Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa yo rele defisyans lapawòl ak lang?


Tèm defisyans lapawòl la kouvri tout yon seri pwoblèm. Yon pwoblèm pale ki kouran se lè pitit ou a gen difikilte pou l pwononse kèk son oswa mo. Bege se yon lòt egzanp pwoblèm pale. Pitit ou bege lè pawòl li yo pa sòti ansanm oswa lè pitit ou kole nan mo yo.

Pwoblèm lang diferan. Yo gen rapò ak sans men yo pa gen rapò ak son. Dabitid, defisyans lapawòl yo pi grav pase pwoblèm lang (amwenske se konprann yo pa ka konprann langaj pitit ou).

Pwoblèm pale ak pwoblèm lang se pwoblèm devlopman ki pi kouran lakay timoun preskolè. Yo afekte 5 a 10 pousan nan timoun preskolè yo.

Gen plis gason ki afekte pase fi. Daprè Enstiti Nasyonal Moun Soud ak Lòt Dezòd Kominikasyon yo (NDICD), ant 6 ak 8 milyon moun nan peyi Etazini genyen yon kalite konplikasyon nan fason yo pale.

Timoun ki gen pwoblèm sa a yo kab gen pwoblèm konpòtman tou. Yo ka santi yo kon sa akoz nuizans difikilte kominikasyon yo a ba yo. Se pou sa li pi bon pou n kòmanse terapi lapawòl ak langaj pi bonè nou kapab.


return to table of contents

Ki diferans ki genyen ant lapawòl ak langaj?


Byen souvan, yo konfonn lapawòl ak langaj, men genyen yon diferans ant de bagay sa a yo:
  • Lapawòl se kapasite pou pouse son epi pou pale.

    Langaj se fason nou kole mo yo ansanm (langaj espresif) epi kapasite pou nou konprann sa lòt moun ap di (langaj reseptif). Sa vle di kominike pou nou konprann epi fè yo konprann nou. Ekri, fè siy, fè son se plizyè sistèm pou bay epi resevwa enfòmasyon. Sa sipoze nou konprann jan pou nou mennen yon konvèsasyon.
Malgre pwoblèm lapawòl ak pwoblèm langaj pa menm, yo sanble nan sèten ka. Pitit ou a ka gen yon pwoblèm lapawòl sèlman oswa yon pwoblèm langaj sèlman oswa tou de. Malgre nou konnen anpil nan kòz pwoblèm sa a yo, anpil fwa, nou pa konnen sa ki bay yo.


return to table of contents

Ki jan mwen ka konnen si pitit mwen an gen yon defisyans lapawòl oswa langaj?


Fò w aprann sa devlopman nòmal timoun ye avan ou konnen si pitit ou gen reta nan devlopman l. Klike sou KidsHealth for Parents pou w jwenn enfòmasyon sou reta nan lapawòl ak langaj. Sit entènèt sa a ap montre sa yo konsidere yon devlopman langaj bonè pou chak laj yon timoun rive.


return to table of contents

Ki sa mwen ka fè pou m ede pitit mwen an?


Se yon premye pa enpòtan ou fè lè ou li plis enfòmasyon sou defisyans lapawòl yo. Lòt bagay ou ka fè, ou kapab pale ak lòt paran timoun ki gen defisyans lapawòl. Yo te viv sa w ap viv kounye a epi petèt yo ka ede w. Gwoup sipò ak defans pou paran tankou gwoup "Parent to Parent of Miami" kapab ede w tou. Rechèch yo montre plis nou kòmanse ede timoun bonè, plis gen bon rezilta pou timoun nan ak fanmi l.



Pi ba a, genyen kèk lis pou ede pitit ou a. Sonje, ou pa pou kont ou.

