Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa dyabèt ye?


Dyabèt se yon maladi ki lakòz nivo sik san an twò wo oswa twò ba. Timoun gen dyabèt si yo gen pwoblèm ensilin. Ensilin nan se yon òmòn natirèl nan kò a ki fè manje tounen enèji (fòs).

Se ensilin nan ki ede kò a sèvi ak sik li konsome a pou w ka mache, pou w ka grandi epi pou w viv. Si pitit ou a pa gen kont ensilin oswa kò a pa ka sèvi ak ensilin li genyen an, lè sa a nou di timoun nan genyen yon "nivo glikoz nan san l ki twò wo" oswa nivo sik nan san l twò wo. Nòmalman, se pankreyas, yon ògàn ki nan kò moun ki pwodui glikoz la. Si kò a pa pwodui kont ensilin pou kont li, pitit ou a ka bezwen pran piki ensilin.

Dyabèt se yon maladi kwonik, sa vle di, pitit ou a ap genyen l pandan tout lavi l. Li pa atrapan epi li pa gen gerizon men ou ka trete l ak piki ensilin. Rejim ak egzèsis kapab ede timoun nan. Timoun ki gen dyabèt kapab viv nòmal, tankou nenpòt moun, toutotan yo trete dyabèt la. Yon dyabèt ki pa trete ka menkont lavi w.

Gen de prensipal kalite dyabèt:
  • Kalite Dyabèt # 1: Lè pankreyas la pa ka pwodui ensilin ankò. Kò a sèvi ak ensilin nan pou ede l dekonpoze manje a epi pou fè l tounen enèji. Dyabèt # 1 an ka kòmanse nan nenpòt ki laj, men an jeneral, se timoun ak jèn jan ak jèn fi ki pi fasil genyen l. Gen 2 pwoblèm timoun yo rankontre lè yo gen Dyabèt # 1 an: ipoglisemi (nivo sik ki ba nan san an) epi ipèglisemi (nivo sik ki twò wo nan san an). Tou lè de pwoblèm sa a yo kapab menkont lavi yo si yo pa trete.


  • Kalite Dyabèt # 2: Lè pankreyas la pa pwodui kont ensilin oswa lè kò a pa ka byen sèvi ak ensilin nan. Nan ane pase yo, se te plis moun ki gen plis pase 40 an epi ki gwo ki te konn pwoblèm sa a. Jodi a, yo jwenn plis timoun ki fè Kalite Dyabèt # 2. Gen plis timoun ak jèn moun ki gwo epi plis timoun jodi a pa fè kont mouvman fizik. Lè w twò gwo epi ou pa fè kont egzèsis, se 2 bagay ki bay Dyabèt # 2 a.
National Diabetes Education Program, 2003 & Children with Diabetes: Information for Teachers, 2005 NIH Medlineplus 2005



return to table of contents

Ki siy dyabèt ki pi kouran?


Sentòm dyabèt yo ka lejèman diferan ant Dyabèt # 1 ak Dyabèt # 2. Poze doktè w la kesyon si w remake nenpòt nan sentòm sa yo.

Sentòm dyabèt yo ka parèt lè pitit ou a pa gen kont sik oswa lè li gen twòp sik nan san l. Pami siy de (2) pwoblèm sa a yo nou jwenn:

Ipoglipsemi (nivo sik ki ba nan san an)
  • Tranble oswa swe san okenn rezon tout moun ka wè.
  • Figi pati, tèt vire oswa feblès.
  • Tèt fè mal oswa wè twoub.
  • Aji kòm moun tèt pati, ak emosyon oswa ak maladrès.
  • Konpòtman oswa pèsonalite ki sanble chanje brid sou kou.
  • Fache fasil oswa anvi dòmi, pa anvi fè mouvman.


