Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Enfòmasyon pou ogmante kapasite paran, kapasite moun pou yo jwe wòl paran epi ede yo viv an fanmi
 
Ankouraje devlopman pozitif lakay timoun yo

Kòm moun ki fòme peyi a, ki sa nou vle timoun nou yo fè? Natirèlman nou vle evite dwòg, evite vyolans, evite krim, epi nou pa vle pou yo kite lekòl, nou pa vle pou yo vin manman pitit oswa papa pitit anvan yo gen 20 an. Men pi fò paran pa sèlman vle pou pitit yo evite pwoblèm, yo vle pou pitit yo gen kè kontan epi pou lespri yo pa kontrarye, yo vle pou yo gen bon relasyon ak lòt moun epi yo vle pou yo kole zepòl ak kominote yo.

Kwak se bèl bagay sa yo paran vle pou pitit yo, nou tout ansanm, nou annik vle pou yo evite pwoblèm. Nou pa tèlman okipe chèche mwayen pou nou ankouraje jèn yo devlope.

Child Trends, se yon sant ki fè rechèch ki pa dèyè fè lajan, pou timoun ak pou lafanmi jwenn enfòmasyon nan lide moun bay nan rechèch nasyonal ak nan sondaj dapre yon antant kiltirèl sou sa ki espesyal ak aktivite ki gen valè nan yo menm. Yo bay enfòmasyon ki soti nan rechèch ki jwenn kèk koneksyon ant kèk nan bagay ki espesyal nan timoun ak nan jenn moun ak nan sa yo devni pi devan nan lavi yo.

Relasyon ant paran ak pitit:

  • Bon relasyon sere ant paran ak pitit se yon siy enpòtan ki montre tèl timoun ap byen grandi, byen devlope. Timoun ki pa anba men paran yo gen anpil chans tounen vakabon.
  • Jan yon timoun atache ak ni manman l ni papa l se yon bon mwayen pou mezire devlopman pozitif nan timoun nan.

Relasyon ant frè ak sè :

  • Timoun ki antan yo byen ak frè yo, ak sè yo, nan piti gen plis chans devlope bon relasyon ak zanmi yo, kanmarad yo.
  • Lè yon gran frè osnon yon gran sè montre li renmen ti sè li, ti frè li, sa fè ti frè a, ti sè a devlope konpòtman moun ki gen matirite ni nan sitiyasyon chire pit, ni nan sitiyasyon kote li ap travay nan tèt ansanm ak lòt moun.
  • Lè frè ak sè renmen frè yo ak sè yo, sa mete kè kontan, satisfaksyon ak ankourajman pandan timoun yo jèn epi se yon sous sipò sosyal pandan tout vi yo.

Relasyon ak zanmi:

  • Relasyon ak zanmi devlope selon regleman ak prensip timoun yo te rankontre nan fanmi yo an premye.
  • Relasyon zanmitay ka ede yo devlope konesans yo, fizik yo ansanm ak kontak yo ak lòt moun. Gras ak aktivite yo mennen ansanm epi gras ak konvèsasyon yo.
  • Timoun ki pa antann yo byen ak kanmarad yo gen chans pou yo rankontre difikilte nan lavi tankou kite lekòl anvan lè, gen konpòtman kriminèl
  • Bon relasyon zanmitay se youn nan plezi lavi a. Li kapab pwoteje nou kont pwoblèm mantal ak konpòtman ki ka detwui lavi nou.

back to top

Ankouraje rezilta nan devlopman timoun ki bon pou sante yo nan anviwonman ki gen gwo danje pou timoun yo

Ki sa ki espesyal nan pwogram ki redui maladi mantal osnon lòt konpòtman kon sa, timoun konn genyen?

Moun k ap fè rechèch, doktè ak politisyen te vini ak konklizyon nou pral li la yo nan rapò yon panèl sou Jèn ki gen posiblite pou yo gen difikilte Konsèy Nasyonal ki fè rechèch te prepare an 1983 (Panel on High-Risk Youth, National Research Council, 1993). Konklizyon yo chita sou nesesite pou gen plis travay ki fèt nan program pou anpeche sikopatoloji epi pou pwogram sa yo kouvri plis bagay. Pou yo ankouraje devlopman pozitif sitou pou timoun ak jenn moun k ap grandi nan yon anviwonman kote yo an danje:

  1. Prevansyon pou yon peryòd kout bay rezilta ak gwoup ki gen posiblite pou yo gen difikilte, men rezilta sa yo menm lè yo bon yo pa dire, alòske yon pwogram plizyè ane ka bay benefis ki dire lontan.
  2. Aktivite ki fèt pou ede jèn yo evite kèk pwoblèm yo ka mache byen pandan toutan timoun nan piti lè yo vize danje ki soti nan devlopman yo ak jan yo pwoteje timoun. Men akòz jan gen rezistans a mwayen ki la pou rezoud pwoblèm konpòtman ki grav, li ta nesesè pou ta toujou gen pwogram pou eseye rezoud pwoblèm disiplin nan depi nan preskolè rive an premye ane lekòl elemantè yo.
  3. Entèvansyon prevantif bay pi bon rezilta lè yo vize danje ki soti nan devlopman yo ak jan yo pwoteje timoun, olye pou yo ta vize pwoblèm espesifik. Sa pi posib, epi sa koute mwens kòb pou yo vize plizyè rezilta negatif nan kad yon gwoup pwogram ki kowòdone.
  4. Entèvansyon yo fèt pou yo vize divès domèn, enstitisyon k ap change, anviwonman k ap change ansanm ak moun k ap chanje.
  5. Pwogram entèvansyon ki vize timoun nan sèlman pa an fòm menm jan ak pwogram ki edike timoun nan epi ki pouse chanjman pozitif an menm tan, ni nan lekòl, ni nan anviwonman kote l ap viv la. Pwogram ki mache yo pa annik konsantre sou timoun nan, yo vize konpòtman pwofesè a ak konpòtman fanmi yo, relasyon ant lekòl la ak kay timoun nan, epi nesesite pou ni lekòl la ni kominote yo kore prensip ak konpòtman ki kòrèk.
  6. Pa gen yon pwogram ki ka anpeche plizyè konpòtman ki ka fè yon timoun gen pwoblèm konpòtman pita. Li nesesè pou gen yon gwoup pwogram, ak yon plan pou tout pwogram sa yo mache ansanm nan chak kominote. Pou timoun ki nan laj pou y al lekòl, ekoloji lekòl la ta dwe yon pwen entèvansyon nesesè.
  7. Pou pwogram entèvansyon yo ka dire, fòk yo asosye yo ak sistèm swen ak tretman.
  8. Pou pwogram yo ka bay pi bon rezilta nan chak nivo bezwen, pwogram yo ak kominote yo dwe devlope modèl ki pa depaman, devlope menm pawòl menm demach.
  9. Ni lekòl ni sant pou swen timoun pa fasil fè entèvansyon ki konplè nèt, sa vle di entèvansyon ki kole prevansyon prensipal ak entèvansyon sou kote ansanm ak tretman.