BAGAY MWEN KAPAB FÈ POU M EDE PITIT MWEN KI GEN DEFISYANS LAPAWÒL OSWA LANGAJ


Ann Derape
NAN ETA FLORID LA:
 Fè yo tcheke (teste) pitit mwen an:

Si pitit ou a ant jou l fèt la avèk 3 zan, yon gwoup espè kapab evalye pitit ou nan pwogram Early Steps  la gratis. Pitit ou kab kalifye pou sèvis gratis. Kontakte yon sant ki pre lakay ou.


Si pitit ou a gen ant 3 a 5 an epi li genyen pwoblèm pou l tande, pou l aprann, pou l pale, pou l jwe, pou l wè epi/oswa pou l mache, li kab resevwa tès gratis nan "Child Find/Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS/South)". Yo fè tès tou pou pwogram edikasyon espesyal yo. (Si pitit ou a deja nan Sistèm Lekòl Leta Miami-Dade la, se pou yo pase pa lekòl la pou yo teste l.)



Kontakte Sèvis Medikal pou Timoun yo (CMS): CMS gen biwo lokal epi, pafwa, yo refere timoun yo bay sant medikal k ap travay ak CMS. Yo bay sèvis pou pran swen timoun ki andikape, timoun ki bezwen swen espesyal oswa timoun ki gen gwo pwoblèm medikal. Sèvis sa yo kab soti depi nan pwogram entèvansyon bonè yo tankou "Early Steps" rive nan sèvis pou yon kondisyon medikal espesyal.



Travay ak moun k ap ede pitit mwen an: Moun k ap bay sèvis la se nenpòt moun k ap travay avèk mwen epi ak pitit mwen an tankou pedyat la, terapet fizik, pwofesè lekòl, direktè lekòl, travayè sosyal oswa nenpòt ki pwofesyonèl. Sonje ou konnen plis bagay sou pitit ou pase nenpòt ki moun epi se ou menm ki pi gwo enfliyans nan lavi pitit ou. Moun sa yo la pou ede w ansanm ak pitit ou a. Men kèk ide pou w ka pale ak moun k ap pran swen pitit ou a:
  • Pa neglije poze kesyon epi fè kòmantè. Pa gen moun ki konnen pitit ou a pase w. Bay presizyon sou sa ou konnen sou pitit ou a epi sou sa w vle ak sa w bezwen pou li. Se pou w onèt lè w ap di sa w ap atann, sa ki enkyete w oswa nenpòt bagay ou pa konprann.


  • Si w panse gen yon bagay espesyal pitit ou a bezwen (tankou yon tès langaj), kontinye mande jiskaske w jwenn sa oswa jiskaske w konprann pou ki sa li pa bezwen l.


  • Travay avèk pwofesyonèl nan entèvansyon bonè yo oswa nan lekòl ou a pou w ekri IFSP oswa IEP pitit ou pou montre bezwen l ak kapasite l. Asire w gen sèvis patoloji langaj, terapi fizik epi terapi okipasyonèl, si pitit ou bezwen yo. Sonje teknoloji ki kab ede yo la tou.
Chèche plis enfòmasyon: Vizite plis sit entènèt. Li yon liv. Gade yon videyo sou defisyans lapawòl. Fè l ansanm ak pitit ou epi fanmi ou. Pale ak yon lòt paran. Òganizasyon "Parent to Parent of Miami" kapab ede w jwenn ak lòt paran epi resevwa sèvis.







return to table of contents

Ki sa mwen ka fè chak jou pou m ede pitit mwen an?


Gen anpil fason ou kab konbine sa w ap fè nan yon jou òdinè pou w ede devlopman pitit ou a. Lè w ap benyen l, lè n ap manje, lè w ap fè makèt, lè n ap sòti nan machin epi an fanmi, tout moman sa yo se bon moman pou w ede langaj ak aprantisaj pitit ou. Gade kèk sijesyon pi ba a:
  • Pote ti bebe w la nan yon sak devan w pandan w ap fè mennaj nan kay la: Pale avè l sou sa w ap fè yo. Pa egzanp, "Manmi ap mete rad yo nan machin a lave a. Èske w tande dlo a k ap desann epi èske w pran sant savon an, cheri?"


