Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Edikasyon ak devlopman timoun piti
 
Ann prepare timoun yo pou yo antre lekòl

Anpil kominote kòmanse devlope pwogram ak sèvis pou yo prepare timoun pou y antre lekòl. Nan tèks sa a, nou pa chita sèlman sou preparasyon timoun pou y antre lekòl, men tou nou konsidere preparasyon timoun parapò ak fanmi yo, parapò ak swen ak edikasyon yo te resevwa lè yo te tou piti, parapò ak lekòl yo epi parapò ak kominote a.

Kouman nou defini preparasyon pou timoun antre lekòl?

Dapre panèl ki travay sou objektif edikasyon onivo nasyonal (NEGP ann angle), definisyon preparasyon pou timoun antre lekòl dwe pran an konsiderasyon byennèt timoun yo ni onivo sosyal ni onivo emosyonèl. Li dwe pran an konsiderasyon devlopman entelektyèl timoun yo tou. Genyen senk dimansyon nan preparasyon sa a:

  • Byennèt fizik ak devlopman miskilè. Sa vle di sante, kwasans, ladrès ki sou kontwòl ti mis ki nan kò a ak ladrès ki sou kontwòl gwo mis ki nan kò a. Sa vle di kondisyon ki te egziste avan timoun yo te fèt, lè yo fèt, apre yo fin fèt. Èske te gen materyèl toksik nan anviwonman kote timoun lan tap grandi a?
  • Devlopman sosyal ak devlopman emosyonèl. Devlopman sosyal se kapasite yon timoun pou li gen rapò ak lòt moun onivo sosyal. Se kapasite li pou li itilize bon jan ladrès nan rapò li ak ti kanmarad li oubyen ak granmoun. Devlopman emosyonèl se jan yon timoun santi l parapò ak pwòp tèt li e se kapasite yon timoun pou li konprann jan lòt moun santi yo.
  • Apwòch yo itilize nan domèn aprantisaj. Se kouman timoun sèvi ak ladrès,
  • konesans ak kapasite yo. Sa ki enpòtan nan dimansyon sa a se kiryozite, antouzyas ak kapasite yon timoun pou li gen pèseverans lè l ap fè yon aktivite. Tanperaman ak kilti gen yon wòl enpòtan nan dimansyon sa a tou.
  • Devlopman langaj. Se kapasite timoun pou yo pale, pou yo kòmanse li
  • ak ekri. Èske yo rekonèt tèks, siy, senbòl ki alantou yo? Èske yo konprann istwa yo li pou yo? Èske yo konprann diferan etap ki genyen nan ekri yon tèks?
  • Aprantisaj ak konesans jeneral. Timoun yo konprann sa ki sanble, sa ki diferan. Yo kapab fè koneksyon sou baz esperyans yo fè ak yon bagay, ak yon moun, ak yon evènman. Yo kapab konprann fòm, yo kapab rekonèt fòm. Yo kapab fè koneksyon ant son ak lèt, ant son ak chif. Paregzanp, yo kapab sèvi ak diferan bagay pou yo konte, yo konprann korespondans youn pou youn.

Ki karakteristik timoun ki pare pou y al lekòl genyen?

  • Yo gen konfyans nan fèt yo.
  • Yo konn koopere ak lòt moun.
  • Yo kirye.
  • Yo planifye sa y ap fè, yo remèt travay yo atan.
  • Yo kapab kontwole tèt yo, yo kapab kontwole konpòtman yo.
  • Yo kapab kominike ak lòt moun.
  • Yo kapab konsantre sou yon bagay.
  • Yo aksepte woutin lekòl la ak kourikoulòm lan.
  • Yo vle patisipe nan aktivite e yo vle metrize sèten ladrès.
  • Yo aksepte règleman lekòl la e yo respekte otorite edikatè yo.
  • Yo kapab travay poukont yo. Yo kapab travay an gwoup.
  • Yo kapab fè travay ki mande pou yo konsantre sou tout ti detay ki gen rapò ak travay la. Yo dwe fè efò pou yo remèt yon bon travay.

Ki karakteristik lekòl ki pare pou yo resevwa timoun genyen?

  • Yon tranzisyon fasil ant sa k ap pase lakay ak sa k ap pase lekòl la. Sa dwe fèt ak respè pou lang ak kilti fanmi an.
  • Lè elèv yo rive nan lekòl elemantè, yo kontinye suiv menm pwogram yo tap suiv nan gadri oubyen nan lekòl preskolè.
  • Tout pwofesè ak tout granmoun ki gen kontak ak timoun lan pandan jounen lekòl la dwe pran angajman pou yo ede timoun lan reyisi.
  • Yo itilize apwòch ki apwopriye pou timoun. Apwòch sa yo chita sou rechèch ki pèmèt yo amelyore kalite rannman elèv yo bay.
  • Lekòl la pran responsablite li pou kalite rannman elèv yo bay.
  • Lekòl la se yon kominote kote tout moun toujou ap aprann e moun sa yo kapab chanje pratik yo oubyen yo kapab chanje pwogram ki genyen nan lekòl yo si yo pa nan avantaj timoun.
  • Yo gen lidèchip ak resous pou yo fè suivi parapò ak objektif y ap pousuiv yo, parapò ak vizibilite, parapò ak aksesibilite.

Pou ki rezon yo dwe mezire degre preparasyon timoun pou yo antre lekòl?

Dapre panèl ki rele NEGP a, yo dwe evalye timoun yon jan ki apwopriye pou laj yo ak lang yo pale a. Yo dwe sèvi ak diferan sous enfòmasyon yo jwenn nan men paran ak pwofesè elèv yo pou yo fè evalyasyon an. Yo dwe evalye timoun yo dirèkteman tou.

Evalyasyon timoun pou konnen si yo pare pou yo antre lekòl dwe:

  • Genyen yon efè sou enstriksyon. Li dwe idantifye ki sa timoun yo konnen ak ki lakin yo genyen.
  • Idantifye ki timoun ki bezwen sèvis medikal oubyen lòt sèvis espesyal.
  • Analize tandans epi evalye sèvis pwogram yo ofri pou ede moun k ap pran desizyon yo pran bon desizyon.
  • Evalye pèfòmans akademik timoun yo yon jan pou elèv yo, pwofesè yo, lekòl la pran responsablite yo nan travay k ap fèt pou lekòl la rive nan nivo akademik yo vle a.

Ki karakteristik yon evalyasyon ki apwopriye pou mezire si yon lekòl pare pou li resevwa elèv genyen?

  • Li nan avantaj timoun yo ak granmoun k ap travay ak timoun yo.
  • Yo sèvi ak evalyasyon an pou yo reyalize objektif yo te bay tèt yo lè yo tap planifye evalyasyon an.
  • Li apwopriye pou sa yo vle mezire a e yo tap jwenn menm rezilta a si yo ta refè menm evalyasyon an plizyè fwa.
  • Li apwopriye pou laj timoun yo. Evalyatè a sèvi ak sa l obsève sou timoun yo lè y ap fonksyone nan milye natirèl yo pou li ranmase enfòmasyon sou yo.
  • Li olistik. Yo ranmase enfòmasyon nan tout domèn ki gen rapò ak devlopman timoun (devlopman fizik, devlopman sosyal, devlopman emosyonèl, devlopman konesans).
  • Li apwopriye ni onivo lengwistik ni onivo kiltirèl.
  • Yo itilize diferan pwosede ak diferan sous pou yo ranmase enfòmasyon (travay timoun yo fè, sa yo obsève sou timoun yo, entèvyou ak timoun yo, rapò paran yo, eksetera)
  • Li dwe ede yo planifye enstriksyon men li pa dwe sèvi pou yo mete timoun nan pwogram ki genyen lekòl la. (Saluja, G., Scott- Little, C., Clifford, R.M,(li nan enprimri)

Ki envestisman kominote yo kapab fè pou yo ede lekòl yo prepare yo pou yo resevwa timoun?