Men ki kote enfòmasyon sa yo soti:

Catalano, R. F., Berglund, M. L., Ryan, J. A. M., Lonczak, H. C., & Hawkins, J. D. (1998). Positive youth development in the United States: Research findings on evaluations of positive youth development programs. (NICHD Publications). Washington, D.C.: U.S. Department of Health and Human Services.

Department of Health and Human Services. (1991). Healthy People 2000. Washington, D.C.: Government Printing Office, DHHS Pub. No. (PHS) 91-50212.

Panel on High-Risk Youth, National Research Council. (1993). Losing generations: Adolescents in high-risk settings. Washington, D.C.: National Academy Press.

back to top

Bon pwogram edikasyon pou paran
ERROR: The file is missing.G:\Old Sites\New folder\tmlm\faqs\3661.txt
back to top

Kourikoulòm lekòl entèmedyè sou devlopman sèvo, devlopman timoun ak sou nesesite pou anviwonman lakay timoun yo se yon anviwonman kote yo jwenn afeksyon, se yon anviwonman kote yo genyen sekirite, yon anviwonman kote yo jwenn moun pou fè tout aktivite ak yo.

Rezime:

Dapre rekòmandasyon gwoup ki t ap travay sou enfòmasyon ak konesans pratik pou paran ak fanmi te fè nou, nou te fè monte "gwoup refleksyon" nan twa lekòl entèmedyè soti oktòb rive novanm 2000. Objektif gwoup refleksyon yo se te pou nou te pale ak elèv ki nan lekòl entèmedyè, ak paran, pwofesè ak administratè pou nou te kapab wè sa yo konnen sou sijè sa a, sa yo te vle konnen anplis ak pou nou te kapab wè ki metòd enstriksyon yo itilize. Twa lekòl entèmedyè nou te itilize yo se Dora Middle, Mays Middle ak Highland Oaks. An mwayèn, chak lekòl yo te genyen 30 elèv ki te patisipe nan "gwoup refleksyon an". Te genyen apeprè 10 paran pou chak lekòl. Te genyen apeprè 8 paran ak administratè. Te genyen yon moderatè alatèt chak gwoup, elèv ki diplome nan FIU te sèvi kòm obsèvatè epi se yo ki te responsab pran nòt tou.

Anvan gwoup refleksyon yo te kòmanse travay, yo te ba yo enfòmasyon sou "Early Childhood Initiative la, sou gwoup ki t ap fè rechèch la, ak sou priyorite yo. Yo te pase yon moso nan videyo Diane Sawyer ki rele "From the Beginning" (Depi nan kòmansman) pou yo.

Men kesyon yo te mande chak gwoup yo:

Pou elèv:

  • Apre ou fin gade videyo a ki enfòmasyon ou panse elèv lekòl entèmedyè bezwen sou devlopman sèvo? Èske li enpòtan? Pou ki sa?
  • Èske ou panse elèv lekòl entèmedyè ta dwe genyen konesans sou devlopman sèvo tibebe ak devlopman sèvo timoun? Pou ki sa?
  • Ki sa ou panse ki enpòtan pou ou konnen sou tèt ou ak sou lòt moun?
  • Ki sa ou ta renmen konnen/aprann sou entèraksyon ak lòt moun?
  • Ki sa ou ta renmen konnen sou relasyon nan fanmi?

Pou paran, pwofesè ak administratè:

  • Apre ou fin gade videyo a ki enfòmasyon ou panse elèv lekòl entèmedyè bezwen sou devlopman sèvo? Èske li enpòtan? Pou ki sa?
  • Èske ou panse elèv lekòl entèmedyè ta dwe genyen konesans sou devlopman sèvo tibebe ak devlopman sèvo timoun? Pou ki sa?
  • Ki sa ou ta renmen elèv lekòl entèmedyè aprann sou tèt yo, sou lòt moun ak sou jan yo boule youn ak lòt?
  • Kouman ou ta renmen elèv lekòl entèmedyè aprann sa yo dwe aprann sou tèt yo, sou lòt moun ak sou jan yo boule youn ak lòt?
  • Ki sa ou panse elèv lekòl entèmedyè ta dwe aprann sou fanmi ak sou relasyon?
  • Ki jan elèv yo ta dwe aprann sijè nou mansyone anwo a.

Rekòmandasyon pou kourikoulòm lekòl entèmedyè

Jeneral

  • Konsansis sou nesesite pou genyen enstriksyon sou aspè nou mansyone anwo a nan kourikoulòm lekòl entèmedyè a.
  • Konsansis pou kourikoulòm lan ta genyen plis enfòmasyon pou elèv lekòl entèmedyè yo konprann tèt yo ak fanmi yo.
  • Tout timoun yo, tout paran yo dakò se nan konprann kouman pou yo antann yo ak nan konprann relasyon nan lafanmi kourikoulòm lan t ap itil yo plis.
  • Ni paran ni timoun te vle pou se moun ki pap travay nan sistèm eskolè a ki pou ta mete kourikoulòm lan ann aplikasyon epi ki pou ta administre li, administratè ak pwofesè te vle pou se moun k ap travay nan sistèm eskolè a ki pou ta mete kourikoulòm lan ann aplikasyon epi ki pou administre li.
  • Timoun yo te vle pou ta gen yon lè pandan semèn lan kote yo genyen okazyon pou yo pale youn ak lòt, ak pou yo jwenn konesans sou devlopman yo ak sou konpòtman yo.

