Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Sante timoun ak fason pou yo viv byen
 
Chèche konnen ki pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman timoun ki pa gen asirans yo genyen ak ki tretman yo resevwa

Ki sa nou te aprann sou pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman ni timoun ki gen asirans ni timoun ki pa gen asirans yo k ap resevwa premye swen?

  • Gen 14 pou san nan timoun o Zetazini ki pa gen asirans.
  • Timoun ki pa gen asirans gen mwens chans pou yo jwenn swen doktè.
  • Nou pa gen anpil enfòmasyon ni sou sante mantal ni sou sante konpòtman timoun ki pa gen asirans.
  • Gen yon rechèch ki te etidye kòman yo okipe pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman timoun genyen nan swen lasante pou 24183 timoun 401 doktè konsilte nan tout 50 Eta yo, nan Pòtoriko ak 6 depatman peyi Kanada.
  • Kote enfòmasyon yo soti. Chak doktè bay enfòmasyon sou yon gwoup 55 timoun ant 4 ak 15 an. Rechèch la te chita sèlman sou sant ki gen 3 timoun osnon plis pase twa timoun ki pa gen asirans. Sa te bay yon echantiyon 13, 401. Ladan yo gen 93 pou san ki gen asirans (n = 12518) alòske gen 7 pou san ki pa genyen (n = 883).
  • Ak ki mezi yo te sèvi. Nan ki pwen asirans yo ye, rezon vizit la, doktè idantifye yon pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman , kantite tan yo pase ak moun ki vin konsilte a, si yo te ba li konsèy osnon medikaman ki aji sou lespri moun, si doktè preskri tretman pou sante lespri moun nan. Paran yo ranpli lis kontwòl Pediatric Symptom nan, yon lis kontwòl maladi pou premye swen ak ki yon mezi pou fanmi k ap mache. Mezi sa a kalkile satisfaksyon granmoun yo jwenn nan pwogram pou kore fanmi yo.

Men ki sa rechèch la jwenn:

  • Plis timoun ki pa gen asirans yo se panyòl.
  • Timoun ki pa gen asirans yo plis soti nan fanmi kote paran yo pa rive lwen lekòl.
  • Sante timoun ki pa gen asirans yo ant pa bon ak pasab, rezilta lekòl yo ant pa bon ak pasab, epitou paran yo deklare yo gen plis pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman
  • Gen mwens chans pou timoun ki pa gen asirans al nan vizit doktè pou timoun ki an sante.
  • Pa gen gwo diferans ant timoun ki gen asirans ak timoun ki pa gen asirans ni nan kantite, ni nan degre oswa nan tretman, moun doktè rekonèt ki gen pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman . Menm lè papye doktè montre te ka gen yon diferans
  • Dapre rezilta sa yo, kantite vizit ni moun ki asire ni moun ki pa asire ka fè kay doktè ka diferan paske yo pa gen menm mwayen, men depi timoun yo gen posiblite al ka doktè, rezilta tretman yo kapab menm.
  • Men paran ki gen timoun ki pa gen asirans yo an jeneral yo di timoun yo gen plis pwoblèm konpòtman pase sa doktè yo dekouvri. Gen dwa se paske gen yon seri pwoblèm timoun ki pa gen asirans yo genyen doktè pa wè; gen dwa se paske timoun sa yo pa al ka doktè souvan - sitou pou vizit doktè pou timoun ki an sante - kon sa responsablite doktè a santi li genyen pou sante timoun nan konn pa devlope ase.

Konklizyon

  1. An pami timoun ki resevwa premye swen nan sant yo, ni timoun ki gen asirans, ni sa ki pa gen asirans gen menm pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman ak menm pwoblèm sante lespri. Doktè trete pwoblèm sa yo menm jan.
  2. Chèche bay timoun ki pa gen asirans asirans, se yon mwayen pou ede yo jwenn swen doktè san rete pi fasil. Sa va pèmèt doktè yo dekouvri pwoblèm mantal ak pwoblèm konpòtman yo plis.

Referans:
Mclnerny, T.K., Szilagyi, P.G., Childs, G.E., Wasserman, R.C., & Kelleher, K.J. (2000). Uninsured children with psychosocial problems: Primary care management. Pediatrics, 106(4), 9300-936.

back to top

Konsèp swen medikal pou timoun nan Sant espesyal

Ki sa yon Sant medikal ye?

Dapre Akademi Pedyatri Ameriken ak Kanpay pou Timoun rete an sante o Zetazini (American Academy of Pediatrics and its Healthy Child Care America campaign), yo ta dwe bay timoun swen sante nan yon sant espesyal pou timoun. Pi ba a, n ap jwenn yon rezime ide ki soti nan 46 diferan pwogram sèvis sante, pou moun yo pat janm bay sèvis yo merite oparavan oubyen moun ki frajil. Pa gen youn nan pwogram yo ki sèvi ak tout eleman nou prezante la yo, malgre genyen ki sèvi ak majorite ladan yo. Pa gen youn nan pwogram sa yo yo ta ka al mete tout antye nan yon kominote epi pou yo ta espere pwogram sa yo ap reyisi. Nou bay lis eleman sa yo poutèt pou moun ki enterese mete yon rezo sant sante medikal nan kominote kote yo viv la, kapab chwazi ki eleman ki ta bon pou kominote yo a.

