Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Devlopman sosyal ak devlopman santiman
 
A ki laj devlopman santimantal yon tibebe kòmanse?

  • Devlopman santimantal pitit la kòmanse depi anvan pitit la fèt. Pou timoun nan an sante emosyonèlman fòk manman an ta an sante li menm epi fò l ta byen manje, fò li ta byen repoze epi fò l pa ta sou twòp estrès. (See Your Baby's Brain Development) Se lè sa a sèvo timoun nan ak sistèm nève li kòmanse devlope.
  • Depi pitit la fin fèt, yon bon relasyon ant paran ak pitit se pi gwo faktè nan devlopman mantal pitit la. (See Question 1 and Question 2) Se pou pitit la santi yo renmen l, yo apresye l, li an sekirite nan anviwonman li. Pase tan ak pitit la pou nou kab devlope yon bon relasyon ak li. Chèche konnen pitit ou a byen epi fè l vin gen yon koneksyon ak ou. Tande epi gade siy pitit ou ap ba wou menm anvan li kòmanse pale.
  • Pa kite tibebe a tonbe nan strès:
  • Pale ak yon vwa byen dous, evite joure ak batay.
  • Evite gwo bri mizik ki fò, epi nenpòt kalite vyolans menm vyolans nan televizyon.
  • Bay pitit la yon abitid nan lè dòmi l ak lè manje l, yon abitid ki ale ak li.
  • Fò pitit la nan yon anviwonman ki an sekirite epi yon anviwonman kote ou konn ki sa ki kab pase.
  • Pitit ou a ap aprann sa li wè. Aji jan ou ta renmen pitit ou a aji. Li enpòtan pou bay timoun nan yon modèl yon moun ki konn renmen e ki konn apresye moun ki jis ak moun yo ka fè konfyans. Pitit la ap kopye sou wou. Pitit ou a ap vin devlope santiman ditan pou li fin tibebe pou li vin yon gran timoun epi pou li vin granmoun.
  • Si w santi pitit ou a gen difikilte nan devlopman santimantal li, klike sou Mwen gen kesyon sou devlopman santimantal pitit mwen an..

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Èske li enpòtan pou mwen kominike ak tibebe mwen an? Kouman mwen kab fè sa avan li kòmanse pale?

  • Li enpòtan pou w kòmanse kominike ak pitit ou a depi li fèk fèt. Gen de moun ki kòmanse kominike ak pitit yo depi anvan pitit la fèt.
  • Kominikasyon pran plizyè fòm: pale, kenbe anbrase, gade epi rete bò kote timoun nan.
  • Kominikasyon sa a estimile timoun nan pou li reponn ou otomatikman. Se gras ak entèraksyon sa a timoun nan vin konnen w, vin aprann pou li fè ou konfyans, pou l santi li an sekirite epi pou l kòmanse aprann pale ak aprann lòt bagay. Yo rele posesis sa a, posesis atachman. Timoun nan "vin atache" ak moun k ap okipe li a, dabitid manman ak papa a, epi moun k ap okipe timoun nan vin renmen timoun nan .Yon bon rapò ant paran ak timoun chita sou baz konpreyansyon ki genyen ant paran ak timoun sou sa timoun nan bezwen epi sou kouman paran an ap satisfè bezwen sa yo. Se entèraksyon sa a ki ap sèvi kòm baz pou entèraksyon pitit la ak lòt moun pi devan epi pou li aprann tou.
  • Bagay ou kab fè pou vin pi pwòch pitit la epi ki ap ede pitit li atache ak ou se:
  • Imite fòm figi pitit la, son li fè ak mouvman li.
  • Pale ak pitit epi tande li.
  • Toujou met timoun nan kote w ye, men pa kite li poukont li nan yon lòt chanm oubyen nan pak li.
  • Li pou tibebe w la oubyen timoun ou an.
  • Deplase ak timoun nan pandan mizik ap jwe.
  • Fè ti konvèsasyon ak pitit la pandan w ap chanje kouchèt, pandan w ap ba l manje, pandan w ap benyen l oubyen pandan li nan machin ak ou.
  • Tande epi gade siy pitit la ap ba wou pou li di w jan li santi l epi sa li bezwen.

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Ki lè epi kouman timoun aprann pataje?

