Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
Enfómasyon sou nou
Gide
 
Batay pou lè dòmi.

Si li difisil pou fè timoun nan al kouche leswa, premye sa pou ou fè se chache konprann pou ki sa l ap di " men m pa fatige" Èske l bezwen plis atansyon? Èske l pè fènwa? Èske l bezwen montre l endepandan? Li ka pa fatige. Timoun nan gen dwa se yon "jamè dodo".

back to top

Èske m pral gate yon timoun k ap kriye nan kenbe l nan men?

Timoun yo te abitye kenbe nan men epi rann alèz nan premye ane lavi yo, egzije mwens atansyon pi devan paske yo te aprann pou yo fè granmoun nan anviwònman yo konfyans pou satisfè bezwen yo epi rann yo konfòtab lè sa nesesè. Lè n ede timoun yo aprann chèche satisfè pwòp bezwen yo, sa fè yo vin gen yon baz sekirite nan kontwòl emosyon yo. Kenbe yon timoun ki gen lapenn, sa p ap gate l pou sa; sa ap ede l pou l vin gen yon sekirite emosyonèl. Sekirite emosyonèl la se baz pou yon timoun ki va vin fò, ki va konpetan sou plan sosyal.

back to top

Èske m ta dwe pini tibebe m nan?

Non. Ou pa dwe janm frape yon tibebe, ni ba l kalòt, ni souke li. Pa gen okenn pinisyon ki bon pou timoun ki poko gen ennan paske yo twò jèn pou yo konprann. Si tibebe w la fè yon bagay ki mete l an danje, di li non pandan w ap rale li. Ou oblije toujou ap veye pou li pa nan pwoblèm. Li fasil pou yon tibebe distrè, alò ba li yon lòt okipasyon osnon yon jwèt.

back to top

Èske sa nòmal pou yon timoun genyen yon

Tibebe a ka rete je klè pa espre lè li gen 8 mwa kon sa menm lè li fatige. Yon lòt rezon ki ka esplike sa se sitiyasyon bebe ki nan laj sa yo. Tibebe ki ant 6 mwa ak 10 mwa pase nan peryòd kote yo pa vle rete san manman yo, yo ka vin kolan anpil. Se pou sa se yon bon lide pou nou mete tibebe a nan bèso li pandan je li klè.

back to top

Èske se yon bagay ki nòmal si tibebe m nan ap kriye tout tan?
  • Timoun kriye pou yon rezon. Yo kab grangou, fatige oubyen yo gen doulè (paregzanp yo gen kolik oubyen gaz).Yo kab pa konfòtab (paregzanp yon kouchèt mouye), yo ka eksite oubyen yo bezwen atansyon nan men moun. Kriye se premye siy yon timoun ka ba yon granmoun pou fè granmoun nan santi li vle yon bagay. Lè yo ba timoun nan sa li bezwen an menm, pifò timoun sispann kriye. Lè timoun nan ap grandi yo jwenn lòt fason pou yo fè granmoun konnen sa yo bezwen ak sa yo vle Fò yon paran veye siy sa yo byen. Lè paran yo fè sa, tibebe yo devlope jan yo sipoze devlope epi vin gen yon bon jan relasyon ki vin devlope ant timoun nan ak granmoun nan. Tibebe a vin kriye mwens epi li vin kriye sèlman, lè li pa kapab ankò.
  • Lè paran yo pa suiv siy tibebe a ap ba yo, lè yo pa pran li, lè l ap kirye, lè yo pa satisfè bezwen yo, sa fè timoun nan vin manke sekirite nan atachman oubyen nan relasyon li ak paran an. Pitit la ap santi li pa an sekirite epi l ap santi li pè. Pitit la ap kontinye kriye oswa l ap fè tapaj jiskaske li jwenn sa li bezwen oubyen jiskaske yo ba l sa li vle a. Yon paran fèt pou li konprann sa yon timoun ap di li menm anvan timoun nan kab pale.
  • Timoun ki kriye anpil gen tandans pou yo genyen yon tanperaman ki difisil (Gade kesyon 2 a). Li kab pi difisil pou konsole yo. Yo kab pa renmen moun karese yo, ni tou yo kab pa renmen gade moun nan je yo. Gen fason yon paran kapab boule ak yon timoun kon sa pou fè li pi fasil pou ni timoun nan ni paran an. Paregzanp, konn kouman pou vlope timoun nan nan yon lenn, pa estimile li twòp epi pa avanse sou li vit. Pou plis enfòmasyon li Brazelton, T. B., Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books, 1992
  • Lòt timoun kab gen kolik souvan oubyen yo kab gen yon lòt pwoblèm medikal ki fè yo pa konfòtab epi ki fè yo kriye. Timoun sa yo ta sipoze al kay doktè, e doktè a va bay plis enfòmasyon. Sonje timoun kriye pou yon rezon e se djòb granmoun pou yo chache konnen pou ki.

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Èske yon abitid se yon bon bagay?

Prepare tibebe a pou l al dòmi nan lapè epi selon menm abitid la fè aktivite jou pase nan tèt li epi sa tounen yon pati li ka prevwa nan aktivite lavi li ki fè li alèz epi ki ede li dòmi

back to top

Gen anpil konpetisyon ant divès granparan yo, ki jan pou debouye m ak yo?

Ni ou, ni patnè w la ta dwe eseye rete net nèt, menm si pafwa sa difisil anpil. Pa antre nan diskisyon sou kantite lajan, kantite tan yon lòt granparan bay yon timoun. Pafwa menm granmoun bezwen moun fè yo sonje tout moun pa fè bagay yo menm jan epitou pa gen mal nan sa.

LÈ DÒMI AK DÒMI
Pou timoun ki tou piti (depi yo fèt jouk sou 6 mwa)

back to top

Kèk konsèy sou jan pou w devlope woutin ak pitit ou a

1) Devlope yon lis bagay kle w ap atann de pitit ou a. Yon fwa ou konnen yo, ou kab negosye sou bagay ki pa yon obligasyon. Sa ap ede n evite lit pou pouvwa ki konn fèt souvan. Kapab gen kèk fwa kote ou pa twò egzijan nan apwòch ou genyen sou prensip disiplin, men tou gen lòt fwa kote ou p ap negosye yon pwen detèmine.

Egzanp: Dapre sa ou deside, abiye timoun nan le maten se pa yon pwen ijan paske moun k ap pran swen pitit ou a te pwomèt pou l ede abiye pitit ou a apre ou fin ale. Tan pou ta pase ak timoun nan ap lite, kounye a ou pase l ap chouchoute l epi nan li istwa pou li.

2) Sèvi ak woutin yo kòm yon plan kon sa kon sa olye yon plan ou dwe swiv pwen pa pwen.

Egzanp: Pitit ou a gen abitid fè yon ti dòmi a midi edmi, men jodi ou kite l dòmi jiska 1:15 paske pitit ou a te pase yon bon moman nan pak la.

