Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Swen sante
 
ALÈJI AK OPRESYON: Ki diferans ki genyen ant alèji ak opresyon?

Li fasil pou yon moun konfonn alèji ak opresyon. De maladi sa yo gen sentòm ki menm: moun nan fè bri lè l ap respire, li touse anpil epitou li gen dwa santi li fèb. Alèji yo se jan kò reyaji pou ede w idantifye pwodui ki pa bon pou ou . Opresyon se maladi ki bloke pasaj nan gòj yon moun. Moun nan vin gen difikilte pou l respire nòmalman. Alèji pi asosye ak bagay tankou polèn ki soti nan flè, bèt ak diferan kalite manje; se lè yon moun fatige kò l twòp li gen opresyon.

Yon moun ka pran grenn, pran piki oubyen fè chanjman nan jan l ap viv pou l trete alèji. Tretman yo varye, sa depan ka chak moun. Y ap bay chak moun tretman yo merite sou kondisyon chak ka yo, ki valè fwa yo malad epi si maladi a antre sou de fason regilyè. Yo trete opresyon ak medikaman yo fè moun respire ki laji pasaj kote lè pase pou al nan poumon yo. Timoun ki gen opresyon kapab pa ka sipòte zòn kote gen anpil pousyè ak lafimen nan lè y ap respire a.

back to top

BAY TIBEBE TETE: Èske fò m bay pitit mwen an tete?

Amwenske yon doktè ta di w pa bay pitit ou tete, yo rekòmande pou tout manman bay pitit yo tete. Lè w ap pran desizyon pou w bay tete gen kèk avantaj pou w konsidere. Men kèk ladan yo:

  • Vitamin ki nan lèt manman an pwoteje timoun nan kont maladi ak enfeksyon.
  • Timoun yo bay tete gen mwens pwoblèm ak enfeksyon nan zòrèy, yo gen mwens pwoblèm respirasyon, mwens pwoblèm ak gratèl ak alèji pase timoun yo bay bibwon.
  • Timoun bay tete gen mwens chans pou yo vin gen opresyon.
  • Lè yon manman ap bay pitit li tete sa ba li yon chans pou l tabli bon jan relasyon ak pitit li. Bon relasyon ak atachman ant manman ak pitit se bagay ki nesesè pou devlopman sosyal ak devlopman mantal yon timoun.
  • Pandan yon manman ap bay pitit li tete sa pèmèt kontak kòt ak kòt ak timoun nan, sa enpòtan anpil nan devlopman sèvo li.
  • Fòmila yo pa gen grès ladan. Grès ki nan lèt manman an ede sèvo pitit la byen devlope.

Avantaj ki gen nan bay tete pou manman an:

  • Manman an senyen mwens apre akouchman an.
  • Vajen li ap retounen pran fòm nòmal li pi rapid.
  • Nan manman ki bay tete gen mwens ladan yo ki vin gen kansè nan sen yo, kansè nan ovè yo ak kansè nan iteris yo.
  • Lè ou bay tete, tan pou w ta fè ap lave bibwon yo, w ap kapab sèvi ak tan sa pou etabli bon relasyon ak tibebe a.
  • Sa ede manman evite maladi nan zo li.
  • Anpil fwa, manman ki bay pitit yo tete pèdi pwa.

Si nou bezwen plis repons sou kesyon nou genyen sou zafè bay timoun tete, rele òganizasyon LA LECHE 1-800-525-3243 oubyen tcheke sit entènèt sa a http://www.lalecheleague.org nan Miami-Dade County nou kapab rele nimewo telefòn ki la pou bay enfòmasyon sou zafè bay tete a: 305-377-7272.

back to top

DANTIS LA AK PITIT OU A: Ki lè pou m kòmanse montre pitit mwen an kouman pou l bwose dan li?

Depi pitit ou kòmanse gen de twa dan, kòmanse ba l bon abitid pou l netwaye dan li yon fwa oubyen 2 fwa pa jou. Bwose dan li ak yon ti twal mouye ki mou oubyen ak yon bwòs a dan pou timoun piti. Sèvi ak dlo sèlman pou w bwose dan pitit ou jiskaske li gen 3 an. Fliyokaril ka fè dan timoun ki gen mwens pase 3 an chanje koulè. Lè pitit ou kòmanse enterese nan bwose dan li, kite li fè sa poukont li, men toujou ede l bwose kote ki pa fasil pou bwose yo.

back to top

DANTIS LA AK PITIT OU A: Ki lè pou pitit mwen an kòmanse al kay dantis?

Pran randevou ak dantis pou pitit ou a lè li gen 1an. Nan pwen sa a dantis la ap tcheke pou l wè si tout dan yo ap byen parèt.

