|
|
|
Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
|
|
Ki sa mwen dwe konnen sou devlopman piti mwen:
|
|
|
Depi l fèk fèt jis li gen 3 mwa ?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li nan tete oubyen li nan bibon
- Li santi li rekonfòte lè l tande bèl ti son nan zòrèy li
- Li ri lè yon moun ri avè li
- Li gade figi moun lè y ap pale avè li
- Li fè diferans ant moun ki pran ka li ak lòt moun
- Li pantan oubyen li kriye lè l tande gwo bri
Aktivite yo
- Bay tibebe a yon kote ki anpè epi ki an sekirite depi kounye a ak pou tout tan.
- Kenbe tibebe a depre pandan li nan tete oubyen lè l ap manje.
- Kenbe bebe a souvan; kwoke li epi karese li.
- Kou l kriye al gade sa l genyen.
- Souri ak tibebe a. Gade l nan je.
- Kwoke yon ti jwèt ki vire yo nan bèso a. (Wete jwèt la anvan timoun nan aprann chita poukont li.)
- Chante ti chante timoun pou li tou dousman epi jwe mizik ki kalme li.
- Pale dousman avè l, ak yon vwa dous.
Ladrès pou pale ak ladrès pou konprann
- Li montre li grangou oubyen li anvi souse kichòy lè l fè son tankou yon moun ki anvi yon bagay. Li lonje lang li deyò oubyen li pwenti po bouch li, oubyen li fè lòt mouvman ak bouch li
- Li ajite kou yo pral ba l manje oubyen li fè lòt aktivite li abitye fè anvan yo ba l manje
- Li kriye oubyen li fè lòt bri pou fè konnen li vle kichòy
- Li gazouye epi li fè ti bri
- Li vire kou l tande yon ti bri oubyen yon tchatcha
Aktivite yo
- Pale avè tibebe a oubyen chante pou li lè w ap ba li manje, lè w ap chanje rad sou li, lè w ap benyen li epi pandan tout jounen an.
- Bay tibebe a plizyè kalite bagay pou l koute (ti mizik dous, tchatcha, zwazo k ap chante, radyo, klòch).
- Imite son tibebe a fè.
- Lè w ap pale oubyen lè w ap chante pou tibebe a, ba l tan pou l reponn ou.
- Koute timoun nan oubyen suiv li byen pou w ka konnen lè l bezwen yon bagay.
- Toujou ba l sa l bezwen lè l fè w siy li bezwen kichòy.
Ladrès ti mis ki nan kò a
- Li suiv bagay ki klere ak je li
- Li ka gade bagay li kenbe nan men li
- Li eseye kenbe dwèt lòt moun
- Li ka kenbe yon bagay nan men li pou yon ti tan
- Li souse byen
Aktivite yo
- Souke yon bagay oubyen pase yon bagay devan li yon fason pou l ka wè li epi pou l ka lonje men pran li.
- Bay tibebe a plizyè kalite bagay pou l manyen tankou (twal, bèt, bèt ki boure, zèb, tapi, bwa ki swa).
- Mete kèk bagay nan men li tankou (men ou, yon tchatcha) pou fè l kenbe yo.
Ladrès gwo mis yo
- Li ka leve tèt li pandan l kouche sou lestomak li
- Li kenbe tèt li poukont li lè yo kenbe li yon fason pou l chita
- Li kòmanse ap fè efò pou l manyen kèk bagay
- Li vire tèt li sou yon bò otomatikman lè yo mete l kouche
- Li ka deplase bra li ak janm li
Aktivite yo
- Pandan tibebe a sou lestomak li, souke kèk bagay nwa e blan oubyen kèk lòt bagay ki klere devan li pou ankouraje li leve tèt li.
- Pa mete tibebe a dòmi sou lestomak li. Li pi bon pou mete yon tibebe kouche sou do, menm lè se yon ti repo l ap pran.
- Toujou kenbe yon tibebe nan pozisyon pou l chita, soutni tèt li ak kou li mezi li bezwen, kon sa tibebe a ap ka kòmanse kenbe tèt li dwat.
- Pou ankouraje tibebe a chita, apiye l nan kwen kanape a pou yon ti bout tan (pa janm kite l poukont li).
- Ede tibebe a bat men l nan dlo epi ede l fè mouvman ak men li ak pye li pandan w ap beyen li.
|
back to top |
|
depi 3 mwa rive sou 6 mwa?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li ri nenpòt lè
- Li lonje men bay moun li rekonèt
- Li kòmanse chwazi jwèt pou l jwe
- Li kòmanse souse kèk bagay oubyen kenbe yon dra oubyen kèk lòt bagay li renmen pou l konfòte tèt li
Aktivite yo
- Mete l yon kote ki an pè epi ki pa an danje.
- Pèmèt li pase ti moman an pè.
- Kontinye ba l sa li bezwen, kou l kriye al gade sa l genyen.
- Fè ti masaj pou li nan bra li, nan do li, nan janm li, kòmanse anwo desann anba.
- Gade tibebe a nan je.
- Fè jwèt kachkachliben ak tibebe a.
- Kite timoun nan gade tèt li nan glas.
- Chante chante ki senp pou timoun nan epi ede timoun nan fè kèk mouvman ak men li pandan l ap koute kèk mizik.