3) Respekte woutin ou tabli yo, men toujou analize chak sikonstans anvan ou pran yon desizyon.

Egzanp: Ou planifye yon vizit nan akwaryòm nan, maten bonè, yon fason pou timoun nan ka gen tan lakay li, nan lè pou l pran ti repo li.

back to top

Ki enpòtans koze fè fanmi an antre nan yon abitid genyen?

Lòd ak abitid ede n mete disiplin epi sa ranfòse nenpòt ki fontyè nou mete. Yon abitid enpòtan anpil pou tout bagay nou fè chak jou, tankou bay timoun manje, abiye yo epi prepare pwòp manje pa nou. Ou ta sipoze bay tèt ou plis fleksibilite pou yon seri lòt bagay. Paregzanp pi fò nan travay nan kay la ka tann, menm si kay ou dwe gen sekirite epi li pa dwe pwoteje sante moun. Li ta bon pou nou pa ta gen yon orè ki twò rijid. Avèk tibebe ak timoun piti, nenpòt ki bagay ka rive. Lè kon sa nou bezwen gen tan pou nou regle sa ki bezwen regle.

back to top

Ki jan m ka fè tan pou al nan kabann nan vin yon bagay fasil pou bebe 1 an mwen an?

Tibebe ak timoun piti vin santi sekirite atravè woutin ki te deja prevwa. Yon woutin ki deja prevwa ede anpil nan prepare bebe ak timoun piti pou al nan kabann yo. Deside ki sa ki pral fè pati woutin nan epi nan ki lòd; pa egzanp, benyen epi bwose dan, epi apre sa li yon istwa. Konte tan an epi pale ak timoun nan , etan w ap suiv lòd woutin nan, sa rann tranzisyon an fasil. Tabli woutin nan ak limit ki ladan, pèsevere nan woutin nan epi bay esplikasyon vèbal sou sa ki pral fèt apre, yon fason pou fè timoun nan pran plezi nan al nan kabann li.

back to top

Ki jan m kab boule ak kòlè yo?

Meyè fason pou regle zafè kòlè sa a, se mete timoun nan nan sitiyasyon pou l reyisi, pa pou l desi. Kriz kòlè se rezilta endepandans timoun nan ap chèche pou tèt li. Sa se yon bon bagay.

Ede timoun yo devlope endepandans yo nan suiv konsèy sa yo:

  • Kite timoun yo degaje yo ak kòlè yo.
  • Bay timoun nan kèk ladrès ki pou pèmèt li konbat kòlè ak lè l santi li fristre.
  • Kreye yon anviwònman ki chita sou renmen ak edikasyon.

Kite lespri n konsantre sou sa ki enpòtan – sa vle di, sa ki bon pou pitit ou.

back to top

Ki jan pou w ankouraje yon timoun pou l gen yon imaj pozitif de kò li
  • Pa pale sou koze tankou li twò gwo, li gen twòp pwa oswa l bezwen fè rejim. Bagay sa yo ka lakòz timoun nan gen yon imaj negatif de kò li.
  • Pale ak pitit ou a konsènan defòmasyon fizik yo prezante nan medya. Aktè ak model ki mens depase pa “nòmal”. Ede timoun nan konprann se pa paske yon moun mens ki fè l gen kè kontan.
  • Ranfòse lide pa gen yon kò ki “ideyal”. Chak moun gen fòm pa yo.
  • Konsantre plis sou fonksyon kò a olye sou jan l prezante – fòs, kapasite pou ranpli sèten travay, konsève enèji pou aktivite timoun ou a renmen fè.
back to top

Ki jan pou w itilize tan mò nan plas voye baton

Pou bout apremidi a, Johnnie fè twazyèm kriz kòlè li. Èske manman Johnnie ta dwe ba l baton, paske l sonje ki jan paran pa l t ap trete l si lè l te timoun, si li ta fè yon bagay kon sa? Èske l ta dwe di Johnnie pou l al nan kwen an pou yon tan mò, epi si sa ta fèt, pou konbyen tan? Èske tan mò bay rezilta chanjman konpòtman w swete a?

Premye ane lavi timoun nan enpòtan anpil pou l devlope konfyans nan tèt li. Si paran yo kapab kreye yon anviwònman kote timoun yo jwenn respè, yo t ap apresye monn lan kòm yon plas kote yo jwenn renmen ak moun ki sousye pou yo. Sa pral bay timoun nan konfyans nan tèt li, kontwòl sou emosyon l yo epi chèche konpetans, epitou finalman, bay paran yo sa yo vle a – yon bon konpòtman.

Sèt pwen enpòtan pou w suiv si w ap itilize tan mò:

(1) Sèvi ak tan mò a sèlman kòm yon moman pou pèmèt timoun nan reprann kontwòl li oswa pou granmoun nan kenbe sanfwa li.

(2) Pa mete timoun nan yon kote ki efreyan; yon plas sennesòf ap ede timoun nan kopere.

(3) Tan mò a se pa yon pinisyon, e yo pa ta dwe itilize l pou jennen timoun nan. Se pito yon opòtinite pou timoun nan pou l klè ak tèt li epi pou l reprann premye aktivite l t ap fè a.

(4) Evite itilize tan mò a pou bebe ak timoun tou piti. Timoun ki nan laj sa yo twò piti pou yo konprann tan mò a.

(5) Tan mò yo ta dwe dire sèlman kantite tan sa pran pou timoun nan kalme l.

(6) Yon fwa tan mò a fini, anbrase pitit ou a, pran tan pou esplike l ki konpòtman ou pa ka tolere, epi pou ki sa. Fè sa nan yon ti tan kout epi dirèk nan sa w ap di, apre sa kontinye ak aktivite ki t ap fèt deja a.

Pa frappe timoun nan, pa kale l ni anvan ni apre tan mò a. Sa p ap fè timoun nan aprann kontwole tèt li.

back to top

Ki prensip mwen ta dwe suiv lè m ap fè disiplin pitit mwen?

  • Sèvi kòm modèl pou nenpòt konpòtman ou ta renmen wè nan pitit ou
  • Respekte etap devlopman timoun nan
  • Fè disiplin nan mache ak etap devlopman timoun nan
  • Se pou ou sèten ou sèvi ak sa ou konnen sou tanperaman timoun nan.
  • Lè pitit ou a ak lòt timoun pa eseye ap trennen bò kote yo.
  • Esplike timoun nan pou ki sa ou te fè tèl bagay, kon sa wa ede timoun nan konprann pwòp aksyon pa li ak santiman pa li.
  • Fè yon ti kanpe pou ou reflechi lè disiplin nan pa mache: Sa sa vle di? Ki sa pitit mwen an ap di mwen? Èske se aksyon mwen ki lakòz sa?
  • Lè tou sa fini, bay timoun nan afeksyon li bezwen an. Di li ou renmen li, di li ou konnen sa di pou li aprann kontwole tèt li.

back to top

Ki sa ki “2 an terib” la”

Timoun dezan se yo moun plis pa konprann nan lemon. Se vre yo sèvi anpil anpil ak mo “Non” an, paske yo fèk ap aprann pale epi se mo yo plis tande nan zòrèy yo.

