Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa yo rele andikap vizyèl?


Tèm andikap vizyèl la pa vle di moun avèg sèlman, lòt pwoblèm wè sa yo ladan tou:
  • Wè a demi: Yon pwoblèm vizyon ki fè moun nan bezwen edikasyon espesyal.
  • Pa wè byen: Lè ou pa ka li a yon distans nòmal yon moun ta dwe kapab li, menm ak linèt oswa vè kontak.
  • Avèg legal: Lè yon moun genyen yon vizyon ki pi piti pase 20/200 nan je ki pi bon an oswa lè chan vizyon l piti (mwens pase 20 degre).
  • Avèg de je: Lè w pa ka wè ditou.
Apeprè 12 sou chak 1.000 timoun ki gen mwens pase 18 an genyen pwoblèm vizyon. Pwoblèm vizyon ki pi grav yo (avèg legal oswa avèg de je) rive mwen souvan (apeprè 6 sou 1.000). Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a ki soti nan Sant nasyonal pou timoun ak jèn ki gen andikap (National Information Center for Children and Youth with Disabilities): Fèy enfòmasyon NICHY.
(National Information Center for Children and Youth with Disabilities)



return to table of contents

Ki jan m ka konnen si pitit mwen gen yon andikap vizyèl?


Kèk fwa, li fasil pou w konnen lè yon tibebe avèg. Zye l pa suiv ou lè w ap mache anndan chanm nan, oswa ou kenbe yon jwèt devan timoun nan epi li pa reyaji toutotan jwèt la pa fè bwi. Men kèk fwa, li difisil pou yon paran konnen lè yon timoun gen yon andikap vizyèl ki pa grav tankou avèg nan de je. Gen lòt kondisyon ki konn fè w konprann pitit ou a paka wè. Èske ladrès pitit ou dwe genyen pou l wè, ap devlope nòmalman? Ki jan w ap konn sa? Menm jan ladrès fizik li ak ladrès mantal li yo devlope, ladrès pitit ou dwe genyen pou l wè, devlope tou. Pou w jwenn èd, klike sou lyen sa a Gid pou Paran sou Devlopman Vizyèl Timoun   epi w ap jwenn yon lis sou devlopman je tibebe oswa devlopman je timoun nenpòt ki laj.


return to table of contents

Ki efè andikap vizyèl yo genyen sou pitit mwen an?


Efè andikap vizyèl yo sou devlopman pitit ou a depann nan ki pwen pwoblèm li yo grav, sa ki lakoz pwoblèm nan ak lòt konplikasyon li ka genyen (li kab gen plizyè andikap).

Yon tibebe ki fèt avèg oswa ak yon pwoblèm nan je ki grav viv yon fason ki pa menm ak yon timoun ki ka wè. Espesyalis devlopman timoun fè nou konnen prèske pi fò - apeprè 85% - nan sa timoun aprann gen rapò ak sa yo wè. Timoun ki pa ka wè gen gwo chans pou l an reta nan devlopman l (trennen dèyè). Men lè yo kòmanse rezoud pwoblèm yon timoun bonè sa kab ede l anpil. Klike sou Pwogram pou Timoun ak Fanmi nan Eta Florid la  pou w pran plis ransèyman sou fason pou atake pwoblèm nan bonè ak lòt kalite sèvis.


return to table of contents

Kisa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Se yon premye pa enpòtan ou fè lè ou li plis enfòmasyon sou pwoblèm vizyon. Yon lòt bagay ou ka fè se pale ak lòt paran ki gen timoun ki gen pwoblèm pou yo wè. Yo te viv sa w ap viv kounye a epi yo kab byen ede w.

Klike sou lyen sa a http://www.homeschoolviews.com/feature/peek-a-boo.html pou w li sa manman yon tibebe avèg kat mwa di li fè pou l jwe epi kominike ak tibebe a. Pitit li a rele Ivan. Li gen bèl sigjesyon ak bèl ide.

Ou kapab jwenn èd epi antre an kontak ak lòt paran lè ou jwenn ak gwoup sipò lokal tankou Parent to Parent of Miami . Dapre rechèch ki fèt, rezilta yo fè nou konnen pi bonè nou kòmanse ede timoun, sa pi bon pou ni yo ni fanmi yo.

Pi ba a, gen kèk lis pou ede pitit ou. Pa bliye, ou pa pou kont ou

LIS BAGAY OU KA FÈ POU EDE PITIT OU KI GEN ANDIKAP VIZYÈL


NAN ETA FLORID LA:
 Fè yo tcheke (teste) pitit mwen: Si pitit ou ant laj tibebe ki fèk fèt rive sou 3 an, yon gwoup espè kapab evalye li nan pwogram Early Steps la gratis. Pitit ou a kapab kalifye pou sèvis gratis.



