Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa maladi opresyon ye?


Maladi opresyon an se yon pwoblèm respire li ye (sistèm respirasyon yon moun gen poumon, bouch ak nen). Yon timoun gen yon kriz opresyon lè yon bagay anpeche lè rantre nan poumon l. Maladi sa a pa menm ak lòt problem respirasyon yon moun ka genyen paske sa ki anpeche lè rantre nan poumon an kab ranje. (Yo ka korije pwoblèm nan). Opresyon se maladi timoun pi fasil genyen. Se youn maladi ki pi fè timoun rate jou lekòl oubyen ki fè yo entène yo lopital.


return to table of contents

Ki sentòm ki parèt pi souvan lè yon moun fè opresyon?


Sentòm ki pi komen yo se pwoblèm respire, ti bri yon moun fè lè l ap respire, touse, ak souf kout. Pitit ou a ka santi yon lestomak sere e li ka pa ka jwe oubyen fè lòt ti egzèsis jan l ta dwe ka fè sa a. Apre sa, li ka kòmanse fè ti bri lè l ap respire, oubyen li ka gen pwoblèm pou l respire, li ka santi ti souf li kout. Lòt sentòm opresyon se pwoblèm souf kout oubyen tout lè yon moun ap fè egzèsis oubyen touse nan nuit men m si l pa gen pwoblèm respire. Sentòm maladi sa a ka tou piti oubyen li ka sevè. Pi fò pwoblèm ak maladi sa a vin pi mal leswa. Sa sanble yo pi mal pou tigason ak timoun anba 5 an.

Fletcher-Janzen & Reynolds, 2003 & Brown, 1999



return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an kounye a?


Ou gen tan fè yon gwo pa lè w li plis enfòmasyon sou maladi opresyon an. Ou ka fè yon lòt pa lè w pale ak lòt moun ki gen pitit yo ki soufri ak maladi sa a. Yo gen tan pase anba sa w ap pase a. Se sa k fè yo ka ede ou. Ou ka jwenn èd nan men gwoup ki la pou sipòte paran, oubyen nan men gwoup k ap travay nan anvantaj paran tankou Parent to Parent of Miami. Moun ki fouye keksyon an fon montre nou moun ki pran pi bonè ak maladi a jwenn pi bon rezilta pou timoun yo ak pou fanmi yo.











MEN SA KAB FÈ POU M EDE PITIT MWEN AN AK OPRESYON AN


 Pou kòmanse:

Fè pitit ou a fè tès opresyon: Gen plizyè espesyalis ki ka ede w ak pitit ou a (Gade kote yo pale sou
Professionals la pou w gen tout lis la.) Pale ak pedyat la ansanm ak konpayi asirans lan pou w ka jwenn yon espesyalis ki ka ede w ak pitit ou a.

NAN ETA FLORID:
 Kontakte Children's Medical Services (CMS) pou w jwenn sèvis sante pou pitit ou a:



 Travay ak moun ki ap okipe pitit mwen an: Moun k ap okipe pitit ou a tankou doktè, enfimyè, pwofesè, travayè sosyal, oubyen nenpòt lòt pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay sou pitit ou a pase nenpòt lòt moun e se ou menm ki gen plis enfliyans sou lavi pitit ou a. Moun ki la pou yo bay sèvis yo la pou yo ede w ansanm ap pitit ou a. Men kèk fason ou ka pale ak moun ki ap ba ou sèvis yo:
  • Mete w alèz pou w poze keksyon epi pou w di sa w panse. Ou dwe dirèk, klè sou sa w konnen sou pitit ou a, sou sa li bezwen ak sou sa ou vle pou pitit ou a. Ou dwe di tout sa w ap atann yo fè pou pitit ou a. Di tout sa ki enkyete w ak tout sa w pa konprann.

  • Si w kwè timoun ou an bezwen yon bagay espesyal (tankou evalye jan l pale oubyen si l ta bezwen yon plas espesyal) ou dwe kontinye mande jouk ou jwenn sa w bezwen an, oubyen jouk ou wè sa w mande a pa nesesè vre.