- Lè timoun nan souri oubyen li fè ti bri kè kontan, ri ba li tou.
- Eseye imite sa timoun nan fè ak figi li.
- Bay timoun nan chans pou l jwe ak frè li ak sè li oubyen ak lòt timoun.
Pale ak ladrès pou konprann
- Li souri oubyen li ri
- Bri li fè yo mele son vwayèl ak kèk konsòn tankou ("gou-ga")
- Li mete kèk bagay nan bouch li pou l chèche konnen sa yo ye
- Li fè son ki pa vle di anyen pou l ka fè esperyans ak vwa li (« gou-ah »)
- Li kòmanse ap sote oubyen li vire gade kou l tande non li
- Li kòmanse ap lonje men li pou l pran kèk bagay oubyen li meprize yo pou l ka fè wè sa l renmen ak sa l pa renmen
Aktivite yo
- Souke yon tchatcha bò tèt tibebe a tou dousman pou l ka vire gade li.
- Kontinye ap pale ak tibebe a pandan w ap fè sa ou abitye fè pou li chak jou.
- Koute son tibebe a fè epi eseye imite son yo; rete tann tibebe a fè son ou fè yo.
- Li liv ki gen foto ladan yo awotvwa pandan tibebe a chita sou janm ou epi lonmen non sa ki nan foto yo.
- Lonje dwèt sou bagay ki nan chanm tibebe a epi nonmen non bagay yo.
Ladrès mis ki pi piti yo.
- Li ranmase epi li kenbe tchatcha a
- Li eseye mòde men li, jwèt li yo, ak nenpòt lòt bagay li jwenn.
- Li kenbe yon jwèt ak tou de mwen li epi li jwe avè l
- Li kòmanse ka kenbe yon bagay nan yon men epi mete l nan yon lòt men
- Li ka kenbe kèk bagay ak dwèt li pou l apiye yo nan pla men li
Aktivite yo
- Bay tibebe a kenbe (yon tchatcha, dwèt ou) epi eseye rale nan men li tou dousman pou l ka eseye kenbe yo.
- Ede tibebe a kenbe yon jwèt ki pa yon danje pou li ak de men li epi fè li kenbe jwèt la nan yon men epi travèse li nan yon lòt men.
- Ede timoun nan ranmase kèk bagay ki pa yon danje pou li (ti blòk an bwa ki mezire yon pous, bagay ki gen tout kalite fòm).
Ladrès gwo mis yo
- Li lonje men li pou l pran kèk bagay
- Li mete kèk bagay nan bouch li
- Li vire sot sou do pou kouche sou yon bò
- Li woule sot sou vant al sou do epi retounen sou vant ankò
- Li pouse kò l li leve ak bra li pandan li sou lestomak li
- Li kenbe tèt li dwat san pa gen moun k ap ede l
- Li ka choute kèk bagay
Aktivite yo
- Mete tibebe a kouche sou vant sou yon bagay ki pa an danje (tapi, dra) souke kèk bagay ki gen bèl koulè devan li pou l ka lonje men pran yo oubyen pou l woule al pran yo. (Pa mete tibebe a dòmi sou vant.)
- Tache panèl ki mou sou kote bèso a pou tibebe a ka tire pye. Pran pye tibebe a pou montre l kouman pou l fè. (Wete bagay ki nan bèso yo anvan tibebe a aprann chita.)
- Bay tibebe a ti bonbon pou l ka kenbe yo epi souse yo.
- Mete men w anba bra tibebe a, mete l kanpe epi ede l soutni kò li. (Pa janm kenbe yon tibebe nan men li oubyen nan bra li pou fè l kanpe.)
- Mete bagay tibebe a renmen yon kote ki pa pre li atè a pou l ka roule al pran li.
|
back to top |
|
depi 6 mwa rive sou 9 mwa?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li ri lè l gade tèt li nan glas
- Li renmen jwe jwèt kachkachliben
- Li vin gen yon jwèt oubyen yon bagay li renmen anpil
- Li kòmanse pè moun li pa konnen
Aktivite yo
- Toujou ba li yon kote ki an pè epi ki pa an danje depi kounye a e pou tout tan.
- Evite fè bri ki vyolan oubyen bri moun ki fache.
- Anbrase tibebe a oubyen kwoke li souvan.
- Souri epi pale ak tibebe a.
- Jwe jwèt « How bi gis baby », kachkachliben, « Pat-a-Cake » ak timoun nan.
- Kite tibebe a jwe devan yon gwo glas ki pa yon danje pou li.
- Lè w ap entwodi tibebe a bay moun li pa konnen, ba l tan pou l abitye ak nouvo moun yo pandan ou la.
- Jwe ak tibebe a pandan w ap fè aktivite w abitye fè avè li (chanje kouchèt li, beyen li, mete rad sou li).
Pale ak ladrès pou konprann
- Kòmanse imite kèk son
- Li ka jwenn jwèt li genyen ki kouvri anba rad
- Lè li tande non li (li vire gade, li ri, li vire tèt li, li kòmanse ap lonje men pou pran kèk bagay)
- Li fè bri tankou l ap pale lè l poukont li
- Li blabla
- Li kòmanse rekonèt mo tankou (papa, manman)
Aktivite yo
- Gade liv ki fèt ak foto ak tibebe a. (Evite timoun piti gade televizyon.)