Kontni

  • Yo te dakò san pou san pou kourikoulòm lan chita sou devlopman sèvo ak sa ki kapab enfliyanse devlopman sèvo e ki kapab genyen efè sou aprantisaj.
  • Yo te montre yo te enterese anpil sou kouman jan yo devlope afekte konpòtman yo, li afekte entèraksyon yo ak lòt timoun, li afekte entèraksyon yo ak fanmi yo.
  • Kourikoulòm lan dwe konsantre sou kouman pase tan nan bon kalite entèraksyon ak granmoun, frè, sè genyen efè sou devlopman ak kapasite moun pou yo aprann.
  • Yo ta dwe prezante kourikoulòm lan sou diferan fòm: videyo, konferans, sesyon an gwoup, demonstrasyon teyatral
  • Kourikoulòm lan dwe reflete kilti moun yo, yo dwe mete rityèl fanmi yo, tradisyon fanmi yo ak kwayans fanmi yo nan kourikoulòm lan.

Men kèk nan kòmantè elèv yo te fè:

Konesans sou devlopman sèvo:

Wi, se pa paske elèv yo se paran, men paske petèt paran yo pa t li pou yo epi yo genyen ti frè, ti sè, kon sa yo ta kapab pote enfòmasyon sa a lakay yo bay paran yo pou yo montre yo ki sa pou yo fè. Petèt elèv yo ta kapab ale lakay yo epi yo ta li pou frè yo, sè yo pou bagay yo ta kapab pi fasil pou yo.

Sa ki enpòtan sou tèt ou ak sou lòt moun

Kouman pou m fè pou m sonje sa mwen vle sonje. Pou ki sa lòt timoun aprann pi vit pase m? Ki sa m kapab fè ak fòs fizik mwen. Pou ki sa m pa kapab fè menm bagay la, lè se pou m aprann yon bagay.

Entèraksyon ak lòt moun:

Mwen vle konnen kouman lòt moun panse, kouman yo devlope ak ki sa ki fè yo jan yo ye a

Paran:

Kouman m kapab antann mwen ak papa mwen. Kouman pou m pale ak li san mwen pa fache kont li. Kouman pou m esprime sa m santi, fè l konprann mwen e fè l asepte m jan m ye a.

Pou ki sa paran m fè kòm si yo pa konnen sou ki m ap pale, lè m ap eseye esplike yo yon bagay oubyen lè m ap eseye esplike yo jan mwen santi m.

Rekòmandasyon;

Kourikoulòm lan dwe yon kourikoulòm ki ankouraje patisipasyon tout elèv yo, li dwe itilize teknoloji tankou videyo. Li dwe konsantre sou devlopman biyolojik ak devlopman sosyal timoun. Yo dwe konsantre sou relasyon ki genyen ant don natirèl timoun ak jan fanmi kapab fè yo devlope tout kapasite yo. Si lekòl piblik pa kapab bay kalite enstriksyon sa a, òganizasyon ki pi apwopriye pou ta bay li se ta òganizasyon k ap travay ak timoun ki genyen ant 10 a 13 an. Yo sijere tou pou yo ta chèche lajan nan men yon òganizasyon pou yo fè pwojè pilòt epi pou yo evalye rezilta pwojè a.

back to top

Manman ki poko majè

Ki danje ki genyen ni pou sante jenn fi ki fè pitit anvan yo vin majè ni pou lespri yo nan kominote y ap viv la?

  • Yo gwosi nan move kondisyon akòz gwosès la
  • Anemi
  • Yo fè tansyon akòz gwosès la
  • Yo nan mizè
  • Mank edikasyon lekòl
  • Fanmi yo pa ede yo ase
  • Yo pa jwenn bon swen anvan akouchman osnon yo pa jwenn swen ditou
  • Plis chans pou yo viktim vyolans nan kay la
  • Gen anpil chans pou yo leve pitit la san papa
  • Yo pa gen anpil chans fini segondè
  • Yo pa gen ase konesans sou devlopman timoun ak sou ladrès pou leve timoun
  • Gen pi gwo chans pou yo fè neglijans ak timoun nan osnon pou yo maltrete l

Ki danje ki genyen lè jenn fi ki poko majè ap plede ansent?

  • Yo pa gen bon rezilta lekòl/ yo ka pase 6 mwa san yo pa al lekòl
  • Yo vin bezwen plis èd nan men gouvènman an/nan men lasosyete
  • Gen plis chans pou timoun nan mouri
  • Lè timoun nan fèt li pa peze anpil
  • Gen 35 pou san nan jenn fi ki poko majè ki tounen ansent ankò anvan premye timoun nan gen 2 an

Ki danje ki genyen ni pou sante tibebe ki fèt anvan manman yo majè ni pou lespri yo nan kominote y ap viv la?

Gen plis ka kote:

  • Yo pa peze anpil
  • Yo fèt anvan lè
  • Yo andikape nan devlopman yo
  • Devlopman yo pa soti byen menm jan ak timoun ki gen manman deja majè
  • Yo gen pwoblèm pou yo aprann, yo gen pwoblèm devlopman sosyal ki ka pèsiste jis peryòd kote yo pral majè.
  • Yo gen pwoblèm pale, yo pa jwenn ase moun pou karese yo ak moun pou ede yo nan devlopman emosyonèl yo
  • Disiplin sevè, disiplin ki manke afeksyon akòz paran yo pa gen bon konesans sou levasyon timoun lakòz timoun yo ap fè kòlè, yo pa bay tèt yo valè epi yo rete apa

Ki jan timoun ak jenn moun manman yo te fè anvan yo majè ap soti?

