Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Swen sante pou moun ki ansent
 
Depresyon apre akouchman. Ki konsekans li ka genyen sou nouvo bebe a?

Kèk manman ki gen Depresyon apre akouchman (PPD) konn santi swa yo pa itil oswa anyen pa enterese yo nan nouvo bebe ki fenk fèt la. Yon moun ki santi li tris oubyen malalèz ap twouve sa difisil pou l rezoud pwoblèm timoun yo. Rezilta a, sèke timoun nan al chache atansyon moun lòt kote; e sa se yon bagay ki kab ogmante tèt chaje nouvo manman an. Lè pa vrèman gen yon relasyon pozitif ki fòme ant manman an ak pitit li, sa pral gen move konsekans negatif, pi devan pou timoun nan ta santi l byen. Timoun ki fè move esperyans ak fason manman yo ap elve yo, ap gen difikilte pou yo fè zanmi ak lòt epi yo gen dwa pa kapab fikse yo ni gen relasyon ki sen ak moun. Lè fini tou, yo konn gen tandans pou yo vin ajite fasil, yo kab vin agresif oswa dezòd.

Pou kapab gen viktwa sou depresyon apre akouchman, pale ak doktè w san pèdi tan epi eseye suiv sijesyon sa yo:

  • Etabli yon sistem sipò zanmi, manm fanmi an oswa lòt nouvo manman.
  • Pale de sa w santi.
  • Pran tan pou pale ak moun w ap viv avè l la. Etabli yon koneksyon avè l.
  • Pran abitid fè yon seri egzèsis woutin ki bon pou sante w.
  • Kòmanse yon ti jounal pèsonèl kote w ap ekri sa w santi ak sa ki fè w enkyè.
  • Suiv yon rejim ki byen balanse ak anpil pwoteyin, legim, grenn ak fwi.
  • Pran bon jan repo.
  • Fè lis zanmi ak manm fanmi an ki pou vin ede w nan kay la.
  • Kreye tan pou pwòp tèt ou.

-- Jeanine del Valle

back to top

Èske dwe bay bebe a tete oswa bibon?

Bay tete

  • Lèt manman gen tout vitamin yon tibebe bezwen.
  • Lèt manman se bagay tibebe a fasil dijere.
  • Lèt manman sanble li bay mwens pwoblèm gwosi pi devan nan lavi.
  • Bebe ki jwenn tete prèske pa janm konstipe.
  • Lèt manman se lèt nou ka fye.
  • Lèt manman ekonomik. Ou pa bezwen nan achte bibon, esterilizè oswa lèt prepare.
  • Bay tete fè fi gen mwens chans devlope kansè nan sen.
  • Bay tete fè manman ak bebe l vin pi pwòch youn ak lòt.

Bay bibon

  • Bay bibon pèmèt papa pataje reskonsabilite nouri bebe a.
  • Bay bibon pa oblije w fè tèl rejim oswa gen tèl estil nan manje.
  • Bay bibon pa fè manman gen plis libète. Li pi fasil pou li nan ka sa a, pou l soti al travay, al achte, soti leswa epi dòmi pandan tout lannuit, paske gen yon lòt moun ki kab nouri bebe a.
  • Bay bibon se yon lòt chwa pou yon manman ki pa santi l alèz lè l ap bay bebe l tete an piblik.

Pran desizyon an:

  • Pou tout fi ki an poko ka pran yon desizyon: Eseye bay timoun nan tete. Si w pa renmen l oswa si w pa alèz lè w ap fè l, mande doktè w ki fòmil bibon k ap pi bon pou bebe a.
  • Premye semèn ou kòmanse bay tete yo ap difisil. Omwen ou bezwen yon mwa oswa sis senmenn pou kab reyisi etabli yon bon rapò nan bay tete. Malgre yo panse bay tete an jeneral se pi bon chwa pou sante tibebe a, sa pa vle di bay bibon se yon bagay ki pa bon. Gen anpil milyon tibebe ki an sante, ki gen kè kontan se nan bibon yo leve.
  • Kapab gen renmen ki konekte yon manman ak bebe l, atravè bibon menm jan ak atravè bay tete. Chak fwa w ap nouri bebe w, fè sa tounen yon tan pou karese bebe a, pou montre l renmen.
  • Si w deside se bibon sèlman w ap bay timoun nan, yon lè kon sa wete rad sou wou epi kite li apiye tèt li sou sen ou, etan l ap pran bibon.

-- Barbara Alonso

back to top

Èske jwe mizik pa bon pou tibebe ki poko fèt la?

Sèvi ak iltrason te ede moun rezoud mistè ki te genyen konsènan matris. Rechèch ki fèt fè nou konsyan de yon bagay ki klè, sou plan syantifik, konsènan avantaj ki genyen nan estimilasyon yon timoun depi nan vant.

Zòrèy yo kòmanse parèt depi nan twazyèm semèn gwosès la. Rive nan zòn 16èm semèn, tibebe nan vant lan kòmanse reyaji lè l tande rit mizik; nan 24èm semèn nan, li tande nèt ale.

Pati anndan zòrèy tibebe nan vant lan fonksyone nèt nan dènye twa mwa yo. Sans ki pi devlope lakay yon tibebe anvan nesans li, se koute. Son vwa manman an klè e l distenk, sa vin etabli etap pou bon jan rapò ant manman an ak tibebe ki poko fèt la. Son ki pwodui anvan nesans yo vin mete yon baz pou lè timoun nan pral aprann pi devan ak fason l pral konpòte l. Fi toupatou sou latè konn chante ti chan « dodo titit » pou bebe yo menm anvan yo fèt. Eleman yo itilize nan lang yo se eleman mizik yo ye tou. Nan eleman sa yo, nou jwenn degre tonalite, tenm vwa, fòs son yo ak rit mizik. Mizik la ranfòse sistèm koute bebe a epi li kalme bebe a. Li prepare zòrèy li, kò l ak sèvo l pou koute son lang, chèche konprann yo epi pwodui yo li menm. Dapre rechèch yo fè gen yon koneksyon ant son/mizik ak memwa prenatal/aprann.

Gen anpil etid yo te fè sou fason mizik aji sou matris. Dapre D.J. Shelter, tibebe ki te konn tande mizik anvan nesans yo prezante “yon konpòtman ki montre yo gen yon atansyon remakab, yo imite son granmoun fè ak presizyon, epi sanble sistèm vwa yo devlope pi bonè pase timoun ki pa t jwenn chans sa a”. Pwogram ki rele “Make Way for Baby,” (Fè wout pou bebe a) ankouraje paran aprann kapasite ki genyen lakay yon bebe ki nan vant. Tès fòmèl ki fèt pa entèval, soti nan jou nesans bebe a rive nan laj 6 an, montre bebe ki te abitye ak mizik nan vant, yo wè pi byen, yo tande pi byen, langaj yo devlope pi byen, memwa yo ak kapasite fè mouvman yo pi anfòm sou tout peryòd sizan sa a. Bebe yo te jwenn teknik anvan nesans, tankou chante, pale epi jwe mizik.

Gen yon lòt pwogram yo teste sou plan syantifik, ki soti Valans ann Espay. Li rele “FirStart Program”. Premye pati tès la montre bebe ki te konn tande mizik nan vant, depi 28èm semèn gwosès, yo byen devlope kapasite fè mouvman yo, konpetans lengwistik yo, kòdinasyon sans yo ak kapasite yo pou yo aprann.

-- Ana Rivero

back to top

Èske kou sou nesans timoun fèt pou mwen?

