Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Devlopman kapasite pou aprann
 
Analize kapasite pitit ou dapre etap alfabetizasyon an devlopman

Lè yon timoun ap antre nan jadendanfan, li ta dwe gen konprann 4 lide sa yo:

Lide sou liv:

Èske timoun nan sèvi ak liv jan li ta dwe sèvi ak yo? (Rekonèt po devan ak po dèyè, eksetera). Èske timoun nan rekonèt li dwe kòmanse a goch pou fini a dwat lè l ap li ann anglè? Èske li swiv mo yo atravè tout paj la?

Konesans son lang lan:

Èske timoun nan rekonèt lèt yo ? Èske timoun nan ka jwe jwèt mo ki baze sou rim? Èske timoun nan ka idantifye son ki kòmanse ak son ki fini mo yo? Èske timoun nan ka idantifye diferan son lèt li tande nan yon mo?

Konpreyansyon lekti:

Èske timoun nan kapab repete yon istwa egzakteman jan li te tande l anvan an? Èske timoun nan ka rekonèt moun yo ki nan istwa a? Èske timoun nan ka devine sa ki pral pase nan istwa a?

Atitid timoun nan pou lekti:

Èske timoun nan ka di ki liv ak ki otè li pi renmen? Èske timoun nan fè konnen li ak ekri se aktivite li pi renmen?

back to top

Devlope kapasite pou aprann bonè ak lide matematik

Pou timoun piti, matematik pi plis pase konte ak adisyone. Nou ka jwenn lide matematik toupatou nan lavi chak jou timoun nan si nou pran tan chache yo. Kidonk, nou ka jwenn matematik pa egzanp nan fè manje, nan bati ak blòk, nan mizik, nan prepare kouvè epi nan fè jwèt boutik.

Men ki fason nou kapab prepare kapasite timoun piti pou matematik:

  • Mete konte nan tout sa n ap fè timoun nan aprann; sèvi ak bagay ki ka enterese l.
  • Ofri l aktivite pou mete bagay ki matche yo ansanm.
  • Ofri l bokit, sak, ak bwat pou pote bagay, jete bagay ak separe bagay.
  • Pale de fòm bagay ki nan anviwonman li chak jou nan tout aktivite chak jou.
  • Ankouraje refleksyon ki gen sans nan poze keksyon ki pa gen yon sèl repons pou ka fè timoun nan jwe plis epi panse plis.
  • Fè konparezon bagay ki opoze nan jwe ak konvèsasyon; egzanp, gwo ak piti.
  • Ankouraje l patisipe nan diferan estil mizik.

back to top

Devlope kapasite pou aprann bonè ak mizik

Mizik sèvi avèk mouvman ak amizman pou kapte atansyon ak imajinasyon timoun. Byen bonè nan lavi, timoun ka kenbe nan memwa yo rim pou gadri, chan kout, powèm, ak chante. Sa se yon rapò enpòtan ant langaj pale ak langaj ekri. Lide rim, rit, repetisyon vokabilè, ak istwa ki gen estrikti repetisyon ankouraje rapò sa a. Lè nou sèvi avèk mizik ak chante kòm mwayen pou fè timoun nan fè aktivite ki devlope kapasite pou aprann bonè, sa tonbe daplon nan enterè natirèl timoun nan. Lè nou konbine pati aprantisaj mizik ak langaj, esperyans sa yo vin gen sans pou timoun nan k ap aprann konprann anviwonman li.

back to top

Devlope kapasite pou aprann bonè nan fè liv

Kreye kèk esperyans ki gen sans atravè fè liv (Mercy Nyman):

Paran ka kreye liv ki ankouraje rapò ant timoun yo ak liv la, liv ki gen sans pou yo. Timoun aprann mo yo gen sans lè yo konekte mo vèbal ak mo ekri - sa se kòmansman alfabetizasyon. Lè w mete timoun nan nan liv la, sa ba l yon opòtinite aprantisaj ki gen plis sans toujou.

  • Rasanble foto ki montre timoun nan nan diferan aktivite tankou jwe, dòmi epi manje.
  • W ap bezwen papye, sizo, kreyon desen, makè ak lakòl pou aktivite sa a.
  • Lè timoun yo gran ase, pale avèk yo pou jwenn mo aksyon ak repons foto yo.
  • Ekri sa ou konprann nan repons timoun nan nan chak paj ki gen foto.
  • Plastifye paj yo, kouvri yo ak plastik klè oswa mete yo nan ti sache plastik ki gen zip, pou nou ka sèvi ak yo san pwoblèm.
  • Mare paj sa yo ou pwoteje ak plastik la ak riban, fil, oswa lasèt, pou timoun yo ka li paj yo tankou nan liv.

Men kèk egzanp liv ak ide ki mache ak laj. Pa limite tèt ou ak sa nou bay la a; kreye anpil paj pou liv ou yo. Rezilta a se va liv y ap ancheri pou lavi.

Pa egzanp, yon liv pou tibebe piti ka ekri kon sa:

  • Lamar ap dòmi. (Mete foto timoun nan k ap dòmi.)
  • Rachel ap manje. (Mete foto timoun nan k ap manje.)
  • Christopher ap rale. (Mete foto timoun nan k ap rale.)

Pa egzanp, yon liv pou timoun ki gen ant 1 an ak 3 an ka ale kon sa:

  • Jimmy ap kouri ak Erik. (Mete yon foto ki dekri aksyon an.)
  • Lorena ap pran swen tibebe l la. (Mete foto Lorena k ap jwe ak yon poupe.)
  • Jose anbrase manman l. (Mete foto timoun nan k ap anbrase manman l.)

Paske yon timoun preskolè ka deja montre li gen kapasite pou l kòmanse ekri byen bonè - pa egzanp wonn, liy, ak fòm - kite timoun nan pran paj nou kreye yo pou li. Fè timoun nan ekri sa li vle poukont li oswa kite l di w sa pou w ekri. Nan moman sa a, li enpòtan pou w pa korije timoun nan lè l ap sèvi ak òtograf li envante oswa mo ki mal eple. Lè w ankouraje timoun nan epi tou ou respekte premye efò li yo, sa ankouraje renmen pou lekti atravè redaksyon.

Pa egzanp, yon liv timoun preskolè ka ekri kon sa:

  • M ap voye boul la. (Ajoute yon foto timoun nan k ap voye yon boul.)
  • Mwen se gran sè Jennifer. (Ajoute yon foto timoun nan ak sè li.)
  • Mwen nan yon bèl fanmi. (Ajoute yon foto fanmi an.)
  • Ou pral jwenn pi ba a kèk paj ki pral ba w yon ide sa liv sa a ka sanble:

    back to top

    Fason pou chwazi yon liv pou timoun

    Chache kalite liv sa yo pou tibebe:

    • Liv sou lide oswa liv ki gen ti istwa senp.
    • Liv ak paj an plastik oswa paj an katon.
    • Yon paj pa dwe gen twòp bagay ladan.
    • Foto ki gen diferans.
    • Pa anpil mo nan yon paj.
    • Foto ki reyèl.