Kou pitit ou gen 3 an, mennen l kay dantis chak 6 mwa. Premye vizit yo se plis pou fè pitit ou abitye ak dantis la. Doktè a ap tcheke pou l wè si pa gen okenn pwoblèm grav tankou dan pouri bibwon lakòz. Doktè a ka rekòmande w pou fè tretman ak fliyokaril lè pitit ou vin gen 3 an, si l panse timoun nan pa gen ase fliyokaril nan dlo timoun nan bwè a.

back to top

DANTIS LA AK PITIT OU A: Ki sa dan pouri bibwon lakòz ye?

Dan bibwon pouri se dan pouri ki nan bouch tibebe. Sa rive lè ou mete yon timoun kouche ak bibwon nan bouch li. Lèt, ji oubyen dlo ka fè ma nan bouch yon timoun, epi sa ka fè bakteri leve nan bouch li epi sa ka pouri dan timoun nan. Byenke yon timoun ki gen dan bibwon pouri, gen pou chanje dan sa yo, sa kapab afekte jansiv li pou tout rès vi li. Poutèt sa, pa janm mete yon timoun kouche ak yon bibon nan bouch li.

back to top

LAFIMEN SIGARÈT NAN VI PITIT OU: Ki sa lafimen sigarèt ka fè pitit mwen an?

Lè yon moun fimen pandan li ansent sa redui valè oksijèn ki aladispozisyon tibebe a. Met sou sa, pwodui chimik ki nan nikotin ki soti nan sigarèt la pase nan san l. Tout bagay sa yo kapab retade devlopman tibebe a. Sa kapab lakòz timoun nan fèt anvan lè l tou, sa ka lakòz timoun nan pa peze pwa nòmal li lè li fèt, sa ka lakòz timoun nan mouri lè li fèk fèt, epi sa ka lakòz timoun nan gen pwoblèm ak sante li lè l fèk fèt.

Si yon moun fimen apre li fin akouche, sa ka yon gwo danje pou sante pitit li. L ap fè timoun nan respire lafimen sigarèt dezyèm men, an menm tan tou l ap trase move egzanp pou timoun nan. Lè yon timoun ap respire lafimen sigarèt lòt moun ap fimen, yo vin gen plis chans pou yo trape enfeksyon nan zòrèy, opresyon, oswa yo gen dwa gen konplikasyon ki fè yo mouri sibit. Se sa yo rele SIDS( Sudden Infant Death Syndrome) la. Pi devan sa ka lakòz timoun nan vin gen kansè nan poumon, maladi kè, ak katarak.

Si w abitye fimen, li ta nan avantaj pitit ou a pou w kite fimen.

Fè tout moun k ap fimen lakay ou fimen deyò. Fè dekwa pou gen bon lè anndan kay la pou timoun nan respire.

back to top

POU KI SA SITÈM IJANS LAN LA: Nan ki sikonstans pou m rele 9-l-1?

Rele 9-1-1

  1. lè yon timoun gen difikilte pou li respire, lè l ap fòse respire, oubyen si gen yon bagay ki ap trangle l.
  2. si timoun nan gen yon atak malkadi.
  3. lè timoun nan gen yon blese ki grav, tankou yon kote nan kò li ap senyen anpil ou byen on kote nan kò li ki fann jis nan zo.
  4. lè li fè yon move reyaksyon.
  5. lè li gen yon dan ki rache oswa ki kase k ap senyen san rete.
  6. lè yon timoun fè kèk segonn anba dlo l ap neye.
  7. lè yon timoun boule yon kote nan kò li ki pi laj pase pwen li.
  8. lè gen yon moun k ap respire lafimen dife toutan oubyen lafimen ki toksik.
  9. lè gen moun blese grav nan tèt li.
  10. lè gen moun ki pèdi konesans.

Si ou sispèk pitit ou a bwè nenpòt pwazon, rele Sant ki kontwole afè pwazon an nan nimewo telefòn gratis sa a: 1-800-222-1222

back to top

SIDS SE LÈ YON TMOUN MOURI SIBIT SAN REZON (Sudden Infant Death Syndrome): Ki sa ki ka lakòz SIDS?

SIDS se lè yon tibebe mouri sibit san yo pa konn pou ki. Se pa yon bagay yo klè sou li, men gen twa bagay ou ka fè pou w pwoteje pitit ou:

  • Pa mete tibebe a kote moun ap fimen.
  • Mete pitit ou a dòmi sou do. Ou fèt pou w mete yon tibebe kouche sou do l pou l dòmi jiskaske l kapab vire poukont li. Ale nan sit entènèt sa a www.nichd.nih.gov/ epi klike sou adrès ki gen afich kanpay "Back to Sleep" la.
  • Wete tout bagay tankou zòrye, gwo lenn, ak jwèt boure kote pitit ou a dòmi. Bagay sa yo ka toufe timoun nan.

back to top

SOUKE TIMOUN JISTAN SA PASE MAL ( Shaken Baby Syndrome): Ki sa

Nan twa premye lane nan lavi yon timoun, li pi fasil pou sèvo yon timoun pran gwo chòk pase sèvo yon granmoun. Youn nan fason yon moun ka domaje sèvo yon timoun se lè yo souke li. Sa ka rive lè moun k ap okipe timoun oubyen paran yo move. Menm si ou pa t pase yon bon jounen nan travay ou oswa lakay ou epi tibebe a ap enève w, PA JAMÈ, JAMÈ SOUKE PITIT OU.