Men eleman ki ta pi nesesè pou yon sant medikal:

  • Yon kote paran yo ka mennen pitit yo pou yo pran swen yo ki pa twò lwen lakay yo.
  • Bon jan swen medikal ak lòt kalite sèvis ki pa koute twò chè.
  • Yon kote ki fèt pou fanmi. Yon kote ki sèvi ak avantaj moun ki viv an fanmi genyen.
  • Yon kote ki pran ka moun, ki konprann moun, epi ki mete moun alèz malgre diferans nan kilti yo.
  • Yon kote ki gen anplwaye ki bay fanmi yo bon jan enfòmasyon san yo pa enpoze lide pa yo.
  • Yon doktè ki espesyalize nan medsin pou timoun piti ki la an pèmanans, oubyen ki la pou sipèvize anplwaye k ap pran swen timoun nan sant lan.
  • Yon doktè ki la pou goumen pou timoun ka jwenn swen medikal yo merite epi ki asepte pran responsablite pou swen yo bay timoun yo nan sant lan.
  • Yon doktè ak yon gwoup anplwaye ki konprann relasyon ki egziste ant kominote kote timoun nan ap viv la ak sante fizik ak sante mantal timoun nan.
  • Yon sèvis ki toleran.
  • Yon sant ki toujou ouvè pou bay swen nan ka ijans pou moun ki merite swen ki pral lakay yo apre, ak moun ki merite entène.
  • Yon kote ki toujou ap suiv kouman sante mantal ak sante fizik timoun yo ye.
  • Yon kote ki pran ka timoun yo menm lè yo pa malad, pou evite maladi rantre sou yo, tankou ba yo vaksen, tcheke pou wè si yo byen devlope, epi ba yo konsèy sou eta fizik yo ak eta mantal yo.
  • Yon sistèm santral ki kenbe dosye medikal timoun yo ki konfidansyèl men ki pare pou bay tout enfòmasyon sou kondisyon sante timoun nan lè sa nesesè.
  • Yon kote ki ka refere timoun yo bay lòt espesyalis pou tretman yo bezwen ki konplike oswa lè yo gen ka ki grav anpil.
  • Suiv sa espesyalis yo rekòmande pou timoun yo epi esplike fanmi yo sa espesyalis la made pou yo fè si yo pa fin konprann esplikasyon yo.
  • Kominike ak lekòl yo ak lòt kote timoun pran swen medikal nan kominote a epi travay ansanm ak yo.

Ki manman sèvis yo bay nan yon Sant de sante?

Swen medikal
Swen dantè
Swen sante mantal
Okipe dosye nan chak ka
Nitrisyon
Èd pou moun ki gen pwoblèm kontwole tèt yo
Refere moun nan diferan sèvis yo bezwen

Ki prensip pou sèvis ki pi enpòtan nan yon kote ki bay swen medikal?
Pou yo bay tout kalite swen epi pou yo kowòdone aktivite swen pasyan yo
Pou yo toujou kontinye ap bay sèvis yo
Pou pasyan yo gen aksè a yo fasil
Pou yo gen pwogram ak anplwaye ki konprann sitiyasyon moun ki soti nan diferan kilti, pou yo konnen sa yo vle, pou yo konnen sa yo bezwen.

Ki sèvis espesyal yo ka bay nan yon sant medikal?
Edikasyon sou sante
Sante mantal/ede moun ki pran twòp dwòg
Travay ansanm ak kominote a
Sante nan anviwonman an
Fè egzamen dan, trete pwoblèm dan
Swen pou pwoblèm mantal
Famasi Ede moun jwenn èd leta bay
Fè egzamen pou moun ki gen HIV yo epi ba yo konsèy
Sèvis laboratwa/ ak radyografi
Bay vaksen
Sèvis an ijans
Ede moun ki bezwen transpò
Ede moun jwen kay
Fè egzamen pou plon nan san, anemi, ak anemi "sickle cell"
Egzamen zòrèy
Kontwòl sou jan timoun nan ap devlope
Egzamen medikal pou timoun ki poko nan laj pou yo antre lekòl ak sa ki pral antre lekòl.
Egzamen je
Egzamen medikal pou timoun ki fèk fèt
Evite ka vyolans
Egzamen pou dyabèt ak enfòmasyon sou maladi a
Òganize gwoup granpè ak granmè Òganize gwoup manman ki fè pitit jèn
Egzamen pou men ki gen maladi yo pran nan fè sèks
Bay enfòmasyon sou maladi opresyon
Prepare moun pou travay/ Ede yo jwenn travay
Planin familyal

Ki sèvis medikal yo bay nan Sant medikal yo?
Pwogram ki sou kontwòl enfimyè
Asistan doktè
Enfimyè ki gen anpil esperyans
Travayè ki bay swen sante nan kominote a
Swen pou moun ki gen adiksyon
Moun ki pran ka moun ki malad nan tèt
Amelyorasyon swen sante yo
Rekritman
Konpreyansyon lòt kilti ak lòt gwoup etnik
Fè suivi ak pasyan yo

Ki òganizasyon ki ka bay sant medikal yo gwo koudmen?
Lopital yo oubyen òganizasyon sante yo
Òganizasyon ki bay swen medikal ak doktè pa yo
Sant sante nan Inivèsite ak lòt moun ki nan domèn sante
Lekòl yo (elemantè - entèmedyè -segondè)
Sant sante gouvènman yo, ni sa ki lokal, ni sa ki nan tout Eta a
Biwo gouvènman ki pa bay swen medikal ki nan Eta a ak sa ki nan kominote a
Òganizasyon ki nan kominote a
Òganizasyon legliz yo

Ki gwoup espesyal ki jwenn swen nan Sant medikal yo?
Moun ki ret nan lari
Moun ki gen - HIV
Moun ki travay tè
Timoun piti
Timoun Granmoun
Moun ki abite nan kay leta
Moun ki abite nan mitan vil yo
Moun ki abite andeyò

Ki kote yo pran swen moun ki nan sant yo?
Klinik pou pasyan ki pap entène Sant sante nan kominote a
Depatman sante Lakay malad yo
Lekòl
Nan legliz
Klinik mobil
Nan travay
Sant sante nan kay leta yo

Ki kalite anplwaye sant yo bezwen pou fè yo mache?

Enfimyè Doktè
Dantis Sikològ
Travayè sosyal
Travayè ki fè suivi ak malad yo
Asistan doktè
Volontè ki antrene
Anplwaye ki okipe zafè sante nan kominote a
Etidyan ki nan antrenman/ sa ki nan estaj
Pwofesè lekòl
Anplwaye gouvènman an

Nan ki kote lajan ki fè sant ki okipe moun malad yo soti?

