Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa seri sendwòm otis lan ye?


Seri sendwòm otis la se yon gwoup sendwòm kote yon timoun genyen pwoblèm nan relasyon sosyal, nan kominikasyon ak nan konpòtman li. Seri sendwòm otis la lakòz yon timoun genyen relasyon ak monn lan ki diferan parapò ak relasyon majorite timoun genyen ak monn lan. Li afekte sèvo timoun nan epi li kapab rann li difisil pou timoun nan konprann sitiyasyon sosyal epi pou li antann li ak lòt moun.

Tout timoun ki gen youn nan seri Sendwòm otis la pa gen menm sentòm. Sentòm yo kapab fèb kay sèten timoun epi yo kapab fò anpil kay lòt timoun.

Nan liv dyanostik pwofesyonèl yo itilize, yo rele sendwòm sa yo Twoub jeneral nan devlopman. Otis (Twoub otistik), Twoub devlopman jeneral ki pa epesifye, (PDD-NOS an angle), semdwòm Aspèje, twoub dezentegratif pandan lanfans ak Sendwòm Rett, tout fè pati kategori sa a.

Diferan kategori ki nan seri sendwòm otis yo kapab kreye konfizyon. Pafwa lè paran yon timoun al konsilte plizyè pwofesyonèl yo chak kapab di timoun lan gen yon maladi diferan. Paregzanp, yon newològ kapab di timoun lan genyen PDD-NOS, alòske yon sikològ kapab di timoun lan gen otis. Kon sa tou yon doktè kapab di timoun lan gen Sendwòm Aspèje epi yon lòt doktè kapab di timoun lan gen PDD-NOS oubyen otis.

Pa bliye pi souvan non yo chwazi pou yo dekri sa timoun lan genyen an pa enpòtan. Sa ki enpòtan sèke yon pwofesyonèl rekonèt pitit ou a genyen youn nan seri sendwòm otis yo. Apre sa dapre pwen fò ak pwen fèb pitit ou a y ap devlope yon plan edikasyon pou li. Yon timoun ki genyen otis kapab kalifye pou plis sèvis.

Chak moun diferan, kon sa tou chak moun ki genyen youn nan seri sendwòm otis yo kapab gen pwen fò pa li ak domèn kote li bezwen devlope. Ankourajman, lanmou ak sipò ou ba li kapab ede pitit ou a pou li viv ak kè kontan epi pou l endepandan.


return to table of contents

Kèk sentòm seri sendwòm otis ki kouran?


(Timoun lan pa oblije genyen tout sentòm yo)

Men kèk nan sentòm yo:

  • Pandan li tibebe pitit ou a pa imite lòt timoun epi li pa chèche kontak ak ou.
  • Li pa leve tèt li lè epi li pa reponn lè l tande non li. Kèk fwa li sanble li soud.
  • Li pa chèche w pou w ba l atansyon oswa pou rezon sosyal sèlman.
  • Li pa itilize jès, li pa lonje dwèt li pou li montre sa li bezwen.
  • Vwa li ak espresyon figi li kapab blèm, espresyon yo manke montre sa li santi e yo ka pa mache ak sa l ap di.
  • Li gen difikilte pou l konprann sa moun ki pre l panse ak kouman yo santi kò yo.
  • Li pale an reta, li te konn pale epi li pa pale ankò.
  • Li itilize anpil detay pou li pale sou yon sijè (paregzanp li vle pale de dinozò senpman).
  • Li gen difikilte pou li fè yon konvèsasyon ak lòt moun
  • Li gen difikilte pou li pase sou koze abstrè oubyen sou santiman li, li pa kesyone anyen.
  • Li pa devlope relasyon ki apwopriye pou laj li ak lòt timoun (li pa jwe byen ak lòt timoun oubyen li pa fè zanmi ak timoun laj li), li gen difikilte pou li alèz lè li nan mitan lòt moun.
  • Li obsede (li gen tandans fè menm bagay la menm jan an chak fwa l ap fè li) oubyen li pa jwe menm jan ak timoun laj li. (Paregzanp li gen tandans aliyen jwèt youn dèyè lòt oubyen vire yon bagay kou toupi san rete.
  • Se sèten manje sèlman li manje oubyen li renmen rad ki gen yon sèten teskti.
  • Li gen difikilte pou li fè antann li ak moun ki viv pre li.
  • Li gen difikilte ak chanjman
  • Li gen pwoblèm ak aktivite kote li dwe sèvi ak ti mis li yo tankou lè li gen pou li lase soulye li, boutonnen chemiz li oubyen ekri.
  • Li fache lè yo chanje woutin li yo.
  • Li renmen pran sant jwèt oubyen li niche yo.
  • Li kapab gen yon gwo reyaksyon lè li tande bwi tankou bwi klaksonn machin.
Paregzanp, yon timoun ki gen youn nan seri sendwòm otis la kapab:
  • Pase yon pakèt tan ap konte flè nan jaden botanik, oubyen li kapab gade yon videyo plizyè fwa oubyen li kapab gade yon cho plizyè fwa.
  • Pale de yon bagay toutan (dinozò paregzanp) epi li kapab bay detay espesifik.
  • Ale nan aktivite sosyal tankou yon fèt anivèsè epi li pa pale ak okenn moun.
  • Tonbe fè kòlè lè yon moun fè chanjman nan sa li abitye fè, tankou pa ale nan klas karate paske yo anile li oubyen si yo fè yon lòt wout ak li pou yo mennen li lekòl.

return to table of contents

Ki sa m kapab fè pou m ede pitit mwen an?