    Chache kalite liv sa yo pou timoun ki gen ant 1 an ak 3 an:

    • Liv ak paj an katon.
    • Fraz senp.
    • Rim ak chante.
    • Foto reyèl.
    • Lekti ritme ki fèt an rim.

    Chache kalite liv sa yo pou timoun preskolè:

    • Istwa ki gen tèm ak mesaj pi konplike.
    • Plis mo.
    • Liv ki gen chapit pou li nan lè kabann.
    • Tèm ki gen rapò ak sa ki enterese timoun.

    Liv rechèch tankou yon diksyonè sou dinozò.

    back to top

    Gen moun ki di m yo pa konprann sa ti pitit twazan m nan ap di, men mwen, mwen konprann li. Èske sa ta sipoze enkyete m.

    • Lè yon timoun nan laj twazan, moun ta sipoze konprann li laplipa ditan. Sepandan, timoun nan laj sa a ap devlope toujou epi se lè sa a tou y ap kòmanse metrize son kidonk yo gen dwa poko metrize tout son nan lang nan, espesyalman konsòn tankou "r", "l", "th" ak "s". Kon sa, pawòl yo pap fin sa nèt. Yo ta dwe ap fè fraz ki gen twa mo oubyen plis.
    • Pafwa manman pitit oubyen moun k ap gade l la kapab konprann sa timoun nan ap di nan gade jan li fè figi li, mouvman l ap fè tankou kote l ap lonje dwèt li epi nan tande son y ap pouse. Sepandan, li enpòtan pou ou menm epi pou lòt moun tou ta konprann pifò bagay timoun twazan an w lan ap di.
    • Si gen kèk bagay ki enkyete w sou kesyon devlopman pitit ou a nan kesyon lang , klike la a: "Mwen gen kesyon sou pitit mwen an"
    Sit entènèt pou referans: http://www.asha.org/speech/development

    back to top

    Gid pou elve yon timoun bileng

    1) Fè sa ki alèz pou wou ak fanmi w. Kèk paran ak moun ki gade timoun pi alèz lè yo pale plis pase yon lang; kèk lòt pa kon sa. Chak fanmi gen bi, fòs ak resous pa yo.

    2) Fè timoun nan tande lang w ap ankouraje yo pale a anpil. Se an jwèt kon sa timoun aprann. Chache anpil okazyon pou chante, jwe epi tou li nan lang w ap ankouraje yo.

    3) Ankouraje devlopman langaj san w pa bay timoun nan presyon. Pa pini timoun nan si li pito sèvi ak yon lang pase yon lòt. Lè w ankouraje efò timoun nan epi tou ou sipòte devlopman l nan renmen ak sou fòm jwèt, ofiamezi timoun sa a ap aprann konprann epi apresye plis pase yon sèl lang.

    back to top

    Inisyativ nasyonal pou alfabetizasyon
    • Lwa yo rele “Pa neglije yon grenn timoun” (No Child left Behind Act) la . Prezidan an te siyen lwa sa a an 2003. Yo te vote l pou ede tout timoun aprann pi byen lekòl. Lwa sa a vini ansanm avèk anpil lòt inisyativ tankou “Pare pou li/Pare pou aprann” (Ready to Read/Ready to learn); Premyè Dam nan patwone inisyativ sa a. (www.whitehouse.gov/firstlad/initiatives/readoreadoverview).
    • “Fondasyon Barbara Bush pou alfabetizasyon fanmi” (Barbara Bush Foundation for Family Literacy). Fondasyon sa a konsidere alfabetizasyon tankou yon bagay de valè pou chak fanmi. www.barbarabushfoundation.com
    • “Sant nasyonal pou alfabetizasyon fanmi ” (National Center for Family Literacy)(NCFL) . Sant sa a se yon lidè nan alfabetizasyon fanmi. Teknik ki vize diferan jenerasyon, pote sèvis devlopman pwofesyonèl, rechèch ak analiz politik. NCFL antrene plis pase 5000 moun chak ane pou fè alfabetizasyon, epi tou li fè efò pou defann dwa anpil lòt moun nan travay li pou fè alfabetizasyon rive jwenn tout fanmi nan tout peyi a. www.famli.org
    • “Ou pa ka pa li” (Reading is Fundamental)(RIF) . Yo fonde inisyativ sa a an 1966. Li moute pwogram alfabetizasyon pou timoun ak fanmi yo. Pwogram sa yo prepare timoun piti pou yo aprann li epi tou li motive timoun ki pral lekòl pou yo li plis. www.RIF.org
    • “Youn ede lòt li” (Reach Out and Read) (ROR) . Òganizasyon sa a mize sou bon jan relasyon doktè yo genyen ak paran timoun piti yo pou sipòte devlopman langaj ak alfabetizasyon timoun yo. www.reachoutandread.org
    • “Etazini ap li” (America Reads). Òganizasyon sa a fè konnen fanmi se baz solid ki fè timoun aprann li byen. Yon bon paran bay pitit li bon levasyon nan pale, li, chante, resite pwezi pou timoun nan. Aksyon sa yo ede elve yon timoun ki vin renmen li. Lanmou pou lekti kòmanse depi lakay. Òganizasyon sa a ka ba wou gid ak resous pou w ka vin premye pwofesè pitit ou ak pi bon pwofesè li. www.ed.gov/inits/americareads
    back to top

    Keksyon yo plis poze konsènan timoun bileng yo

    Èske aprann 2 lang ka fè piti mwen an an reta?

    Pafwa diferan etap langaj timoun ki pale 2 lang yo ka parèt an reta nan ti laj piti yo lè kapasite langaj la toujou an devlopman. Men, timoun bileng yo genyen potansyèl pou rive nan menm etap langaj menm jan ak timoun parèy yo ki pale yon sèl lang. Kit fanmi an bileng, kit li pa bileng, paran yo oswa moun k ap pran swen timoun nan ka ankouraje devlopman langaj avèk bon jan aktivite rich ansanm ak timoun nan tankou chante ak li ansanm.

    Èske aprann 2 lang ka twòp pou pitit mwen an?

    Timoun toupatou sou latè twouve yo an fas diferan kalite lang san yo pa santi yo bouke oswa touble. Lè paran yo ak moun k ap pran swen timoun yo kominike avèk yo nan lang yo pi konnen an epi yo santi yo pi alèz la, yo plis ka fè kèk aktivite ak timoun yo ki gen anpil sans tankou chante, jwe, epi li. Reyaksyon sa yo ant granmoun nan ak timoun nan fòme baz pou devlopman langaj la nan premye ane yo ki enpòtan anpil.

    Lè pitit mwen an ap soti nan yon lang antre nan yon lòt, èske li touble?