  • Sitiyasyon an difisil anpil lè se timoun piti. Timoun ki pi piti pase twazan pa konprann sa ki rele pataje. Pou yon timoun pataje, fòk lespri l ta devlope ase pou li wè si li kite yon bagay ale li ap retounen vin jwenn li se pa yon bagay li pèdi.
  • Timoun piti kapab separe sa yo genyen tou natirèlman epi yo kab kolabore tou. Ou kab wè sa lè timoun dezan youn ap woule balon bay lòt oubyen ap fè lago epi youn ap kouri dèyè lòt.
  • Ak timoun dezan ou kab montre yo sa ki rele pataje nan fè kèk jwèt. Paregzanp chak moun gen tou pa yo pou yo mete ti kib yo nan yon bwat youn alafwa, si yon lòt timoun la, fè li patisipe tou. Yon lòt lide ankò se boukante jwèt. Ou gen yon jwèt epi timoun nan gen youn. Youn pase jwèt bay lòt.
  • Pote solisyon ki konkrè. Yon egzanp: "Youn nan nou kab kondui bisiklèt la epi lòt la kapab monte dèyè." Oubyen nou chak kab fè yon kou monte bisiklèt la. Ki sa ou ta renmen fè?
  • Toujou bay timoun nan chans pou li chèche rezoud pwoblèm nan li menm. Kouman pou nou toulede kapab jwe ak boul la ak bisiklèt eksetera.
  • Koneksyon
  • www.iamyourchild.org
  • www.zerotothree.org

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Ki sa pou m fè pou perèz pitit mwen an?

  • Eseye konprann ki sa ki lakòz perèz la. Èske se yon perèz ki gen rapò ak yon lòt bagay oswa èske li gen rapò ak yon bagay ki pase nan fanmi an. Reflechi sou sa ki te pase nan semèn pase yo ak mwa pase yo pou wè si w ap kab vin ak yon rezon.
  • Kèk fwa pa gen okenn rezon valab. Avan tou li enpòtan pou yon moun sonje se tou nòmal pou timoun pè. Jan timoun manifeste laperèz chanje lè li ap grandi.
  • Montre pitit ou a kouman pou li pa pè. Olye pou w ap di li " pa gen anyen la a pou fè w pè." Di li pito "M konnen foto sa fè pè, men li pa yon bagay toutbon kon sa li pa kab fè w anyen. Ann chèche yon lòt foto ou renmen."
  • Ede pitit la chache konnen davans sa ki pral chache nan yon sitiyasyon.
  • Fè timoun nan patisipe nan rezoud pwòp pwoblèm pa li. Mande li "ki sa ou ta fè si? "Se pa chèche w ap chèche yon repons espesifik men se ede w ap ede pitit la reflechi sou diferan solisyon.
  • Ede timoun nan pou li konprann sa li pè a fè timoun nan vin kwè nan tèt li.
  • Koneksyon:
  • www.merck.com/pubs/mmanual/section19/chapt

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Kouman pou m fè konnen si devlopman sosyal pitit mwen an nòmal?

Sèvi ak konpòtman sa yo kòm yon gid pou kab konpare pou wè kote devlopman pèsonèl ak devlopman sosyal pitit ou a ye pou laj li. Sepandan, sonje chak timoun se yon timoun apa. Tout timoun pap fè menm bagay la a menm laj. Sèvi ak sa nou pral di w la a kòm yon gid sèlman. Si ou pa santi pitit ap devlope nòmalman tcheke. (Mwen gen yon kesyon sou devlopman pitit mwen an.)

Lè yo fèk fèt rive twa mwa - Men sa tibebe fè:

  • Tibebe tete manman oubyen yo pran bibon
  • Yo konsole yo, lè yo tande ti son ki dous e ki pa fò.
  • Tibebe souri lè granmoun souri ba yo.
  • Yo gade figi moun nan lè moun nan pale ak yo.
  • Yo kab idantifye moun ki okipe yo pi souvan ak lòt etranje.
  • Kè timoun nan sote oubyen li kriye lè bri fèt toudenkou bò kote l.
Twa mwa rive si mwa -Men sa tibebe fè:
  • Yo ri natirèlman.
  • Yo al jwenn moun yo konnen.
  • Yo kòmanse chwazi jwèt.
  • Yo kòmanse konsole tèt yo nan souse dwèt yo oubyen nan lonje dwèt yo sou yon bagay yo prefere.
Si mwa rive nèf mwa-Men sa tibebe konn fè:
  • Yo souri ak tèt yo nan yon glas.
  • Yo renmen pawòl tankou gade yon ti pitit.
  • Yo kòmanse gen atachman ak yon jwèt oubyen yon bagay.
  • Yo kòmanse pè etranje.
Nèf mwa rive douz mwa -Men sa tibebe fè:
  • Yo rekonèt moun ki etranje ak moun ki familye ak yo.
  • Rale ke rad moun oubyen al sou moun pou yo ka ba li atansyon,
  • Yo kòmanse bwè nan gode.
  • Yo montre moun yo renmen yo.
  • Yo kòmanse souri lè yo fè yon bon bagay.
Douz mwa a dizui mwa -Men sa timoun piti konn fè:
  • Yo renmen lè moun bat bravo.
  • Bay moun afeksyon epi montre moun senpati yo.
  • Jwe jwèt kache ak jwèt kouri dèyè lòt.
  • Jwe boul oubyen jwe lòt jwèt ak granmoun.
  • Fè jès oubyen pouse son pou montre sa yo vle.
  • Yo vin atache ak bagay yo konnen ki pa yo epi yo prefere (dra, jwèt)
  • Yo kòmanse aprann fè kèk bagay pou kont yo (retire rad sou yo epi sèvi kiyè epi ak fouchèt.).
  • Yo kab gen pwoblèm lè paran yo ap kite yo dèyè.
18 mwa rive 24 mwa-Men sa timoun piti konn fè:
  • Yo renmen moun li pou yo.
  • Yo montre yo endepandan: yo mete rad yo, yo bay tèt yo manje, yo lave men yo epi yo siye yo.
  • Yo kirye anpil yo enterese nan tout bagay.
  • Yo gen yon relasyon espesyal ak chak paran oubyen moun ki moun k ap gade yo a.
  • Yo renmen jwe bò kot lòt timoun men yo pa renmen mele ak lòt timoun twòp.
  • Yo renmen moun manyen yo epi yo renmen akolad.
  • Yo kab pè lè moun ki ap okipe yo a pa bò kote yo.
24 mwa rive 36 mwa (dezan rive twazan) - Men sa timoun piti konn fè:
  • Yo di:" Mwen renmen w."
  • Yo jwe jwèt senp ak lòt timoun (tankou - lago kache)
  • Yo di sa lè yo bezwen al nan twalèt.
  • Yo kontinye ap fè plis bagay pou kont yo (yo bwose dan yo, yo manje pou kont yo, epi yo met rad sou yo)
  • Yo ede moun ranmase jwèt yo epi mete yo nan plas yo.
  • 36 rive 48 mwa (twazan rive katran) - Men sa timoun konn fè:
  • Yo kòmanse jwe ak lòt timoun epi youn ap pale ak lòt.
  • Yo pataje jwèt epi yo chak pran tou pa yo ak èd yon granmoun.
  • Yo kòmanse jwe wòl, yo kab fè yon sèn konplè.
  • Yo teste granmoun (Lè granmoun di "Non" yo kontinye pou yo wè si se "Non" tout bon)
  • Yo entèprete reyalite a nan enterè pa yo. ("Mwen pa oblije pataje anyen paske frè m nan pa renmen ti bonbon)
  • Yo kòmanse konprann sa yon blag ye epi yo kòmanse bay blag pa yo tou.
  • Yo abiye tèt yo, yo al nan twalèt pou kont yo, yo manje san moun pa ede yo twòp.
  • Yo kab vin gen perèz (yo kab vin pè fènwa, dife ak bèt)
48 mwa rive 60 mwa (katran rive senkan)-Timoun ki poko al lekòl:
  • yo jwe byen pwòp ak lòt timoun.
  • Yo kòmanse ap jwe wòl manman ak papa epi yo kòmanse jwe wòl ponpye ak kòmèsan.
  • Yo konprann limit ki genyen epi yo defini limit yo bay lòt.
  • Yo respekte otorite men yo teste limit yo.
  • Yo patisipe nan jwèt an gwoup (tankou lago kache)
  • Yo chwazi pwòp zanmi pa yo.
  • Yo pa renmen moun annuiye yo.
  • Yo renmen blag timoun.
  • Yo abiye tèt yo, yo al nan twalèt pou kont yo epi yo endepandan.
Enfòmasyon ki pèmèt nou reponn kesyon sa a soti nan Depatman Edikasyon Eta Florid, Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, (1999), Tallahassee, Fla.

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Kouman timoun aprann sa ki mal ak sa ki byen?

