Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa kansè ye?


Kansè se yon maladi kote selil ki nan kò yon moun kòmanse grandi yon fason ki anòmal epi yo vin pa fè travay yo ta dwe fè a. Selil sa yo ki grandi yon fason anòmal, yo grandi san kontwòl, epi sa vin lakòz kèk boul tankou maleng fòme ki kontrarye travay lòt selil ki nòmal yo. Pa egzanp, ann sipoze yon selil kansè, ki te kòmanse travay kòm yon pati nan poumon an, sispann travay li epi l kòmanse kreye yon bann lòt selil ki pa fonksyone. Apre yon ti tan, yon gwoup selil anòmal ki ase gwo kapab fè poumon an fonksyone ak plis difisikilte, e sa lakòz ou respire fò e ou vin gen pwoblèm pran souf. Yon ka kon sa, si yo pa trete l, li ka lakòz lanmò w.

Kansè a kapab pran nenpòt kote nan kò w. Gen divès kalte kansè menm jan gen divès kalte selil nan kò a. Maladi kansè pran pye akòz gen yon bagay ki fè selil ki anòmal yo devlope epi finalman, kansè ki pa nòmal sa yo vin pran yon gwosè ki san kontwòl. Lè timoun gen kansè, se pa menm bagay ak lè granmoun gen kansè. E sa ra pou yon timoun ta gen kansè pa rapò ak yon bagay yo abitye fè (tankou fimen). Menm lè kalte kansè yon timoun genyen menm ak sa yon granmoun genyen, maladi a pa aji menm jan an sou toulede. Kon sa, yo pa trete kansè timoun genyen menm jan yo trete menm kalte kansè sa a pou yon granmoun.

Youn nan rezon ki fè kansè diferan kay timoun se paske timoun yo kontinye ap grandi epi y ap chanje. Pou timoun, pati nan kò yo k ap chanje rapid epi ki nòmal, se pati sa yo ki pi an danje. Paske timoun yo ap grandi epi y ap chanje tou, anpil kalte kansè ki atake yo nan piti, atake yo fò, sa vle di kansè a devlope rapid rapid. Menm si sa plis sanble li bay gwo kè kase, devlopman rapid selil kansè yo lakay timoun fè sa pi fasil pou yo trete kansè a an jeneral. Rezilta yo pi bon lontan pase si se te yon granmoun ki te gen menm kalte kansè sa a.

Lè y ap trete kansè, ni maladi a ni tretman an kab lakòz anpil pwoblèm kay yon timoun k ap grandi, sa yo ka lakòz pwoblèm nan devlopman li tou. Tretman kansè a kapab difisil anpil, e sa kab mennen lòt pwoblèm, tankou pwoblèm mantal, pwoblèm emosyonèl ak pwoblèm fizik. Pami pwoblèm ki pi komen lakay timoun y ap trete pou kansè, ou bab wè cheve l ap tonbe, li vin megri, li gen noze, l ap vomi, kantite selil blan ak selil wouj ki nan san li bese e sa ka lakòz enfeksyon, fatig oswa emoraji. Pami lòt pwoblèm ki komen ankò, nou ka remake tanperaman l toujou ap chanje, li gen move konpòtman epi pafwa timoun nan gen difikilte pou l sonje yon bagay, pou l suiv yon bagay oswa pou l fè aktivite ki mande pou l kowòdone kèk ti mouvman ak dwèt li pa egzanp. Gen kèk pwoblèm ki an rapò dirèk ak tretman timoun nan ap resevwa a; nan ka sa yo, lè yon tretman fini, pwoblèm yo disparèt, epi timoun nan vin gen yon vi nòmal menm jan ak anvan. Ofiamezi gen lòt pwoblèm ki kab prezante, menm apre tretman kèk tan. Pwoblèm sa yo konn dire anpil tan, an jeneral, e yo gen dwa menm pèsiste pandan tout tan moun nan ap viv.

Pwoblèm pou timoun nan aprann kapab vin devlope prèske nan mitan tretman pou kansè a. Ou dwe asire w ou fè evalye (teste) pitit ou a. Moun ki ka fè sa, se yon newosikològ oubyen yon sikològ ki gen eksperyans nan travay ak timoun ki gen kansè.