Si pitit ou ant 3 an a 5 an, gen yon ekip espesyalis nan Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South) ki kab fè yon evaliyasyon pou li gratis. FDLRS-South fè tès epi yo fè evalyasyon tou pou pwogram edikasyon espesyal yo.



 Kontakte Sèvis medikal pou timoun (CMS): Ajans sa a ede kowòdone swen pou timoun ki gen pwoblèm medical konplike epi pou l bay swen medical dirèk pou timoun ki pa mele nan anpil aktivite.



 Kontakte Òganizasyon "Miami Lighthouse" pou moun ki avèg ak sa ki gen andikap vizyèl : Klike sou adrès entènèt sa http://www.miamilighthouse.org/LittleLighthouse.asp pou w jwenn enfòmasyon sou "Little Lighthouse" la ki genyen pwogram, enfòmasyon, evènman epi aktivite pou timoun ki fèk fèt jiska 13 an ak paran yo.

 Travay ak moun k ap ede pitit mwen an: Kèk egzanp moun sa yo se pedyat la, oftalmològ la, optometris la, pwofesè lekòl yo ak travayè sosyal yo. Moun sa a yo ede w epi yo ede pitit ou a, men toujou sonje se ou ki viv ak pitit ou a chak jou epi ou konnen li pi byen pase nenpòt ki moun. Poze kesyon epi fè kòmantè. Bay presizyon sou sa w vle ak sa w bezwen pou pitit ou a. Se pou w onèt lè w ap di sa w ap atann, sa ki enkyete w oswa nenpòt bagay ou pa konprann. Si w panse gen yon bagay espesyal pitit ou a bezwen (tankou yon terapi pou je oswa lòt linèt), kontinye mande jiskaske w jwenn li oswa jiskaske w konprann pou ki sa li pa bezwen l.

 Travay ak pwofesyonèl ki fè entèvansyon bonè yo oswa ak sa ki nan lekòl pitit mwen an pou m ekri IFSP (Individualized Family Support Plan) oswa IEP (Individualized Education Program) pitit mwen an: Plan sa a dwe montre bezwen pitit ou a ak kapasite l epi fòk li gen sèvis tankou teknoloji ki fèt pou ede.

 Chèche plis enfòmasyon: Vizite plis sit entènèt. Li liv. Gade yon videyo sou pwoblèm vizyon. Fè l ansanm ak pitit ou epi fanmi ou. Pale ak yon lòt paran. Parent to Parent of Miami kapab ede w jwenn ak lòt paran epi resevwa sèvis.






return to table of contents

Ki aktivite enteresan pitit mwen an kab fè?


Patisipe nan plezi fanmi ap pran, ale nan aktivite rekreyatif, patisipe nan jwèy k ap fèt ak tout lòt aktivite pandan jounen an. Se pa paske pitit ou a gen yon andikap vizyèl ki fè l paka jwi lavi li. Gen anpil aktivite yon timoun ki pa fin wè byen kapab fè.

Pwogram STAR (Summer Training and Recreation) "Miami Lighthouse" la kreye yon atmosfè kote timoun ant 6 a 13 an kapab aprann. Timoun renmen aktivite kote yo ka pran plezi yo tankou naje, patine sou glas epi atizana. Klike sou "Miami Lighthouse STAR " pou w jwenn plis enfòmasyon oubyen pou w enskri.

Pou sigjesyon sou jwèt pou timoun avèg oswa ki gen andikap nan je yo, klike sou
Bon Jwèt pou Timoun Avèg. Lis sa a, paran fè a, klase an kategori laj (2 an ak sa ki pi gran, 5 an ak sa ki pi gran, 9 an ak sa ki pi gran). Jwèt sa yo nan tout kalite magazen.

Dial 211 a pou w jwenn yon lis pwogram ak koti timoun ka pran plezi yo



return to table of contents

Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen an?


Antre aktivite ou ka fè pou ede devlopman piti ou nan sa ou gen pou w regle pandan jounen an. Bon lè ou ka fè se nan lè benyen, nan lè manje, lè w ap achte, lè w ap vwayaje nan machin epi lè w ap fè pwomnad an fanmi. Men kèk sijesyon:
  • Pote tibebe w la nan yon sak devan w pandan w ap travay nan kay la. Pale sou sa w ap fè a. Pa egzanp, "Manmi ap mete rad nan machin a lave a kounyeya. Ti cheri, ou tande dlo a k ap koule epi ou pran sant savon an?"

