Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Kouman pou moun evite fè timoun abi, evite abandone yo, evite ba yo kou.
 
Analiz modèl fòmasyon pou kourikoulòm nan Eta Florid la
Analiz modèl fòmasyon pou kourikoulòm nan Eta Florid la
Modèl Fòs pwogram nan Limit pwogram nan Rekòmandasyon
Depatman Timoun ak Fanmi Eta Florid la Pwogram pou moun k ap gade timoun. Men sa modèl sa a gen ladan li: Idantifye timoun yo fè abi ak timoun yo neglije1.
  • Rapòte timoun yo abize ak timoun yo neglije.
  • Pwogram fòmasyon bay direktif ki klè sou kesyon idantifye epi rapòte timoun yo abize ak timoun yo neglije
  • Idantifye abi ak neglijans epi pale de siy fizik yo ak siy sikolojik yo.
  • Abi vle di bat timoun nan epi neglije li epi abi seksyèl epi neglije timoun nan emosyonèlman epi timoun nan manke lwazi.
  • Te gen lòt fòm ki te absan tankou fo maladi
  • Pwogram nan kouvri aspè sikolojik abi sou timoun nan kontèks moun k ap fè abi a.
  • Yo te prezante faktè pèsonèl ak aspè anviwonman pou paran ki ap abize timoun yo jan ki klè epi ak anpil prekosyon.
Men limit fòmasyon an:
  • Manke enfòmasyon sou aspè entèdisiplinè yo ki gen rapò ak abize timoun epi neglije timoun.
  • Te manke enfòmasyon sou sa ki konn fèt ki baze sou prèv.
  • Pa gen okenn relasyon ant diferan sijè ki gen pou wè ak kesyon timoun y ap fè abi oubyen y ap neglije.
  • Yo ka pa menm moun k ap okipe timoun konprann kouman travay y ap fè a kapab antre nan ekip travay akademik k ap fèt ak timoun yo.
  • Jan fòmasyon an fèt la li pa bay anpil opòtinite pou pwofesyonèl ki mandate pou yo rapòte abi sou timoun kominike ak lòt ni pou pwofesyonèl ki ap sèvi fanmi ki gen pwoblèm sa a ta kominike youn ak lòt..
  • Men sa kourikoulòm ta dwe genyen ladann: enfòmasyon sou apwòch entèdisiplinè pou adrese pwoblèm ki konplèks tankou abi sou timoun ak kesyon neglije timoun jan sa ekri a.
  • Yo ta dwe peze plis sou relasyon ant vyolans nan fanmi ak abi sou timoun.
  • Pwoblèm konplèks tankou abi sou timoun avèk neglije timoun se pa yon pwoblèm yon sèl disiplin kapab rezoud se yon pwoblèm ki mande yon apwòch ant plizyè disiplin
  • Fòmasyon nan domèn sa a ta pi konplè si yo ta fè moun ki soti nan plizyè kalite disiplin patisipe.
Depatman timoun ak fanmi Eta Florid la Pran Desizyon pou sekirite timoun nan kad fòmasyon avan sèvis pou sekirite fanmi Pwogram fòmasyon an te kouvri:
  1. Idantifikasyon liy telefòn espesyal pou timoun y ap abize oubyen neglije
  2. Pwosedi pou rapòte abi
  3. Analize yon vrè rapò sou timoun y ap abize.
  4. Sèvi ak sa yo rapòte pou verifye si y ap maltrete yon timoun epi detèmine sekirite timoun nan.
  5. Idantifye envestigasyon ki gen pou fèt avan, pandan, epi apre premye kontak ak fanmi an.
  • Fòmasyon an pa gen enfòmasyon sou rapò ant plizyè disiplin sou kesyon abi sou timoun epi neglije timoun. LI> Yo pa diskite wòl moun ki mandate pou yo rapòte abi sou timoun yo men yo diskite kesyon rapòte abi sou timoun yo.
  • Se avèk travayè Depatman timoun ak fanmi Eta Florid la sèlman yo fè fòmasyon, ak sa sa limite opòtinite pou plizyè kalite pwofesyonèl ta kominike ant yo.
  • Mete enfòmasyon sou apwòch entèdisiplinè a sou kesyon abi sou timoun epi neglije timoun nan.
  • Mete pi bon pratik yo nan fòmasyon an.
  • Fòmasyon an ta ka pi efikas epi pi konplè si yo ta mete moun ki sot nan diferan disiplin ladan li.

Bibliyografi:

  • Florida Department of Children and Families Caregiver Training Program: Reporting Child Abuse and Neglect.
  • Florida Department of Children and Families Caregiver Training Program: Identifying Child Abuse and Neglect.
  • Florida Department of Children and Families Trainer Guide (2000). Decision-Making For Child Safety Preservice Training for Family Safety.
  • Florida Abuse Hotline (1999). Reporting Abuse, Neglect and Exploitation of Children, Disabled Adults, and Elderly Persons: Information Packet for Professionally Mandated Reporters. Tallahassee,
back to top

Devlope anviwonman ki gen anpil materyèl lekti ak ekriti pou timoun, ankouraje anviwonman sa yo
Rezime

Fè lekti nan piti se yon gwo siy ki prevwa si yon timoun ka reyisi byen lekòl nan pi gwo klas yo, epi premye ane lavi timoun nan (depi li fèt jis li gen 8 an) enpòtan anpil pou li devlopman lekti ak ekriti. Apre timoun nan pase twazyèm ane, egzijans yo chanje: timoun nan pap "aprann li" ankò men l ap "li pou l aprann" paske lekti vin mwayen prensipal pou li ranmase nouvo konesans sou tout sijè.

Dapre sa rechèch ki fèk fèt montre, devlopman lekti ak ekriti kòmanse depi anvan timoun nan al chita sou ban lekòl primè. Li devlope sou yon wout kote timoun yo ranmase konpetans lekti ak ekriti pa divès mwayen epi nan divès laj. Premye mouvman tankou "li" yon foto oswa "ekri" majigridi se yon pati enpòtan nan devlopman konpetans lekti ak ekriti timoun nan. Entèraksyon sosyal ak moun ki pi gran epi ki renmen yo, epi kontak regilyè ak materyèl lekti ak ekriti tankou ti liv istwa pouse devlopman lekti ak ekriti timoun nan. Anviwonman ki gen anpil materyèl lekti ak ekriti ofri timoun nan chans pou li fè konvèsasyon ak moun ki pi gran toulejou, gwo konvèsasyon sou plizyè sijè ki fè sans epi ki enterese timoun nan.

Pou ki sa nou ta dwe gen enkyetid pou devlopman lekti ak ekriti timoun yo?

Youn nan chak twa timoun ki soti nan jadendanfan al lekòl san yo pa konn li. Sa k pi rèd, se 50 pou san nan paran yo sèlman ki li pou tibebe ak timoun yo. Pou timoun yo reyisi byen lekòl fòk yo gen kontak bonè ak lang yo pale a. Rechèch montre sa klè: esperyans timoun ak lang yo pale a ansanm ak esperyans ak ekriti nan premye mwa lavi poze fondasyon pou yo vin konn li byen pi devan.

Nou konnen timoun bezwen 3 konpetans pou yo konn li byen. Moun ki konn li byen konn ki jan alfabè a mache, yon konnen yo li pou yo konprann epi tou yo maton nan lekti. Gen timoun ki ranmase konpetans sa yo byen vit. Gen lòt timoun ki bezwen aprann relasyon ant lèt yo, lèt yo reprezante grenn son epi relasyon ant tèl lèt ak tèl son. Anpil fwa paran ak moun k ap bay swen yo ak pwofesè bezwen ede timoun konprann: sa k fè y ap li se pou yo jwenn yon mesaj. Pi bon mwayen pou nou kore kapasite timoun yo pou yo li se pou mete yo nan yon anviwonman lekti ak ekriti.

Ki sa yon anviwonman lekti ak ekriti ye?

Nan yon anviwonman lekti ak ekriti, granmoun yo veye pou timoun yo pale ak yo sou aktivite toulejou, sou moun, pwogram ak aktivite timoun yo twouve ki enteresan. Nan anviwonman sa a gen lekti chak jou, pale, esperyans ak materyèl ekri, konvèsasyon sou liv (Moun ki nan liv yo, aksyon, ak denouman), ak teyat dramatik. Nan yon anviwonman kon sa gen anpil okazyon pou timoun nan wè ki jan yo sèvi ak materyèl enprime nan divès sikonstans. Materyèl enprime ak lang vin yon pati enpòtan nan jwèt timoun nan ap fè ak nan pratik lavi li.

Ki sa ki espesyal nan yon anviwonman lekti ak ekriti ki gen anpil materyèl enprime?

  • Lang pale, liv ak lòt materyèl enprime toutotou timoun yo. Gen anpil materyèl lekti ak ekriti ki la ni pou timoun ni pou granmoun.
  • Granmoun yo pataje lide yo, santiman yo ak timoun yo epi yo ankouraje yo di sa yo santi.
  • Timoun wè granmoun k ap li pou plezi. Yo wè lekti a fè pati lavi toulejou yo ak aktivite toulejou yo.
  • Granmoun yo bay ni lekti ni ekriti timoun ki fèk ap aprann li ak ekri anpil valè. Yo asepte efò timoun yo ap fè san yo pa korije erè yo oswa ba yo leson ki klè.
  • Konesans timoun yo genyen sou lang yo pale a chita sou pwòp esperyans pa yo ak sijè ki enterese yo. Sijè sa yo, pwofesè konpetan kore yo epi bon pwogram etid lekòl la kore yo tou.

Ki sa politisyen ka fè pou yo ankouraje devlopman lekti ak ekriti?

  • Fè motivasyon pou yo ede paran yo konprann jan sa enpòtan pou yo sèvi kòm premye pwofesè timoun yo.
  • Bay resous ak enfòmasyon sou jan pou yo kore lekti ak ekriti timoun yo, ki jan pou yo devlope sa epi sou jan sa nesesè pou yo mete timoun yo nan yon anviwonman ki gen anpil materyèl enprime.
  • Amelyore devlopman pwofesyonèl nan sant pou swen timoun, nan jadendanfan ak nan lekòl primè pou devlopman lekti ak ekriti ak sou jan pou yo montre moun li. Yo ta dwe bay sant pou swen timoun ak jadendanfan yon atansyon espesyal.
  • Bay timoun yo plis chans pou yo devlope nan yon anviwonman lekti ak ekriti nan mete plis mwayen pou yo resevwa bon jan edikasyon pou timoun piti.

back to top

Eleman esansyèl pwogram rediksyon vyolans: Pwogram ki konsantre anndan lekòl

Ki eleman pwogram prevansyon kont vyolans yo genyen landan yo?