- Fè chante ak yon vwa anwe.
- Kache jwèt anba rad pou fè jwèt kachkachliben ak yo.
- Chanje ton vwa ou lè w vle montre ou dakò, lè ou pa dakò, lè kè w kontan ak kèk lòt fason ou santi w.
- Imite jan tibebe a ap blabla.
- Nonmen non moun w ap montre li.
Ladrès mis ki pi piti yo.
- Li ka kenbe epi manje yon ti biskuit poukont li ak lòt manje ki pa poze yon danje pou li
- Li ka rale oubyen ranmase ti bagay tou piti
- Li ka kenbe kèk bagay ak pous li ak de dwèt li
Aktivite yo
- Kite tibebe a manje (sereyal sèk, ak ti biskuit) ak men li poukont li.
- Kite tibebe a jwe ak jwèt ki senp ki fèt an twal, an katon, oubyen an plastik.
- Bay tibebe a ti jwèt piti pou l jwe ak lòt bagay li ka ranmase ki pa twò piti, kon sa li pap ka vale yo.
Ladrès gwo mis yo
- Li ka chita poukont li san moun pa ede li
- Li ka rale
- Li ka kenbe mèb ki nan kay pou l kanpe oubyen lè l kenbe men yon granmoun
- Li ka ret kanpe lè l kenbe mèb ki nan kay la oubyen men yon granmoun
- Li ka balanse devan dèyè lè l apiye sou men li ak jenou li
- Li jwe ak pye li pandan l kouche sou do
Aktivite yo
- Ankouraje tibebe a pou l kanpe pandan w ap pale avè l oubyen pandan w ap lonje yon jwèt li renmen ba li pou l eseye pran li.
- Mete yon jwèt yon kote tibebe a pa ka pran li pou l ka eseye rale pou l al pran jwèt la.
- Kite l kenbe mèb nan kay la pou l kanpe.
- Ranje plizyè kote ki pa gen danje pou tibebe a rale epi pou l al gade sa k gen nan kote sa yo san ou pa oblije suiv sa l ap fè.
- Ranje kay ou yon fason pou pa gen anyen ki lakòz danje pou timoun, mete sa ki ka lakòz yon danje pou tibebe a kote li pa ka manyen yo.
|
back to top |
|
depi 9 mwa rive sou 12 mwa
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li rekonèt lè yon moun se yon etranje li ye
- Li ka rale yon granmoun oubyen eseye manyen yo pou atire atansyon yo
- Li kòmanse ka bwè nan gode
- Li ka montre li renmen yon bagay oubyen yon moun
- Li kòmanse souri lè yo fè li konpliman
Aktivite yo
- Evite vyolans ak danje ni nan kay la, ni nan televizyon, ni nan videyo.
- Pale yon fason ki kalm, ki pa twò fò pou fè timoun nan santi li an sekirite.
- Fè tibebe a chita ansanm ak fanmi an lè li lè pou manje.
- Jwe jwèt "pat-a-cake" ak tibebe a.
- Kite timoun nan kenbe yon gode ki pa gen anpli likid ladan pou l eseye bwè nan gode a. (Li pi fasil si se yon gode ki gen yon kote pou bwè nan kouvèti a.)
- Anbrase epi bo tibebe a souvan.
- Lè tibebe a ap eseye in sou wou anbrase li oubyen pale avè li.
- Souri bay timoun nan epi kwoke li lè ou wè li kontan poutèt li fè yon kichòy.
Pale ak ladrès pou konprann
- Li ka voye men pou l fè babay
- Li koute lè yo di li « non-non »
- Li kòmanse ka reponn lè yo mande li ti kesyon senp tankou ("ou vle ji?") li fè jès, li fè siy ak figi li, epi li ka lonje men pou l fè konnen li vle
- Li ka souke tèt li pou l di « non »
- Li rekonèt mo li abitye tande (manman, papa, balon, bonbon)
- Li ka gade foto ki nan yon liv
- Li renmen ti chante timoun ak ti pwezi ki gen rim pou timoun
Aktivite yo
- Fè ti nounous ak chosèt epi fè kòm si ti nounous la ap pale ak tibebe a.
- Li ti istwa pou timoun ki gen rim epi chante pou tibebe a
- Ede tibebe a gade foto fanmi an ak albòm ki gen souvni ladan yo.
- Lonje dwèt sou kèk bagay epi nonmen non yo.
- Koute sa tibebe a ap kominike ba wou epi reponn li.
- Esplike ki aktivite w ap fè pandan w ap fè yo ak tibebe a oubyen lè ou pre tibebe a.
- Poze tibebe a kèk kesyon ki senp (« Ou vle yon ti biskuit ? »)
- Di tibebe a « non-non » lè ou merite pou w di l sa epi pa chanje lide w.
Ladrès mis ki pi piti yo.
- Li kenbe bibon li oubyen gode li ak bouch li
- Li ka ranmase kèk ti bagay ak pous li ak dwèt li
- Li sèvi ak tou de men li yon fason ki kowòdone (li ka ranmase yon gode, li ka frape de blòk ansanm)
- Li ka bat men li yo
- Li fè espre li lage kèk bagay atè
- Li bay tèt li manje ak men li (sereyal, ti biskuit, ti moso fri)
Aktivite yo
- Montre tibebe a kouman pou l ranje ti blòk an bwa, bwat, oubyen kouman pou dewoule yon bobin fil.