Sant prive
Swen medikal ki Mediked kontwole
Biwo ki bay bous pou ede moun ak pwoblèm sante Lajan ki soti nan "Maternal and Child Health Policy Grant"
Kò Nasyonal pou zafè sante
Lajan ki soti nan "Ryan White grant"
Mediked Medikè
AHEC co-op agreement
Lajan ki soti nan "Robert Wood Johnson Foundation grant"
Fondasyon Kellogg

Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
American Academy of Pediatrics (1992). The medical home. Pediatrics, 90(5).
American Academy of Pediatrics (1993). Pediatric Primary Health Care (Addendum to the medical home statement). AAP News, 11/93.
U.S. Department of Health and Human Services, Health Resources and Services Administration (1999). Models That Work: Innovative Health Improvement Programs For Underserved and Vulnerable Populations: Compendium 1998. Washington, D.C.: Author.
U.S. Department of Health and Human Services, Health Resources and Services Administration (1999). Successful Approaches in Public Housing: Primary Care Programs 1998. Washington, D.C.: Author.

back to top

MANMAN KI POKO GEN 20 AN
Ki danje ki genyen ni pou sante timoun ki fè pitit anvan yo gen 20 an ni pou devlopman lespri yo nan sosyete a? · Yo gwosi nan move kondisyon akòz gwosès la · Anemi · Yo fè tansyon akòz gwosès la · Yo nan mizè · Mank edikasyon lekòl · Fanmi yo pa ede yo ase · Yo pa jwenn bon swen anvan akouchman osnon yo pa jwenn swen ditou · Plis chans pou yo viktim vyolans nan kay la · Gen anpil chans pou yo leve pitit la san papa · Yo pa gen anpil chans fini segondè · Yo pa gen ase konesans sou devlopman timoun ak sou ladrès pou leve timoun · Gen pi gwo chans pou yo fè neglijans ak timoun nan osnon pou yo maltrete l Ki danje ki genyen lè ti jenn fi ki poko gen 20 an ap plede ansent? · Yo pa gen bon rezilta lekòl/ yo ka pase 6 mwa san yo pa al lekòl · Yo vin bezwen plis èd nan men gouvènman an/nan men lasosyete · Gen plis chans pou timoun nan mouri · Lè timoun nan fèt li pa peze anpil · Gen 35 pou san nan jenn fi ki poko gen 20 an ki tounen ansent ankò anvan premye timoun nan gen 2 an

Ki danje ki genyen ni pou sante tibebe ki fèt anvan manman yo gen 20 an ni pou devlopman lespri yo nan sosyete a?

Gen plis ka kote:

  • Yo fèt twò piti
  • Yo fèt anvan lè
  • Yo andikape nan devlopman yo
  • Devlopman yo pa soti byen menm jan ak timoun ki gen manman ki depase 20 an
  • Yo gen pwoblèm pou yo aprann, yo gen pwoblèm devlopman sosyal ki ka pèsiste jis nan adolesans yo
  • Yo gen pwoblèm pale, pwoblèm touche epi pwoblèm afeksyon
  • Yo sibi disiplin sevè akòz paran yo pa konn fè levasyon timoun. Sa vin lakòz yo fè kòlè, yo pa bay tèt yo valè epi yo rete apa nan lasosyete

Ki jan timoun ak jenn moun manman yo te fè anvan li gen 20 an ap soti?

  • Rezilta timoun ki anba danje ki soti nan sitiyasyon manman ki poko gen 20 an ka pandan 3-4 premye ane timoun nan sou tè a ka gen gwo enfliyans sou devlopman koneksyon nè timoun nan ak rezo newotransmitè nan sèvo timoun nan epi sa ka anpeche sèvo timoun nan devlope byen.
  • 33 pou san nan timoun sa yo kite lekòl anvan lè
  • 31 pou san fè depresyon
  • 16 pou san al nan prizon
  • 25 pou san ladan yo ka fè pitit anvan yo gen 20 an

Konsèy pou Pedyat

  • Pedyat yo ta dwe bay timoun yo swen san rete epi yo ta dwe mete yon fwaye medikal ni pou paran ki poko gen 20 an yo, ni pou pitit yo. Paran ki poko gen 20 an bezwen konsèy, yo bezwen edikasyon pou tibebe, epi yo bezwen konnen kouman pou yo pran swen timoun yo. Gid sa a ta dwe fèt ni pou manman an, ni pou papa a lè sa posib.
  • Pedyat la ta dwe fasilite kòdinasyon yon pwogram ki kouvri anpil disiplin epi ki konplè sou jan pou yo sèvi ak resous kominote a tankou sèvis sosyal, pwogram nitrisyon, klas sou ki jan pou paran elve timoun, sèvis medikal ak sèvis pou devlopman timoun.
  • Pedyat la ta dwe ankouraje manman an yo pou yo bay timoun tete epi yo ta dwe ankouraje lekòl yo pèmèt jèn manman yo bay pitit yo tete nan lekòl la.
  • Pedyat la ta dwe konseye moun yo suiv konsèy sou prekosyon kont gwosès epi yo ta dwe ankouraje sa pandan jenn fi an ansent epi li ta swa chita sou metòd planin ki ka dire lontan ansanm ak sèvi ak kapòt.
  • Pedyat yo ta dwe ankouraje jenn fi ki fè pitit anvan yo gen 20 an pou yo fini segondè yo.
  • Pedyat yo ta dwe esplike manman yo kouman rete an sante enpòtan ni pou yo, ni pou pitit yo. Yo ta dwe esplike yo ki efè dwòg ak nikotin gen sou timoun yo k ap grandi, k ap devlope.
  • Pedyat la ta dwe kontwole danje pou vyolans nan fwaye a ni pandan vizit pou gwosès la ni apre.
  • Pedyat la ta dwe ankouraje paran ki poko gen 20 an konnen jan sa enpòtan pou yo okipe pitit pa yo yo menm. Sa va fè jenn paran an vin konprann sa sa vle di elve yon timoun.
  • Pedyat yo dwe adapte konsèy y ap bay yo selon nivo devlopman jenn paran an. Fòmasyon entansif sou jan pou okipe tibebe, sou jan moun grandi ak jan yo devlope, disiplin, estrès ki soti nan elve timoun, yo ka bay konsèy sa yo nan biwo, nan lopital, nan vizit a domisil oswa nan lekòl.
  • Pedyat yo ta dwe konnen ki resous kominote a genyen pou adolesan ki paran ak pou pitit yo. Yo ka mete vizit a domisil, kou sou peryòd anvan akouchman ak sou peryòd apre akouchman, bon pwogram pou okipe timoun ak pwogram pou timoun ki andikape nan devlopman yo.
  • Pedyat yo ta dwe bay jenn moun ki fini segondè, ki pa nan dwòg, gwòg ak nikotin yo bon ankourajman, ki kontinye bay timoun yo tete; ki veye pou timoun yo pran tout vaksen lè yo dwe pran li; ki al nan tout vizit timoun pandan yo an sante.
  • Ankouraje papa a pou l patisipe nan lavi pitit li.