  • Pale ak pitit ou tanzantan. Fè fraz ki kout ak mo ki senp pou l ka imite w.


  • Pale byen pou w ka bay pitit ou a egzanp pou fòme lapawòl li: Repete sa pitit ou a di w la nan bon gramè epi ak bon pwononsiyasyon. Pa egzanp, si pitit ou a di, "Boul baba," ou ka reponn, "Wi, boul la anba tab la." Sa pèmèt ou montre l ki jan pou pale ak pwononse byen san ou pa "korije" pitit ou a.


  • Fè yon pwomnad nan katye a ak pitit ou epi pale sou bwi nou tande chak jou yo, sa vle di, chen k ap jape oswa kamyon k ap pase. Ankouraje pitit ou a jape tankou chen, imite bwi mote kamyon yo epi fè lòt bwi.


  • Sèvi ak yon radyo kasèt oswa ak yon lòt aparèy pou w anrejistre vwa fanmi an k ap pale, bwi ki nan kay la ak vwa pitit ou a: Si pitit ou a gran ase, kite l sèvi ak radyo kasèt la poukont li. Se kapab yon bon amizman ki ede pitit ou a fè atansyon ak sa l ap di epi gen plis kontwòl sou lapawòl ak langaj.


  • Chante ak pitit ou: Chante timoun se amizman pou tout moun. Wee Sing  gen yon koleksyon chan pou timoun epi li vini ak yon liv chan plen foto. Koleksyon odyo a anseye anpil chante timoun klasik ak chante ki pi nouvo. Se yon bon bagay pou w jwe nan machin ou ak lakay ou. "Little Language Songs for Little Ones  " Laura Dyer prepare, se yon CD koleksyon chante ki ekri espesyal pou kesyon lapawòl ak langaj. Ou ka eseye terapi mizikal oswa kou mizik pou timoun ki pi gran.



return to table of contents

Kòman mwen ka jere tout bagay sa a yo?


Toudabò ou bezwen pran swen tèt ou!

Se yon travay di pou w gen yon pitit andikape. Menm jan gen moman lajwa ak rejwisans, gen moman kè sere tou. Li fasil pou w santi bagay yo twòp pou wou.

Wi, ou kapab fè yon diferans nan lavi pitit ou lè w travay avè l, ak terapet yo, ak doktè yo epi ak pwofesè yo. Men avan ou pran swen nenpòt lòt moun, se pou w okipe tèt ou. Ou pa egoyis lè w pran swen tèt ou men sa nesesè. Si w travay twòp oswa tèt ou twò chaje, ou p ap kapab ede pitit ou.

Chèche jwenn fason pou w pran swen pwòp bezwen pa w yo. Pwochèn fwa zanmi w oswa fanmi w mande w "Ki jan m ka ede?" kite yo voye je sou tibebe a oswa bay yon kout men pou w ka jwenn ti tan lib pou tèt ou. Pou w fè aktivite ki ka "rechaje batri w":
  • Fè yon bagay ki fè kè w kontan. Se kapab sòti ak yon zanmi w oswa yon pwòch ou, pran yon beny ki long oswa fè yon pwojè ki kreyatif.


  • Egzèsis se yon bagay ki enpòtan anpil pou panse w, kò w ak lespri w: Sonje fè egzèsis - pwomnad ki long, leve fè, monte bekàn oswa kou jimnastik. Kèlkeswa sa w ap fè, asire w se yon babay ki amizan.


  • Pale ak paran lòt timoun ki gen defisyans lapawòl: (Parent to Parent of Miami se yon bon kote pou w kòmanse.) Yo kab ede w ak konsèy pratik, ba w lajwa epi fòs.


  • Pa pèdi espwa. Anpil paran jwenn konsolasyon nan pwezi sa a, "Welcome to Holland." Klike la a pou w li "Welcome to Holland.

return to table of contents

Ki sa ki ka lakoz defisyans langaj?