  • Pami sentòm grav yo nou ka jwenn:

  • Pa ka vale.
  • Pèdi konesans.
  • Kriz oswa konvilsyon.
Ipèglisemi (nivo sik ki twò wo nan san an):
Nan sentòm yo nou ka jwenn:
  • Santi ou swaf menm lè ou bwè anpil.
  • Bezwen pipi souvan.
  • Anvi vomi (lestomak deranje).
  • Wè twoub oswa tèt vire
  • Fatige souvan oswa anvi dòmi.
National Diabetes Education Program, 2003

Pami sentòm grav yo nou ka jwenn:
  • Megri anpil brid sou kou
  • Enfeksyon.
  • Blesi epi maleng ki pa sanble geri vit jan yo ta dwe geri.
National Diabetes Education Program



return to table of contents

Ki sa mwen ka fè pou m ede pitit mwen an?


Se yon premye pa enpòtan ou fè lè ou li plis enfòmasyon sou dyabèt. Ou kapab pale ak lòt paran timoun ki gen dyabèt. Yo te viv sa w ap viv kounye a yo epi petèt yo ka ede w. Gwoup sipò ak defans pou paran tankou Parent to Parent of Miami  ak Diabetes Research Institute kapab ede w tou. Rechèch yo montre nou plis nou kòmanse ede timoun yo bonè, plis gen bon rezilta pou timoun nan ak pou fanmi l.



Pi ba a, genyen kèk lis bagay pou ede pitit ou a. Sonje, ou pa pou kont ou.

BAGAY MWEN KA FÈ POU M EDE PITIT MWEN KI GEN DYABÈT

 Annou Derape

Fè yo teste pitit ou a pou dyabèt: Yon seri espesyalis kapab ede pitit ou a ak fanmi w ki gen dyabèt. Fè yo teste pitit ou a pou w konn ki kalite dyabèt li genyen. Aprè sa tcheke doktè tanzantan pou w asire w pitit ou a rete an sante. (Gade seksyon pwofesyonèl yo pou w jwenn yon lis konplè.) Tcheke pedyat ou a epi asirans ou a pou yo refere w bay espesyalis ki ka ede pitit ou a ak nenpòt pwoblèm ki gen rapò ak dyabèt.

Chèche plis enfòmasyon: Vizite plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo. Fè l ansanm ak pitit ou, ak fanmi ou. Pale ak yon lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w jwenn ak lòt paran pou ou resevwa sèvis.





 Travay ak moun kap ede pitit mwen an: Moun k ap ede pitit mwen an ka doktè m , enfimyè m , pwofesè m, travayè sosyal oswa nenpòt ki pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay sou pitit ou a pase nenpòt ki moun epi se ou menm ki pi gwo enfliyans nan lavi pititi ou a. Men kèk ide pou w ka pale ak moun k ap pran swen pitit ou a:
  • Pa neglije poze kesyon epi fè kòmantè. Bay presizyon sou sa ou konnen sou pitit ou a epi sou sa w vle ak sa w bezwen pou li. Se pou w pale verite lè w ap di sa w ap atann, sa ki enkyete w oswa nenpòt bagay ou pa konprann./li>

  • Si w panse gen yon bagay espesyal pitit ou a bezwen (tankou konsèy nan men yon sikològ oswa teknoloji ki kab ede l), kontinye mande jiskaske w jwenn li oswa jiskaske w konprann pou ki sa li pa bezwen l.


  • · Si dyabèt pitit ou a grav, sa ka mande pou w sèvi ak lopital sistèm lekòl la oswa pou w pran sèvis edikasyon lakay la pou w ka fè edikasyon l.
Pitit ou a ka bezwen yon plan edikasyon Seksyon 504 pou asire w yo kouvri tout bezwen edikasyon ak sante li yo. Seksyon 504 se yon pati nan Lwa Reyabilitasyon 1973 la. Lwa federal sa a pèmèt timoun ki gen maladi grav ki kalifye yo, resevwa sèvis oswa sipò espesyal nan lekòl yo. Pou plis enfòmasyon sou Seksyon 504 la, gade sou sit entènèt sa a: http://www.hhs.gov/ocr/504.html

