Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Ajans ki la pou ede moun ki gen andikap / Pwogram ki pa mande pou moun gen Mediked Teknoloji ki la pou ede Kouman l�t moun montre yo gen resp� Kouman pou moun s�vi ak langaj ki montre yo gen resp�

 

 

Ki sa "ADHD" ye?



Poblèm mank atansyon ak poblèm pa ka chita an plas, se sa yo rele ann Angle "Attention Deficit Hyperactivity Disorder" (ADHD) se yon poblèm ki fè li difisil pou timoun kontwole jan yo aji ak jan yo dwe konsantre sou yon bay y ap fè. Dabitid se lè yon timoun fèk kòmanse lekòl se lè sa yo remake li gen ADHD, epi se lè sa yo dwe chita pandan pi lontan pou yo pòte atansyon a sa k ap fèt nan klas la. Anpil fwa paran yo deja wè sa byen bonè.

Lè yon timoun gen ADHD sa pa vle di li gen yon pwoblèm ak entèlijans li oubyen ak kapasite li pou l rezone. Dabitid timoun ki gen ADHD konn gen entèlijans avanse pase timoun ki nòmal, epi anpil ladan yo gen don.

Yo te konn rele ADHD ADD men yo pa sèvi ak tèm ADD a ankò. Kounye a yo sèvi ak tèm ADHD a ak yon kòmantè anplis oubyen yo pa sèvi ak okenn kòmantè anplis. Diferans lan se mouvman kèk timoun fè ak kò yo. Yon timoun ki bouje anpil se pa aktivite sèlman timoun nan gen sou li, se aktivite ki depase valè aktivite timoun nòmal fè. Men diferan fòm ADHD yo:

Dapre Asosiyasyon Sikyatri Ameriken nan ane (2000), gen twa kalite ADHD:


  • Sa ki pa ka pòte atansyon pou lontan : Anpil timoun ki gen ADHD pa ka chita pou yo suiv anyen. Timoun ki gen ADHD kote yo pa ka pòte atansyon pou lontan:

    • Pa remake tout ti detay nan sa y ap fè epi yo fè anpil vye erè.
    • Yo pa ka konsantre twò lontan sou yon bagay y ap fè.
    • Yo pa suiv esplikasyon byen oubyen fini devwa yo oubyen fini ti travay yo ba yo fè.
    • Yo pa ka byen òganize yon travay oubyen yon aktivite yo ba yo fè.
    • Yo distrè fasil.
    • Yo pèdi afè yo fasil, jwèt yo, travay lekòl yo ak liv yo.


  • Timoun ki pa ka chita an plas - ki aji san reflechi : Lè yon timoun pi aktif pase anpil lòt timoun, se siyal ki pi klè ki montre timoun nan gen ADHD. Timoun ki aktif anpil la toujou sou aktivite. Plis timoun nan ap vin pi gran plis aktivite li ap ralanti. Timoun sa yo aji san reflechi tou, paregzanp yo kab kouri travèse yon lari san yo pa gade ni anwo ni anba.

    Toujou sou aktivite ak aji san reflechi anpil fwa se bagay ki mache kòt a kòt. Timoun ki gen kalite ADHD sa kab:

    • Souke kò yo plis pase lòt timoun.
    • Gen poblèm chita an plas.
    • Kouri oubyen grenpe tout tan oubyen lè yo di yo pa fè sa.
    • Gen pwoblèm jwe an pè.
    • Pale twòp.
    • Kouri reponn anvan yo fin poze yo yon kesyon.
    • Gen pwoblèm ret tann tou pa yo.
    • Entewonp lòt moun lè y ap pale.
    • Antre nan jwèt lòt moun kòmanse jwe.

  • Yon kalite ki yon konbinezon: Timoun ki gen tou de kalite ADHD ki make anwo a yo, gen tou de sentòm ki make anwo yo tou. Yo gen pwoblèm suiv sa moun ap di, yo toujou ap deplase, epi yo gen poblèm kontwole tèt yo. Se sèten, tout timoun pa suiv sa moun ap di yo tanzantan, oubyen yo aji san reflechi, oubyen yo toujou sou mouvman. Timoun ki gen ADHD yo, se tout tan yo kon sa.

Konpòtman sa yo ka lakòz yon timoun nan gen pwoblèm lakay li, lekòl li epi ak zanmi li. Kòm rezilta, anpil timoun ki gen ADHD ap santi yo pa ka tann, yo pa sèten de tèt yo epi yo soufri depresyon. Santiman sa yo se pa ADHD ki lakòz yo. Se paske yo toujou gen pwoblèm lekòl ak lakay yo tout tan ki fè yo santi tèt yo kon sa.