Kou sou nesans timoun anseye ki jan kò yon moun reyaji pandan gwosès, tranche ak akouchman. Kesyon yo plis soulve an rapò ak jan yon moun dwe manje, anatomi, egzèsis, sou ki fòm gwosès prezante sou plan fizik ak emosyonèl, respirasyon, sitiyasyon kalm ak konfò, doulè nan nesans timoun nan, etap ak faz ki genyen nan nesans lan, medikaman ak entèvansyon, sezaryèn, aranjman apre nesans lan, bay tete ak swen pou tibebe ki fèk fèt la. Li enpòtan pou suiv yon kou ki reponn a bezwen w yo ak mòd lavi w.

Kou sou nesans timoun yo pa fèt sèlman pou moun ki bezwen yon nesans natirèl. Fi yo bezwen enfòmasyon ki egzat pou yo ka fè bon chwa konsènan kesyon medikaman y ap pran; pa egzanp, ki lè ki pi apwopriye pou pran medikaman, ki konsekans negatif medikaman an kapab genyen, ak chwa ki pou fèt, benefis ak dezavantaj ki genyen nan pran medikaman.

Anpil fwa, fi ki suiv kou sou nesans timoun toujou genyen menm enkyetid yo; yo poze menm kesyon yo. An jeneral, nan kou sa yo, yo fè moun yo fè yon vizit nan etaj kote moun ki gen tranche yo ye a ak depatman matènite a. Sa ede w gen yon lide sou sa ou dwe atann de lopital la.

-- Ana M. Rivero

back to top

Èske m dwe travay oswa èske pa dwe travay apre m fin fè yon bebe?

Anpil fanmi nan lit avèk kesyon sa a. Apre yo fin pase yon tan lakay avèk yon timoun, yo toujou santi yo tris oubyen yo koupab oswa yo on ti jan enkyè, lè lè a rive pou yo tounen al travay, e sa se yon bagay ki komen epi ki natirèl.

Chak fanmi dwe konsidere avantaj ak dezavantaj ki genyen nan rete lakay avèk bebe a oswa nan ale travay. Ki sa ki fè pi gwo diferans nan jan w panse yon manman ki soti al travay deyò. Modèl ou prezante pou pitit ou, mari ou ak lòt manm fanmi an ap fè konnen ki reyisit ki genyen nan tounen al travay.

Kèk lide ak kèk sijè pou n konsidere.

  • Sou chak senk fi o Zetazini gen twa ki tounen al travay sou enn an apre yo fin fè yon tibebe.
  • Kreye yon bidjè sou lajan fanmi ou antre ak depans li fè. Gade ki konsekans rete lakay oswa ale travay genyen sou ekonomi w.
  • Petèt yon ti travay demi jounen, se sa k ap pi bon pou ou. Gen kèk konpayi ki ofri bon aranjman travay ki gen avantaj ladan yo, yo rele yo “travay pou de”, kote ou menm ak yon lòt moun pataje yon pòs a tan plen. Mande patwon w ki posiblite ki genyen.
  • Petèt ou kapab jwenn yon travay ki pèmèt ou rete lakay pou fè l. Gen posibilite entènèt pou moun ki vle travay lakay yo. Al sou sit wèb la, nan bibliyotèk lokal la. Fè rechèch, tape “stay-at-home jobs” oubyen “work-at-home moms.”
  • Fè abònman ak magazin tankou Working Mother (Manman k ap travay) oswa tcheke yo nan bibliyotèk la. Magazin sa yo, gen ladan yo ki prezante sèten konpayi ki ede fanmi nan sans sa a.
  • Yon fwa ou sot travay ou rive lakay ou, pase bon kou tan ansanm ak fanmi w.
  • Kreye yon ti tan pou tèt ou pandan jounen an.
  • Chèche òganize w. Chak manm nan kay la dwe gen yon reskonsablite byen detèmine, pou l kab patisipe nan travay ak aktivite k ap fèt toulejou.
  • Kenbe yon sèl prensip se yon bagay ki enpòtan pou travay k ap fèt an fame. Manje, ale dòmi ta dwe tounen woutin ki toujou fèt nan menm lè a chak jou.

-- Vickie Burley

back to top

Èske m ka fè egzèsis pandan m ansent?

Egzèsis pandan gwosès ap ede kò w byen prepare pou nesans tibebe a. Plis ou anfòm, se plis kò w kapab sèvi ak mis ou yo pou evènman di sa a. Lèfini tou sa fè sikilasyon san w fèt pi byen epitou sa redui sitiyasyon mal alèz ki ta ka prezante.

Egzèsis kapab ede w diminye “sitiyasyon tristès” gwosès la lakòz. Egzèsis fè w santi ou gen yon bagay w ap fè, pandan w ap tann dewoulman gwosès la epi li fè kè w vin pi poze. Lèfini tou li wete estrès lakay ou, li fè w pa santi w annuiye. Chans pou genyen yon pi bon somèy lannuit ogmante paske w deja voye enèji sa a jete, ki fè w ajite. Ou pral bay pwòp tèt ou anpil kouraj; egzèsis ede w santi ou plis gen kontwòl pwa kò w.

Sa ki pi enpòtan, sèke fè egzèsis pandan gwosès ou ap ede w reprann pi vit menm fòm ou te genyen avan w te ansent, paske ou vin kenbe yon abitid kontwole sante fizik ou ki ka vin chanje yon fwa bebe a fin fèt.

Gen kèk egzèsis ki ka fè ni ou menm ni bebe ou a ditò. Si sa te rive w deja tansyon w te monte akòz premye gwosès ou, oswa ou gen yon kòl iteris ki fèb, oswa w gen maladi pwoblèm kè, ou gen tranche anvan lè, oswa vajen w konn ap senyen, ou kab vle sispann fè egzèsis yo pou jous ou fin akouche. Toujou tcheke doktè ou anvan w kòmanse fè egzèsis regilyèman. Si w kòmanse fè egzèsis epi ou santi kèk doulè ou pa abitye genyen, swa ou mal alèz, oswa ou gen vètij, sispann fè egzèsis yo jiskaske w sèten se pa yo ki fè w kon sa.

Egzèsis ki pa twò egzajere -- twa fwa pa semèn pou ven ak trant minit – gen avantaj pou sante yon fi ki ansent. Anvan w kòmanse fè egzèsis al wè moun k ap ba w swen an pou w kab sèten pwogram egzèsis la ap bon ni pou ou ni pou tibebe ki poko fèt la.

Men plizyè egzèsis yo abitye mande moun fè pandan gwosès yo:

  • Mache.
  • Naje.
  • Yoga.
  • Fè detant.
  • Leve pwa ki pa twò lou.
  • Danse.
  • Fè ti jimnastik tankou swiv kou yo bay espesyalman pou fi ansent.

Sa w kab fè pou egzèsis

  • Fè egzèsis twa fwa pa semèn pandan ven ak trant minit, yon fason ki pa twò egzajere sof si doktè w mande pou w fè l yon lòt jan.
  • W ap jwenn plis avantaj nan naje, fè jimnastik nan dlo, mache, oswa pedale bisiklèt ki ret anplas yo. Egzèsis sa yo pa mande pou kò w pote twòp pwa.
  • Fè ti chofe pandan senk minit anvan w kòmanse egzèsis yo epi tann kò w frèt pandan dis a kenz minit apre egzèsis yo.
  • Bwè ase dlo pou ka evite dezidratasyon.
  • Pran prekosyon ak aktivite ki ka lakòz ou sot tonbe.