Matye ki gen dezan twouve l ap mete dwèt li nan switch limyè a. Bebe a souke tèt li, li di “Non, non” epi li kontinye ap mete dwèt li nan kote danjere a.

Ki sa manman te dwe fè? Yon bon vole baton t ap rete yon bon souvni, men yon bebe 2 an p ap etabli rapò a ant baton an ak konpòtman l. Pi bon solisyon an se pran l wete l nan sitiyasyon danjere a, epi mete l nan yon lòt aktivite.

Yon timoun 2 an gen yon bezwen ijan pou l endepandan, anplis li gen yon aktivite ki pa janm rete epi l fouyapòt. Sa pa gen lontan, se sou moun k ap gade l la bebe a te depann nèt. Li te bezwen pou yo pote l sot nan yon plas al nan yon lòt, pou se yon lòt moun ki met manje nan bouch li epi l te bezwen èd lòt moun pou l pran bagay li bezwen. Men kounye a, se tankou yon mirak ki fèt, bebe a annik gen 2 an, li kab deplase pou kont li epi l kab fè tout bagay nou sot di la yo, pou kont li. Bebe a kòm vin gen yon pouvwa ki monte nan tèt li kote l fè sa l vle – pa egzanp, papa l ap eseye ba l manje, li pouse kiyè a lòtbò. Papa a gen dwa eseye bay bebe a yon lòt chans. Kon sa, li ba l kiyè a pou l itilize l pou kont li. Pandan bebe a ap eseye fè afè l pou kont li, papa a kapab glise manje a nan bouch li.

Timoun piti a vin gen 2 bagay k ap pase nan tèt li. Yon bò, li ta renmen fè moun li renmen li fè konfyans yo plezi epi yon lòt bò, ak tout fòs li, li anvi vin yon moun diferan de tout lòt, yon moun ki gen volonte pa l ak dezi pa l. Lit sa a ki anndan li a kapab fè l vin santi l koupab. Kon sa, se bò kote moun li renmen yo, timoun nan ap chèche asire l epi konpòtman l ap balanse ant volonte l pou l parèt pou kò l ak yon lide ki fè l depann de lòt moun. Timoun 2 an bezwen pou w di l jan ou renmen l. Lè w ankouraje l pou bon konpòtman l, sa mache pi byen pase si toutan l ap tande granmoun ap pede di l “Non, non”. Plis w ap di “Non”, se plis ou dwe atann ou w ap resevwa “Non” nan men timoun nan.

-- Doktè Betty Rowen

back to top

Ki sa ki pi enpòtan nan levasyon timoun?

Bay timoun nan afeksyon, toujou rete menm jan an. Relasyon ou genyen ak pitit ou kreye yon modèl ki va sèvi pou tout relasyon pitit ou va genyen pi devan. Se pou sa timoun bezwen pou yo renmen li, pou li gen sekirite, pou yo dakò avè l, pou yo asepte li depi nan kòmansman. Si bagay sa yo ta manke, sa ka afekte respè timoun nan gen pou tèt li, sa li ka akonpli ak kapasite pou li gen kè kontan. Timoun aprann nan imite lòt moun, sa vle di ba yo bon egzanp se yon bagay ki enpòtan anpil anpil. Se pou ou aprann tande sa lide w di w. Ou gen pou vin konn timoun ou an plis pase nenpòt ki lòt moun.

back to top

Ki sa m ka fè lè pitit mwen an fè kochma?

An jeneral, yon timoun ki fè kochma konn reveye ap rele oubyen ap kriye. Sa rive anpil lè timoun yo gen ant 3 an ak 4 an. Pitit ou a ka pale w de rèv la oubyen li ka di w li te fè yon move rèv. Kochma soti nan yon bagay timoun nan te tande oubyen te wè nan yon istwa ki fè moun pè osnon nan yon videyo ki te fè li pè.

back to top

Ki sa m ka fè pou m anpeche timoun preskolè m nan fè m pase tout nuit la ap eseye fè l al dòmi?

Timoun nan preskolè pa vle pèdi anyen nan sa k ap pase. Mete yon lè dòmi ou panse ki bon epi mete li nan abitid chak jou a. Se pou ou sèten ni ou, ni patnè w la ap patisipe nan abitid nan epi youn ap kore lòt pou li ka mache byen. toujou kenbe menm lè epi di timoun nan li pral lè dòmi 30 minit anvan lè a. Nan abitid nan mete lekti liv li renmen, pran dlo, di moun nan kay la bòn nui. Ou ka chwazi pou fè lè dòmi vle di limyè etenn osnon ou ka kite timoun nan gade yon liv epi ou etenn limyè a apre.

back to top

Ki sa m ka fè pou m fè tibebe m nan kondui tèt li byen?

Timoun suiv egzanp pou yo aprann. Pou ou ankouraje timoun nan pou li gen bon konpòtman se pou you ba li konsiderasyon, se pou janti avè l, se pou ou onèt, se pou ou gen pasyans. Li pi fasil pou moun aprann limit konpòtman moun asepte, lè konpòtman nou rete menm. Si w pa kite timoun nan mate boul nan salon an, pa kite li fè sa lè zanmi w vin wè w. Bay timoun nan akolad ak atansyon kòm rekonpans lè li gen bon konpòtman - li yon istwa pou li osnon mennen li al flannen. Sa timoun ou an plis bezwen se tan li pase avèk ou.

Kèk pwen pou nou gade:

  • Apre yon jounen byen aktif, lè timoun nan ap vin fache pi vit osnon l ap fè moun fache, ba li manje epi fè l al dòmi. Sa ka regle tout bagay.
  • Lè yon bagay depase li epi li ap pèdi pasyans, ou ta dwe mete li nan yon lòt direksyon epi ou ta dwe ba li reasirans.
  • Pa okipe move san l yo paske li fè yo nan lide pou li woule w ou epi chanje yon desizyon ou pran.

back to top

Ki sa m ta fè pou m evite di tibebe m nan non toutan

Lè tibebe w la kòmanse bouje epi li kòmanse ap mete kò l nan tout bagay, sa difisil pou ou toujou ap di l non toutan. Eseye plizyè bagay. Premye bagay: se pou nou sèten kay la pa gen danje pou tibebe a; retire bagay ki ka atire l epi bloke sa ki danjere yo. Kreye aktivite pozitif pou tibebe a sèvi ak mo pozitif lè w ap pale avè l. Li pi bon lè gen mwens konfli.

Kòman pou mete kay ou solid pou tibebe a.