 Kreye yon plan jesyon dyabèt pou pitit mwen an epi kenbe li a jou: Yon plan jesyon medikal pou dyabèt se yon bagay Pwogram Edikasyon Nasyonal sou Dyabèt rekòmande. Li di gran moun k ap pran swen yon timoun sa yo bezwen konnen pou yo kenbe timoun nan an sante epi an sekirite. Pote plan sa a bay pwofesè ak moun k ap pran swen pitit ou yo, pa egzanp, moun k ap travay nan yon gadri, gadri aprè lekòl oswa nan yon kan vakans. Men bagay kle ki ta dwe ekri nan plan an:
  1. Dat dyanostik la: Lè ou dekouvri pitit ou a gen dyabèt.
  2. Kondisyon sante l kounye a. (Make nenpòt ki bagay ki ba l pwoblèm.)
  3. Kontak enfòmasyon ann ijans: Ki jan pou nou kontakte granmoun (tankou ou menm, lòt manm fanmi an oswa doktè) ki gen yon konesans detaye sou pitit ou a.
  4. Yon deklarasyon ki di si pitit ou a dispoze oswa si li kapab fè kèk aktivite jesyon pèsonèl (tankou bay tèt li yon piki ensilin).
  5. Lis ekipman ak detay pou moun ki gen dyabèt pitit ou a sèvi avèk yo.
  6. Preskripsyon medikal egzat sou:
    1. Tès pou glikoz nan san.
    2. Ensilin - ki lè epi ki kantite ensilin pou yo ba li.
    3. Lòt medikaman pitit ou a bezwen.
    4. Plan nouriti ak lennch pou kenbe sik nan san an nan yon bon nivo.
    5. Egzèsis - ki lè, ki kalite egzèsis epi ki kantite ki nesesè.
    6. Nenpòt lòt bagay yo bezwen siveye oswa yo dwe mezire.
 M ap fè pitit mwen pote yon braslè Medic Alert: Kon sa, si gen ijans, yo ka jwenn enfòmasyon enpòtan sou pwoblèm pitit ou a.

 M ap moutre pitit mwen an kondisyon ak jan pou l rete an sante: Toutotan pitit ou konnen plis bagay sou dyabèt, li pi bon. Lè pitit ou konprann ki sa ki lakòz yon pwoblèm, sa ka ede li konnen ki manje pou l manje oswa pou l pa manje epi pou ki sa. Pitit ou a va vin pi endepandan nan rete an sante toutotan l ap grandi. Lè l pi endepandan epi lè l ap jere dyabèt la, pitit ou a ka plis santi l tankou zanmi l yo epi l ap mwen "diferan." Sa ka ede l bay tèt li valè epi l ap plis santi l an kontwòl.

 M ap pran tan pou m moutre pwofesè pitit mwen an (yo) jan yo jere dyabèt ak glikoz: Pataje plan medikal pou jesyon dyabèt pitit ou a ak pwofesè l la (yo). Pwofesè yo ka ede pitit ou a jere sik nan san l. Toutotan pwofesè a konnen plis bagay sou dyabèt pitit ou a, l ap plis kapab ede l kenbe tèt li an sante.