Kominote ki mete priyorite yo nan preparasyon lekòl yo fè pou yo resevwa timoun kapab sèvi ak pakèt rechèch ki fèt sou devlopman timoun pou yo konnen ki jan pou y envesti nan pwogram sa yo. Men faktè ki ankouraje lekòl yo pou yo fè preparasyon pou yo resevwa timoun. Faktè sa yo chita sou rezilta rechèch ki fèt a lon tèm ak sou rezilta evalyasyon kalite pwogram sa yo.

Sante timoun:

Sante fizik ak sante mantal enpòtan anpil nan kesyon preparasyon lekòl yo fè pou yo resevwa timoun ak nan kesyon siksè lekòl yo genyen. Timoun yo ak fanmi yo dwe:

  • Jwenn bon jan swen medikal
  • Gen pedyat ki suiv timoun yo
  • Jwenn moun ki refere yo nan ajans ki apwopriye e yo dwe fè suivi
  • Jwenn moun ki vizite lakay yo lè li apwopriye e sa dwe fèt sou yon baz volontè
  • Pran vaksen
Timoun bezwen:
  • Bon jan nitrisyon
  • Yon anviwonman kote yo pa an danje
  • Pou paran yo ak fanmi yo nan bon eta sante fizik ak sante mantal

Faktè ki gen rapò ak fanmi:

Anviwonman kote fanmi ap leve timoun gen yon efè sou devlopman timoun piti:

  • Afeksyon ak atachman ant paran ak pitit. Pratik kote paran bay pitit yo èd ak sipò.
  • Prèske tout bagay yon timoun aprann lè li tou piti se bagay l aprann nan men fanmi li.
  • Paran jwe yon wòl enpòtan nan devlopman pitit yo. Yo kreye anviwonman ki gen nan kay la, yo kontwole ki esperyans timoun yo fè, yo se sous prensipal kote timoun yo jwenn enfòmasyon ak sipò.
  • Paran yon timoun se premye pwofesè timoun lan. Se pwofesè ki enpòtan nan lavi timoun lan.
  • Pou yo ankouraje pitit yo pou y aprann, paran yo dwe:
  • Montre yo gen konfyans nan kapasite pitit yo.
  • Bay timoun yo prensip.
  • Ankouraje kiryozite natirèl ki gen lakay timoun lan, ba li plis opòtinite pou li mete kiryozite sa a an pratik lè yo kapab.
  • Bay timoun yo opòtinite pou yo fè divès kalite nouvo esperyans.
  • Etabli objektif ki difisil men ki pa enposib pou timoun yo.
  • Ede timoun yo reyalize gen fè erè nan aprann.
  • Bay timoun yo bon egzanp pou yo suiv.
  • Li pou timoun yo depi yo fèk fèt. Sa va ankouraje yo pou yo devlope ladrès nan kominikasyon, pou yo devlope bon jan rapò ant yo menm ak paran yo.

Swen ak edikasyon pou timoun piti:

Pwogram kote timoun piti jwenn bon jan swen ak bon jan edikasyon ede timoun yo devlope konesans yo. Li ede yo nan devlopman sosyal ak devlopman emosyonèl yo tou. Men ki karakteristik yon bon anviwonman genyen:

  • Li ankouraje/sipòte tout sa ki gen rapò ak devlopman timoun.
  • Gen estanda ki wo nan domèn sante ak nan domèn sekirite.
  • Gen granmoun ki kreye yon anviwonman ki ankouraje timoun pou yo esplore.
  • Gen pratik onivo kourikoulòm ak onivo evalyasyon ki apwopriye pou laj timoun yo. Pratik sa yo dwe pran lang ak kilti timoun yo an konsiderasyon.
  • Anplwaye ki gen bon fòmasyon e ki touche byen.
  • Yo trete timoun lan ni kòm yon moun ni kòm yon moun ki fè pati yon gwoup.
  • Rapò kantite timoun parapò ak granmoun ki ba.
  • Gwoup ki pa gen anpil timoun.
  • Pwogram ki konsantre sou fanmi kote relasyon paran enpòtan.

Sous kote yo pran enfòmasyon sa yo:
Boyer, E.L. (1991). Ready to Learn: A Mandate for the Nation. Princeton, N.J. The Carnegie Foundation for the Advancement of Teaching.
Cataldo, C.Z. (1987). Parent Education for Early Childhood. New York: Teachers College Press.
Child Trends: Executive Summary Community-Level Work on School Readiness: A Review of Definitions, Assessments and Investment Strategies. 2000. Washington D.C.: National Education Goals Panel.
Doherty, G. (1997). Zero to Six: The Basics for School Readiness. Ottawa: Human Resources Development Canada, Applied Research Branch, Strategic Policy.
Saluja, G., Scott-Little, C., Clifford, R.M. (in press) Readiness for School: A Survey of State Policies and Definitions. Early Childhood Research and Practice.

back to top

Enpòtans premye etap devlopman sèvo a

Dènye rechèch yo fè sou devlopman sèvo fè moun chanje lide yo te genyen sou sijè sa a. Koulye a nou konnen twa premye ane yo enpòtan anpil, nou konnen esperyans timoun nan fè nan peryòd sa a genyen gwo enfliyans sou devlopman sèvo li. Nou konnen paran ak moun k ap okipe timoun piti genyen entèraksyon ak timoun yo e aktivite yo fè ak yo enfliyanse devlopman emosyonèl timoun yo, yo enfliyanse jan yo aprann ak jan yo konpòte yo nan lavi lè yo vin pi gran.

Nou konnen manyen yon timoun, kenbe li, souke li, pale ak li, koute li enfliyanse devlopman sèvo timoun nan.

Ki sa rechèch di sou devlopman sèvo?

  • Apre yon timoun fin fèt jiskake li gen senkan timoun nan devlope anpil kapasite rapidman e se sou kapasite sa yo devlopman l lan pral kontinye gras ak don natirèl li genyen ak kalite anviwonman fanmi li kreye pou li pou li kontinye devlope don li genyen.
  • Kilti enfliyanse tout aspè nan devlopman moun, li enfliyanse kwayans nou nan jan nou elve timoun ak fason nou elve timoun ki pou pèmèt timoun yo adapte yo byen.
  • Devlopman kapasite yon timoun pou li kontwole konpòtman li ak fizyoloji li se poto mitan premye etap nan devlopman timoun.
  • Timoun patisipe aktivman nan devlopman yo, se kòmsi yo fèt ak ensten pou yo esplore anviwònman an ak pou yo domine anviwonman an
  • Relasyon ant moun ak moun, efè relasyon genyen sou relasyon se materyo pou timoun kapab devlope byen
  • Gwo diferans ki genyen nan devlopman timoun lakòz li difisil pou yo fè diferans ant vary yon ki nòmal, reta nan matirasyon ak pwoblèm tanporè, pwoblèm k ap tounen toutan.
  • Yon entèvansyon ki efikas kapab fè devlopman yon timoun anbazaj chanje direksyon. Kalite entèvansyon sa a chanje balans ant ris ak pwoteksyon an. Lè yon timoun ki anbazaj nan yon anviwonman kote yo fè l kwè nan tèt li, yon anviwonman kote yo fè l santi li gen valè sa kapab ankouraje li pou li devlope byen.

