nan rezoud epi pou timoun nan kontinye mennen yon vi nòmal."

return to table of contents

Ki lòt fason nou kapab esplike maladi kè?


Pami divès maladi kè ak pwoblèm kè, nou jwenn:
  • Defòmasyon kè konjenital oswa defòmasyon konjenital: Pwoblèm sa a yo rive pandan kè a ap devlope epi avan tibebe a fèt. Souvan, manman an pa konnen bagay sa a ap pase pandan li ansent.


  • Aritmi se lè kè a pa bat nòmalman: Kè pitit ou a bat twò dousman, twò vit oswa li pa bat nòmal (li pa ritme). Sa ka rive depi nan nesans tibebe a oswa pi ta pandan pitit ou a ap grandi.


  • Kè bloke: Sa rive lè genyen yon pwoblèm ak siyal elektrik ki fè kè a bat yo. Lè kon sa siyal yo ralanti oswa bloke sou kous yo ant chanm siperyè ak chanm enferyè kè a.
Krajicek, Hertzberg, Sandall, & Anastasiow, 2004; American Heart Association, 2005; Fletcher-Janzen & Reynolds, 2003



return to table of contents

Èske anpil timoun gen maladi kè?


Uit sou chak 100 tibebe ap fèt ak yon kalite maladi kè - anpil fwa se yon bagay ki pa grav. Dabitid, yo pa konnen koz pwoblèm sa a. Pi fò timoun ki fèt avèk maladi kè kapab mennen yon vi nòmal si yo resevwa swen medikal ak swen sante modèn.

American Heart Association, 2005 & Fletcher-Janzen & Reynolds


return to table of contents

Ki sa maladi kè ka fè sante pitit mwen an?


Maladi kè ki pa twò grav mande pou nou suiv yo pou yo pa tounen yon gwo pwoblèm. Gen pwoblèm kè ou ka kontwole san medikaman. Gen ladan yo ki ka mande yon operasyon pou mete yon estimilatè. Yon estimilatè se yon zouti elektwonik ki ede kè a bat nòmal.

Pwoblèm kè ki grav yo souvan mande operasyon epi, nan kèk ka, anpil operasyon sou plizyè ane. Nan kèk ka, sèl chwa nou genyen se chanje kè a.

Timoun ki genyen maladi kè souvan manke rezistans fizik, sa vle di yo bouke pi vit pase lòt timoun. Sa ka mande pou pitit ou redui kantite egzèsis l ap fè lakay li epi lekòl li epi patisipe nan edikasyon fizik adapte ki nan lekòl la. Asire w lekòl la konnen pitit ou a bouke fasil.
Children's Heart Federation, 2005 & Fletcher- Janzen & Reynolds, 2003



return to table of contents

Ki sa maladi kè ka fè nan entèlijans epi nan aprantisaj pitit mwen an?


Pi fò timoun ki gen maladi kè mennen yon vi konplètman nòmal. Kèk ka bezwen plis èd.

Kèk timoun ki genyen maladi kè konjenital (ki fèt avèk yon maladi kè) kapab gen lòt pwoblèm tou. Paregzanp, kèk timoun kapab manke devlope nan kontak sosyal epi yo aji kòm si yo te pi piti pase timoun nan laj yo.

Si pitit ou a fenk fè yon operasyon, li ka gen pwoblèm pou l konsantre lontan. Yon sejou nan lopital oswa yon tretman ki long kapab fè pitit ou a santi li izole pa rapò ak zanmi l. Timoun yo ka santi yo dwòl lè y ap tounen lekòl oswa yo ka santi yo tris. Sonje sa a pa yon andikap epi yo ka elimine l si nou ede yo.

Children's Heart Federation, 2005 & American Heart Association, 2005



return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè anpil diferan espesyalis swen sante. Pa egzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun.

Pedyat kadyològ: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen maladi kè.

Pedyat chirijyen: Yon doktè ki espesyalize nan fè operasyon sou timoun.

Pedyat pimològ: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen maladi oswa pwoblèm poumon. Travayè sosyal epi konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy epi sipò emosyonèl pou timoun ak fanmi yo epi ki ka ede kowòdone sèvis tou.

Kowòdonatè swen: Yon moun ki responsab pou òganize detay ant diferan ajans epi ki sèvi w kontak pou ede ou menm ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.


return to table of contents

Sou ki sit entènèt mwen kapab li plis enfòmasyon sou maladi kè?


American Heart Association http://www.americanheart.org/ Bon jan enfòmasyon sou anpil pwoblèm kè.

The Children's Heart Federation http://www.childrens-heart-fed.org.uk Bon jan enfòmasyon avèk yon lis pwoblèm medikal ki gen rapò ak kè.

NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/heartdiseases.html Yon sous lyen ki detaye, se yon sèvis Bibliyotèk Medikal Nasyonal Ameriken epi Enstiti Nasyonal Lasante.

Bandaids and Blackboard www.faculty.fairfield.edu/fleitas/contents.html Se yon bèl sit pou timoun, jèn timoun epi pou paran timoun ki gen gwo pwoblèm medikal.

Educating Children with Cardiac Conditions (se Heart Children of New Zealand ki mete sit sa a sou pye) http://www.heartchildren.org.nz/book/hcbookindex.htm Enfòmasyon pou ede pwofesè pitit ou a edike l sou kondisyon kè.

Medicine.net http://www.medicinenet.com/heart/focus.htm Medicine.net se yon konpayi ki pibliye medya pou swen lasante sou entènèt.


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen kapab li ak pitit mwen an?


How does your heart work?Se Don L. Curry ki ekri l, Jayne Waddell (kolaboratè), Jeanne, Ph.D. Clidas (kolaboratè) (2003). Scholastic Inc. Yon liv senp men ki chaje enfòmasyon sou kè ak sistèm sikilasyon san an. ( 4 an a 8 an)

Pump the Bear se Gisella Whittington ki ekri li. Brown Books Publishing. Se istwa yon lous espesyal ki rele Pump epi ki fèt ak yon kè malad. Fanmi l, doktè l ak yon lanj gadyen ap ede l pou l geri. Li reyalize li beni ak yon kè espesyal. Liv sa a ekri pou jèn timoun.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.