Se yon pa enpòtan ou fè lè ou deside li enfòmasyon sou sendwòm otis. Yon lòt pa ou kapab fè se pale ak lòt paran ki te nan menm sitiyasyon ak ou. Gwoup solidarite ant paran ak gwoup k ap defann dwa moun tankou òganizasyon ki rele Parent to Parent of Miami kapab ede tou. Dapre rezilta rechèch yo pi bonè ou kòmanse ede timoun lan pou l kapab grandi epi pou l kapab devlope, se plis rezilta yo ap pi bon pou timoun lan ak fanmi li.

Klike a pou w kontakte òganizasyon "Parent to Parent of Miami"


Anba a gen kèk lis aktivite ou kab sèvi pou w ede pitit ou a. Sonje ou pa poukont ou.

Pou kòmanse

NAN ETA FLORID:

 Fè yo teste pitit mwen an:

Si pitit ou gen mwens pase twazan, gen espesyalis ki kab teste li nan pwogram Early Steps la. Pitit ou kapab kalifye pou l jwenn sèvis gratis. Kontakte youn nan sant ki pi pre lakay ou yo.

Klike la a pou wè kote sant "Early Steps" yo ye nan Miami-Dade


Si pitit ou a gen ant 3 ak 5 an epi li gen pwoblèm aprann, pwoblèm pale, pwoblèm jwe, pwoblèm wè, pwoblèm mache oubyen pwoblèm tande, yo kapab ba li yon tès preliminè nan Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South) pwogram lan. Yo teste timoun pou pwogram edikasyon espesyal tou. (Si pitit ou a nan sistèm Lekòl leta Miami-Dade la deja, se lekòl kote li ye a ki dwe teste li.)

Klike la a pou wè ki kote lokal "Child Find/FDLRS" yo ye


 Kontakte Ajans pou moun ki gen andikap(Agency for Persons with Disabilities): Pou ou kapab aplike pou sèvis pou pitit ou a. Si pitit ou a gen twazan oubyen plis pase twazan epi li gen otis, li elijib pou li resevwa sèvis. Men egzanp kèk sèvis pitit ou a kapab kalifye pou yo:
  • Relèv (Respite): Yon moun vini lakay ou pou pran swen timoun an. Kon sa ou kapab gen tan pou ale nan magazen, al wè zanmi ak fanmi oubyen pou fè yon sòti nan lasware.
  • Sèvis konpòtman: Montre timoun lan kouman pou li rezoud pwoblèm li rankontre chak jou.
  • Sipò anndan lakay: Asistans nan swen pèsonèl, konpay, sèvis pou ede w fè travay nan kay
Pou plis enfòmasyon sou sèvis sa yo epi pou w aplike pou yo, tanpri klike la a.

 Travay ak moun k ap bay pitit ou a sèvis: Yon moun k ap bay sèvis se nenpòt moun k ap travay ansanm avè w epi ansanm ak pitit ou a - Se kapab yon pedyat, yon terapet pou konpòtman, yon pwofesè, yon direktè/direktris, yon travayè sosyal, oubyen nenpòt lòt pwofesyonèl. Sonje ou konn pitit ou a pi byen pase nenpòt lòt moun epi se ou ki gen plis enfliyans nan lavi li. Men kèk konsèy pou lè w ap pale ak moun k ap travay ak pitit ou a:
  • Ou dwe santi w lib pou poze kesyon epi pou fè kòmantè. Pesonn pa konn pitit ou pi byen pase w. Se pou di moun k ap travay ak pitit ou a egzakteman sa ou konnen de li, sa ou vle ak sa ou bezwen pou pitit ou a. Se pou ou onèt sou sa ou espere, enkyetid ou, oubyen nenpòt bagay ou pa konprann.


  • Si ou panse pitit ou a bezwen yon bagay an patikilye (tankou terapi pou konpòtman) kontinye mande sa ou vle a jiskaske ou jwenn li oubyen jiskaske ou konnen pou ki sa li pa nesesè.