    Antre soti nan 2 lang mande pou konprann toulede lang yo byen. Sa pa yon siy konfizyon pou sa. Men, sa ka montre pito, pitit ou a santi l alèz nan chache konnen ak pale toulede lang yo.

    back to top

    Ki lè pitit mwen an ap kòmanse pale?

    • Timoun kòmanse kominike depi lè yo fèk fèt. Yo kriye pou yo di w yo bezwen yon bagay oubyen yo vle yon bagay. Yo kominike tou ak ti souri, nan mare sousi yo, nan fè bri ak gòj yo, nan fè mouvman ak kò yo epi nan fè jès ak men yo.
    • A kat mwa tibebe a ap remèt tout son vwayèl yo tankou "a" "o" epi yo gazouye pou yo kab jwenn atansyon moun.
    • A ui mwa tibebe a ap sèvi ak silab souvan tankou "papa" "manman" "tata" oubyen "nana". Anplis li pral eseye imite son ou fè.
    • A di mwa tibebe a kab repete silab tankou "pa-pa-pa" epi li kab kòmanse di premye pawòl ki gen sans ant 10 mwa ak 12 mwa. - 12 months.
    • A 12 mwa tibebe a kapab di de mo tankou "mama" oubyen "papa", epi li kab melanje bon mo ak mo ki pa fin gen bon sans. Mete sou sa li pral kòmanse imite mo li familye ak yo. Li pral itilize mo pou li di sa li ta renmen. Sa li bezwen oubyen mo ki kab fè l jwenn atansyon.
    • A 18 mwa rive - 24 mwa tibebe a ap kòmanse fè kèk ti fraz kout ki pa konplè. L ap mete de oubyen twa mo ansanm tankou "Kote chat?" oubyen "Ale babay?"

    back to top

    Ki pawòl pitit mwen an konprann?

    • Tibebe w la pap konprann pawòl nan bouch o kòmansman, men l ap konprann ton vwa w. Jan w souri epi akolad w ap ba li.
    • Pou w si pitit ou a kapab tande w, gade pou wè si li sote lè gen bri ki fèt toudenkou, gade pou wè si li leve lè gen gwo bri ki fèt, epi si li vire gade kote yon son ap soti. Li enpòtan anpil pou timoun nan gade w lè w ap pale.
    • Lè pitit ou a ap grandi, li ap kòmanse konprann sa mo yo vle di lè ou ap itilize yo souvan. Li enpòtan anpil pou pale ak pitit la
    • Lè tibebe a ap vin pi gran, li pou pitit ou a chak jou epi pale ak li de sa w ap fè, ki kote w prale epi ki sa ki pral rive.

    back to top

    Ki pawòl pitit mwen an ta dwe kòmanse di nan laj sa a?

    Yon prensip pou nou toujou sonje:

    • A ennan timoun nan ap kòmanse pawòl ki gen yon mo sèlman.
    • A dezan tibebe w la ap sèvi ak pawòl ki gen de mo.
    • A twazan ti bebe a ap sèvi ak pawòl ki gen twa mo ladan yo.
    • A katran tibebe w la ap itilize fraz ki gen kat a senk mo.
    • A senkan li ap itilize fraz ki konplè ki gen senk oubyen si mo.

    back to top

    Ki sa alfabetizasyon an devlopman ye?

    Alfabetizasyon an devlopman konsidere alfabetizasyon an tankou yon devlopman kontinyèl ki kòmanse depi lè timoun nan fèt. Alfabetizasyon an devlopman konsantre sou lekti, koute, pale ak ekri. Alfabetizasyon an devlopman fè konprann timoun ki leve nan yon anviwonman ki rich ak literati epi ki patisipe nan kèk bon aktivite ansanm ak paran yo oswa ak moun k ap pran swen yo, li pi fasil pou timoun sa yo devlope kapasite literè ki solid. Alfabetizasyon an devlopman rekonèt gen yon koneksyon ant langaj pale ak langaj ekri timoun yo rankontre depi lè yo fèt jouk lè a rive pou yo kòmanse li.

    Edikatè yo pase anpil ane ap diskite sou ki fason ki pi bon pou montre timoun li: metòd fonik lan oswa metòd langaj global. Metòd fonik lan asosye son langaj yo ak tèks ekri, epi li montre timoun yo li lè yo swiv yon seri lwa son pou yo li mo yo. Metòd langaj global la sèvi ak mo ekri ki konekte youn ak lòt pou montre timoun yo li. Metòd sa a ankouraje timoun yo pou yo rekonèt mo yo ann antye epi tou pou yo fè aktivite pratik, tankou ekri nan jounal ak analize mo yo nan kontèks kote yo sèvi ak yo a.

    Depi an 1950 yo sispann sèvi ak metòd tradisyonèl fonik lan pou ranplase l avèk metòd gade-repete modèl la pou ede timoun yo aprann li. Edikatè yo vin konprann rezon ki fè kèk ti moun pa kab li ak ekri byen an se paske yo pat janm montre yo pwononse tout lèt yo. Kidonk, metòd fonik lan vin pran elan ankò.

    Jouk jounen jodi a deba a kontinye toujou. Anpil espè vin konprann yo ta dwe sèvi ak toulede metòd yo.

    back to top

    Kouman mwen kab fè konnen ki sa pitit mwen an kapab di epi ki sa li ta dwe konprann a laj sa a?