  • Obsève espas ou rezève pou timoun nan ak zye timoun nan.
  • Èske gen bagay ki wo e ki lou ki ka tonbe osnon tibebe a ka rale?
  • Èske gen fil kouran ak priz elektrik li ka touche?
  • Èske gen fil ki dekale?
  • Èske gen kòd k ap pandye ki soti nan fè cheve elektrik osnon yon fè a repase ki chita sou yon tab?
  • Pa kite byen ki koute chè, men ki frajil kote pou timoun nan jwenn yo.
  • Se pou nou sèten nou reranje kizin nan dekwa pou tout bagay pou nou netwaye yo chita yon kote anlè li pa ka rive. Bay yon plas nan kizin nan tankou nan dènye ranje plaka a, pou nou mete jwèt kizin pou tibebe a. Jwèt sa yo ka se vye bagay an plastik, bòl, tas kiyè an bwa osnon an metal.
  • Tyeke plant ou plante pou ou ka sèten li pa ka rive ladan yo: Pou nou konnen si plant nou yo gen pwazon epi pou nou konnen ki efè yo genyen, rele 1-800-282-3171 oubyen 1-800-222-1222.

Timoun ki kòmanse mache

back to top

Ki sa pou fè ak yon timoun ki vle imite pèsonaj nan televizyon sèlman?

  • Timoun sèvi ak pèsonalite sinema sa yo pou yo defann tèt yo kont laperèz. Li ede timoun nan konprann sitiyasyon yo pè epi kontwole sitiyasyon sa yo. Sa pèmèt yo kwè nan tèt yo.
  • Si pèsonalite nan fim pran tout tan pitit ou a limite sa epi limite kalite jwèt li fè kon sa.
  • Ba li lòt jwèt pou li jwe oubyen lòt aktivite. Jwe ak pitit ou a depi w kapab. Siveye de kilès pitit la pale e ki sa li pale tou.
Koneksyon:
  • www.kidsource.com/parenting/imitate.hero.html

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Ki sa timoun pral konprann konsènan sa l wè nan medya?

0-1 an:

Timoun laj sa yo p ap konprann anyen nan sa k ap pase. Se reyaksyon emosyonèl pa w ki ka enfliyanse yo. Ou dwe aji swa espesyalman. Di l pawòl ki janti epi ofri l yon rekonfò fizik.

1-2 an:

Timoun laj sa a ap ka konprann lè yon moun blese fizikman. Plis atire atansyon yo sou moun k ap ede a, epi rasire pitit ou a fè l konnen w ap toujou pwoteje l kont sa ki ka fè l mal.

2-3 an:

Timoun laj sa yo kapab poze tèt yo kesyon pou mande si sa yo wè a reyèl. Reponn kesyon yo poze w. Yo kapab bezwen tande w repete pou yo, yo an sekirite.

3-4 an:

Timoun laj sa a kapab chèche fè sa yo te wè yo, pandan y ap jwe. Poze pitit ou a kesyon epi ede l pou l kab konprann ki jan plizyè desizyon diferan kapab bay divès rezilta, pandan y ap jwe a.

4-5 an:

Timoun laj sa yo kapab kòmanse gen konpreyansyon sou sa sansasyon yo ye. Pale de konpreyansyon sa yo epitou ankouraje deba ki pou fèt sou fason ki genyen pou ede yo.

back to top

Ki sa w ka fè pou m fè pitit mwen an alèz ak an sekirite?

Se pou nou sèten bebe a pare pou li dòmi. Fè li respire bon lè fre, epi ba li ankourajman pou sa. Toutan w ap konn bebe a pi byen w ap devlope yon modèl ki pou abitid ki va fè li dòmi chak jou. Sèvi ak bèso a pou ou fè li dòmi leswa. Pandan ti bebe a poko dòmi mete l nan bèso a pou li ka aprann dòmi san ou.

back to top

Ki valè dòmi yon tibebe bezwen? (6-12 mwa)

Asire nou li gen bon kote pou li kouche: Selon jan tanperati a ye, li ka bezwen youn oswa 2 dra. Ajoute kouchèt oswa retire kouchèt lè sa nesesè. Toutan li poko gen ennan pa sèvi ak ni lèn, ni zorye, ni matela mou. Nenpòt nan bagay sa yo ka lakòz timoun yo vin twò cho osnon yo ka kontrarye respirasyon timoun nan. Sa enpòtan pou bebe w la dòmi ak pye li nan baz bèso a. Sa ap anpeche l glise desann pou dra bèso a ta vin kouvri l. Kontinye met timoun nan kouche sou do jis li gen 6 mwa kon sa.

Pou bebe ki pi gran (6-12 mwa)

back to top

Konpòtman timoun difisil.
Kesyon: Ki sa m ka fè pou m fè kay mwen gen sekirite pou pitit mwen an?

Okipe kesyon laperèz la: Si timoun nan pè, esplike l ou p ap kite anyen rive l. Kite l ouvè pòt chanm li an on tou piti epi kite limyè koulwa a limen.

Tabli abitid yo: Bay pitit ou demi èdtan omwen pou li rilaks epi pou li prepare l pou l al dòmi. Nan abitid pou li rilaks yo gen benyen ak fè lekti. Pitit ou a ap santi li plis an sekirite si ou suiv menm abitid nan chak swa.

Tabli yon lè dòmi ki pa chanje: Lè ou chwazi yon lè dòmi ki ka bay timoun ou an ase tan pou li dòmi (11è - 12è se valè tan somèy yon timoun bezwen), fè li respekte lè sa a. Tout moun jwenn avantaj nan yon lè dòmi ki regilye.

Fè pitit ou sonje regleman yo: se pou janti men se pou fèm sou kesyon lè dòmi an: pa antre nan diskisyon sou rezon ki fè w panse lè dòmi an ta dwe a 8è pandan timoun nan panse li ta dwe a 9è. Respekte lè ou chwazi a. Si ou bay timoun nan legen souvan epi ou kite li pa al dòmi ta, w ap vin twouve w nan sitiyasyon kote se toujou nan goumen pou ou fè li al dòmi.

Ba li plis atansyon. Ede timoun nan tann lè dòmi an ak kè kontan paske se yon lè pou nou pase yon ti tan ansanm. Li yon ti istwa pou li osnon fè yon ti pale avè l.

Konpòtman difisil timoun genyen

Ki sa m ka fè pou timoun mwen an lè konpòtman li vin difisil?

Konsèy #1- Tabli regleman

Mete regleman senp pou timoun ou. Kòmanse ak kèk "bagay nou fè ak bagay nou pa fè" Pale de yo ak timoun nan.

Konsèy #2- Evite miyò pase mande padon

Si w santi ou kòmanse pa ka kontwole timoun ou an, "kraze sa". Fè yon lòt aktivite pou distrè timoun nan.

konsèy #3- Pran 5

Lè tansyon ak kòlè ap monte, pran 5 minit pou eseye kalme w. Mande tèt ou: "Pou ki sa m ap fè move san kon sa?" Eseye jwenn pwoblèm nan epi chèche solisyon pou li.