Men kèk nan koz ki pi kouran pou pwoblèm langaj. Klike sou mo ki souliye yo si w vle jwenn plis enfòmasyon pou chak koz.
  • Pa tande.


  • Andikap entelektyèl (defisyans mantal).


  • Nesans prematire.


  • "Privasyon ekstrèm nan anviwònman" kapab lakoz reta: Sa vle di si yon timoun pa tande moun ap pale, li p ap aprann pale nòmal.


  • ""Bèbè selektif"": Se lè yon timoun ka pale men li pa pale. Sa plis rive nan sitiyasyon kote timoun nan santi kè l ap bat, tankou nan lekòl.


  • Otis oswa Maladi Otis:: Otis se yon andikap devlopman ki gen anpil sentòm, ki ka pa twò grav oubyen ki ka grav anpil. Preske tout timoun ki gen otis gen pwoblèm pou yo kominike.


  • Jenetik: Sa "soti nan fanmi an." Jiska 70 pousan timoun ki gen defisyans langaj yo gen omwen yon lòt manm fanmi l ki genyen yon defisyans langaj tou. Anpil chèchè ap etidye marasa yo pou yo aprann plis bagay sou koneksyon familyal yo sispèk pwoblèm sa a yo ka genyen.


  • Reta nan devlopman lapawòl oswa langaj: Lè pitit ou devlope lapawòl oswa langaj pi dousman pase lòt timoun.

return to table of contents

Ki sa ki ka lakoz defisyans lapawòl?


Men kèk nan koz ki pi kouran pou pwoblèm lapawòl. Klike sou mo ki souliye yo si w vle jwenn plis enfòmasyon pou chak koz.
  • Po bouch fann oswa palè fann: Sa vle di bouch la oswa po bouch yo pa t byen fòme pandan tibebe a tap grandi anndan vant manman l.


  • Kondisyon tankou paralezi sèvo, distwofi miskilè epi blesi twomatik nan sèvo kapab afekte misk ki nesesè pou yo pale.


  • "Apraksi lapawò": Timoun ki genyen kondisyon sa a gen anpil difikilte pou yo panse epi fè mouvman ak lang yo, po bouch yo, machwè yo epi ak palèt yo pou yo kapab pale yon jan pou moun konprann. Kondisyon sa a gen lòt non tankou apraksi vèbal, apraksi devlopman lapawòl oswa dispraksi vèbal.

return to table of contents

Ki sa defisyans lapawòl ak langaj yo ka fè pitit mwen an?


Sa depan jan pwoblèm nan grav, ak kòz pwoblèm nan epi si timoun nan gen lòt andikap.

Pitit ou - oswa nenpòt moun - aprann lè li resevwa epi konprann enfòmasyon. Yon defisyans langaj kapab anpeche pwosesis sa a. Souvan, timoun ki gen pwoblèm pou yo kominike pa travay byen lekòl paske yo pa ka li byen epi egzamen yo parèt difisil pou yo.

Pwoblèm pale oswa pwoblèm langaj kapab fè l pi difisil pou timoun fè zanmi. Si pitit ou gen yon defisyans lapawòl ki fè l difisil pou l konprann lòt timoun yo, yo ka fawouche l paske l "diferan." Sa ka koze lòt pwoblèm tankou fristrasyon epi li ka santi li enferyè.

Defisyans langaj kapab anpeche timoun fè zanmi tou, men yon lòt fason. Souvan, timoun ki genyen difikilte langaj pa konprann kèk siyal sosyal lòt timoun konprann san efò; sa ka fè yo santi yo pou kont yo.

Entèvansyon bonè kapab ede anpil tou. Klike sou Early Steps pou w jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Entèvansyon Bonè Florid la.


return to table of contents

Ki trètman epi ki zouti ki egziste pou pitit mwen ki genyen defisyans lapawòl oswa langaj?