APA, 2000


return to table of contents

Kouman m ka wè si pitit mwen gen ADHD?


Men sa ki fè yon paran remake yon timoun gen ADHD:

  • Timoun nan pa ka suiv anyen:
    Timoun ki gen pwoblèm pou yo konsantre sou sa y ap fè epi ki tout tan ap sot nan yon aktivite ale nan yon lòt san yo pa fini ak sa yo tap fè a, timoun sa yo nan kategori sa a tou. Yo pa remake tout ti detay nan sa y ap fè epi yo fè anpil vye erè. Yo pa ka byen òganize yon travay oubyen yon aktivite yo ba yo fè epi yo fasil pèdi oubyen yo bliye kote yo mete travay lekòl yo, plim yo, jwèt yo, ak lòt bagay yo genyen.
  • Timoun ki pa ka chita an plas:
    Timoun ki pa ka chita an plas toujou sou aktivite. Sa enposib pou yo chita an plas. Yo kab ap kouri monte desann, souke kò yo pandan yo chita, mache toupatou nan kay la, oubyen pale san rete. Yo toujou ap souke pye yo oubyen ap jwe ak kreyon yo. Anpil fwa yo pa ka chita an plas, yo konn sot nan yon aktivite al nan yon lòt oubyen yo eseye fè plizyè bagay alafwa.
  • Aji san reflechi:
    Timoun kon sa kouri reponn kesyon san yo poko fin tande kesyon an. Yo pa ka ret tann tou pa yo. Yo antre nan konvèsasyon moun ak jwèt moun. Yo goumen san rezon oubyen pou nenpòt ti bagay.
  • Sa pa fasil sitou nan timoun ki tou piti pou wè si yo gen ADHD. Gen anpil timoun ki pa gen ADHD ki gen menm sentòm sa yo, men yo pa parèt fò menm jan ak timoun ki gen ADHD yo. Gen lòt rezon ki pa an rapò ak ADHD ki ka lakòz sentòm sa yo tou, sa enpòtan pou w fè yon pwofesyonèl ki byen kalifye evalye pitit ou.

    Men kèk bagay doktè tcheke anvan yo bay yon dyanostik ADHD:

    • Yo remake pwoblèm yo nan timoun nan depi anvan li gen 7 an epi pwoblèm yo la depi omwen 6 mwa.
    • Yo wè pwoblèm yo lakay timoun nan, nan omwen 2 aspè nan vi li, lekòl li ak nan mitan sosyete ( lakay zanmi, nan fèt oubyen nan restoran) oubyen lakay li. Difikilte sa yo lakòz timoun nan gen anpil pwoblèm lakay li, lekòl li oubyen lè l nan mitan sosyete.
    • Se pa lòt pwoblèm oubyen lòt maladi ki lakòz difikilte sa yo.


    return to table of contents

    Ki sa m ka fè pou m ede pitit mwen ak ADHD?


    Lè w li anpil enfòmasyon sou ADHD, ou fè yon gwo pa ann avan pase . Lòt etap ou ka pran se pale ak paran yon timoun ki gen ADHD. Yo pase anba sa w ap pase la a kounye a epi yo kab nan pozisyon pou yo ede w. Ou kab jwenn anpil sipò nan men gwoup tankou gwoup ki ap defann dwa timoun kon sa ak gwoup tankou Parent to Parent of Miami. Pi bonè ou kòmanse ede timoun nan, plis li pi bon pou timoun nan ak rès fanmi an.

  • Fason pou fè yo evalye pitit mwen an: Li enpòtan pou elimine lòt rezon ki kapab lakòz pitit ou ap aji jan l ap aji a. Pale sa ak pedyat pitit ou a oubyen doktè ki abitye konsilte li pou wè kouman ou ka fè yon analiz sou sitiyasyon l lan o konplè. Sa ka vle di gen kèk lòt pwofesyonèl k ap oblije fè egzamen pou li tankou pedyat ki espesyalize nan devlopman ak konpòtman timoun, yon sikològ, yon sikyat timoun ak yon newolojis.
  • Kolabore ak moun ki pran ka pitit mwen: Moun ki pran ka pitit ou yo se doktè yo, terapèt yo, pwofesè lekòl li yo, travayè sosyal yo ak lòt pwofesyonèl ki travay ak pitit ou a menm. Pa bliye, ou konn pitit ou pi byen pase tout moun epi se wou ki gen plis enfliyans sou lavi li. Ou pa bezwen pè poze keksyon oubyen di sa ki nan lide w. Bay presizyon sou sa ou konnen sou pitit ou ak sa ou vle fè pou li. Fò w onèt nan sa ou ta renmen ki fèt, di ki enkyetid ou kab genyen, oubyen mande enfòmasyon sou nenpòt sa ou pa konprann.
  • Pran plis ransèyman: Tcheke plis sit wèb. Li oubyen koute yon liv. Gade videyo yo fè sou ADHD. Fè pitit ou oubyen fanmi ou patisipe nan sa w ap fè yo. Kominike ak lòt paran. Òganizasyon " Parent to Parent of Miami " kab ede w rankontre ak lòt paran epi ede w jwenn kèk sèvis.