Konsèy #4- Evite bay timoun nan kou

Bay timoun nan kou pa m aprann li kòman pou li byen konpòte l.

Konsèy #5- Fè bri pa ladan

Bat pou pa rele sou timoun nan lè ou fache. Si yo pa respekte yon regleman, di yo sa yo fè ki pa bon epi pou ki sa sa fè w fache.

Konsèy #6- Mache

Lè w sou estrès epi w kontrarye, chèche èd.

Disiplin

Sa ki fè bon disiplin se mete limit ki klè, fè yo respekte limit sa yo, fè yo sonje yo ak konsekans yo ka genyen tankou retire privilèj yo te genyen osnon fè yo pase yon ti tan yon kote pou kont yo san yo pa ka jwe. fè yon konpliman lè yo gen bon konpòtman, sitou lè yo pa t ap tann konpliman an ka fè yo anvi fè sa ou vle yo fè a plis.

Laj 6-18 mwa

Pandan n ap jwe timoun nan mòde w. Ki sa w ap fè?

MEN SA POU OU FÈ

  • Rale timoun nan sou kote epi di: "Pinga mòde. Mòde fè mal".
  • Montre lòt bagay li ka fè tankou anbrase nou.
  • Bay timoun ki ap fè dan yon bagay mou pou yo mòde.

REZON

Bebe rele, frape, kriye epi mòde pou yo di nou sa yo bezwen. Yo touche, yo fouye pou yo ka konn kò yo ak sa ki sou kote yo, se pa paske yo vle fè nou mal osnon yo vle dezobeyi nou ak fèm konviksyon yo. Sa n ap chèche se ede timoun yo montre sa yo sati san yo pa fè tèt yo mal, san yo pa fè lòt moun mal.

PREVANSYON

  • Chèche siyal ki di w lè tibebe a twò eksite ak lè li kontrarye.
  • Montre tibebe divès mwayen pou li di sa li bezwen, li ka bat men li, li ka ri pou sa.
  • Pa chanje nan reyaksyon ou yo.

Laj 2 -3 an

Ki sa w ap fè si timoun nan fè move san, lage kò l atè nan yon magazen jwèt paske ou pa vle achte jwèt li vle a?

SA POU OU FÈ

  • Rete kè kal epi pa okipe sa lòt moun panse.
  • Pa okipe move san an. Pa bay timoun nan anpil atansyon.
  • Kenbe timoun, si sa nesesè pou li pa blese oswa pou li pa kraze bagay nan magazen an.
  • Soti nan magazen an si li kontinye ap fè kòlè.
  • Kòm rekonpans pou bon konpòtman li pase yon ti tan avèk li tousuit apre.

REZON Lè timoun ap fè radi epi nou pa ka kontwole yo, yo bezwen konnen yo gen pouvwa pou yo pa kole sou paran yo epi yo aprann kontwole tèt yo. Nou ka montre timoun pou yo byen konpòte yo lè nou ba yo rekonpans pou sa, lè nou pa okipe move konpòtman epi lè nou anpeche yo fè tèt yo mal. PREVANSYON

Anvan nou antre nan magazen an, esplike timoun ki bon konpòtman li sipoze genyen epi ki konsekans sa ap genyen si l ap fè maletve.

Laj 3- 4 an

Ki sa pou m fè si pitit mwen an pouse yon timoun parèy li oswa si li di gwo mo?

SA POU OU FÈ

  • Koute rezon timoun nan bay la pou li fè move san an.
  • Di li ak ki mo pou li sèvi si li vle deklare santiman li.
  • Esplike timoun nan santiman pa ou.
  • Pale ak timoun nan sou jan li ka chanje santiman li.

REZON Timoun nan laj sa yo kòmanse ap aprann regleman ak limit, men yo fè erè. Yo bezwen sonje epi yo bezwen wè konsekans sa yo fè a nan yon fòm ki respekte fyète yo kòmanse genyen an.

PREVANSYON

  • Gade ki jan timoun nan ap jwe epi fèli konpliman pou bon konpòtman li. Paregzanp, "M te kontan jan ou te mande tou pa w nan balanswa a"
  • Se pou nou sèten ni ou ni lòt granmoun bò kote timoun nan se bon modèl nan jan yo deklare sa yo santi.

Laj 5 +

Ki sa pou m fè si mwen di pitit mwen an pou li netwaye blòk yo epi li refize malgre mwen mande l sa plizyè fwa.

SA POU OU FÈ

  • Di li kon sa: "fòk ou pran tout blòk yo mete yo nan bwat yo," ak san w byen poze.
  • Ba li on lè pou li fini epi di li ki sa k ap pase si li pa fini. Paregzanp di li: "Fòk ou fin fè sa anvan w fin lè dejene, si se pa sa zanmi w lan pap ka vin jwe la a".
  • Se pou nou sèten sa nou mande li a pa depase li epi se bagay ki enterese timoun nan.
  • Apre ou fin ba li yon avètisman san ou pa fè l menas, kontinye plan ou si timoun nan pa fini sa w te vle l fè a jan ou te vle l la.

REZON

Timoun laj sa a konnen prensip bon konpòtman enpòtan men yo toujou gen pwoblèm pou yo fè yo pran responsablite yo. Li enpòtan pou fè timoun nan laj sa anpil konpliman.

PREVANSYON

Byen pataje travay w ap bay moun nan kay la, selon laj yo

Esplike ki sa travay la ye aklè epi ki konsekans li genyen

Fè timoun ki fè travay yo konpliman epi ba li rekonpans Paregzanp "Ou tèlman te byen netwaye tab la, n ap gen pou yon ti istwa espesyal osnon pou yon ti jwèt.

Kounye a anpil espesyalis sou timoun dakò ak lide disiplin pozitif la - disiplin ki pa gen kote negatif, move kritik ak pinisyon fizik. Dapre espesyalis sa yo, tape timoun nan dèyè se yon bagay negatif, li pa bay bon rezilta epi li imilye timoun nan."

Si "tape" timoun nan pa bon, ki sa k ka mache?

SA POU OU FÈ

  • Montre timoun nan ki jan pou li pale de santiman li olye pou li ap montre yo nan fè maletve.
  • Siveye pwòp kòlè pa ou epi konnen ki sa ki lakòz timoun nan ba ou yon move repons.
  • Pran pasyans. Jenn timoun bezwen ou fè yo sonje yon bagay anpil anvan yo ka konprann sa yo gen pou yo fè epi sonje sa.
  • Ba yo afeksyon toutan.