  • Travay ak pwofesyonèl nan pwogram entèvansyon bonè a oubyen nan lekòl la pou prepare yon Plan Edikasyon endividyèl IFSP oubyen yon IEP pou pitit ou, ki reflete sa pitit ou bezwen ak sa li kapab fè. Asire ou dokiman sa a genyen sèvis sa yo ladan: terapi langaj, terapi fizik, ègoterapi (occupational therapy) si pitit ou a bezwen sèvis sa yo.
 Chèche plis enfòmasyon: Ale sou plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou seri sendwòm otis yo. Fè pitit ou a ak fanmi ou patisipe ak ou. Pale ak lòt paran. Òganizasyon Parent to Parent of Miami kapab ede w rankontre ak lòt paran epi yo kapab pèmèt ou jwenn sèvis ki nesesè yo.

 Kontakte Sant UM/NSU CARD  pou sèvis pou pitit mwen an: Sant sa a genyen sèvis pou fanmi ak timoun ki gen seri sendwòm otis yo ak lòt andikap ki gen rapò ak sendwòm sa yo nan rejyon Miami-Dade, Broward ak Monroe.

Main Office (Biwo Santral)
5665 Ponce de Leon Blvd.
P.O. Box 248768
Coral Gables, Fla. 33124-0725


1-800-9-AUTISM
(305) 284-6563
Fax (305) 284-6555
Sit wèb: http://www.umcard.org/index.htm


Klike la a pou wè yon lis sit wèb

Klike la a pou wè yon lis liv oubyen videyo

Klike la a pou kontakte òganizasyon "Parent to Parent of Miami"


 Kèk bagay mwen kab fè lakay mwen pou m ede pitit mwen:
  • " Ede pitit ou a ak aktivite woutin li yo, men apre sa dirije li pou li ale nan lòt aktivite ki gen plis varyete. Paregzanp, fè lèsanpa nan sal la ak pitit ou, apre sa travèse ak li nan yon lòt sal. Lè sa posib, eseye fè timoun nan limite aktivite l fè souvan yo.


  • " Timoun ki genyen seri sendwòm otis gen dwa pa konprann konpliman vèbal (paregzanp lè ou di li "bravo"), se poutèt sa ou dwe itilize lòt kalite rekonpans lè yo konpòte yo byen. Paregzanp, kite piti ou a jwe ak yon jwèt li renmen pou plis tan pase jan ou abitye kite li jwe ak li, mennen li nan pak oubyen ba li yon fridòdòy li renmen. Kon sa tou ou kapab sèvi ak yon tablo kote pou kole chak stikè ou ba li lè li fè yon bon bagay. Pi bon bagay ou kab itilize pou ou konplimante timoun ki gen seri sendwòm otis yo, se bagay yo kab wè.


  • Timoun ki gen seri sendwòm otis yo se timoun ki vizyèl anpil. Kreye orè pou pitit ou a kote ou itilize foto ak senbòl. (Gade egzanp ki anba a.)


  • Si pitit ou a genyen pwoblèm langaj, ou kapab itilize foto pou ede l devlope langaj li. Paregzanp, si pitit ou mande w yon pòm montre li foto yon pòm. Chak fwa li vle yon pòm, fè li mete dwèt li sou pòm lan epi di "pòm". Sa ap ede pitit ou a fè yon relasyon ant pòm lan ak mo a. Fè menm bagay la ak foto moun ki nan fanmi an epi ak terapet yo tou.


  • Pou pwoblèm sansoryèl (pwoblèm ki gen rapò ak touche, tande, pran sant) eseye evite pou timoun lan nan sitiyasyon ki kapab lakòz li gen yon kriz konpòtman obsesif oubyen konpòtman konpilsif oubyen yon kriz kòlè. Se kapab bagay tankou gwo bwi, oubyen yon bwi ki pike (tankou yon ti chen k ap jape), oubyen limyè ki klere (espesyalman limyè fliyoresan), foul moun, rad ki fè yo grate kò yo oubyen odè fò tankou odè pafen. Evite bagay ki kapab fè pitit ou a gen yon move reyaksyon. Si pitit ou gen pwoblèm ak foul moun oubyen bwi, ou kapab ale nan magazen bonè oubyen pa kite pitit ou a pwoche bo kote sèten bagay.


  • Sa pa vle di timoun dwe evite sèvi ak sans yo oubyen ou dwe limite esperyans yo. Entegrasyon sansoryèl enpòtan pou yon timoun ki gen pwoblèm ak jan kò a konprann sans yo. Kreye yon anviwonman nan kay la ki ede timoun fè sans yo travay -- bagay ki santi bon, bagay ki fè yo santi yo byen, ak kote yo kapab jwe aktivman epi esplore anviwònman an ak sans yo.


  • Kle a se jwe souvan. Se pa yon bon bagay pou nou kite timoun devan yon televizyon oubyen ap jwe jwèt videyo pandan plizyè èdtan. Pitit ou kapab gen anpil enèji, li kapab bezwen pase yon pakèt tan ap jwe avan li kapab kalme li. Asire ou genyen sekirite nan kay la pou timoun nan. Kreye anpil okazyon nan woutin chaj jou yo kote timoun nan kab jwe. Anpil paran rekòmande pou timoun fè inèdtan ap jwe oubyen ap fè egzèsis pou timoun nan kab kalme yo epi al dòmi a lè.

return to table of contents

Èske seri sendwòm otis yo kouran?