Kansè kapab aji sou memwa yon timoun, sou kapasite l pou l suiv yon bagay ak sou fason pou l ta fè kòdinasyon ant sa je l ap gade ak mouvman men l (tankou kapasite pou l atrap yon balon oswa pou l voye yon balon). Gen sèten kalte kansè - pa egzanp, tankou boul maleng nan sèvo - ki kab aji tou sou kapasite timoun nan pou l aprann pale epi pou l fè konvèsasyon ak moun. Veye kalite pwoblèm sa yo bonè, paske gen kèk bagay ki kab ede.

Men kalte kansè ki pi komen timoun ka trape:
  • Lesemi: Kansè san ak mwal ki nan zo yo (se mwal ki anndan zo yo ki fòme selil san yo).
  • Boul maleng nan sèvo: Se boul solid ki fòme (bòs oswa mas oswa selil ki anòmal) anndan sèvo ak mwal epinyè a (pou kolòn vètebral).
  • Lenfom: Yon boul ki fòme nan gangliyon lenfatik la (Gangliyon lenfatik la se yon seri glann ki gen yon wòl enpòtan nan pati nan kò w ki ap pwoteje kò a kont enfeksyon yo. Yo konn sèlman rele yo glann pafwa).
Men kèk lòt kalte kansè oswa boul solid:
  • Kansè nan zo (Osteogenic sarcoma, Ewing's).
  • Kansè nan ren (Wilm's Tumor).
  • Kansè nan misk (Rhabdomyosarcoma).
  • Kansè nan zòn sistèm pou nè yo (Neuroblastoma).
  • Kansè nan je (Retinoblastoma).



return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Ou fè yon premye pa enpòtan deja, dèske ou li plis enfòmasyon ki genyen sou kansè. Pale ak lòt paran ki twouve yo gen pitit yo ki gen kansè. Yo te pase sa w ap pase kounye a e yo gen dwa an mezi pou ede w. Lyen ki pi ba a se yon lyen k ap pèmèt ou jwenn yon gwoup sipò pou pwoblèm kansè ki tou pre kote ou rete .

Dial 211 to find cancer support groups


Pi ba a w ap jwenn kèk lis pou n tcheke sou bagay ou kab fè pou w ede pitit ou. Pa bliye, ou pa poukont ou.

NAN ETA FLORIDA:
 Kontakte Children's Medical Services (CMS) pou m kab jwenn swen medikal pou pitit mwen:



 Fè evalye pitit mwen an: Sa enpòtan pou fè evalye pitit ou pou pwoblèm kansè ka koze oubyen tretman kansè ka lakòz. Nenpòt nan de bagay sa yo kapab aji sou kapasite pitit ou a genyen pou l aprann oswa pou l reflechi (entelijans li). Se swa yon newosikològ oubyen yon sikològ ki gen esperyans nan travay ak timoun ki gen pwoblèm kansè, ki ta dwe fè evalyasyon sa a. Lè fini tou, ou ta dwe fè pwofesyonèl ki nan sant pou tretman kansè teste pitit ou a, yon fason regilyè. Paske timoun kapab gen pwoblèm, menm plizyè lane apre tretman kansè a fin fèt. Mande doktè pitit ou a pou l ede w regle bagay sa a.

 Travay ansanm ak moun k ap pran ka pitit mwen an: Moun k ap pran swen pitit ou se moun k ap travay avèk ou ak pitit ou a, tankou pedyat, terapet fizik, pwofesè, direktè, yon ajan sèvis sosyal oswa nenpòt lòt pwofesyonèl. Pa bliye, ou konn pitit ou pi byen pase tout moun epi se wou ki gen plis enfliyans sou lavi li. Men kèk pwen ou kab pale avèk reskonsab sèvis la:
  • Mete w alèz pou poze kesyon oswa bay lide pa w. Pale klè epi dirèk de sa ou konnen sou pitit ou a, ak sa ou ta renmen konnen oubyen ou bezwen pou li. Pale fran sou sa w ap atann, sou tout enkyetid ou ta kab genyen oswa sou nenpòt bagay ou pa ta konprann.


  • Si ou panse pitit ou a gen yon bagay li bezwen an patikilye, kontinye mande sa jiskaske yo reponn ou oswa jiskaske ou rive konprann rezon ki ta ka fè sa pa nesesè.