    Klike la a pou wè yon lis sit wèb
    Klike la a pou wè yon lis liv
    Klike la a pou wè yon lis videyo

  • Image of a picture schedule for younger children from http://www.mayer-johnson.com
    Montre pitit mwen suiv yon orè: Fè pitit ou suiv yon orè regilyè. Ba li lè pou l leve, lè pou l manje, lè pou l jwe, lè pou l fè devwa li, lè pou l gade televizyon ak lè pou l al dòmi. Mete orè a sou yon tablo pou timoun nan ka wè li epi pou l ka tcheke orè a si l bezwen. Lè sa posib fè pitit ou ede w prepare orè a. Pitit ou ap pi vit suiv sa ki nan orè a si se li ki ede w prepare li.
  • Aprann pitit mwen òganize afè li: Timoun ki gen ADHD, tèt yo ka chaje fasil lè y ap fè yon travay ki twòp pou yo epi yo ka pa fini travay la. Montre pitit ou kouman li ka divize gwo travay li gen pou l fè an plizyè ti bout. Paregzanp, olye ou di l "Al netwaye chanm ou", ou kab di pitit gason ou pou l ranmase rad li atè a, mete yo nan panye rad sal la apre sa ranmase jwèt li yo epi ranje yo. Si ou mete yon ti tablo ki gen orè li ladan, sa ka ede l. Pou timoun ki pi piti, sèvi ak yon orè an foto ( se yon orè pou timoun ki sèvi ak foto ak kèk senbòl ki reprezante travay li gen pou l fè yo) .
  • Toujou boule yon fason ki konsistan ak pitit ou: Sa se yon lòt bagay ki pa fasil. Anpil fwa nou santi nou oblije bay timoun nan sa l ap mande a paske nou bouke diskite avè li. Tout timoun, espesyalman timoun ki gen ADHD, fè plis pwogrè lè yo gen yon ide sa k pral pase. Prepare règleman ki klè epi ki jis. Toujou fè yo suiv règleman yo yon fason ki konsistan.
  • M ap asire pitit mwen konprann mwen: Paran konnen pale yo pale pa vle di timoun yo koute pou sa. Fè pitit ou gade w. Pale avè l klè epi pale ak kè kal. Fè l repete sa l panse ou di.
  • Bay pitit ou ti kado pou fè l konpliman: Lè timoun nan aji byen fè l konpliman. Fè pitit ou konpliman lè li aji jan ou ta vle li aji ak lè li fè sa ki bon. Èske l fè desen byen? Èske l renmen konstwi kèk bagay? Èske l naje byen oubyen li konn fè kous byen? Èske l aji byen ak bèt kay? Sa enpòtan pou w fè l konpliman. Lè timoun nan santi li fristre, li pa rive fè anyen byen, kè li pa kontan oubyen li santi li poukont li sa ka lakòz plis pwoblèm pou pitit ou pase poblèm ADHD a. Sa ka ede anpil lè w fè pitit ou konpliman pou sa li fè ki bon.

    Ou kab pase men sou do pitit ou, anbrase li, oubyen ou kab kite l pase yon ti moman anplis avè ou, tou sa se kab fason pou fè l konpliman. Ou pa oblije ba l bagay li ka manje oubyen bagay ki koute chè pou fè l konpliman. Tan ou ak atansyon ou se pi bon kado pitit ou kab jwenn nan mwen.