Kouman atachman ede sèvo a devlope lè sèvo a nan premye etap nan devlopman li

  • Anpil nan esperyans timoun tou piti fè ki kapab enfliyanse devlopman sèvo a rive nan relasyon ant timoun nan ak paran li oubyen ant timoun nan ak moun k ap okipe li.
  • Lè moun k ap okipe timoun nan se moun ki gen sansiblite epi ki bay timoun nan atansyon, timoun nan aprann konprann relasyon kòz ak konsekans, li aprann konprann pouvwa li genyen pou li jwenn èd nan men moun.
  • Sekirite emosyonèl timoun jwenn nan atachman yo genyen ak paran yo oubyen ak moun k ap okipe yo ankouraje yo pou yo esplore anviwonman yo ak kè poze.
  • Paran ak moun k ap okipe timoun yo fè timoun yo santi yo an sekirite lè yo ede yo kontwole emosyon yo (lè yo fache) ak lè yo evite pou timoun yo pa nan sitiyasyon kote yo pa an mezi pou yo adapte yo. Kon sa timoun yo devlope sans sekirite. Sans sekirite sa a patisipe nan konstriksyon estrikti k ap devlope nan sèvo a ki pou pèmèt timoun kontwole tèt yo.

Kouman paran ak moun k ap okipe timoun kapab ede sèvo timoun devlope byen

  • Se pou yo toujou bay timoun yo swen ak anpil afeksyon.
  • Se pou yo bay timoun yo manje ki nourisan, se pou rejim timoun yo byen balanse
  • Se pou yo pale ak timoun yo, se pou yo koute timoun yo
  • Se pou timoun yo an sekirite, se pou yo an sante
  • Se pou anviwonman lakay timoun yo pa an dezòd, se pou anviwonman an estab
  • Se pou timoun yo kapab fè aktivite ki bon pou laj yo
  • Se pou anviwonman timoun yo se yon anviwonman ki pozitif
  • Se pou timoun yo ale kay doktè regilyèman.

Kèk referans:
Jack P. Shonkoff and Deborah A. Phillips, Editors. (2000). From Neurons to Neithborhoods: The Science of Early Childhood Development. Washington, D.C.: National Academy Press
De Bord, K. (1998). Brain Development, Extension Publication. Raleigh, N.C.: North Carolina Cooperative Extension Service.
Greenspan, S. (19997). Growth of Mind. New York: Addison Wesley
Shore, R. (1997). Rethinking the Brain: New Insights into Early Development. New York: Families and World Institute.

back to top

Swen pou timoun piti

Etid Enstiti nasyonal pou sante timoun ak devlopman moun (NICHD) fè pou swen tibebe se pi gwo etid ki fèt sou swen timoun. Etid sa a egzamine ki rapò ki genyen ant chanjman nan swen timoun ak devlopman timoun nan. Sa yo t ap chèche se repons pou kesyon sou relasyon ant esperyans nan swen timoun, sa ki espesyal nan swen timoun ak jan timoun nan soti. Etid te ale pi lwen pase koze èske swen timoun se yon bon bagay osnon se yon move bagay. Li chita pito sou divès fòm swen timoun tankou kantite swen, kalite swen nan sa ki regade devlopman lang timoun nan pale ak devlopman zouti nan sèvo li, pou li ranmase konesans epi kòman manman ak pitit aji youn ak lòt pandan 3 premye ane lavi timoun yo. Etid la te egzamine ran fanmi an nan sosyete a, si manman an an sante, si li entèlijan, si timoun nan se yon ti fi oswa yon ti gason, tanperaman timoun nan.

Etid la te fèt ak 1300 fanmi ansanm ak timoun yo nan 10 lokal nan tout peyi a. Espesyalis yo te suiv timoun yo pandan 7 premye lane nan vi yo. Paran yo te chwazi ki lè timoun yo t ap resevwa swen pou timoun ak ki kalite swen yo t ap resevwa. Yo te pran moun yo nan etid la san yo pa t okipe ki kalite plan pou swen timoun yo te genyen. Yo te mete timoun nan divès kote yo bay swen timoun: swen papa ba yo oswa lòt moun nan fanmi an, swen moun vin bay kay timoun nan, moun ki gen gadri oswa swen timoun ki nan yon sant.

Ki sa ki espesyal nan swen pou timoun piti?

  • Swen pou timoun piti ki kòrèk se swen moun bay ak bòn volonte, se swen ki gen alevini ant timoun nan ak moun ki pi gran, aktivite ki fè timoun nan pale, nan gwoup ki pa gen anpil moun, kote moun ki pi gran an se moun ki resevwa bon jan edikasyon ak bon jan antrenman pou sa.
  • Anpil nan sant pou swen timoun pa respekte prensip yo rekòmande pou kantite anplwaye ki pou genyen pou chak gwoup timoun: yo pa respekte ni kantite moun nan yon gwoup, ni antrenman pwofesè yo, ni fòmasyon yo dapre sa òganizasyon pwofesyonèl edikatè, òganizasyon pedyat ak pwofesyonèl nan lavi piblik rekòmande.
  • Ti moun ki nan sant ki respekte plis nan prensip yo konprann lang lan pi byen epi yo pi dispoze pou lekòl.

Ki wòl yon fanmi jwe nan zafè swen pou timoun piti ?

  • Jan yon fanmi ye, tankou valè kòb yo rantre ak edikasyon manman an, konn ede prevwa kouman timoun nan ap soti byen aklè.
  • Pou timoun ki plis resevwa swen manman ak timoun ki nan swen pou timoun lòt moun ofri, enfliyans fanmi yo si timoun pa ni diminye twòp ni chanje malgre yo resevwa swen pou timoun nan men lòt moun.
  • Valè kòb yon fanmi genyen se lakòz ki valè timoun ki ale nan sant yo ak ki laj yo ale epi ki fòm sèvis ak kalite sèvis yo resevwa.

Ki relasyon ki genyen ant swen pou timoun piti ak devlopman timoun nan?

  • Se kalite swen timoun yo resevwa ki bay lide ki pi klè sou konpòtman timoun nan va genyen.
  • Plis timoun nan jwenn pi bon swen se plis l ap pale pi byen e se plis lespri li ap devlope lè li gen 2 ane l ap pi pare pou lekòl lè li gen 3 an.
  • Timoun ki resevwa swen ki jwenn plis atansyon sansib ak plis atansyon lè yo bezwen yon repons parèt gen mwens pwoblèm lè yo gen 2 an ak 3an.
  • Timoun ki nan swen pou plis pase 10 èdtan pa semèn, timoun ki nan sant pou swen timoun, epi timoun ki nan fwaye pou swen timoun, te bay pi bon rezilta nan tès konesans ak tès lang lè echanj ant moun k ap bay swen an ak timoun nan te konte.