    • Pale yon lang gen de aspè: konprann lang nan yo rele aspè reseptif epi pale lang nan yo rele aspè espresif. Pou yon timoun devlope nòmalman, toulede aspè ta dwe devlope ansanm epi nan menm nivo.
    • Se lang ki diferansye moun ak bèt toutbon vre. Se yon zouti ki mache kole kole ak aprann epi ak lekti ak ekriti. Nan pale lang gen konprann sa yo di a epi gen kapab reponn sa yo di w la. Se kon sa yon moun vin kapab fè lòt konnen sa yo vle, sa yo bezwen ak lide ki nan tèt yo nan yon kontèks sosyal, Pawòl vle di kapasite timoun nan pou li pale epi pou li itilize son ki nan yon lang pou li di sa li panse. Depi nan laj twazan timoun nan kab kòmanse pale pawòl nenpòt etranje kab konprann.
    • Pale yon lang nòmalman (Konprann li epi pale li) devlope menm jan pou tout timoun. Gen kèk pwen kle ou kapab itilize pou kab konpare nivo devlopman pitit ou nan lang.
    • Lè tibebe a fèk fèt rive nan twa mwa.
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Tibebe a tande pawòl.
    • Li leve lè gen gwo bri ki fèt.
    • Li vire gade w lè w pale.
    • Li ri lè yo pale ak li.
    • Li sispann sa l ap fè a pou li tande vwa li poko rekonèt.
    • Li pale.
    • Li repete menm son an anpil (tankou koukou gougou).
    • Li kriye yon jan pou chak bagay li bezwen.
    • Li ri lè li wè w.
    Twa mwa rive si mwa
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li konprann lè yo di "non" epi li konprann chanjman nan ton vwa moun.
    • Li chèche konn kote son nouvo ap soti (Tankou son vakyòm, sonèt epi bri chen).
    • Li remake jwèt ki fè son.
    • Li koute son k ap jwe.
    • Li sispann sa l ap fè a pou li koute yon vwa li pa familye ak li.
    • Li pale.
    • Li fè son ki tankou pawòl chak jou tankou "p", "b" ak "m".
    • Li fè son ki sonnen tankou pawòl nan gòj lè l ap jwe pou kont li epi lè l ap jwe ak ou.
    • Li sèvi ak son oubyen ak jès pou li di w sa li vle pou fè.
    • 6 mwa rive 9 mwa
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li renmen jwèt tankou koukou gade yon ti pitit.
    • Li koute lè yo pale ak li.
    • Li vire gade lè w rele non li.
    Pale
    • Pawòl tibebe a gen plis pase yon silab, se pawòl tankou "tata lala babababa".
    • Li di pawòl oubyen son ki pa tankou son kriye pou li ka jwenn atansyon.
    • 9 mwa rive 12 mwa
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li rekonèt mo pou bagay toulejou "gode" "soulye" "ji".
    • Li kòmanse reponn lè yo di l fè yon bagay ("Vin jwenn mwen," "Ou vle plis).
    Pale
    • Li imite diferan pawòl li tande.
    • Li gen youn oubyen de mo nan vokabilè l ("Babay," "Papa," "Manman," "Non").
    12 rive 18 mwa
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li lonje dwèt li sou foto nan yon liv lè yo di non bagay la.
    • Li lonje dwèt sou kèk pati nan kò moun lè yo mande l pou li fè sa.
    • Li fè sa yo mande l fè si bagay la senp ("Chita," "Lage").
    Pale
    • Chak mwa li vin gen plis mo nan vokabilè l.
    • Li sèvi ak kesyon ki gen yon mo oubyen de mo ("Kote mimi," "Ale babay,").
    18 mwa rive 24 mwa
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li fè sa yo mande li pou li fè a si li senp ("Woule boul la, "Bo pitit la").
    • Li konprann kesyon ki senp ("Ki kote soulye ou ye?").
    • Li prete plis atansyon lè y ap li ti istwa senp pou li, lè y ap chante pou li epi lè y ap di pawòl ki gen vè pou li.
    Pale
    • Li kòmanse mete de mo ansanm("Plis bonbon," " Ji non").
    • Li kòmanse sèvi ak anpil konsòn nan kòmansman mo li di yo.
    • Di non sa li vle a (poupe, boul, bonbon).
    24 mwa rive 36 mwa (dezan rive twazan)
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li konprann diferans ki genyen nan sans pawòl tankou ("ale-rete," "anndan-deyò" "gwo-piti").
    • Li remake son (telefòn k ap sonnen, televizyon k ap jwe, bri pòt y ap frape).
    • Li fè de bagay yo di l alafwa ("Pran liv la epi mete li sou tab la.").
    Pale
    • Li gen yon mo pou prèske tout bagay.
    • Li sèvi ak fraz ki gen de ou twa mo pou l mande sa li vle.
    • Moun ki abitye tande l konprann sa li ap di.
    36 mwa rive 48 mwa (twazan a katran)
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li tande w lè w pale ak li pandan w nan yon lòt chanm.
    • Li kab tande radyo ak televizyon nan menm volim ak lòt moun nan fanmi an.
    • Li konprann kesyon ki gen yon sèl mo, tankou :"kilès," "ki sa," "ki kote"..
    Pale
    • Li pale de aktivite ki fèt nan lekòl la oubyen sa ki fèt lakay zanmi li.
    • Li pale byen fasil san li pa bezwen repete yon silab oubyen menm mo a.
    • Moun ki pa abitye ak timoun nan kapab konprann lè li pale.
    • Li sèvi ak anpil fraz ki gen kat mo oubyen plis.
    48 mwa rive 60 mwa
    Sa li tande ak sa li konprann.
    • Li tande ti istwa kout epi li reponn ti kesyon senp sou istwa a.
    • Tout moun ki konn timoun nan konnen timoun nan tande byen.
    • Li tande epi li konprann pifò pawòl li tande lakay li epi nan lekòl.
    Pale
    • Vwa li byen klè tankou vwa tout lòt timoun.
    • Li sèvi ak fraz ki gen anpil detay (tankou " Mwen renmen li liv mwen an").
    • Li rakonte istwa ki chita sou yon sijè.
    • Li kominike fasil ak granmoun epi ak lòt timoun.
    • Li remèt pifò son nan lang nan byen eksepte l, s, r, v, z, c, h, sh, th..
    • Li sèvi ak gramè lang nan tankou granmoun.
    Enfòmasyon pou kesyon sa a soti dirèkteman nan: http://www.asha.org/speech/developent/dev_milestones.ctm
    And Florida Department of Education, (1999). "Welcome to the world: An overview of your growing child." Tallahassee, Fla.

    back to top

    Kouman pou m fè konnen si pitit mwen an ap aprann epi ki sa mwen kab fè pou m ede l?
    Tibebe w la ap devlope chak jou. Tout timoun pa devlope menm jan, ni tou yo pa gen menm karaktè. Pi bon fason pou wè si pitit ou ap byen devlope se pou w obsève lè li kontan epi li sou san li. Gen de bagay pou chèche obsève pandan jounen an. Pa enkyete si w pa wè tout sa pou w ta jwenn yo. Pa ezite mande pedyat la oubyen pwofesè nan kote y ap gade l la si gen yon aspè nan devlopman pitit la ki enkyete w. Jwi pitit ou a pandan l ap grandi epi gade kouman l ap chanje pandan jou ap pase. Tibebe aprann teknik vit.

    Lè li fèk fèt rive 3 mwa

    Men kèk bagay ou ka remake:

    • Li suiv bagay ak je li-li kab kontan anpil lè li wè jwèt li pi pito a, men l ap fè anpil tan l ap remake ti bagay piti.
    • Li koute son - li vire tèt lè li tande son.
    • Li rekonèt figi - li kontan wè w lè w parèt.
    • Premye son yo -li kòmanse ap di koukou nan zòn twa mwa, si pitit la pa fè sa fè doktè a konnen.
    • Kè li kab kontan anpil lè li pral manje oubyen lè li pral fè lòt bagay li abitye fè.
    3 mwa rive - 6 mwa

    Lè timoun nan ap devlope, l ap sosyab. Kòdinasyon pitit la ap amelyore de jou an jou. Se chak jou w ap wè jan pitit ou a ap devlope epi jan l ap grandi. Sa a se yon moman ou kab jwi ak pitit ou a. Pase tan ak pitit la, karese li, fè ti son dous pou li, satiyèt li, souri pou li, epi pale ak li.