Nan rapò sa a, yo idantifye kat gwo eleman ki nan pwogram ki egziste yo e se pwen tout moun ki ekri rapò sa a dakò sou yo. Kat eleman sa yo se eleman ki pou enfliyanse moun k ap fè vyolans, moun ki viktim vyolans, moun ki asiste vyolans. Se pwen yo kapab mete ansanm pou yo monte modèl pwogram kont vyolans ki pèmèt moun ret an sante. Modèl ki ankouraje kesyon sante yo, se yon modèl sou yon prensip ki di yo ta dwe konsidere kesyon sante yo nan yon kontèks estrikti sosyal epi nan kontèks politik olye pou yo ta konsidere l nan kontèks endividi a sèlman tankou jan sa fèt nan domèn byomedikal la koulye a. Devlopman kesyon sante yo gen senk estrateji ki karakterize yo: (1) devlope politik pou sante (2) kreye anviwonman ki pozitif (3) konsolide aksyon kominotè yo (4) devlope kapasite pèsonèl yo epi (5) reoryante sèvis sante yo. Daprè modèl sa a sèvis yo ta dwe chita sou ris ki koni, sou faktè pwoteksyon, epi se pou yo ta chache aplike apwòch k ap chache chanje nòm yo. Nan rapò sa a yo rezime 60 pwojè prevansyon ki fèt nan lekòl yo ak leson nou tire nan pwogram sa yo.

Rezilta kle:

Sèt eleman esansyèl yon modèl ki ankouraje lasante e ki redui vyolans se:

  1. Jesyon ak òganizasyon chanjman: Pwogram yo ta dwe montre yo konprann chanjman endividyèl fèt nan yon kontèks kominotè (fanmi ak sosyete) epi sa mande patisipasyon tout lekòl nan kominote a, sa mande pou yo kontakte tout kominote a.
  2. Fè paran yo ak kominote a patisipe: Se nan kolaborasyon epi nan kowòdinasyon ak paran yo epi ak moun ki gen enterè nan kominote a n ap rive bay kominote a ak paran yo plis pouvwa, epi n ap kab bay elèv yo yon anviwonman ki pi konsistan pou yo aprann epi pou yo viv.
  3. Timoun ak jenn moun kòm asosye: Fè timoun ak jèn tounen asosye nou, se yon estrateji pou pèmèt yo gen plis pouvwa nan sosyete a epi ki kab debouche sou sèvis ki vize jèn yo prensipalman.
  4. Refòm nan politik ak nouvo regleman: chanjman nan regleman yo bay chanjman kontekstyèl ak chanjman nan sistèm nan ki esansyèl pou ankouraje efò pèsonèl pou chanjman, pou kreye yon anviwonman nan lekòl yo ki bay sekirite, ki rekonfòtan, ki reflete kilti paran, pwofesè, administratè lekòl yo ak elèv yo. Yon anviwonman kon sa kab ankouraje moun vin santi pwogram nan se pa yo epi li kab amelyore kolaborasyon ak moun ki enterese nan kominote a.
  5. Kolaborasyon ant diferan sektè: Devlope òganizasyon nan kad lekòl ak kominote a se yon aspè ki fondamantal pou ankouraje kesyon sante a.
  6. Fòmasyon ak devlopman pwogram: Pwofesè ak lòt moun ki travay nan lekòl yo,manm kominote a ki ap aplike pwogram nan fèt pou yo jwenn fòmasyon sou ki jan pou yo aplike pwogram nan. Moun sa yo fèt pou yo konnen kouman pou yo trete moun ak respè epi kouman pou yo montre lòt moun devlope kapasite pou yo rezoud konfli ki konn egziste toulejou nan kad lekòl epi aprann moun yo evite estereyotip ak bay moun non.
  7. Obsèvasyon ak evalyasyon: Se tout manm Kowalisyon an ki reskonsab aktivite pwogram nan ak rezilta sa bay.

Gen kat eleman nan mete yon pwogram antivyolans ki konplè sou pye.

  1. Fòmasyon: Konesans, atitid, devlopman kapasite, ak konpòtman ki mache ak lasante.
  2. Anviwonman lekòl la: Regleman ki pou kreye yon anviwonman ki pa vyolan, ki sosyab, e ki pèmèt moun ret an sante. Fòk se regleman ki ranfòse konpòtman ki sosyab e ki ede moun rete an sante.
  3. Sèvis sipò: Kolaborasyon ant lekòl ak kominote a pou tout moun gen menm pawòl ak menm objektif nan kad tout ajans ak tout kontèks kominotè. Fòk se yon kolaborasyon tou ki, dapre lekòl la ap kore sèvis ki vize timoun ki deja gen pwoblèm agresivite, vyolans ak move konpòtman.
  4. Sipò sosyal: Program kote yo sèvi ak moun kòm modèl, gid ak sipò familyal, dabitid moun sa yo se volontè epi yo pa nan lekòl la. Pratik sa a chita sou baz devlope konpetans gras ak relasyon pozitif ki kab ede diminye efè faktè ris.

Men ki kote enfòmasyon sa a soti:

Thurston, W.E., Meadows, L., Tutty, L.M., & Bradshaw, C. (1999). A violence reduction health promotion model. Calgary, AB, Canada: University of Calgary, Department of Family Medicine.

back to top

Enplimantasyon pwogram pou redui vyolans k ap fèt nan lekòl

Ki eleman pwogram nan genyen pou ede egzante pwoblèm vyolans?

Gwo pati ki nan pwogram nan kounye a ap chache enfliyans plis sou moun ki fè zak la, sou viktim nan ak moun k ap asiste a. Yo kab mete tout pwogram yo ansanm pou vin ak modèl pwogram anti vyolans ki ankouraje kesyon sante Modèl ki ankouraje kesyon sante yo gen yon prensip ki yo ta dwe atake sijè sante yo nan kad estrikti sosyal ak politik jeneral olye yo konsantre sou endividi a sèlman tankou sa ap fèt jodi a. Ankouraje kesyon sante gen senk pwen ladan li: (1) vini ak politik jeneral pou sante, (2) kreye anviwonman ki apwopriye, (3) ranfòse aksyon kominotè yo, (4) devlope kapasite pèsonèl, (5) reoryante sèvis sante yo. Daprè modèl la yo ta dwe kreye sèvis yo daprè faktè ris ak faktè pwotektif yo konnen deja epi yo ta dwe enplimante apwòch ki eseye chanje koutim nòmal yo.

Obsèvasyon kle:

Men sèt konpozan modèl rediksyon vyolans pou ankouraje kesyon sante:

  1. Chanjman nan jesyon ak òganizasyon: Pwogram yo fèt pou yo apresye kesyon chanjman endividyèl la se yon chanjman ki fèt nan yon kontèks kominotè (fanmi, ak sosyete). E sa mande patisipasyon tout lekòl kominotè pou vin tonbe nan kominote a an jeneral.
  2. Patisipasyon paran ak kominote Kolaborasyon ak kòdinasyon ak paran epi ak moun ki gen gwo enterè nan kominote a kab bay kominote a ak paran yo plis fòs epi bay elèv yo pi bon anviwonman pou yo aprann epi pou yo viv.
  3. Timoun ak jenn moun kòm asosye: Mete ansanm ak jèn se yon estrateji ki kab bay bon sèvis ki konsantre sou jenn moun.
  4. Devlopman refòm ak devlopman politik: chanjman nan politik kab vin sèvi kòm platfòm pou sipòte efò pèsonèl pou chanjman epi li kab kreye bon anviwonman nan lekòl ki reflete sa paran yo, pwofesè yo, administratè lekòl yo, elèv yo yo menm panse. Kon sa y ap kab vin fè moun santi pwogram sa yo se pa yo epi sa tout ap ogmante kolaborasyon moun ki gen enterè nan kominote a
  5. Kolaborasyon ant divès sektè: Kesyon devlope òganizasyon lekòl ak òganizasyon kominote se bagay ki fondamantal pou ankouraje kesyon sante.
  6. Devlopman pwogram ak devlopman fòmasyon: Pwofesè, lòt moun nan lekòl la ak moun ki nan kominote a k ap fòme moun ak pwogram nan fèt pou yo jwenn fòmasyon pou sa . Yo fèt pou yo konn kouman pou yo prezante kesyon respè a ak kesyon kapasite pou rezoud konfli a nan lavi toulejou nan lekòl. Yo dwe konn kouman pou yo evite mete etikèt epi pase yon elèv nan rizib pou sa yon lòt ki nan menm gwoup avè li te fè.
  7. Evalyasyon ak tchèk: Aktivite pwogram yo epi jan pwogram yo mache se responsablite tout manm Kowalisyon an:

Nan yon pwogram anti vyolans total gen kat gwo eleman:

  1. Fòmasyon: konesans, atitid, devlopman kapasite, ak konpòtman ki apwopriye pou kesyon sante.
  2. Anviwonman lekòl la: Gen nesesite politik lekòl ak sistèm lekòl ki ankouraje yon anviwonman sosyal ki an sante e ki pa gen vyolans, pou ranfòse konpòtman ki ankouraje sante.
  3. Sèvis pou sipò: Kolaborasyon ant lekòl ak kominote ki fèt yon jan pou tout moun gen menm pawòl epi yo gen menm objektif nan tout ajans epi nan tout kontèks kominotè. Fòk gen inite tou nan sèvis sipò ki ap vize timoun ki deja ap montre siny agresyon, vyolans oswa lòt pwoblèm konduit lekòl la idantifye.
  4. Sipò sosyal: Pwogram k ap itilize moun kòm modèl, gid epi sipò familyal -dabitid se volontè ouswa moun ki pa nan lekòl la-sou baz bati konpetans gras ak bon relasyon va ede mete yon limit sou faktè ris yo.