  • Si opresyon pitit ou a sevè, ou ka bezwen èd klinik lekòl timoun ou an oubyen fè li rete lakay pou w ba li sèvis edikasyon pitit ou a bezwen.
Pitit ou a ka bezwen Seksyon 504 plan edikasyon an pou w fè sèten pitit ou a rive jwenn swen ak edikasyon li bezwen. Seksyon 504 la fè pati Rehabilitation Act 1973 la. Lwa federal sa a pèmèt timoun ki malad anpil pou yo jwenn sèvis espesyal nan lekòl yo. Ou ka ale nan sit entènèt sa a pou w jwenn plis enfòmasyon
http://www.hhs.gov/ocr/504.html

 Chèche plis enfòmasyon: Ale nan plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou maladi opresyon an. Fè pitit ou ak fanmi w patisipe. Pale ak yon lòt paran. Òganizasyon Parent to Parent of Miami ka ede w jwenn ak lòt paran, li ka ede w jwenn anpil sèvis tou.





 Ede pitit mwen an rete an sante: Jwe ak fanmi w, amize nou ansanm, jwe, fè tout sa k dwe fèt nan lavi chak jou. Se pa paske timoun ou an gen opresyon ki fè l pa gen dwa jwe pou l amize l. Yon timoun ki gen opresyon ka oblije pran prekosyon ak kèk aktivite men sa pa vle di l pa dwe jwe ditou tankou nenpòt lòt timoun. Gen anpil ti aktivite yon timoun ki gen bezwen espesyal ka fè. Anba a w ap jwenn yon lis aktivite ak yon lis pwogram.

Dial 211 pou yon lis kote ki gen aktivite amizan ak pwogram amizan


(Creer, 1988 as cited in Thompson & Gustafson, 1996)


 Mete limit sou sa ki ka lakòz pitit mwen an fè yon kriz opresyon:
  • Veye tout sa ki ka lakòz pitit ou fè yon kriz opresyon. Ekri yo. Gade si w ka wè sa ki pi fasil fè li soufri ak opresyon tankou: pousyè, pafen, chen, chat, oubyen ti flè k ap boujonnen. Gade ki sa w ka fè pou w pa kite pitit ou a pre bagay sa yo. Pa kite bèt nan kay la si se plim sou bèt la k ap ba l pwoblèm. Sa ka ede tou si w retire tapi nan kay la epi w kite atè a san anyen.