  • Veye pitit mwen an depre pou wè si l pap aji san reflechi: Timoun ki gen ADHD konn bezwen sipèvizyon granmoun plis pase lòt timoun menm laj ak yo. Pou tout moun ka an sekirite, toujou fè yon granmoun ki renmen timoun voye je timoun kon sa. Fè granmoun k ap veye timoun yo konnen, pitit ou a kab pi vit aji san reflechi pami tout timoun yo. Kèk timoun ki gen ADHD gen pwoblèm fè zanmi oubyen kenbe menm zanmi kèk fwa poutèt yo gen move konpòtman. Lè pitit ou jwe byen ak lòt timoun, fè l konpliman.
  • Ankouraje pitit mwen pou l kab di kouman li santi l: Timoun ki gen ADHD konn fristre, yo konn gen enkyetid epi yo konn fè depresyon. Lè pitit ou ap pale, koute sa l di. Ba li tout atansyon ou, kite l di w sa ki sou kè li san l pa pè pale avè w epi ofri li lòt altènatif tankou fè desen oubyen frape yon zòrye. Yon terapet oubyen yon sikològ kapab antame kèk konvèsasyon ak timoun nan epi li pa di w de ki sa yo pale. Si pitit ou lekòl, mande pwofesè a oubyen konseye nan lekòl la pou yo vin zanmi avè l pou yo koute sa l gen pou l di.
  • Fè yon aktivite ki enteresan ansanm chak jou: Eseye fè yon ti moman chak jou ap jwe, epi ap pale ak pitit ou. Nan fanmi ki laj anpil sa ka difisil pou fèt akòz tout aktivite tout moun ap mennen, men se yon aktivite ki vo lapenn. Fè mizik se yon bon fason pou pase bon moman ansanm. Eseye fè sa pandan ou nan machin. Gen anpil Kasèt mizik pou timoun kote tout moun kab chante ansanm. Pitit ou kab aprann mo an menm tan tou. Mizik kapab kalme yon moun oubyen chofe yon moun oswa fè tou de. Dapre rechèch ki fèt yo dekouvri mizik kapab geri tou. Mizik klasik dapre sa kèk moun kwè se bagay ki kab ankouraje devlopman sèvo yon moun.

  • return to table of contents

    Kouman lekòl pitit mwen an kab ede?


    Gen plizyè fason lekòl ak paran yon timoun ki gen ADHD kapab ede li. Yo kab ede majorite timoun ki gen ADHD lè yo ba yo sipò espesyal - yo rele sa "yon fason pou akomode yo" - lè yo nan klas oubyen ak chanjman pwofesè lekòl fè nan jan yo ranje klas yo. Lalwa mande pou lekòl yo fè chanjman sa yo epi pou yo ofri etidyan yo sipò lè yo bezwen sa.

  • Si pitit ou al lekòl, kominike ak pwofesè li yo souvan: Pwofesè lekòl pitit ou yo se pi bon kanmarad ou genyen. Kenbe kontak avè yo. Òganize estrateji ki mache ni pou lekòl ni pou lakay. Pa bliye fè timoun nan konnen klè sa w ap atann de li, se sa ki kle a.
  • Men kèk bagay ou kab mande pwofesè pitit ou a fè:

    • Afiche règleman klas la, orè klas la ak devwa elèv yo dwe fè. Règleman ki klè ak woutin se bagay ki ede yon elèv ki gen ADHD. Bay elèv la tèl lè pou l fè tèl aktivite. Mete tout moun okouran lè gen chanjman nan orè yo.
    • Montre timoun nan kouman pou l sèvi ak yon liv ki gen orè devwa yo ba li ak orè lekòl la chak jou. Montre timoun nan kèk ladrès sou kouman pou l etidye.
    • Ede pitit ou aji an byen nan klas la lè l santi tèt li cho. Paregzanp, kite l fè kèk travay pandan li kanpe oubyen kite l al sou tablo a.
    • Bay esplikasyon pwen pa pwen, repete yo epi ekri yo. Anpil timoun ki gen ADHD konn benefisye lè yo fè etap yo kòm yon aktivite apa.
    • Kite pitit ou travay sou òdinatè.


    return to table of contents

    Kouman m ka ede pitit mwen ak travay lekòl li?


  • Etabli yon woutin pou l fè devwa lekòl li: Chwazi yon kote pou fè devwa. Chwazi yon kote ki pa den distraksyon, kote pa gen moun, kote pa gen televizyon ak jwèt videyo. Fè devwa yo ti bout pa ti bout epi pran ti repo tanzantan. Kèk timoun konsantre pi byen si yo gen mizik klasik k ap jwe pandan y ap travay. Tcheke sa ki pi bon pou pitit ou a. Tout timoun pap vle menm bagay.
  • Konsantre sou efò pitit mwen fè, pa konsantre sou nòt li fè: Pa fè pitit ou konpliman pou nòt li fè sèlman, fè l konpliman poutèt li fini travay lekòl li. Ou kab ba l yon ti kado anplis si l fè pi bon nòt.