Sa w pa dwe fè pou egzèsis

  • Si ou pa t abitye fè egzèsis anvan w te ansent, kòmanse dousman epi evite fè kò w fè twòp jefò.
  • Evite espò tankou monte cheval, plonje anba dlo ak fè eski, pandan gwosès la.
  • Pa kontinye fè egzèsis yo si w santi fatig.
  • Apre twa premye mwa yo, evite egzèsis ki fè w oblije kouche sou do, paske yo diminye kantite san ki al nan matris la.
  • Pa janm fè egzèsis lè l fè twò cho.
  • Suiv reyaksyon kò w paske li kapab ba w siyal si ou egzajere nan fè egzèsis la.

Si nenpòt nan pwoblèm pi ba yo ta rive w, kit ou t ap fè egzèsis ou pa, ou dwe kontakte doktè w san pèdi tan:

  • Vajen w bay san oswa yon likid.
  • Ou rete kon sa epi w gen doulè nan vant oswa nan vajen bridsoukou.
  • Kontraksyon ki deja dire 30 minit epi k kontinye, apre ou fin kanpe egzèsis yo.
  • Doulè nan lestomak ou.
  • Souf ou kout.
  • Ou gen vètij.
  • Yon mal tèt ki rèd oswa ki pa vle pase.
  • Ou wè twoub.

-- Jeanine del Valle ak Niki Martinez

back to top

Èske mwen ansent?

Premye siy ki parèt lè w ansent

Gen anpil fi ki panse yo kapab vin ansent menm anvan menm yo detèmine si règ yo pa vini. Menm si chak fi diferan de tout lòt e chak gwosès pa menm, men kèk siy inivèsèl yon fi kab remake byen bonè si li ansent:

  • Tete yo ak pwent tete yo vin pi sansib: Tete yo ak pwent tete yo vin pi sansib anviwon twa semenn apre fi a fin ansent. Yo kab parèt pi gonfle, kòm si se te menm bagay ak lè ou pral gen règ ou.
  • Kras san tou piti oswa kranp: Ti kras san lejè kapab parèt lè ti anbriyon an tache nan arebò iteris la, 8-10 jou apre gwosès la kòmanse. Kapab gen kranp tou ki parèt. Gen kontraksyon ki fèt regilyè, ki ogmante si w ap fè egzèsis, lè w ap jwi oswa senpman etan w ap chanje pozisyon.
  • Areyòl yo vin pi fonse: Areyòl la (zòn ki pi fonse toutotou pwent tete a) kòmanse vin pi fonse epi yo kòm vin gonfle. Venn ki nan sen w yo ka vin pi vizib epitou genyen ti grenn piti piti ki toutotou areyòl la (Montgomery's tubercles) ki vin pi laj epi ki vin an plis kantite.
  • Gwo gwo fatig: Pandan 8 ak 10 premye semenn gwosès la, sa ki parèt pi plis kay tout fi se fatig. Kò w kòmanse ap adapte l pou tibebe k ap grandi nan vant ou a.
  • Noze ak vomisman: Yon semèn tousuit apre gwosès la, ou kab kòmanse gen noze, ou pa ka pran sant sèten odè oswa nen w vin pi fen nan pran sant. Bagay sa yo ka rive nenpòt moman.
  • Ou pipi souvan/ou konstipe: Ou gen dwa ale pipi pi souvan. Bebe a k ap grandi nan iteris ou a mete presyon sou vesi ou. Mouvman nan entesten w kapab chanje tou, paske entesten yo vin relache pandan gwosès la, e kon sa, yo vin manke bay bon jan fonksyònman.

-- Raquel Ramos

back to top

Èske se tranche toutbon?

Lè tan an rive pou tibebe w la fèt, kò w pral aji yon jan ki montre w tranche a kòmanse oswa li pa lwen. Men siy ki prezante nan ka sa a:

  • Yon sèl fòs enèji vini bridsoukou.
  • Bebe a desann pi ba nan vant ou.
  • Deranjman (gonfleman).
  • Dyare.
  • Pèd mas mikis ki sèvi tankou yon bouchon ki te kenbe kòl iteris la fèmen jouk lè akouchman an rive.
  • Ou kase lezo.
  • Kontraksyon yo vin pi fò epi yo fèt pi souvan.
  • Ou santi kontraksyon yo fèt sot nan dèyè al devan.
  • Kòl iteris la ouvè epi l redui.

Men siy ki anonse tranche yo (yo rele yo Braxton-Hicks):

  • Kontraksyon ki rete ak menm fòs, menm distans youn pa rapò ak lòt, epitou menm dire.
  • Kontraksyon ki pa fèt regilye.
  • Ou santi kontraksyon yo pa devan.

Chak moun gen fason diferan pa l li fè esperyans tranche. Mache oswa chanje pozisyon pa chanje anyen nan kontraksyon yo. Esperyans ou kapab fè gen dwa pa menm ditou ak sa ou te li. Fè kò ou konfyans. Rekonpans final la se lè w va rankontre nouvo bebe w la.

-- Navia Mederos

back to top

Ki fason dwòg aji sou gwosès?

Anpil nan medam yo pa rive remake siy gwosès yo nan bonè, epi yo kontinye ap itilize swa alkòl swa dwòg ilegal pandan twa premye mwa yo.

Fi ki toujou ap pran dwòg kapab pa sèten se ansent yo ansent, paske 60 a 90 pou san nan yo pa gen peryòd yo regilye. Kon sa, anpil nan yo pa konnen yo ansent, jiskaske yo dekouvri mouvman tibebe a nan vant yo oswa yo remake vant yo ap gwosi. Pi rèd ankò, sa vin konplike nèt ak konfizyon ki genyen nan siy gwosès ki kab sanble ak lè moun sa yo sou mank pou dwòg. Pami siy sa yo, nou jwenn noze, vomisman, kranp nan nivo senti yo, fatig ak mal tèt.

Men kèk dwòg moun pran pi souvan epi ki gen move konsekans sou gwosès la:

  • Alkòl: Yon fi ansent ki nan pran alkòl ogmante move chans pou tibebe ki nan vant lan devlope kèk anomali fizik oswa nan konpòtman l. Yo rele anomali sa yo Sendwò alkòl fetis la “fetal alcohol syndrome (FAS). Pami anomali sa yo nou jwenn mank devlopman fizik ak retadasyon mantal.
  • Kafeyin: Nan dezyèm ak twazyèm twa mwa yo, kantite kafeyin kò manman an rejte twa fwa pi piti pase sa kò yon fi ki pa ansent rejte. Sa difisil pou fè separasyon ant move konsekans kafeyin nan genyen ak lòt dwòg tankou nikotin ak alkòl. Gen rechèch ki te fèt ki sanble montre gen yon rapò ant kantite kafeyin yon manman pran ak gwosè yon timoun, ak timoun ki fèt anvan lè, avòtman bridsoukou nan twa premye mwa yo ak timoun ki fèt tou mouri.
  • Tabak ak Nikotin: Fimen sigarèt gen gwo konsekans sou tibebe ki mouri nan vant, timoun ki pa viv anpil tan, ki pa peze anpil lè yo fèt, pwoblèm lèt nan bay tete ak maladi respiratwa kay timoun nan. Nikotin danjere paske li travèse plasennta a, li ogmante tansyon ak to respirasyon bebe k ap devlope nan vant lan. Kay moun k ap fimen yo, avòtman bridsoukou ka rive de fwa plis pou moun sa yo pase lòt moun, epi kapab gen konplikasyon nan plasennta a, sa ka lakòz timoun fèt tou mouri oswa yo fèt piti. Anplis sa, timoun ki gen manman ki abitye fimen gen tandans pou yo pi iritab pase lòt, yo gen mwens kapasite kontwòl konpòtman yo epi yo toujou montre yon mank enterè jeneral.
  • Mariwana: Konsekans mariwana sou tibebe k ap devlope nan vant, se pa yon bagay yo rive etabli nèt. Sanble ta gen yon tandans lakay timoun sa yo pou yo gen move karaktè.
  • Kokayin: Kokayin diminye kantite san ki al nan plasennta a ak tibebe nan vant lan, sa ki lakòz gen plis ka avòtman ak timoun ki fèt tou mouri. Nivo “norepinefrin” ki vin ogmante a kapab lakòz tranche anvan lè. Pami konsekans sou tibebe nan vant yo, nou jwenn nesans avèk anpil pèt pwa, gwo tèt, timoun lan toujou sou mouvman, malnitrisyon, abitid dòmi souvan, move karaktè ak yon ogmantasyon malchans pou tibebe a mouri toudenkou (sudden infant death syndrome-SDIS). Nan ka sa a, yo pa ankouraje manman an bay bebe a tete, paske sa kab agrave sitiyasyon an fasil.