  • Travay ak bon jan pwofesyonèl pou pran bonè ak timoun nan, oswa nan lekòl li pou kab ekri IEP timoun nan yon fason pou sa koresponn ak bezwen timoun nan ansanm ak sa l kab fè. Asire w nan tout bagay sa yo, sèvis tankou patoloji sou devlopman langaj ladan tou, ansanm ak terapi fizik oswa terapi sou aktivite ki dwe fèt, si pitit ou a ta bezwen bagay sa yo tou. Pa bliye kesyon teknoloji pou èd espesyal la.
 Chèche jwenn plis efòmasyon: Vizite plis sit Entènèt. Li yon liv. Gade yon dokimantè videyo sou kansè. Fè sa avèk pitit ou ansanm ak lòt manm fanmi an. Pale ak lòt paran oswa lòt gwoup sipò.




 Pitit mwen an ap gen pou l mete yon braslè Alam medikal: Kon sa, si gen yon ijans, bon jan enfòmasyon sou kondisyon timoun nan ap disponib.

 Mwen ka vin yon bon jan defansè pou lè pitit mwen an bezwen adaptasyon ki apwopriye pou edikasyon l : Pran fòmasyon pou w kab vin yon defansè nan kesyon edikasyon. Òganizasyon tankou Parent to Parent of Miami  kapab ba w antrènman sa a (gratis).

Parent to Parent of Miami
7990 SW 117th Ave./Suite 201
Miami, Fla. 33173
Tel: (305) 271-9797
Faks: (305) 271-6628
Imèl: info@ptopmiami.org
http://www.ptopmiami.org/


Sa vle di travay pou defann dwa pitit ou nan sistèm lekòl la. Pitit ou a gen dwa pou l jwenn edikasyon piblik ki apwopriye, gratis. Pou timoun ki gen kansè, sa vle di pitit ou a dwe kapab ale lekòl menm jan ak tout lòt timoun. Pitit ou kab bezwen sipò l ap jwenn atravè pwogram klas espesyal, dapre adaptasyon seksyon 504 oswa pwogram lopital ki makònen ak swen lakay.

Si yon evalyasyon (tès) pou pitit ou a montre li kab benefisye si l jwenn edikasyon espesyal, ou dwe pale sa ak reskonsab lekòl pitit ou a.

Pitit ou a gen dwa bezwen yon plan edikasyon seksyon 504, yon fason pou kab sèten ni pwoblèm edikasyon l ni pwoblèm sante l, y ap travay sou tout. Seksyon 504 la se yon pati nan Ak reyabilitasyon 1973 la. Lwa federal sa a pèmèt timoun ki kalifye, ki gen maladi kwonik, pou yo resevwa sèvis espesyal oswa sipò nan lekòl kote yo ye. Si w bezwen plis enfòmasyon sou Seksyon 504 la, ale sou sit wèb sa a: http://www.hhs.gov/ocr/504.html

Si pwoblèm medikal pitit ou a oswa tretman pou l resevwa mande pou l al pran swen lopital, ou gen dwa bezwen itilize sèvis lekòl leta a genyen ki anseye timoun nan lopital oswa lakay yo a. Ou kab mande pou yo ba w sèvis sa a, si pitit ou absan oswa l ap gen pou l absan pandan 15 jou lekòl oswa plis pase sa. Kontakte lekòl pitit ou a pou wè ki jan w ka fè aranjman pou pitit ou jwenn sèvis sa a.

 Fè aranjman pou yon leson espesyal pou kanmarad lekòl pitit mwen an, sou osijè retounen lekòl: Retounen lekòl apre tretman pou kansè kapab rèd pou pitit ou ak kanmarad lekòl li yo. Travay ansanm ak pwofesè pitit ou a. Mande si pitit ou a kapab ede nan pale kanmarad li yo de maladi a ak tretman pou maladi a. Sa ap pèmèt nou diminye pwoblèm fawouch ak lòt pwoblèm sosyal ki ta kab toumante pitit ou a, epi sa bay timoun nan yon kontwòl sou tèt li, lè ou kite l montre kapasite l kòm yon espè (epitou sa fè timoun nan vin gen konfyans nan tèt li). Bagay sa ouvri pòt tou pou pitit ou a pale ak kanmarad li yo, sa fè l simonte pwoblèm timidite oswa pwoblèm pou lòt to ta mete l aleka.