- Kite timoun nan jwe ak bagay ki pa gen danje ladan tankou yon bòl ki pap kraze, yon chodyè, oubyen yon louch.
- Ede tibebe a mete kèk bagay nan yon bwat pou sere yo.
- Bay tibebe a kèk bwat vid diferan gwosè pou l jwe.
- Bay tibebe a sereyal ki sèk san anyen ladan pou l manje poukont li. (Pa bay tibebe a rezen antye, òtdòg, pistach, pèt pèt mayi, oubyen nenpòt lòt babay ki ka trangle tibebe a.)
Ladrès gwo mis yo
- Li ka chita poukont li pandan li kouche
- Li ka chita apre li te kanpe
- Li ka mache si gen moun ki ede li
- Li ka kanpe poukont li
- Li ka frape 2 jwèt ansanm
Aktivite yo
- Jwe jwèt chita epi kanpe pou fè l chare w.
- Ede tibebe a mache, kenbe l kèk fwa, lage l kèk fwa.
- Kite tibebe a al toupatou pandan l ap kenbe mèb nan kay la. (Asire w kote tibebe a prale yo pa gen danje pou li nan kote sa yo.)
- Frape kèk bagay ki mou youn nan lòt epi ankouraje tibebe a pou l fè menm bagay avè w.
- Imite sa tibebe a ap fè.
- Roule yon boul al jwenn tibebe a epi ankouraje l pou l woule boul la tounen ba wou.
|
back to top |
|
Depi 12 mwa rive sou 18 mwa?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li kontan wè lè moun ap bat men yo
- Li ka montre kè l kontan pou lòt moun oubyen li sansib pou lòt moun
- Li jwe jwèt kouri dèyè moun ak jwèt kache pou moun pa wè
- Li jwe boul ak lòt kalite jwèt ak lòt moun
- Li fè jès oubyen bri pou l montre sa li vle
- Li vin gen kèk bagay li renmen li pa lage yo yon may tankou (yon dra, yon jwèt)
- Li kòmanse ap gen ladrès ki pou fè l vin endepandan (wete rad sou li, sèvi ak kiyè oubyen ak fouchèt)
- Li kòmanse pè lè manman l oubyen papa l ap deplase
Aktivite yo
- Bay tibebe a yon kote ki an sekirite, epi ki anpè.
- Chante pou tibebe a.
- Fè chante ki dekri sa timoun nan fè chak jou.
- Bay tibebe a yon twal pou lave kò li epi ankouraje li pou l lave yon poupe, pou l anbrase poupe a epi bo li.
- Kite timoun nan ede w wete rad sou li.
- Kite timoun nan kòmanse manje poukont li ak yon kiyè.
- Kite timoun nan montre ki gwosè li ye (ede l leve men li wo).
- Mennen timoun nan soti (al nan pak, nan zou) pale ak timoun nan de bagay ou wè epi pale de sa ou fè avè li.
- Fè timoun nan konprann menm si kèk fwa ou deplase w ap toujou tounen vin jwenn li.
Ladrès pou pale ak ladrès pou konprann
- Li yon moun nonmen kèk pati nan kò a tankou (tèt, pye) li ka lonje dwèt sou yo
- Li kòmanse nonmen non diferan pati nan kò a
- Li kòmanse ka lonje dwèt sou plizyè bagay oubyen foto lè yon moun nonmen non yo
- Li ka fè sa yo di l pou l fè tankou (« chita, » « lage sa»)
Aktivite yo
- Ankouraje tibebe a pou l repete mo li abitye tande.
- Pandan tibebe a ap benyen oubyen pandan l ap abiye, nonmen non kèk pati nan kò li epi fè l repete yo.
- Gade liv fèt ak foto ansanm ak tibebe a epi ede l nonmen non kèk bagay ki nan foto yo.
- Sèvi ak jwèt ki senp tankou (« busy box, jack-in-the-box”).
- Chante chante timoun ak lòt chante timoun abitye chante plizyè fwa.
- Fè jwèt kote timoun nan ap sèvi ak dwèt li pandan l ap chante chante sa yo (« Itsy, Bitsy Spider”)
Ladrès mis ki pi piti yo.
- Li manje poukont li ak kiyè
- Li eseye fè madigriji sou papye
- Li ranje ti bagay piti youn sou lòt
- Li fè pil ak 2 blòk an bwa oubyen ak plis pase sa
Aktivite yo
- Li jwe ak blòk an bwa (li anpile yo epi li kraze pil la).
- Ankouraje timoun nan pou l fè desen oubyen pou fè madigriji ak kreyon oubyen ak kreyon koulè ki gen penti alo.
- Pouse ti sak ki gen ti boul anndan yo oubyen ak yon boul an eponj ki mou, peze yo, jwe ak yo.
- Kite timoun nan manje poukont li ak yon kiyè.
Ladrès gwo mis yo
- Li mache poukont li
- Li ka voye yon boul ak men li
- Li ka chita sou yon chèz
- Li ka bese pou l ranmase yon bagay
Aktivite yo
- Kenbe men timoun nan pandan l ap monte eskalye.