-- Raquel Ramos

back to top

Ki jan m kapab dòmi pandan m ansent?

Gen anpil chanjman ki fèt nan kò yon fi pandan l ansent. Vin gen yon chanjman ki pa piti nan sant gravite l; li kab santi l yon ti jan pa gen bon ekilib epi l ka menm santi l yon ti kras lou nan sa l ap fè. Dòmi gen dwa pa kab sèvi ankò kòm mwayen pou l chape nan reve je klè; li kab santi l fatige oswa sou estrès.

Kèk ti trik pou jwenn somèy:

  • Eseye kouche sou yon bò, avèk yon pye pase anba lòt la. Mete yon zòrye antre yo.
  • Mete yon zòrye anba vant ou.
  • Masaj yo fè pou ou pandan w ansent fè w gen mwens tansyon, epi sa ede w vin gen kè pi poze, pou jwenn somèy pi fasil. Kite moun ou avè l la fè sa pou ou. Tanpri, al wè doktè w pou konnen ki kalte masaj ki pi apwopriye.
  • Terapi pou mis yo kapab bon ni pou manman ni pou bebe k nan vant lan. Ti mizik klasik, dous kapab aji pi byen si w enkyè.
  • Awomaterapi ak luil lavann se yon remèd moun byen konnen ki ede kont mank somèy. Eseye l anvan w al nan kabann ou.
  • Bwè yon vè lèt cho ak yon kiyè siwo myèl ladan, anvan w al kouche.
  • Pa dòmi kouche sou do w, paske pwa iteris la lè l laji kapab redui rezèv san pou tibebe a.

-- Niki Martinez

back to top

Ki jan pou m pòte atansyon a nouvo bebe m nan san m pa neglije pi gran pitit mwen an?

Pi gran pitit ou a gen dwa vin bezwen atansyon w epi l egzije sa, apre bebe a fin fèt, espesyalman nan premye semenn yo. Mande swa yon zanmi, yon paran oubyen yon vwazen pou yo asire yo toulede timoun yo jwenn satisfaksyon pou sa yo bezwen. Pase omwen 10 minit poukont ou ak pi gran timoun nan chak jou. Eseye chwazi menm lè a chak jou pou sa, yon fason pou timoun nan ka toujou gen tan konnen ti moman sa a nou pral pase “ansanm” nan, pou l depann de li. Pale ak timoun ki pi gran an o sijè bagay ki pa konsène tibebe a. Fè moun ki vin rann ou vizit sonje pi gran an bezwen atansyon tou.

back to top

Ki jan pou m pran swen lonbrik bebe m nan?

Suiv etap ki pi ba yo, pou kab evite enfeksyon nan lonbrik bebe w la epi pou ka fè l geri pi vit:

  • Kenbe zòn lonbrik bebe a toujou sèch pi plis posib.
  • Netwaye lonbrik la twa fwa pa jou ak koton pwòp ou tranpe nan yon ti dlo. (Rechèch ki fèt pa twò lontan montre si w netwaye lonbrik bebe a ak alkòl, sa ka touye bon bakteri ki konn geri lonbrik la pi vit.)
  • Pa benyen bebe w la nan kivèt dlo. Sèvi ak yon eponj pou pwòpte bebe a. Fè atansyon pou pa gen twòp dlo ki tonbe nan lonbrik bebe a.
  • Evite benyen bebe a pandan 7 jou a 10 jou apre kòd lonbrik la fin tonbe. Kontinye pase eponj mouye sou li.
  • Pa rale kòd lonbrik la lè w ap netwaye zòn lonbrik la; sa kab lakòz li senyen.
  • Pliye anlè kouchèt bebe a, yon fason pou lonbrik la ka pran lè. Sa ap pèmèt lonbrik la pa fwote nan kouchèt la, pou po tibebe a pa irite.
  • Kite lonbrik bebe a pran lè souvan. Sa ap pèmèt tout zòn lonbrik la seche pou l ka geri pi vit. Si tout zòn ki antoure lonbrik la ta vin tou wouj oswa ou remake gen pi oswa san nan k ap sot ladan, al kot doktè.

-- Niurka Martinez

back to top

Ki kalite kou sou nesans timoun ki genyen?

De metòd ki pi enpòtan sou rekòmandasyon pou nesans tibebe se metòd Bradley ak Lamaze.

Doktè Robert Bradley devlope Metòd Bradley nan ane 1940 yo. Metòd sa a ankouraje moun pou yo suiv bon rejim epi fè egzèsis pandan gwosès yo. Li montre moun ki pral vin manman yo ki jan pou yo boule ak estrès, doulè tranche, nan fè bon teknik pou pose san w epi pou fè respirasyon natirèl. Nan metòd sa a, yo bay moun ansent lan yon konpayèl ki pou antrene li epi soutni li pandan tranche a. Nan pwogram sa a yo evite fè entèvansyon obstetrik ak bay moun ansent lan medikaman pou konbat doulè..

Doktè Ferdinand Lamaze te dekouvri metòd Lamaze la, ki gen yon lòt non tou. Se metòd sikopwofilaksi, pandan yon vwayaj li te fè an Risi. Metòd sa a montre medam yo pou yo aji yon jan pou yo prepare pou lè gen kontraksyon. Y ap gen pou yo fè egzèsis respirasyon epi kalme kò yo, Sa ankouraje medam yo pou yo fè bon chwa konsènan medikaman kont doulè y ap itilize pandan tranche yo.

Rekòmandasyon pou kèk lòt metòd sou nesans timoun:

  • Akouchman Ipo (Hypo Birthing) oswa metòd Morgan: Yon metòd ki mande pou kalme kò w anpil, ki soulaje krent, tansyon mis yo ak doulè a travè yon fòmasyon sou nesans natirèl timoun yo ki chita sou teknik ipnoz.
  • Travay nesans: Yon pwogram nesans timoun ki devlope konfyans lakay fi a nan kapasite l genyen pou l fè yon bebe. Nan kou yo, yo prepare moun yo ni sou plan fizik ni sou plan emosyonèl.
  • Teknik Alexander: Yon teknik pou kontwole doulè sèten fanm saj abitye itilize. Yo panse medam yo kapab debouye yo nan doulè gras a “ eliminasyon ak direksyon “ (Tèm ansèyman teknik Alexander a), yon fason pou yo ka reyaji pi byen fas a doulè a.
  • Kou sou nesans timoun yo ta dwe fèt nan twa dènye mwa gwosès la. Yo ta dwe fin fè tout kou sa yo nan twa semèn anvan jou akouchman an. Se pwofesè diplome ki anseye kou sa yo. An jeneral se douz èdtan fòmasyon antou.
  • Kontakte moun ki responsab swen sante ou a, nan lopital akouchman ki nan zòn ou a, pou plis enfòmasyon sou kou yo ofri sou nesans timoun.