Sou chak 166 moun genyen youn ki gen seri sendwòm otis la. Ti gason pi fasil genyen li pase ti fi. Li frape tout ras, tout gwoup etnik, tout gwoup sosyal.


Èske gen tretman pou seri sendwòm otis? Pou ki sa sa rive?


Pa gen okenn tretman pou seri Sendwòm otis. Sanble se yon konbinezon faktè jenetik ak kèk faktè nan anviwònman an ki deklanche sendwòm nan. Pi fò entèvansyon konsantre sou domèn kote timoun gen pwoblèm, tankou ladrès sosyal, kominikasyon ak konpòtman. Tretman ki pi kouran yo itilize pou ede timoun ki gen seri sendwòm otis gen rapò ak edikasyon ak terapi.

Anpil timoun ki otistik oubyen ki gen sendwòm Aspèje a men ki gen gwo kapasite entelektyèl rive fini fè etid segondè yo epi yo ale nan kolèj.


return to table of contents

Ki sa sa vle di pou sante pitit mwen an?


Pitit ou a ap bezwen konsiltasyon regilye kay doktè ak vaksen tankou nenpòt lòt timoun. Gen timoun ki gen dwa pa kapab reyalize lè yon sitiyasyon danjere. Se poutèt sa yo kab bezwen sipèvizyon lè yo nan lari ak lè yo pre dlo. Timoun ki gen seri sendwòm otis yo kapab gen plis tandans pou yo gen kriz pase lòt timoun. Si timoun nan gen sèten sentòm (tankou li gade nan lespas souvan) al wè yon newològ.


Ki konsekans seri sendwòm otis la ap genyen sou entelijans pitit mwen an ak kapasite li pou li aprann?


Kapasite pitit ou a ap ogmante si li nan yon pwogram:
  • Kote yo sèvi ak sa ki enterese timoun lan pou yo kontinye montre li lòt ki bagay.
  • Kote yo detaye aktivite yo an etap ki senp pou yo anseye timoun lan.
  • Kote yo aprann timoun lan kouman pou li konsantre pandan aktivite ki konplèks.
  • Kote yo ankouraje timoun lan yon fason ki regilye lè li konpòte li byen.
  • Ki gen yon orè kote timoun nan konnen ki aktivite li gen pou l fè.
Kèk teknik/ pwogram ki kapab ede w ak pitit ou a:

Antrènman pou devlopman ladrès sosyal: Se youn nan pati ki pi enpòtan nan tretman an. Pitit ou a aprann kouman pou li antann li ak lòt timoun. Paregzanp:

  • Règ pou gade moun nan je, ak jan pou l kenbe distans ak lòt moun.
  • Kouman pou li detekte siy ki pou di li kouman yon lòt moun santi li.
  • Pratike ladrès sosyal yo nan ti gwoup. Ou kapab ede nan sa si ou fè timoun lan pratike ladrès sa yo lakay li.
Terapi koyitif konpòtman: Se yon kalite terapi kote yo pale ak timoum ki soufri anksyete oubyen ki konn gen esplozyon emosyonèl. Terapi sa a ede timoun lan kontwole emosyon li pi byen epi li ede li diminye konpòtman obsesif ak tandans pou li repete yon aksyon san rete. Kominikasyon ou ak terapet la enpòtan pou w ka konprann pitit ou a epi pou jwen bon rezilta.

Terapi konpòtman: Pafwa terapi sa a kapab ede ak ladrès pwofesè sèvi pou montre timoun, yon jan kote pwofesè a detaye an plizyè ti etap fason pou timoun nan konpòte li. Yon terapet konpòtman kapab ede devlope pwogram pou redui konpòtman ki pa apwopriye epi aprann timoun konpòtman ki pi apwopriye.

Medikaman: Pa gen medikaman pou timoun ki gen seri sentòm otis. Men gen kèk medikaman yo kapab itilize pou trete pwoblèm atansyon, agresyon, depresyon oubyen anksyete. Si pitit ou a nan medikaman, fè aranjman ak lekòl la pou asire li pran medikaman an jan li dwe pran l.

Ègoterapi oubyen kineziterapi: Yo ede timoun ki maladwa epi ki gen lòt pwoblèm. Fè terapet la montre w kèk aktivite ou kapab fè ak pitit ou a pou amelyore kòdinasyon li.

Terapi langaj oubyen òtofoni: Li ede timoun ki gen pwoblèm ak ale vini ki genyen nan konvèsasyon. Pale ak terapet la sou ko uman ou kapab amelyore kapasite li nan domèn sa a nan aktivite li fè chak jou lakay li.