- Kite timoun nan mache pou l ka chèche konnen sa k gen toupatou, men toujou veye sa l ap fè.
- Bay timoun nan jwèt li ka rale ak jwèt li ka pouse pou l jwe.
- Roule boul epi voye boul oubyen ti sak ki gen ti grenn ladan l pou jwe ak timoun nan.
- Bay timoun nan sèvi ak mèb ki mezi li. Ou ka kite l sèvi ak ban oubyen ak bwat ki solid.
- Woule yon gwo balon voye bay timoun nan epi mande l pou woule l tounen ba wou.
|
back to top |
|
Depi 18 mwa rive sou 24 mwa?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li renmen lè yo li pou li
- Li kòmanse vin pi endepandan, li mete rad li sou li poukont li, li manje poukont li, li lave men l epi li siye men l poukont li.
- Li kirye epi li toujou ap « fouye tout bagay »
- Li gen yon amitye espesyal ak paran l yo oubyen ak moun ki abitye gade li a
- Li renmen jwe kote lòt timoun ap jwe, men li pa twò renmen jwe ansanm avè yo
- Li renmen manyen ak kwoke moun
- Li gen dwa montre li pè lè moun k ap okipe l la deplase al kite l
Aktivite yo
- Ankouraje timoun nan pou l jwe janti, pa kite l jwe jwèt ki gen vyolans ladan.
- Ankouraje timoun nan abiye epi dezabiye poukont li.
- Ankouraje timoun nan ede fè ti travay nan kay la tankou (pote napkin al met sou tab, ranmase jwèt li epi ranje yo yon kote)
- Ankouraje timoun nan sèvi ak ni kouto ni kiyè.
- Pran pasyans ak timoun nan pou l ka abitye ak sitiyasyon ki chanje epi ak nouvo moun k ap gade li.
- Ankouraje timoun nan jwe pre lòt timoun, ba l yon pè nan kèk nan jwèt li yo.
- Asire li fè sa li dwe fè epi disipline li san mank. (Pa vire pawòl ou pou di "wi" lè w te fin di "non" poutèt timoun nan fè yon kòlè.)
- Montre pitit ou ou enterese nan jwèt li jwe.
Pale ak ladrès pou konprann
- Li chwazi ki jwèt li vle jwe pami jwèt li yo
- Li eseye fè jwèt li wè lòt timoun fè
- Li kòmanse ap poze kesyon
- Li kòmanse ap met 2 ou 3 mo ansanm (« Soti deyò, » « kanpe »)
- Li nonmen non kèk bagay pou l mande pou yo (balon, poupe, bonbon)
- Li ka suiv sa yon moun di li si moun nan di l yon pawòl oubyen 2 pawòl.
Aktivite yo
- Bay timoun nan lòd ki senp pou l ka suiv yo tankou (« al pran soulye ou. »)
- Jwe jwèt ki rele « Simon Says » la avè li.
- Li pou timoun nan pandan 5 a 10 minit chak jou; kreye yon abitid pou fè lekti pou li lè pral dòmi.
- Pa kite timoun nan gade anpil pwogram televizyon ak pwogram videyo. Si timoun nan gade televizyon, gade ansanm avè li epi pa kite l gade pwogram ki gen vyolans oubyen pwogram ki gen sèks ladan yo.
- Lè timoun nan poze yon kesyon, ba l yon repons ki senp.
- Sèvi ak foto jwèt yo pou mete etikèt sou bwat ki gen jwèt timoun nan ladan.
- Bay timoun nan ase tan pou l fini yon aktivite l ap fè.
Ladrès mis ki pi piti yo.
- Li eseye fè liy tankou se ekri l ap ekri (liy vètikal, liy desann, sèk)
- Li ka wete chosèt li ak soulye li
- Li ka demonte kèk bagay epi li ranje yo lè l fini
Aktivite yo
- Ede timoun pase kèk bagay nan yon twou pou l mete yo nan yon bwat epi lage yo atè ankò.
- Bay timoun nan bwat ki antre youn nan lòt oubyen ti gode mezi pou l ranje yo.
- Bay timoun nan jedpasyans ki senp pou l fè (sa ki gen 2 oubyen 3 moso)
- Kite timoun nan sèvi ak poudin pou l pentire ak dwèt li.
- Bay timoun nan lakre, kreyon fet, kreyon, penti, ak bwòs yo sèvi pou fè desen sou twotwa, gwo moso papye ki laj ak jounal.
- Kite timoun nan sèvi ak ajil ki pa toksik ak krèm pou fè bab.
- Bay timoun nan papye li ka chire.
Ladrès gwo mis yo
- Li ka vòltije ak tou de pye li
- Li ka danse lè l tande mizik
- Li ka monte oubyen desann eskalye lè yo ede li
- Li ka kouri
- Li eseye choute boul
Aktivite yo
- Ede timoun nan vòltije ak 2 pye li, kenbe men timoun nan pandan w ap vòltije.
- Koute mizik epi balanse kò w, bat men w, epi danse mizik la ansanm ak timoun nan.
- Fè ti kous kout sou teren ki mou tankou (sou gazon, sou tapi) ak timoun nan.