Anpil trètman ak anpil aparèy ka ede pitit ou. Lwa pou Edikasyon moun Andikape yo (IDEA) mande pou timoun andikape yo resevwa pwogram entèvansyon bonè ki gratis epi ki reponn ak bezwen yo depi jou yo fèt la pou rive nan 3 zan epi pandan tout ane lekòl yo (depi 4 an rive 21 an).

Teknoloji a avanse anpil nan dènye ane sa a yo. Gen plis aparèy ki disponib pou ede ak defisyans lapawòl oswa langaj yo. Pa enkyete w si pitit ou pa ka tape oswa peze bouton; gen lòt fason pou teknoloji a mache. Konpayi "Enabling Devices" gen yon katalòg aparèy kominikasyon pou timoun.


return to table of contents

Ki sa defisyans lapawòl ak langaj ka fè nan entèlijans epi nan aprantisaj pitit mwen an?


Lè pitit ou gen yon dezòd lapawòl oswa langaj, sa pa vle di li pa ka aprann. Men kantite bagay l ap aprann yo ak vitès l ap aprann nan kapab diferan. Pitit ou ka bezwen anpil sipò epi plis tan pou l aprann.

Anpil timoun ki gen pwoblèm langaj gen lòt pwoblèm tou. Se pou yon sikològ kalifye evalye (teste) yon timoun ki gen lòt andikap pou l wè si sa afekte kapasite l pou l aprann. Kèk fwa, timoun ki genyen pwoblèm lapawòl oswa langaj gen difikilte ak konpòtman yo epi atansyon yo. Evalyasyon yon sikològ kapab ede anpil. Gen plizyè kote ou ka fè yo teste pitit ou. Klike sou lyen sa a pou w jwenn yon sikològ pou evalye pitit ou.

Ou ka kalifye pou evalyasyon kontini nan pwogram Early Steps la (depi jou timoun nan fèt la jiska 3 zan) epi/oswa nan yon pwogram preskolè nan sistèm lekòl leta a k ap verifye kapasite pitit ou genyen pou l aprann epi rezone. Gen paran ki chèche evalyasyon prive tou.


return to table of contents

Ki pwofesyonèl pitit mwen an ka bezwen wè?


Pitit ou a ka bezwen wè anpil diferan espesyalis swen lasante. Paregzanp:

Pedyat: Yon doktè ki espesyalize nan trete timoun.

Pedyat newològ: Yon doktè ki espesyalize nan fè dyanostik epi trete kondisyon sistèm nève ak sèvo lakay timoun. Pami yo, nou jwenn maladi sèvo, maladi mwal epinyè, maladi nè epi maladi misk. Pwoblèm sa yo kapab afekte lapawòl ak langaj.

Patolojis lapawòl ak langaj: Yon pwofesyonèl ki fòme pou evalye epi trete timoun ak granmoun ki gen pwoblèm vwa, pwoblèm nan jan yo pale, pwoblèm langaj, difikilte pou yo pale klè epi difikilte pou vale.

Odyològ: Yon espesyalis ki fè egzamen pou moun ki pa tande.

Travayè sosyal epi konseye: Yon pwofesyonèl ki bay konsèy epi sipò emosyonèl pou timoun ak fanmi yo epi ki ka ede kowòdone sèvis tou.

Kòdonatè swen: Yon moun ki responsab pou òganize detay ant diferan ajans epi ki sèvi w kontak pou ede ou menm ak fanmi w jwenn sèvis ak asistans.

Edikatè espesyal timoun piti/pwofesè edikasyon espesyal: Yon pwofesè ki fòme pou l travay ak pitit ou, pandan l ap enterese ak devlopman pitit ou epi l ap travay avè w pou w aprann teknik ki ka ede pitit ou a.