American Academy of Pediatrics, nou ka jwenn li sou entènèt nan : www.pediatrics.org, feb 2001, vol.107, no. 2.

back to top

Menas Anviwonman an pou sante timoun
Ki nesesite sa genyen pou nou konnen ki danje ki nan anviwonman an pou sante timoun yo?

  • Malgre pwogrè nan pwòpte, vaksinasyon, nitrisyon, siveyans maladi ak kontwòl maladi, malgre pwogrè nan rechèch sou antibyotik, maladi ak pwoblèm ki atake timoun ap ogmante chak jou pi plis, kit se opresyon, kit se kansè, tibebe ki twò lejè, lanmò nan aksidan machin oubyen nan nenpòt lòt sikonstans, enfimite nan kwasans, fimen.
  • Chèche prèv ki montre sèten pwoblèm anviwonman tankou sèvi ak gaz ki soti nan zosman anba tè, penti ki gen plon, sòlvan, remèd pou vèmin ak PCB, malad pou televizyon, pou distraksyon ki lakòz maladi ogmante.
  • Nan lekòl medsin yo pa bay lasante anviwonman an enpòtans epitou pa gen anpil doktè ki resevwa fòmasyon ki ede rekonèt pwoblèm ki marye ak anviwonman epitou ki ede yo jwenn solisyon pou yo.
  • An jeneral pwoblèm sante anviwonman an lakòz gen tandans ajoute youn sou lòt epi se pa bagay moun remake fasil. Gen 2 fwa, apre yo antre sou yon moun yo pran anpil tan anvan yo parèt e se bon antrenman ki ka ede moun dekouvri yo.
  • Met sou sa, antrenman nan biwo nouvo doktè ak lòt espesyalis an kesyon lasante resevwa pa ba yo chans obsève pwofesyonèl ak esperyans kap pran defans kominote a.
  • Dapre system lasante ki la kounye a, premye swen lasante kòmanse lè pasyan an al ka doktè. Sistèm sa a pa bay anviwonman kote timoun nan fèt la enpòtans.

Ki sa doktè ka fè pou yo diminye danje anviwonman an genyen pou timoun?

  • Soti nan biwo yo, ale nan katye kote timoun yo ap viv, pou yo ka wè ki jan anviwonman an ye epi ki danje sa genyen pou sante yo.
  • Kore efò k ap fèt anfavè timoun yo devan reyalite politik ki lakòz gen gwo rezistans kont chanjman nan tranch popilasyon an ki gen pouvwa. Paregzanp gwoup ki anfavè timoun yo ka menase enterè moun k ap fè remèd pou tiye vèmin, sòlvan ak PCB epi yo menase djòb moun sa yo. Sitiyasyon kon sa mete anpil presyon sou politisyen lokal yo ak politisyen nasyonal yo.
  • Kòmanse defann kòz yo bonè, paske dapre lasyans, se lè sa a yon sibstans, yon pwodui osnon yon aktivite ka koze plis pwoblèm, olye pou nou ta rete tann gen prèv san mank ki montre bagay sa yo an kòz.
  • Kreye yon sistèm pou nou etidye lwa ki favorize endistri k ap pwodui sibstans, pwodui ak aktivite ki mete sante timoun an danje epi pou nou prepare repons pou lwa sa yo.
  • Ogmante kantite tan etidyan nan lekòl medsin pase sou pwoblèm sante anviwonman an. Kreye okazyon pou ni etidyan lekòl medsin ni anplwaye yo soti ale nan kominote a.
  • Fè etidyan lekòl medsin yo ak anplwaye yo analize pwazon pou vèmin yo sèvi nan zòn kote moun y ap trete yo abite. Sèvi ak done yo pou nou kominike ak moun ki abite nan zòn nan ak politisyen yo epi òganize etid pou chèche konnen nan ki valè moun ki antre an kontak ak podui a nan distri lekòl yo, nan kay leta yo, nan bilding ki gen apatman ak lòt kote timoun ye.
  • Ankouraje depatman pedyatri nan lekòl medsin pou yo gen rapò ak gwoup nan kominote a tankou pwofesè, anplwaye sosyal, abitan zòn nan ak lidè nan kominote a pou yo ba yo kout men nan rechèch yo ansanm ak done sou divès danje ki nan anviwònman an moun an kontak ak yo.
  • Kolabore ak kolèg nan lòt branch pou moun ka vin konprann ki danje anviwonman an k ap degrade a genyen sou sante timoun.
  • Egzije etidyan medsin ki nan estaj yo patisipe nan kòz yon gwoup moun ap defann sou nenpòt ka ki gen rapò ak sante.

Men ki kote enfòmasyon sa yo soti:
Crain, E.F. (2000). Environmental threats to children's health: A challenge for pediatrics:2000 ambulatory Pediatric Association (APA) presidential address. Pediatrics, 106 (4), 871-875.

back to top

Pedyatri kominotè

Ki sa pedyatri kominotè ye?