- Jwe jwèt choute boul.
|
back to top |
|
24 a 36 mwa (2 a 3 an) ?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li ka di « mwen renmen w »
- Li jwe ak lòt timoun pou l jwe jwèt ki senp
- Li pale pou l fè konnen li bezwen al nan twalèt
- Li kontinye ap vin pi maton epi pi endepandan nan sa l gen pou l fè pou tèt li (bwose dan li, manje, mete rad sou li)
- Li ede ranmase jwèt li yo epi mete yo nan plas yo
Aktivite yo
- Kontinye bay timoun nan konfò ou, ak yon kote ki an pè epi ki an sekirite pou l rete.
- Fè timoun nan konpliman lè timoun nan fè konnen li vle al nan twalèt.
- Jwe jwèt ki senp ak timoun nan tankou (« Ring around the Rosie », jwèt kachkachliben).
- Ede timoun jwe jwèt kote li mete lòt rad sou li tankou se yon lòt moun li ye.
- Kreye mwayen pou aji avè l yon fason espesyal oubyen pran abitid pou di "Mwen renmen w" (oubyen yon fason pou sasiyèt li lè w wè li, oubyen ba l yon ti non).
- Respekte sa timoun nan vle ak endepandans li, men gide li epi fè l konnen sa li ka fè ak sa li pa ka fè. (Kite timoun nan sèvi ak dlo pou l pentire sou twotwa a oubyen sou galri a, men pa kite l fè sa sou mi anndan kay la.)
Pale ak ladrès pou konprann
- Li ka suiv lè yo ba li lòd klè an 2 pati pou l fè kichòy ("Ranmase soulye w epi mete yo nan bifèt la.")
- Li patisipe nan konvèsasyon ki senp (Li ka reponn lè yo mande li « Ki jan w rele ? »
- Li ka reponn kesyon ki senp
- Li kòmanse fè fraz ak 2 ou 3 mo regilyèman (« Mwen vle ji. »)
- Li kòmanse ap chwazi ( ki chemiz pou l mete, si pou l jwe deyò oubyen anndan kay la)
- Li mande anpil kesyon
Aktivite yo
- Kite timoun nan pran kèk desizyon ( kite l chwazi kèk bagay pou l manje, kite l chwazi ki chemiz pou l mete pami 2 chemiz).
- Mande timoun nan pou l fè sa ou di li. (« Ranmase pope w yo epi mete yo sou etajè a, tanpri. »)
- Koute timoun nan epi pale avè li.
- Li liv ki gen foto yo pandan 10 minit chak jou ak timoun nan epi pale de foto yo avè li.
- Montre ki koulè ki nan foto yo.
- Lè timoun nan poze yon kesyon, ba li yon repons ki senp.
- Sèvi ak foto jwèt yo oubyen ak non jwèt yo pou mete etikèt sou bwat ki gen jwèt timoun nan ladan.
- Chante chante ak chante pou timoun ki gen rim ladan yo.
Ladrès mis ki pi piti yo.
- Li ka sèvi ak gode ak kiyè poukont li
- Li ka vire yon manch pòt pou ouvè pòt la
- Li ka fè jedpasyans ki senp (ki gen 4 a 6 moso)
- Li ka devise yon bouchon
- Li ka anpile 6 a 8 ti blòk an bwa tankou yon kay
- Li ka koupe papye ak sizo
Aktivite yo
- Bay timoun nan jedpasyans ki senp pou l fè.
- Bay timoun nan ti sizo ki pa danjere ak papye pou l koupe.
- Bay timoun nan sab, pat a modle, oubyen penti pou dwèt pou l sèvi pou l ekri ak dwèt li.
- Bay timoun nan plizyè bwat ki gen kouvèti pou l ka ouvè epi fèmen yo.
- Bay timoun nan yon bwat oubyen yon valiz ki fèmen ak yon kwochèt ki senp pou l ouvè li, epi ki gen plizyè lòt ti pòch pou l ouvè, ak plizyè lòt bagay pou timoun nan manevre.
Ladrès gwo mis yo
- Li ka monte epi li ka kondi jwèt ki gen wou
- Li ka pouse oubyen rale yon pòt pou l ouvè li
- Li ka kenbe manch eskalye pou l monte eskalye
Aktivite yo
- Fè plan pou timoun nan jwe ak lòt timoun (Jwèt tankou « London Bridge Is Falling Down,” ak lago).
- Ankouraje timoun nan pou l aprann voye boul ak ti sak ki gen grenn yo.
- Aprann timoun nan monte yon bekàn 3 wou yo.
- Montre timoun nan kouman pou l sote sou yon liy oubyen sou yon tib ki atè.
- Kouri ak timoun nan kote ki pa gen danje.
- Kite timoun nan woule sou gazon oubyen sou sab.
|
back to top |
|
36 mwa a 48 mwa (3 a 4 an) ?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li kòmanse jwe ak lòt timoun
- Lè gen moun ki ede li, li ka kite lòt timoun jwe ak jwèt li epi li ka ret tann tou pa li pou l jwe
- Li kòmanse ka jwe teyat, li ka prezante tout yon sèn
- Li kòmanse ap teste limit granmoun (lè yon granmoun di « non,» li fè sa li vle a kanmenm pou l wè si granmoun nan di «non» an pou tout bon
- Li entèprete sa ki vre nan jan pa li pou l jwenn sa li bezwen ("Mwen pa oblije separe ak moun paske frè m nan pa renmen ti bonbon.»)