  • Si pitit ou a pa fin avèg nèt, mete jwèt ak lòt bagay ou vle montre l sou yon sifas ki pa gen yon koulè twò fonse pou l ka wè yo byen. Pa egzanp, mete yon balon wouj atè, yon kote ki tou blan. Ou k ab fè aktivite sa a tou pandan l ap manje. Eseye mete manje a nan asyèt koulè ki lekontrè ak koulè manje a, pa egzanp, pòmdetè kraze nan yon asyèt papye ble fonse.

  • Fè jwèt ak sans li yo olye w fè jwèt ak bagay li ta bezwen wè. Sèvi ak objè moun sèvi chak jou. Mete kèk grenn pwa nan yon mamit byen fèmen epi fè l fè bwi, pran diferan kalite twal (twal nòmal, saten, dantèl, vlou) pou l jwe (aprann manyen) epi epis ak pafen pou l jwe ak bagay ki gen odè.

  • Fè yon pwomnad nan katye a epi pale sou bwi nou tande chak jou yo tankou chyen k ap jape oswa kamyon ak machin k ap pase. Ankouraje pitit ou pou l manyen pyebwa yo, pou l santi flè yo oswa pou l santi yon ti farinay lapli k ap tonbe sou figi l.



return to table of contents

Ki tretman oswa èd ki egziste pou pitit mwen ki gen andikap vizyèl?


Gen anpil tretman ak aparèy ki ka itil pitit ou k ap pèdi kapasite l pou l wè. Lwa sou Edikasyon Moun ki Andikape yo (IDEA) mande pou timoun ki genyen andikap vizyèl resevwa bon jan pwogram entèvansyon bonè ak pwogram edikasyon espesyal gratis depi lè yo fèt jiskaske yo gen 21 an.

Pami egzanp bagay yo fè pou ede timoun ki gen andikap vizyèl yo, nou jwenn:
  • Loup: Yon moso glas ki fè bagay parèt pi gwo. Yo ka ede moun ki pa wè byen. Pou plis enfòmasyon sou diferan kalite loup yo, klike sou lyen sa a: http://www.lowvision.org/magnifiers.htm.

  • Chen sèvis: Chen pou moun avèg, chyen ki sèvi konpay, chen gid, chen kay oswa chyen sèvis pale de bèl zanmitay ki genyen ant chyen ak moun andikape. Chen sèvis yo ede timoun ak granmoun ki gen diferan kalite andikap, swa moun ki soud swa moun ki bèbè swa moun ki genyen lòt andikap fizik. Depi sou 5 an, yon timoun ka aplike pou l gen yon chyen gid nan biwo sa a Canine Companions for Independence.

  • Aparèy pou ede moun: Teknoloji a avanse anpil nan ane ki sot pase yo. Gen pi plis aparèy pou ede moun ki pèdi vizyon yo. Pa egzanp gen kalkilatris ak aparèy elektwomenaje ki pale epi genyen aparèy pozisyònman an Bray (aparèy sa yo pale ak pitit ou pou fè l konnen kouman pou l jwenn wout li). Pa enkyete w si pitit ou pa ka tape oswa peze bouton paske gen lòt fason pou fè teknoloji a travay. Klike la a http://enablingdevices.com/newsletter_5.aspx pou w jwenn plis enfòmasyon. Ou kab kontakte yon espesyalis teknoloji ki fèt pou ede moun, pou w jwenn konsèy sou ki teknoloji ki kab ede pitit ou pi byen.



return to table of contents

Ki sa ki lakòz andikap vizyèl lakay timoun?


Andikap vizyèl yo kapab devlope avan yon tibebe fèt. Kèk fwa, gen pati nan je a ki pa fòme jan yo ta dwe. Oswa, je tibebe a ka bon men sèvo a pa ka entèprete enfòmasyon li resevwa yo.

Yon moun ka avèg paske sa sot nan ras li, sa vle di pwoblèm ka soti nan paran l yo.

Retinitis pigmenntosa (RP) a kouvri yon seri pwoblèm wè ki soti nan ras yon moun, ki lakòz kèk pwoblèm nan yon pati nan je a ki rele retin. Fason pou yon moun wè sa ki sou kote li diminye ti kras pa ti kras epi, finalman, moun nan pa wè ankò. Dabitid yon moun kab kontinye wè nan mitan je a pou yon bon bout tan.

Lebè konjenital amorosis (Leber's Congenital Amaurosis) se yon lòt kondisyon timoun konn fèt avè l epi ki fè yo pèdi vizyon yo. Klike sou lyen sa a pou w jwenn plis enfòmasyon: http://www.eyemdlink.com/Condition.asp?ConditionID=261.