    Men sa pou w siveye:

    • Konsantrasyon - li kòmanse ap Egzaminen bagay de prè.
    • Gou li -li kòmanse montre sa li renmen ak sa li pa renmen. Sa l renmen li lonje men l pran l. Sa l pa renmen li vire do ba li.
    • Sèvi ak de men -li kòmanse sèvi ak de men li pou li pran bagay ki gwo tankou boutèy.
    • Vire sou lòt bò - timoun nan kapab woule sot sou vant al sou do pandan l ap jwe oubyen pandan y ap chanje kouchèt sou li.
    • L ap chache konnen - li mete bagay nan bouch li.
    • Rekonèt moun li abitye - li vire gade w lè w pale epi kè li kontan.

    Bibliyografi:
    Brazelton, Dr. T. Berry. "Touchpoints: Your Child's Emotional and Behavioral Development." Reading, Mass.: Perseus Books, 1992
    Cooper, Dr. Carol. "The Baby and Child Question and Answer Book." London, England: Dorling Kindersley Book, 2000
    Reisser, Dr. Paul C. "Baby and Child Care." Wheaton, Ill.: Tyndale House Publishers, 1997

    6 mwa rive 9 mwa

    Se a laj sa a pèsonalite pitit la kòmanse ap fòme. Ou kab remake li kòmanse ap devlopman tout jan. Chak jou k pase ou gen prèv pitit la ap aprann plis bagay toujou. Li kòmanse ap chache chita epi rete dwat. A laj sa a tibebe kòmanse rekonèt moun yo konnen ak moun yo pa konnen. Pafwa yo konn pè etranje. Konpòtman sa a montre w tibebe a prefere moun ki pi pwòch li tankou paran epi granmè ak granpè li. Youn nan devlopman ki kab fè plis plezi se nouvo son pitit ou a kòmanse ap pouse. Pran plezi w nan repete son pitit la ap fè. Ret tann li reponn ou.

    Men sa pou w siveye:

    • Li lonje men li dèyè bagay epi li pran yo.
    • Li chache pale ak foto l nan glas la.
    • Li pran yon bagay nan yon men mete nan lòt men.
    • Li gade lè w site non li.
    • Li ka al chache yon boul li pa wè.
    • Li pale ak tèt li lè l pou kont li.
    • Li kab rive jwenn you jwèt ki kouvri anba yon twal.
    9 mwa rive sou 12 mwa

    Mouvman se fason pou yon moun ta dekri etap sa a. Timoun nan pral rale, deplase rapid e pafwa li kab menm mache. Tibebe a ap mamòte epi li ap "pale" an jès. Timoun kòmanse ap konprann sa ki rele pran chòk-sètadi yo kòmanse wè kouman bagay yo ye. Yon lòt gwo pa yo fè ankò se konprann jan bagay ak moun la pou lontan. Sètadi bagay oubyen moun ki ale ap retounen ankò. Jwèt ki fèt kote w ap sere yon bagay oubyen kote yon moun ap kache montre tibebe a konsèp sa a byen. Youn nan pi gwo zouti ki genyen pou montre timoun se imitasyon. Jwe jwèt ki mande ti imitasyon senp ak pitit la tankou mete dwèt ou sou nen w epi file lang ou.

    Men kèk bagay ou ka remake:

    • Li konprann pou ki sa chak bagay la (tankou, kiyè se pou manje, tchatcha fè bri lè ou souke l).
    • Li kòmanse chache manyen bagay plis pase li foure yo nan bouch li.
    • Li kòmanse reponn ti kesyon senp (ak jès).
    • Li imite mouvman ki mande yon repons.
    • Li chache bagay li pa wè.
    • Li fè bagay senp yo mande l fè.
    • Li renmen gade liv ki gen foto.
    • Li renmen ti istwa ak chante pou timoun.
    12 mwa rive-18 mwa

    Youn nan pi gwo devlopman nan laj sa a se atachman. Pitit la ap deplase kite w, men li pap kite w deplase kite l. Se timoun ennan rive ennan edmi ki aji kon sa. Sitiyasyon an kab difisil akòz de tristès pitit ou a kab genyen lè w ap deplase. Chak fwa w ap deplase fè timoun konnen w ap tounen. Fè sa menm si w ap deplase pou kenz minit sèlman. Chak fwa ou retounen pitit la ap fè w plis konfyans. Kon sa piti piti, timoun nan ap aprann kouman pou li kontwole atachman l. Anbrase pitit la epi karese li. Pran plezi nou nan gade liv epi li liv ansanm.

    Men kèk bagay ou ka remake:

    • Li renmen defèt tout bagay.
    • Li gade yon moun k ap pale ak li.
    • Li kab konnen diferan pati nan kò l.
    • Li lonje dwèt li oubyen li pale pou li mande sa li vle.
    • Li kab idantifye objè ki nan yon liv.
    • Li kapab konprann epi li kab fè ti bagay senp yo mande l fè.
    • Li imite bèt.
    • Vokabilè l gen ant 16 a 20 mo.
    • Li pa kab konsantre twòp.
    • Li kirye anpil
    • Li trè enterese nan chache konnen ki sa ki lakòz chak bagay.
    • 18mwa rive - 24 mwa
    A laj sa a timoun ale san rete epi yo devlope toudenkou. Yo kòmanse ap fè anpil bagay pou kont yo, tankou mache, kouri epi grenpe bagay avèk ladrès. Se a laj sa a yo vrèman imite. Jwe wòl se youn nan aktivite yo pi prefere. Nan laj sa tou yo kòmanse vle ret bò kote timoun parèy yo-youn ou de kont. Se a laj sa a y ap kòmanse aprann konn tèt yo ak relasyon yo ak lòt moun. Timoun laj sa a ap jwe bò kote lòt timoun, men yo p ap jwe ak lòt timoun yo dirèkteman. Se yon bagay tout timoun fè. Imitasyon vin yon gwo zouti pou yo aprann. A laj sa a timoun kòmanse pa anvi fè sa ou mande l pou l fè, e yo vin pi endepandan. Se pou ou menm ak pitit ou pran plezi nou ansanm. Jwe ak pitit la ak jwèt li yo.