  • Rezilta danje timoun nan kouri akòz manman li ki poko majè, pandan 3 - 4 premye lane nan lavi kapab gen gwo enfliyans sou devlope koneksyon nè nan sèvo timoun nan ansanm ak rezo newotransmitè yo epi sa kapab kontrarye devlopman li.
  • 33 pou san nan timoun sa yo kite lekòl anvan lè
  • 31 pou san fè depresyon
  • 16 pou san al nan prizon
  • 25 pou san an danje akòz manman yo fè yo anvan yo gen 20 an

Konsèy pou Pedyat

  • Pedyat yo ta dwe bay timoun yo swen san rete epi yo ta dwe mete yon fwaye medikal ni pou paran ki po ko gen 20 an yo, ni pou pitit yo. Paran ki poko gen 20 an bezwen konsèy, yo bezwen edikasyon pou tibebe, epi yo bezwen konnen kouman pou yo pran swen timoun yo. Gid sa a ta dwe fèt ni pou manman an, ni pou papa a lè sa posib.
  • Pedyat la ta dwe travay pou kòdone yon sistèm ki anbrase plizyè branch epi ki pa kite anyen dèyè nan jan l ap sèvi ak resous kominote a., resous tankou sèvis sosyal, pwogram nitrisyon, klas pou levasyon timoun, sèvis medikal ak sèvis pou devlopman.
  • Pedyat la ta dwe ankouraje manman yo pou yo bay timoun tete epi yo ta dwe ankouraje sa nan lekòl.
  • Pedyat la ta dwe konseye moun yo suiv konsèy sou planin epi yo ta dwe ankouraje sa pandan jenn fi an ansent epi li ta swa chita sou metòd planin ki ka dire lontan ansanm ak kapòt.
  • Pedyat yo ta dwe ankouraje jenn fi ki fè pitit anvan yo majè pou yo fini segondè.
  • Pedyat yo ta dwe esplike manman yo kouman rete an sante enpòtan ni pou yo, ni pou pitit yo. Yo ta dwe esplike yo ki konsekans eksè dwòg ak nikotin gen sou timoun yo k ap grandi, k ap devlope.
  • Pedyat la ta dwe kontwole danje pou vyolans nan fwaye a ni pandan vizit pou gwosès la ni apre.
  • Pedyat la ta dwe ankouraje paran ki poko gen 20 an majè konnen jan sa enpòtan pou yo okipe pitit pa yo yo menm. Sa va fè jenn paran an vin konprann sa sa vle di levasyon yon timoun.
  • Pedyat yo dwe adapte konsèy y ap bay yo selon nivo devlopman jenn paran an. Fòmasyon entansif sou jan pou yo okipe tibebe, sou jan moun grandi ak jan yo devlope, disiplin, estrès ki soti nan levasyon timoun, yo ka bay yo nan biwo, nan lopital, nan vizit a domisil oswa nan lekòl.
  • Pedyat yo ta dwe konnen ki resous kominote a genyen pou paran ki poko majè ak pou pitit yo. Yo ka mete vizit a domisil, kou sou peryòd anvan akouchman ak sou peryòd apre akouchman, bon pwogram pou okipe timoun ak program pou timoun ki andikape nan devlopman yo.
  • Pedyat yo ta dwe ankouraje jenn moun ki fini segondè, ki pa nan dwòg, gwòg ak nikotin, ki kontinye bay timoun yo tete; ki veye pou timoun yo pran tout vaksen lè yo dwe pran li; ki al nan tout vizit doktè pou timoun ki pa malad yo.
  • Ankouraje papa a pou l patisipe nan lavi pitit li

American Academy of Pediatrics, nou ka jwenn li sou entènèt nan adrès : www.pediatrics.org, feb 2001, vol.107, no. 2.

back to top

Modèl edikasyon pou paran ki gen timoun piti ki gen pwoblèm konpòtman

Ant yon tyè ak mwatye timoun ki gen pwoblèm konpòtman se timoun ki agresif oubyen ki antisosyal. Chif sa yo montre genyen anpil timoun piti ki genyen pwoblèm konpòtman e pwoblèm sa yo genyen yon move enpak sou timoun lan ak sou lòt moun tankou fanmi, frè, sè, kondisip, moun ki pran swen timoun. Se 20% timoun sèlman ki nan laj preskolè ki gen pwoblèm konduit (agresyon - rebelyon) ki jwenn tretman. Lè timoun genyen pwoblèm agresyon ak pwoblèm rebelyon lakay yo, yo konn genyen menm kalite pwoblèm sa yo lè yo antre lekòl. Akòz gwo enfliyans fanmi timoun piti genyen sou yo, modèl entèvansyon familyal kote yo fè tretman ak fanmi yo lakay yo esansyèl pou yo amelyore pwoblèm konduit timoun ki gen laj preskolè. Kon sa, timoun sa yo ap pare pou yo aprann lè yo antre lekòl preskolè, lè yo antre nan pwogram pou timoun piti, oubyen lè yo antre lekòl.

Ki rezònman yo itilize pou estrateji kote yo bay fanmi yo sèvis lakay yo lè yo genyen timoun nan laj preskolè ki genyen pwoblèm konpòtman?

Estrateji pou fòmasyon paran oubyen edikasyon paran ki konsantre sou konduit lè yon fanmi gen timoun ki gen pwoblèm konduit genyen anpil sipò ki baze sou eksperyans ki deja fèt. Jan yo leve timoun ak anviwonman lakay timoun yo, jwe yon wòl enpòtan nan jan konpòtman timoun ki nan laj preskolè yo vin pi mal de jou an jou. Timoun paran yo twò sevè avè yo, ak sa yo pa voye je sou yo byen, apeprè mwatye ladan yo gen pwoblèm konduit nan senkyèm ane lekòl yo. Lòt bagay ki lakòz pwoblèm sa a, se presyon lavi a, tankou lamizè, chomaj, yon sèl paran nan kay, paran ki pa rive lwen lekòl. Estrateji kote yo bay fanmi yo sèvis lakay yo se estrateji yo rekòmande kòm tretman ki pi bon pou ka sa yo.

Men sa kèk moun panse sou paran elve pitit yo

    · Se nan anviwonman familyal la timoun devlope pwoblèm konpòtman e se la tou yo tolere pwoblèm sa yo. · Paran yo ranfòse konpòtman rebelyon nan timoun yo san yo pa konnen, oubyen yo fèmen je yo sou konpòtman yo ta renmen wè a nan timoun yo. · Repetisyon move reyaksyon ki fèt ant paran ak timoun e timoun ak paran soti nan abitid kote paran twò sevè lè timoun yo aji mal.
Sa ki nan modèl edikasyon paran yo.