Men 10 premye prensip disiplin yo

  1. Konekte ak timoun nan nan bonè.
  2. Konn timoun nan.
  3. Konnen ki konpòtman ki mache ak laj li.
  4. Gade bagay yo ak zye pou timoun nan.
  5. Ede timoun nan respekte otorite.
  6. Mete limit. Mete prensip.
  7. Se pou timoun nan obeyi.
  8. Sèvi kòm modèl disiplin.
  9. Nouri konfyans timoun nan.
  10. Fòme konpòtman pitit ou.
  11. Leve pitit ou ak afeksyon.
  12. Pale epi koute

back to top

Lè mwen fache, mwen kòmanse fè bri. Èske sa bon?

Gen yon lè fè gwo bri pap bay rezilta. Eseye pale dousman pwochen fwa ou fache. Pitit ou a ka sezi epi li ka koute ou.

back to top

Medya pou timoun ak kilti popilè

Jounen jodi a, paran ak pwofesè nan yon lit toutan ak kilti yo ansanm ak medya yo. Mak fabrik yo, yo prezante yo pou tibebe, televizyon montre pwodui pou manje pou timoun tout laj. Pi fò nan komèsan ki itilize medya ak kilti popilè sèvi ak piblisite wo nivo, anbalaj ki atiran ak lòt kalite bonbadman pou kapte tout sans jèn konsomatè nou yo, pou yo ka gen viktwa sou yo. Tandans sa a ap ogmante plis toujou akòz nouvo teknoloji ki kòm klere nan je nouvèl jenerasyon an e ki fè paran yo santi yo fristre ak yon bagay ki depase yo.

Malgre sa, se ta manke wè lwen pou yon moun ta gade kilti popilè ak medya kòm lènmi. Kilti popilè se nou menm. (se pa pati ki pi atiran nan nou an, men omwen se li ki imaj enterè nou, valè nou ak mòd lavi nou.) Kle pwoblèm nan se pa kite televizyon ak medya anvayi lakay pou vin jwe wòl nou genyen kòm pwofesè ak paran. Si nou chita gade kèk cho nan televizyon ak pitit nou, nou kapab lonje dwèt sou tout kontradiksyon yo pa pakèt, sou vye prejije ak lide tou fèt oswa tou senpleman sou sotiz yo. Jwe jwèt sou òdinatè ak pitit nou oswa navige sou entènèt, nou kab montre yo jan pou yo navige san pwoblèm ak entelijans san difikilte. Si nou limite kantite mak fabrik yo dwe genyen, nou kab kenbe yon kontwòl sou fanmi nou an menm tan n ap montre yo limit ki genyen yo.

Yon bon rapò ak medya epi kilti timoun nou yo vle di nou konnen sa l ye, nou kab kritike l ak timoun yo epi nou kab limite kapasite bagay sa a pou l ta anvayi lavi timoun yo nèt. Se pou pran plezi nan gade monn divètisan sa a epi fè esperyans richès ki gen ladan, monn kilti popilè a ansanm ak pitit ou, men pa bliye pou fèmen televizyon an tou, al fè yon ti pwomnad, swa a pye oubyen nan machin, oswa annik chita epi fè ti koze ansanm.

-- Chuck Bleiker, Ph.D.

back to top

Nou pa ka wè granparan yo souvan. Ki jan pou m fè pou m fè yo patisipe plis ?

Timoun grandi vit, alò mete granparan yo okouran tout bagay nan telefòn, nan lèt epi voye foto pou yo. Anvan lontan, timoun nan ap ka kòmanse pale nan telefòn nan osnon ekri lèt anrejistre vwa timoun sou kasèt oubyen fè yon videyo voye ba yo.

back to top

Pitit mwen an gen pwoblèm lè l ap jwe ak lòt timoun. Ki sa m ta dwe fè?

Timoun ki poko gen 3 an pa fasil jwe ak lòt timoun. Yo ka jwe bò kote lòt timoun. Pataj se pa kichòy timoun renmen fè fasil, sitou lè se pou bagay yo renmen anpil. Envite timoun vin jwe lakay ou. Anvan yo vini, mande timoun ou ak ki lès nan jwèt yo lòt timoun ka jwe. Sere jwèt li pa vle lòt timoun manyen.

back to top

Pitit mwen an kòmanse fè yon bagay epi li di.

  • Pafwa timoun vle ou fè yon bagay paske yo pa satisfè ak jan yo fè l la e yo panse ou ta kab fè li pi byen pase yo. Fè tout efò ou pou ede timoun nan fè bagay la li menm.
  • Gade pou wè si yon travay oubyen yon jwèt nan nivo devlopman pitit ou a. Si li twò avanse pou li, ede l avè l.
  • Toujou fè pitit la konnen sa ki enpòtan se pou li chache fè tout sa li kapab fè. Fè li konpliman pou sa. Ankouraje li. - menm ede l - san ou pa domine sa k ap fèt la.
Koneksyon:
  • www.iamyourchild.org
  • www.kidsource.com/kidsource/content4/child.independent.html

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Pitit mwen an konn pran pòz li ap jwe ak yon zanmi ki pa egziste. Èske sa nòmal?

  • Apeprè yon tyè rive mwatye timoun piti gen yon zanmi ki pa egziste. Leplisouvan timoun envante zanmi ki toujou byen ak yo, ki konsole yo e ki janti ak yo. Timoun yo konnen yo pa reyèl men yo fè kòm si yo egziste toutbon.
  • Zanmi sa yo se zanmi ideyal timoun nan, yon zanmi ki renmen tande epi ki pa mande twòp. Gen de zanmi kon sa ki ede timoun nan kanpe devan sèten defi epi li kab ede yo batay pou yo vin endepandan epi pou yo rive gen sèten kapasite. Sa fè timoun nan vin kwè nan tèt li.
  • Zanmi ki pa egziste sa yo kite lavi timoun nan lè timoun nan vin pa bezwen yo ankò. Sa se bagay ki rive pou kont li, san pa gen twòp pwoblèm nan sa.
  • Koneksyon
  • www.family.go.com/Features/family

Bibliyografi:
"The pre-school Years: Family Strategies That Work -- From Experts and Parents" by Ellen Galinsky and Judy David. Ballantine Books, 1991.
"Touchpoints, The Essential Reference: (Your child's emotional and behavioral development" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading MA: Perseus Books, 1992
"Infants and Mothers" by T. Berry Brazelton, Mass., New York: Delacort Press/Lawrence, 1983.
"The Earliest Relationship" by T. Berry Brazelton, M.D., Reading, Mass.: Addison-Wesley/Lawrence. 1985.
"Know Your Child" by Stella Chess and Alexander Thomas, New York: Basic Books, 1987.
"First Feeling" by Stanley Greenspan and Nancy Thorndike Greenspan. New York: Viking, 1985.