    Men kèk bagay ou ka remake:

    • Li montre preferans li genyen pou sèten jwèt.
    • Li imite sa yon lòt timoun ap fè.
    • Li kòmanse poze kesyon epi li kòmanse di non bagay li vle.
    • Vokabilè l gen kèk santèn mo, epi li konn jwèt li yo tou.
    • Li sèvi ak fraz ki gen de oubyen twa mo.
    • Li kab fè bagay senp yo mande li pou li fè.
    • Li fredone chante epi li eseye chante.
    • Li renmen chante chante li konnen.
    • Li tande ti istwa pou timoun epi li gade lè w fè dwèt ou danse devan je l.
    • Talks to self and " jabbers" expressively.
    • Li ap chache konnen tout bagay e li ap manyen tou bagay.
    • Li renmen ti jwèt fè sanblan.
    24 mwa rive 36 mwa

    Mo endepandans lan se mo kle a pou dekri laj sa a. Timoun dezan ta renmen fè yon bagay pou kont yo yon moman, apre sa yo ta renmen ou fè bagay sa yo ak yo. Yo aktif anpil-di moman yo louvri je yo jiskaske yo al dòmi. Jwe ak pitit la epi jwi pitit la. Chache konnen nouvo kote ak nouvo bagay ansanm.

    Men kèk bagay ou ka remake:

    • Li kab fè yon ti konvèsasyon kout.
    • Li kab di non plizyè objè.
    • Li chèche konn sa k lakòz tout aksyon.
    • Li kòmanse wè gen yon rezon dèyè chak bagay.
    • Li kòmanse gwoupe bagay nan lespri li, tankou bèt, machin epi manje.
    • Li mande anpil kesyon.
    • Li konprann sa pou li fè, lè yo di l fè li an de fraz
    • Li kòmanse fè pwòp chwa pa l.
    • Li di non jwèt li yo.
    • Li enterese nan aprann kouman pou li itilize bagay toulejou.
    36 mwa rive 48 mwa (twazan rive katran)

    A laj sa a timoun nan ap kite mòd gate timoun dezan yo pou li vin koopere ak granmoun plis lè li nan zòn twazan. Imajinasyon yo kòmanse devlope nèt. Pitit ou a ap kòmanse gade tout moun ki nan anviwonman li yon nouvo fason. Timoun nan ap kòmanse jwe wòl ak jwèt li yo epi ak lòt bagay. Timoun nan aprann plis nan jwèt. Timoun nan pral eseye plizyè teknik epi l ap detèmine ki sa ki pi bon pou li. Li kòmanse ap aprann li se yon èt sosyal. Li enterese nan fè egzèsis epi li renmen monte bisiklèt anpil epi li renmen monte eskalye epi desann eskalye. Li renmen fè yon aktivite plis pase yon fwa oubyen yo kab renmen monte yon bagay epi demonte l, tankou ranje yon jedpasyans epi deranje l. Sa a se yon bagay k ap vin enpòtan lè pou pita y ap vin konprann jan bagay chanje oubyen jan li rete menm. Sè pou ou menm ak pitit la pran plezi nou nan jwe deyò epi fè mouvman ak li: kouri, jwe boul eksetera.

    Men kèk bagay ou ka remake:

    • Li renmen fè chwa ki senp.
    • Li fè fraz ki konplè.
    • Li renmen istwa li familye ak yo kote yo repete mo yo epi yo pa chanje lòd istwa.
    • Li kab tande yo li ti istwa kout ak liv pou li.
    • Li kapab idantifye ti istwa senp ki nan liv ki gen foto.
    • Li veyatif epi li kirye.
    • Se tout tan l ap poze kesyon tankou "pou ki sa"?
    • Li renmen Devinèt ak kont.
    • Li kab fè plis pase de bagay yo mande li pou li fè.
    • Li konprann nan ki lòd sèten bagay fèt.
    • Li kòmanse konprann sa lè ye.
    • Li kapab chwazi koulè ki ale ansanm ak bagay ki gen menm fòm.
    • Li kòmanse rekonèt gwosè, fòm ak koulè.
    • Li chante chante ki ale ak jwèt li jwe sou dwèt (tankou sa a di manman mwen grangou…).
    • Li konn lè li aswè ak lè li jou.
    • Li renmen tande ti istwa kout.
    • Li enterese nan bagay ki menm ak sa ki pa menm.
    • Li kab konte de oubyen twa bagay.
    • Li kab jwenn plas pyès yon jedpasyans sis pyès.
    48 mwa rive 60 mwa (katran -rive senkan)

    Timoun laj sa a santi yo annuiye si yo pa kab fè yon bagay. Devlopman yo nan kesyon lang pran tout vitès li epi yo renmen pale. Yo pran plezi nan tande istwa ki estwòdinè epi imajinasyon yo vin depase lavi a. Nan laj sa a timoun nan gen yon pakèt enèji epi Yo toujou ap eseye bagay ki nouvo Nan laj sa a timoun pa pè twòp bagay kidonk fòk yo siveye yo depre. Etan timoun yo pataje kè kontan yo jwenn nan dekouvèt pa yo a ak lòt moun.

    Men bagay pou nou siveye:

    • Li konprann aktivite toulejou epi li di ki sa k ap fèt an premye e sa k ap vin apre.
    • Li mande kesyon tout tan pou li kab jwenn enfòmasyon.
    • Li fè fraz ki konplike.
    • Li enterese nan diferans ant lavi ak lanmò.
    • Li enterese konn kouman tout bagay mache.
    • Li gen anpil lide.
    • Li kab fè menm aktivite a pou 10 a 15 minit.
    • Li kòmanse yon lide sou sa chif ye, sa gwosè ye, sa pwa ye, sa koulè ye, sa materyèl ye, sa distans ye.
    • Li mande kesyon tankou kilès, ki lè, pou ki sa, ki kote epi li kab reponn kesyon sa yo.
    • Li konprann lè tan ap pase.
    • Li kab fè de bagay diferan yo mande li fè.
    • Li pa fin fè diferans ant sa ki reyèl ak sa ki pa reyèl.
    • Li kab sonje istwa epi li kab repete yo.
    • Li renmen diskite epi li renmen rezone.
    • Li renmen tire kont epi li renmen bay blag.
    • Li renmen kreye istwa epi li renmen rakonte yo.
    • Li konn tout koulè de baz yo.
    • Li kapab itilize mo ki montre konparezon, tankou pi gwo, pi pi gwo.

    back to top

    Lakay nou pale yon lang, men lekòl la l ap aprann yon lòt lang. Èske sa ap ralanti timoun nan pale?

    • Timoun piti gen bon kapasite pou yo aprann de lang e menm twa lang san twòp efò pandan sèvo yo ap devlope. Nou ta dwe ankouraje timoun pale plis pase yon lang. Li pi difisil pou timoun ki pi gran epi pou granmoun aprann yon lang etranje.
    • Ou kab atann ou yon timoun ap pase yon epòk kote l ap melanje de lang yo. Pitit piti l ap aprann pou li fè yon separasyon ant de lang yo.
    • Yon timoun ka pa kapab sèvi ak toulede lang byen menm jan an. Timoun nan kab gen yon reta pou menm ennan nan dezyèm lang nan premye ane yo. epi si li sèvi ak dezyèm lang nan plis, kab vin gen yon reta nan premye lang nan sètadi lang yo pale nan kay la, lè timoun nan ap grandi. Si yon timoun gen yon vrè pwoblèm pou l pale, pwoblèm nan ap parèt nan toulede lang, li pap parèt nan yon sèl sèlman.
    • Sa rive souvan, timoun konn pi vit konprann yon lang pase yo pale li.

    back to top

    Lè timoun nan ap pale epi l ap koute li devlope kapasite pou l aprann bonè

    Ou se premye pwofesè pitit ou a, sa se yon travay enpòtan. Ou kapab prepare pitit ou pou lekòl avèk kèk esperyans pratik lakay ou.