Bibliyografi:
Thurston, W.E., Meadows, L., Tutty, L.M., & Bradshaw, C. (1999). A violence reduction health promotion model. Calgary, AB, Canada: University of Calgary, Department of Family Medicine.
This report summarizes 60 school-based prevention projects and the lessons learned from the programs.

back to top

Envantè kourikoulonm fòmasyon pou moun ki oblije rapòte abi sou timoun

Òganizasyon Moun y ap vize yo Dire fòmasyon an ak konbyen fwa yo fè fòmasyon yo Sa ki nan fòmasyon an Konsantrasyon ant disiplin (wi/non)Si repons la se wi kilès k ap patisipePri fòmasyon an Kantite moun ki te patisipe ane pase
Sant devlopman pwofesyonèl, ki nan Florida International UniversityBiscayne Bay CampusDebra Sandler, Direktèr305-919-4585 Depatman timoun ak fanmi ak konsiltan k ap travay la yo Pran desizyon pou sekirite timoun kourikoulòm pou avan sèvis la Faz 1:6 semèn(40 èdtan pa semènFaz 2: 9 mwa (40 èdtan pa semèn.) · Faz 1: Kòmanse yon ka ak evalyasyon prekosyon depi nan kòmansman, planifikasyon yon ka, desizyon sou sekirite timoun, prepare dosye, entèvyouve moun i & ii, aspè legal, siy pou timoun y ap maltrete, oryantasyon ak vi global, pwogram pou fanmi k ap gade timoun, pran timoun epi jwenn kote pou mete yo.· Faz 2: Concurrent case planning, domestic violence, neglect, physical abuse, child sexual abuse, and substance abuse. · Pa gen konsantrasyon ant disiplin · Nou pa konn pri · Kantite moun ki fòme nou pa konnen
Jackson Memorial HospitalMercy RodriguezKòdonatè edikasyon 305-585-7447Dr. A. ChoninKòdonatè oryantasyon ion305-585-4636Mercy YeroaguayoTraining Coordinator305-585-6366Leslie ShoreKòdonatè fòmasyon pou doktè305-585-7996 Tout staf medikal eksepte doktè · Oryantasyon pou nouvo anplwaye 30-45 minit.· Kou resiklaj pou tout anplwaye nan yon klinik· Abi pandan tout lavi yon moun 7 èdtan· Kesyon ki mache ak vyolans nan fanmi. · Politik sou kesyon abi sou timoun ak pwosede yo. Moun pou yo kontakte. Resous ki disponib nan lopital, paregzanp pou moun yo vyole. · Wi fòmasyon an gen tout staf la ladan l, paregzanp travayè sosyal, staf enfimyè yo.· Doktè pa ladan· Yo pa di ki pri · Nou pa konnen ki kantite moun yo fòme men pa gen doktè pami moun yo fòme yo trained.
Komisyon lekòl Miami-Dade County Sally Myers305-995-7338 Pwofesè ak pèsonèl lekòl la · Fòmasyon anyèl yo ofri· Dire fòmasyon an varye lè sa fèt nan lè reyinyon..· Fòmasyon obligatwa· Pwogram espesyal yo bay lekòl k ap patisipe tankou: "My Very Own Book About Me" and "Safe Child"· Lekòl k ap patisipe voye yon reprezantan ki li menm al fòme lòt pwofesè yo nan lekòl la epi pwofesè yo yo menm pase enfòmasyon an nan klas yo .· Mòd fòmasyon sa yo se fòmasyon ki antre nan sa yo rele kourikoulonm pou sante ki baze sou aptitid · Yon pase men nan kouman yo rapòte abi sou timoun. · Pa gen konsantrasyon ant disiplin. · Pri a nou pa konnen· Tout pwofesè a ki te patisipe nan reyinyon a te resevwa fòmasyon an men lòt moun yo pa jwenn
Metro-Dade Depatman PolisMs. BarnesBiwo krim ki fèt nan fanmi305-418-7310 Tout polis Metro-Dade yo · Fòmasyon pa apèl· Nouvo enfòmasyon chak ane.· Fòmasyon sou demann.· Sa dire 30 minit. · Chanjman nan lwa yo sou kesyon abi kont timoun· Enfòmasyon sou lwa yo.· Nouvo detektiv nan biwo krim ki fèt nan fanmi yo jwenn fòmasyon nan men lòt polisye ki la deja yo.· Anpil ofisye pat jwenn fòmasyon.· Se sèl polisye ki gen fòmasyon pou sa ki envestige rapò pou abi sou timoun.· Polisye ki ran fòmasyon kab fòme lòt ofisye ki pa nan divizyon pa yo a. · Pa gen konsantrasyon ant disiplin.· Pri a nou pa konnen l· Kantite moun ki resevwa fòmasyon nou pa konnen · Dènye fòmasyon an se te ennan de sa.· Yo planifye pou lòt sesyon fòmasyon.
Barry UniversityLekòl travayè sosyalMiami-Dade County305-899-3000Dr. William Buffum.Dwayen asosye305-899-3926 · Elèv nan pwogram travayè sosyal ki enskri nan Fakilte travayè sosyal Barry University yo. · Kou fondasyon pratik SW 521,SW 524Note byen: Kou sa yo obligatwa tout elèv pwogram travayè sosyal yo.· Konsantrasyon sou fanmi ak timoun· SW 640· Kou sa a obligatwa pou tout elèv nan opsyon timoun ak fanmi yo. · Lalwa ak jan moun dwe fè rapò sa yo · Pa gen fòmasyon ant disiplin.· Yo pa di ki pri · Yo pa di ki kantite moun.
Florida International UniversityFakilte Travayè sosyalDr. Van Den Bergh, MSW Kòdinatè pwogram nan305-348-5880 · Elèv ki enskri nan Fakilte travayè sosyal la · Kou o nivo lisans: Politik sou byennèt timoun ak sèvis pou timoun -SOW 4654· Vyolans nan fanmi -SOW 4932· Nivo pos-lisans:Kriz nan lavi fi - SOW 5109Timoun y ap maltrete SOW 5932 evalyasyon ak tretman(14 semèn, 3 èdtan pa semèn) · Lalwa ak jan yo fè rapò sa yo.· Politik· Pos-lisans - evalyasyon ak entèvansyon. · Pa gen fòmasyon ant disiplin..· Yo pa di ki pri.· Yo pa di ki kantite moun ki te patisipe.
FIU: School of NursingPaula DelpechAsistan Direktè admisyon305-919-5488 Elèv ki enskri nan lekòl enfimyè a · Nou pa konnen · Abi sou timoun epi neglije timoun yo enkli enfòmasyon sa yo nan kou fondamantal yo, ki obligatwa..· Elèv ki nan opsyon dwa a resevwa fòmasyon sou abi sou timoun tou. Nimewo kou yo , nou pa konnen yo. · Nou pa sèten si te anseye okenn konsantrasyon ant disiplin.· Nou pa konnen pri a.· Nou pa konnen ki kantite moun ki te patisipe.
Florida International: Fakilte edikasyon Depatman edikasyon espesyalDr. Cohen305-348-6668 · Edikasyon espesyal pwofesè sèlman · EEX 4936: Elèv k ap fè estaj Seminè sou edikasyon espesyal Yo anseye kou a nan sesyon nan sesyon prentan an, chak semèn pandan dezèdtan karant minitKou a kouvri lwa sou abi sou timoun epi kouman yo rapòte sa epi kouman yo idantifye ka kote y ap fè abi sou timoun oubyen y ap neglije timoun.. · Pa gen konsantrasyon ant disiplin.· Nou pa konn kantite moun ki te patisipe nan fòmasyon an· Nou pa konn pri kou a.
Depatman Timoun ak fanmiJosie Maymi Mon k ap gade timoun · Abi sou timoun· Idantifye abi so timoun- dezèdtan .(yon pati nan 20èdtan obligatwa a} · Idantifye tèm ki mache ak abi sou timoun oubyen neglije timoun.· Idantifye siy fizik ak siy sikolojik ki mache ak abi sou timoun oubyen neglije timoun· Esplike kòz ak faktè ris nan abi sou timoun epi neglije timoun.· Idantifye enpak ak efè abize timoun epi neglije timoun genyen.· Esplike ki wòl moun k ap gade timoun nan genyen nan rapòte abi sou timoun oubyen timoun yo neglije.· Esplike responsablite moun k ap gade timoun genyen opwennvi legal daprè lwa Eta Florid pou rapòte abi sou timoun ak timoun yo neglije. · Idantifye fason pou w evite tonbe nan abize timoun.· Idantifye resous kominotè ki egziste pou ede timoun nan epi moun k ap maltrete li a. · Pa gen konsantrasyon ant disiplin· Pri: $35.· Apeprè 1200 moun te pran fòmasyon ane pase.

Sources:
Florida Department of Children and Families Caregiver Training Program: Reporting Child Abuse and Neglect.
Florida Department of Children and Families Caregiver Training Program: Identifying Child Abuse and Neglect.
Florida Department of Children and Families Trainer Guide (2000). Decision-Making For Child Safety Preservice Training for Family Safety.
Florida Abuse Hotline (1999). Reporting Abuse, Neglect and Exploitation of Children, Disabled Adults, and Elderly Persons: Information Packet for Professionally Mandated Reporters. Tallahassee,,
Larner, M. B., Stevenson, J. D., Behrman , R. E. (1998). Protecting Children from Abuse and Neglect: Analysis and Recommendations. The Future of Children, 8, 4-22.
Zlotnik, J.L. et al., (1999) Myths and opportunities: An examination of the impact of discipline-specific accreditation on interprofessional education. A report from preparing human service workers for interprofessional practice: Accreditation strategies for effective interprofessional education. Alexandria, Virginia : CSWE.