- Li kòmanse ka fè moun ri, li bay blag ki dwòl
- Li ka abiye, li ka fè twalèt li, epi li ka manje san yo pa ede l twòp
- Li ka vi pè (fènwa, dife, bèt)
Aktivite yo
- Bay tibebe a yon kote ki an sekirite, epi ki anpè, kote gen moun k ap veye li tout tan.
- Kreye mwayen pou l jwe jwèt ak lòt moun ( fè pas ak yon boul; travay ak yon lòt timoun pou l fè tankou l ap "kuit maje" epi sèvi manje a bay poupe oubyen bay kèk granmoun).
- Ede timoun yo rezoud pwoblèm sosyal yo genyen. (« di li ou pa renmen jan tèl tèl bagay fèt…)
- Dekri fason ou vle li aji epi toujou fè l konnen kouman ou vle pou l aji. (« Tanpri mache pre mwen lè nou nan yon magazen. »)
- Montre jan kè w kontan lè timoun nan bay yon blag.
- Bay timoun nan ase tan pou l met rad sou li, pou l fè twalèt li, oubyen pou l manje poukont li.
Ladrès pale ak ladrès pou konprann
- Li konprann konsekans yon bagay ki rive
- Li kòmanse konprann afè lè
- Li rekonèt koulè epi li ka matche koulè ki menm
- Li kòmanse klasifye oubyen òganize kèk bagay an gwoup (apati gwosè yo, jan yo fèt, ak koulè yo)
- Li sèvi ak fraz ki kout pou l pale epi li ka mete kèk fraz ansanm
- Li chante, li aprann kouman pou jwe ak dwèt li
Aktivite yo
- Fè timoun nan konnen limit li epi esplike pou ki sa limit yo nesesè. (« Kouri travèse yon lari se bagay ki danjere.")
- Li kòmanse ap sèvi ak mo li dwe sèvi pou l dekri bagay ki pase ak sa ki poko pase (jodi a, demen, anvan, apre, pwochèn fwa).
- Pandan w ap li pou timoun nan mande timoun nan kèk kesyon senp sou istwa a.
- Ankouraje timoun nan pou l òganize kèk bagay ki menm yon kote padan l ap fè travay li abitye fè. (« Ki sa nou bezwen pou benyen ?" ki kote pou mete fouchèt yo? « Ki lòt bagay ou ta ka met nan pye w ? »)
- Montre timoun nan kèk chante ak jwèt pou l fè ak dwèt li.
- Esplike kouman kèk aktivite dewoule epi di ki sa k ap vin apre.
- Bay timoun nan fason pou l sèvi ak konpitè ak lojisyèl ki fèt pou timoun. Sèvi ak konpitè a ansanm avè li.
Ladrès mis ki pi piti yo.
- Li kòmanse ap fè desen moun ak bèt, ak tèt moun ak lòt pati nan kò moun
- Li ka sèvi ak pat a modle ki pa toksik (pou l fè koulèv ak boul)
- Li mete ti blòk an bwa youn sou lòt epi li bay sa li fè a yon non
- Li ka sèvi ak sizo
- Li ka fè jedpasyans ki gen (6 a 8 moso)
Aktivite yo
- Bay timoun nan jwèt pou l jwe sou tab (jedpasyans, ti grenn tout koulè, ti blòk an bwa)
- Bay timoun nan fèy papye blan ki laj.
- Kite timoun nan sèvi ak penti alo oubyen dlo pou l pentire atè nan remiz la.
- Bay timoun nan plizyè kalite bagay li ka ekri ak yo (penso, kreyon fet, kreyon koulè).
- Kite timoun nan sèvi ak materyo yo poukont li - pa fòse timoun nan pou "fè" yon bagay.
- Bay timoun nan materyèl li ka manyen (pat a modle ki pa toksik, penti pou sèvi ak dwèt pou pentire, krèm pou fè bab, sab lanmè).
Ladrès gwo mis yo
- Li ka mache sou yon liy dwat
- Li ka kenbe balans li sou yon pye pandan plizyè segonn
- Li ka kòmanse ponpe sou yon pye
- Li ka voye yon boul yon ti distans ak yon sèl men
- Li ka atrape yon boul k ap bat ak 2 men
- Li ka monte yon ti bekàn 3 wou poukont li
- Li ka monte sou yon glisad poukont li
Aktivite yo
- Òganize yon kote ki gen plizyè enpas pou timoun nan pase poukont li (pou l travèse yon chèn, pase anba yon tab).
- Sèvi ak yon boul ki mou pou w jwe atrap avè l, avanse pi lwen li tanzantan.
- Sèvi ak yon boul ki diferan gwosè oubyen ak sak ki gen ti grenn ladan li pou w fè l atrape.
- Fè yon wout pou bekàn 3 wou a epi mete kèk siy sou wout la tankou siy estop oubyen yon kote li ka pase pou l kanpe pale ak yon moun nan yon fenèt pandan li sou bekàn nan.
- Jwe jwèt « Follow the leader », fè l fè aktivite ki difisil.