Ki relasyon ki genyen ant swen pou timoun piti ak relasyon timoun genyen ak manman yo?

  • Swen pou timoun pa ni kontrarye ni ankouraje sekirite ki genyen nan jan yon timoun atache ak manman li lè li gen 15 mwa.
  • Gen kèk sitiyasyon swen pou timoun ak kèk fwaye ki ogmante chans pou timoun santi yo pa santi yo an sekirite nan jan yo atache ak manman yo.
  • Swen pou timoun, swen kalite siperyè ( bon echanj ant moun k ap bay swen an ak timoun nan) yon ti jan prevwa manman ap vin pi mele nan swen pitit li epi l ap vin pi sansib tou (lè timoun nan gen 15 mwa ak lè li gen 36 mwa) epi bon relasyon ak manman an ap pi solid (lè timoun nan gen 36 mwa).
  • Manman ki pa fè anpil kòb ki gen swen kalite siperyè pou timoun yo patisipe plis nan swen timoun yo, lè yo gen sis mwa, pase manman ki pa fè anpil kòb ki pa gen swen pou timoun yo osnon ki gen swen kalite enferyè.

Ki sa nou aprann nan etid sou swen pou timoun piti a?

Swen kalite siperyè pou timoun piti kalite siperyè pèmèt:

  • pi bon relasyon ant manman ak pitit.
  • mwens chans pou timoun yo pa santi yo an sekirite nan atachman ak manman ki pa twò sansib.
  • mwens rapò ki fèt sou konpòtman timoun ki gen pwoblèm.
  • pi bon pèfòmans nan konesans pou timoun ki resevwa swen pou timoun.
  • pi bon kapasite pou yo pale.
  • nivo preparasyon yo pou lekòl pi wo.

Men kote enfòmasyon sa yo soti:
Study of Early Child Care, National Institute of Child Health and Human Development, 1997.

back to top

Timoun k ap antre nan jadendanfan
Rezime

Nan rapò sa a, n ap jwenn enfòmasyon Depatman Edikasyon Nasyonal ranmase sou yon echantiyon 19,000 timoun ki soti toupatou nan peyi a e ki tap antre nan jadendanfan pandan otòn 1998 la. Yo te itilize zouti evalyasyon estandadize ak zouti evalyasyon endividyèl pou yo evalye timoun yo. Yo te mezire ladrès akademik timoun yo nan twa domèn: lekti, matematik ak konesans jeneral. Yo te gen kòm objektif pou yo bay menm gwoup timoun yo menm seri egzamen yo plizyè fwa pou yo wè si yo fè pwogrè onivo konesans ak onivo ladrès. Yo kòmanse bay timoun yo egzamen yo depi yo antre nan jadendanfan jiskaske yo rive nan fen ane a. Yo ba yo egzamen yo ankò nan klas premye ane e yo kontinye ba yo egzamen yo nan klas ki pi wo yo.

Gen yon tandans parapò ak edikasyon timoun nan laj preskolè pou yo gade timoun nan kòm yon moun total. Pou yo te respekte tandans sa a, yo te mezire kwasans fizik timoun yo ak ladrès ki sou kontwòl ni gwo mis ni ti mis timoun yo. Yo te pran enfòmasyon nan men paran yo ak pwofesè yo sou sante timoun yo, sou ladrès sosyal yo, sou pwoblèm konpòtman yo genyen ak sou jan yo aprann. Anplis, yo te idantifye timoun yo selon sitiyasyon fanmi yo ak lòt faktè ki konn lakòz timoun pa bay bon rannman lekòl.

Dapre rezilta rechèch sa a, genyen yon bon ti gwoup timoun ki riske gen pwoblèm nan devlopman yo e ki riske gen pwoblèm pou yo aprann. 25% elèv jadendanfan di yo santi yo pare pou y aprann "pafwa" oubyen yo "pa janm" santi yo pare pou y aprann. 33% elèv jadendanfan di yo suiv sa pwofesè a ap fè nan klas la "pafwa" oubyen yo "pa janm" suiv sa pwofesè a ap fè nan klas la. Majorite pwofesè ak paran kwè kapasite yon timoun pou li rete anplas, pou li suiv nan klas se yon aspè esansyèl oubyen yon aspè enpòtan nan fòmasyon timoun nan bezwen pou li antre lekòl. Konklizyon sa a gen yon pakèt enpòtans nan edikasyon timoun. Majorite pwofesè panse kapasite yon timoun pou li di sa li bezwen ak sa li vle se yon aspè esansyèl nan kapasite timoun nan pou li gen siksè lekòl. Malerezman, youn sou nèf timoun ki nan jadendanfan pa kapab pale klè lè yo antre lekòl.

Faktè Familyal
Si gen youn oubyen plizyè faktè familyal ki kapab lakòz yon timoun pa travay byen lekòl, timoun sa a ap gen yon dezavantaj onivo akademik oubyen l ap gen difikilte lekòl. Faktè familyal ki gen yon efè negatif sou aprantisaj kapab lakòz nivo timoun k ap antre nan jadendanfan ba nan lekti, nan matematik ak nan konesans jeneral. Si gen de faktè oubyen plizyè faktè ki kapab lakòz yon timoun pa travay byen lekòl, timoun sa a ap gen plis lakin, plis pwoblèm sante, plis pwoblèm konpòtman, plis difikilte pou l aprann pase yon timoun ki gen yon sèl faktè familyal ki afekte li. Dapre rechèch ki fèt sou sante timoun, gen plis chans pou se pwoblèm devlopman ak pwoblèm emosyonèl ki afekte timoun ki kapab gen difikilte lekòl pase pwoblèm fizik.

Diferans laj

Timoun ki prèske gen sizan oubyen ki deja gen sizan gen plizyè avantaj sou timoun ki fèk gen senk an oubyen ki poko gen senk an lè yo antre nan jadendanfan. Timoun ki pi gran gen plis matirite. Yo gen tan gen plis konesans letan yo antre lekòl. Sa vin konplike pwoblèm diferans ki genyen onivo devlopman ant timoun ki pi gran ak timoun ki pi jèn. Dapre rechèch la, elèv jadendanfan ki te gen tan gen sizan te gen mwens faktè familyal ki gen yon efè negatif sou edikasyon yo pase timoun ki pi piti. An menm tan tou, elèv ki pi gran yo te gen plis pwoblèm devlopman pase elèv ki pi piti yo.

Diferans ant tifi ak tigason

An mwayèn, tifi ki nan jadendanfan konn li tikras pi byen pase tigason ki nan menm klas la. Gen mwens chans pou tifi yo gen pwoblèm devlopman e gen plis chans pou yo gen bon ladrès sosyal ak bon konpòtman nan klas. Tigason ki deja gen pwoblèm konpòtman ak pwoblèm adaptasyon nan nivo sa a gen chans pou yo devlope pwoblèm ki pi grav pi devan. Tifi ak tigason k ap kòmanse jadendanfan gen menm fòs nan matematik ak nan konesans jeneral men nivo tifi yo bese nan matyè sa yo lè tifi yo rive nan pi gwo klas.