back to top

Etid entèdisiplinè sou jan yo rapòte abi ki fèt sou timoun
Tèks yo site Rezime Tèks yo site Rezime
Gilgun, F. (1988). Pran desizyon nan tretman entèdisiplinè ann ekip. Child Abuse and Neglect, 12, pp. 231-239.
  • Ekip ki fè tretman ki gen pwofesyonèl ki gen konesans nan plizyè branch gen plis avantaj pase pwofesyonèl ki travay pou kont yo. Moun ki nan Ekip Minesota Santral pou tretman ensès yo sèvi ak menm pwosedi yon espè k ap fè rechèch nan syans sosyal itilize pou li etabli si yo ka konte sou rezilta rechèch yo epi si rezilta yo valab lè y ap pran desizyon yo gen pou yo pran yo. Konstatasyon sa a chita sou konklizyon sa a: Pwosesis ekip la itilize pou yo pran desizyon se yon pwosesis kote plizyè obsèvatè fè plizyè Obsèvasyon sou manm yon fanmi pandan yon bon bout tan.
  • Zuravin, S.J., & Watson, B. (1987). Rapò anonim sou timoun y ap bat twòp: èske yo gen menm valè ak lòt kalite rapò: Child Abuse and Neglect, 11, pp. 521-529. Rezime. Yo te konpare rapò anonim sou timoun y ap abize ak rapò pwofesyonèl fè epi sa moun ki pa pwofesyonèl fè sou twa ang: konbyen fwa yo bay prèv abi yo, èske rapò sa yo serye, èske akizasyon yo grav. Obsèvasyon
  • Gen plis chans pou rapò anonim yo pa kanpe sou anyen konpare ak rapò ki soti nan lòt sous yo.
  • Rapò anonim kote moun ki fè rapò a te gen prèv te grav menm jan ak lòt kalite rapò.
  • Rindfleish, N., & Bean, G. J. (1988). Moun ki ta dakò pou yo rapòte timoun y ap neglije lakay yo. Child Abuse and Neglect, 12, pp. 509-520. Obsèvasyon
  • Moun plis gen tandans rapòte ensidan abi lè sa gen rapò ak abi fizik ak abi seksyèl.
  • Moun mwens gen tandans rapòte ensidan abi lè sa gen rapò ak sitiyasyon sa yo: bay moun limit, konpòtman anplwaye onivo moral, abi emosyonèl, retire sa moun bezwen pou yo viv nan men yo.
  • Se yon bon bagay pou yon rezidan nan yon enstitisyon rapòte abi, men si se yon administratè se pa yon bagay moun konsidere ki pozitif.
  • Zellman, G. L. (1990). Jan moun yo mandate pou yo rapòte abi sou timoun fè sa. Child Abuse and Neglect, 14, pp. 325-336. RezimeDone sa yo soti nan yon sondaj 1,196 moun ki mandate pou yo rapòte abi sou timoun. Patisipan yo se te: moun ki fè medsin jeneral, pedyat, sikyat pou timoun, travayè sosyal, direktè lekòl piblik, ak moun ki travay nan gadri. Obsèvasyon
  • Done yo montre patisipan yo te vle rapòte abi sou timoun epi yo te dakò tou pou yo respekte sa lalwa te mande yo pou yo fè a.
  • Pèsepsyon moun yo sou gravite ensidan an ak itilizasyon etikèt "abi" a ogmante posibilite pou yo rapòte ensidan an ak posibilite pou yo fè yon rapò nan sèten ka byen presi.
  • Youn nan faktè ki enfliyanse desizyon moun pran pou yo rapòte yon ensidan se si rapòte ensidan an ap nan avantaj timoun nan ak fanmi li.
  • Kalichman. S. C., Craig, M. E., & Follingstad, D. R. (1990). Jan pwofesyonèl respekte kesyon rapòte abi sou timoun dapre sa lalwa di : Efè responsablite a, konpliman, èske yo fè rapò yo konfyans epi sitiyasyon yo. Child Abuse and Neglect, 14, pp. 69-77. RezimeNan rechèch sa a, yo te envestige relasyon ki genyen ant moun sikològ la bay pote responsabilite pou abi a ak tandans ki genyen pou li rapòte ensidan an. Nan rechèch ki te fèt avan, yo te remake pwofesyonèl nan domèn sante mantal gen tandans mete pifò responsabilite a sou do papa ki abizif e yo pa t mete twòp responsabilite sou do piti fi yo nan ka kote yon papa te fè abi seksyèl kont pitit fi li. Obsèvasyon
  • Dapre rechèch la, pa gen okenn relasyon ant moun yo bay pote responsablite pou abi a ak tandans ki genyen pou yo rapòte ensidan abi kont timoun
  • Ashton, V. (1999). Sa travè yo panse sou enpòtans kesyon rapòte moun k ap maltrete timoun. Child Abuse and Neglect, 23, pp. 539-548. Obsèvasyon
  • Dapre rechèch ki fèt, moun ki fèk kòmanse ap travay nan domèn sèvis sosyal pa fin twò konnen responsablite legal yo parapò ak obligasyon yo genyen pou yo rapòte ensidan abi.
  • Dwe genyen yon kolaborasyon pi sere ant moun ki gen responsabilite pou yo rapòte ensidan abi ak sèvis pou pwoteksyon dwa timoun.
  • Grossoehme, D. H. (1998). Pozisyon moun legliz sou rapòte moun k ap abize timoun. Child Abuse and Neglect, 22, pp. 743-747. Obsèvasyon
  • Edike moun legliz yo sou ensidan abi ak ensidan neglijans parapò ak timoun.
  • Yon bon kantite manm pè, mè ak pastè yo pa gen okenn fòmasyon nan koze abi ak neglijans parapò ak timoun.
  • Pè, mè, ak pastè yo pa rapòte tout ensidan abi yo te kapab rapòte.
  • Gen yon mank konfyans ant manm Pè, Mè, ak Pastè yo ak biwo ki okipe zafè sèvis pou timoun.
  • Ogmante kontak ak dyalòg ant Pè, Mè, ak Pastè yo ak biwo ki okipe zafè sèvis pou timoun.
  • Van Haerigen, A. R., Dadds, M., Armstrong, K. L. (1998). Lotri timoun y ap abize a- èske si yon doktè sispèk y ap abize yon timoun, l ap rapòte sa. Atitid doktè sou kesyon rapòte moun yo sispèk k ap abize timoun oubyen neglije yo. Child Abuse and Neglect, 22, pp. 159-169. RezimeEvalye volonte ak atitid pwofesyonèl ki nan branch medikal la nan kesyon rapòte ensidan abi ak ensidan neglijans parapò ak timoun. Kon sa, nou kapab evalye si karakteristik pwofesyonèl sa yo (Èske yo se espesyalis oubyen jeneralis? Èske yo se moun andeyò oubyen moun lavil? Depi ki lè yo gen diplòm yo? Èske yo se fi oubyen gason? Èske yo gen pitit?) enfliyanse volonte yo genyen pou yo rapòte ensidan sa yo.Obsèvasyon
  • Karanntwa pousan doktè ki patisipe nan rechèch la ( N= 224) te rankontre sèten ka kote yo te sispèk abi oubyen neglijans men yo te deside pou yo pa rapòte ka sa yo malgre yo gen obligasyon legal pou yo fè sa.
  • Edike doktè ak lòt moun ki nan branch medikal la pou yo kapab rekonèt sentòm ak siy abi fizik, pou yo rapòte ka sa yo epi pou yo kolabore nan jesyon miltidisiplinè ensidan abi kont timoun.
  • Nightingale, N. N., Walker, E. F. (1986). Jan pèsonèl head start yo idantifye epi rapòte timoun k ap maltrete timoun. l: Atitid ak esperyans. Child Abuse and Neglect, 10, pp. 191-199. Obsèvasyon
  • Moun ki pran swen timoun bezwen fòmasyon nan koze abi kont timoun. Kon sa, yo kapab idantifye ensidan abi e yo kapab rapòte yo tou.
  • Byenke moun k ap pran swen timoun konn idantifye ensidan neglijans ase souvan, se ka sa yo yo rapòte mwens.
  • Steinberg, A. M., Pynoos, R. S., Goenjian, A. K., Sossanabadi, H., & Sherr, L. (1999). Èske moun k ap fè rechèch oblije obeyi lwa sou timoun y ap abize yo. Child Abuse and Neglect, 23, pp. 771-777. Rezime
  • Lwa ki egziste kounye a sou kesyon abi kont timoun pa mete moun k ap fè rechèch nan kategori moun ki oblije rapòte ensidan abi.
  • Komite pou Pwoteksyon Moun ak ajans federal ki bay lajan entèprete lwa sou kesyon abi kont timoun yon jan kote yo mete moun k ap fè rechèch nan kategori moun ki oblije rapòte ensidan sa yo. Anplis, yo mande pou yo fè moun k ap patisipe nan rechèch yo konnen enfòmasyon sa a lè y ap pran konsantman yo.
  • Li pa klè si Sètifika Konfidansyalite a gen priyorite sou lwa ki gen rapò ak kesyon abi kont timoun.
  • O'Toole, R., Webster, S. W., O'Toole, A. W., & Lucal, B. (1999). Pofesè ki rekonèt timoun y ap abize epi èske yo rapòte sa?: Yon sondaj sou fè yo. Child Abuse and Neglect, 23, pp. 1083-1101. Obsèvasyon
  • Karakteristik moun ki fè krim lan oubyen karakteristik viktim lan, pwofesè ki rapòte ensidan an, anviwonman lekòl la pa tèlman afekte reyaksyon pwofesè yo parapò ak abi kont timoun.
  • Pwofesè yo pa rapòte tout ka abi fizik ak ka abi emosyonèl yo te kapab rapòte.
  • Pwofesè yo pa kite pwoblèm ak laperèz dekouraje yo lè yo gen pou yo rapòte ensidan abi bay Sèvis pou Pwoteksyon Timoun.
  • Pofesè yo pran prekosyon nan rapòte ka kote yo sispèk y ap abize timoun.
  • McDevitt, S. (1996). Jan medya afekte kesyon rapòte moun k ap abize timoun. Child Abuse and Neglect, 20, pp. 261-274. Obsèvasyon
  • Rapò sou abi kont timoun ak enpòtans medya bay nouvèl sou abi kont timoun ogmante.
  • Ogmantasyon nan enpòtans medya a bay nouvèl sou abi kont timoun pa t kòmanse avan ogmantasyon nan kantite rapò moun fè sou abi kont timoun. An reyalite, ogmantasyon sa yo sanble yo ogmante an menm tan. Donk, nou pa kapab di se travay medya a ki lakòz ogmantasyon nan kantite rapò yo.
  • Se chanjman nan politik nasyonal peyi a ki kapab lakòz ogmantasyon yo.
  • Se kapab deteryorasyon ki genyen onivo ekonomik ak lòt gwo chanjman ki genyen nan sosyete a olye de travay medya a ki lakòz ogmantasyon nan kantite rapò moun fè sou abi kont timoun.
  • Johnson, C. F. (1993). Neglijans nan domèn medikal: varyab ki afekte kesyon rapòte abi sou timoun nan. . Child Abuse and Neglect, 17, pp. 605-612. Obsèvasyon
  • Yo pa konsidere moun k ap pran swen timoun neglijan si sentòm timoun yo pa grav, si yo pa vizib oubyen si yo mande pou yon moun gen yon sèten espètiz pou li detekte yo.
  • Men faktè ki afekte volonte moun genyen pou yo rapòte ensidan neglijans medikal: pwogresyon natirèl maladi a, efikasite tretman an, relijyon paran yo, nivo entelektyèl ak sitiyasyon ekonomik paran yo.
  • Nou dwe kreye estanda pou definisyon neglijans medikal parapò ak maladi ki komen yo.
  • Youn nan fason pou nou anpeche neglijans medikal rive se pou nou bay moun k ap pran swen timoun malad fòmasyon e se pou nou fè yo konnen nan yon fason ki klè ki sa nou atann de yo. Demann yo dwe rezonab tou.
  • Zellman, G. L., & Faller, K. C. (1996). In John Briere, Lucy Berliner, Josephine A. Bulkley, Carole Jenny & Theresa Reid, The Handbook on Child Maltreatment. (pp. 359-381).Thousand Oaks : Sage. RezimeYo te fè yon sondaj nan 15 eta diferan kote yo te mande pwofesyonèl k ap travay nan eta sa yo pou yo bay opinyon yo sou tandans yo pou yo rapòte ensidan abi ak sou ravaj y ap fè kòm pwofesyonèl. Te gen 1,196 moun nan echantiyon an. Pami yo te gen doktè ki pratike medsin jeneral ak medsin pou fanmi, te gen pedyat, sikyat pou timoun, espesyalis nan sikoloji klinik, travayè sosyal, direktè lekòl piblik ak moun ki anchaj gadri pou timoun (59% te patisipe nan sondaj la). Obsèvasyon
  • 77% patisipan yo te fè yon rapò yon lè pandan karyè pwofesyonèl yo.
  • 92% direktè lekòl elemantè yo te fè yon rapò yon lè.
  • 90% sikyat yo te fè rapò. 89% pedyat yo te fè rapò
  • 84% direktè lekòl segondè yo te fè rapò. 70% travayè sosyal yo te fè rapò. 63% espesyalis nan sikoloji klinik yo te fè rapò.
  • Se sikyat pou timoun yo ki plis gen tandans pou yo pa fè rapò (58%) e se moun ki gade timoun ak pedyat ki mwens gen tandans pou yo fè rapò (24% pou moun ki gade timoun yo ak 30% pou pedyat yo).
  • Moun ki toujou konsistan nan fè rapò: 44% patisipan yo di yo te fè yon rapò yon lè e yo toujou fè yon rapò lè yo sispèk yon ensidan abi.
  • Rezon ki fè moun yo fè rapò: 92% di sispann move tretman se yon rezon enpòtan. 89% di li te enpòtan pou yo jwenn èd pou fanmi an.
  • Diferans ki genyen ant diferan pwofesyonèl pou yo fè rapò montre moun ki pratike medsin jeneral/medsin pou fanmi pa t kite lalwa enfliyanse yo twòp nan desizyon yo pran pou yo fè yon rapò. Sa ki te enfliyanse yo plis se règleman ki genyen kote y ap travay la.
  • Sikyat pou timoun ak sikològ te mwens gen tandans panse yon rapò tap ede fanmi an oubyen yon rapò tap ede fanmi an wè gravite pwoblèm nan.
  • Patisipan yo te pi vit fè yon rapò nan ka ki gen rapò ak abi fizik oubyen abi seksyèl lè timoun nan jenn pase lè li se adolesan. Yo pi vit fè rapò sa a lè gen moun ki te pote plent kont paran an deja.
  • Rezon yo bay pi souvan ki fè yo pa fè yon rapò sèke pa gen prèv ki montre yon moun te fè timoun nan abi.
  • Yo dwe kontinye bay moun ki oblije fè yon rapò bon jan fòmasyon.
  • Briar-Lawson, K., & Harris, N. (1998). Marisol A. v. Guiliani. Yon kou dèy sou diferan ka timoun. Temwayaj espè ak dokiman tribinal. RezimeSe yon analiz senk ensidan abi kont timoun. Nan analiz sa a, yo gade pratik anplwaye CPS yo, envestigasyon ak evalyasyon sekirite/ris, planifikasyon ka ak jesyon ka, dispozisyon yo pran pou yo bay sèvis ak sekirite, estabilite parapò ak konbyen tan yon timoun yo wete nan men paran l ap rete kote yo mete l la, evalyasyon mank sistemik ajans ki nan sistèm pwoteksyon timoun nan vil Nouyòk.Obsèvasyon kleGen pwoblèm serye ki rive timoun ki nan gadri akòz divès difikilte nou idantifye. Yo te ka evite tout pwoblèm sa yo. Pwoblèm ki genyen ak travay sosyal pèsonalize:
  • Yo pa evalye sekirite ak ris kòmsadwa.
  • Pratik envestigasyon yo medyòk.
  • Yo pa planifye ka yo byen ase.
  • Yo pa bay sèvis.
  • Yo pa mete timoun yo pran nan men paran yo nan yon anviwonman ki apwopriye e ki estab. Pwoblèm sistemik
  • Anplwaye yo pa gen ladrès de baz, konesans ak sipò yo bezwen pou travay y ap fè a.
  • Yo pa konsidere rannman timoun lan bay. Rekòmandasyon
  • Fòmasyon anplwaye yo ak pratik yo suiv yo dwe chita sou pi bon pratik ki genyen nan domèn lan.
  • Yo dwe fè anplwaye ki gen pi bon fòmasyon yo travay ak timoun ki gen pi gwo pwoblèm yo, ak fanmi ki gen pi gwo pwoblèm yo. Yo dwe fè moun sa yo jwenn sèvis ki pi efikas yo tou.
  • Gen anpil timoun ki vin jwenn nou tou domaje, tou malad. Nou dwe mande sistèm lan pou li adopte estanda ki pi wo yo parapò ak sekirite ak pwoteksyon timoun. Pou yo rive fè sa, yo dwe suiv estanda ki solid nan pratik travay sosyal endividyalize.
  • back to top