Yo montre paran yo kouman pou yo demontre enfliyans yo pi byen epi kouman pou yo fè sa lakay yo. Men ki ladrès yo anseye paran yo:

    1. Kouman pou yo defini objektif yo genyen pou chanjman konpòtman timoun nan. 2. Kouman pou yo suiv konpòtman yo ta renmen an. 3. Kouman pou yo ranfòse konpòtman ki sosyab nan bay timoun nan atansyon li merite, nan fè l konpliman epi rekonpanse l pou bon bagay li fè. 4. Kouman pou yo aplike lòt kalite metòd pou korije timoun, tankou ba li atansyon li merite, mete l chita pou kont li yon kote pou l kalme tèt li, fè l konnen konsekans ki genyen pou sa l fè a, epi retire kèk privilèj nan men li.

Anplis teknik yo bay anwo a, yo montre paran ki gen timoun ki gen laj preskolè, kouman pou yo voye je sou timoun epi pou yo aplike estrateji tankou rezoud pwoblèm, negosye epi fè kontra.

Kouman yo prezante materyèl edikasyon yo?

    · Enstriksyon didaktik. · Deba. · Aktivite kote yo sèvi kòm modèl pou paran yo. · Pyès teyat. · Mande moun sa yo panse de materyèl la.
Ki sa lòt moun deja fè ki mache?

Modèl edikasyon pou paran.

  1. Modèl sou videyo-Pi bon kourikoulòm nan se seri fòmasyon The Incredible Years yo -C. Webster-Stratton-Ranfòse fanmi.
      · Bon egzanp sou jan yo fè edikasyon paran · Vize paran ki gen timoun ant dezan ak dizan epi itilize teyori demonstrasyon an · Teknik yo baze sou 250 foto ki sou videyo yo prezante nan kontèks yon deba an gwoup oswa moun lan kapab pase foto yo poukont li. · 10 semèn pandan dez èdtan pou gwoup, oubyen 24 sesyon endividyèl. · Gen anpil amelyorasyon nan sitiyasyon tansyon, anpil amelyorasyon nan kantite fwa manman, paran fè timoun konpliman, timoun vin bay mwens pwoblèm. · Lè se yon moun ki gade videyo a pou kont li, li soti ak plis enfòmasyon epi sa koute mwen chè tou. Papa patisipe pi byen nan kategori sa a. · Apre yo fin pase twazan kote y ap suiv pwogram lan, gen kèk rezilta pozitif nan pwoblèm konpòtman an epi vin gen plis konpòtman sosyab pou tou de apwòch yo. Sepandan lè yo mete videyo a ansanm ak diskisyon an gwoup la, sa bay plis rezilta nan redui pwoblèm konpòtman nan timoun yo. · Kourikoulòm nan kab konsantre sou paran, pwofesè ak timoun, lakay, nan travay, nan kominote a, nan relasyon ant lakay timoun nan ak lekòl li, oubyen lekòl la.
      1. Rezoud pwoblèm ant paran ak timoun.
      2. Kominikasyon-kapasite pou kominike.
      3. Kapasite pou relasyon moun ak moun.
      4. Kapasite akademik.
      5. Kapasite pou jere yon sal de klas.
      6. Kapasite sosyal.
      7. Konpòtman nan sal de klas.
      8. Kapasite pou elve timoun,
    • Jan pou yo fòme paran sou plas
        · Yo fè yon pakèt rechèch kote yo itilize yon glas pou yo suiv jan paran an aji ak timoun lan. Yo montre paran an kouman pou li konpòte li ak timoun lan, yo fè l konnen ki jan l ap boule, yo montre paran an kouman pou l veye lè timoun nan aji byen pou li fè l konpliman. · Fòmasyon an dire 9 semèn epi efè yo dire lontan. · Paran yo vin gen mwens tansyon epi yo amelyore kontwòl yo genyen sou konpòtman timoun yo apre yon sèten tan.
    • Pwogram fòmasyon pou paran sèlman>

      Tout rechèch sou pwoblèm konduit timoun ki nan laj preskolè chita sou chanjman konpòtman yo. Ni apwòch endividyèl la, ni apwòch an gwoup la byen mache Avantaj:

      • Paran yo di yo satisfè anpil ak metòd sa a.
      • Fòmasyon an kout epi tan an limite.
      • Gen amelyorasyon rapid (10 a 12 rankont)
      • Gen anpil materyèl sou tretman, ak materyèl pou fòmasyon ki disponib (paregzanp Pran desizyon--M. Fraser, Webster-Stratton).
      • Parapwofesyonèl ki byen fòme kab prezante pifò apwòch yo.(Parapwofesyonèl yo bay pi bon rezilta ak timoun piti pase adolesan).
      • Apwòch ki konsantre sou chanje jan moun nan chanje konpòtman l koute mwen chè pase lòt apwòch yo.
      • Sepandan, apwòch sa a pa mache pou 30% a 46% fanmi. Kidonk gen nesesite entèvansyon siplemantè pou timoun ki gen pwoblèm ki pi serye, paregzanp entèvansyon pou rezoud kesyon tankou mank sipò sosyal, pwoblèm nan maryaj, depresyon manman fè. Entèvansyon yo ta dwe konsidere kesyon rezoud pwoblèm, difikilte paran yo ak timoun yo genyen pou yo kominike.
      • Fòmasyon paran te lakòz pi bon relasyon ant timoun ak paran.
    • Modèl adaptasyon sosyal
      • Yo itilize modèl sa yo kote mank konesans oubyen pwoblèm gen enpak sou abilite paran an pou li aji an bon paran -pwoblèm nan maryaj la, kesyon manke sipò mari oswa madanm nan-sitou lè se pou kòz vyolans nan fanmi an.
      • Konsantrasyon an se sou modifye sa moun nan kwè yo, ak fason ki nesesè pou enfliyanse paran an yon jan pou li aji yon fason pozitif.
      • Fòk tou de moun ki ansanm yo patisipe, gen amelyorasyon ki fèt men yo piti lè yo evalye rezilta yo apre sis mwa. Pou amelyorasyon yo kontinye fòk yo konsidere relasyon moun yo nan maryaj la.
      • Li nesesè pou de moun yo mete tèt ansanm pou sipò sosyal epi pou gen amelyorasyon nan jan yo leve timoun yo.
    • Modèl ki konsantre sou timoun
      • Modèl sa a bon pou kapasite sosyal, pou rezoud pwoblèm epi pou timoun ki gen laj pou yo ale lekòl kab kontwole tèt yo- rezilta yo depann sou nivo devlopman entelektyèl timoun lan.
      • Entèvansyon kote fòmasyon timoun nan fèt ansanm ak fòmasyon paran yo se apwòch ki pi bon an. Modèl Webster-Stratton lan ofri plis avantaj pase lè yo itilize apwòch pou yo chanje konpòtman timoun lan oubyen pwogram fòmasyon paran sèlman.
      • Apwòch pou chanje konpòtman timoun lan te bay siksè nan rezoud pwoblèm epi nan ede timoun nan jere konfli ak timoun parèy li.