Akademi Ameriken pou Pedyatri (AAP) pibliye pozisyon yo kote yo fè pedyat yo wè enpòtans kominote a genyen nan domèn swen medikal pou timoun. Gen yon bann pwoblèm pratik medikal tradisyonèl yo pa rive rezoud, tankou kantite timoun ki pran chòk oubyen ki blese k ap ogmante kit se fòt yon moun kit se pa fòt pèsonn, toksikomani, pwoblèm konpòtman ak pwoblèm devlopman, konpòtman inadapte onivo fanmi, maladi moun pran nan relasyon seksyèl, gwosès enprevi, to mòtalite enfantil ki wo nan sèten kominote. Yo dwe eseye rezoud pwoblèm sante timoun yo nan yon kontèks ki gen rapò ak biyoloji, fanmi ak kominote. Nan yon pèspektiv kote yo itilize pedyatri kominotè pou yo atake pwoblèm sante timoun, yo kapab fè yon entèvansyon depi byen bonè nan lavi timoun nan pou yo anpeche sèten pwoblèm rive, pou yo ede timoun nan devlope an sante.

Men ki jan AAP defini pedyatri kominotè:

  • Se yon pèspektiv kote doktè a pa gade yon sèl timoun men tout timoun ki nan kominote a.
  • Se yon mwayen pou montre kouman fanmi, edikasyon, anviwonman, faktè sosyal, faktè kiltirèl, faktè espirityèl, faktè ekonomik, faktè politik gen yon efè enpòtan sou sante ak sou fonksyònman timoun.
  • Se yon sentèz pratik klinik ak prensip sante piblik kote yo anvizaje pou yo bay chak timoun swen medikal ak pou yo ede tout timoun viv an sante nan kontèks fanmi yo, nan kontèks lekòl yo ak nan kontèks kominote yo.
  • Se yon angajman pou pwofesyonèl ki nan domèn medikal kolabore ak lòt pwofesyonèl, ak diferan ajans, ak paran pou yo kontwole si sèvis yo aksesib, si yo apwopriye, si gen bon kalite sèvis. Yo dwe plede kòz tout moun ki nan bezwen.
  • Se yon aspè enpòtan nan wòl pwofesyonèl ak devwa yon pedyat.
Ki sa nou bezwen pou nou ankouraje estrateji medikal ki makònen ak pedyatri kominotè?

Gen de pwoblèm fondamantal yo dwe atake lè y ap planifye entèvansyon ki gen rapò ak rechèch nan domèn sosyal ak nan domèn konpòtman. Premye pwoblèm nan se nesesite ki genyen pou yo fè fas ak faktè jenerik, kit se onivo sosyal kit se onivo konpòtman, ki afekte sante. Dezyèm pwoblèm nan se nesesite ki genyen pou yo fè entèvansyon nan diferan domèn ki afekte sante moun. Men rekòmandasyon ki dwe gide pedyat lè y ap pran swen timoun ak fanmi yo nan yon kontèks kominotè:

  1. Konsantrasyon. Konsantre sou faktè, kit se onivo sosyal kit se onivo konpòtman, ki gen yon efè sou sante, aksidan ak enkapasite onivo nasyonal e onivo lokal. Chèche enfòmasyon sou ris faktè sa yo prezante pou timoun onivo medikal e onivo sosyal. Idantifye fason yo kapab amelyore/modifye sèvis yo ak pwogram yo pou yo kapab devlope estrateji ki chita sou sa komite a bezwen.
    • Lè y ap fè entèvansyon kote yo gade diferan nivo enfliyans ak divès faktè ki mete moun an danje, yo dwe sèvi ak resous ki genyen pou chak nivo nan yon fason ki efikas.
  2. Plizyè mwayen. Itilize plizyè mwayen tankou edikasyon, sipò sosyal, lalwa, ofri moun sèten avantaj, pwogram pou ede moun chanje konpòtman yo pou nou kreye kondisyon pou moun kapab viv an sante. Idantifye/kowòdone sèvis ki egziste yo pou nou asire nou timoun yo byen kòmanse nan lavi a. Sèten nan sèvis sa yo se edikasyon ki apwopriye pou timoun piti, vaksen, prevansyon aksidan, nitrisyon ak egzèsis fizik.
    • Plizyè mwayen kote yo gade plizyè nivo enfliyans an menm tan - moun, fanmi, kominote ak òganizasyon.
    • Yon modèl sosyoekolojik ofri yon estrikti pou kalite entèvansyon kote yo gade plizyè nivo enfliyans - endividyèl, enstitisyonèl, kominotè ak politik gouvènman an.
    • Yo dwe ankouraje chanjman ki pèmèt moun amelyore sante yo non sèlman onivo
    • endividyèl men tou onivo lekòl yo ak onivo kominote a. Se kon sa pou yo rive gen chanjman ki dirab. Sa ki lakòz chanjman se divès faktè ki gen enfliyans youn sou lòt.
  3. Alyans. Pi bon fason pou nou kolabore ak lòt moun se pou nou fè alyans ak manm kominote a ki enterese nan sante ak byennèt timoun ki nan kominote a.
    • Nou dwe gen yon sant medikal pou chak timoun nan kominote a. Klinik oubyen biwo ki bay premye swen pedyatri se yon anviwonman ideyal ki pèmèt nou konekte sèvis medikal pou timoun ak lòt pwogram ki nan kominote a.
    • Sipèvizè ki anchaj sèvis medikal pou timoun gen yon wòl pou yo jwe nan anviwonman tankou sant medikal pou timoun oubyen lekòl.
    • Nou dwe mobilize resous kominote a ak resous lekòl yo pou nou eseye rezoud pwoblèm timoun yo.
    • Nou dwe mande patisipasyon sektè nan sosyete a ki pa abitye travay nan domèn pwomosyon lasante, sektè tankou sistèm legal la, biznis yo, edikasyon, sèvis sosyal ak medya a.
    • Devlope bon rapò ak kominote yo. Devlope estrateji entèvansyon ki pran an konsiderasyon jan yo evalye sa kominote yo bezwen ak priyorite yo.
  4. Objektif a lon tèm. Opòtinite pou timoun piti jwenn sèvis medikal ki chita sou pedyatri kominotè pa fini lè timoun lan kòmanse gran. Dapre rechèch ki fèt, pratik entèvansyon pou jenn moun ak granmoun gen plis chans pou yo reyisi si moun k ap fè pratik sa yo konsidere diferan etap nan devlopman yon moun ak si yo gade faktè enpòtan ki kapab mete sante moun an danje nan chak etap sa yo.
    • Gen anpil faktè ki mete sante yon granmoun an danje nou te kapab detekte depi moun nan te tou piti.
    • Konpòtman ki mete sante moun an danje gen rapò dirèk ak kondisyon sosyal ak kondisyon ekonomik ki egziste yo. Kèk nan kondisyon sosyoekonomik sa yo se inegalite ekonomik, nòm sosyal, lòt resous ak entèvansyon nou bezwen pou nou atake/redui ris sa yo pou sèten gwo pati nan popilasyon an.
    • Dapre rechèch ki fèt, yo kapab amelyore sante fizik, sante mantal, sante emosyonèl tibebe si yo bay timoun yo ak fanmi yo sèvis minimòm yo bezwen pou yo viv. Yo dwe ofri bon jan sèvis ki konplè, ki gen rasin yo nan kominote a.
    • Eta sante timoun piti kapab pi bon si yo te mete plis aksan sou kontèks sosyal, sou anviwonman kote y ap viv la, kote y ap aprann nan (fanmi, lekòl, kote yo travay). Kon sa, yo kapab evite abitid ki mete sante ak devlopman timoun sa yo an danje.
    • Entèvansyon sosyal ak entèvansyon ki gen rapò ak konpòtman kapab genyen yon efè dirèk sou fonksyònman fizyolojik.
  5. Edike yo, sèvi kòm modèl pou yo. Se pou nou aji tankou edikatè, tankou modèl pou elèv k ap etidye medsin, pou sa k ap fè rezidans yo lè nou nan yon anbyans kominotè. Sèvi ak resous AAP pou nou sipòte pratik ki gen rasin yo nan kominote a.
  • Branch AAP yo ak manm AAP yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo ede moun konprann ki sa pedyatri kominotè ye ak pou yo ede moun patisipe nan pratik ki gen rasin yo nan kominote a.
  • Branch APP yo dwe ede pedyat yo epi ankouraje sa k ap defann enterè pasyan yo onivo lokal, onivo eta yo ak onivo nasyonal. Yo dwe ede pedyat dirije, yo dwe ba yo sipò, yo dwe rekonèt sa yo fè ki bon. Kon sa, tout timoun kapab jwenn swen medikal. Entegrasyon aktivite kominotè yo ap tounen yon aspè enpòtan nan wòl ak responsablite yon pedyat.