 M ap mande pwofesè pitit mwen an:
  • pou l kite pitit mwen an jwenn dlo lè l bezwen epi pou l jwenn twalèt fasil lè l bezwen.
  • pou l kite pitit mwen an tcheke sik nan san l lè sa nesesè.
  • pou l kite pitit mwen an manje bagay k ap ba l glikoz byen rapid pou ede l ogmante sik nan san l lè l twò ba - li ka souse yon sirèt, bwè ji oswa pran konprime glikoz.
  • pou l kite pitit mwen an manje yon bagay nan bouch li avan l fè aktivite fizik, avan l fè jimnastik oswa al repoze.
  • pou l konnen sa ki bon ak sa ki pa bon pou pitit mwen an.
  • pou l kite pitit mwen an jwenn yon moman ak yon kote an prive pou l pran piki ensilin yo epi yon kote ki an sekirite pou l pran ensilin nan (li ka bezwen nan yon frigidè), zegui yo ak lòt materyèl.
 M ap ouvri zye m epi m ap eseye koute pitit mwen an: Dyabèt la ka fè pitit ou a santi anpil kalite emosyon, li ka fè l anvi pale sou yo. Koute pitit ou a. Admèt pitit ou a ka pa santi l menm jan ak lòt timoun. Kèk fwa, sa pa dous pou w "diferan".

Timoun toujou bezwen fè pati yon gwoup epi sanble lòt timoun. Lè y ap suiv nivo sik yo epi lè y ap pran piki, sa fè yo santi yo diferan epi, kèk fwa, sa poze pwoblèm sosyal. Veye si yo pa bay siy depresyon byen. Fè yon konseye oswa yon granmoun ou fè konfyans konn sa epi mande yo tou pou yo koute pitit ou a byen.

 Chèche yon gwoup sipò pou pitit mwen an: Timoun yo bezwen konnen se pa yo menm sèlman ki genyen yon pwoblèm. Ede pitit ou a antre nan yon gwoup sipò pou timoun ki gen dyabèt. Lè yo pale ak lòt timoun ki genyen dyabèt sa kapab konsole yo epi sa ka fè yo santi yo pa pou kont yo. Yo kapab pataje ide ak lòt timoun sou fason pou yo jere sitiyasyon yo. (Sonje paran yo ka jwenn avantaj nan gwoup sipò a tou.)

Dial 211 a pou w jwenn gwoup sipò pou timoun ki genyen dyabèt


 Map ede pitit mwen an rete anfòm: Patisipe nan amizman an fanmi, aktivite rekreyatif, jwèt tout tan nan lavi chak jou nou. Lè pitit ou gen dyabèt, sa vle di li dwe fè egzèsis kèk fwa oswa lid we limite egzèsis yo pou l kontwole nivo sik li ki wo oswa ki ba. Men timoun ou an ka toujou jwi lavi a. Li toujou bezwen jwe tankou nenpòt timoun, li bezwen pwofite tout okazyon sa yo pou l rete anfòm. Pou yon lis aktivite ak pwogram, gade pi ba a.

Dial 211 a pou w jwenn yon lis zòn ak pwogram rekreyatif



return to table of contents

Èske anpil timoun genyen dyabèt?


Anpil timoun fè dyabèt. Ozetazini, yo jwenn apeprè 13.000 nouvo ka timoun ki gen dyabèt chak ane. Gen yon total 125.000 timoun ki gen dyabèt.

American Diabetes Association: Student's Rights, n.d.



return to table of contents

Ki sa dyabèt ka fè lasante pitit mwen an?


Timoun ki gen dyabèt dwe teste nivo glikoz oswa nivo sik nan san yo chak jou, tout lajounen. Yo ka fè tès sa a ak yon mezi glikoz nan san. Si nivo glikoz la twò wo oswa twò ba, se pou timoun nan fè yon bagay tousuit pou l mete l nan nivo nòmal li. Yon timoun ka manje oswa bwè yon bagay dous (lè nivo sik la twò ba) oswa li ka fè egzèsis (lè nivo sik la twò wo). Twazyèm bagay yon timoun ka fè se pran ensilin pou l mete glikoz san an nan nivo nòmal li. Doktè pitit ou a va di ou ki nivo ki nòmal pou pitit ou a.