Pwen kle

Sitiyasyon familyal ki kapab lakòz timoun pa travay byen lekòl

    1. Manman timoun nan pa t fin fè etid segondè li 2. Fanmi timoun nan resevwa koupon alimantè oubyen lajan wèlfè 3. Timoun nan abite ak yon sèl nan paran l yo 4. Lang matènèl paran timoun nan se pa angle

Done ki gen rapò ak faktè familyal ki kapab lakòz timoun pa travay byen lekòl

    · 46% elèv ki nan jadendanfan gen youn oubyen plizyè faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl · 31% elèv jadendanfan gen yon sèl faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl · 16% elèv jadendanfan gen de faktè familyal oubyen plis pase de faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl · 66% timoun ki gen sizan pa gen okenn nan kat faktè familyal sa yo kont yo. 10% timoun sa yo gen de faktè familyal oubyen plis pase de faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl.

Faktè familyal ki kapab lakòz timoun pa travay byen lekòl. Faktè ki gen rapò ak popilasyon zòn kote timoun nan ap viv la.

    · 63% elèv jadendanfan k ap viv nan vil ki gen yon popilasyon ki depase 250,000 moun gen yon faktè familyal oubyen plizyè faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl. 26% nan elèv sa yo gen plizyè faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl. Se revè sitiyasyon sa a ou jwenn nan vil ki pi piti yo.

Faktè familyal ki kapab lakòz timoun pa travay byen lekòl/Faktè ki gen rapò ak gwoup etnik.

  • 75% elèv jadendanfan ki soti nan fanmi nwa oubyen nan fanmi panyòl gen youn oubyen plizyè faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl. Pou elèv jadendanfan ki soti nan fanmi blan, pousantaj la se 29%
  • 33% elèv ki soti nan fanmi panyòl ak 27% elèv ki soti nan fanmi nwa te gen de faktè oubyen plizyè faktè ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl. Pou elèv ki soti nan fanmi blan, pousantaj la se 6%
  • 61% elèv ki soti nan fanmi Azyatik gen omwen yon faktè familyal ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl. 44% nan elèv sa yo gen yon sèl faktè ki kapab lakòz yo pa travay byen lekòl

Evalyasyon nivo elèv yo nan lekti

    Yo te evalye senk aspè nan nivo elèv yo nan lekti: 1. Èske elèv yo kapab idantifye lèt majiskil ak lèt miniskil? Èske yo kapab bay non lèt sa yo? 2. Èske elèv yo kapab fè koneksyon ant son ak lèt ki nan kòmansman mo? 3. Èske elèv yo kapab fè koneksyon ant son ak lèt ki nan fen mo? 4. Èske yo kapab rekonèt mo kouran lè yo wè yo? 5. Èske yo kapab li mo ki nan yon kontèks?

Yo fè plizyè aktivite kote yo mande elèv yo nan ki direksyon je yo deplase lè y ap li. Yo mande yo pou yo montre ki kote y ap jwenn fen yon istwa.

Rezilta evalyasyon an

  • 66% elèv ki nan jadendanfan kapab rekonèt lèt majiskil ak lèt miniskil e yo kapab bay non lèt sa yo.
  • 61% elèv yo gen youn oubyen plizyè ladrès nan lekti. Paregzanp, yo konnen lè y ap li angle pou yo soti agoch pou yo ale adwat. Yo konnen pou yo fin li yon liy avan yo kòmanse li yon lòt. Yo konnen ki kote yon istwa fini.
  • De tyè elèv jadendanfan fè aktivite yo byen nan premye nivo a.
  • 29% elèv jadendanfan kapab bay non lèt yo. Anplis, yo kapab fè koneksyon ant son ak lèt ki nan kòmansman mo.
  • 17% elèv yo kapab fè koneksyon ant son ak lèt ki nan fen mo.
  • 18% elèv jadendanfan pa konnen lè y ap li angle pou yo soti agoch pou y ale adwat, pou yo soti anwo pou yo desann anba oubyen yo pa konnen ki kote yon istwa fini.
  • 34% elèv yo pa kapab bay non lèt ki nan alfabè a lè yo montre yo lèt sa yo. Timoun sa yo poko rive nan premye nivo konpetans nan lekti.

Rapò ki genyen ant laj timoun yo ak nivo timoun yo nan lekti

  • 73% elèv jadendanfan ki pral gen sizan lè ane eskolè a kòmanse kapab bay non lèt yo lè yo mande yo ki lèt yo ye. Se 56% elèv ki poko gen senk ki kapab fè menm bagay la
  • 22% elèv ki pral gen sizan kapab fè koneksyon ant son ak lèt ki nan kòmansman ak nan fen mo. Se 22% elèv ki pral gen senk an ki kapab fè menm bagay la.

Rapò ki genyen ant nivo elèv yo nan lekti ak faktè familyal ki kapab lakòz elèv yo pa travay byen lekòl

  • 33% elèv ki gen yon sèl faktè familyal kont yo fè nòt ki pami 25% nòt ki pi ba yo nan egzamen lekti. Se 16% elèv ki pa gen okenn faktè familyal kont yo ki gen menm rezilta a
  • 47% elèv ki gen de faktè familyal oubyen plizyè faktè familyal kont yo fè nòt ki pami 25% nòt ki pi ba yo nan egzamen lekti
  • 44% elèv ki gen plizyè faktè familyal kont yo te kapab idantifye lèt ki nan alfabè a. 57% timoun ki te gen yon sèl faktè kont yo te kapab fè menm bagay la. 75% elèv ki pa t gen okenn faktè kont yo te kapab fè menm bagay la
  • 22% elèv ki pa gen okenn faktè kont yo, 11% elèv ki gen yon sèl faktè kont yo, 6% elèv ki gen plizyè faktè kont yo te nan twazyèm nivo konpetans nan lekti.

Evalyasyon nan matematik

Yo te evalye senk nivo konpetans nan matematik:

  1. Èske elèv yo kapab rekonèt nimewo yon sèl chif? Èske yo kapab rekonèt figi jeometrik? Èske yo kapab konte dis bagay youn pa youn.
  2. Èske elèv yo kapab li nimewo yon sèl chif? Èske yo kapab konte depase 10? Èske yo kapab rekonèt sekans ki genyen nan yon motif? Èske yo kapab sèvi ak inite longè ki pa estanda pou yo konpare diferan bagay?
  3. Èske yo kapab li nonm de chif? Èske yo kapab predi ki nimewo k ap vin apre nan yon sekans? Èske yo kapab idantifye pozisyon òdinal yon bagay? Èske yo kapab rezoud pwoblèm senp?
  4. Èske yo kapab rezoud pwoblèm adisyon ak pwoblèm soustraksyon?
  5. Èske yo kapab rezoud pwoblèm miltiplikasyon ak pwoblèm divizyon? Èske yo kapab rekonèt sekans nimewo ki pi konplèks?