    Pale ak pitit ou epi koute pitit ou se bagay ki gen anpil enpòtans nan devlopman literè li. Nan pale, nan koute, timoun nan vin rekonèt anpil pawòl, gramè, silab ak son. Lè nou di pale ak koute nou vle di pale ansanm avèk timoun nan epi koute ansanm avè li. Se pa senpman pale bay timoun nan epi koute li. Sa se yon diferans ki enpòtan anpil. Lè w ap pale ansanm ak yon timoun, nou toulede pare pou nou aprann youn nan men lòt; gen yon dyalòg ale vini epi tou ou bay timoun nan bon jan atansyon. Sa ki esansyèl nan yon konvèsasyon se yon moun ki dwe pale alafwa; ou pale anvan epi m ap koute; apre sa mwen pale epi w ap koute. Li posib pou yon moun pale alafwa sèlman lè granmoun nan tann an silans pou timoun nan reponn.

    back to top

    Mit sou afè aprann li ak ekri bonè

    Mit nimewo 1: Yon timoun dwe aprann pale anvan li aprann ekri. An reyalite, malgre devlopman pale esansyèl pou bon devlopman aprann ekri, se pa yon bagay ki dwe fèt anvan jan nou te konn kwè l la. Kapasite pou aprann pale ak kapasite pou aprann ekri devlope ansanm. Youn ede lòt.

    Mit nimewo 2: Timoun aprann pale de fason natirèl, men fò se aprann pou yo aprann yo ekri. An reyalite, nou gen tandans kwè depi yon timoun ap grandi kapasite li pou l aprann pale ap devlope natirèlman, san nou pa konsidere sikonstans sosyal li, nou mal kalkile sa. Nou souzestime fason timoun fè aktivite pou aprann ekri chak jou menm avan yo al lekòl pou yo aprann yo sa.

    Mit nimewo 3: Timoun dwe gen yon nivo preparasyon fizik ak mantal anvan yo ka aprann yo pale ak ekri. An reyalite, diferans ki genyen nan to devlopman alfabetizasyon timoun prensipalman nan diferans endividyèl to aprantisaj timoun yo pito; li pa soti nan diferans ki genyen nan kalite esperyans alfabetizasyon timoun yo fè lè yo tou piti. Si nou bezwen plis enfòmasyon ale nan sit wèb sa a www.idra.org oswa sa a www.naeyc.org.

    back to top

    Nou pale tankou tibebe ak pitit nou an. Èske pa gen pwoblèm nan sa?

    • Pitit ou a aprann yon lang nan tande lòt moun pale. Li ta bon pou ta bay timoun nan yon bon modèl, nan itilize mo senp men mo ki apwopriye.
    • Se sèten, tout fanmi gen ti non jwèt pou sèten bagay. epi tout fanmi gen dwa sèvi ak bèl ti non oubyen pale an parabòl pou yo pale de kèk bagay yon jan ki kab sanble ak mòd pale timoun. Pawòl sa yo gen yon sans espesyal kon sa yo pap entewonp pitit ou a nan aprann lang.

    back to top

    Pafwa pitit mwen konn trennen sou mo. Èske sa vle di li bege?

    • Se nòmal pou yon timoun fè yon ti trennen tou kout sou yon mo lè li ap aprann yon lang. Si sa pase nan yon ti tan ki trè kout pa enkyete w de sa. Se kapab paske li repete menm silab la oubyen menm mo a, "li-li, li", oubyen tou li kab ezite sou mo epi li mete lòt son tankou" Àn" oubyen "a".
    • Sepandan si timoun nan kontinye pran abitid fè sa, epi li ap fè sèten jès ak figi li oubyen ak kò li lè li ap pale, ou kab oblije mennen li fè yon evaliyasyon. Klike la a " Mwen gen yon kesyon sou pitit mwen an."

    back to top

    Pale epi koute lè se tibebe piti

    Konvèsasyon efikas avèk tibebe (rive jouk laj 1 an) baze sou prensip sa yo:

    • Pale lang y ap aprann nan.
    • Esplike sa y a fè a. (W ap gade m)
    • Esplike sa k ap pase bò kote yo. (AM tande yon machin k ap pase; m ta renmen konnen ki moun li ye.)
    • Esplike sa ou santi pou yo. (AM renmen w anpil.)
    • Repete son yo fè.
    • Veye siy ki pou fè w konnen lè pou kontinye oswa lè pou sispann aktivite a ak timoun nan. (W ap gade yon lòt kote, ou gen lè pare pou sispann kounye a.)

    Tibebe yo ka reponn ak yon souri, yon ri, yon gazouyi, yon rega fiks, ap tire ti pye yo oswa vire tèt yo epi yo sispann gade ou nan je.

    Tibebe yo ap aprann fè son (ki se baz lapawòl). Kidonk, yo bezwen tan, èd ak opòtinite pou pratike son sa yo. Granmoun ki ankouraje yon moun pale alafwa, ede timoun ak devlopman langaj yo.

    back to top

    Pale epi koute lè timoun gen ant 1 an ak 3 an

    Konvèsasyon efikas avèk timoun ki gen ant 1 an ak 3 an baze sou prensip sa yo:

    • Koute epi reponn sa yo vle a ak sa yo bezwen an vèbalman.
    • Esplike sa y ap fè a. (W ap mete blòk yo nan yon liy.)
    • Esplike sa k ap pase bò kote yo. (Lapli ap tonbe fò; koute jan l ap bat fò sou do kay la.)
    • Esplike ki sa ou santi pou yo. (M renmen w anpil.)
    • Esplike ki jan y ap di ki sa yo santi. (M ka wè ou kontan wè Grann. Ou souri epi ou kouri al jwenn li.)
    • Pwolonje langaj yo. (Plis? Èske w vle plis ji?)
    • Koute, veye epi asepte siy ki fè w konnen lè pou kontinye oswa pou sispann aktivite a ak timoun nan. (M wè ou vle al jwe ak kamyon an, ou pa vle fin li istwa a.)