Pou w ka jwenn enfòmasyon sou yon kondisyon jenetik yo rele Sedwòm Òchè a (Usher Syndrome), klike sou lyen sa http://www.hknc.org/WhoWeServeUsher.htm. Timoun ki gen Sedwòm Òchè yo byen souvan yo soud epi yo avèg.

Kèk fwa yon maladi oswa yon kondisyon manman an genyen pandan gwosès li kapab lakòz pwoblèm vizyon pou tibebe k ap devlope a. Ipoplazi nè optik la se yon egzanp. Sa vle di nè optik tibebe a pa devlope byen pandan gwosès la. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a: http://www.blindbabies.org/factsheet_onh.htm.

Tibebe ki fèt avan lè yo gen plis chans pou yo gen pwoblèm wè. Klike sou lyen sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon sa a yo rele retinopati timoun prematire http://www.blindbabies.org/factsheet_rop.htm.

Pou enfòmasyon sou lòt koz andikap vizyèl, klike sou lyen sa a yo http://www.tsbvi.edu/Education/infant/page15.htm epi http://www.blindbabies.org/fact_sheet.htm.


return to table of contents

Ki sa sa ka fè nan entèlijans epi nan aprantisaj pitit mwen an?


Lè yon timoun gen pwoblèm vizyon oswa li avèg, sa pa vle di li paka aprann. Men sa ka chanje kantite bagay yo aprann ak vitès yo kab aprann. Pitit ou a ap bezwen sipò epi plis tan pou l aprann.

Vizyon ak wè sa ki devan je, se pa menm bagay. Vizyon vle di plis pase wè bagay yo klè men sa vle di tou fè je yo deplase ansanm, konsantre sou yon bagay, sezi pwofondè epi konprann sa nou wè a. Se tankou w ta gen yon machin, men ou pa konn kondi machin. Pou w fè machin nan deplase, fò w konn ki jan pou w sèvi ak tout levye yo, tout bouton yo ak pedal yo. Vizyon an se menm bagay. Ou ka gen de je ki bon men nenpòt pwoblèm ant je yo ak sèvo a afekte vizyon ou. Sa pran anpil ladrès ak anpil antrènman pou aprann ki jan pou sanble epi entèprete enfòmasyon k ap pase devan je a.

Anpil timoun ki gen pwoblèm vizyon gen lòt pwoblèm. Si pitit ou a gen lòt andikap, se pou yon sikològ kalifye tcheke (teste) l paske li ka di w plis bagay sou kapasite timoun nan genyen pou l aprann.

Kèk fwa, timoun ki gen pwoblèm vizyon ak yon lòt andikap gen pwoblèm konpòtman ak atansyon. Evalyasyon yon psikològ kapab ede w. Klike sou lyen ki anba a pou w jwenn yon sikològ ki ka fè yon evalyasyon pou ou.

Timoun ki gen pwoblèm vizyon grav kalifye pou yo toujou kontinye ap fè evalyasyon pou yo nan pwogram Early Steps la (depi yo fèk fèt jis yo gen 3 an) epi pou yo mete le nan pwogram edikasyon espesyal ki nan sistèm lekòl leta a k ap gade kapasite pitit ou a genyen pou l aprann epi rezone. Gen paran ki chèche evalyasyon prive tou.


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè anpil diferan espesyalis swen lasante. Pa egzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun.

Pedyat Oftalmològ: Se yon doktè (M.D.) ki espesyalize nan trete timoun ki genyen maladi je ak pwoblèm vizyon, ki preskri vè kontak oswa linèt pou korije vizyon. Oftalmològ yo fòme pou yo fè operasyon.

Pedyat Optometrisyen: Se yon doktè ki pase 4 an aprè pwogram nòmal la pou l etidye anatomi ak fonksyon je yo. Doktè sa a trete maladi je epi pwoblèm vizyon epi li preskri vè kontak oswa linèt pou l korije sa. Men li pa fè operasyon. Optometrisyen yo pi prepare pou yo sèvi ak vè, loup ak terapi je pou yo amelyore oswa korije fonksyon vizyon yon moun.

Travayè sosyal epi konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy ak sipò emosyonèl pou timoun ak fanmi yo epi ki ka ede kowòdone sèvis tou.

Kowòdonatè swen: Yon moun ki responsab pou òganize detay ant diferan ajans epi ki sèvi w kontak pou ede w ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.

Edikatè espesyal timoun piti/pwofesè edikasyon espesyal: Yon pwofesè yo fòme pou l travay ak pitit ou, ki plis chita sou devlopman li epi ki travay avèk ou pou w aprann teknik k ap bon pou pitit ou.