Entèvansyon akademik: Ladrès timoun ki gen seri sendwòm otis la varye anpil. Lekòl la dwe kreye yon pwogram endividyèl pou timoun ou an. Esplike lekòl la kouman pitit ou a aprann ak kouman li kominike pou ou kapab ede yo. Toujou asire ou pwofesè yo fè pitit ou a konnen lè gen yon chanjman nan orè lekòl la. Anpil lekòl kapab anplwaye yon moun espesyalman pou pitit ou a pou li ede li pran swen tèt li. Si ou pale ak lekòl piti ou a ansanm ak moun k ap travay nan lekòl la sa kapab ede reyalize objektif ki nan plan edikasyon pitit ou a.

Kèk paran ap mande tèt yo si pitit yo ap kab al lekòl. Tout timoun gen dwa pou yo jwenn lekòl leta gratis pou ba yo kalite edikasyon yo bezwen . Pitit ou ka bezwen kalite sipò yo bay timoun ki nan klas edikasyon espesyal.

Menm avan jadendanfan gen pwogram ki egziste pou ede pitit ou a devlope. Nan tout eta, tout kominote gen pwogram entèvansyon bonè (Early Intervention Program). (Nan rejyon Miami-Dade la yo rele pwogram sa a "Early Steps".) Pwogram sa a fè aranjman pou sèvis tankou kineziterapi, ègoterapi, terapi langaj epi pou bay fanmi timoun lan enfòmasyon ak fòmasyon ki nesesè. Pwogram Entèvansyon bonè pèmèt timoun bay rannman maksimòm nan devlopman yo. Ou pa ta dwe rate opòtinite sa a.

Tankou tout lòt timoun, pitit ou gen talan pa li, li gen ladrès pa li. Li enpòtan pou ou konsidere pitit ou tankou yon timoun. Ou pa dwe gade li tankou yon timoun ki gen seri sendwòm otis. Sa kapab pran tan, men ofiramezi w ap dekouvri kapasite pitit ou a, ou kapab rive mennen yon lavi nòmal pou tèt ou ak pou fanmi an. Se kapab pa jan ou te planifye pou l viv, men yon vi k ap gen anpil rekonpans. Ale la a pou ou kapab li yon powèm ki rekonfòte anpil fanmi.


return to table of contents

Ki espesyalis pitit mwen an kab oblije al wè?


Pitit ou a kapab oblije al wè diferan espesyalis. Paregzanp:

Pedyat: Yon doktè ki trete timoun.

Developmental pediatrician: A doctor with specialized training in child development.

Pedyat devlopman: Yon doktè ki resevwa fòmasyon espesyal nan devlopman timoun.

Sikològ pedyat: Yon doktè ki gen pou teste pitit ou pou l wè ki kapasite li genyen pou li aprann. Lè sikològ la fè yon egzamen global pou pitit ou a li kapab fè w konnen si enfimite serebral motris (cerabral palsy) afekte kapasite pitit ou pou li aprann. Egzamen sa a se yon egzamen san doulè epi jeneralman li pa pran anpil tan.

Newològ pedyat: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan relasyon ki genyen ant ladrès timoun, konpòtman yo ak kapasite mantal yo. Newològ pedyat bay timoun egzamen epi yo trete timoun ki gen pwoblèm tankou pwoblèm nan devlopman, pwoblèm mantal, pwoblèm sikolojik, pwoblèm newolojik ak lòt kalite pwoblèm.

Espesyalis nan analiz konpòtman: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan analize konpòtman timoun ak nan analize fason pou yo elimine konpòtman ki endezirab oubyen pou yo ankouraje konpòtman ki apwopriye.

Terapet konpòtman: Yon pwofesyonèl ki espesyalize nan prepare lòt moun pou yo aplike plan konpòtman pou yo elimine konpòtman ki endezirab oubyen pou yo ankouraje konpòtman ki apwopriye kay timoun.

Kineziterapet: Yon pwofesyonèl ki travay ak timoun pou li amelyore devlopman misk li yo, fleksibilite yo ak estabilite yo, ak devlopman motè timoun sa yo.

Ègoterapi: Yon pwofesyonèl ki travay ak timoun pou amelyore kapasite yo pou yo lonje men yo pou yo pran yon bagay epi pou yo kenbe yon bagay. Terapet la enterese nan jan pitit ou a trete enfòmasyon li kapte ak je li, nan touche, nan tande ak nan mouvman.

Òtofonis: Se yon pwofesyonèl ki konsantre nan amelyore kapasite timoun pou yo kominike ak lòt timoun.

Travayè sosyal ak konseye: Yon pwofesyonèl ki travay ni ak timoun, ni ak paran yo pou li ba yo konsèy ak sipò emosyonèl epi ki kapab ede kòdone sèvis y ap resevwa.

Koòdonatè swen:Yon moun ki responsab pou li travay ak ajans yo pou li kòdone sèvis ou dwe resevwa epi li kapab sèvi kòm kontak pou ede ou ak fanmi ou jwenn sèvis ak asistans.

Sipò Paran: Pran kontak ak yon lòt fanmi ki genyen yon timoun ki gen seri sendwòm otis kapab yon gwo sous sipò. Lòt paran kapab separe esperyans pèsonèl yo, kouraj yo konsèy, resous, lespwa ak ou. Genyen gwoup sipò kote paran ede lòt paran (tankou "Parent to Parent of Miami") ki egziste pou bay sèvis gratis ansanm ak sipò.