Rezime
    · Efò pou fè papa oubyen mari manman an patisipe nan fòmasyon paran pou kab gen sipò sosyal maksimòm. enpòtan. · Lè timoun gen pwoblèm konduit pwogram fòmasyon pou yo chanje konpòtman paran te jwenn yon bon kou sipò ki mache. Yo ta dwe ofri paran yo ak timoun yo tretman sa a kòm tretman ki pi bon an. · Fè tès pou pwoblèm konduit bonè esansyèl e sa ka predi lòt pwoblèm ki pi grav. · Yo kapab fè evalyasyon yo nan sant sante, nan lekòl la oubyen nan kote yo gade timoun nan. · Tchèk ak entèvansyon nan sant sante mantal ak nan sant kominotè pou pwoblèm konduit ki grav epi pou fonksyònman timoun nan enpòtan nan diferan etap nan devlopman timoun lan. Yo ta dwe ofri entèvansyon nan pwen sa yo. · Lòt sijè pou yo evalye epi fè tretman pou yo lè timoun gen pwoblèm konduit, se kesyon fanmi ak pwoblèm nan maryaj epi pwoblèm atachman ak pwoblèm relasyon nan fanmi an. · Fòk gen suivi sitou nan ka timoun kote yo te remake agresyon ak pwoblèm konduit. · Faktè tankou lamizè( kay ki nan move kondisyon, chomaj, zòn kote timoun nan rete a gen anpil krim) tou sa fè move efè sou jan moun ap elve timoun epi sou jan yo suiv yo pou afè tretman. · Yo asosye lamizè ak mank sèvis sante mantal, ak difikilte pou ale nan sant sante mantal, ak lè moun pa itilize sant sante mantal. · Yo merite konsantre plis sou timoun ki soti nan gwoup minorite yo. Se yo ki pi nan lamizè epi li pa fasil pou yo jwenn sèvis sa yo. · Fòk yo sansibilize pwofesyonèl yo sou kilti moun yo, lide moun yo, koutim moun ki sot nan diferan gwoup minorite genyen nan elve timoun, kon sa pou pwogram fòmasyon an kapab konekte ak milye a. Fòk kourikoulòm lan reflete menm lide sa yo. · Manke enfòmasyon sou fòmasyon paran pou paran, ki gen pitit ki nan laj preskolè, sou kesyon diferans rasyal.
back to top

Papa pitit
REZIME

Papa yo jwe yon pi gwo wòl nan lavi pitit pase annik ba yo manje epi jwe avèk yo. Yo pa etidye kalite entèraksyon ki genyen ant yon papa ak pitit li menm jan yo etidye kantite tan yon papa pase ak pitit li. Gen nouvo rechèch sou nouvo fason pou yo reflechi sou jan papa patisipe nan lavi pitit yo epi ki wòl yo jwe nan lavi timoun yo.

Papa kapab jwe lòt wòl nan lavi piti yo pase bay lajan pou okipe yo senpman. Lòt wòl papa yo kapab jwe a se wòl ki valab pou papa k ap viv avèk pitit yo epi pou papa ki pap viv ak pitit yo. Rechèch montre li enpòtan pou yo distenge ant kantite tan yon papa pase ak pitit li epi ki kalite tan li pase ak li. Si yon papa pa kab an kontak pwòch ak pitit li tout tan men li kab rive gen kontak ki estimile timoun nan, yon kontak ki pozitif, timoun nan kab toujou benefisye de patisipasyon papa a nan vi li.

Kouman faktè sosyal yo, faktè ekonomik yo ak faktè kiltirèl yo kab enfliyanse wòl yon papa jwe nan lavi pitit li?

Faktè sosyoekonomik:

  • Etid o nivo nasyonal montre gen yon gwo rapò ant kondisyon sosyoekonomik ak patisipasyon yon papa nan vi pitit li.
  • Papa ki kab okipe pitit yo pi fasil pou yo rete marye oubyen pou yo kontinye viv ak manman timoun yo, epi yo pi fasil pou yo pou bay timoun yo plis atansyon menm si yo pa nan kay la ak yo.
  • Papa ki pap travay mwen fasil pou yo kreye yon fanmi epi pou yo ta pran responsablite yo pou timoun yo fè san yo pa marye.

Faktè kiltirèl:

  • Ameriken nwa ki papa ki pap viv nan kay ak pitit yo pi vit patisipe nan travay nan kay, okipe timoun, patisipe nan desizyon sou lavi timoun nan epi vizite timoun pase ameriken blan oubyen panyòl.
  • Ameriken nwa ki papa yo mwen fasil li pou pitit yo pase ameriken blan yo men yo pi fasil pou yo jwe ak pitit yo.
  • Wòl papa sanble nan diferan kilti. Papa bay lajan nan kay la, papa jwe wòl pwotektè, papa okipe timoun, papa jwe wòl pwofesè.