Sa ka domaje sèvo tibebe a tèlman jouk li mouri. Menm si timoun nan rive viv, li ka vin avèg, oubyen li ka vin entatad.

back to top

SOUKE TIMOUN JISTAN SA PASE MAL (Shaken Baby Syndrome): Ki sa pou m fè lè m anvi souke pitit mwen an pou m fè l konprann kèk bagay?

  1. Al mete pitit ou a yon kote ki an sekirite.
  2. Deplase soti nan chanm nan.
  3. Al respire yon ti lè epi poze san w.
  4. Kou w kòmanse gen kontwòl ou sou wou, al rekonekte ak tibebe w la ankò.

Asire ou nenpòt moun k ap okipe tibebe w la konprann egzèsis sa epi yo fè li lè sa nesesè.

back to top

VAKSEN: Pou ki sa mwen oblije fè bay pitit mwen an vaksen? Èske se yon bagay ki gen danje ladan?

Gras a vaksen, valè timoun ki te konn gen maladi tankou, lawoujòl, saranpyon, saranpyon Alman ak polyo vin bese anpil. Lè ou fè bay pitit ou vaksen kont yon maladi, sa vle di kò pitit ou a ap ka reziste maladi a, si maladi a ta vle antre sou li. Vaksen anpeche kèk maladi antre sou timoun. Gen timoun vaksen an ka ba yo ti maladi tankou lafyèv, kò anfle; se ra pou maladi grav antre sou yo akòz vaksen an. Vaksen an ba yo plis pwoteksyon ki pi enpòtan pase ti konplikasyon ki gen nan pran vaksen.

Men ki vaksen pou moun k ap pran swen pitit ou a ba li epi ki lè pou li ba li yo:

Men kote ou ka jwenn orè vaksen yo rekòmande pou pitit ou a pran:
http://www.dadehealth.org/immuniz/immuniz_intro.shtml Depatman sante nan Miami-Dade County
http://www.dadehealth.org/index.shtml

back to top

VIZIT KAY DOKTÈ: Ki lè pou m ta rele doktè a ankò?

  • Si timoun nan ap plede vomi.
  • Si timoun nan gen dyare oswa li konstipe.
  • Si ou pa ka kalme timoun nan.
  • Si l gen mak sou li, si l gen yon konkonm sou li oswa si l grafiyen kò li san ou pa konnen ki jan sa fè rive.
  • Si ou gen dout sou jan pitit ou ap manje.
  • Si ou gen lòt enkyetid sou devlopman pitit ou a ak sante li.

back to top

VIZIT KAY DOKTÈ: Ki lè pou rele doktè nan ka lafyèv?

  • Si yon timoun 6 mwa gen yon tanperati ki pi wo pase 100° F.
  • Lè yon timoun gen yon lafyèv ou pa ka soulaje l.
  • Lè yon timoun gen lafyèv epi li pa ka leve nan dòmi.
  • Lè yon timoun ki gen lafyèv ap kriye lè ou manyen li oswa lè ou deplase li.
  • Lè yon timoun ki gen plis pase 6 mwa gen yon lafyèv 100° F pandan plis pase 2 jou.
  • Lè yon timoun ki gen plis pase 6 mwa gen yon lafyèv 102° degre oswa yon lafyèv ki pi wo pase sa.
  • Lè yon timoun gen lafyèv epi li kagou.
  • Lè yon timoun gen lafyèv epi souf li anlè.
  • Lè yon timoun gen lafyèv epi li gen kolik.
  • Lè yon timoun gen lafyèv epi kou l rèd, li pa ka bese tèt li pa devan epi li pa ka gade limyè ki klere.
  • Lè timoun nan gen lafyèv souvan epi ou pa konn pou ki sa.

back to top

VIZIT KAY DOKTÈ: Si pitit mwen an an sante, pou ki sa pou m oblije kontinye mennen l kay doktè pou yo konsilte l?

Se meyè fason pou pitit ou a toujou rete an bòn sante. Moun k ap pran swen pitit ou a kapab dekouvri pwoblèm sante bonè, anvan sentòm yo vin yon pwoblèm. Epi tou y ap fè sa ki nesesè pou yo bay pitit ou a vaksen li bezwen yo, a lè.

back to top

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.