Pwofesè edikasyon espesyal pou timoun anbazaj/ pwofesè edikasyon espesyal: Yon pwofesè ki gen fòmasyon pou l travay ak pitit ou. Li konsantre atansyon li sou devlopman timoun nan ak nan travay ak ou pou li montre ou teknik pitit ou a kapab pwofite de yo.


return to table of contents

Ki lòt enfòmasyon ou ta dwe konnen sou seri sendòm otis yo?


  • Fizikman, timoun ki gen otis sanble ak tout lòt timoun.

  • Move pratik nan elve timoun pa lakòz otis

  • Vaksen pa lakòz otis

  • Anpil timoun ki gen otis genyen difikilte pou yo konprann jès moun, espresyon vizaj moun oubyen konvèsasyon ki pa dirèk (sa vle di koze daki). Si yo bay timoun lan fòmasyon nan ladrès sosyal sa kapab ede l nan domèn sa yo.

  • Genyen moun ki gen otis ki kapab gen difikilte pou yo fè zanmi, genyen lòt ki kapab alèz nan fè zanmi. Antrènman nan ladrès sosyal ak antrènman pou chanje konpòtman kapab ede timoun ki gen difikilte pou yo fè zanmi.

  • Timoun ki gen otis kapab genyen retadasyon mantal, men sonje li kapab difisil pou mezire li. Li kapab difisil pou entèprete rezilta tès entelijans paske majorite tès entelijans pa konstwi yon fason ki pou pèmèt yo mezire entelijans timoun ki gen otis. Moun ki gen otis pa pèsevwa anviwonman an menm jan ak lòt moun ni tou yo pa aji ak anviwonman an menm jan ak lòt moun. Lè yo teste timoun yo, yo kapab wè yo gen kapasite ki nòmal nan sèten domèn, e kapasite yo kapab fèb nan sèten lòt domèn. Paregzanp, yon timoun ki gen otis kapab bay bon rannman nan pati nan tès la ki mezire ladrès vizyèl epi li kapab fè nòt ki ba nan pati ki sou langaj nan tès la.

  • Sou chak 4 timoun ki genyen otis youn ladan yo kapab gen kriz epilepsi, nan bazaj yo oubyen adolesans yo. EEG (yon tès ki mezire ond sèvo a) kapab ede detekte kriz epilepsi. Erezman, nan pifò ka yo kapab sèvi ak medikaman pou kontwole epilepsi.

  • Apeprè 2 - 5% timoun ki gen sendwòm X frajil (yo jwenn li leplisouvan nan ti gason). Li enpòtan pou fè yo konsilte timoun nan pou wè si li gen sendwòm sa a, espesyalman si ou panse fè yon lòt timoun paske li kapab fèt ak sendwòm sa a (se paran ki pase li bay pitit). Timoun ki fèt ak sendwòm sa a pi fasil genyen retadasyon mantal. Yo kapab sanble yo diferan parapò ak lòt timoun epi yo kapab pa genyen karakteristik fizik ki regilye.

  • 1 - 4% timoun ki gen otis genyen Esklewoz tibere (Tuberous Sclerosis), yon maladi ra ki lakòz timè ki pa kansè devlope nan sèvo a ak lòt ògàn nan kò a. Men kèk sentòm ki vizib nan maladi sa, yo parèt nan mouvman kò a fè tankou jan men an souke, mache sou talon pye, epi mòde. Terapi ki sèvi ak aktivite timoun nan mennen chak jou kapab ede timoun ak sentòm sa yo. www.ninds.nih.gov/disorders/tuberous_sclerosis
Kèk timoun ki gen otis konn gen de ladrès estwòdinè oubyen de talan espesyal, malgre se pa ka nou rankontre souvan. Paregzanp:
  • Yo kab desine tankou foto, pandan timoun parèy yo se madigriji yo kab fè.
  • Yo gen kapasite pou yo ranje jedpasyans pou granmoun pandan yo tou piti.
  • Yo kòmanse li bonè, kèk fwa menm anvan yo kòmanse pale.
  • Yo gen bon zòrèy epi yo kab jwe mizik ak enstriman pesonn pa montre yo jwe.
  • Yo kab jwe yon chante byen apre yo fin koute l yon sèl fwa.
  • Yo kab nonmen nòt mizik yo tande.
  • Yo kab sonje tout yon cho yo wè nan televizyon, oubyen tout sa ki nan yon paj yon liv telefòn, oubyen rezilta match kèk ekip bizbòl te fè depi plizyè ane.

return to table of contents

Kèk sit kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon sou Seri Sendwòm Otis?


University of Miami/Nova Southeastern University Center for Autism and Related Disabilities (UM/NSU CARD) http://www.umcard.org/index.htm Sant sa a genyen sèvis pou fanmi ak timoun ki gen Seri Sendwòm Otis nan rejyon Miami-Dade, Broward ak Monroe.