 Ede pitit mwen an pou l santi l fyè de tèt li: Gen sèten timoun ki pa santi yo fyè de tèt yo, paske swa kansè a swa tretman kansè a kapab vin lakòz lòt pwoblèm apre, ki fè timoun nan santi li diferan de lòt timoun, tankou cheve l rache, li gen mak koud sou po l, li santi l malad. Ou ka ede pitit ou a, divès fason:
  • Ankouraje l pou l pale de sa l santi.
  • Koute l lè l ap pale avè w. Montre timoun nan ou kwè pwoblèm li ak sa l santi yo se bagay ki reyèl.
  • Fè l wè yon terapet oswa yon sikològ. Kèk fwa timoun nan gen dwa kapab pale ak moun sa yo, kote yo pale de sa yo santi, bagay yo gen dwa pa kab fè ak paran yo oswa ak manm fanmi yo.
  • Travay ak lekòl timoun nan ansanm ak lòt pwofesyonèl pou kab rezoud pwoblèm lekòl ak pwoblèm sosyal timoun nan.
 Pale souvan ak pwofesè pitit mwen an: Se yon bagay ki enpòtan anpil, pou toujou bay pwofesè timoun nan dènye enfòmasyon ki genyen sou kondisyon medikal li. Men de twa bagay ou kab mande pwofesè pitit ou a pou l fè, pou pèmèt timoun nan gen pi bon rannman nan tan l ap pase lekòl la. Mande pwofesè a pou l:
  • Fè pitit ou a jwenn yon plas ki konfòtab, kote l ka repoze l, epi pou l bay pitit ou a kèk moman pou l pran yon poz, lè l bezwen sa.
  • Veye kapasite pitit ou a pou l fikse atansyon l sou yon bagay.
  • Anvizaje fè pitit ou al lekòl pandan mwens tan pandan jounen an, si sa nesesè.
  • Fè aranjman pou lekòl la voye devwa timoun nan lakay ou, si li gen pou l pase yon tan san l pa vin lekòl. Oswa fè aranjman pou yon pwofesè vini lakay ou oswa ale nan lopital kote timoun nan ye a, si timoun nan dwe pase 15 jou oswa plis deyò, anvan l tounen lekòl.
 Mwen dwe asire m pitit mwen an jwenn yon granmoun li fè konfyans pou l ka pale: Kèk fwa timoun yo pi fasil anvi pale ak yon granmoun san se pa paran yo. An jeneral, se paske yo pa vle fè paran yo vin enkyè. Anpil fwa, yon terapet, yon sikològ oswa yon pwofesè kapab fè ti konvèsasyon ak timoun nan, konvèsasyon timoun nan p ap janm fè avè w.


return to table of contents

Èske gen tretman pou geri kansè?


Jodi a, prèske 80% timoun yo te dekouvri ki gen kansè ap viv depi anpil tan, e yo konsidere pi fò ladan yo kòm timoun ki geri nèt. Depi yo rive dekouvri maladi a bonè ak ki sa li ye egzakteman, sa ap ede konnen ki pi bon tretman ki genyen pou timoun nan e sa ogmante chans timoun nan pou l viv. Nouvo tretman medikal ak nouvo teknoloji pèmèt plis timoun gen chans pa mouri, chak ane.

(McDougal, 1997) (See the Cancer Chart for details)


return to table of contents

Ki sa ki lakòz kansè?


Nou pa konnen ki sa ki kòz anpil nan kansè timoun. Gen bon kou kansè ki parèt sou timoun depi byen bonè nan lavi yo. Sèten nan kansè sa yo se rezilta yon bagay jenetik sa vle di timoun nan pran kansè nan fanmi l. Lè yon moun pran twòp reyon X, sa kab youn nan koz sèten kalte kansè timoun konn devlope. Sa ki pa menm nan kansè timoun genyen ak sa granmoun genyen, pi fò kansè ki atake timoun pa gen oken rapò ak move abitid tankou fimen, bwè kleren, oswa yon move rejim nan fason yo manje oswa akòz mank egzèsis.

American Cancer Society 2005



return to table of contents

Èske gen anpil timoun ki gen kansè?