Rezilta evalyasyon an

  • 94% elèv ki nan jadendanfan pou lapremyè fwa kapab rekonèt kèk nimewo yon chif. Yo kapab idantifye figi jeyometrik senp tankou kare, sèk. Yo kapab konte jiska 10.
  • 58% kapab rekonèt tout nimewo yon chif yo. Yo kapab konte depase 10. Yo kapab idantifye sa ki sanble nan yon motif. Yo kapab sèvi ak inite ki pa estanda pou yo mezire longè diferan bagay.
  • 20% kapab li yon nimewo de chif. Yo kapab idantifye pozisyon òdinal yon bagay. Yo kapab rekonèt ki chif ki vin apre nan yon sekans.
  • 4% konn fè adisyon senp ak soustraksyon senp
  • 1% konn fè miltiplikasyon ak divizyon
  • 20% elèv jadendanfan kapab fè plis pase annik konte ak li nimewo yon chif
  • 42% pa kapab konte 20 bagay oubyen yo pa kapab li nimewo yon chif ki pi difisil pou li yo
  • 36% timoun yo kapab konte 10 bagay epi yo kapab li nimewo ki pi fasil pou li yo
  • 6% elèv jadendanfan yo pa kapab konte 10 bagay. Yo pa kapab idantifye nimewo ki senp ak fòm ki senp. Timoun sa yo poko rive nan premye nivo konpetans nan matematik.

Rapò ki genyen ant laj timoun yo ak nivo timoun yo nan matematik

  • 29% elèv ki pral gen sizan kapab li nimewo de chif e yo kapab rekonèt pozisyon òdinal yon bagay. Se 14% elèv ki fèk gen 5 an ki kapab fè menm bagay la. Se 10% elèv ki poko gen 5 an ki kapab fè menm bagay la.
  • 7% elèv ki prèske gen sizan lè yo antre nan jadendanfan konn fè pwoblèm adisyon ak pwoblèm soustraksyon. Se 2% elèv ki gen senk an lè yo antre nan jadendanfan ki kapab fè menm bagay la.

Rapò ki genyen ant nivo elèv yo nan matematik ak faktè familyal ki kapab lakòz elèv yo pa travay byen lekòl

  • 87% timoun ki gen plizyè faktè familyal kont yo te nan nivo konpetans ki pi ba a
  • 38% timoun ki gen plizyè faktè familyal kont yo te kapab konte depase 10 oubyen yo te kapab estime longè relatif yon bagay konparativman ak 48% timoun ki te gen yon sèl faktè familyal kont yo, konparativman ak 68% timoun ki pa gen okenn faktè familyal kont yo
  • 27% elèv ki pa gen okenn faktè familyal kont yo, 13% elèv ki te gen yon sèl faktè kont yo, 8% elèv ki te gen de oubyen plizyè faktè kont yo tap fonksyone nan twazyèm nivo konpetans nan matematik.

Faktè nan preparasyon timoun pou y antre lekòl ki pa gen rapò ak konesans - Sa paran yo rapòte

Yo te mete 51% elèv jadendanfan yo nan kategori ki pi wo a

  • 83% an "trè bòn sante" pou pi piti
  • 3% nan yon eta sante ki pasab oubyen yo an movèz sante
  • 12% tigason ak 11% tifi an danje pou yo vin twò gwo
  • 18% elèv jadendanfan bay siy ipèaktivite
  • Yo dekri 13% ladan yo kòm timoun ki gen difikilte pou yo suiv nan klas
  • 11% te gen difikilte pou yo pwononse sèten mo oubyen yo te gen difikilte pou yo fè lòt moun konprann sa y ap di a
  • 6% pa t wè twò byen
  • 3% pa t tande twò byen
  • 4% te gen pwoblèm kòdinasyon

Selon pwofesè yo ak paran yo:

Pifò elèv jadendanfan antann yo ak lòt timoun lè y ap travay an gwoup

  • 75% elèv jadendanfan asepte lide ti kanmarad yo bay pou aktivite y ap fè an gwoup. Yo fè zanmi fasil e yo konn ki jan pou yo ret zanmi ak zanmi yo fè yo
  • 80-89% antre san pwoblèm nan jwèt lòt timoun ap jwe. Yo fè zanmi fasil e yo pa bezwen èd pou yo fè zanmi. Yo konn ki jan pou yo rekonfòte lòt moun.
  • Se yon ti pousantaj elèv ki nan jadendanfan ki renmen diskite, ki renmen batay oubyen ki renmen fè kòlè
  • Ant 66% ak 75% elèv ki nan jadendanfan gen yon apwòch pozitif parapò ak sa y ap aprann nan "souvan" oubyen "trè souvan"
  • 25% timoun yo konsidere kòm minorite "pa janm" anvi aprann oubyen yo anvi aprann "pafwa"
  • 33% timoun yo konsidere kòm minorite gen difikilte pou yo suiv nan klas

Faktè nan preparasyon timoun pou y antre lekòl ki pa gen rapò ak konesans/ Diferans ki genyen nan faktè sa yo parapò ak laj timoun yo.

  • Lè nou gade distribisyon elèv yo parapò ak ladrès ki sou kontwòl ti mis yo, 44% elèv ki prèske gen sizan yo nan tyè siperyè distribisyon an konparativman ak 22% elèv ki poko gen 5 an yo.
  • Lè nou gade distribisyon elèv yo parapò ak ladrès ki sou kontwòl gwo mis yo, 46% elèv ki prèske gen sizan yo anwo nan distribisyon an konparativman ak elèv ki poko gen 5 an yo
  • 75% timoun ki prèske gen 6 an yo aksepte lide ti kanmarad yo bay pou aktivite y ap fè an gwoup konparativman ak 69% timoun ki poko gen 5 an yo
  • 80% timoun ki prèske gen sizan yo fè zanmi fasil e yo konn ki jan pou yo kenbe amitye yo konparativman ak 74% timoun ki poko gen senkan yo
  • 54% timoun ki prèske gen sizan yo konn ki jan pou yo rekonfòte lòt timoun ak ki jan pou yo ede yo konparativman ak 46% timoun ki poko gen senkan yo
  • 80% timoun ki poko gen sizan yo montre yo anvi aprann bagay ki nouvo konparativman ak 66% elèv ki poko gen senkan yo
  • 73% timoun ki prèske gen sizan yo suiv sa pwofesè a ap fè nan klas ak anpil atansyon konparativman ak 57% timoun ki poko gen senkan yo
  • 78% timoun ki prèske gen sizan yo pèsevere lè y ap eseye fin fè yon travay konparativman ak 63% elèv ki poko gen senkan yo

Faktè nan preparasyon timoun pou y antre lekòl ki pa gen rapò ak konesans/ Diferans ki genyen ant tifi ak tigason

  • 14% tigason konparativman ak 7% tifi gen difikilte pou yo pwononse sèten mo. Yo gen difikilte pou yo fè lòt moun konprann sa y ap di
  • 18% tigason konparativman ak 9% tifi gen difikilte pou yo suiv pandan yon bon bout tan
  • 20% tigason konparativman ak 16% tifi pi aktif pase ti kanmarad yo anpil
  • 60% tifi konparativman ak 43% tigason konn ki jan pou yo rekonfòte ti kanmarad yo oubyen pou yo ede yo
  • 77% tifi konparativman ak 71% tigason pi vit asepte lide ti kanmarad yo bay pou aktivite y ap fè an gwoup
  • 80% tifi konparativman ak 73% tigason gen plis chans pou yo fè zanmi ak pou yo ret zanmi ak zanmi yo fè yo
  • 78% tifi konparativman ak 71% tigason anvi aprann souvan
  • 74% tifi konparativman ak 58% tigason suiv sa pwofesè a ap fè nan klas ak anpil atansyon
  • 78% tifi konparativman ak 65% tigason pèsevere souvan lè y ap eseye fin fè yon travay

Faktè nan preparasyon timoun pou y antre lekòl ki pa gen rapò ak konesans/Rapò faktè sa a genyen ak sitiyasyon fanmi timoun yo.