National Institute of Neurological Disorders and Stroke (NINDS) http://www.ninds.nih.gov/ Se òganizasyon ki pi enpòtan nan rechèch biyomedikal sou twoub nan sèvo ak nan sistèm nève.

National Dissemination Center for Children with Disabilities (NICHCY) http://www.nichcy.org/resources/autism.asp Se yon sant nasyonal enfòmasyon ki bay enfòmasyon sou andikap ak pwoblèm ki gen rapò ak andikap nan peyi Etazini. Sant lan konsantre sou timoun ak jenn moun.

Family Village http://www.familyvillage.wisc.edu/ Enfòmasyon, resous ak opòtinite pou Kominikasyon nan inivèsite Wisconsin pou moun ki gen andikap koyitif ak lòt andikap.

Early Steps http:/www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Paj rechèch sou anpil resous pou paran nan pwogram entèvansyon pou timoun anbazaj eta Florid la (Florida's Early Intervention Program).

Camp Make Believe http://www.campmakebelievekids.com/AspergerSyndrome.htm Atik ki gen enfòmasyon sou diferan sitiyasyon konsènan Sendwòm Aspèje a ak kesyon yo poze souvan.

Online Asperger Syndrome Information and Support (OASIS) http://www.aspergersyndrome.org/ Enfòmasyon itil sou sit entènèt pou paran ak pwofesè.

Autism Society of America (ASA) http://www.autismsociety.org/site/PageServer?pagename=Aspergers Se òganizasyon ak resous ki pi enpòtan nan kesyon edikasyon, sèvis, rechèch ak sipò pou tout kominote moun ki gen otis.


return to table of contents

Ki liv ki kapab ede mwen menm ak fanmi mwen jwenn plis enfòmasyon sou seri sendwòm otis la?


Liv pou timoun:


Andy and His Yellow Frisbee Se Mary Thompson ki ekri liv sa a. Jan yon timoun wè otis kay timoun (Premye ane - Twazyèm ane)

Ian's Walk: A story about Autism Se Laurie Lears ak Karen Ritz ki ekri liv sa a. Julie, ki gen apeprè 8 a 9 an, ap rakonte ki jan sa te pase lè li te ale nan yon pak ak yon gran sè li ak yon ti sè li ki gen otis. Pandan y ap mache nan vil la, li dekri sa Ii fè ak sansasyon li genyen ki diferan parapò ak esperyans pi fò lòt moun. (Laj 4-8)

Looking After Louis Se Lesley Ely ak Polly Donbar ki ekri liv sa a. Nan liv sa a yo rakonte istwa a dapre pwennvi yon tifi ki chita akote yon tigason ki gen otis. Louis repete sa li tande, li pa mele ak lòt timoun, epi anyen pa rive li lè li gen konpòtman yo pa tolere kay lòt timoun tankou repete sa pwofesè a di. (Laj 4-8)

Asperger's Huh? by Rosina Schnurr. Yon istwa sou lavi yon timoun ki gen Sendwòm Asperger. Istwa a senp e li frapan. (Laj 6-12)

This is Asperger's Syndrome Se Elisa Gagnon ak Brenda Smith Myles ki ekri liv sa a. Liv sa a montre konpòtman moun ki gen Sendwòm Aspèje nan fè lektè a fè esperyans nan monn lan nan pèspektiv yon jenn timoun ki gen Sendwòm. Tèks la kout epi li fasil pou moun li. Yo fè li ak pèsonaj ki tankou pèsonaj bann desine. (Laj 9-12)

Knowing Yourself, Knowing Others Se Barbara Cooper ak Nancy Widdows ki ekri liv sa a. Yon liv travay pratik pou timoun ki gen Sendwòm Aspèje a.

The Social Success Workbook by Barbara Cooper and Nancy Widdows. Yon liv travay pratik pou adolesan ki gen Sendwòm Aspèje a. (Laj 12-18)

Making and Keeping Friends Se John J. Schmidt ki ekri liv sa a. Leson, istwa ak lòt aktivite pou devlope relasyon. (Ane 4-8)

Liv pou frè ak sè:


Autism Through a Sister's Eyes Se Eve B. Band ki ekri istwa sa a. Jan yon jenn ti fi konsidere frè li ki gen otis.