Pi bon pratik ki genyen parapò ak pedyatri kominotè pou pwomosyon lasante?

  1. Lè y ap gade pi bon pratik ki genyen parapò ak estrateji pou pwomosyon pedyatri kominotè ki konplè, yo pa dwe mete aksan sou sèvis sèlman men yo dwe anvizaje yon politik ki global, yon pwogram ki global. Yo dwe bay moun y ap sèvi yo sipò finansyè ansanm ak sèvis ki ede yo evite pwoblèm. Politik gouvènman ki anfavè yon anviwonman ki bon pou lasante gen yon efè pozitif sou efò k ap fèt pou amelyore sante kominote yo.
  2. Dapre rechèch ki fèt sou pwomosyon lasante, yon tèm ki konsistan sèke moun k ap fè entèvansyon ak rechèch dwe fè sa an kolaborasyon ak kominote a. Se kominote a ki dwe dirije rechèch la. Se pa lòt moun ki dwe fè rechèch sou kominote a. Se vwa kominote a ki dwe dirije entèvansyon yo, se pa vwa lòt moun.
  3. Kolaborasyon ak kominote a gen yon efè sou priyorite kominote a etabli pou li jwenn bon rezilta onivo sante.
  4. Patisipasyon ak kolaborasyon kominote a ogmante posibilite pou entèvansyon yo reyisi.

Men ki kote enfòmasyon sa yo soti:

American Academy of Pediatrics Committee on Community Health Services (1999). The pediatrician's role in community practice. Pediatrics, 103(6), 1304-1306.

Promoting health: Intervention strategies from social and behavioral research (2000). Institute of Medicine, Washington, D.C.: National Academy Press.

back to top

Risk and Protective Factors in Child Maltreatment

Barbara Thomlison, Ph.D.
School of Social Work Florida International University

Menas Yo
Timoun piti

Timoun nan pa atache ak manman li
Timoun nan pa an sante/Li gen pwoblèm medikal
Difikilte nan devlopman
Timoun nan fèt anvan lè oubyen ak konplikasyon
Move tanperaman, move konpòtman
Timoun ki gen pwoblèm
Timoun nan pa fin twò entelijan
Atitid timoun nan

Timoun pa bay rannman lekòl bonè
Move timoun kòm egzanp
Paran pa voye je sou yo ase sekirite.
Timoun nan jwenn yon bon granmoun k òm modèl
Lavi an fanmi presyon nan fanmi

Kote timoun nan rete a pa bon
Pa gen ase resous materyèl
Move sitiyasyon ekonomik ki dire
Anpil konfli anpil vyolans
Estrès nan travay oswa pa gen travay
Chanjman nan lavi timoun nan ki bay estrès
Menas separasyon oswa divòs
Yon sèl paran
Anpil timoun
Move paran

Paran ki bwè oubyen ki nan dwòg
Paran ki gen pwoblèm mantal
Paran ki antisosyal
Aptitid paran

Paran ki rezone mal e ki pa kab rezoud pwoblèm
Paran ki atann twòp de timoun nan
Paran ki pa gen disiplin
Paran ki pa afektif
Paran ki bay timoun nan atansyon
Paran ki renmen kritike timoun nan
Paran an wè istwa swen timoun nan byen
Disiplin ki pa konsistan epi ki twò di
Sipò familyal

Paran an depann twòp sou lòt moun
Izolasyon
Paran an pa jwenn sipò nan menm lòt moun
Dezinyon nan maryaj
Eksperyans paran

Paran an pa pwòch pitit la
Pan gen anpil echanj pozitif nan fanmi an
Anviwonman sosyal ak anviwonman kiltirèl ak kominote a