  • return to table of contents

    Èske ADHD se yon bagay ki komen?


    Apeprè 8-10% tout ti gason (6 a 12 an) ak 2-3% ti fi gen ADHD. Nan yon klas ki gen 25 a 30 timoun, omwen youn nan timoun yo ap gen ADHD.

    Enstiti Nasyonal pou afè sante fè konnen gen plis pase yon milyon timoun k ap pran medikaman pou kalme yo. Jiska 60% timoun ki gen ADHD ap kontinye gen sentòm yo jis lè yo fin gran.


    return to table of contents

    Ki lòt bagay mwen dwe konnen sou ADHD?


  • Apeprè mwatye timoun ki gen ADHD soufri depresyon tou oubyen yon andikap ki anpeche yo aprann (American Academy of Pediatrics). Anpil timoun ki gen ADHD, sitou jèn timoun ak ti gason, vin gen pwoblèm emosyonèl. Apeprè 25% santi yo pa ka chita an plas, yo gen enkyetid, yo sou tansyon, yo pè oubyen yo pa santi yo alèz pou okenn rezon.
  • Kèk fwa timoun, sitou ti gason, ki gen ADHD konn gen ODD tou. Timoun ki gen ODD konn anvi batay ak zanmi k ap jwe avè yo. Yo konn anvi fè deblozay oubyen yo fè kòlè sou moun lè yo pa santi yo byen.


  • Si w bezwen plis ransèyman sou lòt pwoblèm yo remake souvan oubyen kèk fwa lakay moun ki gen ADHD,
    klike la a.


    return to table of contents

    Ki sa ki pa ADHD


    Yo pa dwe kouri bay yon timoun yon dyanostik pou fè konnen li gen ADHD. Gen anpil rezon ki fè timoun gen pwoblèm pou yo pòte atansyon ak pwoblèm konpòtman. Elimine tout lòt rezon posib anvan ou bay yon dyanostik. Men kèk lòt rezon ki lakòz pwoblèm konpòtman ak pwoblèm timoun ki pa ka pòte atansyon ADHD pa lakòz:

    • Estrès: Chanjman nan lavi timoun tankou divòs, manman oswa papa ki al marye ak lòt moun, maladi oubyen lanmò nan fanmi an, chanje kay ak nesans yon ti frè oubyen yon ti sè.
    • Pwoblèm nan fanmi an oubyen pwoblèm nan kay la.
    • Move lekòl oubyen lekòl ki pa travay ak timoun yo byen.
    • Pwoblèm je, pwoblèm zòrèy, pwoblèm lang timoun nan pale.


    return to table of contents

    Ki sa ki lakòz ADHD?


    Pesonn pa fin sèten sa ki lakòz ADHD. Dapre rechèch ki fèt ADHD:

    • Nan ras yon moun: ADHD anpil fwa se yon maladi moun pran nan ras li. Majorite timoun ki gen ADHD gen omwen yon moun nan fanmi an ki gen pwoblèm sa a. Sou chak twa papa ki te gen sentòm ADHD lè yo te timoun, gen youn ki fè pitit ki gen ADHD. Dapre yon etid yo fè sou marasa ki sanble, yo dekouvri si pami marasa yo gen youn ki gen ADHD gen 91% chans pou lòt la gen ADHD tou.
    • Chanjman nan jan sèvo a mache: Dapre etid ki fèt yo fè konnen sèvo timoun ki gen ADHD pa mache menm jan ak sèvo lòt timoun. Timoun sa yo gen dwa pa gen balans nòmal pwodui chimik ki nan sèvo yo ki ede kontwole jan yo aji.
    • Move pwodui chimik yon manman kab pran pandan li ansent: Anpwazònman plon, fimen, pran dwòg tankou krak ak alkòl, yo remake tout bagay sa yo konekte ak pwoblèm ADHD.
    • Akouchman ki difisil: Tibebe ki te gen pwoblèm respire lè yo te fèk fèt, yo kab te manke oksijèn. Kalite konplikasyon sa yo pandan yon manman ap akouche kapab youn nan sa ki lakòz ADHD. Tibebe ki twò piti lè yo fèk fèt (timoun ki peze mwens pase 3.3 liv) ak timoun ki fèt anvan lè, tou sa kab lakòz ADHD.