  • Timoun fè sa yo wè, plis pase sa w di. Li enpòtan pou sèvi kòm bon modèl pou pitit ou a suiv.
  • Timoun nan pase diferan etap devlopman moral kòmanse depi nan piti rive nan granmoun.
  • Timoun piti piti pa vrèman konprann sa ki mal ak sa ki byen. Pou yo menm sa ki bon se sa yo renmen e sa ki pa bon se sa yo pa renmen. Pa konsekan li enpòtan pou granmoun mete limit pou yo. Sa pi enpòtan toujou pou timoun ki pa gen okenn pawòl pou yo di tèt yo "Non pa pran flè yo."
  • Lè timoun nan gen kat ou senk an li kòmanse konn sa ki byen ak sa ki mal. Yo kab pale de sa, men konprann byen ak mal toutbon vre se pa yon bagay ki fon nan santiman pa yo. Timoun nan laj sa a suiv règleman pase yo di yo sa pou yo fè. Se sa k fè fòk granmoun ba yo bon egzanp. Lè timoun kòmanse itilize mo ki di yo jan pou yo aji, tankou "Non. Non. Pa manyen sa" yo kòmanse ap idantifye epi yo kòmanse konnen sa mo sa yo vle di.
  • Nan laj setan, uitan, sanble timoun nan plis konprann byen ak mal akòz de pinisyon yo kab jwenn.. Paregzanp yon timoun kab konprann sa k fè moun pa vòlè se paske lapolis kab arete yo. Àn jeneral timoun toujou poko devlope vrè sans valè moral. Kon sa li enpòtan pou granmoun ede timoun konprann sa ki byen ak sa ki mal epi pou ki sa.
  • Nan laj nevan, timoun kòmanse konprann lwa sa a: Pa fè moun sa ou pa ta renmen yo fè w. Se lè sa a yo kòmanse konprann sa yo rele mal ak sa yo rele byen ansanm ak konsyans epi valè moral.
  • Ede timoun disipline tèt yo pandan ane yo poko al lekòl yo gras ak èd granmoun.
  • Fè timoun ou genyen ki poko al lekòl la sonje règleman yo.
  • Si pitit ou a kontinye pa respekte yon règleman, poze yon pwoblèm ak solisyon ki pou ede l deside ki pi bon fason ki genyen pou li pa fè sa ankò. Yon bagay ki trèzenpòtan nan kesyon disipline tèt ou se devlope yon sans responsablite.
  • Sonje tout timoun piti renmen fè sa ki byen pou paran yo kab apresye yo plis. Ede yo konnen ki sa yo fè byen pou yo kab apresye tèt yo plis.
  • Koneksyon:
  • www.iamyourchild.org

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Moun pale de timoun ki konn pa sou san yo. Ki sa sa vle di?

  • Tibebe a aji daprè jan li santi anviwonman li ye. Menm jan tout tibebe pa gen menm koulè cheve ak koulè je se menm jan tou tout tibebe pa fèt ak menm tanperaman. Gen yon pakèt jan yon tibebe reyaji ak son, ak jan yo manyen l, lè l bezwen silans oubyen jwe oswa lè l bezwen fè lòt bagay k ap dewoule nan anviwonman li. Gen de fwa yo di yon timoun konn swa aktif, mwayèn oubyen dousman.
  • Men egzanp diferan jan tibebe konn ye:
  • Gen timoun ki trè sansib pandan yon lòt gen dwa dousman oubyen li veyatif.
  • Gen tibebe ki akaryat e ki difisil pou konsole pandan gen lòt yo ka konsole ase fasil.
  • Gen timoun ki renmen yo karese yo gen lòt ki pa twò renmen sa.
  • Gen timoun tibebe ki pasif gen lòt ki sou tansyon oubyen ki irite.
  • Gen timoun ki sote fasil epi gen lòt ki rete byen kalm.
  • Tanperaman yon tibebe oubyen dispozisyon li detèmine jan tibebe a reyaji avèk granmoun li detèmine tou jan tibebe a vle granmoun aji ak li. Li enpòtan pou yon paran gade siy pitit la ap bay pou li di sa li vle. Epi siy ki di ki stil pitit la genyen.
  • Men sa pou siveye ki pou ede w aprann yon bagay sou tanperaman pitit ou a:
  • Èske tibebe w la aktif anpil?
  • Èske se yon timoun ki distrè fasil? Èske li retire je li sou yon bagay vit pou li al gade yon lòt?
  • Èske pitit ou a pèsistan? Èske li pèsiste nan sa l ap fè oubyen li lage sa fasil?
  • Èske li tcheke yon nouvo sitiyasyon pou li wè ki sa li ye oubyen èske li antre nan koki li?
  • Èske pitit ou a sou tansyon oubyen èske li kalm?
  • Kouman li adapte l lè l ap soti nan yon sitiyasyon antre nan yon lòt.
  • Èske ou konn lè l pral leve ou pa? Èske ou konn lè li pral poupou? Èske ou konn lòt ti abitid li genyen pandan jounen an?
  • Èske se yon timoun ou estimile fasil oubyen se yon timoun ki pa fasil pou w estimile? Ki jan imè li ye an jeneral - pozitif oubyen negatif?
  • Pou plis enfòmasyon li, Brazelton, B.T., Infants and Mothers. New York: Delacorte Press/Lawrence, 1983, or Chess, S. and Thomas, A. Know Your Child. New York: Basic Books, 1987