Referans pou kontni an:

  1. Brazelton, T. B., (1992). Touchpoints, Reading Mass.: Perseus Books.
  2. Florida Department of Education, (1990), MITCH Module 7, Behavior Management; Preventing and Dealing with Problem Behavior, Tallahassee, Fla.
  3. Florida Department of Education, (1999), Welcome to the World: An Overview of Your Growing Child, Tallahassee, Fla.
  4. Kohlberg, L., (1987). Child psychology and Childhood Education, New York: Longman.

back to top

Pou ki sa bebe m nan pa vle al dòmi fasil menm jan ak anvan?

Yon tibebe nan laj sa a bezwen 12 èdtan somèy leswa an mwayèn plis de ti dòmi lejè o koud jounen an. Lè li pral gen 1 an, l ap fè yon sèl ti dòmi ki ka dire 2 èdtan kon sa.

back to top

Pou ki sa pitit mwen an ap di non toutan?

Timoun ki kòmanse mache ap sibi gwo chanjman nan kò yo, nan lespri yo ak nan emosyon yo. Yo toujou nan peryòd kote y ap aprann limit ak pouvwa epi you gen tandans santi gwo pasyon pou nenpòt bagay, sitou lè y ap di "non". Konesans yo egziste kòm moun ki fèk ap parèt la ansanm ak endepandans yo kòmanse genyen ap lakòz gen konfli tanzantan osnon pa tanzantan avèk ou. Sa ka anmèkdan lè timoun nan ap plede di w non pèdvi. Eseye evite antre nan konfli volonte avèk li . Mande timoun nan bagay ki rezonab epi fè sa ak mo ki pozitif. Lè ou bay timoun nan on chwa se pou nou sèten nou ka asepte nenpòt nan chwa yo. Lè timoun yo di "non", yo vle di nou yo vle fè li pou kont yo. Se premye timoun lan ap fè pou li pran endepandans li.

back to top

Pou ki sa pitit mwen an konn mòde?

Se yon laj apwopriye pou timoun mòde, lè yo gen ant 2 ak 4 an. Gen timoun ki bay kou, genyen ki redi cheve, genyen ki pouse e gen lòt ki mòde. Gen anpil rezon ki pral fè yon timoun mòde. Depi w mete w nan po timoun nan, w ap kab dekouvri rezon an epi ede timoun nan aprann konpòte l yon fason ki pi aseptab.

Kominikasyon:
Jenn timoun aprann jan pou yo esprime yo poukont yo. Lè timoun nan mòde, se yon siyal l ap voye pou yon bagay l ap eseye di.

  • Ede timoun sa yo: montre yo sa pou yo di olye yo mòde.

Chèche konnen:
Timoun aprann atravè senk sans yo. Lè yo mòde se yon lòt fason pou yo chèche konnen kèk bagay.

  • Ede timoun sa yo: dirije yo nan desizyon ak chwa ki apwopriye.

Kòz ak konsekans:
Gen kèk jenn timoun ki gen dwa pa reyalize mòde ka fè moun mal. Yon timoun gen dwa mòde jis pou l wè sa k pral pase.

  • Ede timoun sa yo: esplike relasyon dirèk ki genyen ant doulè ak mòde.

Atansyon:
Mòde se yon mwayen byen rapid pou atire atansyon tout moun, menm si atansyon sa a negatif.

  • Ede timoun sa yo: ba yo atansyon lè yo konpòte kòm sa dwa.

Imitasyon:
Yon timoun gen dwa wè lòt timoun ap mòde epi l deside eseye fè sa tou.

  • Ede timoun sa yo: fè yo sonje limit yo.

Endepandans:
Yon fason ki regilyè, jenn timoun renmen pwouve endepandans yo. Mòde se kapab yon fason rapid pou yo jwenn yon jwèt oswa pou yo fè yon lòt timoun ale.

  • Ede timoun sa yo: prezante yo lòt fason yo kab aji pou yo jwenn menm rezilta sa a.

Defann tèt yo:
Gen sèten timoun ki mòde paske lòt timoun te mòde yo oswa atake yo.

  • Ede timoun sa yo: rete fèm nan fason w ap reyaji; pa kite timoun ki chèche kont lan ale apre l fin fè zak la.

Dantisyon:
Gen sèten timoun ki mòde paske y ap pouse dan (molè yo) epi mòde soulaje presyon doulè yo yon ti kras.

  • Ede timoun sa yo: ba yo jwèt ki apwopriye pou dantisyon pou yo ka mòde.
back to top

Pou ki sa timoun konn fè kòlè sou moun?

Fè kòlè, se bagay ki fè pati devlopman nòmal yon timoun – yon fason pou timoun nan kominike pou l kab kapte atansyon w. Sa ki lakòz kriz kòlè sa yo, se kapab kè l ki twò cho, grangou, li santi l annuiye, fatig oswa maladi. Anpil fwa, kriz kòlè sa yo rive lakay timoun ant 2 an rive 5 an oswa plis toujou. Se kriz kòlè sa yo ki montre w timoun nan kòmanse vin endepandan epitou se yon siy ki pwouve timoun nan ap devlope. Tibebe ki kòmanse antre nan etap timoun piti toujou bezwen gen plis kontwòl sou lavi pa yo. Yo vle se yo ki pou fè sèten bagay epi ki dwe pran pwòp desizyon yo. Men se pa toujou pi bon desizyon yo nan ka sa a; sa fè, yon granmoun dwe ede yo aprann kontwole tèt yo.

Kenbe pwen sa yo, konsènan fè kòlè:

  • Eseye pou w pa rele sou timoun nan ni ba l kou. Rete kalm epi pale san w pa wose vwa w. Sa ap ede timoun nan vin reprann kontwòl tèt li.
  • Chèche konnen sa timoun ou a kab santi. Lè ou koute timoun nan epi w konprann li, sa ede l reprann kontwòl li.
  • Respekte sa ou deside. Reponn a bezwen timoun nan yon fason nou deja prevwa, sa ap ede l tabli endepandans tèt li.
  • Nou ka iyore anpil nan kòlè yo. Lè sa posib, rete fèm, pa chanje lide w. Sa pral ede timoun nan konprann sa ki limit li. Yon fwa li kalme l, ou kab mete l alèz epi pale avè l.
  • Se pou w rezonab nan sa w atann timoun nan fè. Pa egzanp, pa atann ou yon timoun 3 an pral chita nan yon restoran pou yon pakèt tan.

back to top

Pou ki sa woutin se yon bagay ki enpòtan?

Woutin – sa vle di yon aktivite oswa yon konpòtman ou te prevwa – se bagay ki ankouraje koperasyon paske li fè vin gen yon konpreyansyon sou sa ki pral fèt. Lè nou konprann nan ki lòd sèten bagay pase, yo vin mwen efreyan epi nou gen plis kontwòl sou sitiyasyon an.

Woutin fè nou tout santi nou an sekirite. Reflechi sou sa w renmen fè epi fè preparasyon sa yo pou mete sa ou renmen fè yo nan aktivite regilyè nan lavi ou:

1) Deside ki sa ki enpòtan pou ou. Pa egzanp: fè egzèsis.