    Gen anpil deba ant pwofesyonèl ki nan domèn sa a sou kesyon sa ki lakòz ADHD. Si w vle pran plis ransèyman sou koze sa a, klike la a  oubyen la a.


    return to table of contents

    Èske gen gerizon oubyen tretman pou ADHD?


    Pa gen okenn tretman rapid oubyen gerizon pou ADHD. Gen doktè ki te konn panse apre yon sèten tan ADHD tap disparèt lakay timoun, men se pa vre. Gen kèk sentòm ki amelyore ofiamezi timoun yo ap grandi epi si yo jwenn moun ede yo. Apeprè mwatye ladan yo ap kontinye gen pwoblèm pou yo pòte atansyon, pwoblèm chanjman tanperaman tanzantan, pwoblèm fè kòlè tout tan, ak difikilte pou yo fini yon bagay yo kòmanse fè. Lè timoun ki gen ADHD gen granmoun ki renmen yo epi ki la pou pran ka yo, ki la pou ba yo sipò, sa ede timoun sa yo viv yon vi ki byen balanse lè yo vin gran.

    Yon moun kab kontwole pwoblèm ADHD a ak medikaman ak plizyè kalite terapi. Chak timoun ki gen ADHD pa genyen l menm jan. Òganize w ansanm ak moun k ap pran swen pitit ou a pou jwenn meyè konbinezon terapi ak medikaman ki kab ede timoun nan.



    • Medikaman: Doktè ap preskri kèk timoun medikaman . Yo idantifye medikaman ak non yo ba yo pou vann yo (yo rele non sa yo non yo sou mache a) non tankou Ritalin ak non medikaman an, paregzanp, metilpenidat (yo rele non sa tou non jenerik). Doktè a kab preskri plizyè kalite medikaman pou ede timoun nan pòte atansyon pi byen epi pou konsantre sou sa l ap fè pi byen. Lòt kalite medikaman ki komen doktè konn preskri se: dekstwo-amfetamin-levo-amfetamin (Adderal) ak dekstwoanfetamin (Deksedrin). Medikaman sa yo ede timoun kontwole aksyon yo fè san yo pa reflechi, ak anvi yo genyen pou yo toujou sou mouvman ki fè sa difisil pou yo chita an plas lekòl. Tanpri veye sa, lontan yo te konn sèvi ak medikaman pemolin (Silèt) men konpayi ki fè medikaman sa a wete l sou mache a poutèt li kab lakòz pwoblèm fwa.

      Bay yon timoun medikaman chak jou, se tou nòmal pou sa konsène yon paran. Se poutèt sa yon bon jan analiz dwe fèt anvan yo bay yon timoun yon dyanostik ADHD. Anvan yo eseye bay yon timoun medikaman, mande doktè a oubyen moun k ap pran swen timoun nan pou w eseye lòt bagay tankou chanje rejim timoun nan, sikoterapi, ak patisipe nan gwoup ki la pou bay timoun ki gen maladi kon sa sipò. Men sa ka rive nan yon pwen kote li nesesè pou bay pitit ou medikaman pou ede li. Si gen yon medikaman ki pa mache two byen oubyen li pote lòt konplikasyon, doktè a kab preskri timoun nan lòt medikaman jiskaske li jwenn sa k mache pi byen an.
    • Terapi: Timoun ki gen ADHD bezwen moun ede yo aprann kouman pou yo chanje fason yo aji. Doktè pitit ou a ka rekòmande l al nan terapi. Men kèk terapi yo itilize ak timoun ki gen ADHD. Klike sou chak kalite terapi sa yo pou kab jwenn plis ransèyman sou yo.

      • Terapi pou fason moun aji:
        Kalite sikoterapi sa a travay sou fason pou yon moun chanje epi pou l gen kontwòl sou fason li aji.
      • Montre l kouman pou l aji nan sosyete:
        Timoun ki gen ADHD anpil fwa yo pa suiv siyal moun ba yo ki ta pèmèt yo kontinye fè zanmi ak moun sa yo. Moun ki ap viv ak timoun ki gen ADHD yo ka montre yo kouman pou yo aji fason ki aseptab lè yo pami lòt moun. Sa ka ede pitit ou kontinye gen zanmi epi evite izolman anpil timoun ki gen ADHD konn santi.
      • Terapi fè rejim :
        Se pa tout save ki dakò sou kesyon fè rejim kòm fason pou ede timoun ki gen ADHD. Gen anpil liv ak atik ki parèt sou Rejim Fayngol la, se yon pedyat ki rele Doktè Bejamen Fayngol ki te vin avè l. Li deklare gen kèk pwodui yo met nan manje ki asosye ak pwoblèm move konpòtman yo wè nan timoun ki gen ADHD. Majorite doktè ak òganizasyon ki ede moun ede tèt yo pa rekòmande apwòch sa a.
      • Terapi masaj:
        Gen kèk savan ki demontre terapi kapab ede timoun ki gen ADHD kontwole tèt yo pandan y ap fè yon travay nan klas yo epi sa ka bese depresyon yo ak enkyetid yo.
      • Tay Tchi:
        Se yon seri egzèsis pou sèvo a ak kò a. Egzèsis sa yo kab ede timoun ki gen ADHD sèvi ak tout enèji yo genyen an pou yo kab konsantre sou lòt bagay pi byen.