-- Ana M. Rivero

back to top

Ki lè m ta ka di pitit mwen an nou pral gen yon nouvo bebe nan fanmi an?

Se pou konsidere laj timoun nan ak nivo devlopman li, lè w ap ba l enfòmasyon sou evènman sa a ki pral rive a. Yo kab di yon timoun ki gen pi piti pase senk an nouvèl la lè vant manman an gwo. Yon pi gran timoun kapab aprann sa pi bonè. Swiv pitit ou a pazapa, li kab konprann plis pase sa ou te atann. Sèten timoun kapab vin enkyè pou yo santi gen yon bagay ki pa mache, si yo siprann kèk konvèsasyon oswa si yo wè manmi yo ap plede gen noze matinal. Bay esplikasyon ki senp epi kite timoun nan mennen konvèsasyon an ak kesyon pa l.

back to top

Ki pi bon fason pou timoun ki frè ak sè pataje yon chanm ansanm?

Pale avèk pi gran an sou sitiyasyon an epitou fè l santi l konsène nan prepare nouvo espas la. Si w fè timoun nan patisipe nan ranje nouvo espas la, nan deside sa k kab fèt, timoun nan vin kab santi li gen yon sèten kontwòl nan planifikasyon pou chanjman kapab fèt dous.

Fè yon diferans klè ant espas pa pi gran timoun nan ak espas tibebe a, epitou esplike lide yo chak dwe gen ti vi prive yo.

Souvan timoun piti konsidere se kòm yon bonis pou li pataje yon chanm ak yon lòt. Lè yon timoun piti reveye nannuit, pou l wè yon frè oswa yon sè nan chanm nan, sa fè l plis anvi tounen al kouche pou dòmi. Epitou yo jwenn yon moun pou yo pale anvan yo dòmi oswa lè yo reveye.

back to top

Ki sa depresyon apre akouchman ye?

Sou chak dis manman ki fin akouche, Depresyon apre akouchman (Postpartum Depression, oswa PPD), aji sou youn nan yo. Menm lè yo trete pwoblèm sa a, li kab dire si mwa. Si l pa trete, fi ki genyen l lan ka soufri pandan plis pase yon lane.

Depresyon apre akouchman an parèt sou divès fòm. Pi fò medam yo soufri de sa yo rele “bebiblouz”. An jeneral nouvo manman ki gen pwoblèm sa a yo sanble yo gen move karaktè, yo pi sansib epi yo fatige anpil. Pami siy ki montre sa, genyen kèk ti chanjman lejè nan tanperaman yo. Se yon pwoblèm ki disparèt an jeneral sou 10 jou apre akouchman.

Mòd PPD ki pi terib la, yo rele l sikoz apre akouchman e li konn atenn 0.2% pami nouvo manman yo. Anpil fwa, medam sa yo konn prezante siy moun ki nan rèv je klè epi yo kab menm fè lide pou yo fè bebe yo mal. Nouvo manman ki gen jan de pwoblèm sa yo dwe chèche swen doktè san pèdi tan.

Pèsonn pa fin klè sou ki rezon ki fè sèten fi prezante pwoblèm Depresyon apre akouchman (PPD) yo alòske gen lòt ki pa kon sa, men pi fò espè yo dakò se chanjman rapid nan òmòn yo tankou estwojèn ak seratonin ki deklennche dezekilib chimik yo. Eleman ki fè pati anviwòman an sanble gen yon wòl tou yo jwe nan PPD, espesyalman lè nouvo manman an pa jwenn ase sipò nan men yon mari, kèk zanmi oswa manm fanmi an. Kon sa tou li kab plis gen tandans trape PPD a, si gwosès li a te gen konplikasyon tankou tranche anvan lè, oswa si yo oblije separe bebe a de manman l akòz kondisyon medikal yo. Rapò nouvo manman an ak papa tibebe a gen enpòtans li tou, lè n ap analize sa ki kab lakòz PPD a.

-- Jeanine del Valle

back to top

Ki sa gwosès vle di pou kò mwen?

Tout fi ki ansent dwe konnen a ki sa pou yo atann yo lè chanjman pral kòmanse ap fèt nan kò yo pandan gwosès. Gwosès la, li divize an twa pati. Chak ladan yo dire twa mwa e yo tout diferan youn ak lòt, nan sa yo ka lakòz ak sa ki ka rive.

Premye twa mwa yo

Pami sa ki pi komen ki rive akòz chanjman nan òmòn yo, nou jwenn fatig, noze, chanjman nan tete yo epi moun nan pipi souvan. Pou kab diminye noze ak vomisman, manje yon ti kantite manje ki gen vitamin chak 2-3 èdtan. Evite manje ki twò gra, ki fri nan lwil oswa ki pike. Manje ti bonbon sèk anvan w al kouche, sa ap ede w tou. Bwè likid pandan w ap manje pou evite pwoblèm dijesyon. Pou evite pwoblèm nan chanjman tete yo, mete souvètman ki konfòtab epi ki pa sere. Lè w ap repoze, chita oubyen kouche ak pye w sou yon zòrye pou valè tan ou kapab.

Dezyèm twa mwa yo

Nan etap sa a, volim san manman an ogmante, sa ki lakòz tansyon l vin yon ti kras pi wo epi kè a gen tandans bat yon ti jan pi vit, ak apeprè 10 ak 20 batman pa minit. Pandan peryòd sa a genyen gwo danje pou fi fè enfeksyon nan kannal irinè yo. Akòz nivo estwojèn yo ki ogmante, jansiv yo ka gen tandans senyen. Pwent tete yo vin pi gwo epi koulè yo vin pi fonse. Akòz chanjman nan òmòn yo, kapab gen yon pati nan fon w ak bò figi w ki vin pi fonse. Vajen an vin pi sansib.

Twazyèm twa mwa yo

Fatig, souf kout, ak pipi souvan, se bagay sa yo ki plis parèt. Pipi anpil epi tanzantan an, soti nan presyon bebe k nan vant ou a mete sou vesi w. Kontraksyon yo vin pi regilye epi mwen konfòtab apati 38 ak 40 semenn gwosès la. Tansyon moun nan vin monte tou piti. Pwoblèm kè brile vin yon bagay komen akòz deplasman sistèm gastwoentestinal. Evite al kouche apre w fin manje. Yon lòt bagay ki rann moun malalèz epi ki komen, se lè gen pati k anfle nan kò yo. Bwè anpil dlo kapab pèmèt ou konbat maladi anfle sa a. Moun ki pral vin manman yo kapab mete soulye ki konfòtab epi mete pye w anlè chak fwa sa posib.

Pa kouche plat sou do, paske bebe a konprese venn enpòtan yo ki voye san ak oksijèn bay nou tou de. Sa k pi bon se kouche sou kote, sou nenpòt bò. Evite gwo mouvman bris, paske sa ka lakòz chanjman bridsoukou nan tansyon moun nan, sa ki ka fè l menm anvi endispoze. Sant ekilib moun ki ansent lan vin chanje pandan peryòd twa mwa sa a. Fè atansyon lè w ap mache oswa lè w ap fè mouvman bris; ou pa vle pou tonbe.