Twa fason ki pi kouran pou bay ensilin yo se:
  • · Sereng ensilin: Piki oswa enjeksyon ensilin ak yon zegui.
  • · Plim ensiling: ki sanble yon plim pou moun ekri.
  • · Ponp ensilin: Yon aparèy ki gen yon ti òdinatè ladan. Abityèlman, timoun nan pote ponp ensilin nan tankou yon braslè, epi li pran piki ensilin nan tanzantan pa ti dòz.
Se pou nou byen siveye dyabèt la ak nivo sik nan san an. Lè nou pa fè sa pou nou mete li nan nivo nòmal li, sa ka gen konsekans ki grav. Yon dyabèt ki pa trete kapab menm mennen lanmò. Pami lòt pwoblèm ki ka vini avèk tan an si w pa jere dyabèt pitit ou a ak nivo sik nan san li, nou ka jwenn:
  • Kriz kadyak.
  • Konjesyon (sèvo a ki sispann travay brid sou kou).
  • Avègleman.
  • Ren ki pa travay.
  • Maladi sistèm nève.
  • Yo ka oblije koupe yon pye oswa yon janm li.
Lè ou byen trete dyabèt la epi ou byen jere li, li p ap bezwen mete sante pitit ou a an danje.


return to table of contents

Ki sa dyabèt ka fè nan entèlijans pitit mwen an ak nan aprantisaj li?


Nòmalman, yon dyabèt ou byen jere pa afekte entèlijans yon timoun oswa kapasite l pou l aprann. Men gen sitiyasyon ki pa nòmal ki ka devlope lè sik ki nan san yon timoun twò wo oswa twò ba, oswa lè nivo ensilin li twò wo oswa twò ba. Sitiyasyon sa yo oswa konplikasyon sa yo ka afekte sèvo a oswa fason sèvo a travay. Lòt risk sa yo fè l enpòtan pou nou byen trete dyabèt la epi pou nou byen jere li.

Yon lòt rezon ki fè nou dwe byen trete dyabèt la epi nou dwe suiv li se paske evènman dyabèt ki pa grav yo (tankou lè sik la wo nan san w chak jou) yo kimilatif (sa vle di youn monte sou lòt). Sa kapab afekte kapasite aprantisaj yon timoun. Yon lòt pwoblèm ki ka rive lè pa gen tretman se kriz timoun yo genyen lè sik nan san yo ba. Kriz yo ka redui atansyon yo epi li ka afekte memwa yo. Sa enpòtan pou w kenbe nivo sik nan san pitit ou a nòmal.

Brown, 1999



return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè anpil espesyalis swen lasante diferan. Pa egzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun.

Pedyat Andokrinolojis: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen yon sitiyasyon oswa yon maladi nan sistèm andokrinyen an, sistèm glann ak òmòn kò a.

Klinisyen enfimyè: Yon pwofesyonèl medikal ki ede jere dyabèt yon timoun epi ki ede ni timoun nan ni paran yo jere sitiyasyon yo.

Dyetetisyen oswa nitrisyonis: Yon pwofesyonèl medikal ki espesyalize nan analize manje yon timoun manje pou l asire l li resevwa tout vitamin ak eleman ki nesesè pou l grandi an sante.

Edikatè dyabèt lisansye: Yon pwofesyonèl medikal ki espesyalize nan edike timoun ki gen dyabèt ak fanmi yo sou fason pou yo jere sitiyasyon yo epi pou ki sa sa enpòtan.

Pedyat Sikològ: Yon doktè ki fòme pou evalye timoun, teste yo epi ba yo konsèy. Travayè sosyal ki konseye: Yon pwofesyonèl ki bay timoun ak fanmi yo konsèy ak sipò emosyonèl epi ki ka ede yo kowòdone sèvis yo tou.

Kowòdonatè swen: Yon moun ki responsab òganize detay ant diferan ajans epi ki sèvi w kontak pou ede ou menm ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.


return to table of contents

Sou ki sit entènèt mwen ka aprann plis bagay sou dyabèt?


National Diabetes Information Clearinghouse (NDIC) http://www.diabetes.niddk.nih.gov/ Sit entènèt sa a gen anpil piblikasyon ki fasil pou li sou dyabèt epi li òganize pa sijè epi pa tit depi A jiska Z.