  • Fè tout sa ki nesesè pou w kontwole opresyon an lè l pran timoun nan. Men kèk bagay ou ka fè lè timoun nan gen yon kriz opresyon: Fè timoun nan sonje li dwe rete kal san l pa ajite, wete tout bagay ou kwè ki ta ka lakòz kriz opresyon an epi bay timoun nan medikaman li genyen pou sa.
Pou timoun ki pi gran:
  • Aprann timoun nan pou l fè tout sa ki nesesè lè opresyon an pran l pou l kontwole sentòm yo. Li dwe gen ti ponp pou l respire a tou pre l, pou l konnen ki lè pou l rete, pou l repoze l, pou l rete lwen bagay ki ka fè l fè yon kriz opresyon.
  • Montre pitit ou ki jan pou l kontwole maladi a li menm (siveye lè l santi li ka pral gen yon atak opresyon) tankou lestomak sere, bri k ap fèt sou lestomak li, souf kout.
 Montre pitit mwen an ki jan pou l kontwole tèt li si l santi li pè oubyen si l santi l ap ajite (ki lè sa fè atak la pran l oubyen fè sa pi mal): Men kèk bagay ki ka ede timoun ki pi gran kontwole kriz ki pran yo:
  • Aprann viv ak lòt epi pran konsèy: Fason pou w asepte timoun nan pa menm ak lòt timoun, fason pou w ede timoun nan asepte tèt li jan l ye a san l pa santi l enferyè devan lòt timoun.
  • Teknik pou l kalme l: Ki jan pou l kontwole panik li genyen, lè l pè, ak lòt santiman li genyen ki ka pwovoke yon kriz oubyen fè l pi mal.
  • Masaj: Sa ka ede diminye krent li genyen, oubyen estrès. Sa ka ede lè pase al nan poumon li pi byen lè l ap respire.
 Travay ak lekòl pitit mwen an pou n ede l kontinye fè travay lekòl li: Timoun ak opresyon fasil pèdi jou lekòl poutèt yo absan oubyen paske yo lopital. Ede pitit ou pou l pa gen reta nan travay lekòl li:
  • Mande pwofesè pitit ou yo si yo ta kab ba l mwens devwa.
  • Travay ak pwofesè sa yo pou w devlope yon abitid pou w jwenn leson ak devwa pitit ou.
  • Chèche fason pou w toujou rete an kontak ak pwofesè yo, paregzanp, sèvi ak yon kaye pou nou kominike, oubyen adrès imel.
  • Mete yon sistèm lekòl lakay la pou timoun nan ka kontinye etidye pou li pa pi an reta nan travay lekòl li pase lòt etidyan yo.
 Ede pitit mwen an ak santiman enferyè li ka genyen: Kèk timoun santi yo enferyè pase lòt timoun paske opresyon an fè yo pa menm ak lò timoun (yo pa ka jwe). Men sa pou w fè pou w ede pitit ou a:
  • Ankouraje timoun nan pale sou sa l santi
  • Koute byen lè l ap pale avè w. Fè l santi ou konnen santiman li yo, ou konprann pwoblèm li yo egziste vre, yo reyèl.
  • Yon sikològ oubyen yon terapis ka ede w ak timoun nan. Anpil fwa timoun yo konn pi fasil pataje santiman yo ak moun sa yo pase yo pale ak fanmi yo oubyen ak manman yo oubyen papa yo.
  • Travay ak lekòl timoun nan oubyen ak lòt espesyalis pou w asire timoun nan jwenn tout kalte èd li bezwen.

return to table of contents

Ki sa k fè yon moun gen opresyon?


Youn nan rezon ki fè yon moun soufri opresyon se kèk bagay ki genyen nan anviwonman an tankou pousyè, pafen, oubyen lafimen sigarèt. Lè frèt ak enfeksyon nan aparèy respiratwa yon moun ka pwovoke yon kriz opresyon tou. Egzèsis, chanjman tanperati, ri, oubyen kriye ka lakòz yon atak opresyon tou. Yon atak ka tou piti tankou yon ti difikilte pou l respire; kon sa tou li ka byen grav kote timoun nan vin tou ble paske l manke oksijèn pou l respire (yo rele sa syanosis) Nan ka grav nèt timoun nan ki pa gen ase lè pou l respire ka menm mouri si l pa jwenn medikaman l.

Fletcher-Janzen & Reynolds, 2003 & Brown, 1999



return to table of contents

Èske gen anpil timoun ki gen opresyon?


Gen apeprè 5 milyon timoun ki gen opresyon Ozetazini. Se maladi ki pi kouran timoun genyen. Leplisouvan se timoun ki poko gen senk an ki bay siy opresyon yo. Gen plis timoun ki gen maladi a chak ane malgre nouvo tretman ki genyen. Valè timoun ki mouri akòz maladi sa a ogmante tou. Youn nan rezon ki fè plis timoun ap mouri se paske anpil moun (menm kèk doktè tou) pa reyalize ki jan maladi opresyon se yon maladi ki serye. Men gen tretman pou pwoblèm opresyon an. Pa pran okenn chans. Ale kay doktè ak timoun nan pou w sèten li pa gen pwoblèm epi toujou kenbe medikaman l pre tout tan. Eseye kenbe pitit ou lwen bagay ki ka fè l fè yon kriz opresyon (tankou pousyè, lafimen sigarèt oubyen plim bèt).

Fletcher-Janzen & Reynolds, 2003



return to table of contents

Ki sa opresyon an vle di pou entèlijans pitit mwen ak fason li aprann?