Kansè timoun se bagay ki vrèman ra - se sèlman 2% nan tout ka kansè yo rankontre ki atake timoun. Chak ane nan peyi Etazini, gen apeprè 12,500 timounn ak jenn timoun yo dekouvri ki gen kansè. Gen anpil ladan yo ki rive viv senk an oswa plis apre yo fin dekouvri kansè a lakay yo. Kòm gen plis rezilta ki pozitif nan tretman kansè timoun, kantite timoun ki siviv la vin pi plis chak ane. Vè zòn lane 2010, sou chak 900 granmoun nan peyi Etazini ap gen yon granmoun ki sove anba kansè nan piti.

(McDougal, 1997) (See the Cancer Chart for details)



return to table of contents

Ki sa sa reprezante pou sante pitit mwen an?


Tretman kansè se bagay ki konplike anpil, tou depan ki kalte kansè timoun nan genyen ak ki bò nan kò li kansè a chita, epi èske kansè sa a kapab mache al nan lòt pati nan kò a. Gen lòt faktè ki kab fè yon diferans nan chwa tretman an, se laj timoun nan ak kantite selil blan ak selil wouj li gen nan san l (valè selil blan ak selil wouj ki nan san an, ede doktè yo konnen jiska ki pwen timoun nan kab konbat enfeksyon ak maladi).

Pami tretman ki pi komen pou kansè, gen operasyon, terapi radyasyon, chimyoterapi ak grèf mwal epinyè oswa transplantasyon selil ki nan baz la. Gen kèk lòt tretman ki nouvo yo rele limyè lazè frèt, terapi jèn yo oswa iminoloji. Si nou vle plis enfòmasyon sou chwa pou tretman yo, nan men asosiyasyon doktè fanmi yo (Association of Family Physicians), vizite sit entènèt sa a: http://familydoctor.org/721.xml

Tretman kansè kapab lakòz kèk lòt pwoblèm ki pa dire lontan - oswa ki ka dire lontan tou nan tout aspè nan lavi pitit ou a - pwoblèm sante, fanmi, aktivite, rannman lekòl ak kalite vi timoun nan an jeneral. Men kèk lòt konplikasyon yon moun k ab genyen akòz tretman kansè a:
  • Doulè tretman an lakòz.
  • Timoun nan vin gen gwo enkyetid konsènan lòt tretman li gen pou l fè, sitou si gen piki oswa lòt medikaman ki fè timoun nan malad, ki fè cheve l tonbe.
  • Li santi l fatige oswa l manke enèji, menm plizyè ane apre dènye tretman an.
  • Li pa grandi ni l pa devlope vit menm jan ak lòt timoun.
  • Nan tretman ak chimyoterapi a, cheve l kase, li gen noze, l ap vomi, li gen move jan, li bay move karaktè, li pran pwa li pèdi pwa, li vin tande di, li vin gen pwoblèm kè oswa li gen anpil chans pou l fè yon enfeksyon.
Brown & Madan-Swain, 1993

return to table of contents

Ki sa kansè reprezante pa rapò ak entelijans pitit mwen an oswa kapasite l pou l aprann?


Ni kansè ni tretman kansè konn lakòz timoun gen pwoblèm pou l aprann, kèk fwa. Chak tretman gen konplikasyon pa yo - gen konplikayson ki pa dire (yo disparèt apre yon tan), gen lòt ki dire (pwoblèm ki pa janm ale). Gen kèk konplikasyon ki pa parèt anvan de a senk an apre tretman an. Gen kèk konplikasyon ki pa janm disparèt.

Pitit ou a kapab bezwen adaptasyon oswa chanjman nan pwogram ki pou pèmèt li aprann nan. Al nan paj entènèt prensipal piblikasyon ki nan Depatman edikasyon nan Florid (Florida Department of Education) pou kab jwenn plis enfòmasyon sou adaptasyon ak chanjman http://www.firn.edu/doe/commhome/pub-home.htm.