    return to table of contents

    Ki pwofesyonèl pitit mwen kab bezwen al kote yo?


    Pitit ou ka bezwen al kote plizyè kalite espesyalis nan afè sante. Paregzanp:

    Pedyat: Se yon kalite doktè ki espesyalize nan tretman timoun.

    Pedyat pou devlopman ak konpòtman: Se yon pedyat ke etidye fason timoun pitit konpòte yo ak pwoblèm ki genyen nan devlopman yo tankou pwoblèm ADHD, doktè sa yo espesyalize nan maladi fizik timoun genyen ak maladi timoun.

    Pedyat newològ: Se yon pedyat ki espesyalize nan fè tretman pou timoun ki gen pwoblèm nan sèvo ak pwoblèm nan sistèm nè yo.

    Pedyat sikyat: Se yon kalite doktè ki espesyalize nan fè dyanostik epi trete timoun ki gen difikilte nan fason yo reflechi, ak sa jan yo santi yo oubyen ak konpòtman yo ki aji sou yo ak fanmi yo.

    Pedyat sikològ: Espesyalite kalite doktè sa a se evalye epi trete timoun ki gen gwo pwoblèm konpòtman ak pwoblèm emosyonèl. Sikològ sa yo kab fè evaliyasyon sikolojik tout ak egzamen sikolojik.

    Pedyat newosikològ: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan koneksyon ki genyen ant kapasite timoun, nan konpòtman timoun ak ladrès sèvo yo.

    Espesyalis nan analiz konpòtman: Se yon pwofesyonèl ki espesyalize nan gade kouman timoun konpòte yo epi ede yo amelyore konpòtman yo.

    Travayè sosyal ak Konseye: Se yon pwofesyonèl ki la pou bay konsèy ak sipò moral ni pou timoun nan ni pou fanmi an, epi li kab ede kowòdone tou sèvis y ap bay timoun nan ak fanmi l.

    Kòdonatè swen: Se yon moun ki la pou òganize tout detay ant diferan ajans k ap sèvi timoun nan ak fanmi li epi kòdonatè a la tou kòm yon kontak pou ede ni wou ni fanmi ou jwenn sèvis ak èd li bezwen.


    return to table of contents

    Ki sit wèb ki ka ban m ransèyman sou ADHD?


    NICHCY http://www.nichcy.org/enews/foundations/ADHD101.asp Gen anpil enfòmasyon ak list done.

    Kidshealth for Parents http://kidshealth.org/parent/medical/learning/adhd.html Plis enfòmasyon Kidshealth.com bay sou ADHD.

    CHADD (Children and Adults with Attention Deficit Disorder) http://www.help4adhd.org/ Se Sant pou prevansyon ak kontwòl maladi (Centers for Disease Control and Prevention) ki finanse sit sa a, se sant nasyonal ki bay enfòmasyon sou ADHD.

    National Mental Heath Association http://www.nmha.org/children/children_mh_matters/adhd.cfm Bay plis enfòmasyon toujou sou ADHD.

    Family Doctor http://familydoctor.org/118.xml Se kote Akademi Ameriken Doktè Fanmi (American Academy of Family Physicians) bay enfòmasyon sou ADHD.

    National Institutes of Health Booklet on ADHD http://www.nimh.nih.gov/publicat/NIMHadhdpub.pdf Ti liv sa a chaje ak enfòmasyon sou ADHD, soti depi nan siy ADHD reve nan sentòm ak tretman.

    Focus Adolescent Services http://www.focusas.com/AttentionalDisorders.html Bon jan enfòmasyon ak lis lòt sit wèb pou timoun ak paran. Se pa pou jèn yo sèlman yo prepare enfòmasyon sa yo.


    return to table of contents

    Ki kalite liv ki gen pou paran ak timoun sou ADHD?