Strikti familyal:

  • Se sèlman 25% timoun ameriken nwa epi de tyè timoun ameriken blan ki te viv ak toulede paran yo an 1992.
  • Gen plis chans pou jwenn papa ki ameriken nwa k ap viv pou kont yo pase genyen ki marye.
  • Menm si papa ki pap viv ak pitit yo te patisipe nan lavi pitit yo o kòmansman men patisipasyon sa a vin diminye espesyalman pou gason ki pa t marye ak manman pitit la.

Kouman papa yo kontribiye nan byennèt pitit yo?

  • Papa kab enfliyanse devlopman timoun nan patisipe nan koze okipe timoun nan.
  • Lè papa yo patisipe nan okipe timoun yo sa kapab genyen yon gwo enfliyans nan premye ane nan lavi timoun yo.
  • Jan yon papa okipe yon timoun gen enplikasyon nan byennèt timoun nan.
  • Lè papa patisipe anpil nan lavi pitit yo, timoun yo gen mwens pwoblèm, konduit, timoun yo pi sosyab epi yo travay pi byen lekòl.
  • Kesyon bay kòb pou okipe timoun yo gen relasyon dirèk ak devlopman entelektyèl timoun yo, pèfòmans akademik yo ak konpòtman yo.

Sous:
Child Trends (2000). Research Briefs: The Meaning of Father Involvement for Children;
What Do Fathers Conribute to Children's Well-Being?; How do Social, Economic, and Cultural Factors Influence Fathers' Involvement with Their Children?

back to top

Paran kòm pwofesè

Rezime:

Paran kòm pwofesè (PKP) se yon pwogram sipò entènasyonal pou edikasyon paran epi ki la pou bay paran yo sipò depi lè timoun nan vant-lè timoun nan kòmanse aprann--rive nan laj senk an Premye bi pwogram nan se ede fanmi bati fondasyon pou timoun nan kab gen siksè lekòl epi nan lavi a. Pwogram nan pèmèt yo fè tchèk pou detekte bonè si timoun nan pa gen pwoblèm nan devlopman li, nan tande li, nan je li. Pwogram nan ede kominote yo gras ak asosiyasyon li fè ant paran ak lekòl yo. Pwogram nan ede divès kalite fanmi, ki sot nan divès kilti epi li ede popilasyon espesyal tou tankou jenn moun ki paran, paran ak timoun ki bezwen atansyon espesyal ak fanmi ki ap travèse move kriz. Yo kapab adapte pwogram nan tou pou li sèvi nan yon sant.

Kouman pwogram nan mache?

Pwogram nan bay sèvis sa yo: 1) PK-edikatè paran ki lisansye ede paran yo konprann ki sa yo kab atann pou chak etap nan devlopman timoun nan. 2) "Born to Learn" pote dènye nouvèl rechèch lasyans bay pou paran yo, epi li ede paran yo ankouraje timoun yo aprann epi aprann yo viv ak pitit yo gras ak kèk lide pratik. 3) Paran yo reyini pou yo kab ogmante konesans yo sou kouman yo leve timoun epi pou yo pataje esperyans yo. 4) Tchèk yo fè de tanzantan pou devlopman jeneral, sante, tande ak je kapab detekte pwoblèm bonè. 5) Epi yo ede fanmi yo jwenn lòt sèvis kominotè ki depase kad PKP a.

Kouman yo fòme anplwaye yo?

Pou w monte yon pwogram PKP sa mande yon bon fon, yon sipèvize epi yon edikatè paran. Chak edikatè paran fèt pou yo patisipe nan tout sesyon fòmasyon yo, yo fèt pou yo pase evalyasyon chak jou yo, epi yo fèt pou yo soumèt yon plan enplimantasyon ki apwouve. Pi fò edikatè paran nan PKP yo travay a tan pasyèl yo sèvi 20 fanmi, yo vizite yo chak mwa epi yo fè vizit adisyonèl lè gen nesesite pou sa. Edikatè paran PKP yo itilize resous ki sou lamen nan kay la pou aktivite paran ak timoun. Yo ankouraje paran yo fè sa tou.

Ki rechèch yo fè nan pwogram sa a?

Evalyasyon yo fè sou pwogram PKP yo montre timoun 3 an gen plis avans lontan nan domèn lang, nan domèn devlopman sosyal, nan rezoud pwoblèm ak lòt abilite nan refleksyon konparativman ak lòt timoun. Timoun PKP yo pran pi gwo nan egzamen pou wè si timoun pare pou jadendanfan epi nan egzamen ofisyèl nan premye ane lekòl yo. Paran PKP patisipe plis nan kesyon lekòl pitit yo, yo li plis pou pitit yo epi yo gen plis konfyans nan tèt yo kòm paran.

Kontakte::
David Walker, President and CEO
Parents as Teachers National Center, Inc.
10176 Corporate Square Drive/ Suite 230
St. Louis, Mo. 63132
Tel: 314-432-4330
Email: patnc@patnc.org

back to top

Swen ak levasyon granparan ak fanmi bay timoun

Pou ki sa fanmi ak granparan ap elve timoun yo

Gen anpil rezon ki esplike pou ki sa se fanmi k ap elve pitit yon moun nan fanmi an. Pou anpil timoun, dèske se fanmi k ap okipe yo, sa anpeche y al lòt kote, sa anpeche moun adopte yo. Anpil fwa granparan ak fanmi ka okipe timoun nan kòmsadwa pandan papa l ak manman l swa pa ka okipe yo swa pa vle okipe yo. Si vin gen plis fanmi k ap okipe pitit yon moun nan yon fanmi se ka paske vin gen chanjman nan sistèm sèvis sosyal la akòz Lwa pou pase men nan Wèlfè (Welfare Reform Act, 1996).

Lè timoun yo nan men fanmi yo sa ankouraje lide kòmkwa yo tout se yon sèl fanmi, yo gen yon sèl kilti, yo santi yo pa poukont yo, fè pati yon gwoup, yo atache ak lòt moun yo. Sa vin ede timoun yo byen grandi, byen devlope. Lè timoun yo gen posiblite rete ak fanmi yo, sa pèmèt pa gen chanjman bò isit bòt lòtbò, sa pèmèt tout bagay mache byen pandan y ap atache yo ak fanmi yo, atachman moun menm san rete solid depi yo an sante, depi yo an sekirite.