My Brother, Matthew Se Mary Thompson ki rekri liv sa a. Nan liv sa a David rakonte sa ki pase nan fanmi li lè Mattew, frè li fèt ak yon andikap. (Ane 1-4)

Views From Our Shoes Se Donald J. Meyer ki ekri liv sa a. Liv sa a plen atik 45 timoun ki gen ant 4 an ak 18 an. Yo pale de esperyans yo kòm frè oubyen sè yon moun ki gen yon andikap. (Ane 3-10)

Everybody is Different: A Book for Young People Who Have Brothers or Sisters with Autism Se Fiona Bleach ki ekri liv sa a. Nan liv sa a yo reponn kesyon frè ak sè timoun ki gen seri sendwòm otis la. (Laj 9-12)

My Friend with Autism: A Coloring Book for Peers and Siblings Se Beverly Bishop ki ekri liv sa a. Yon liv desen pou ede zanmi, frè ak sè konprann otis ak Sendwòm Aspèje a. (Laj 4-8)

The Sibling Slam Book: What It's Really Like to Have a Brother or Sister with Autism Se Don Meyer ki ekri liv sa a. Bay adolesan chans pou yo di sa ki nan tèt yo, w ap sezi tande sa yo gen pou yo di. Se egzakteman sa Don Meyer, moun ki kreye "Sibshops" e ki ekri "Views from Our Shoes," fè lè li envite 80 adolesan nan peyi Etazini ak nan lòt peyi pou yo pale sou ki jan sa ye lè ou gen yon frè oubyen yon sè ki gen bezwen espesyal.

Liv pou paran:


Children with Autism: A Parent's Guide Se Michael D. Powers ki ekri liv sa a. Liv sa a bon ni pou paran ki fèk konnen yo gen yon timoun ki gen otis ni pou paran ki gen esperyans nan defann kòz timoun ki gen otis.


The Out-Of-Sync Child: Recognizing and Coping with Sensory Processing Disorder Se Carol Stock Kranowitz, M.A. ki ekri liv sa a (li ekri yon liv travay pratik ki rele "The Out-Of-Sync Child Has Fun" tou).

A Parent's Guide to Asperger Syndrome and High-Functioning Autism: How to Meet the Challenges and Help Your Child Thrive Se Sally Ozonoff, Ph.D., ak yon gwoup lòt moun ki ekri liv sa a. Yon gid pou timoun ki otistik ki gen gwo kapasite entelektyèl ak timoun ki gen Sendwòm Aspèje. Liv sa a bay enfòmasyon sou sa moun kapab fè pou timoun ki pi gran ak granmoun.

The World of the Autistic Child: Understanding and Treating Autistic Spectrum Disorders se Bryna Siegel ki ekri liv sa a. Pou paran timoun ki gen otis, pou pwofesè, pou espesyalis nan kesyon timoun, ak lòt pwofesyonèl ki pran swen timoun sa yo.

Children & Youth with Asperger Syndrome: Strategies for Success in Inclusive Settings by Brenda Smith Myles (2005), Corwin Press.

Autism Spectrum Disorders: The Complete Guide to Understanding Autism, Asperger's Syndrome, Pervasive Developmental Disorder and Other ASDs Se Chantal Sicile-Kira ki ekri liv sa a. Li gen enfòmasyon ak konsèy ki itil pou paran ak pwofesyonèl, espesyalman moun ki nouvo nan kesyon otis la.

Keys to Parenting a Child with Autism Se Marlene Brill ki ekri liv sa a. Nan liv sa a yo pale sou diferan apwòch ak teknoloji yo itilize nan dyanostik ak nan tretman otis.

Helping Children with Autism Learn: A Guide to Treatment Approaches for Parents and Professionals Se Bryna Siegel ki ekri liv sa a. Liv sa a genyen enfòmasyon sou kouman pou yo enstwi timoun ki gen otis.

Asperger's Syndrome: A Guide for Parents and Professionals Se Tony Attwood ki ekri liv sa a. Se yon gid pou ede paran ak lòt pwofesyonèl sou kouman pou yo detekte lè timoun ak granmoun genyen Sendwòm Aspèje, kouman pou yo trete yo, kouman pou yo pran swen yo. Nan liv sa a yo prezante yon deskripsyon ak analiz karakteristik sendwòm lan epi yo bay estrateji pou diferan sentòm.

Thinking In Pictures, and Other Reports from My Life with Autism Se Temple Grandin ki ekri liv sa a. Grandin se yon moun ki gen otis e ki gen gwo kapasite entelektyèl. Li prezante atik sou lavi li ak sou travay li kòm yon save sou kesyon bèt.

Videos for Parents:


Navigating the Social World Se Jeannette McAfee ki fè videyo sa a. Yon atelye dinamik ki montre pwofesè estrateji yo kapab itilize pou devlope ladrès sosyal timoun yo nan yon fason ki enteresan pou timoun yo. Videyo a dire twazèdtan; yo sèvi ak jenn moun kòm modèl nan yon seri egzèsis ak ti pyès teyat pou yo reprezante enfòmasyon ki nan liv la.

Asperger's Syndrome Se Dr. Tony Attwood ki fè videyo sa a. Yon gid pou paran ak pwofesyonèl sou sendwòm lan. Li gen yon pati sou esperyans lavi Dr. Attwood.

Asperger's Syndrome, Volume 2 Se Dr. Tony Attwood ki fè videyo sa a. Videyo sa a genyen twa seksyon. Chak seksyon yo dire inèdtan epi videyo a bay yon lide jeneral sou Sendwòm Aspèje.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.