2) Devlope fason pou satisfè priyorite pèsonèl ou. Sa gen dwa fèt chak jou, chak semenn oswa menm chak mwa. Pa egzanp, chak vandredi maten, anvan jounen travay ou kòmanse, ou kapab pase dez èdtan ap li.

3) Respekte woutin ou yo ak mouvman w abitye fè, kòm bagay enpòtan pou tout sante fanmi ou, an jeneral. Timoun yo pran fòs nan enèji ou ba yo. Pa egzanp, ou kab aranje w pou yon vwazen veye pitit la pou ou pandan w ap fè egzèsis.

Lè n bay timoun yo sans kontwòl sa a, sa ede yo devlope konfyans nan pwòp tèt yo. Woutin bay timoun yo yon bagay yo kab fye, yon bagay yo kab konte sou li. Woutin ede timoun yo santi yo byen nan sa y ap fè ak sa yo ye. Lè n kite yon timoun gen kontwòl nan sa l ap fè, se sa ki kle pou pèmèt nou jwenn koperasyon li. Lè n pèmèt yon timoun pou l santi li gen kontwòl, sa pèmèt li fè chwa pa li.

back to top

Responsablite ak konfyans: Ki jan m ka devlope fè timoun mwen an gen sans responsablite?

Lè nou bay timoun yo travay pou yo fè, y ap travay pou fanmi an pandan y ap aprann pran responsablite yo. Fè timoun nan ede ou chwazi yon aktivite ou gen pou ou fè. Sa ankouraje timoun nan, sa fè l santi l enpòtan.

  • Di timoun nan pou li sanble afè li apre chak aktivite.
  • Fè timoun nan ede w mete yon orè travay sou frijidè a nan yon pozisyon kote li ta renmen mete li.
  • Toujou è li konpliman lè li fè yon bon travay.
  • Si timoun nan fè yon travay pou kont li (san ou pat mande l sa) se pou di li ou renmen lè li fè sa. Sa ap ankouraje li fè sa pi souvan.
  • Separe gwo travay yo an plizyè moso. Timoun ap plis fini yon travay si li ka separe li an plizyè moso.
  • Ba yo delè ki klè.
  • Kite timoun nan ede nou mete yon orè chak jou pou travay nan kay ak pou devwa.

back to top

Responsablite ak konfyans: Ki sa m ka fè pou m devlope konfyans pitit mwen an?

Se pou ou la lè li bezwen w.
Kite pitit ou pale. Kòman jounen li te ye? Mande li "ki sa sa fè w santi?" Pèmèt pitit ou pale de lide li, santiman li, enkyetid li, san pwoblèm. Rete la pou ou koute li.

Rete menm jan
Lè ou mete yon abitid ki klè epi ki pa chanje sa fè timoun nan santi li an sekirite, sa fè kè li poze. Regleman ki klè ede timoun nan konnen sa ki bon ak sa ki mal.

Se pou lè w di non se non.
Si w di pitit ou non, se pou ou sèten nou toulede konprann sa sa vle di epi nou respekte regleman an. Aji vit (apre kèk segonn) epi aji fèm. Lè w ap chwazi yon travay pou ou fè mande timoun nan ede w. Sa ap ankouraje l epi sa ap fè li santi l enpòtan.

back to top

Swen ak relasyon

Tout fanmi gen dwa pou yo resevwa swen timoun ki sèvi ni timoun nan ni fanmi an. Men kalite ou dwe chèche si w bezwen yon reskonsab swen pou timoun ki dwe kore tout fanmi an:

  • Fanmi yo se potomitan nan pran desizyon pou bati pwogram. Pwogram se sou fòs lafanmi sa bati. Pa egzanp, si nan tèl fanmi moun abitye bay istwa depi lontan, lide bay istwa vin antre nan pwogram toulejou fanmi sa a.
  • Kilti chak fanmi ak fason fanmi sa a òganize, se bagay pou moun rekonèt epi respekte. Ni pwogram ni sa ki fè pati de yo, yo apwopriye pou fanmi y ap sèvi a ni sou plan kiltirèl ni sou plan sosyal. Pwogram yo baze sou bezwen ki gen nan vwazinaj la ak nan kominote a.
  • Pouvwa se yon bagay tout fanmi dwe pataje. Fò yo mande tout moun pou yo bay opinion yo lè gen desizyon k pou fèt konsènan swen pou timoun oswa sèvis pwogram. Lè n ranfòse fanmi yo, sa bay timoun ki gen konfyans epi ki konpetan.
  • Bon relasyon ant moun k ap gade timoun yo ak fanmi yo montre egalite ak respè.
  • Gen asistans sosyal ki disponib. Rezo asistans sosyal yo fè pwomosyon pou timoun, fanmi ak kominote a ka santi yo byen, nan rapò li kreye ant yo tout.
  • Pwogram pou bay èd mete koneksyon ak relasyon ant travay ak òganizasyon ki nan vwazinaj la.
  • Lajwa, lespwa ak amizman se bagay ki enpòtan pou fanmi an ak kominote a ka viv byen.
  • Plede kòz la pou bon jan sèvis ki jis, ki koute sa timoun bezwen epi ki gen sans reskonsablite.
back to top

Trase bon egzanp pou pitit ou a

Disipline pitit ou vle di anseye pitit ou kichòy. Pi gran zouti ansèyman ou genyen, se kapasite w pou w trase bon egzanp pou pitit ou. Jenn timoun yo kapte ni bon egzanp ni move egzanp, pandan y ap obsève sa w ap fè oswa sa w ap di.

Fason ou reyaji ak fason ou jere kèk sitiyasyon, sa gen konsekans sou jan pitit ou a pral aprann reyaji epi jere kèk sitiyasyon. Ou gen yon opòtinite pou montre pitit ou a kèk bèl bagay estwòdinè – espesyalman nan moman ki pi difisil yo.

Ou kab anseye pitit ou chèche solisyon pwoblèm, nan travay sou pwoblèm sa yo yon fason ki dirèk. Ou kab anseye l sou kesyon santiman li si ou onèt epi sensè ak pa w yo. Pale de santiman w yo, jan yo aji sou ou e non jan yo aji pa rapò ak lòt moun. Ou kab montre yo jan pou yo gen kouraj nan fason ou kenbe la ak lavi a.

W ap transmèt sa ki enpòtan pou ou bay pitit ou, nan fason w ap viv lavi w.

back to top

Brought to you by The Early Childhood Initiative Foundation and United Way Center for Excellence in Early Education


We're always here for you: 211
Copyright © 2001-2009 All rights reserved. | Terms of Use | Site maintained by PC Depot!
Information in this site is intended for educational purposes only. If you have any concerns about your own health or the health of your child, you should always consult with a physician or other health care professional. Please review the "Terms of Use and Copyright" before using this site.