    Timoun nan laj sa yo ki gen konvèsasyon avèk granmoun ansanm ak timoun pi gran pase yo ap aprann estrikti langaj yo, vokabilè ak panse kritik. Konvèsasyon ak tibebe epi ak pi gran timoun kote se yon sèl moun k ap pale alafwa ede entimite ak relasyon devlope. Pale epi koute se egzanp kominikasyon ki pozitif epi ki efikas epi ki montre granmoun nan sousye l de timoun nan.

    back to top

    Pale epi koute lè timoun nan laj preskolè

    Konvèsasyon efikas avèk timoun laj preskolè baze sou prensip sa yo:

    • Koute epi reponn kesyon ki pa gen yon repons fiks yo. (Ki kote veso espesyal w ap moute a prale?)
    • Poze kesyon ki mande eklèsisman pou pwolonje istwa yo ak lide yo. (Èske w janm santi w menm jan Big Bird santi l nan pwogram televizyon an?)
    • Bay nouvo vokabilè nan kontèks konvèsasyon an. (Sa yo se pijon epi tou sa yo se poul dlo.)
    • Bay plis enfòmasyon nan jan yo santi yo apre yo fin di kè yo kontan oubyen kè yo pa kontan. (Kè w pa kontan paske apre ou fin travay di pou fè chato sa a zanmi w lan vin kraze l.)

    Konvèsasyon ale vini ankouraje bon jan relasyon ant granmoun nan ak timoun nan, epi tou li pèmèt timoun yo gen bon relasyon sosyal youn ak lòt.

    back to top

    Pitit mwen an pa tande sa yo di li ni li pa tande m lè m pale l. Èske tout timoun fè sa?

    • An jeneral timoun toujou pase yon peryòd nan laj yo kote y ap "teste granmoun" epi yo pa fè sa granmoun mande yo fè. Epitou timoun dezan twazan konn pa konprann sa yo di yo paske yo twò piti pou yo konprann sa mo k ap sot nan bouch granmoun nan vle di.
    • Men sepandan, si timoun piti w la oubyen timoun ou an pa reyaji lè bri oubyen son fèt bò kote l, li kab gen yon enfeksyon nan zòrèy ki kab ap anpeche l tande. Li kab tou gen yon pwoblèm nan tande. Nenpòt nan pwoblèm sa yo k ap mete timoun nan an reta nan aprann yon lang. Pale ak doktè pitit la sou kesyon sa a.
    • Si w si pitit la konnen mo w ap itilize yo, se pa "teste" l ap teste w , epi li pa gen yon pwoblèm nan tande l, pitit la kab gen yon pwoblèm pou li konprann lang. Si se sa, pitit la ap an reta nan pale l tou. Ou ta dwe panse pou fè yo evalye pitit la pou sa. Klike la a: "Mwen gen kesyon sou pitit mwen an"

    back to top

    Sèvi avèk desen ak ekriti pou devlope kapasite pou aprann bonè

    Menm timoun piti ki gen laj 1 an ta dwe gen chans pou yo fè aktivite ekri chak jou. Sa anseye kèk kapasite literè enpòtan tankou lite ekriti, fonksyon ekriti, fonoloji ak fòm konvansyonèl redaksyon.

    Fanmi yo ta dwe bay timoun yo yon plas espesyal kote yo ka li ak ekri nan fè aktivite ki sanble jwèt. Men kèk materyèl ki ka ede w kreye yon anviwonman rich an langaj: tablo, papye, liv ki pa gen anyen ekri ladan yo, magazin, blòk lèt alfabè ak nimewo, mozayik ak je d pasyans, sab, materyèl pou ekri ki mache ak laj timoun yo tankou kreyon koulè, plim, makè, kreyon desen, kreyon chabon, ak materyèl penti. Ou ka ajoute tep, lakòl, blòk nòt ak anvlòp.

    Men etap ekriti timoun:

    • Majigridi: Timoun pase de majigridi san kontwòl a majigridi ki fèt de goch a dwat.
    • Desen: Timoun desinen epi tou yo li desen yo sou fòm kominikasyon.
    • Lèt paraza: Timoun ekri lèt kon sa kon sa tankou fil long.
    • Òtograf envante: Timoun ekri mo yo dapre son yo tande yo.
    • Òtograf nòmal: Timoun kòmanse ekri mo yo kòrèk.

    back to top

    Sèvi avèk imajinasyon, wòl epi imitasyon pou devlope kapasite timoun nan pou l aprann bonè

    Jwe wòl se yon mwayen natirèl pou timoun aprann. Wòl yo bay timoun yo opòtinite pou yo aprann mo; an menm tan an tou, sa bay timoun yo mwayen pou konbine langaj pale ak imajinasyon. Kèk nan jwèt timoun pi renmen se fè manje nan yon kizin yo imajine, jwe ak poupe, abiye ak rad granmoun epi tou fè jwèt esperyans lavi.

    Men kèk egzanp bagay ki kab ede pitit ou fè esperyans avanti ak jwèt wòl ki gen kreyativite:

    • Blòk.
    • Machin, kamyon.
    • Jwèt manje.
    • Vesèl.
    • Vye rad pou abiye, soulye ak chapo tou.
    • Bwat manje ki vid.
    • Vye bous, valiz fi, valiz gason ak bwat lennch.

    back to top

    Sèvi avèk lekti pou devlope kapasite timoun nan pou l aprann bonè

    Lè w li ak pitit ou, sa ede l pare pou l ka li. Menm anvan timoun yo ka di premye mo li yo, lekti fè yo konnen liv enpòtan. “Fè lekti ansanm avèk” vle di plis pase li mo ki enprime yo; sa vle di pale de foto yo, otè a, tit liv la epi fè kòmantè sou istwa a.

    Chwazi yon liv ki pou kapte atansyon timoun nan. Istwa a dwe respekte règ gramè epi tou l dwe bay bon egzanp jan yo sèvi ak lang lan. Kou w fin chwazi liv la, chèche yon kote ki atiran pou fè lekti . Mete liv la yon kote nou ka wè l pou w ka lonje dwèt ou sou mo yo ak foto yo pandan w ap li a. Pale ak pitit ou a sou po liv la, tit la ak otè a; pale sou sa istwa a ka ye. Pase paj yo pou n ka gade foto yo nan istwa a; diskite ak pitit ou a sou sa ki ka pase pandan n ap gade chak foto. Apre sa li istwa a ansanm ak pitit ou

    Swiv pwen sa yo:

    • Li yon fason natirèl men mete emosyon nan vwa w.
    • Fè pitit ou a swiv lè w ap lonje dwèt ou sou mo pandan w ap li a.
    • Poze kesyon sou istwa a pou wè si pitit ou a konprann byen.
    • Li istwa a anpil fwa. Timoun yo ka vin alèz avèk istwa a epi tou yo ka patisipe ladan l, oswa yo ka rekonèt rim yo oswa yo ka repete pawòl yo.

    Malgre timoun piti pa kab li, fè lekti avèk yo esansyèl nan montre yo yon bon jan renmen pou lekti. Pou ankouraje yon panse kreyatif ak kapasite pou rezoud pwoblèm, konsantre sou plezi lekti a pito olye w konsantre sou montre timoun nan li.

    back to top

    Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


    We're always here for you: 211
    Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
    Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.