    Pwofil fòmasyon pou moun Miami-Dade yo otorize pou rapòte abi ak neglijans
    Rezime

    • Vyolans se yon pwoblèm sante piblik, se pa paske yo maltrete timoun anpil nan fanmi yo ak nan kominote a sèlman, men akòz sa vyolans koute sosyete a kit se lajan kit se moun.
    • Tankou nenpòt lòt pwoblèm, jan moun konsevwa li epi idantifye li ap gen konsekans sou solisyon yo ak sou rezilta yo.
    • Blese ak lanmò ki se rezilta abi kont timoun, neglijans kont timoun genyen gwo enpak sou sante ak byennèt timoun ak jenn moun.
    • Yo ta dwe mete tout sektè sa yo ansanm: pwofesyonèl, òganizasyon, fanmi yo ak manm kominote a, moun k ap fè lwa nan peyi isit.
    • Wòl moun yo otorize pou rapòte abi sou timoun genyen karakteristik sa yo:
    1. Se pou yo mete an faz sou prevansyon epi sou detekte pwoblèm nan bonè avan vyolans lan fèt.
    2. Se pou sa antre nan envestigasyon pou pwoteje timoun.
    3. Li esansyèl pou "jan kominote a travay ansanm" pou yo kapab itilize aksyon kolektif plizyè moun ki gen enterè nan kominote a ak divès disiplin pou yo prezante solisyon kominote a nan konbat kesyon abi kont timoun ak neglijans kont timoun nan.
    Ki sa lalwa mande?
    • Eta Florid la mande pou tout anplwaye k ap travay nan domèn byennèt timoun oswa nan domèn pran swen timoun resevwa yon fòmasyon karant èdtan plis dez èdtan nan idantifye abi kont timoun.
    • Eta Florid la gen de kourikoulòm pou travayè k ap travay nan domèn byennèt timoun epi nan domèn pran swen timoun.
    Se devwa yon moun pou li rapòte abi kont timoun

    Chapit 39 lwa Eta Florid yo di si yon moun konnen oubyen gen kèk rezon pou li sispèk paran yon timoun, moun ki gen responsablite legal timoun nan oubyen moun k ap gade timoun nan ap maltrete timoun nan, moun sa a fèt pou rapòte sa imedyatman bay Depatman timoun ak fanmi.

    Kilès ki otorize pou yo rapòte sa lè yon moun ti ap sibi move tretman?

    • Doktè
    • Osteyopat
    • Medsen ki chèche kòz lanmò yon moun
    • Kiwopraktè
    • Enfimyè
    • Moun k ap travay lopital ki responsab entène timoun, trete timoun, pran swen timoun, konsilte timoun
    • Pwofesyonèl ki nan domèn lasante
    • Pwofesyonèl k ap travay ak moun ki genyen pwoblèm mantal
    • Moun ki itilize mwayen espirityèl pou yo trete moun.
    • Pwofesè lekòl
    • Edikatè ak administratè lekòl
    • Travayè sosyal
    • Moun k ap travay kote y ap gade timoun
    • Yon pwofesyonèl nan gade timoun
    • Moun k ap gade timoun leta pran
    • Moun k ap travay kay moun
    • Moun k ap travay nan enstitisyon kote yo elve timoun
    • Lapolis
    • Jij

    Sous done yo itilize pou yo evalye fòmasyon moun yo otorize pou rapòte abi kont timoun

    Pou yo te egzamine sa ki gen nan kourikoulòm fòmasyon pou moun yo otorize pou yo rapòte abi kont timoun nan Miami-Dade County, yo fè yon envantè, yon lis òganizasyon, asosiyasyon ak ajans kote moun ki mandate pou yo rapòte abi kont timoun yo ap travay. Yo te ranmase enfòmasyon yo ant avril ak out 2000 nan yon sondaj yo te fè nan telefòn.

    Enfòmasyon yo jwenn nan evalyasyon kourikoulòm fòmasyon nan Miami-Dade

    1. Fòmasyon an pa konsistan, li pa fèt souvan ase oubyen li pa sifizan
    2. Fòmasyon an te fèt pou moun k ap travay nan domèn byennèt timoun ak moun ki pran swen timoun.
    3. Pa t gen fòmasyon pou doktè, jij ak lapolis.
    4. Pa t gen pwogram fòmasyon ant diferan pèsonèl yo pou yo ta amelyore efò prevansyon ak efò entèvansyon yo.
    5. Yo pa t kab idantifye nouvo enfòmasyon ki te genyen nan kad fòmasyon yo.
    6. Kèk moun nan staf fòmasyon an te menm gen dout fòmasyon an te fèt epi yo di yo te gen enkyetid tou sou kalite fòmasyon yo tap bay la parapò ak egzijans yo fè moun ki otorize pou yo rapòte abi kont timoun.
    7. Menm jan sa konn pase nan oryantasyon pou yon travay, patisipan yo te jwenn twòp bagay ki pa t konsistan sou kesyon abi kont timoun nan epi sou rapòte enfòmasyon sa yo kit o nivo avan sèvis la kit o nivo pwogram kolèj la.
    8. Pou pi piti, tout pwogram fòmasyon yo te pale sou kesyon lwa ki otorize moun rapòte abi yo, men yo te manke nan pale kouman moun fè sa.
    9. Pa gen okenn evidans pwogram fòmasyon an se yon bagay ki kontinye.
    10. Se nouvo anplwaye plis ki te jwenn fòmasyon.
    11. Malerezman te manke fòmasyon pou pwofesyonèl ki fin diplome, pou edikasyon ki toujou ap fèt ak lòt fòm fòmasyon pou ogmante konpetans moun ak kapasite moun.
    12. Kèk òganizasyon rapòte fòmasyon pou anplwaye yo te dire ant 30 minit ak inèdtan pa ane lè genyen chanjman nan lwa yo.
    13. Fòmasyon an pran plizyè fòm tankou memo, oryantasyon pou nouvo anplwaye fòmasyon nan wotasyon lè anplwaye al nan travay. Fakilte yo ak inivèsite yo ofri kou ki obligatwa kote yo pale de abi sou timoun ak lòt sijè. Nan kèk kou siplemantè yo konn ofri sijè sou abi sou timoun ki espesifik, sa vle di kèk elèv vin okouran sijè sa yo.
    14. Fòmatè yo te resevwa premye etap fòmasyon yo men yo pat resevwa okenn materyèl resous oswa sa yo te resevwa a te limite ni tou yo pat resevwa okenn lòt fòmasyon sou yon baz regilye.
    15. Tout fòmasyon yo sanble yo fèt san kontak avèk lòt pwofesyonèl oubyen lòt moun ki otorize pou yo rapòte abi.
    16. Kèk pwofesyonèl tankou lapolis, jij, doktè pat kab oubyen pat vle bay enfòmasyon ki gen rapò ak obligasyon pou rapòte abi sou timoun ak kourikoulòm sou fòmasyon sou abi kont timoun.