-- Vanessa Tirado

back to top

Ki sa ki noze matinal la?

Nan twa premye mwa gwosès ou, ou kab fè move esperyans noze ak vomisman moun abitye rele noze matinal. Se pa sèlman yon bagay ki rive yon moun le maten sèlman; an reyalite, se yon bagay “tout jounen”.

“Noze matinal” la se malalèz ak fatig sèten medam sibi akòz chanjman chimik ki rive pandan gwosès yo. Sitou pou fi yo nan twa premye mwa gwosès yo. Sa rive paske fi ansent pwodui twòp òmòn tankou pwojestewòn ak estwojèn. Nivo òmòn yo sèlman ogmante lè gwosès la rive sou anviwon 12 semenn; siy sa yo pa dire pou toutan. Men kèk konsèy sou sa pou w fè:

  • Tanzantan manje yon ti moso manje.
  • Evite manje ki gen twòp grès oswa ki twò gra.
  • Rete lwen manje ki twò pike.
  • Pran ti gòje dlo tanzantan pandan jounen an.
  • Manje ti bonbon ki gen sèl ladan yo.
  • Pa ekzajere lè ou santi ou anvi manje.
  • Suiv yon rejim ki byen balanse.
  • Eseye dòmi omwen uit èdtan chak swa.
  • Pran vitamin pou gwosès plis nan apremidi pase nan maten.
  • Respire bon lè natirèl fre, ouvri fenèt ou pou sa oswa fè ti pwomnad deyò.
  • Evite chalè.
  • Rete lwen odè ki bay noze epi ki kab vin pi rèd pandan gwosès la.
  • Pa kite lè pou manje pase.
  • Si ou gen noze matinal ki rèd, mande doktè w ki vitamin ou kapab pran oswa lòt medikaman ou ta ka pran anplis.

-- Jeanine del Valle

back to top

Ki sa m ka fè nan travay mwen k ap bon pou sante m pandan gwosès mwen?

  • Mete soulye ak rad ki konfòtab pou kab gen yon jounen travay alèz.
  • Fè travay ki pa mande pou fè jefò fizik.
  • Bwè ase dlo pou evite enflamasyon.
  • Si se yon djòb biwo w genyen, kite pye w rete anlè pou san w ka sikile pi byen.
  • Prepare lis “bagay ou gen pou fè” epi mande èd moun pou fè sa w bezwen yo.
  • Manje manje maten chak jou; pa kite lè manje w pase. Ti manje regilyè ap ede w konbat noze ki an rapò ak noze matinal
  • Kenbe nivo estrès yo sou kontwòl. Al mache oswa pratike yoga.
  • Dòmi ase tan ou dwe dòmi leswa. Fè yon ti dòmi nan lè lennch ou si sa posib.

-- Niki Martinez

back to top

Ki sa m ka fè pou m fè yo kenbe bon rapò ak yon nouvo frè oubyen sè?

Fè pi gran an santi preparasyon nesans nouvo bebe a konsène li tou. Pa egzanp, si timoun nan vle ede nan fè lekti, chwazi kèk liv nan pwòp koleksyon timoun nan li ta renmen fè bebe a kado, epi nan plas ki la pou mete zafè bebe a, fè yon espas pou liv. Pale ak pitit ou a sou sa n ap atann pou nouvo bebe a; anpil fwa, timoun nan toujou ap atann li pral gen yon nouvo kanmarad pou l jwe avè l tousuit e li ka vin desi si l wè bebe a pa ka fè jwèt li te atann pou l fè avè l yo.

Pi gran timoun nan gen dwa vin fè bak nan kèk domèn -- pipi nan kabann, fè rechiya, kriye, pale tankou tibebe pou mande bibon oswa tete. Sa a se fason timoun konn fè pou yo ka kapte atansyon w. Ou dwe pran pasyans; fè pi gran timoun nan sonje tout bagay li kapab fè men tibebe a poko kapab fè. Sa ede timoun nan lespri endepandans li.

Pale souvan ak pi gran an konsènan sa l santi. Kòlè ak desepsyon se bagay sa yo ki mache anpil fwa ak chanjman yon nouvo sè oswa frè konn lakòz. Respekte sa timoun nan ka santi epi ede l jwenn mwayen ki apwopriye pou l travay sou ka sa a. Pa egzanp, lè desepsyon an rèd, li kab kole dan sou yon jwèt an plastik san pwoblèm, men natirèlman li p ap kab mòde bebe a.

back to top

Ki sa m sipoze manje pou m ka pote yon gwosès an bòn sante?

1. Manje san regrè. Lè ou pral pran yon kiyè manje, mande tèt ou “èske sa a se pi bon mòso m kab bay bebe m nan?” Si repons la se wi, manje l; si se non, depoze kiyè a oswa fouchèt la.

2. Chwazi ak prekosyon; chwazi kalite olye kantite. Mete sa nan tèt ou: 150 kalori ki soti nan yon bonbon chokola, se pa menm bagay ak 150 kalori ki soti nan yon mòfin ki fèt ak sereyal ak nan fwi.

3. Si w rete grangou, bebe w la tou ap rete grangou. Menm lè ou pa grangou, bebe a grangou. Eseye pou pa kite lè manje a pase. Sa ka anpeche w gen vant balonnen ak zegrè estomak, si w manje yon ti pòsyon manje sis fwa pa jou.

4. Pran manje ki lejè olye sa ki gen grès, pran lèt san grès ak lèt san krèm, manje ki bouyi olye manje fri epi pa met anpil bè.

5. Idrat kabòn senp, tankou diri blan, pen blan, sereyal rafine, gato, bonbon ak bretzel, se manje ki fèb an vitamin. Men idrat kabòn, tankou pen ki fèt ak sereyal ki pa rafine, diri jòn, legim, pwa sèch ak pòmdetè yo bay bon vitamin B, mineral, pwoteyin ak lòt eleman enpòtan. Bagay sa yo bon ni pou bebe w la ni pou ou. Yo ede w diminye noze ak konstipasyon, epi yo fè w rete ak yon pwa ki ekilibre.

6. Fwi ak ji fwi nan plas bagay dous.

7. Chwazi legim frèch ak fwi fre lè se sezon yo, oswa sa ki te rete yon kote fre lè se pa sezon yo. Si bwokoli w la te bouyi, konsève epi yo te mete l nan bwat depi sezon l te pase a, li gen dwa pa gen menm gou natirèl ki bon pou ou oswa pou bebe w la.

8. Fè tout fanmi w patisipe nan rejim w ap suiv pou sante w la; sa ap nan avantaj yo tou.

9. Sispann bwè alkòl, sispann pran tabak ak lòt move dwòg.

back to top

Ki sa tès prenatal yo ye?

Tout fi ki ansent dwe fè yon seri egzamen medikal ki pèmèt yo veye sante tibebe ki nan vant lan. Tès sa yo suiv tout mouvman tibebe a nan vant, jan l ap grandi ak jan kè l ap bat. E kòm tès sa yo kapab dekouvri si gen yon pwoblèm bonè, sa enpòtan pou tout fi ki pral vin manman ale nan randevou prenatal yo, menm si yo an sante. Al kay doktè, tousuit lè ou sispèk ou ansent. Nan chak vizit, doktè a pral egzaminen si ou pran pwa oswa si ou pèdi pwa, tansyon ou, lajè wonn vant ou fè, pozisyon tibebe a ye nan vant ou ak batman kè l. Tout bagay sa yo ap fèt pou veye sou sante pa w ak sante tibebe a. Plis ou kòmanse resevwa swen sa yo nan bonè apati lè ou ansent lan, se plis ni oumenm ni moun k ap ba w swen an ap vin fè kontwòl sante w tounen woutin, nan bonè.