Espesyalis teknoloji ki ka ede: Se yon moun ki bay yon seri solisyon teknoloji ki ka ede (zouti) ki ka ede yon moun andikape fè nenpòt travay toulèjou, pa egzanp manje, pale, monte desann, travay, jwe. Yon espesyalis teknoloji ki ka ede abitye avèk plizyè zouti ki ka ede pitit ou a. Genyen kèk nan aparèy sa yo Medicaid ka peye pou yo.

Òganizasyon "Miami Lighthouse for the Blind and Visually Impaired" la genyen yon magazen ki vann akseswa, aparèy epi zouti pou lavi chak jou. Nan bagay sa a yo nou jwenn mont ki ka pale, loup, baton avèg, limyè espesyal epi jwèt. Klike sou "Solutions" pou w jwenn plis enfòmasyon.


return to table of contents

Ki sit entènèt m ka tcheke pou m aprann fason pou m ede pitit mwen?


Fast Facts on Visual Impairments: http://www.moddrc.com/Information-disabilities/FastFacts/VisualImpairments.htm Sit entènèt sa a gen enfòmasyon sou koz, tretman, resous epi gwoup sipò nan andikap vizyèl.

The National Dissemination Center for Children with Disabilities: http://www.nichcy.org/pubs/factshe/fs13txt.htm Sit entènèt sa a gen enfòmasyon sou andikap pou tibebe, timoun piti, jèn timoun ak jèn. Pou w jwenn yon fèy enfòmasyon sou andikap vizyèl, klike anlè a.

Teachnology: The Web Portal for Educators: http://www.teach-nology.com/teachers/special_ed/disabilities/visual_impairment/ Sit entènèt sa a rasanble anpil bon resous sou pwoblèm vizyon pou pwofesè.

The National Association for Parents of Children with Visual Impairments: http://www.spedex.com/napvi/parent_directory.html Sit sa a genyen enfòmasyon sou pwoblèm vizyon epi yon anyè kote paran, granparan, moun ki okipe timoun ak kèk lòt moun kapab mete enfòmasyon pèsonèl yo pou youn kontakte lòt pou yo pataje sipò ak enfòmasyon.

The National Federation of the Blind, Deaf-Blind Division: http://www.nfb.org/states/deafblin.htm Kèk timoun ki gen andikap vizyèl yo genyen pwoblèm tande tou. Yo rele sa doub pwoblèm sans tou. Helen Keller se egzanp ki pi popilè nan sa. Sit sa a gen enfòmasyon epi lyen pou anpil lòt resous pou timoun ki soud epi avèg.

The Blindness Resource Center: http://www.nyise.org/deaf.htm Sit sa a gen anpil bagay pou l ofri paran timoun ki gen andikap vizyèl ak pwoblèm tande. Li gen enfòmasyon sou liv, videyo, lekòl, kondisyon ak teknoloji ki kab ede.

The Heiken Fund http://www.heikenfund.org/ Yo bay linèt epi yo fè konsiltasyon konplè nan je pou timoun ki nan sistèm lekòl Miami-Dade la ki genyen andikap vizyèl, depi yo kalifye.


return to table of contents

Liv ak videyo pou timoun


Lis sa a se sèlman yon echantiyon liv ak videyo. Pase nan bibliyotèk lokal ou a, nan libreri yo epi sou sit entènèt yo pou w jwenn plis.

Children With Visual Impairments: A Parents' Guide (Koleksyon Bezwen Espesyal) se M. Cay, Ph.D. Holbrook ki se Editè a.

Helping Children Who Are Blind (Seri Asistans bonè pou timoun andikape) se Sandy Niemann, Namita Jacob epi Heidi Broner ki ekri l.

Living and Learning With Blind Children: A Guide for Parents and Teachers of Visually Impaired Children se Felicity Harrison ak Mary Crow ki ekri l.

Family Guide To Assistive Technology (yon liv sou entènèt) http://www.pluk.org/AT1.html se Katharin A. Kelker, Roger Holt, epi John Sullivan ki ekri l (2000). Gid sa a ede paran yo aprann plis bagay sou ki jan teknoloji ki ede kapab ede yon timoun. Paran yo kapab reponn pi byen ak bezwen pitit yo si yo enplike nan chwazi teknoloji ki ede a.

Sant pou timoun ki avèg (Blind Children's Center) la gen yon liv ak videyo ki pa chè. Klike lis sa a ak lyen sa a pou w jwenn plis enfòmasyon: http://www.blindcntr.org/pubs.htm#auw


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.