Paran an pa kab jwenn bon sèvis sante ak kote pou yo gade timoun nan
Gen anpil vyolans ak krim sou katye a
Paran an pa gen twòp rapò ak moun sou katye a
Dezòganizasyon sosyal
Diskriminasyon ak manke tolerans o nivo sosyal
Kominote ki pòv o nivo sosyal
 
Faktè pwotektif yo
Timoun piti

Timoun nan renmen sòti, li karesan li janti
Timoun nan atache ak manman li
Timoun nan byen devlope epi li endepandan
Aptitid timoun nan
Travay lekòl li
Entèlijans nòmal
Bon fonksyònman sosyal epi bon refleksyon
Timoun nan efikas e li konn sa l ap fè
Timoun nan gen konfyans nan tèt li
Timoun nan kab rezoud pwoblèm
Timoun nan renmen kote li ye a epi l an
Li antann li ni ak granmoun ni ak timoun
Lavi an fanmi

Gen woutin ak regilarite nan vi fanmi an
Amoni nan fanmi an epi nan maryaj la
Tèt ansanm nan fanmi an
Gen renmen nan fanmi an
Timoun nan kab manje, bwè, biye
Paran yo gen travay regilye
Atitid paran yo

Paran yo la lè timoun nan bezwen yo
Paran yo konn elve timoun
Paran yo gen ekilib sikolojik
Atitid nan wòl yo epi nan responsablite yo
Satisfè nan wòl yo kòm paran
Paran yo gen konfyans nan tèt yo
Paran yo se bon modèl pou timoun yo
Paran yo veye timoun yo byen
Paran yo jwenn sipò nan men fanmi yo
Paran yo pwòch fanmi yo ak zanmi yo
Bon kapasite sosyal
Rezo Sipò sosyal ant fanmi ak zanmi
Mari ak madanm youn sipòte lòt
Anviwonman sosyal ak kiltirèl ak kominote a
Bon modèl kòm granmoun
Katye ki solid e ki stab
Bon rezo sipò sosyal ki pa fòmèl
Sèvis sante ak sèvis edikasyon ki disponib
Yon kominote ki genyen sekirite.
back to top

Sèvis Prevansyon Maladi pou Timoun

Ki sa ki lakòz ratman nan sèvis vaksinasyon pou timoun?

  • Malgre doktè ak moun nan kominote yo montre yo kore sèvis vaksinasyon ak lòt sèvis pou anpeche maladi antre sou timoun, se 60 ak 70 pou san timoun sèlman ki resevwa sèvis sa yo lè yo rive nan laj 2 an.
  • Gen 2 rezon ki ka fè timoun pa jwenn sèvis sa yo: gen dwa se paske yo pa mennen yo ka doktè oswa paske lè yo te ale ka doktè a yo pat jwenn sèvis yo te bezwen an.
  • Tablo yo pa di si yo te fè analiz /egzamen pou konnen si tèl timoun bezwen sèvis pou anpeche maladi antre sou li. Sa fè nou pèdi done/enfòmasyon ki gen gwo enpòtans.
  • Gen yon rechèch ki genyen sis pati ki ede anplwaye biwo doktè ak moun ki al ka doktè bay sèvis pou anpeche maladi antre sou moun:
  1. Gade ki nesesite yo genyen pou swen ki anpeche maladi antre sou yo.
  2. Yo fè doktè sa moun nan bezwen.
  3. Yo ba yo sèvis yo bezwen an.
  4. yo make sèvis yo bay la nan kat malad la / pasyan an.
  5. Yo ede pasyan an konprann, ni nesesite pou li pran lòt sèvis kon sa, ni jan sa enpòtan pou sa fèt nan moman sa nesesè.
  6. Yo kontinye suiv ka moun nan pou lè yo va bezwen ba l swen ankò. Malgre divès etap sa yo parèt fasil, demach la konplike. Nan plizyè kote moun ki nan sistèm nan ka pa fè sa ki nesesè pou yo sèten pèsonn pa manke chans yo genyen pou yo resevwa swen pou anpeche maladi antre sou yo.
  • Rezime sou sa rechèch yo montre: Pou yo te mezire etap yo, yo te sèvi ak 3 metòd pou ranmase enfòmasyon :(1) fich sante pou mezire eta prevansyon an anvan moun nan al nan klinik la ak lè li soti nan klinik la, (2) entèvyou ak paran apre sèvis la pou egzamine/evalye sèvis prevansyon ki pa nan fich sante a epi (3) yon lis kontwòl pou mezire wòl enfimyè ak lòt anplwaye jwe. Gen 3 sant sante kote yo te etidye posiblite pou yo sèvi ak 3 fòm mezi sa yo: (1) yon klinik pedyatri prive nan lavil, (2)yon klinik prive pou medsin familial (3) yon klinik pedyatri andeyò.

    Rezilta rechèch yo. Klinik kote gen mwens timoun yo tcheke fich yo pou sèvis prevansyon se kote yo fè mwens bon rezilta nan sèvis prevansyon.

    Ki sa nou bezwen pou nou fè sèvis sante pou timoun bay pi bon rezilta?

    1. Tcheke fich pou bay sèvis prevansyon.
    2. Tout anplwaye dwe resevwa fòmasyon nan regleman sou despistaj maladi.
    3. Tout anplwaye dwe patisipe nan sistèm depistaj maladi a san rete.
    4. Fòk yo kontwole sistèm la tanzantan.

      Men kote enfòmasyon sa a soti:
      Gest, K.L. Margolis
      Measuring the process of preventive service delivery in primary care practice for children. Pediatrics.

  • back to top

    Swen nesesè pou sante timoun ki nan pwogram adopsyon an
    Ki eta sante timoun ki rantre nan pwogram adopsyon an?