- Jwe mizik pou l danse.
|
back to top |
|
48 mwa a 60 mwa (4 a 5 an) ?
|
Ladrès pèsonèl li ak ladrès sosyal li
- Li antann li pou l jwe ak lòt timoun
- Li kòmanse ap chèche konnen sa fi ak gason fè (manman/papa) ak sa moun k ap ede nan kominote yo fè (ponpye, mèt magazen)
- Li konprann ki limit li genyen epi li ka fè lòt konnen sa yo ye
- Li gen respè pou moun ki gen otorite, malgre sa li eseye teste limit yo
- Li patisipe nan jwèt ki fèt an gwoup
- Li chwazi zanmi pa li
- Li pa renmen moun anmède l
- Li renmen blag ki ridikil
- Li ka met rad sou li, fè twalèt li, epi li ka manje poukont li
Aktivite yo
- Kreye opòtinite pou l jwe wòl aktè epi (pa kite l fè jwèt brital).
- Mete timoun ki gen menm laj ansanm oubyen envite timoun ki gen menm laj avè li vin jwe avè l pou ankouraje l aprann jwe ak lòt timoun.
- Montre l jwèt ki fasil tankou jwèt («Duck, Duck, Goose »).
- Pèmèt timoun nan ede etabli sa limit li dwe ye. (« Konbyen tou chak timoun ap genyen ? »)
- Ede timoun nan devlope estrateji pou l rezoud pwoblèm sosyal li genyen. (« Sèvi ak mo, pa bay kou"; "Ki sa ankò ou ka fè?" « Ki sa w ap di pwochèn fwa ? »)
Ladrès pale ak ladrès pou konprann
- Poze kesyon pou jwenn enfòmasyon (Pou ki sa …. ?, Kouman ...? )
- Li konprann woutin li dwe suiv epi li okouran ki aktivite ki vin anvan yon lòt oubyen apre yon lòt nan yon sekans
- Li jwe ak mo yo, li kreye mo ki pa vle di anyen
- Li ka reponn kesyon sou kèk istwa epi li ka rakonte istwa yo ankò si gen moun ki ede l
- Li ka kole kèk fraz ansanm
Aktivite yo
- Li liv ki gen istwa pou timoun nan.
- Poze l kesyon sou istwa yo epi mande l pou l rakonte istwa yo ankò.
- Ankouraje timoun nan pou l fè teyat ak istwa yo oubyen ak istwa li gen nan tèt li epi pou l sèvi ak diferan vwa pou diferan karaktè yo.
- Ankouraje timoun nan pou l fè jwèt kote li di sa k ta pase si tèl bagay te pase pou l ka kreye istwa pa li tankou ("Sa k ta rive si w te ka vole...")
- Bay timoun nan diferan kalite lojisyèl pou l sèvi nan konpitè li.
- Òganize vizit pou ale nan bibliyotèk, nan zou, ak nan aktivite espesyal tankou parad.
- Jwe jwèt ki gen mo rime ak timoun nan. (« Èske ou ka di 3 mo ki rime ak mo chat? »)
Ladrès mis ki pi piti yo
- Li ka koupe yon bagay tou dwat
- Li ka kopye kèk fòm
- Li ka ekri kèk lèt
- Li ka fè desen kèk bagay
- Li ka bati kèk bagay ki byen aliyen ak blòk an bwa
- Li ka fè yon estati ak pat a modle ki pa toksik
Aktivite yo
- Bay timoun nan jwèt ki ka pèmèt li bati kèk bagay tankou blòk an bwa yo.
- Bay timoun nan plizyè kote li ka ekri (Katon koulè, anvlòp, tablo, bwat katon).
- Ankouraje timoun nan pou l fè desen kèk bagay ak kèk aktivite k ap fèt.
- Bay timoun nan pat a modle ki pa toksik, sab lanmè, ak papye ak lakòl.
- Bay timoun nan limit valè bagay li ka sèvi an menm tan.
Ladrès gwo mis yo
- Li ka mache fè bak
- Li ka monte oubyen desann eskalye poukont li, li mete yon pye sou chak mach yo
- Li ka ponpe
- Li kòmanse sote
- Li ka choute yon boul san pwoblèm
- Li ka fè lakilbit
- Li ka fè mouvman ak kò li pou l suiv sa yo di l fè ("Mete men w sou tèt ou, fè 2 gwo pa ann avan, epi vire.")
Aktivite yo
- Kite timoun ede w ranje yon wout ki gen aktivite ki difisil ladan ( baton pou balanse, chèz pou travèse, tab pou pase anba yo, ak balanswa).
- Woule gwo sèk plastik pou pase yo youn bay lòt.
- Òganize jwèt choute boul kote pa gen konpetisyon.
- Mennen timoun nan nan pak pou l jwe pou l aprann grenpe, monte balanswa, ak lòt aktivite ki fè l fè mouvman.
- Jwe jwèt "Simon says" avèk timoun nan, mete mouvman ki difisil nan jwèt la.
- Sote sou yon pye ansanm ak timoun nan soti nan kay la rive nan machin nan.
- Ankouraje timoun nan pou l eseye mache pa bak.
Jwe mizik pou timoun nan danse epi ba l enstriman li ka jwe pandan l ap danse oubyen l ap mache.
|
back to top |
|
|