Kèk fwa timoun asmatik gen pwoblèm pou yo aprann oubyen yo gen lòt pwoblèm pou yo konpòte yo lekòl. Sentòm opresyon an oubyen medikaman yo ap pran ka aji sou sèvo timoun nan. Yo rele sa yo chanjman newokoyitif ( ann angle neurocognitive changes).

Kèk fwa se kantite jou pitit ou a pèdi lekòl. Kèk lòt fwa se jan sa jwe sou jan pitit ou a santi l pa menm ak lòt timoun. Lè kon sa, timoun yo ka gen pwoblèm paske lòt timoun ap fawouche yo oubyen paske yo pa ka fè zanmi. Sa fè timoun nan ka bay ti pwoblèm dezòd. Yon timoun kon sa kapab gen pwoblèm emosyonèl tou. Pou pwoblèm li ka bay lekòl li, mande lekòl la pou l di w ki jan sa ye ansanm ak ki sa nou ka fè pou n ede timoun nan ak sa l bezwen fè pou lekòl li. Yon sikològ lekòl la oubyen yon lòt moun deyò ki ka bay konsèy ka ede pitit ou ak diferan kalte pwoblèm li ka genyen yo. Chache jwenn èd. Pa janm fè kòm si w pa wè yon sitiyasyon k ap devlope.

Fowler et al., 1992 McLoughlin et al., 1983 Bender 1995



return to table of contents

Ki sa maladi opresyon an ka fè sou sante pitit mwen?


Bagay sa yo ka ede w kontwole opresyon an, yo ka ede w trete l tou:
  • Kontwole anviwonman an: Sa vle di elimine tout nuizans ki ka pwovoke sentòm opresyon. Ou ka ede pitit ou kanpe lwen tout bagay nou konnen ki ka lakòz opresyon tankou pousyè, lafimen sigarèt, ti mit, plim bèt, pafen. Sa konn ede tou kèk fwa lè w wete tapi nan kay la epi ou rete ak planche kay la kon sa.

  • Medikaman: Ka Kontwole atak opresyon, ka trete yo, oubyen ka ede pou sa pa rive. Pi souvan sa vle di sèvi ak yon ponp pou w fè medikaman pase nan poumon yo ak nan sistèm respiratwa yo. Kèk fwa ou ka sèvi ak grenn pou l vale (ann angle oral steroids ) lè ti aparèy la pa mache . Nan ka grav nèt yon timoun ka bezwen oksijèn ak medikaman. Kèk fwa menm li ka bezwen piki.
NIH, 1997



return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè plizyè pwofesyonèl lasante tankou:

Pedyat: Se yon doktè espesyalis ki trete timoun.

Pedyat poumon: Yon doktè espesyalis nan trete timoun ki gen opresyon oubyen ki gen lòt pwoblèm poumon.

Pedyat alèjis: Yon doktè espesyalis nan trete timoun ak alèji oubyen ak lòt reyaksyon ki pa nòmal lè yo pran kèk medikaman.

Pedyat newolojis: Yon doktè espesyalis nan trete sistèm nève timoun ak sèvo yo.

Pedyat otolaringolojis: Yon doktè espesyalis nan trete zòrèy, nen ak gòj timoun. Kèk fwa yo rele yo espesyalis zòrèy, nen ak gòj.

Pedyat odyolojis: Yon pwofesyonèl ki konnen ki jan pou l evalye (teste) si yon moun tande byen oubyen si l gen lòt pwoblèm kon sa tankou èske moun nan pa gen pwoblèm tande, nan ki zòrèy li tande pi byen oubyen èske l gen ti bri k ap fèt nan zòrèy li. Moun sa a la pou l ede timoun nan ak pwoblèm tande li ka genyen ansanm ak lòt pwoblèm ki sanble ak sa.

Travayè Sosyal ak konseye: Yon pwofesyonèl ki bay timoun nan ak fanmi li sipò ak konsèy yo bezwen. Li ka ede yo òganize sèvis yo tou.

Òganizatè swen: Yon moun ki reskonsab òganize detay diferan sèvis yo. Li ka ede ou menm ak fanmi w jwenn sèvis ak lòt èd.