American Diabetes Association http://www.diabetes.org/about-diabetes.jsp Sit entènèt sa a gen enfòmasyon ann anglè epi an panyòl. Li gen bon jan enfòmasyon sou fason pou ou suiv glikoz la.

Diabetes Research Institute (DRI) http://www.diabetesresearch.org/Foundation/ Pwogram rechèch ak sant tretman sa a ki nan University of Miami travay sèlman sou dyabèt.

Juvenile Diabetes International Foundation http://www.jdf.org Chapit ki konsène Sid Florid la nan (Juvenile Diabetes International Foundation); http://www.jdrf.org/index.cfm?page_id=100585

NIH MedlinePlus http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/diabetes.html Yon sous lyen ki detaye epi ki se yon sèvis Bibliyotèk Medikal Nasyonal Ameriken epi Enstiti Nasyonal Lasante.

National Institute of Diabetes and Digestive and Kidney Diseases http://diabetes.niddk.nih.gov/ Sit sa a gen lis enfòmasyon, enfòmasyon medikal, rechèch ak tès klinik.

National Diabetes Education Program (June 2003) http://ndep.nih.gov/ Helping the student with diabetes succeed: A guide for school personnel. Sit entènèt ak gid sa a ap ede yon pwofesè satisfè bezwen yon timoun ki gen dyabèt. Li gen bon dokiman ak lis enfòmasyon pou timoun.

Bandaids and Blackboard http://www.lehman.cuny.edu/faculty/jfleitas/bandaides/sitemap.html Yon bèl sit entènèt pou timoun, pou jèn timoun epi pou paran timoun ki gen pwoblèm medikal.


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen ka li pou pitit mwen an?


Sarah and Puffle: a Story for Children About Diabetes se Linnea Mulder ki ekri l, Joanne H. Friar fè desen yo, 1992. Nan liv sa a, Sarah gen dyabèt epi li fache pou sa. Pufle, yon ti poupe mouton, vin pote l sekou. Li ka pale, li ka danse epi li fè ti chante timoun. Li bay bon jan esplikasyon sou ki jan pou viv yon vi nòmal ak kontantman san dyabèt. (Depi 4 pou rive 8 an)

Taking Diabetes to School (Special Kids in Schools Series, No 1) se Kim Gosselin ki ekri l, Moss Freedman fè desen yo. Yon istwa enstriktif sou yon elèv elemantè ki gen dyabèt epi k ap esplike kondisip li yo maladi a. Li bay bon jan enfòmasyon sou lavi chak jou yon timoun ki gen dyabèt, 10 teknik pou pwofesè epi yon egzamen pou timoun. (Depi 4 pou rive 8 an)

Diabetes for Dummies (Po mou) se Alan L. Rubin ki ekri liv sa a. Liv sa a divize an plizyè seksyon sou "Viv avèk yon Atak Dyabèt," "Ki jan dyabèt afekte kò w," "Jere Dyabèt: Plan pou Viv Byen ak Dyabèt'" epi "Konsiderasyon Espesyal pou Viv ak Dyabèt." Chak chapit chaje ak enfòmasyon ak ladrès sou sijè tankou suiv Dyabèt, jere konplikasyon, medikaman, rejim ak egzèsis. Si se yon koudèy w ap fè, se yon bèl entwodiksyon sou dyabèt; si w pran san w pou w li l, se yon liv enfòmasyon. Li bon pou jèn moun, jèn granmoun oswa paran.

When Diabetes Hits Home (Po mou) se Wendy Satin Rapaport ki ekri liv sa a. Liv sa a bay konsèy pratik ak zouti pou nou aprann viv ak dyabèt epi li bay istwa sou moun k ap goumen pou adapte yo ak dyabèt la. Se yon bon liv pou jèn timoun, jèn granmoun oswa paran.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.