  • 59% timoun ki pa gen okenn faktè familyal kont yo, 44% timoun ki gen yon sèl faktè kont yo, 37% timoun ki gen plizyè faktè kont yo an bòn sante
  • Timoun gen 4 fwa plis chans pou yo dekri yo tankou timoun ki an movèz sante oubyen timoun ki nan yon eta sante ki pasab si yo soti nan sitiyasyon kote gen plizyè faktè familyal kont yo konparativman ak timoun ki pa gen okenn faktè familyal kont yo
  • 26% timoun ki gen plizyè faktè familyal kont yo, 30% timoun ki gen yon sèl faktè familyal kont yo, 41% timoun ki gen plizyè faktè familyal kont yo fè nòt ki nan tyè siperyè a parapò ak distribisyon nòt elèv yo fè pou aktivite kote y ap evalye jan yo gen kontwòl sou ti mis yo
  • 38% elèv ki gen plizyè faktè familyal kont yo, 35% elèv ki gen yon sèl faktè kont yo, 22% elèv ki pa gen okenn faktè kont yo fè nòt ki nan tyè enferyè a parapò ak distribisyon nòt yo
  • 77% elèv ki pa gen okenn faktè familyal kont yo, 72% elèv ki gen yon sèl faktè kont yo, 67% elèv ki gen plizyè faktè kont yo te gen konpòtman kote yo pwouve kapasite yo onivo sosyal souvan oubyen trè souvan
  • 36% timoun ki gen plizyè faktè familyal kont yo konparativman ak 20% timoun ki pa gen okenn nan faktè sa yo kont yo anvi aprann pafwa oubyen yo pa janm anvi aprann
  • 44% elèv ki nan jadendanfan e ki gen plizyè faktè familyal kont yo suiv nan klas pafwa oubyen pa suiv nan klas konparativman ak 28% elèv ki gen mwens faktè familyal kont yo.

Men kote enfòmasyon sa yo soti:
U.S. Department of Education. Findings from The Condition of Education 2000. Office of Education Research and Improvement.

back to top

Yon bon kòmansman: Kapasite emosyonèl ak kapasite sosyal pou prepare pou lekòl

Timoun ki antre nan jadendanfan san yo poko gen bon jan kapasite sosyal ak kapasite emosyonèl ap rankontre anpil difikilte nan lavi yo kòm timoun ak nan lavi yo lè yo vin granmoun. Kapasite sosyal ak kapasite emosyonèl genyen rasin yo nan relasyon solid ak nan atachman timoun yo genyen ak paran yo oubyen ak moun ki responsab yo lè yo anbazaj. Timoun ki gen kapasite sosyal gen konfyans nan tèt yo, yo gen bon jan, yo gen bon relasyon ak lòt timoun oubyen yo gen abilite pou yo devlope bon relasyon ak lòt timoun. Lè y ap fè travay ki difisil yo kapab konsantre yo sou travay la, yo kapab pèsiste nan fè travay la.

Ki faktè ki kapab ede yon timoun gen siksè lekòl?

  • Timoun nan gen konfyans nan tèt li.
  • Timoun nan entelijan anpil.
  • Timoun nan gen bon tanperaman.
  • Nivo edikasyon manman timoun nan wo.
  • Timoun nan gen sipò emosyonèl moun k ap okipe li a.
  • Paran timoun nan gen bon relasyon ak li
  • Lakay timoun nan se yon kay kote ki gen estabilite, se yon kay kote gen lòd.
  • Timoun nan resevwa bon kalite swen lè l tou piti.
  • Timoun nan gen atachman ki solid, depi li tou piti li toujou konpòte li byen.
  • Timoun nan gen anpil zanmi nan klas li.
  • Timoun nan gen atachman solid, depi li tou piti li toujou konpòte li byen.
  • Timoun nan rete ak manman li oubyen papa li, papa li oubyen manman li remarye.
Ki faktè ki pèmèt timoun ak fanmi gen rezistans emosyonèl kont move sikonstans nan lavi a?

Dapre rechèch yo fè sanble gen plizyè faktè ki ede moun prezève rezistans emosyonèl oubyen devlope rezistans emosyonèl. Li enpòtan anpil pou yo konsidere faktè sa yo lè y ap mete pwogram nan anviwonman ki pa estab oubyen yon anviwonman kote granmoun oubyen timoun gen anpil chans pou yo viktim move zak lòt moun. Moun ki nan pwogram pou fòme paran sou kouman pou yo elve timoun ak moun ki nan pwogram kote yo pran swen timoun ta dwe egzamine kouman yo kapab mete pwen nou pral mansyone yo nan yon pwogram ki pou kore byennèt emosyonèl ak byennèt fizik::

  • Se pou gen sèvis sipò ki apwopriye epi ki reflete kilti moun yo
  • Se pou moun yo kontinye tradisyon yo, selebrasyon yo ak tou sa yo abitye fè
  • Se pou moun yo gen opòtinite pou yo pran desizyon nan kèk aspè nan lavi yo
  • Se pou genyen woutin ki tabli pou lavi chak jou, se pou genyen rityèl
  • Se pou estrikti pwogram entèvansyon an konsistan
  • Se pou gen entèraksyon ant moun yo ak moun ki gen menm tradisyon kiltirèl ak yo e ki kapab sèvi moun yo kòm modèl
  • Se pou moun yo gen okazyon pou yo di sa yo santi ak pou yo egzamine lide yo ak kwayans yo
  • Se pou yo nan sitiyasyon kote yo kapab deside ki sa yo vle reyalize
Anviwonman anndan kominote a
  • Opòtinite pou moun jwenn travay ak edikasyon, pou moun devlope ak pou moun rive reyalize objektif yo.
  • Pwogram fòmasyon ak pwogram edikasyon pou granmoun.
  • Kowalisyon lokal nan kominote a
  • Pa gen plon nan anviwònman an, yo netwaye anviwonman an.

Ki faktè ki lakòz timoun ak fanmi riske vin gen pwoblèm?