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Mwen ap viv ak yon timoun ki aktif anpil, malgre mwen pa ta renmen itilize mo sa " difisil". Li te toujou kon sa men mwen pa konn pou ki sa.

  • Gen paran ki di timoun nan "toujou sou mouvman, li egzijan, li difisil" sa se bagay ki bay ni paran an ni timoun an estrès.
  • Pafwa li trè difisil pou yon paran sonje pa gen yon timoun ki ta vle yon move timoun.
  • Timoun ki aktif anpil gen anpil pwoblèm pou yo kontwole konpòtman yo. Yo bezwen anpil kout men ak konsiderasyon bò kot fanmi yo.
  • Mete estrikti sou pye epi ede timoun nan kontwole konpòtman li , espesyalman pou timoun ki aktif anpil, se yon bagay ki fatigan. Paran yo ap bezwen sipò nan men moun nan fanmi yo ak zanmi yo.
  • Fè yon jan pou timoun nan wè tèt li nan sitiyasyon kote li ap reyisi epi kote li kab apresye sa li fè.
  • Li bon pou paran ak granmoun:
  • Rekonèt mòd konduit sa yo. Konnen sa timoun fè a chak laj yo rive ka rasire yo timoun pa yo "a nòmal". Paregzanp, timoun ki poko al lekòl toujou vle jwe ak jwèt lòt timoun menm yo pap prete lòt pa yo.
  • Yo toujou trè aktif epi yo pèdi konsantrasyon yo fasil.
  • Bay timoun nan bon abitid epi mete kèk estrikti nan vi li.
  • Timoun ki aktif anpil toujou gen pwoblèm pou yo bay tèt yo bon abitid pou kont yo. Lè yo prepare davans sa ede yo fonksyone pi byen. Paregzanp fè yo sonje avan lè yo genyen pou yo kòmanse jwe oubyen sispann jwe, oubyen di yo ki jan w ap atann pou yo konpòte yo. Plis pase sa, mande yo pou yo di w yo menm. Toujou fè menm bagay la toutan.
  • Bay yo yon ti bout responsablite. Pitit nou an konpòte l pi byen lè li gen chwa ki limite, yon chwa ki pèmèt li kontwole tèt li. Pa atann plis bagay pase sa nivo devlopman timoun nan ka bay.
  • Deside ki esperyans ki enpòtan pou timoun nan. Pa mete twòp chay sou do timoun nan yon sèl kou. Chwazi ki nouvo esperyans timoun nan vrèman kab jwi ansanm ak lòt ansyen aktivite li te konn fè deja, avan ou ajoute lòt. Rezoud yon kriz. Pafwa li gen dwa pa posib pou avèti yon timoun oubyen planifye yon bagay. Lè sa rive ede timoun nan nouvo sitiyasyon an ba li ankourajman ou kapab. Esplike l ki sa k ap pase e ki sa li kab atann. Si sa nesesè, jwenn yon kote pou timoun nan kapab kouri pou li kalme tèt li. Eseye evite sitiyasyon ki ap difisil pou timoun nan, si li aktif, paske ou pa ta bezwen timoun nan vin nan yon sitiyasyon kote li ap echwe.
  • Chèche konnen ki rezon ki lakòz timoun nan ajite kon sa a.
  • Gen kèk timoun ki gen rezon fizik ki fè yo ajite jan yo ajite a. Se kapab alèji pitit la fè ak yon manje, se kab tou yon bagay ki pi serye. Pale ak doktè pitit la oswa ak pwofesè li nan kote y ap gade l la. Si w panse ou bezwen kèk kout men ou kab rele Child Find (tcheke: Mwen gen yon kesyon)

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.