Ni paran ni pwofesè timoun ki gen kansè, yo dwe veyatif pou yo ka dekouvri pwoblèm timoun nan kab genyen pou l aprann, ak difikilte:
  • Pou l ekri.
  • Pou l eple mo.
  • Pou l li oswa pou l konprann lekti a.
  • Pou l fè matematik.
  • Pou l travay sa ki an rapò ak langaj: Traka ak vokabilè, jan pou l marye son yo ak fason li kab itilize tèl mo oswa lòd pou l sèvi pou mo yo.
  • Pwoblèm pou l suiv: Li kab distrè fasil, pi fasil pase kanmarad li.
  • Li vin gen memwa kout: Difikilte pou l sonje bagay li apenn wè oswa li apenn tande.
  • Ladrès ak teknik pou l fè planifikasyon oswa pou l fè òganizasyon.
  • Matirite ak kapasite sosyal: Pitit ou a konpòte l tankou timoun ki pi piti pase timoun laj li epi li gen pwoblèm pou l fè zanmi ak lòt timoun.
Pa neglije siy ki avèti w de chanjman ki genyen nan kapasite pitit ou a:
  • Anvan se yon timoun ki te konn fè nòt A men kounye a se anba redi pou l fè yon C.
  • Li pran 3 èdtan pou l fè yon devwa li te konn fè nan 1 èdtan.
  • Li li yon istwa epi l gen pwoblèm pou l esplike sa k nan istwa a.
  • Souvan li rive lakay tou fache depi l sot lekòl la, li di li pa rive konprann bagay yo byen menm jan ak lòt timoun yo.
  • Pwofesè li a ap plenyen "timoun nan p ap suiv sa k ap fèt" oswa "fò l fè plis efò."



return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ta kab bezwen pou konsilte li?


Pitit ou a gen dwa bezwen diferan espesyalis swen lasante konsilte li. Tankou:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan tretman pou timoun. Mo "pedyat" la kòm tit devan non yon espesyalis vle di se ak timoun espesyalis sa a travay.

Pedyat onkolojis: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen kansè oswa ki gen pwoblèm ki an rapò ak kansè.

Pedyat ematològ: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun ki gen gwo pwoblèm nan san.

Pedyat newològ: Yon doktè ki espesyalize nan tretman o nivo sistèm santral pou nè yo, ansanm ak sèvo timoun.

Pedyat newosikològ: Yon doktè ki espesyalize nan tretman pwoblèm ki genyen nan fonksyònman mantal ak pwoblèm ki genyen nan sistèm pou nè yo.

Pedyat otorinolarengoloji: Yon doktè ki espesyalize nan tretman kondisyon zòrèy, nen ak gòj lakay timoun. Kèk fwa yo rele yo espesyalis zòrèy, nen ak gòj.

Pedyat terapet fizik: Yon pwofesyonèl ki evalye timoun epi ki trete maladi oswa blese atravè egzèsis fizik, iltrason, masaj ak lòt tretman ki sanble, san l pa sèvi ak medikaman.

Pedyat terapet pou lapawòl ak langaj: Yon pwofesyonèl ki evalye epi ki trete twoub kominikasyon ak pwoblèm pou vale yon bagay. Pafwa yo konn rele yon patolojis pou lapawòl ak langaj terapet pou lapawòl oswa patolojis pou lapawòl.

Terapet ki sèvi ak mizik oubyen travay atis: Yon pwofesyonèl ki fòme pou ititlize la ak mizik kòm mwayen pou bay sipò emosyonèl epi pou bay konsèy.

Travayè sosyal, konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy, ki sèvi kòm sipò sou plan emosyonèl pou timoun nan ak fanmi an, epi ki kapab fè kòdinasyon sèvis yo tou.

Kòdonatè pou swen yo: Yon moun ki reskonsab pou òganize tout detay atravè tout liy ajans yo epi ki kab sèvi tou kòm kontak pou ede w ak tout fanmi w jwenn sèvis ak èd nou bezwen.

Edikatè espesyal pou kòmanse bonè ak timoun/pwofesè pou edikasyon espesyal: Yon pwofesè ki fòme pou travay ak pitit ou a, kote l ap veye sou devlopman timoun nan, epi l ap travay avè w pou ou kab aprann teknik ki va yon avantaj pou pitit ou.


return to table of contents

Sou ki sit wèb m kab jwenn plis ransèyman pou m ede pitit mwen an?


National Cancer Institute, PDQ http://www.cancer.gov/cancertopics/pdq/pediatrictreatment Enfòmasyon sou divès kalte kansè ak tretman ki gen pou yo.

CureSearch: Children's Oncology Group and National Children's Cancer Foundation: http://www.curesearch.org La a, ou ka jwenn enfòmasyon sou kansè timoun yon fason pou satisfè bezwen ni moun ki malad la, ni paran l ak fanmi l.