Fi ki kòmanse al kay doktè pou kondisyon gwosès depi nan twa premye mwa yo gen mwens pwoblèm ak gwosès la – epi tibebe a pi an sante. Gen anpil manman ki pa okouran tès prenatal yo, oswa yo gen dwa pa jwenn ase enfòmasyon sou rezon ki fè yo dwe fè tès sa yo.

back to top

Ki sa tranche a ye?

Tranche a se yon seri kontraksyon iteris la ki fèt san rete epi ki vin pi sere ofiramezi. Kontraksyon sa yo pèmèt kòl iteris la ouvè pou bebe a ka deplase nan kanal nesans la. Sa ki fè moun rekonèt tranche pa parèt menm jan kay tout fi, e li prèske enposib pou konnen egzakteman lè l kòmanse. Gen anpil chanjman byolojik ki rive an menm tan nan kò yon fi etan l ap akouche.

Yo kapab distenge twa etap nan tranche:

Premye etap la gen twa faz ladan:

Premye faz la, sa ki plis pa parèt la, se lè kontraksyon yo vin fèt pi souvan (distans chak 5 a 20 minit) epi yo fèt pi fò tou. Kòl iteris la vin dilate a kat santimèt apeprè, epitou li laji. An jeneral, sa a se faz tranche ki pi long nan epi ki mwen fò.

Apre sa, nou vin jwenn faz ki pi aktif la kote kòl iteris la dilate soti 4 santimèt rive 7 santimèt epitou kontraksyon yo vin pi long, pi fò e yo fèt pi souvan.

Lè fini, nan etap pasaj la, kòl iteris la dilate soti 7 santimèt rive 10 santimèt, kontraksyon yo vin pi long, epi fi a kòmanse santi yon ijans pou l pouse.

Dezyèm etap la se akouchman bebe a.

Twazyèm etap la se mete plasanta a deyò (plasanta a, se mè vant lan, sak ki te konn nouri tibebe a anndan iteris la). Etap sa a sèlman dire kèk minit.

Ni esperyans tranche a ni valè tan chak etap dire diferan kay chak fi. An jeneral, tranche lakay yon fi ki pral fè premye pitit li dire apeprè 18 a 20 èdtan. Epi pou lòt gwosès ki vin apre, tranche a dire mwens tan.

-- Ana M. Rivero

back to top

Men kèk esplikasyon pou tès ki pi komen yo

Amniyosentèz: Se fason ki pi komen yo itilize pou fè tès sou defòmasyon lakay tibebe. An jeneral yo fè l nan 15 a 18 premye semenn gwosès la, swa nan yon lopital swa nan biwo yon reskonsab swen lasante. Yo kapab mande moun sa yo pou yo fè tès sa a: (a) fi ki ansent ki pral gen 35 an oswa ki depase laj konvenab pou yon moun fè pitit (move chans pou fè yon bebe ak pwoblèm kwomozòm tankou yon ti Mongòl, move chans sa a ogmante plis lè fi a pi aje); (b) de moun ki deja gen yon pitit ki fèt ak defòmasyon, oswa ki gen yon bagay kon sa ki te rive nan istwa fanmi yo, epitou (c) fi ki ansent epi ki fè lòt tès ki montre gen pwoblèm jenetik.

Kontwòl batman kè bebe a nan vant: Kontwòl batman kè tibebe a sa dwe antre nan lis sa yon moun ansent dwe toujou ap kontwole. Kontwòl elektwonik pou tibebe a se yon bon mwayen pou mezire reyaksyon bebe ou a lè w gen tranche ak lè l ap soti nan vant. Kontwòl sa a sèvi ak materyèl pou anrejistre pousantaj batman kè a, pou jis timoun nan fèt. Nan menm moman sa a tou, yo mezire kontraksyon iteris la. Yo ka pase men sou vant lan pou yo kontowle sa oubyen yo ka sèvi ak aparèy elektwonik. Kontwòl batman kè anvan nesans lan va fèt nan plizyè moman diferan. Sa pral depann de etap nan travay akouchman ou ak si w abitye bay pwoblèm lè w ansent. Yo kab fè yon kontwòl pou ou chak senk oswa chak trant minit. Oswa yo ka fè l tout tan. Mande reskonsab swen lasante ou ki jan yo pral sèvi ak kalte kontwòl sa a, lè w gen tranche.

Depistaj jenetik: Yo itilize depistaj jenetik la pou kab dekouvri ki maladi oswa ki defòmasyon tibebe kapab eritye nan san. Li pi bon pou fè tès sa a anvan ou ansent, men tou ou ka fè l depi nan premye vizit ou kay doktè apre ou fin ansent, epi yon ti kras pita nan moman gwosès ou. Men de egzanp tès depistaj jenetik ou kapab fè pandan ou ansent : Tès selil kin an plasenta a (chorionic villi sampling) (CVS) ak amniocentèz.

Dyabèt pandan gwosès: Ou kab gen dyabèt pandan gwosès menm lè ou pa gen tras la lakay ou oubyen ou pa gen sentòm yo. Anpil reskonsab swen lasante toujou teste fi ki ansent pou chèche maladi dyabèt. Dyabèt pandan gwosès la disparèt apre tibebe a fin fèt. Plis pase mwatye fi ki te gen dyabèt pandan gwosès yo kapab vin gen maladi dyabèt, plizyè ane apre, leplisouvan. Se yon bagay ki enpòtan pou w di reskonsab swen lasante ou si ou te fè dyabèt nan gwosès ou te gen anvan sa.

Tansyon: Preklampsi se yon sitiyasyon kote gwosès la lakoz moun ki ansent lan fè tansyon lè gwosès la depase ventyèm semèn li. Tansyon w monte; ou kenbe anpil dlo, epi yo jwenn pwoteyin nan pipi w. Lòt non ankò yo bay Preklampsi non toksemi oswa tansyon monte akòz gwosès.

Kontwòl sante tibebe nan vant: Gen kat tès yo kab itilize pou kontwole si tebebe ki nan vant lan alèz, san pwoblèm: (1) konte kout pye: Gade konbyen fwa tibebe a fè mouvman nan vant, pandan yon sèten tan. (2) Ekografi: Yon tès ki prezante foto (yo rele yo sonogram) tibebe a, ki kreye apati ond ki bay son. (3) Tès kont estrès: li mezire batman kè tibebe nan vant lan pa rapò ak mouvman deplasman li. (4) Pwofil Biyofizik: li egzaminen batman kè tibebe nan vant lan, respirasyon l, mouvman kò l ap fè, jan mis li yo fèm ak kantite likid amnyotik li genyen.