    • Anpil fwa timoun ki rantre nan pwogram adopsyon an, pa an sante, se pa paske yo te maltrete yo sèlman, oubyen yo te neglije yo ki fè yo te oblije mete yo nan yon lòt kay, men tou se paske yo pòv, yo te manke swen, yo te sibi enfeksyon, paran yo te pran anpil dwòg, anvan yo te fèt. Paran yo te manke mwayen pou jwenn swen pou sante yo, paran yo te gen maladi mantal, yo te konstate vyolans nan fanmi an oubyen nan vwazinaj la.
    • Toujou genyen yon gwo pousantaj timoun sa yo ki gen pwoblèm fizik, sante mantal ak devlopman, epi yo espoze plis pwoblèm sikolojik ak konpòtman pase lòt timoun ki genyen menm baz ak yo, men ki pa rantre nan pwogram adopsyon an.
    • Menm timoun yo mete kay lòt paran oubyen fanmi pwòch yo, riske pou yo toujou ap konfwonte ak pwoblèm sante yo. Paran pwòch k ap bay yo swen an, pafwa se yon moun ki aje, oubyen yon moun ki mwen edike, oubyen yo pa fè kòb tout tan, epi yo pa an sante tankou lòt paran ki abitye adopte timoun ki pa fanmi timoun yo. Pi souvan, lè yo mete timoun nan yon kote kon sa kon sa ( pa egzanp, san okenn jijman epi san okenn transfè legal pa fèt), sipò sante, sipò sosyal, lajan pou okipe timoun nan avèk siveyans fanmi an resevwa a, pa ase.
    • Pou sèten timoun, pwoblèm sikolojik ak pwoblèm emosyon ka pi grav pandan yo nan men fanmi oubyen moun ki pa fanmi yo.

    Ki sa ki ka anpeche yon moun jwenn swen sante jeneral ak sante mantal pou timoun ki nan adopsyon yo?

    • Anpil ajans pa genyen règleman ki konsène swen sante nan mete nan adopsyon.
    • Moun k ap travay nan pwogram swen adopsyon yo konte sou paran ki adopte yo pou yo okipe yo de swen nesesè pou sante timoun nan, menm lè yo pa ba yo otorizasyon pou yo bay konsantman legal yo pou tretman timoun yo.
    • Poutèt timoun yo deplase anpil lè y ap eseye chèche yon kote pou yo, sa anpeche yo jwenn swen sante regilye oubyen yo pa jwenn ditou.
    • Anpil moun k ap bay swen lasante, moun ka p travay pou pwoteje timoun, moun k ap travay pou ajans adopsyon ak pwofesyonèl nan zafè sante mantal yo, pa gen anpil konesans oswa yo pa gen konesans ditou sou swen sante pou timoun ki nan pwogram adopsyon an.
    • Konplikasyon ki genyen nan sitiyasyon chak timoun apa, mande plis tan ak atansyon moun k ap bay swen sante yo, malgre yo pa peye yo anpil pou tout efò yo fè yo.
      • Anpil fwa, moun k ap bay swen sante yo gen difikilte pou yo kominike ak sistèm ki okipe byennèt timoun nan, epi ak sistèm Mediked ki peye pou pran ka timoun nan.

    Ki sa ki nesesè pou okipe sante timoun ki nan pwogram adopsyon yo ?

    • Mete tout sa timoun nan bezwen yo ansanm. Yo dwe wè sèvis fizik ak sèvis sosyal yo kòm yon ti pati nan plan yon global ki bay fanmi yo èd ekonomik, ak sa yo pi bezwen, espesyalman pou fanmi ki okipe timoun yo annatandan yo jwen yon moun ki vle adopte yo.
      • Rantre plan swen sante yo nan plan pou okipe timoun yo.
    • Vizit nan kay yo kòm modèl. Li nesesè pou moun ki ap travay nan zafè sante k ap pran swen moun pou y al pase nan kay kote y ap okipe timoun yo ak sèvis "bebe a anfòm" nan, oubyen doktè k ap bay fanmi an premye swen yo, pale de pwoblèm sante ak pwoblèm nan devlopman yo timoun mete nan yon kote ki pa lakay yo.
      • Sèvis pou vizite kay yo kapab konekte ak yon klinik, ak yon doktè oubyen ak ajans sèvis sosyal la, epi tou yo kab kontwole pwoblèm sante timoun yo, yo kab detekte pwoblèm sosyal yo, epi konekte paran yo ak paran adopsyon yo avèk klinik lasante lokal yo.
      • Vizit mou ki okipe zafè sante nan kay yo mete timoun pou swen adopsyon - ni kay fanmi, ni lakay sa ki pa fanmi - kapab amelyore sante timoun yo.
    • Kote ki bay timoun swen. Idantifye yon dispansè pou chak timoun nan pwogram adopsyon an, kon sa timoun yo ap jwenn swen medikal epi sa ap diminye sou pwoblèm pou y al pran swen a dwat a goch la.
    • Obligasyon pou evalye sante ak byennèt. Timoun ki nouvo nan pwogram swen adopsyon an ta dwe genyen yon evaliyasyon sante an jeneral, sante mantal ak devlopman, nan 30 a 60 jou yo mete yo, ansanm ak yon konsiltasyon konplè pou detekte tout maladi ak kondisyon ki gen rapò ak pòvte ak abi, epi itilize mwayen ki estanda.
    • Mete tout dosye sante timoun yo yon sèl kote.
    • Devlope epi kenbe yon sistèm "paspò pou lasante" ki gen enfòmasyon ki enpòtan sou sante timoun, pou chak timoun. Modèl devlopman timoun ak dosye sante nan peyi Angle yo bon anpil. Yo dwe mete enfòmasyon nan plan an a pwen, apre chak rankont, oubyen revizyon plan an chak tan, epi kominike ak timoun nan, paran timoun nan, moun k ap bay swen an ak lòt moun k ap bezwen enfòmasyon.
    • Fè rechèch sou modèl efè pwogram edikasyon sou sante pou timoun yo pral adopte fè ak efè kèk pwogram sante espesifik fè sou timoun k ap ret tann pou yo adopte yo.

    Men ki kote enfòmasyon sa a soti:

    British Profiles of Child Assessment and Care Records. England.

    Shonkoff, J. P. & Meisels, S. (Eds.) (2000). Handbook of early childhood intervention. (Second edition). New York: Cambridge University Press.

    Simms, M.D., Dubowitz, H., & Szilagyi, M.A. (2000). Health care needs of children in the foster care system. Pediatrics, 106(4), 909-918.

    back to top

    Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


    We're always here for you: 211
    Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
    Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.