Pwofesè lakay/lopital: Yon pwofesè ki fè pati pwogram lakay/lopital la. Li la pou l travay ak pitit ou a lakay oubyen nan lopital pou plis pase 15 jou. Ou dwe nan pwogram pwofesè lakay/lopital la pou w jwenn yon pwofesè vizite pitit ou a lakay ou oubyen nan lopital la.


return to table of contents

Ki sit entènèt ki genyen kote m ka li plis sou opresyon?


Fondasyon Amerik sou Opresyon ak Alèji (ann Angle American Asthma and Allergy Foundation of America (AAFA) http://www.aafa.org AAFA bay enfòmasyon pratik, li bay sèvis ki chita sou kominote ak sipò pa mwayen plizyè gwoup sipò ki epapiye sou tout peyi a. AAFA devlope edikasyon lasante, li òganize gwoup k ap fè gwo travay pou konbat maladi a, li bay gwoup k ap travay pou yo jwenn medikaman ak tretman kòb.

Akademi Ameriken k ap travay sou Opresyon ak Iminoloji (ann angle American Academy of Asthma and Immunology http://www.aaaai.org Sit sa a bay dènye enfòmasyon sou opresyon ak alèji.

Premye Pa/Early Steps http://www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Chache paj entènèt pwogram premye entèvansyon Florid pou w jwenn anpil enfòmasyon pou paran.

Asosyasyon Ameriken k ap travay sou Poumon/ American Lung Association http://www.lungusa.org/site/pp.asp?c=dvLUK9O0E&b=22782 Asosyasyon an fè ti pale sou maladi opresyon an kay timoun.

NIH's MedlinePLUS http://www.nlm.nih.gov/medlineplus/asthmainchildren.html Yon bon sous pou w jwenn lòt sit entènèt ak sèvis Bibliyotèk nasyonal Medsin ak Enstiti nasyonal Sante bay. Medicine.net- http://www.medicinenet.com/asthma/focus.htm Medicine.net se yon konpayi medya sou entènèt ki okipe l de koze sante.

KeepKidsHealthy.com http://www.keepkidshealthy.com/asthma/index.html : Yon gid pedyat fè ki la pou l ede w kenbe pitit ou an sante.


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen ka li ak pitit mwen?


The ABCs of Asthma: An Asthma Alphabet Book for Kids of All Ages (paperback) by Kim Gosselin, Terry Ravanelli (Illustrator). Liv alfabè sa a fè chak mo alfabè a mache ak yon mo ki pale sou opresyon. Liv edikasyon sa a enteresan anpil. Li esplike sa opresyon an ye, sa k ka pwovoke l, ki sa ou ka itilize nan tretman opresyon an ak mo ki ka ankourajan pou timoun ki soufri ak opresyon (timoun 4-8 an).


Breathe Easy: Young People's Guide to Asthma by Jonathan H., Weiss, Ph.D. Liv sa a bay jenn timoun enfòmasyon pratik ki ka ede yo ak opresyon yo a. Li gen lis sa pou yo fè, resous, dyagram ak desen. Li gen diskisyon sou ki jan w ka rekonèt kèk bagay ki ka pwovoke yon kriz opresyon, premye siy ki ka fè w fè atansyon, medikaman pou opresyon ak ki jan pou w itilize yo, li bay teknik pou ede timoun nan kalme l ak ki kote w ka jwenn plis èd ak lide. (Timoun 9-12 an).



Taking Asthma to School (Special Kids in Schools), Second Edition (Special Kids in Schools Series, No. 2) (paperback) by Kim Gosselin, Moss Freedman (illustrator). Liv timoun sa a ki plen ak desen ede devlope yon anviwonman lekòl ki san danje. Kon sa, li ede timoun ki pa gen maladi opresyon an wè lòt timoun ki soufri opresyon tankou timoun nòmal e ki pa gen okenn fòt paske yo malad. Liv sa a ap ede timoun ak paran pale sou opresyon ak lòt timoun lekòl yo ansanm ak pwofesè yo. Li gen "dis bagay yon pwofesè kapab fè" ak yon "ti tès pou timoun." (Timoun 4-8 an)


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.