Espesyalis teknoloji ki kab ede: Se yon moun ki travay ak moun ki andikape pou l bay yon seri solisyon teknoloji ki kab ede. Sa ede yon moun andikape manje, pale, monte desann, travay, jwe. Yon espesyalis teknoloji ki kab ede abitye avèk plizyè chwa ki ka ede pitit ou a viv lavi l o maksimòm. Genyen kèk sèvis epi kèk ekipman ki kab ede Mediked ka peye pou yo.


return to table of contents

Sou ki sit entènèt mwen ka ale pou m aprann jan pou m ede pitit mwen an?


NICHCY http://www.kidsource.com/NICHCY/speech.html Sant Nasyonal Difizyon pou Timoun Andikape gen enfòmasyon sou andikap lakay tibebe, timoun piti, timoun ak jèn moun. Pou w jwenn yon lis enfòmasyon sou andikap lapawòl ak langaj, klike sou adrès sit entènèt sa a:

American Speech-Language-Hearing Association (ASHA) http://www.asha.org/public/speech/development/schools_faq.htm Enfòmasyon sou plizyè sijè tankou kòz pwoblèm lapawòl ak langaj epi enfòmasyon sou teknoloji ki kab ede.

Speechville Express http://www.speechville.com/index.html Yon resous pou fanmi, edikatè ak pwofesyonèl medikal ki bay enfòmasyon sou devlopman lapawòl ak langaj.

Early Steps http://www.cms-kids.com/EarlyStepsHome.htm Chèche resous pou paran sou paj akèy Florida's Early Intervention Program nan.

Family Guide To Assistive Technology (liv sou entènèt) http://www.pluk.org/AT1.html se Katharin A. Kelker, Roger Holt, ak John Sullivan ki ekri l (2000). Gid sa a ap ede paran aprann plis sou teknoloji ki ede ak kòman teknoloji a ka ede pitit yo. Paran yo kapab reponn ak bezwen pitit yo pi byen si yo enplike nan seleksyon ak planifikasyon teknoloji ki ede.

Pou w jwenn lyen sou plizyè sit ki pale de plizyè sijè, klike sou Speech Language Pathology http://www.herring.org/speech.html


return to table of contents

Ki liv espesyal mwen kapab li ak pitit mwen an?


Men yon lis liv. Chèche plis liv nan bibliyotèk lokal ou a, nan libreri epi sou sit entènèt pi wo yo.

The Late Talker: What to Do If Your Child Isn't Talking Yet se Marilyn C. Agin, Lisa F. Geng ak Malcolm Nicholl ki ekri l. Se manman yon ti gason ki gen pwoblèm lapawòl, yon pedyat ki se yon ansyen patolojis lapawòl ak langaj epi yon ekriven ki ekri liv sa a. Li ede paran yo konprann reta ak pwoblèm lapawòl yo.

The New Language of Toys: Teaching Communication Skills to Children With Special Needs, a Guide for Parents and Teachers se Sue Schwartz, Ph.D ki ekri l.

Sound & Articulation Activities for Children With Speech-Language Problems se Elizabeth Krepelin ak Bonnie Smith ki ekri l. Liv sa a, yon pwofesè elemantè ekri, gen 100 foto an koulè an fil ak katon ki kapab ankouraje pitit ou si li gen difikilte lapawòl ak langaj.

Does My Child Have a Speech Problem? Se Katherine L. Martin ki ekri l. Nan liv sa a, nou jwenn repons pou 50 kesyon ki pi kouran sou lapawòl lakay timoun epi li bay paran yo bon estrateji pou yo ede yo. Moun ki ekri l la se yon patolojis lapawòl ak langaj.

Communicating Partners: 30 Years of Building Responsive Relationships with Late-Talking Children including Autism, Asperger's Syndrome, Down Syndrome, and Typical Development se James McDonald ki ekri l. Yon pwofesè patoloji lapawòl ak langaj epi andikap devlopman nan Inivèsite Leta Ohio ap bay bon ide pou fanmi yo. Liv sa a bay anpil teknik pou travay ak pitit ou nan lavi chak jou.


return to table of contents

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.