    Men yon lis kèk liv. Tcheke bibliyotèk piblik nan zòn ou, ale nan libreri epi al sou entènèt tou pou w ka jwenn plis liv toujou.

    Liv ann Angle pou timoun piti

    Putting on the Brakes: Young People's Guide to Understanding Attention Deficit Hyperactivity Disorder Patricia O. Quinn ak Judith M. Stern. Se youn nan bagay ki pi difisil nan elve yon timoun ki gen ADHD se esplike sa Pwoblèm pa ka pòte atansyon an ye bay timoun sa a. Otè liv sa a bay paran yon gwo resous, se yon kado pou ba yo plis fòs. Liv la ekri yon fason ki senp, ak foto ki enteresan. Liv la non sèlman esplike kote pwoblèm sa a soti, men li montre timoun ak fanmi yo kouman yo ka aprann boule ak pwoblèm nan.

    "Putting on the Brakes" Activity Book for Young People With ADHD Activity Book for Young People With ADHD Otè liv la Patricia O. Quinn, Judith M. Stern, Neil Russell (Ilistratè)

    Cory Stories: A Kid's Book About Living With ADHD Jeanne Kraus, Whitney Martin (Ilistratè)

    Jumpin' Johnny, Get Back to Work! : A Child's Guide to ADHD/Hyperactivity Michael, Ph.D. Gordon

    Distant Drums, Different Drummers: A Guide for Young People With ADHD Barbara D. Ingersoll

    Otto Learns About His Medicine: A Story about Medication for Children with ADHD Matthew R. Galvin, Sandra Ferraro (Ilistratè)



    Liv ki ann Angle pou frè ak sè timoun ki gen ADHD

    I'm Somebody, Too Jeanne Gehret. Se yon liv pou frè ak sè timoun ki gen ADHD.



    Book for Parents

    Taking Charge of ADHD: The Complete, Authoritative Guide for Parents (Revised Edition) by Russell A. Barkley. The Guilford Press; Revised edition, 2000. Kèk pwoblèm sou ADHD ak konsèy pou paran.

    Delivered from Distraction : Getting the Most Out of Life with Attention Deficit Disorder Edward M. Hallowell, John J. Ratey. Ballantine Books 2005.

    The Parent's Hyperactivity Handbook: Helping the Fidgety Child David M. Paltin - Otè a. Insight Books. New York. 1993.

    SOS: Help for Parents, Third Edition Lynn Clark, John Robb (Ilistratè). Parents Press; 3rd edition, 2005. (Liv sa a an Panyòl sou non SOS: Ayuda Para Padres: Una Guia Practica para Manejar Problemas de Conducta Comunes y Corrientes.) Li gen metòd pou timoun aprann amelyore konpòtman yo.


    return to table of contents

    Videyo ann Angle pou paran


    Dealing with ADHD. Se yon videyo sou ADHD, ki esplike sa pwoblèm nan ye, sentòm yo ak kouman pou boule ak pwoblèm nan.

    Your Child and ADD/ADHD: A Parent's Guide(Spanish Narration). Se yon videyo ki gen anpil enfòmasyon sou ADHD, espesyalman paran k ap elve timoun kon sa. Li gen enfòmasyon tou sou fason pou pa sèvi ak medikaman.

    ADHD: Inclusive Instruction and Collaborative Practices. Se yon videyo Sandra Reif fè pou pwofesè lekòl. Pwofesè yo ap aprann fason pou yo anseye timoun ki gen ADHD, y ap wè lòt pwofesè k ap travay epi y ap jwenn fason pou amelyore sijesyon yo fè yo.

    Your Child and ADD/ADHD: A Parent's Guide. Se yon videyo ki gen anpil enfòmasyon sou ADHD ak kèk estrateji pou jwenn siksè. Gen enfòmsyon nan videyo sa a tou sou lòt kalite tretman.

    "Nobody's Perfekt": A Video Beginners Guide to Learning Disabilities. Videyo sa a se pou moun ki fèk ap eseye konprann tout kalite andikap nan fason moun aprann. Yo esplike diferans ant chak andikap pou moun aprann epi yo bay kèk estrateji pou boule ak yo.

    1-2-3 Magic. Videyo sa a bay kèk ide ak enfòmasyon sou kouman ou ka kontwole konpòtman timoun ki difisil pou kontwole. Estrateji yo pale de yo nan videyo sa a, se yon sikològ ki te kreye yo pou l te ka kontwole pitit pa li.


    return to table of contents

    Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


    We're always here for you: 211
    Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
    Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.