Faktè Rezis: Faktè Rezis la se yon kalte pwoteyin ki genyen nan globil wouj yo. Ka gen ekoulman si pati Rezis negatif san an (ki pa gen faktè Rezis) vin fè kontak ak pati Rezis pozitif la (ki gen faktè Rezis). Moun ki gen san ak Rezis negatif kapab vin sansibilize, epi li vin pwodui antikò ki konbat faktè Rezis la kòm si se te yon pwodui k ap fè di tò. Sa lakòz traka nan gwosès si yon fi ki gen san ak Rezis negatif vin ansent yon tibebe ki gen Rezis pozitif; kò fi a kapab vin pwodui antikò ki atake selil tibebe Rezis pozitif la. Moun ki gen san ak Rezis negatif la kapab vin sansibilize. Sa fè, moun sa a vin pwodui antikò ki konbat faktè Rezis la kòm si se te yon pwodui k ap fè di tò. Yon senp tès san kapab fè yon fi konnen ki gwoup sangen l ak faktè Rezis li. Gen yon lòt tès san, yo rele tès pou dekouvri antikò, li kapab montre si yon fi ki gen Rezis negatif te devlope antikò kont san ki Rezis pozitif. Si y ap bay yon fi ki gen Rezis negatif piki Rhogam, y ap ba li l swa nan mis bra li oswa bò dèyè li. L ap vin “pwoteje”, yon fason pou kò l pa pwodui okenn antikò ki ta kab atake globil wouj pitit ki nan vant li a ki gen Rezis pozitif la. Rhogam pa reprezante okenn danje pou fi ansent k ap itilize l. Sèl ti dezagreman yo konnen li bay, se yon ti doulè pandan likid la ap antre nan po moun nan, avèk yon ti lafyèv lejè. E tou de bagay sa yo ap pase byen vit.

Kontwòl la ap ede w pandan tout gwosès ou, nan ba w enfòmasyon ki enpòtan sou ki fason pou pi byen pote tibebebe a. Yon kondisyon pa vle di gen yon pwoblèm, men w ap sèlman bezwen yon swen espesyal. Sa fèt nan lide pou ni ou ni bebe w la rete an sante pi plis posib.

-- Niurka Martinez ak Navia Mederos

back to top

SA NOU DWE KONSIDERE FÈ ANVAN AKOUCHMAN AN: Èske fò m fè sikonsi pitit mwen an?

Chak fanmi dwe deside si pou yo sikonsi pitit gason yo ou pa. Sikonsizyon se yon operasyon yo fè apre yon timoun fin fèt, anvan li kite lopital la. Nan operasyon sa yo koupe po ki kouvri pwent penis timoun nan. An reyalite fè sikonsi yon timoun se yon chwa pèsonèl ki baze sou sa paran yo prefere. Men kèk bagay pou nou pran an konsiderasyon lè nou ap pran desizyon sa pou nou fè sikonsi pitit nou:

Avantaj operasyon an Dezavantaj operasyon an
  1. Timoun nan gen mwens ka enfeksyon nan kanal pipi li nan premye ane yo.
  2. Timoun nan pa ka fè operasyon sa a ant 3 a 5 an.
  3. Timoun nan pap gen kansè nan penis li.
  4. Operasyon an ka evite sa yo rele Fimosis la, se yon ka ki anpeche po sou penis la vire lanvè.
  1. Gen posiblite enfeksyon.
  2. Enfeksyon po penis la kapab mennen lòt konplikasyon.
  3. Timoun nan ap soufri doulè.

back to top

SA NOU DWE KONSIDERE FÈ ANVAN AKOUCHMAN AN: Ki jan pou m fè chwazi yon bon doktè?

Chwazi yon doktè pou pitit ou an anvan li fèt, kon sa w ap ka al wè li tousuit apre akouchman an. Lè w ap chèche yon doktè suiv rekòmandasyon moun ou fè konfyans. Fò w pran an konsiderasyon zòn kote klinik doktè a ye. Fò w asire w li fasil pou al ladan l pou lè ou bezwen al wè doktè a regilyèman. Si w kapab, ale entèvyouve doktè ki enterese w yo. Pandan tan sa w a konpare jan w antann ou ak kèk nan doktè yo epi kilès ladan yo ki ka ba w sèvis ou bezwen yo. Fò w santi ou konfòtab ak doktè a. Tcheke papye doktè a epi tcheke si yo pa te pran okenn sanksyon kont li.

  • Lisans Medikal ak Enfòmasyon sou kote ki bay kou ki pèmèt moun ki nan domèn sante pran plis konesans
  • Lopital (Miami Children's Hospital)

Yon doktè ki bon pou wou ak pitit ou se yon doktè ou santi ou konfòtab pou w mande l nenpòt kesyon ou vle. Toujou mande l ki nouvo bagay pou antann ou a yo lè pitit ou ap grandi chak ane; toujou mande l ki sa pou fè pou ankouraje devlopman sèvo pitit ou pandan l ap vin pi gran.

back to top

SA NOU DWE KONSIDERE FÈ ANVAN AKOUCHMAN AN: Ki sa pou m fè si m pa gen asirans maladi pou pitit mwen an?

Gen de milye timoun nan Miami-Dade County ki pa gen asirans maladi. Gen èd deyò a pou yo.

Pitit ou genyen ki pa gen asirans, kapab byen kalifye pou pwogram asirans ki rele Kidkè (KidCare) la. Kidkè se yon pwogram ki ofri asirans pou timoun rive jis nan laj 18 an nan tout Eta Florid la. Yo ofri 4 diferan opsyon:

  1. Mediked, pou timoun tout laj
  2. Plan Timoun an Bòn Sante (Healthy Kids), pou timoun 5 an jiska 18 an
  3. Plan Medikids, pou timoun ki fèk fèt rive jiska 5 an
  4. Plan sèvis medikal pou timoun (Children Medical Services), pou timoun ki gen ka espesyal depi yo fèt rive 18 an. Telefone (305-358-4357) oubyen tcheke sit Wèb www.floridakidcare.org pou nou ka konnen pou kilès nan pwogram sa yo pitit nou kalifye.

back to top

SA NOU DWE KONSIDERE FÈ ANVAN AKOUCHMAN AN: Ki sa pou m fè si m pa gen asirans?

Òganizasyon "March of Dimes" ak Depatman Sante nan Florid "Florida Department of Health" gen yon klinik anbilan yo opere ki rele "MomMobile". "MomMobile" la se yon klinik ki bay bon jan swen medikal pou moun ki ansent ak planifikasyon familyal nan kominote yo gratis. "MomMobile" la gen yon orè regilye kote li pase nan 5 diferan anplasman nan pati Sid nan Miami-Dade la chak semèn. Rele nimewo sa a: (305-546-2986) pou konnen ki kote ki pre lakay ou "MomMobile" la pase.

back to top

SA NOU DWE KONSIDERE FÈ ANVAN AKOUCHMAN AN: Lè yo fin sikonsi pitit gason m nan kouman pou m pran ka li?

Dabitid se apre timoun nan fèk fèt epi anvan li kite lopital la yo fè operasyon sa a. Penis li dwe kapab geri apre 5 a 10 jou. Depi pati wouj nan kote yo fè l operasyon an kòmanse disparèt sa vle di l geri. Pandan tan sa a suiv 3 konsèy sa yo:

  1. Pase yon ti vazlin sou penis li chak fwa ou chanje kouchèt sou li. Toujou sonje wete vazlin ou te mete anvan an, anvan w mete plis vazlin. Sa ap anpeche bakteri ak enfeksyon anvayi kote maleng nan ye a.
  2. Pa tranpe penis tibebe a anba dlo toutotan li poko fin geri nèt. Sèvi ak yon eponj pou w benyen li pito.
  3. Si ou wè kote yo te koupe a wouj toujou apre 10 jou, si ou wè kote a anfle oubyen li fè maleng. Si w ta wè yon likid jòn soti nan penis li, pa enkyete w, se yon bagay nòmal.

back to top

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.