    Done sou rechèch ki fèt nan liv sou fòmasyon moun yo otorize pou yo rapòte abi kont timoun

    1. Dapre prèv yo jwenn ki montre kouman yo pa fasil pote plent pou moun ki fè timoun abi, sitou nan ka vyolans fizik ak abi emosyonèl ki mwen grav yo, yo remake se yon pwoblèm.
    2. Pandan gen yo pakèt efò k ap fèt pou yo ogmante kantite ka yo rapòte, yo pa ogmante kantite lajan y ap bay ajans ki gen pou rapòte ka sa yo, ni yo pa bay envestigatè ni sèvis ki pou pwoteje timoun okenn kòb anplis.
    3. Sèvis ki la pou pwoteje timoun nan ka sa yo sanble yo tann lè ka pi grav pou yo envestige yo oubyen itilize ka lajistis sa yo kòm prèv. (Zellman ak Faller, 1996). Pratik sa yo afekte travay pwofesyonèl ki otorize pou rapòte abi y ap fè sou timoun.
    4. Gen rechèch ki montre an jeneral gen yon tandans nan CPS pou yo konseye madanm ak mari k ap batay lakay yo pou yo al wè yon pwofesyonèl san yo pa fè anyen sou kesyon maltrete timoun nan.
    5. Travayè CPS yo ki pa resevwa fòmasyon sou abi kont timoun toujou mete responsablite pou fè moun sispann fè yon timoun abi ak sekirite timoun nan sou do fi a.
    6. Travayè CPS gen yon tandans pou yo gade kesyon fòmasyon kòm yon lòt travay anplis sa yo genyen an ki deja twòp pou yo, espesyalman si yo santi fòmatè yo pa abitye ak reyalite travay CPS la.
    7. Piske kesyon rapòte abi sou timoun nan enpòtan pou efò prevansyon ak entèvansyon pa konsekan fòmasyon ak kolaborasyon ant pwofesyonèl se yon bagay ki nesesè e fòk yo panche sou difikilte ki gen nan sa. Rechèch montre difikilte ki genyen nan fòmasyon ant pwofesyonèl:

    • Chak moun ap defann teritwa pa li.
    • Tradisyon, estati, ak endepandans chak pwofesyon.
    • Kourikoulòm lan twò chaje.
    • Manke antant pou pataje enfòmasyon ant tout disiplin yo.
    • Yon pwofesyon pa fè lòt konfyans.
    • Mank nan konesans sou dinamik ki egziste nan yon ekip manke kolaborasyon.
    • Manke fleksibilite
    • Divèjans nan kouman moun wè oryantasyon an epi nan sa yo bezwen.
    • Divèjans nan ideyoloji moun.
    • Divèjans nan etik pwofesyonèl.
    • Diferans nan salè pami pwofesyonèl yo.
    • Manke lidèchip.
    • Moun pa vle chanje fason yo abitye travay.
    • Konfli sou kesyon orè ak disponiblite pwofesyonèl yo, mèt yo, pwofesè yo, ak elèv yo.

    Rekòmandasyon pou fòmasyon moun yo otorize pou rapòte abi kont timoun

    1. Fòk yo klarifye sa yo rele abi kont timoun pou moun kab rekonèt ka sa yo epi rapòte yo.
    2. Fòk yo fè fòmasyon pou moun ki otorize pou rapòte ka abi kont timoun yo plizyè fwa. Rechèch montre pou fòmasyon an efikas fòk yo bay li plizyè fwa.
    3. Fòmasyon ant pwofesyonèl sou kouman moun ki otorize pou yo rapòte abi kont timoun dwe fè travay sa a. Fòk fòmasyon sa a gen ladan li pwofesyonèl k ap travay ak sèvis kle tankou, sèvis sosyal, tribinal pou kesyon sante, tribinal kriminèl ak sèvis pou pwoteje timoun.
    4. Pi bon pwotokòl pou kowòdinasyon ant lòt òganizasyon epi sèvis pou pwoteje timoun, epi fòk moun ki fè rapò yo jwenn moun pou di yo sa yo panse de travay yo.
    5. Pi bon fòmasyon ak pi bon rapò pap vle di anyen san pa gen pi bon entèvansyon ak pi bon repons bò kote moun kle ki gen enterè nan domèn sa a.
    6. Fakilte ak inivèsite, lòt asosiyasyon pwofesyonèl, asosiyasyon oubyen pwogram k ap bay fòmasyon sou sèvis sa yo fòmasyon pou pwofesyonèl ki otorize pou yo rapòte abi sou timoun fèt pou yo fèt yon jan pou kourikoulòm yo ak program fòmasyon yo gen kesyon idantifye abi kont timoun, neglije timoun ak vyolans kont timoun epi esplike kouman yo ka rapòte enfòmasyon sa yo.
    7. Bon pratik nan rapòte abi kont timoun mande pou patisipan yo pran fòmasyon sou koze abi kont timoun nan, neglijans kont timoun, ak vyolans kont timoun nan plizyè fwa.
    8. Edikasyon ki vin avan sèvis ak edikasyon pou pwofesyonèl k ap kontinye pran fòmasyon ta dwe konsidere difikilte ki genyen nan rapòte abi kont timoun, neglije timoun ak vyolans an jeneral.
    9. Edikasyon ant pwofesyonèl avan yo kòmanse bay sèvis epi fòmasyon ant pwofesyonèl k ap kontinye pran fòmasyon pou amelyore kolaborasyon ak rapòte ka timoun y ap abize.
    10. Fòk fòmasyon an kouvri ni kesyon maltrete timoun ni kesyon vyolans nan fanmi. Rechèch montre gen rapò ant de diferan fòm vyolans sa yo.
    11. Fòmasyon kab chanje atitid tout pwofesyonèl. Fòmasyon kon sa ta dwe antre nan travay CPS fè ak pwofesyonèl yo avan yo kòmanse bay sèvis, ak travay yo fè ak pwofesyonèl yo apre yo fin kòmanse travay.
    12. Pou pwogram fòmasyon an genyen siksè fòk administratè ki alatèt CPS yo ta vrèman pran yon angajman nan sa.
    13. Fòk anplwaye ajans CPS ta travay ansanm ak lòt moun pou mete sesyon fòmasyon yo sou pye.
    14. Ajans CPS yo ta dwe met ansanm ak lòt ajans pou asire pwoteksyon timoun yo epi pou yo pataje responsablite sekirite timoun.

    Ki sa fòmasyon pou moun yo otorize rapòte abi kont timoun ta dwe kouvri?

    1. Kapasite ki esansyèl pou evalye kouman pou yo idantifye epi rapòte timoun y ap maltrete.
    2. Eleman esansyèl pou bon pratik ant pwofesyonèl.
    3. Konesans ki marye ak kad kote youn ak fòme lòt, youn ap gide lòt ak lòt sipò epi lòt bon jan sipèvizyon dwe antre pami eleman ki esansyèl pou chanjman nan pwogram fòmasyon yo kapab kontinye.
    4. Chanje enstitisyon yo ak anviwonman yo pou kapab gen plis travay ansanm pou prevansyon ak entèvansyon ki efikas.
    5. Gen nesesite fè plis demach pou yo idantifye bon kourikoulòm avan sèvis epi pandan moun yo ap travay pou ajans lan nan nivo fòmasyon avan pwofesyonèl yo kòmanse bay sèvis ak nan nivo fòmasyon apre pwofesyonèl yo kòmanse bay sèvis.
    6. Fòk fòmasyon an entansif ase epi fòk li dire yon bon bout tan pou li efikas.
    7. Lekòl leta yo ta dwe pran angajman yo sou devwa yo ak obligasyon yo gen pou yo rapòte timoun yo maltrete ak pou yo rapòte zak vyolans.
    8. Kreye yon anviwonman ant pwofesyonèl ki pozitif e ki ankourajan pou staf la-espesyalman staf moun yo ap rankontre an premye yo.
    9. Fòmasyon esansyèl yo kab gen ladan yo seksyon ki kouvri ni kesyon timoun y ap maltrete ni kesyon vyolans nan fanmi.

    Rekòmandasyon pou prevansyon vyolans kont timoun ak vyolans nan fanmi.

    1. Pou nou kreye yon apwòch sou rediksyon vyolans ki efikas fòk gen yon tèt ansanm ki dirab nan piblik la, sektè prive a, ak nan politik la.
    2. Modèl yo rekòmande a se modèl ki ankouraje kesyon sante kòm modèl ki bon pou kolaborasyon, ki kouvri tout sa li dwe kouvri nan apwòch sou vyolans sou timoun ak vyolans nan fanmi.
    3. Yon aspè kle nan bon pratik ki egziste nan domèn sa a, se te yon kourikoulòm fòmasyon kote plizyè moun ki soti nan depatman byennèt timoun ak kominote kote ki gen vyolans nan fanmi ki te mennen nan kèk alyans enpòtan.
    4. Men rezime pi gwo defi pwogram fòmasyon an te jwenn nan chache mete vyolans nan fanmi ak abi sou timoun ansanm: (1) tansyon ki egziste nan chwazi si se timoun oubyen fi yo ta dwe bay priyorite (2) ki karakteristik sèvis ki la pou pwoteje timoun.

    back to top

    Pwogram apre lekòl pou ankouraje devlopman timoun ak adolesan
    Ki sa rechèch montre pou kesyon aktivite andeyò lekòl la ak aktivite apre lekòl?
      1. Pandan senkan ki sot pase yo, genyen 33% plis timoun lekòl ki nan nesesite pou yo patisipe nan pwogram manje maten. 2. Ka neglijans kont timoun akòz paran yo kite timoun yo nan kay la poukont yo ogmante pandan senkan ki sot pase yo. 3. Gen plis manman k ap travay men kantite gadri yo pa ogmante. 4. Paran yo ap mande moun ki fè lekòl pou timoun piti yo ak moun k ap gade timoun pou yo montre timoun yo prekosyon pou yo pran lè yo rete nan kay poukont yo. 5. Gen plis timoun ki rete nan lari annatandan paran yo antre lakay yo ki viktim ensidan. 6. Gen plis timoun ki blese ant 6è di maten ak 9è di maten epi ant 3è ak 6è diswa pandan lasemèn. 7. Lè paran oblije travay epi okipe pitit yo an menm tan, patwon yo pèdi sou kantite tan anplwaye yo ta dwe pase nan travay la, sa kapab koute sistèm sante a yon bon valè tou, akòz timoun ki blese pase yo pa gen granmoun k ap siveye yo.
    Ki sa yon bon pwogram apre lekòl dwe gen ladan?

    An oktòb 1999, komisyon nasyonal pou timoun, jenn moun ak fanmi, te pale sou nesesite pwogram pou lè ki pa lè lekòl pou konbat tandans ki genyen pou timoun piti ak adolesan tonbe nan vyolans. Yo te pale tou sou pwoblèm konpòtman, pèfòmans nan lekòl, pèfòmans akademik ak chanjman nan fanmi ki lakòz timoun pa jwenn sipèvizyon granmoun. Pandan lekòl yo sou presyon pou yo bay rannman nan egzamen ofisyèl yo epi kouvri kourikoulòm yo, pwogram pou timoun nan lè ki pa lè lekòl yo kab ofri timoun yo yon anviwonman ak esperyans ki ta kab konsidere enterè timoun yo ak talan timoun yo.