Anviwonman anndan fanmi

  • Timoun yo gen konpòtman agresif oubyen yon lè yo gen konpòtman agresif, yon lè yo aji tankou yo pè moun.
  • Nivo edikasyon manman timoun nan ba oubyen manman an soufri depresyon
  • Yo elve timoun nan vaykevay, manke entèraksyon emosyonèl ant paran an ak timoun nan, paran an pa veye timoun nan ase.
  • Moun k ap okipe timoun nan pa bay timoun nan anpil afeksyon, li kritike timoun nan anpil.
  • Timoun nan gen difikilte nan relasyon li genyen ak timoun laj li oubyen ak frè li / sè li, li pa konn ki jan pou li aji lè l ap jwe.
  • Kalite entèraksyon ki genyen ant paran an ak timoun nan, kalite atachman ki genyen ant yo.
  • Reta nan devlopman newolojik, pwa timoun nan lè li te fèt te ba, lòt pwoblèm medikal.
  • Timoun nan gen yon tanperaman ki difisil, sa vle di li gen yon nivo aktivite ki wo, li pa fleksib, timoun nan distrè fasil, li gen difikilte pou li konsantre sou sa l ap fè.
  • Timoun nan genyen pwoblèm nan kominikasyon (pwoblèm pale, pwoblèm tande, pwoblèm nan panse), pwoblèm emosyonèl / pwoblèm konpòtman

Anviwonman anndan lekòl

  • Timoun nan double premye ane
  • Timoun nan absan souvan nan gadri
  • Moun ki ap okipe timoun nan pa bay timoun nan afeksyon, li kritike timoun nan anpil
  • Timoun nan gen pwoblèm pou li antann li ak lòt timoun, li gen pwoblèm ak frè li / sè li, li pa konn ki jan pou li aji lè l ap jwe
  • Lè chòk oubyen maladi, tankou chòk nan tèt, maladi kwonik epilepsi, malnitrisyon, timoun ki fèt anvan lè yo, afekte kapasite timoun nan pou li panse, sa afekte konpòtman timoun nan ak kapasite li pou li antann li ak lòt moun lè li antre lekòl.
  • Timoun nan gen pwoblèm nan kominikasyon (pwoblèm nan langaj, nan tande, nan panse) pwoblèm emosyonèl / pwoblèm konpòtman.
  • Timoun nan gen pwoblèm nan langaj, li pa renmen lekòl, li pa kwè li kapab gen siksè, li gen pwoblèm konpòtman

Anviwonman anndan kominote a

  • Moun yo pa kapab jwenn bon kalite swen sante, yo pa gen asirans sante
  • Moun yo pa kapab jwenn bon kalite pwogram gadri, bon kalite pwogram edikasyon.
  • Pa gen bon lekòl.
  • Pwoblèm transpò.
  • Kay yo an movèzeta
  • Kominote a pa konnen gen nesesite pou yo chèche èd pou timoun depi timoun yo tou piti
  • Pa gen woutin pou aktivite toulejou, pa gen rityèl
  • Estrikti pwogram entèvansyon an pa konsistan

Ki sa nou konnen sou kouman nou kapab ede timoun devlope kapasite sosyal yo ak kapasite emosyonèl yo?

Yo kapab mete pwogram entèvansyon pou timoun ki inivèsèl, oubyen ki selektif. Pwogram sa yo kapab genyen gwo enplikasyon sosyal, gwo enplikasyon etik, gwo enplikasyon sou kesyon regleman (Gordon 1983). Bronfenbrenner (1974) di se nan nivo sa yo pwogram entèvansyon atake pwoblèm yo nan apwòch "ekoloji anfans" nan. Literati nou konsidere a konsantre sou pwogram entèvansyon kote se gwoup ki gen ris pou yo gen pwoblèm ki patisipe nan pwogram nan, sa vle di tout entèvansyon yo se te entèvansyon selektif. Pwogram entèvansyon nou konsidere yo se pwogram yo te fè pou yo kapab atake yon faktè ris espesifik ki enpòtan, sèten nan pwogram entèvansyon nou konsidere yo se pwogram entèvansyon kote yo atake plizyè faktè ris oubyen faktè ris ki gen rapò youn ak lòt.

  • Pwogram entèvansyon selektif pou timoun ki gen ris pou yo gen difikilte pou yo adapte yo lè yo antre lekòl. Paregzanp, avan timoun yo antre nan jadendanfan li ta bon pou yo ta konnen ki timoun ki gen tandans pou yo konpòte yo mal, ki timoun ki agresif. Kon sa y ap kapab mete yo nan pwogram entèvansyon pou yo kapab vin gen konpòtman ki apwopriye lè yo avèk timoun parèy yo.
  • Pwogram entèvansyon inivèsèl pou yo ede tout fanmi pou yo kapab fè timoun yo fè esperyans ak aktivite ki pou prepare yo pou yo antre lekòl. Paregzanp, yo kapab fè timoun yo antre nan pwogram preskolè, yo kapab fè yo fè zanmi ak timoun ki nan katye lakay yo avan yo antre nan lekòl elemantè. Direktè lekòl yo ta dwe mete timoun ki zanmi yo nan menm klas kon sa y ap kapab gen plis kontak youn ak lòt (Rutter, 1990).
  • Chanjman nan règleman yo kapab pèmèt yo entegre sistèm medikal la ak sistèm edikasyon an pou timoun yo gen preparasyon sosyal ak preparasyon emosyonèl yo bezwen pou yo antre lekòl.
  • Paran ak moun k ap okipe timoun jwe yon wòl pwoteksyon nan devlopman kapasite sosyal ak kapasite emosyonèl timoun.
  • Lè paran timoun nan, timoun ki gen menm laj ak timoun nan, pwofesè tabli relasyon ki konsistan, ki pozitif ak li byen bonè sa jwe yon wòl enpòtan nan konpetans sosyal timoun nan ak nan siksè timoun nan lekòl.
  • Chwazi diferan entèvansyon ak estrateji ki konplemantè epi ki reflete reyalite kominote a ak reyalite fanmi yo.
  • Moun k ap fè regleman, moun k ap travay nan domèn edikasyon ak sante timoun, moun k ap fè rechèch dwe travay ansanm pou yo amelyore kalite sèvis ki genyen nan kominote yo ak pou yo amelyore jan konesans sikile ant ajans yo ak lòt pwofesyonèl.
  • Sektè prive a ak sektè piblik la dwe travay ansanm pou yo di ki estanda moun dwe swiv pou yo bay bon kalite swen, yo dwe devlope modèl pwogram pou timoun kapab gen siksè lekòl.
  • Se sèlman lè sèvis yo pa gaye yo kapab fè evaliyasyon jeneral epi tretman an kapab konplè.

Ki sa nou konnen sou preparasyon emosyonèl ak preparasyon sosyal pou lekòl?

  • Konpetans emosyonèl ak konpetans sosyal enpòtan anpil pou timoun kapab gen siksè lekòl.
  • Konpetans sosyal ak konpetans emosyonèl jwe yon gwo nan siksè timoun lekòl ak nan siksè yo nan pwofesyon yo
  • Kalite relasyon timoun gen ak paran li oubyen lòt moun k ap okipe li se fondasyon pou konpetans sosyal ak konpetans emosyonèl nan laj katran jiska setan.
  • Yo kapab defini konpetans emosyonèl ak konpetans sosyal, yo kapab mezire yo.
  • Lè y ap fè rechèch ak lè y ap fè règleman yo dwe bay aspè kiltirèl yo ak istwa fanmi yo anpil enpòtans.
  • Yo dwe konnen ki sa faktè ris yo ye, ki sa faktè pwoteksyon yo, yo dwe konnen enpòtans yo pou yo kapab fè pwogram entèvansyon ki chita sou konesans yo ranmase nan rechèch yo fè yo.

back to top

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.