American Cancer Society http://www.cancer.org/docroot/home/index.asp Pèmèt piblik la jwenn enfòmasyon ki bon, ki a jou tou, sou kansè.

The Leukemia and Lymphoma Society http://www.leukemia-lymphoma.org/hm_lls Enfòmasyon sou kansè nan san.

Candlelighters Childhood Cancer Organization http://www.candlelighters.org Educating the Child with Cancer: A Guide for Parents and Teachers (2004).

National Academies Press; Childhood Cancer Survivorship: Improving Care and Quality of Life (2003);National Cancer Policy Board (NCPB);Institute of Medicine (IOM) http://www.nap.edu/books/0309088984/html/ Enfòmasyon sou ki jan pou timoun ki gen kansè rive chape epi sou fason pou rann lavi l miyò.

Pediatric Brain Tumor Foundation of the United States http://www.pbtfus.org Enfòmasyon sou boul maleng timoun vin genyen pa anndan ak rechèch ki fèt pou dekouvri sa ki lakòz.

Children's Brain Tumor Foundation http://www.cbtf.org bay tout yon tablo enfòmasyon ak resous ki pou ede ou jwenn ak swen espè bay, pou kab asire w yon bon kondisyon lavi pou yon timoun ki gen boul nan sèvo oswa nan mwal epinyè a.

The University of Texas MD Anderson Cancer Center http://www.mdanderson.org/topics/kids Enfòmasyon sou diferan kalte kansè, se "University of Texas" ki bay yo.

CancerSource's Dictionary http://www.cancersource.com/Resources/glossary Yon diksyonè sou tout bagay ki gen nan kansè ki bay plis pase 2,500 definisyon ki klè epi ki pa long sou mo yo abitye itilize lè y ap pale de kansè.

Bandaids and Blackboard www.faculty.fairfield.edu/fleitas/contents.html Yon gran sit pou timoun, jenn moun ak paran timoun ki gen pwoblèm medikal.

Kids Cancer Network http://www.kidscancernetwork.org Yon moun ki te chape anba kansè devlope yon "lèt amizman", yon lèt ki gen uit paj aktivite pou timoun ki gen kansè, kote y ap jwenn jwèt pou yo jwe, foto pou yo kolorye ak lide pou yo pataje. Chak ane, gen sis sijè ki parèt.

Early Steps http://www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Pwogram rechèch nan Florida sou entèvansyon depi nan bonè. Se yon paj wèb pou anpil paran jwenn resous yo bezwen.

Cancervive http://www.cancervive.org Yon kominote ki fòme ak moun ki chape anba kansè.

Cancer families on-line support group http://www.acor.org/pedonc/cfissues/maillist.html Resous ak enfòmasyon pou paran ki gen pitit ki gen kansè, e se paran ki gen pitit ki gen kansè ki fòme l.

Knowledge News: What is Cancer Really? http://knowledgenews.net/moxie/samples/what-is-cancer-3.shtml Li fasil pou konprann esplikasyon sou ki sa kansè ye, toutbon vre.

Florida Department of Education Publications http://www.firn.edu/doe/commhome/pub-home.htm. Enfòmasyon pou paran sou adaptasyon ak chanjman, Seksyon 504, IEP ak plis lòt bagay.


return to table of contents

Ki liv espesyal ki genyen m ka li pou pitit mwen an?


Draw Me a Picture Susan Nessim ak Barbara Wyman A.T.R., M.F.C.C. Yon albòm pou kolorye ki sèvi kòm terapi ki fèt pou timoun ki gen kansè e ki sèvi ak yon bèt kòm pèsonaj, ki rele, Marty Bunny, kòm yon modèl pou ede timoun ki gen kansè konprann sa y ap travèse a. Li disponib ann Angle ak an Panyòl. (Laj: 3-6 an)



A Friend for Life Susan Nessim ak Barbara Wyman A.T.R., M.F.C.C. Yon liv istwa kòm terapi pou timoun ki gen kansè. Liv sa a se pou ede timoun yo konprann maladi yo a, tretman yo ak sitiyasyon ki lakòz yo fè yon sispann vi sosyal ak vi akademik yo tap mennen. Yo sèvi ak liv sa a nan sant pou kansè ki nan tout peyi a. (Laj: 7-11 an)




return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.