    Kit se pwogram ki fèt nan kad lekòl la, kit se pwogram ki fèt nan kad kominote a, kit se pwogram lekòl la ak kominote a fè ansanm, fòk se pwogram ki konsidere gwo chanjman ki fèt nan devlopman timoun ant senkan ak katòzan. Fòk pwogram sa yo ede timoun yo nan devlopman akademik yo, devlopman fizik, devlopman emosyonèl yo ak devlopman sosyal yo. Epitou se pou timoun yo esplore diferan domèn kote yo kab rive manifeste enterè yo ak talan yo. Se pou pwogram sa yo bay timoun yo chans pou yo aprann bagay nan lòt kilti, pou timoun yo aprann nan men sa ki pi gran pase yo epi pou yo montre sa ki pi piti pase yo, pou yo evolye ak lòt timoun nan yon anviwonman kote ki pa gen estrikti oubyen kote ki gen enpe estrikti epi pou yo devlope relasyon yo ak granmoun ki gen bon kè.

    Fòk pwogram nan ta ka genyen anpil nan eleman sa yo:

    • Objektif ki klè, rezilta ki klè, egzamen, suivi ak evalyasyon.
    • Fòk pwogram yo ta ale ak laj timoun yo epi fòk yo konsidere sijesyon timoun yo.
    • Fòk pwogram nan bay timoun yo okazyon pou yo aktif nan pwosesis aprantisaj la, fòk yo gen okazyon pou yo jere ris, jere konfli, pran desizyon.
    • Fòk pwogram lan fèt nan yon anviwònman ki pozitif, fòk gen balans ant libète ak estrikti,
    • Fòk pwogram nan gen ase materyèl, fòk li gen espas pou aktivite ak espas kote ki kal.
    • Fòk pwogram nan gen staf ki konprann devlopman timoun, fòk staf la renmen fè plezantri fòk li fleksib.
    • Fòk pwogram nan gen staf ki konprann pwoblèm kiltirèl yo, pwoblèm seksyèl yo, pwoblèm rasyal yo ak pwoblèm lang yo.
    • Fòk pwogram yo ouvè pou diferan gwoup timoun piti ak adolesan.
    • Fòk staf pwogram nan dakò travay ak diferan lòt sektè nan kominote a.
    • Fòk paran yo patisipe.
    • Fòk staf yo dakò pou evalye travay yo epi pou yo kontinye amelyore travay y ap fè a.
    Ki sa ki fè yon pwogram bon?

    Alyans nasyonal pou swen pou timoun lekòl te etabli estanda yo pou yo otorize pwogram pou timoun lekòl fonksyone.

    • Fò dirijan yo solid epi fò kote a gen yon bon òganizasyon.
    • Fòk gen yon granmoun pou chak 15 timoun si timoun yo gen mwens pase sizan.
    • Aktivite pou devlopman timoun, aktivite fizik ak aktivite espòtif chak jou nan yon orè ki byen balanse.
    • Yon staf ki byen fòme men ki kontinye ap jwenn fòmasyon yo bezwen dapre rezilta evalyasyon yo fè.
    • Fòk pwogram yo travay ansanm ak òganizasyon kominotè yo kon sa pou yo vin gen menm filozofi parapò ak timoun yo.
    • Fòk pwogram yo travay sere ak paran yo epi fòk yo bay fanmi k ap travay yo sèvis: a) akomode orè fanmi yo b) fè pwogram yo bon mache c) bay transpò
    • Kowòdone kesyon edikasyon: fè koneksyon ant pwogram apre lekòl ak pwogram lekòl lajounen an.
    • Se pou gen yon kominikasyon efikas, koperasyon pozitif pou yo kapab kowòdone jan y ap itilize resous yo ak jan y ap itilize lokal la.
    • Kolaborasyon ant moun k ap travay nan lekòl pandan lajounen ak moun k ap travay nan pwogram apre lekòl.
    • Se pou yo ap evalye pwogrè pwogram nan ak efikasite li tout tan.
    • Fòk timoun yo byen manje epi se pou yo fè sa lè sa apwopriye.
    Anplis, pwogram yo fèt pou yo:
    • Kreye anviwonman kote timoun yo santi yo gen sipò
      • Devlope pwogram ki pa chè e ki aksesib.
      • Konsidere kesyon transpò pou timoun soti lekòl pou yo ale nan pwogram apre lekòl.
      • Sèvi ak bibliyotèk pou bay leson apre lekòl, klib pou timoun ki gen pou yo fè devwa.
    • Lekòl Leta
      • Ankouraje kesyon swen pou timoun ki poko al lekòl epi pou timoun ki ale lekòl pou yo kab asire sekirite timoun yo epi evite kesyon vyolans.
      • Yo ta dwe mete kesyon sipèvizyon timoun ki gen laj pou yo ale lekòl nan domèn kesyon sante.
      • Devlope pwogram pou yo kapab sèvi ak granmoun ki pran retrèt yo kòm resous.
      • Koneksyon ak fanmi - fanmi kote gen paran ki pa al travay e ki ta kapab gade yon timoun ki pou kont li lakay li.
    • Devlope kapasite pèsonèl
      • Anseye timoun ki gen ant, twazan ak sizan ki sa pou yo fè si yo ta lakay yo pou kont yo
      • Pèmèt jenn moun ki pi gran patisipe ak granmoun nan sipèvize timoun ki nan laj pou yo ale lekòl ak pou yo resevwa fòmasyon nan pwogram ki fèt avan epi apre lekòl.
      • Fè tout moun konnen ki paran ki sou katye a timoun ki poukont yo nan yon kay kab tcheke si yo bezwen èd.
      • Fè atelye pou paran yo sou kouman yo kab kominike ak timoun ki konn pou kont yo nan kay epi ki enpòtans ki genyen pou paran konn kote timoun yo ye.
    Men ki kote enfòmasyon sa yo soti:

    Datta, A.R. & deKanter, A. (1998). Family involvement in education: A national portrait. Chicago: National Opinion Research Center, University of Chicago.

    Fox, J.A. & Newman, S.A. (1997). After-school crime or after-school programs: Turning into the prime time for violent juvenile crime and implications for national policy. A report to the United States Attorney General. Washington, D.C. Fight Crime: Invest in Kids.

    Gootman, J.A. (Ed.) (2000). After-school programs to promote child and adolescent development: Summary of a workshop. Washington, D.C.: National Academy Press.

    Hunt, C. (1999). Still home alone: Developmental effects and health promotion issues for school-age children in self care. Canada's Children, Fall, pp.26-28. Ottawa, Ontario. Child Welfare League of Canada.

    National Governors Association (2000). Expand learning: Make every minute meaningful: Extra learning opportunities in the states: Results of a 1999 survey. Washington, D.C.: Author.

    Quinn, J. (1999). Where need meets opportunity: Youth development programs for early teens: When school is out. The Future of Children, 9.

    back to top

    Pwogram prevansyon kont vyolans nan lekòl pou timoun piti
    Rezime

    Nan 60 pwogram yo egzamine pou yo evalye, nivo efikasite pwogram prevansyon vyolans ki ap fèt nan lekòl, se yon sèl pwogram ki te konsantre sou timoun ki nan laj preskolè epi kèk te vize timoun jadendanfan oubyen elèv lekòl elemantè. Pi fò pwogram pou prevansyon kont vyolans vize elèv lekòl entèmedyè ak elèv lekòl segondè. Rapò sa a bay yon ti rezime sou pwogram prevansyon kont vyolans ki vize timoun jadendanfan rive nan senkyèm ane dapre nivo efikasite yo. Nou rekòmande pwogram sa yo paske gen evidans ki byen dokimante ki montre pwogram sa yo redui vyolans pami timoun.

    Efikasite premye nivo

    Pwogram efikasite premye nivo a itilize estrateji yo kreye pou yo bay evidans efikasite pwogram nan redui vyolans. Pou yo fè sa yo te sèvi ak rechèch esperimantal ki kontwole epi yo te mezire rediksyon nan vyolans yo dirèkteman.

    1. Pwogram pou rezoud konfli
      • Pwogram jeneral pou prevansyon kont vyolans pou timoun nan senkyèm ane se yon pwogram rezolisyon konfli ak yon kou anplis de semèn pita.
      • Yon fòmatè esplore ki kalite konfli ki genyen, li respekte diferans yo, mòd konfli a, li chèche konprann emosyon ki mele nan konfli a epi li chèche rezoud konfli a.
      • Bi: amelyore jan moun wè tèt yo, redui goumen ak diskisyon pou enfliyanse atmosfè nan lekòl, ede elèv yo devlope kapasite yo pou yo rezoud konfli.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Cochrane, L.J. & Saroyan, A. (1997, March). Finding evidence to support violence prevention programs. Paper presented at the annual meeting of the American Education Research Association, Chicago, Ill.

    2. Ankouraje estrateji ki pou chanje fason yo reflechi-Pwogram PATHS la
      • Pwogram jeneral pou prevansyon kont vyolans pou jadendanfan rive senkyèm ane.
      • Nan pwogram sa a, yo konsantre sou emosyon, rezoud pwoblèm ant moun ak moun (plis kèk sijè espesyal pou elèv ki gen nesesite espesyal) ak teknik pou jeneralize ka yo soti nan sal de klas pou rive nan esperyans toulejou yo.
      • Se pwofesè ki aplike teknik sa yo apre yo fin pran yon fòmasyon 3 jou.
      • Bi: ankouraje elèv pou yo pale, konprann emosyon epi kontwole emosyon, amelyore kapasite endividyèl timoun ki deja ap byen fonksyone pou yo adapte yo, epi evite pwoblèm sikololjik nan timoun ki deja an ris.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Greenberg, M.T. & Kusche, C. (1998). Promoting alternative thinking strategies. Boulder, Colo.: Center for the Prevention of Violence, Institute of Behavioral Science, University of Colorado at Boulder.

    3. Pwogram pou dezyèm etap.
      • Prevansyon jeneral kont vyolans pou timoun dezyèm ane rive senkyèm ane.
      • 8 a 28 kou de fwa pa semèn pandan ane lekòl la.
      • Se pwofesè ki fòme ki fè kou sa yo.
      • Nan pwogram sa a, yo te gen fòmasyon sou anpati, rezoud pwoblèm ant moun ak moun, fòmasyon sou kouman moun kontwole konpòtman yo, kontwole kòlè yo.
      • Bi: diminye konpòtman ki enpilsif, ki agresif, pou amelyore konpòtman sosyab epi redui konpòtman anti sosyal..
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Bergsgaard, M. (1998). Gender issues in the implementation and evaluation of a violence-prevention curriculum. Canadian Journal of Education, 22(1), 33-45.
      Grossman, D.C., Neckerman, H.J., Koepsell, T.D., Liu, P., Asher, K.N., Beland, K., Frey, K., & Rivera, F.P. (1997). Effectiveness of a violence prevention curriculum among children in elementary school. A randomized controlled trial. Journal of the American Medical Association, 277, 1605-1611.
      Leidy, M., Thomas, M., Powers, J., & Holden, M. (1998, July). Evaluating violence prevention programs in pre-school. Paper presented at the Program Evaluation and Family Violence Research: An International Conference, Durham, N.H.
      Taub, J. (1998, July). Evaluation of a violence prevention program in a rural elementary school. Paper presented at the Program Evaluation and Family Violence Research: An International Conference, Durham, N.H.