Ki prensip ki enpòtan nan levasyon timoun ki sou kont fanmi yo

Fanmi:

  • Devlope rezistans nan fè timoun yo santi yo an sekirite, y a fè yo santi yo fyè de tèt yo.
  • Ankouraje yo devlope idantite yo, epi pou yo wè tèt yo nan idantite fanmi yo.
  • Ogmante koneksyon timoun yo ak kwayans kilti yo ansanm ak kwayans fanmi yo.
  • Ede fanmi kenbe kontak epi aprann istwa fanmi an.
  • Tekonekte timoun yo ak prensip fanmi yo ak kwayans espirityèl fanmi yo.
  • Se yon mwayen pwoteksyon nan devlopman timoun yo.
  • Se mwayen pwoteksyon ki anpeche timoun nan vin nan wèlfè (sou kont gouvènman an)
  • Se yon vi pèmanan tout moun asepte
  • Lekòl ka yon resous enpòtan ni pou timoun nan ni pou granparan li.

Ki timoun ki nan men fanmi yo ak granparan yo?

  • Gen 4 milyon timoun apeprè k ap viv ak granparan yo
  • Nan 2/3 nan 2.5 milyon kay granparan yo
  • Grann lan pa gen mari
  • Timoun yo ap viv nan mizè
  • Omwen 50 pou san nan timoun fanmi yo ap okipe yo se pa timoun ras blanch
  • Timoun ki pa fasil nan men fanmi oswa granparan se blan ki pa panyòl
  • Timoun ki gen plis chans resevwa swen nan men fanmi se ti Ameriken nwa
  • Pi fò nan timoun ki resevwa swen nan men fanmi se timoun ki piti, an jeneral yo poko gen 11 an
  • Pi fò nan timoun yo pa gen asirans epi yo ka gen pwoblèm sante ak pwoblèm dan
  • Anpil nan gran paran yo konn gen pwoblèm pou yo pran timoun yo dapre lalwa akòz sèten egzijans lalwa fè yo, egzijans ki demode epi akòz lalwa tèl Eta
  • Anpil fwa granparan yo konn pa ka mete timoun yo lekòl, yo konn pa jwen swen sante, foudstenp ak èd lajan kach pou yo leve timoun yo.
  • Gran paran ki pi granmoun yo konn mete vi yo an danje akòz sitiyasyon estrès
  • Lwa sou gadyen timoun egzije granparan yo rele pitit yo lajistis pou yo ka vin gadyen pitit pitit yo epi pou yo ka jwenn sèvis ki pi nesesè yo

Ki konpetans fanmi sa yo genyen nan koze levasyon timoun? Ki fòs yo genyen nan sa?

  • Granparan nan bon pozisyon pou yo ede timoun yo jwenn pi bon nivo pou you fonksyone depi yo jwenn bon jan sèvis, bon jan sipò epi sèvis sa yo ak sipò sa yo ase.
  • Granparan ak fanmi toujou mete enterè timoun nan devan, yo ba yo konesans sou kilti yo, espò, pastan ak lòt aktivite pou ankouraje yo devlope fyète yo ansanm ak santiman kòmkwa yo akonpli kichòy pou tèt pa yo ap pou fanmi yo.
  • Paran sa yo gen lòt estrès akòz y ap granmoun, yo gen pwoblèm sante epi yo konn bezwen kominote a ba yo kout men.
  • Fanmi sa yo se rezistans timoun yo bezwen pou yo devlope men anpil fwa yo bezwen konkou lekòl ak kominote a pou yo regle pwoblèm timoun yo te genyen anvan yo te kòmanse okipe yo.
back to top

Tout timoun reyisi
Rezime

Tout timoun reyisi se yon pwogram rejyonal pou ede fanmi ki fèt dekwa ppou tout timoun ka byen kòmanse nan lavi a. Se 3 òganizasyon ki met tèt ansanm pou yo kreye pwogram nan: United Way ak Community Chest, Cincinnati Children's Hospital Medical Center ak Cincinnati-Hamilton County Community Action Agency/Head Start. Apre sa gen lòt òganizasyon ki bay kout men tankou: Been Acres ki kòdone aktivite fòmasyon yo; Health Foundation of Greater Cincinnati ki finanse tout evaliyasyon an ak òganizasyon ki bay sèvis nan kominote a.

Poto mitan demach la se vizit ka moun yo. Pou sa gen 2 modèl yo suiv: Modèl David Old la Vizit a domisil pou timoun piti epi Lasante pou Fanmi Lamerik. Nan tou 2 modèl yo moun fè 2 oubyen 3 vizit kay moun yo pou yo okipe kesyon lasante, edikasyon ak sèvis sosyal. Pwogram nan bay sèvis pou yon bon valè tan. sa konn dire ant 2 an edmi rive 3 an. Yo kontakte manman yo anvan yo akouche osnon pandan yo lopital la pou akouchman.

Pwogram nan konsantre sou sante pèsonèl ak sante fanmi an, sekkirite nan anviwonman an, devlopman timoun, devlopman pandan lavi timoun nan, wòl manman, èd sosyal ak mwayen bon, mwayen ki sifi pou yo jwenn sèvis sante ak sèvis pou moun.

Men rezilta pwogram nan:


  • Plis rezilta pozitif pou gwosès
  • Pi bon antant nan fanmi yo
  • Plis kapasite pou yo pran swen tèt yo
  • Ranfòse relasyon ant paran ak timoun
  • Timoun ki byen fòme, ki pi byen prepare pou lekòl

    Pwogram sa a te kòmanse an 1997, li kore fanmi, li ankouraje yo, li ba yo enfòmasyon pandan chak etap nan devlopman timoun nan, nan premye 3 an timoun nan.

    Depi 1999, gen plis pase 900 fi nan 6 konnti ki enskri nan pwogram nan epi ki pataje devlopman pitit yo ak yon enfimyè ki fòme pou sa osnon yon anplwaye sosyal.

    Sa se yon alyans piblik/prive United Way ak Community Chest, Kentucky Cabinet for Children and Families ak the Hamilton County Department of Human Services finanse.

back to top

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.