    Efikasite nivo II

    Pwogram nivo nimewo II yo montre yon nivo efikasite ki modere, yo itilize metòd esperimantal pou yo fè rechèch sou pwogram sa yo.

    1. Fanmi ak lekòl ansanm-Pwogram FAST:
      • Pwogram vyolans jeneral, pwogram k ap vize kesyon alkòl, pran dwòg epi timoun ant katran ak nevan ki kite lekòl.
      • 8 reyinyon nan lekòl la ak plizyè fanmi, plis lòt reyinyon pandan dezan pou yo fè suivi.
      • Nan pwogram lan yo itilize lidèchip kolaboratif ki byen fòme, patisipasyon paran nesesè.
      • Reyinyon yo te gen: manje ansanm, jwèt ki mande kominikasyon tan pou mari ak madanm, seremoni gradyasyon.
      • Bi: rapwoche rapò anndan fanmi yo epi ant fanmi yo avèk kominote a. Amelyore fonksyonman fanmi yo, anpeche timoun yo fè move nòt lekòl, anpeche timoun yo ak lòt manm nan fanmi an tonbe nan dwòg, redui kantite tèt chaje timoun nan ak fanmi li kab genyen.
    2. Pwogram donte mons ki anndan nou an
      • Prevansyon jeneral kont vyolans pou timoun ki ant sizan ak douzan ki gen pwoblèm konduit ki gen rapò ak kesyon kontwole kòlè yo.
      • 8 semèn, kenzèdtan pa semèn.
      • Li sèvi ak de pwofesyonèl ki byen fòme ak atelye pou paran depi nan kòmansman.
      • Bi: ede timoun devlope estrateji pou rezoud pwoblèm ki pozitif epi pou yo dekouvri bon mwayen pou yo esprime santiman yo, redui pwoblèm konduit, ogmante entèraksyon sosyal ki pozitif, amelyore jan timoun yo wè tèt yo, itilize estrateji sosyab pou rezoud pwoblèm.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Giesbrecht, N. (1998). Taming the Monster anger management program evaluation. Calgary, Alberta: Boys and Girls Club of Calgary.
    3. Sikoterapi an gwoup pou moun ki viktim gwo sezisman ak moun ki gen moun mouri, yon chapit anndan pwogram prevansyon ak entèvansyon kont vyolans ki fèt nan lekòl elemantè.
      • Prevansyon jeneral kont vyolans pou timoun ki nan ris soti twazyèm ane rive nan senkyèm ane ki te wè vyolans lakay yo oubyen nan fanmi yo.
      • Sesyon yo dire ant 10 a 12 semèn. Yo fè sikoterapi endividyèl, siikoterapi an gwoup, yo bay moun yo gid.
      • Bi: sansibilize paran yo, amelyore kapasite sosyal yo, pèmèt gen yon kontèks kote yo aksepte esperyans timoun, ogmante tolerans epi amelyore efikasite sosyal timoun nan.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Murphy, L., Pynoos, R.S., & Boyd, J.C. (1997). The trauma/grief-focused group psychotherapy module of an elementary school-based violence-prevention/intervention program. In J.D. Osofsky et al. (Eds.), Children in a violent society (pp. 223-255). New York: Guilford Press.

    Efikasite nivo III

    Pwogram nivo twa yo eseye chanje faktè entèmedyè yo ki enfliyanse konpòtman vyolan (konesans, atitid ak kapasite). Rechèch nan pwogram sa yo pa t mezire rediksyon nan konpòtman vyolan.

    1. Pwogram pou kreye anviwonman an pè pou elèv aprann
      • Anviwonman lekòl pou prevansyon pou jadendanfan rive nan douzyèm ane.
      • Tout staff lekòl ki tap patisipe te fè yon evalyasyon sou sa ki nesesè, yo te detèmine entèvansyon yo, yo te bay sijesyon sou metòd evalyasyon yo, yo te ede aplike evalyasyon yo, epi yo te ede nan pwopaje rezilta yo.
      • Devlope kòd konduit, pwogram pou fòmasyon pwofesè nan rezoud konfli, rezoud konfli onivo segondè, fè abitraj ant timoun menm laj, devlope ladrès sosyal, sansibilize moun sou vyolans nan relasyon, rezoud pwoblèm o nivo elemantè epi o nivo entèmedyè, abitraj, kontwole kòlè, devlope kapasite sosyal.
      • Bi: kreye, kenbe yon prevansyon ki konsantre sou vyolans ak arasman pandan y ap mete fanmi yo, lekòl yo ak kominote yo an kontak nan kad prevansyon epi pou mezire siksè ak efikasite pwogram nan.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Cameron, C.A., Dodsworth, P., Dollimore, M., Dysart, J., Fraser, W., Jones, A., Moore, R., Moxon, P., Palmer, H., Perrin, L., & Wright, J. (1998, November). Creating peaceful learning environments: Summary of major findings and recommendations. Paper presented at the Creating Peaceful Learning Environments Conference, Calgary, Alberta.

    2. Pwogram pou evite absans lekòl nan premye ane yo
      • Prevansyon jeneral kont vyolans pou timoun nan jadendanfan rive nan twazyèm ane ki abitye absan, rive an reta oubyen ki gen kèk pwoblèm konpòtman.
      • Pwogram sa a genyen sèt eleman: idantifikasyon bonè, sipò akademik ak metòd ansèyman ki efikas; sèvis kominotè nan lekòl, patisipasyon fanmi ak devlopman staf, asosiyasyon ant sektè prive ak sektè edikasyon an, koneksyon ak lòt pwogram.
      • Li itilize yon apwòch ekip anndan lekòl.
      • Bi: redui absans, etabli faktè pou ranfòse rezistans emosyonèl timoun yo, fanmi yo epi kominote a, epi ki mete paran yo ak ajans yo ansanm pou yo travay pou siksè lekòl depi nan premye ane yo.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:

      Gentile, C.L. (1998, September). Early Start Absenteeism prevention program. Paper presented at the International Conference on Family Violence, Singapore.

    3. Kourikoulòm edikasyon pou lapè ak yon pwogram dezyèm etap.
      • Pwogram jeneral pou prevansyon kont vyolans pou timoun nan premye ane Montesori
      • Konbine prensip Montesoti yo ak pwogram dezyèm etap yo.
      • Li anseye intèdepandans nan lavi, konsekans diferan konpòtman, epi yon pèspektif global ki aksantye konsèp jeneral.
      • Bi: redui reyaksyon vyolan nan konfli.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Harris, I.M. (1995, April). Teachers' response to conflict in selected Milwaukee schools. Paper presented at The Annual Meeting of American Education Research Association, San Francisco, Calif.

    4. Pwogram lekòl pou sansibilizasyon
      • Prevansyon jeneral kont vyolans pou jadendanfan rive nan senkyèm ane.
      • 15 a 30 minit de fwa pa semèn.
      • Li itilize pwofesè ki fòme.
      • Bi: amelyore kapasite sosyal, ogmante konpòtman ki sosyab epi ki pa vyolan, amelyore jan timoun wè kominote a an jeneral.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:

      Taylor, C., Williams, L. & Laing, B. (1998, July). Assessment of Reach Out to Schools, primary prevention program. Paper presented at the Program Evaluation and Family Violence Research: An International Conference, Durham, N.H.

    Efikasite nivo IV
    Pwogram nivo IV se pwogram yo poko teste yo pou yo wè valè yo opwennvi chif men yo estime yo pwomèt. Yo te evalye pwosesis aplikasyon pwogram lan men yo poko evalye rezilta yo.

    1. Pwogram pou konbat belijeran nan lekòl
      • Prevansyon kont vyolans nan lekòl elemantè.
      • Pwogram nan itilize pwofesè ki fòme.
      • Pwogram nan montre timoun ki sa belijerans ye, sis estrateji moun kapab itilize lè yo ann afè ak yon belijeran, kat estrateji moun kapab itilize lè yo wè yon moun ap fè lòt moun abi epi kèk bon lide sou kouman pou yon moun fè zanmi.
      • Bi: etabli yon kilti anndan lekòl yo ki pa tolere agresyon fizik ak agresyon sikolojik pou nou rive kreye yon pi bon atmosfè sekirite nan lekòl yo.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:

      Danis, L. & Porter, W. (1997). Bully-proofing an elementary school. Results after two years of intervention. Longmont, Calif.: Sopris West.

    2. Pwogram pa bay Judy kout pwen
      • Pwogram jeneral pou prevansyon kont vyolans pou timoun premye ane rive senkyèm ane.
      • Yon kourikoulòm nèf semèn ki ale ak kourikoulonm lekòl la.
      • Pwogram nan itilize videyo ki montre poupe twal k ap dekri pwoblèm familyal ak vyolans ant moun ak moun.
      • Bi li: eseye evite vyolans nan fanmi, regle sa bonè nan lavi timoun ki temwen vyolans nan fanmi yo.

      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:

      McRae, P., & Freeman, P. (1993). No Punching Judy final evaluation report. Portland, Ore.: Tri-county Youth Services Consortium and Community Advocates.

    3. Pwogram kont belijerans
      • Evite vyolans nan anviwonman lekòl, ki konsantre sou belijerans pou timoun ki nan jadendanfan rive nan katriyèm ane.
      • Moun pwogram nan vize: lekòl yo, kominote a (paran yo), elèv yo, ak endividi.
      • Nan pwogram lan yo itilize fòmasyon staf, kòd pou konpòtman epi amelyorasyon nan jan yo sipèvize lakou lekòl yo.
      • Bi redui pwoblèm moun ki viktim belijerans yo.
      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:
      Pepler, D.J., Craig, W.M., Ziegler, S., & Charach, A. (1994). An evaluation of an anti-bullying intervention in Toronto schools. Canadian Journal of Community Mental Health, 13(2), 95-110.

    4. Fanmi ak lekòl k ap mete fen nan abi- Pwogram FASSA
      • Prevansyon jeneral kont vyolans pou timoun ki ant senkan ak douzan ki te temwen vyolans oubyen k ap viv nan fanmi yo kote ki gen vyolans, kit se ta paran yo oubyen lòt moun nan fanmi yo.
      • Yon pwogram k ap fèt nan kominote a, yon pwogram 16 semèn pou kominikasyon an gwoup, ak yon pwogram 10 semèn pou paran, epi konsèy sikolojik lakay lè sa nesesè.
      • Bi li: kraze tandans vyolans nan fanmi an, diminye efè vyolans nan fanmi an, epi amelyore devlopman pozitif yo

      Men ki kote enfòmasyon sa a soti:

      YWCA of Calgary (1998). Families and Schools Stopping Abuse (FASSA): Children's program evaluation. Calgary, Alberta: Author.

    back to top

    Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


    We're always here for you: 211
    Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
    Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.